Biblia Todo Logo
Vèsè Biblik
- Piblisite -


VÈSÈ POU PARAN "PAPA"

VÈSÈ POU PARAN

Ou menm, ou enpòtan anpil nan lavi pitit ou. Ou se yon lidè lakay ou, se ou k ap gide pitit ou yo, k ap montre yo bon valè yo epi ansenye yo pawòl Bondye a. Ou se yon egzanp pou moun ki bò kote w yo. Se poutèt sa, sa w ap fè yo enpòtan anpil, paske pitit ou yo ap kopye egzanp ou.

Bib la di: "Papa moun ki jis ap kontan anpil; moun ki gen yon pitit ki gen sajès ap gen lajwa avè l." (Pwovèb 23:24). Bondye mete w chèf lakay ou pou ou ka dirije fanmi w la. Mande Bondye èd, l ap montre w kijan pou w fè l.

Senyè a gen anpil konpasyon pou moun ki gen krentif pou li, menm jan yon papa gen konpasyon pou pitit li. (Sòm 103:13)




Egzòd 20:12

Respekte manman nou ak papa nou pou nou ka viv lontan nan peyi Senyè a, Bondye nou an, ban nou an.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Efezyen 6:1-3

Timoun, se devwa nou tankou moun ki kwè nan Senyè a pou n obeyi papa nou ak manman nou, paske sa se yon bagay ki dwat devan Bondye. Pou fini, chache fòs nou nan lavi n'ap mennen ansanm ak Senyè a ak nan gwo pouvwa li. Pran mete sou nou tout kalite zam Bondye ban nou pou nou ka kenbe tèt anba riz Satan. Paske, se pa ak moun nou gen pou nou goumen. Men, se ak move lespri ki nan syèl la, ak chèf, ak pouvwa, ak otorite k'ap gouvènen nan fènwa ki sou latè a. Se poutèt sa, depi kounyeya, pran tout zam Bondye bay yo. Konsa, lè move jou a va rive, n'a ka kenbe tèt ak lènmi an. Lè batay la va fini nèt, n'a kanpe la byen fèm nan pozisyon nou toujou. Pare kò nou: mare verite a tankou yon sentiwon nan ren nou. Pwoteje nou ak jistis Bondye a tankou plak pwotèj sòlda yo mete sou lestonmak yo pou pwoteje yo. Pou soulye nan pye nou, mete aktivite pou anonse bòn nouvèl k'ap fè moun viv ak kè poze a. Toujou pran konfyans nou gen nan Bondye a tankou yon defans ki va penmèt nou pare tout flèch Satan an ap voye tou limen sou nou. Resevwa pouvwa Bondye k'ap delivre nou an tankou yon kas an fè nan tèt nou. Asepte pawòl Bondye a tankou yon nepe Sentespri a ban nou. Pandan n'ap fè tou sa, pa janm bliye lapriyè. Mande Bondye konkou li. Lapriyè nan tout sikonstans avèk pouvwa Sentespri a. Se poutèt sa, pa kite dòmi pran nou, kenbe fèm nan sa n'ap fè a. Lapriyè pou tout pèp Bondye a. Lapriyè pou mwen tou, pou Bondye ka mete pawòl nan bouch mwen lè m'a gen pou m pale, pou m ka pale avèk lasirans, pou moun ka rive konnen sekrè ki nan bòn nouvèl la. Trete manman ou ak papa ou avèk onè, avèk respè. Sa se premye kòmandman an ki gen yon pwomès dèyè li: Nou mèt wè m nan prizon kounyeya, se Bondye ki ban m misyon fè konnen bòn nouvèl la. Lapriyè pou mwen pou m ka pale avèk lasirans, jan m dwe fè l la. Tichik, frè nou renmen anpil la epi ki yon bon sèvitè nan travay Senyè a, va ban nou tout nouvèl mwen, pou nou ka konnen jan zafè m ap mache. M'ap voye l tout espre pou l sa di nou kouman mwen ye, pou nou pa fin dekouraje, pou sa remoute kouray nou. Mwen mande Bondye, Papa a, ansanm ak Jezikri, Senyè a, pou yo bay tout frè yo kè poze, renmen ak konfyans nan Bondye. Benediksyon Bondye pou tout moun ki renmen Jezikri, Senyè nou an, ak yon renmen ki p'ap janm fini. Pou nou ka viv lontan ak kè kontan sou latè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Kolosyen 3:20

Nou menm timoun, se devwa nou pou nou obeyi manman nou ak papa nou nan tout bagay. Se sa ki fè Bondye plezi.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 1:8-9

Pitit mwen, koute papa ou non lè l'ap ba ou bon levasyon! Pa janm bliye sa manman ou te moutre ou! Menm jan bèl foula ak bèl kolye bay bèl aparans, se konsa tou konsèy manman ou ak konsèy papa ou ap fè anpil pou ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 6:20-22

Pitit mwen, toujou fè sa papa ou di ou fè. Pa janm bliye sa manman ou te moutre ou. Kenbe pawòl yo nan kè ou, pa janm bliye yo. Mete yo nan kou ou tankou yon kolye. Pawòl sa yo va moutre ou bon chemen nan tou sa w'ap fè. Y'ap pwoteje ou lè w'ap dòmi lannwit. Y'a ba ou konsèy lè je ou klè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Detewonòm 5:16

Respekte manman nou ak papa nou jan Senyè a, Bondye nou an, te pase nou lòd la, pou nou ka viv lontan ak kè kontan nan peyi Senyè a, Bondye nou an, te ban nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Levitik 19:3

Se pou nou tout respekte manman ak papa nou. Se pou nou respekte regleman jou repo mwen yo. Se mwen menm ki Senyè a, Bondye nou an!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 23:22

