Vèsè Biblik

Piblisite


Soukategori

VÈSÈ SOU LAPRIYÈ

Papa nou ki nan syèl la mande nou pou nou priye san rete. Se nan lapriyè nou kominike ak Bondye. Lapriyè se mwayen kominikasyon yon kwayan. Se lapriyè ki pèmèt ou pote chak demann ou devan Kreyatè a. Se bò kote l ou ale lè bagay yo pa bon, lè w gen chay sou do w, lè tristès anvayi w.

Nan lapriyè, Bondye vin pi byen konnen bezwen w yo, li tande vwa w. Li konnen lavi w depi anvan w te fèt, men li bezwen pou w pale avè l, pou w chèche l. Se nan lapriyè ou vin gen yon pi bon relasyon avè l, yon amitye pi solid, yon pi gwo entimite. Lapriyè se youn nan zam ou genyen antanke kwayan nan Jezi, pou defann tèt ou nan chak batay lavi a. Se nan lapriyè w ap jwenn viktwa sou tout bagay.

Pouvwa lapriyè a pa soti nan ou menm, men se nan Jezi li ye. Se li menm ki reponn lapriyè, se li ki fè bagay ki enposib pou lèzòm vin posib. Lè w priye ak tout kè w, ou kapab jwenn konsolasyon, lapè ak lanmou Papa a. Pwoche bò kote Bondye ak yon kè repanti ak imil, li p'ap janm vire do ba ou.

(Efezyen 6:18) Priye nan Lespri a tout tan, avèk tout kalite demann ak siplikasyon. Pou sa, pa kite dòmi pran nou, epi kontinye priye pou tout pèp Bondye a.

(1 Tesalonisyen 5:16-18) Se pou nou toujou kontan. Pa janm sispann priye. Di Bondye mèsi pou tout bagay. Se sa Bondye vle pou nou, nan Jezikri.

Lè w'ap priye, di Bondye mèsi. Pa sèlman prezante demann ou yo, men tou pran tan pou w rete an silans devan l.


Sòm 7:17

(18) Mwen menm, m'ap di Senyè a mèsi pou jistis li. M'ap fè lwanj Senyè a ki anwo nan syèl la.

Chapit   |  Vèsyon
Egzòd 23:25

Se mwen menm Senyè a, Bondye nou an, pou nou sèvi. M'ap beni nou, m'ap ban nou manje pou n manje, dlo pou nou bwè. Mwen p'ap kite maladi tonbe sou nou.

Chapit   |  Vèsyon
1 Samyèl 2:2

Pa gen Bondye tankou Senyè a. Non, pa gen tankou l. Pa gen moun ki ka pwoteje tankou Bondye nou an.

Chapit   |  Vèsyon
1 Kwonik 16:25

Senyè a gen gwo pouvwa. Li merite pou yo fè lwanj li vre. Se pou tout moun pè l pi plis pase lòt bondye yo.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 34:1

(2) Se tout tan m'ap di Senyè a mesi, mwen p'ap janm sispann fè lwanj li.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 22:25

(26) M'a fè lwanj ou pou sa ou fè, nan mitan tout moun yo lè yo reyini. M'a fè sa mwen te pwomèt ou yo, devan tout moun ki gen krentif pou ou yo.

Chapit   |  Vèsyon
1 Kwonik 16:27

Devan li, se respè, se chapo ba. Gen pouvwa, gen kè kontan kote l ye lakay li a.

Chapit   |  Vèsyon
Ezayi 42:10

Chante yon chante tou nèf pou Senyè a! Se pou tout moun toupatou sou latè fè lwanj li! Depi moun k'ap vwayaje sou lanmè ak tout bèt ki nan lanmè yo, jouk moun ki rete nan zile byen lwen yo.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 66:8

Nou menm pèp yo, di Bondye mèsi! Fè tout moun tande jan n'ap fè lwanj li!

Chapit   |  Vèsyon
Egzòd 15:2

Senyè a, se tout fòs mwen. Se pou li m'ap chante. Se li menm ki delivre m. Se Bondye mwen li ye, m'ap fè lwanj li. Se Bondye zansèt mwen yo, m'ap di jan li gen pouvwa.

