Priyè a se pi bèl kado nou genyen pou n pale ak Lespri Sen an. Nan priyè, nou ka pale lib devan l, san kache anyen, san fè semblant.
Okòmansman, yon vi priyè ka parèt yon bagay ki enposib. Men, plis ou konnen Bondye, plis ou tonbe damou ak li, e ou p ap vle pase yon segonn san li. Tout bagay kòmanse ak yon rankont ak Senyè a. Se la abitid priye a fèt, paske ou konnen l epi ou kòmanse renmen l, ou rekonèt se li menm ki renmen w an premye.
Lè w gen yon vi priyè, ou ka renmen l tou paske li renmen w. Pale ak Bondye se pi bon terapi ki genyen. Pèsonn pa konprann ou pi byen pase l, e tandrès li gen yon bèl kapasite pou geri blesi ki pi fon ou yo e soulaje doulè w.
Ou p ap jwenn okenn repwòch nan li; gras li ap toujou la pou l leve w chak fwa ou tonbe. M pa konnen ki jan vi priyè w ye kounye a, m pa konnen si w te elwaye pou yon rezon ou yon lòt. Sa m konnen sèke jodi a se yon bon jou pou w retounen vin jwenn li e di l tout sa w pa di l pandan jou sa yo!
Bondye vle n toujou rete an kominikasyon avè l, pou li se priyorite nou nan tout bagay. Antan ke pitit Papa nou ki nan syèl la, nou bezwen gen kominyon avè l tout tan. Bondye di nou nan pawòl li a: “Priye san rete” (1 Tesalonisyen 5:17).
Nan priyè, nou genyen batay; nou rive fè sa ki enposib pou lèzòm. Bondye vle pale avè w e gide vi w. Annik priye, e toujou pale ak Papa w ki renmen w an.
Rele m, m'a reponn ou. M'a fè ou konnen yon bann gwo bagay, yon bann mèvèy ou pat janm konnen.
Pa kite dòmi pran nou, tande. Lapriyè pou nou pa tonbe anba tantasyon. Lespri nou byen dispoze, men kò nou fèb.
Lè sa a, n'a rele m, n'a vin lapriyè nan pye m, m'a reponn nou. N'a chache m, n'a jwenn mwen paske n'a chache m ak tout kè nou.
Lè mechan yo ap lapriyè, Senyè a pa sou bò yo. Men, li pare zòrèy li pou l koute sa moun ki mache dwat yo ap di l.
Pa janm sispann lapriyè. Pa kite dòmi pran nou. Toujou chonje lapriyè pou di Bondye mèsi.
Tou sa n'a mande l, l'a ban nou l, paske nou menm nou fè tou sa li mande nou, nou fè sa ki fè l plezi.
Men ou menm, lè w'ap lapriyè, antre nan chanm ou. Fèmen pòt ou. Lapriyè Papa ou ki la pou kont li avè ou. Konsa, Papa ou menm ki wè sa ou fè an sekrè a, se li ki va ba ou rekonpans ou.
Se pou kè nou toujou kontan. Pa janm sispann lapriyè. Di Bondye mèsi pou tout bagay. Se sa Bondye mande nou, nou menm ki mete konfyans nou nan Jezikri.
Nan mizè mwen ye a, Senyè, Mwen rele nan pye ou, ou reponn mwen. Nan fenfon peyi kote mò yo ye a, Mwen mande ou sekou, ou tande vwa mwen.
Pandan n'ap fè tou sa, pa janm bliye lapriyè. Mande Bondye konkou li. Lapriyè nan tout sikonstans avèk pouvwa Sentespri a. Se poutèt sa, pa kite dòmi pran nou, kenbe fèm nan sa n'ap fè a. Lapriyè pou tout pèp Bondye a.
Pandan n'ap tann lan, fè kè n kontan. Se pou nou gen anpil pasyans nan mitan soufrans nou yo. Pa janm sispann lapriyè.
Konsa, non sèlman nou konnen l'ap koute nou lè nou fè l yon demann, men nou konnen tou l'ap ban nou sa nou mande l la.
Yo tout te ansanm. Yo te toujou reyini pou yo lapriyè. Medam yo te la tou ansanm ak Mari, manman Jezi, ak frè li yo tou.
