Dimanch se jou nou mete apa pou n al nan tanp lan pou n adore e louwe Senyè a. Se la nou reyini ak frè ak sè nou yo, tout moun ak menm santiman, se yon jou selebrasyon.
Bondye kontan lè nou reyini pou n adore l. Men sa pawòl li a di nan Sòm 133:1: “Gade! Ala bon, ala bèl bagay lè frè ak sè ap viv ansanm nan tèt ansanm!”
Nou dwe toujou reyini. Pawòl Bondye a di pou nou pa neglije reyinyon nou yo, jan anpil moun gen abitid fè a. Kidonk, toujou fè efò pou w al nan kay Bondye a epi respekte jou dimanch lan.
Sòm 84:10 di: “Yon jou nan lakou ou yo pi bon pase mil jou lòt kote. Mwen ta pito kanpe nan papòt kay Bondye mwen an pase pou m rete nan kay mechan yo.”
Si yon moun ap sèvi m, se pou l swiv mwen tou. Konsa, tout kote m'a ye, sèvitè mwen va la tou. Papa m va leve tèt tout moun k'ap sèvi mwen.
Apòlòs ak mwen, se travay n'ap travay ansanm pou Bondye. Nou menm, moun Korent yo, nou se tankou yon jaden Bondye bay travay pou li. Ou ankò, nou se yon kay Bondye ap bati.
Konsa, frè m yo, kenbe fèm, pa brannen. Se pou n toujou pi cho nan travay Senyè a, paske nou konnen travay n'ap fè pandan n'ap viv ansanm ak Senyè a p'ap janm pèdi.
Gen krentif pou Senyè a. Sèvi l tout bon ak tout kè nou. Chonje tout bèl bagay sa yo li fè pou nou!
Se sa ki fè, frè mwen yo, jan Bondye fè nou wè li gen kè sansib pou nou an, se pou nou ofri nou tankou yon sakrifis apa bay Bondye, yon sakrifis vivan k'ap fè li plezi. Se sèl jan pou nou sèvi Bondye tout bon vre.
Lè sa a, Jezi chita, li rele douz disip li yo epi li di yo: — Si yon moun vle premye plas, fòk li mete li pi ba pase tout moun, fòk li fè li sèvitè tout moun.
Si mwen menm ki Senyè, mwen menm ki Mèt, mwen lave pye nou, konsa tou, nou menm, se pou nou yonn lave pye lòt.
Ou menm, Salomon, pitit mwen, se pou ou rekonèt Bondye papa ou la. Se pou ou sèvi l ak tout kè ou, avèk bon santiman, paske Senyè a sonde kè tout moun, li konnen tou sa k'ap pase nan tèt yo. Konsa, si ou chache l, l'ap kite ou jwenn li. Men, si ou vire do ba li, l'ap lage ou nèt tou pou tout tan.
Pèp la menm te kontan bay sa yo t'ap bay pou Senyè a paske yo te fè l ak tout kè yo. Wa David tou te kontan anpil.
Mèt la di l: Sa se bèl bagay. Ou se yon bon domestik ki travay byen. Paske ou fè ti travay sa a byen, m'ap mete ou reskonsab pi gwo zafè toujou. Vin fè fèt avèk mèt ou.
Se Senyè a, Bondye nou an, pou nou swiv. Se li menm pou nou gen krentif. Se lòd li pou nou swiv. Se sa li di nou pou nou koute. Se li menm pou nou sèvi. Pa janm vire do ba li.
Kanta nou menm, frè m yo, Bondye te rele nou pou n te ka gen libète nou. Sèlman, pa pran libète a sèvi eskiz pou nou viv dapre egzijans lachè. Okontrè, se pou nou yonn sèvi lòt nan renmen nou yonn gen pou lòt.
Nonm lan reponn: — Se pou ou renmen Mèt la, Senyè Bondye ou, ak tout kè ou, ak tout nanm ou, ak tout fòs ou, ak tout entelijans ou. Se pou ou renmen pwochen ou tankou ou renmen pwòp tèt pa ou.
Se mwen menm Senyè a, Bondye nou an, pou nou sèvi. M'ap beni nou, m'ap ban nou manje pou n manje, dlo pou nou bwè. Mwen p'ap kite maladi tonbe sou nou.
Apre sa, mwen tande Senyè a ki t'ap di: — Kilès mwen ta voye la a? Kilès ki ta asepte ale pou nou? Mwen di: — Men mwen. Voye mwen non!