Chapit   |  Vèsyon
Revelasyon 19:5

Yon vwa pale fò kot fòtèy la, li t'ap di: — Ann fè lwanj Bondye nou an, nou tout k'ap sèvi li yo, nou tout nèt ki gen krentif pou li yo, piti kou gran!

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 150:6

Se pou tou sa ki gen souf fè lwanj Senyè a! Lwanj pou Senyè a!

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 30:12

(13) Mwen p'ap rete ak bouch mwen fèmen, m'ap chante lwanj ou. Senyè, se ou menm ki Bondye mwen! Se tout tan tout tan m'ap di ou mèsi.

Chapit   |  Vèsyon
1 Kwonik 16:34

Lwanj pou Senyè a paske li bon. Li p'ap janm sispann renmen nou.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 9:2

(3) Se ou menm k'ap fè m chante, se ou menm k'ap fè kè m kontan. Bondye ki anwo nan syèl la, m'a chante lwanj ou.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 95:6

Vini non! Ann bese tèt nou devan li, ann adore li! Ann tonbe ajenou devan Senyè ki kreye nou an!

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 108:3

(4) Senyè, m'a fè lwanj ou nan mitan pèp yo! M'a chante pou ou nan mitan tout nasyon yo!

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 68:19

(20) Ann fè lwanj Senyè a chak jou! Li pote chay nou pou nou: Se li ki Bondye nou, se li ki delivre nou.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 145:1

(1b) Bondye mwen, wa mwen, m'a fè konnen jan ou gen pouvwa. M'ap di ou mèsi tout tan tout tan.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 9:1

(2) M'a fè lwanj ou ak tout kè m, Senyè. M'a rakonte tout bèl mèvèy ou yo.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 113:1

Lwanj pou Senyè a! Nou menm k'ap sèvi Senyè a, fè lwanj li!

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 119:171

Se pou m louvri bouch mwen pou m fè lwanj ou, paske se ou ki moutre m sa ou vle m fè.

Chapit   |  Vèsyon
Revelasyon 5:13

Apre sa, mwen tande tout kreyati Bondye yo nan syèl la, sou latè, anba tè a, nan lanmè, yo tout yo t'ap chante: Lwanj, respè, pouvwa, otorite pou Moun ki chita sou fòtèy la, ak pou ti Mouton an pou tout tan.

Chapit   |  Vèsyon
Jan 4:23-24

Men, lè a ap rive, li rive deja: tout moun k'ap sèvi tout bon yo pral sèvi Papa a nan kè yo jan sa dwe fèt. Se moun konsa Bondye vle pou sèvi li.

Bondye, se Lespri. Fòk tout moun k'ap adore li, adore sou gid Sentespri a ak nan laverite.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 50:23

Lè yon moun chonje di m mèsi pou tout bagay, se lè sa a li fè lwanj mwen. M'ap delivre tout moun k'ap veye kote y'ap mete pye yo.

Chapit   |  Vèsyon
1 Kwonik 29:13

Kounyeya, Bondye nou, nou di ou mèsi. N'ap fè lwanj pou ou sitèlman ou gen pouvwa.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 103:1

(1b) Kite m di Senyè a mèsi! Kite m di Senyè ki pa tankou tout moun lan mèsi ak tout nanm mwen!

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 66:2

Chante pouvwa Bondye! Fè gwo fèt pou fè lwanj li!

Chapit   |  Vèsyon
Jonas 2:9

Men, m'ap chante pou m fè lwanj ou, m'a ofri bèt pou yo touye pou ou. M'a kenbe angajman mwen te pran an. Se Senyè a ki delivrans nou.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 22:3

(4) Men, se ou menm ki Bondye, ou chita sou fòtèy ki apa pou ou a. Pèp Izrayèl la ap fè lwanj ou.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 35:28

Lè sa a, m'a fè konnen jistis ou, m'a fè lwanj ou tout lajounen.

Chapit   |  Vèsyon
2 Samyèl 7:22

Senyè, Bondye mwen, ala gwo pouvwa ou la gwo! Pa gen tankou ou! Pa gen lòt Bondye pase ou menm! Yo te toujou di nou sa.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 40:3

(4) Li mete yon chante tou nèf nan bouch mwen, yon chante pou m fè lwanj Bondye nou an. Anpil moun, lè yo wè sa, yo pral pè, y'a mete konfyans yo nan Senyè a.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 145:3

Senyè a gen gwo pouvwa, li merite pou yo fè lwanj li vre. Moun p'ap janm fin konprann jan li gen pouvwa!