Pa bay kò nou traka pou anyen. Men, nan tout sikonstans mande Bondye tou sa nou bezwen nan lapriyè. Toujou chonje di l mèsi tou lè n'ap lapriyè. Konsa, Bondye va ban nou kè poze nan jan pa l, bagay lèzòm pa ka konprann. La kenbe kè nou ak lespri nou fèm nan Jezikri.
Si nou fè yonn ak mwen, si nou kenbe pawòl mwen yo nan kè nou, nou mèt mande sa nou vle, y'a ban nou li.
Tou sa n'a mande nan non mwen, m'a fè l' pou nou pou Pitit la ka wè pouvwa Papa a. (Nenpòt kisa n'a mande nan non m, m'a fè l pou nou.)
— Lè n'ap lapriyè, pa fè tankou ipokrit yo ki renmen kanpe nan mitan sinagòg ak nan pwent kalfou pou yo lapriyè. Yo fè sa pou moun kapab wè yo. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Konsa, yo tou jwenn rekonpans yo. Men ou menm, lè w'ap lapriyè, antre nan chanm ou. Fèmen pòt ou. Lapriyè Papa ou ki la pou kont li avè ou. Konsa, Papa ou menm ki wè sa ou fè an sekrè a, se li ki va ba ou rekonpans ou.
Pa bay kò nou traka pou anyen. Men, nan tout sikonstans mande Bondye tou sa nou bezwen nan lapriyè. Toujou chonje di l mèsi tou lè n'ap lapriyè.
Vè menwi konsa, Pòl ak Silas t'ap lapriyè, yo t'ap chante fè lwanj pou Bondye. Lòt prizonye yo menm t'ap koute.
Pito nou chache bay bagay peyi Wa ki nan syèl la premye plas nan lavi nou, chache viv jan Bondye vle l la anvan. Lè sa a, Bondye va ban nou tout lòt bagay sa yo tou.
Se pou nou konfese peche nou yo yonn bay lòt. Se pou yonn lapriyè pou lòt, pou nou kapab geri. Lè yon moun ap viv dwat devan Bondye, lapriyè moun sa a gen anpil pouvwa.
Menm lè nou mande, nou pa resevwa anyen, paske nou mande mal. Nou mande bagay ki pou satisfè pwòp dezi pa nou sèlman.
Jezi rakonte yo parabòl sa a pou l te moutre yo nesesite pou yo toujou lapriyè san yo pa janm dekouraje:
Se sa k fè, lè yon moun ap pale langay, se pou l mande Bondye don pou l ka esplike sans mo yo.
Se poutèt sa kè nou pa sote devan Bondye. Nou konnen l'ap koute nou si nou mande l kichòy ki dakò ak volonte li.
Se poutèt sa kè nou pa sote devan Bondye. Nou konnen l'ap koute nou si nou mande l kichòy ki dakò ak volonte li. Konsa, non sèlman nou konnen l'ap koute nou lè nou fè l yon demann, men nou konnen tou l'ap ban nou sa nou mande l la.
— Mande, y'a ban nou. Chache, n'a jwenn. Frape, y'a louvri pou nou. Paske, nenpòt moun ki mande va resevwa. Moun ki chache va jwenn. Y'a louvri pou moun ki frape.
Se poutèt sa, ann pwoche avèk konfyans devan fòtèy kote Bondye ki renmen nou an chita. Se la n'a jwenn padon pou peche nou yo, se la n'a jwenn pou gremesi sekou n'a bezwen lè nou nan nesesite.
Se pou sa mwen di nou: Tou sa n'ap mande lè n'ap lapriyè, si nou gen fèm konviksyon nou resevwa l deja, n'a wè sa rive vre.
Solèy poko leve, m'ap rele mande sekou. Tout espwa mwen se nan pawòl ou li ye. Lannwit poko rive, mwen moute kabann mwen pou m kalkile pawòl ou yo.