— Pèsonn pa ka sèvi byen ak de mèt anmenmtan. Li gen pou l rayi yonn si l renmen lòt la. L'ap sèvi byen ak yonn, men l'ap meprize lòt la. Nou pa kapab sèvi Bondye ak lajan anmenmtan.
Pa bliye, se pou nou fè sa ki byen, se pou nou yonn ede lòt. Se ofrann konsa ki fè Bondye plezi.
Paske, Bondye pa mechan pou l ta bliye travay nou fè, ni renmen nou moutre nou gen pou li, lè nou t'ap rann moun k'ap viv pou li yo anpil sèvis, sèvis n'ap rann yo jouk kounyeya toujou.
Si yonn nan nou vle chèf, se pou li fè li domestik nou tout. Paske mwen menm, moun Bondye voye nan lachè a, mwen pa vini pou moun sèvi mwen, men mwen vini pou sèvi. Wi, mwen vin bay lavi mwen pou delivrans anpil moun.
Mwen te grangou, nou te ban m' manje. Mwen te swaf, nou te ban m' bwè. Mwen te etranje, nou te resevwa mwen byen lakay nou. Mwen te touni, nou te ban m' rad. Mwen te malad, nou te pran swen m'. Mwen te nan prizon, nou te vizite m'. — Lè sa a, moun ki te fè byen yo va reponn li: Mèt, kilè nou te wè ou grangou pou n te ba ou manje? Kilè nou te wè ou swaf dlo pou nou te ba ou bwè? Kilè ou te etranje jouktan nou te resevwa ou lakay nou an? Kilè ou te touni, nou te gentan ba ou rad la? Kilè nou te wè ou malad, osinon nan prizon, pou n te al wè ou? Men sa ki te gen bon konprann yo te pote yon boutèy plen gaz ansanm ak lanp yo. Wa a va reponn yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: chak fwa nou te fè sa pou yonn nan pi piti pami frè m yo, se pou mwen nou te fè li.
Men, si nou pa vle sèvi Senyè a, depi kounyeya chwazi sa nou vle sèvi a: oswa bondye zansèt nou yo t'ap sèvi nan peyi lòt bò larivyè Lefrat la, osinon bondye moun Amori yo t'ap sèvi nan peyi kote n'ap viv kounyeya. Men, pou mwen menm ansanm ak tout moun lakay mwen, se Senyè a n'ap sèvi.
Sèl bagay n'ap mande nou, se pou nou obeyi kòmandman ak lalwa Moyiz, sèvitè Senyè a, te ban nou an. Se pou nou renmen Senyè a, Bondye nou an. Se pou nou toujou mache nan chemen li mete devan nou an. Se pou nou fè tou sa l mande nou fè. Se pou nou kenbe pye l fèm. Se pou nou sèvi l ak tout kè nou ak tout nanm nou.
Paske mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen pa vini pou moun sèvi mwen, men mwen vini pou sèvi. Wi, mwen vin bay lavi mwen pou delivrans anpil moun.
Li te di l konsa: Lè la fin delivre nou anba lènmi nou yo, la fè nou sèvi l san nou p'ap bezwen pè. Wi, l'a fè nou viv apa pou Bondye, l'a fè nou mache dwat devan li chak jou nan lavi nou.
(23) Senyè a ap delivre moun k'ap sèvi l yo, li p'ap kondannen okenn moun ki chache pwoteksyon bò kote l.
Jezi reponn li: — Men sa ki ekri: Se Mèt la, Bondye ou, pou ou adore. Se li menm ase pou ou sèvi.
Mwen sèvi Senyè a san okenn pretansyon, avèk dlo nan je, nan mitan tout move pa mwen jwenn poutèt tout konplo jwif yo.
(11) Yon jou pase anndan lakay ou pi bon pase mil jou pase nenpòt lòt kote. Mwen ta pito rete kanpe nan papòt kay Bondye a pase pou m ta rete anndan kay mechan yo.