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 66:17

Mwen rele nan pye l, mwen te deja pare pou m te fè lwanj li.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 27:6

Se konsa m'ap genyen batay la sou tout lènmi k'ap sènen m yo. M'a bat tanbou, m'a ofri bèt pou touye bay Bondye nan Tanp li a. M'a chante, m'a fè lwanj Senyè a.

Chapit   |  Vèsyon
Efezyen 1:6

Se poutèt sa, ann toujou fè lwanj Bondye pou bèl favè sa a li fè nou kado, gremesi Pitit li renmen anpil la!

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 100:2

Fè sèvis pou Senyè a ak kè kontan! Vini non! Fè fèt devan li!

Chapit   |  Vèsyon
Ezayi 25:1

Senyè, se ou ki Bondye mwen! M'a di jan ou gen gwo pouvwa, m'a fè lwanj ou! Ou fè anpil bèl bagay. Plan travay ou te fè nan tèt ou depi lontan an, ou realize l nèt, jan ou te vle l la.

Chapit   |  Vèsyon
Ebre 13:15

Gremesi Jezikri, sèl ofrann san n'ap ofri bay Bondye a, se lwanj n'ap ba li tout tan. Se tout tan pou non l nan bouch nou.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 16:2

Mwen di Senyè a: — Se ou ki sèl Mèt mwen. Se ou menm ki tout mwen. Pa gen pase ou!

Chapit   |  Vèsyon
1 Kwonik 16:35

Se pou nou di: Delivre nou non, Bondye delivrans nou! Fè nou sòti nan tout peyi kote nou gaye yo. Sanble nou, pou nou ka di ou mèsi pou tout bagay ou menm sèl ka fè, pou nou ka kontan lè n'ap fè lwanj ou.

Chapit   |  Vèsyon
Amòs 4:5

Ale non! Ofri pen nou bay Bondye pou di l mèsi! Mache di toupatou jan nou fè ofrann ak tout kè nou bay Bondye! Apa konsa nou renmen fè, pèp Izrayèl! Se Senyè a menm ki di sa.

Chapit   |  Vèsyon
Travay 16:25

Vè menwi konsa, Pòl ak Silas t'ap lapriyè, yo t'ap chante fè lwanj pou Bondye. Lòt prizonye yo menm t'ap koute.

Chapit   |  Vèsyon
Jan 4:24

Bondye, se Lespri. Fòk tout moun k'ap adore li, adore sou gid Sentespri a ak nan laverite.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 65:1

(2) Bondye, ou merite vre pou yo fè lwanj ou sou Mòn Siyon, se pou yo ba ou sa yo te pwomèt ou a.

Chapit   |  Vèsyon
Efezyen 5:19

Lè nou ansanm yonn ak lòt, sèvi ak pawòl sòm yo, kantik yo epi ak pawòl chante Lespri enspire nou. Chante kantik ak Sòm pou Senyè a, lè n'ap fè lwanj li ak tout kè nou.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 71:8

Tout lajounen lwanj ou nan bouch mwen. M'ap fè konnen jan ou gen pouvwa.

Chapit   |  Vèsyon
Filipyen 4:20

Tout lwanj lan se pou Bondye, Papa nou, pou tout tan. Amèn.

Chapit   |  Vèsyon
Women 7:22

Nan fon kè m, mwen jwenn tout plezi m nan lalwa Bondye a.

Chapit   |  Vèsyon
Kolosyen 3:16

Se pou pawòl Kris la ak tout richès li yo rete fèm nan lavi nou. Se pou nou yonn aprann nan men lòt, se pou yonn konseye lòt ak anpil konprann. Se pou nou chante sòm, kantik ak tout lòt chante legliz pou di Bondye mèsi ak tout kè nou.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 95:2

Ann parèt devan li pou nou di l mèsi! Ann chante yon chante pou fè lwanj li!

Chapit   |  Vèsyon
2 Kwonik 20:22

Lè yo tanmen chante ak kè kontan pou fè lwanj Senyè a, Senyè a lage yon sèl bouyay nan mitan moun Amon yo, moun Mowab yo ak moun mòn Seyi yo ki te vin atake peyi Jida a, yo pèdi batay la.