M'ap rele ou, Bondye, paske ou reponn mwen. Tanpri, panche zòrèy ou bò kote m, koute sa m'ap di ou:
Se konsa tou, Lespri Bondye a vin ede nou, atout nou fèb la, paske nou pa konnen kisa pou n mande lè n'ap lapriyè, ni ki jan pou nou lapriyè. Men, se Lespri Bondye a menm k'ap lapriyè Bondye pou nou. L'ap pouse gwo soupi moun pa ka esplike. Bondye menm ki konnen sa ki nan kè tout moun, li konnen kisa Lespri li a vle mande, paske sa Bondye vle a se sa Lespri li a ap mande pou tout moun k'ap viv pou Bondye.
Senyè, ala bon ou bon! Ou padonnen peche nou yo. Ou p'ap janm sispann renmen moun k'ap rele non ou.
Anvan menm yo fin lapriyè, m'ap gentan reponn yo. Anvan menm yo fèmen bouch yo, m'ap gentan ba yo sa yo mande a.
M'ap rele nan pye ou ak tout kè mwen. Reponn mwen, Senyè, pou m ka toujou fè sa ou vle m fè.
Se pou lapriyè m moute devan ou tankou lansan y'ap boule pou ou a! Wi, se pou lè m leve men m pou m lapriyè, se tankou ofrann yo fè pou ou chak swa a.
Pou konmanse, m'ap mande pou nou lapriyè Bondye pou tout moun. Fè l tout kalite demann pou yo, mande l padon pou yo, di l mèsi pou yo. Oneman ki bon pou yon fanm ki di l'ap sèvi Bondye se fè sa ki byen. Se pou medam yo, nan tout trankilite, enstwi tèt yo, avèk soumisyon. Mwen pmwen pa bay fanm dwa anseye, ni pran otorite sou gason. Se pou yo reterete yo dousman. Paske, se Adan Bondye te kreye anvan. Se apre li te fè Ev. Se pa te Adan Satan te twonpe. Se fanm lan li te twonpe fè li dezobeyi lòd Bondye. Men fanm lan va sove lè li vin manman, si li kenbe fèm nan konfyans li, nan renmen, si li rete tou senp epi apa pou Bondye. Se pou nou lapriyè pou chèf yo ak tout lòt moun ki gen otorite nan men yo, pou nou ka viv trankil ak kè poze nan sèvis Bondye a, ak yon konpòtman ki respektab sou tout pwen.
Lè l rele m, m'ap reponn li. Lè l nan tray, m'ap la avèk li. M'ap delivre l, m'ap fè yo respekte l.
Paske, Bondye veye sou moun k'ap mache dwat devan li. Li tande yo lè y'ap lapriyè nan pye l. Men, l'ap vire do bay moun k'ap fè sa ki mal.
(1b) Nan mizè mwen ye a, Senyè, m'ap rele nan pye ou. Senyè, koute m non! Panche zòrèy ou pou ou tande jan m'ap lapriyè nan pye ou.
Men, Senyè a ap bay moun ki mete konfyans yo nan li fòs ankò. Tankou malfini, y'ap pran zèl pou yo leve ale. Y'ap kouri san yo p'ap janm bouke. Y'ap mache, yo p'ap janm febli.
lè sa a si pèp ki pote non m lan lapriyè nan pye m, si yo soumèt devan mwen, si yo pran chache m ankò, si yo vire do bay vye peche yo t'ap fè yo, m'ap tande yo nan syèl kote m ye a, m'ap padonnen peche yo, m'ap fè peyi a kanpe ankò.
(4) Chak maten ou tande vwa m. Kou solèy leve, mwen mete lapriyè m devan ou. M'ap tann ou reponn mwen.
Tou sa n'ap fè, tou sa n'ap di, fè l nan non Senyè Jezi a, san nou pa janm bliye di Bondye mèsi nan li.
(7) Nan mizè mwen te ye a, mwen rele nan pye Senyè a. Mwen mande Bondye m lan sekou. Kote l chita lakay li a, li tande vwa mwen, rèl mwen rive jouk nan zòrèy li.
Tout lwanj lan se pou Bondye. Paske, ak pouvwa k'ap travay nan nou an, li kapab fè pi plis pase tou sa nou ka mande, pi plis pase tou sa nou ka mete nan lide nou. Wi, tout lwanj lan pou Bondye nan legliz la ak nan Jezikri, pou tout tan ak pou tout tan. Amèn. Se sa menm!