Se sa ki fè, frè mwen yo, jan Bondye fè nou wè li gen kè sansib pou nou an, se pou nou ofri nou tankou yon sakrifis apa bay Bondye, yon sakrifis vivan k'ap fè li plezi. Se sèl jan pou nou sèvi Bondye tout bon vre. Se pou nou yonn renmen lòt tankou frè ak frè k'ap viv ansanm ak Kris la. Nan tou sa n'ap fè, se pou nou gen respè yonn pou lòt, pa konsidere tèt nou anvan. Travay di, pa fè parese. Mete aktivite nan sèvis n'ap rann Mèt la. Pandan n'ap tann lan, fè kè n kontan. Se pou nou gen anpil pasyans nan mitan soufrans nou yo. Pa janm sispann lapriyè. Bay moun k'ap viv pou Bondye yo konkou lè nou wè yo nan bezwen. Resevwa moun ki vin lakay nou byen. Mande Bondye pou l beni moun k'ap pèsekite nou. Mande benediksyon, pa mande madichon pou yo. Fè kè n kontan ak moun ki kontan, kriye ak moun k'ap kriye. Viv byen yonn ak lòt. Pa kite lògèy moute tèt nou. Viv tankou moun ki san pretansyon. Pa kwè nou gen pi bon konprann pase sa. Si yon moun fè nou mal, pa chache fè l mal tou. Chache fè sa ki byen nan je tout moun. Fè tou sa nou kapab pou nou viv byen ak tout moun, mezi nou kapab fè li. Mezanmi, pa tire revanj. Men kite kòlè Bondye fè travay li. Paske men sa ki ekri nan Liv la: Se mwen sèl ki gendwa tire revanj, se mwen menm sèl ki va bay moun sa yo merite. Se Bondye menm ki di sa. Pa fè menm bagay ak sa moun ap fè sou latè. Men, kite Bondye chanje lavi nou nèt lè l'a fin chanje tout lide ki nan tèt nou. Lè sa a, n'a ka konprann sa Bondye vle, n'a konnen sa ki byen, sa ki fè l plezi, sa ki bon nèt ale.
Mete konfyans ou nan Senyè a, fè sa ki byen! Pran peyi a fè kay ou, viv ak kè poze! Moun ki mache dwat devan Bondye bay bon konsèy. Se bon pawòl ase ki sòti nan bouch li. Li kenbe lalwa Bondye a fèm nan kè li, li p'ap janm bite. Mechan an ap veye tout vire tounen moun k'ap mache dwat, l'ap chache jan pou l touye l. Men, Senyè a p'ap lage l nan men mechan an, li p'ap kite yo kondannen l lè y'ap jije l. Mete konfyans ou nan Senyè a, fè tou sa l mande ou fè. L'ap ba ou fòs pou ou ka pran peyi a pou ou. Ou gen pou wè mechan yo disparèt sou latè. Mwen te wè yon mechan ki te fè tout moun pè li, li te kanpe tankou yon gwo pye mapou. Apre sa, mwen tounen vin pase kote l te ye a, li pat la. Mwen chache l, mwen pa janm wè l ankò. Gade moun k'ap mache dwat la byen gade. Gade tout vire tounen l. Moun ki viv byen ak tout moun ap gen pitit ak pitit pitit. Men, moun k'ap fè mal yo, y'ap rete konsa y'ap disparèt. Tout pitit ak pitit pitit yo ap disparèt tou. Se Senyè a k'ap sove moun ki mache dwat yo. L'ap sèvi yo defans lè yo nan tray. Si se nan Senyè a ou pran tout plezi ou, l'a ba ou tou sa ou ta renmen.
Se Bondye ki fè nou. Li kreye nou nan Jezikri pou nou pratike sa ki byen, bon zèv li te pare davans pou nou fè yo.
Fè travay nou ak kè kontan, tankou si se pa pou moun nou t'ap travay, men pou Senyè a. Paske chonje byen: kit yon moun esklav, kit li lib, li gen pou l resevwa sa ki pou li nan men Senyè a, dapre bon travay li fè a.
Pa fè anyen nan lide pou fè tèt nou pase pou pi bon, ni pou fè lwanj tèt nou. Men, soumèt nou devan Bondye. Mete nan tèt nou lòt yo pi bon pase nou. paske li te prèt pou mouri nan travay Kris la, li riske lavi li pou li te ka ban mwen konkou nou pa te la pou ban mwen. Piga pèsonn chache enterè pa l ase. Se pou l chache sa ki bon pou lòt yo tou.
Paske, se Bondye menm k'ap travay ni nan volonte nou ni nan fòs nou pou fè nou fè jan lide li di li.
Nenpòt travay yo ban nou fè, fè l ak tout kè nou tankou si se pa pou lèzòm nou t'ap travay, men pou Senyè a. Chonje byen: Senyè a gen pou ban nou rekonpans nou: l'ap ban nou eritaj li sere pou moun pa l yo. Paske, mèt n'ap sèvi tout bon an se Kris la.
Okontrè, yo tout ap rakonte jan nou te resevwa m lè m te rive lakay nou, jan nou te kite zidòl yo pou n tounen vin jwenn Bondye, pou nou te ka sèvi Bondye vivan an, Bondye tout bon an.