Chapit   |  Vèsyon
Women 12:1

Se sa ki fè, frè mwen yo, jan Bondye fè nou wè li gen kè sansib pou nou an, se pou nou ofri nou tankou yon sakrifis apa bay Bondye, yon sakrifis vivan k'ap fè li plezi. Se sèl jan pou nou sèvi Bondye tout bon vre.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 134:2

Louvri bra nou nan Tanp li, lapriyè, fè lwanj Senyè a!

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 9:1-2

(2) M'a fè lwanj ou ak tout kè m, Senyè. M'a rakonte tout bèl mèvèy ou yo.

(11) Moun ki konnen ou, Senyè, y'ap mete konfyans yo nan ou. Paske, ou pa lage moun k'ap chache ou.

(12) Ann fè lwanj Senyè a k'ap gouvènen sou mòn Siyon an. Ann fè tout nasyon yo konnen sa li te fè.

(13) Bondye chonje moun k'ap soufri yo, li pa bliye rèl malere yo, li pini moun ki fè yo mal.

(14) Gen pitye pou mwen, Senyè! Gade nan ki mizè moun ki rayi m yo mete m. Vin sove m! Pa kite m mouri, Senyè,

(15) pou m ka kanpe devan moun lavil Jerizalèm yo, pou m di yo poukisa m'ap fè lwanj ou. M'ap kontan nèt, paske ou te delivre m.

(16) Moun lòt nasyon yo fouye yon gwo twou: se yo menm ki tonbe ladan li. Yo tann yon pèlen: se pye yo ki pran ladan li.

(17) Senyè a fè yo konnen ki moun li ye, li jije yo san patipri. Sa mechan yo fè a tounen kont yo.

(18) Tout mechan yo gen pou mouri. Tout moun ki bliye gen Bondye gen pou mouri tou.

(19) Se pa tout tan yo ka bliye moun ki nan mizè. Se pa tout tan yo ka wete espwa moun ki nan lafliksyon.

(20) Leve non, Senyè! Pa kite lèzòm genyen batay la! Mennen moun lòt nasyon yo vin jije devan ou.

(3) Se ou menm k'ap fè m chante, se ou menm k'ap fè kè m kontan. Bondye ki anwo nan syèl la, m'a chante lwanj ou.

Chapit   |  Vèsyon
Ezayi 61:3

pou m'bay moun Siyon ki nan lafliksyon yo kè kontan nan plas lapenn yo, kontantman nan plas kè sere yo. Yon chante remèsiman nan bouch yo nan plas yon chante lapenn. Yo pral grandi tankou gwo pyebwa nan jaden Senyè a te plante ak men li. Yo pral fè sa ki dwat devan Bondye pou tout moun ka fè lwanj bèl pou vwa li.

Chapit   |  Vèsyon
1 Kwonik 16:29

Fè lwanj Senyè a, paske li merite sa! Pote ofrann ba li anndan lakay li! Adore Bondye nan bèl kay ki apa pou li a!

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 86:9

Tout nasyon ou te fè yo va vin bese tèt devan ou! Y'a fè lwanj ou,

Chapit   |  Vèsyon
Matye 15:9

Se tan yo y'ap pèdi, lè y'ap fè sèvis pou mwen. Paske, nan sa y'ap di, se pawòl lèzòm y'ap moutre moun.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 47:6-7

(7) Chante pou Bondye, fè lwanj li! Wi, chante pou wa nou an, fè lwanj li!

(8) Paske, se Bondye ki wa sou tout latè. Chante yon chante espesyal pou li!

Chapit   |  Vèsyon
Filipyen 3:3

Si gen moun ki sikonsi tout bon, se pa yo, se nou menm. Paske nou menm, n'ap sèvi Bondye ak Lespri Bondye a, nou kontan dèske n'ap viv ansanm ak Jezikri. Nou pa mete konfyans nou nan sa lèzòm ap fè.

Chapit   |  Vèsyon
2 Korent 3:17-18

Kilès Senyè y'ap pale la a? Se Lespri Bondye a. Kote Lespri Bondye a ye, l'a gen libète.