Se pou kè nou toujou kontan. Pa janm sispann lapriyè. Di Bondye mèsi pou tout bagay. Se sa Bondye mande nou, nou menm ki mete konfyans nou nan Jezikri.
M'ap remèsi Jezikri, Senyè nou an, deske li ban mwen kouraj pou m' fè travay mwen. M'ap di li mèsi deske li konsidere m' anpil pou li fè m' tout konfyans sa a jous li rive chwazi m' pou sèvis li,
Fè jefò pou ou ka resevwa lwanj nan men Bondye tankou yon travayè ki pa wont travay li fè, yon travayè ki fè konnen pawòl verite Bondye a jan l ye a.
nou pa bezwen mande kisa san Kris la p'ap fè. Avèk pouvwa Sentespri ki la tout tan an, li menm li ofri tèt li bay Bondye tankou yon ofrann bèt ki bon nèt, san okenn defo. Se konsa, san l ap lave konsyans nou, l'ap delivre nou anba esklavaj lalwa k'ap touye nou an pou nou ka sèvi Bondye vivan an.
Peyi wa nou resevwa pou eritaj la pa ka brannen. Se pou nou di mèsi pou sa. Ann fè wè nou pa bliye sa li fè pou nou. Ann sèvi Bondye yon jan ki pou fè l plezi, avèk respè, avèk krentif.
Se pou nou fè tou sa pawòl la mande nou fè. Pa rete ap koute ase. Lè sa a, se pwòp tèt nou n'ap twonpe. Paske, lè yon moun tande pawòl la ase, san li pa fè sa pawòl la mande l fè, li tankou yon moun ki gade figi l nan yon glas. Men, kou l vire do l ale, lamenm li bliye kisa li sanble. Men, moun ki fikse je l sou lalwa ki bon nèt la, lalwa ki bay libète a, si l sòti pou l fè sa lalwa a mande, si li pa yon moun ki kite pawòl la antre nan yon zòrèy sòti nan yon lòt, men ki fè sa lalwa a mande, moun sa a va jwenn benediksyon nan sa l'ap fè a.
Chak moun dwe pran kado Bondye ba yo a pou yo rann lòt yo sèvis. Konsa, tankou bon jeran, n'a pran kado Bondye yo, ki divès kalite, n'a fè yo travay. Si yon moun ap pale, se pou l pale tankou si se te pawòl Bondye li t'ap di. Si yon moun ap rann sèvis, se pou li fè l ak fòs Bondye ba li. Konsa, nan tout bagay lwanj lan va pou Bondye, gremesi Jezikri. Se pou Jezikri tout lwanj ak tout pouvwa pou tout tan. Amèn.
Se poutèt sa, nou dwe fè tou sa nou kapab pou nou pa rete ak konfyans nou gen nan Bondye a sèlman. Men, apa konfyans lan se pou nou gen bon kondit. Apa bon kondit la, se pou nou gen konesans. Apa konesans la, se pou nou konn kontwole tèt nou. Apa konn kontwole tèt nou an, se pou nou gen pasyans. Apa pasyans la, se pou nou sèvi Bondye. Apa sèvi Bondye a, se pou nou gen renmen pou frè yo. Apa renmen nou gen pou frè nou an, se pou nou gen renmen pou tout moun. Si nou gen tout bagay sa yo nan nou, si nou devlope yo nan nou, nou p'ap rete bra kwaze. Se p'ap pou gremesi nou konnen ki moun Jezikri, Senyè nou an, ye.
Pitit mwen yo, piga nou renmen sèlman nan bouch, nan bèl diskou ak bèl pawòl. Se pou nou renmen tout bon vre. Se pou tout moun wè jan nou renmen lè yo wè sa n'ap fè.
Mwen konnen tou sa w'ap fè. Mwen konnen jan ou gen renmen nan kè ou, jan ou gen konfyans, jan ou fè sèvis ou byen, ak jan ou gen anpil pasyans. Mwen konnen tou w'ap travay kounyeya pi plis pase anvan.
Mwen konnen tou sa w'ap fè. Mwen konnen ou pa gen anpil kouray. Malgre sa, w'ap kenbe pawòl mwen. Ou pa lage mwen. Mwen louvri yon pòt devan ou, pèsonn p'ap ka fèmen li.
Se poutèt sa, yo kanpe la devan fòtèy Bondye a, lajounen kou lannwit y'ap sèvi nan tanp li a. Moun ki chita sou fòtèy la ap toujou la pou pwoteje yo.