Nou tout, nou pa kouvri figi nou. Nou tankou yon glas k'ap fè moun wè pouvwa Bondye a: konsa chak jou n'ap transfòme, pouvwa li ap grandi nan nou, jouk tan n'a rive sanble nèt ak Senyè a. Sa se travay Senyè a. Lespri Bondye.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 68:1-3

(2) Lè Bondye kanpe, lènmi l yo gaye, moun ki rayi l yo kouri lè l parèt.

(11) Pèp ou a moute kay li nan peyi ou pare pou pòv malere yo, paske ou gen bon kè.

(12) Senyè a bay lòd, epi yon bann fanm pran gaye nouvèl la:

(13) — Wa yo kouri, yo kouri ansanm ak tout lame yo. Moun yo te kite pou veye kay separe tout sa lènmi yo kite dèyè.

(14) Lè nou rete kouche nan pak mouton yo zèl pijon an klere tankou ajan. Plimaj li jòn tankou lò.

(15) Lè Bondye ki gen tout pouvwa a te gaye wa yo nan peyi a, li te fè lanèj kouvri mòn Salmon.

(16) Ala yon gwo mòn ki wo se mòn Bazan! Se yon mòn ki gen anpil tèt, mòn Bazan an!

(17) Poukisa, ou menm mòn ki gen anpil tèt la, w'ap fè jalouzi pou mòn Bondye chwazi pou fè kay pou l rete a? Se la Senyè a ap rete pou tout tan.

(18) Senyè a gen anpil cha! Li moute sou yo. Li sòti mòn Sinayi pou l'al kote ki apa pou li a.

(19) Ou moute anwo, ou mennen anpil prizonye ale avè ou. Yo fè ou kado anpil moun, menm moun ki te leve dèyè ou yo.

(20) Ann fè lwanj Senyè a chak jou! Li pote chay nou pou nou: Se li ki Bondye nou, se li ki delivre nou.

(3) Menm jan lafimen disparèt nan lè a, se konsa w'ap disparèt yo. Menm jan lasi fonn nan dife, se konsa mechan yo gen pou yo mouri devan Bondye.

(21) Bondye sa a se Bondye delivrans nou! Senyè a, Bondye nou an, ap wete nou nan bouch twou a.

(22) Bondye gen pou l kraze tèt lènmi li yo. Wi, li gen pou l kraze zo bwa tèt moun k'ap viv nan peche.

(23) Senyè di: — M'ap fè lènmi yo tounen sòti nan peyi Bazan. M'ap fè yo tounen sòti nan fon lanmè a.

(24) pou ou ka mache nan san yo, pou chen ou yo ka jwenn pa yo nan lènmi ou yo.

(25) Bondye, tout moun wè jan y'ap fè fèt pou ou. Yo wè ki jan Bondye mwen an, wa mwen an, ap mache antre kote ki apa pou li a.

(26) Moun k'ap chante ap mache devan, mizisyen yo dèyè. Jenn fi yo nan mitan, y'ap bat tanbouren.

(27) Fè lwanj Bondye nan mitan pèp la lè l reyini. Fè lwanj li, nou tout pitit pitit Izrayèl yo!

(28) Benjamen, ki pi piti a, vin alatèt yo. Apre li, vini chèf peyi Jida yo ak lame yo. Apre yo, vini chèf peyi Zabilon ak chèf peyi Neftali yo.

(29) Bondye, fè wè pouvwa ou non! Wi, fè wè pouvwa ou te sèvi pou nou an!

(30) Rete nan Tanp ou a lavil Jerizalèm, kote wa yo ap pote kado ba ou.

(4) Men moun ki mache dwat yo ap kontan, y'ap fè fèt devan Bondye. Y'ap kontan anpil anpil.

Chapit   |  Vèsyon
Matye 18:20

Paske, chak fwa de ou twa moun mete tèt yo ansanm nan non mwen, m'ap la nan mitan yo.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 30:4

(5) Nou tout ki renmen Senyè a, fè lwanj li! Chonje sa l te fè. Li pa tankou tout moun. Di l mèsi.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 149:1-3

Lwanj pou Senyè a! Chante yon chante tou nèf pou Senyè a! Fè lwanj li nan mitan tout moun k'ap sèvi l yo lè yo reyini!

Se pou pèp Izrayèl la fè kè l kontan, paske se li menm ki fè yo. Se pou tout pèp Siyon an fè fèt, paske se li menm ki wa yo.

Se pou nou danse pou fè lwanj li! Se pou nou bat tanbou, se pou nou jwe gita pou li!

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 139:14

M'ap fè lwanj ou, paske ou pa manke fè bèl bagay. Tou sa ou fè se bèl bagay. Mwen konn sa byen.

Chapit   |  Vèsyon
Women 15:5-6

Se pou Bondye ki bay pasyans ak ankourajman an fè nou viv byen yonn ak lòt, pou nou ka swiv egzanp nou jwenn nan Jezikri.

Konsa, n'a mete kè nou ak bouch nou ansanm pou fè lwanj Bondye, papa Jezikri, Senyè nou an.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 119:164

Sèt fwa chak jou m'ap di ou mèsi pou jijman ou yo ki san patipri.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 73:28

Mwen menm, sa bon nèt pou m rete bò kote Bondye: Se nan Senyè a mwen jwenn pwoteksyon. M'a fè konnen tou sa li fè.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 8:1-2

(2) Senyè, Mèt nou, se toupatou sou latè yo rekonèt jan ou gen pouvwa! Pouvwa ou moute pi wo pase syèl la!

(3) Ou fè timoun piti ak tibebe nan tete chante jan ou gen fòs, pou ou koresponn ak moun ki pa vle wè ou yo, pou ou fèmen bouch lènmi ou yo ak moun k'ap kenbe tèt avè ou yo.

Chapit   |  Vèsyon
Galat 5:22-23

Men, Lespri Bondye a bay renmen, kè kontan, kè poze, pasyans, bon kè, seryozite, li fè ou gen bon manyè.

Li fè ou aji ak dousè, li fè ou konn kontwole kò ou. Lalwa Moyiz la pa kont okenn nan bagay sa yo.

Chapit   |  Vèsyon

Lapriyè bay Bondye

Mèsi, Bondye, paske ou se gerisè mwen, ou se moun kap founi pou mwen, ou se pwotektè mwen. Se ou menm k ap mennen batay mwen yo, se ou k ap mennen m de glwa an glwa. Nan non Jezi, Bondye ki nan syèl la, m ap priye w, paske ou toujou kenbe pwomès ou, pawòl ou pa janm tounen dèyè. Mèsi dèske ou pwomèt pou ede m, pwoteje m, pou ou se lapè m, konsolatè m, epi pou ou toujou avè m chak jou jis lafen dimondi. Senyè, pwomès ou yo pa janm tonbe atè, ou toujou kenbe yo san mank. Senyè, mèsi paske ou tande priyè mwen, ou mennen batay mwen yo, ou delivre m anba tout pyèj lènmi an. Vrèmanvre, mwen wè men ou nan moman dekourajman, paske ou tande rèl mwen, ou ba m fòs tankou yon èg. Mèsi, paske ou pa yon moun pou ou ta bay manti, ni ou pa pitit moun pou ou ta chanje lide. Papa, ou gen tout pouvwa, ou pa janm lage m, ou pa janm abandone m. Mèsi paske ou reponn priyè m, nan tout bezwen mwen yo, ou se moun kap founi pou mwen ak pou fanmi mwen. Pwoteje m pou m pa koute vwa lènmi an, delivre m anba lang mantè ak mechan ki vle fè m doute pwomès ou yo. Pawòl ou di: "Nenpòt kisa nou mande Papa a nan non mwen, l ap fè l, pou Papa a ka jwenn glwa nan Pitit la. Si nou mande m yon bagay nan non mwen, m ap fè l." Mèsi pou sa w pral fè nan lavi m ak nan lavi fanmi mwen. Mèsi pou puisans ou ak pou Sentespri a, pi bèl kado ak pi bon zanmi ou te kite pou pèp ou a, paske nan jou lapenn li soutni mwen, epi nan mitan lannuit ki pi nwa yo, ou di mwen: "Pa pè, pa dekouraje, pran kouraj, kenbe fèm." Moutre m kijan pou m priye nan chak sikonstans lavi m, paske mwen pa konnen kisa pou m mande jan mwen dwe fè l la, men Lespri a li menm ap priye pou mwen ak soupi. Nan non Jezi. Amèn.