Pitit mwen, koute papa ou ki fè ou. Pa meprize manman ou lè li fin granmoun.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 23:24-25

Papa ki gen yon pitit k'ap mache dwat ap toujou kontan. Manman ki fè yon pitit ki gen bon konprann ap toujou gen kè kontan. Fè kè papa ou ak manman ou kontan. Fè kè manman ki fè ou la kontan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 30:17

Yon pitit ki pase papa l nan betiz, ki pa respekte lòd manman l, chen gen pou devore kadav li nan raje, zwazo nan bwa va manje grenn je li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 15:4

Tande byen. Bondye di nou konsa: Respekte papa ou ak manman ou. Li di ankò: Si yon moun pale papa l osinon manman l mal, se pou yo touye l.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Egzòd 21:15

Si yon moun leve men l sou papa l osinon sou manman l, se pou yo touye l.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Detewonòm 27:16

— Madichon pou moun ki derespekte manman l ak papa l! Tout pèp la va reponn: — Se sa menm! Nou dakò!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 10:1

Men pwovèb wa Salomon yo: Yon pitit ki gen bon konprann fè kè papa l kontan. Men, yon pitit san konprann bay manman l lapenn.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 17:6

Pitit pitit se rekonpans granmoun. Manman ak papa se kontantman pitit.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 19:19

Respekte papa ou ak manman ou. Se pou ou renmen frè parèy ou tankou ou renmen tèt pa ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 15:20

Yon pitit byen elve fè kè papa l kontan. Men, yon moun ki san konprann meprize manman l.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Mak 7:10

Tande byen. Moyiz di konsa: Respekte papa ou ak manman ou. Li di ankò: Si yon moun pale papa l ak manman l mal, se pou yo touye li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Egzòd 21:17

Si yon moun bay papa l osinon manman l madichon, se pou yo touye l.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Timote 5:4

Men, si yon vèv gen pitit, osinon pitit pitit, se pou pitit yo aprann fè tout devwa Bondye mande yo fè pou pwòp fanmi yo anvan. Konsa, y'a fè tou sa yo dwe fè pou papa yo, manman yo ak granparan yo. Se sa ki pou fè Bondye plezi.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 127:3-5

Pitit se kado Bondye bay, se yon rekonpans pou manman ak papa. Menm jan yon sòlda santi li gen kouray lè l gen zam li nan men l, se menm jan an tou pou yon moun ki fè pitit gason depi lè l te jenn. Ala bon sa bon pou moun ki gen anpil zam konsa! Li p'ap janm wont lè li kanpe nan pòtay lavil la pou l diskite ak moun k'ap chache l kont.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Efezyen 6:4

Kanta nou menm, manman ak papa, pa aji ak timoun nou yo yon jan pou eksite yo. Men, ba yo bon levasyon, korije yo, pale ak yo dapre prensip Senyè a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 22:6

Bay yon timoun prensip li dwe swiv. Jouk li mouri, li p'ap janm bliye l.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 2:51

Apre sa, li desann ak yo, li tounen Nazarèt. Li te soumèt devan yo. Manman l menm te kenbe tout bagay sa yo nan kè li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 12:9

Chonje sa papa nou sou latè a konn fè. Yo pini nou. Malgre sa, nou toujou respekte yo. Nou pa bezwen mande jan nou dwe soumèt devan Papa nou ki nan syèl la, si nou bezwen viv.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Timote 5:8

Si yon moun pa pran swen fanmi l, sitou moun k'ap viv lakay li, li nye konfyans li nan Bondye, li pi mal pase yon moun ki pa janm kwè nan Bondye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 19:26

Se yon wont, se yon dezònè pou yon pitit aji mal ak papa l, osinon pou l mete manman l deyò lakay li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 20:20

Moun ki bay manman l ak papa l madichon p'ap viv lontan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 18:10

— Atansyon: Piga nou meprize yon sèl nan ti piti sa yo. Paske m'ap di nou sa: zanj gadyen yo ki nan syèl la, se tout tan yo la devan Papa m ki nan syèl la. [

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 29:15

Baton ki korije timoun ap ba yo konprann. Men, timoun yo kite fè sa yo pito gen pou fè manman yo wont.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 13:1

Yon pitit gason ki gen bon konprann ap koute lè papa l ap rale zòrèy li. Men, moun k'ap pase moun nan betiz p'ap janm koute lè y'ap fè l obsèvasyon pou korije l.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 128:1-4

(1b) Ala bon sa bon pou ou, ou menm ki gen krentif pou Senyè a, ou menm k'ap mache nan chemen li mete devan ou lan! Avèk travay ou fè ak men ou, w'ap jwenn manje pou ou manje, w'ap kontan, zafè ou ap mache byen. Madanm ou ap tankou yon pye rezen k'ap donnen anndan kay ou. Pitit gason ou yo ap tankou jenn ti plan oliv tout arebò tab ou. Se konsa Senyè a ap beni moun ki gen krentif pou li!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 3:1-2

Pitit mwen, pa janm bliye sa mwen moutre ou yo. Kenbe tou sa mwen di ou fè yo nan kè ou. Lè ou fè sa, galata ou ap toujou chaje danre. Barik diven ou yo ap plen ra bouch. Pitit mwen, lè Senyè a ap pini ou, pa betize ak sa. Lè l'ap korije ou, pa dekouraje. Paske Senyè a korije moun li renmen, menm jan yon papa korije pitit li renmen anpil la. Ala bon sa bon pou moun ki gen konesans, pou moun ki rive gen bon konprann! Benefis l'ap rapòte pi bon pase sa lajan bay. Avantaj l'ap bay gen plis valè pase lò. Sajès pi bon pase boul lò. Nanpwen anyen moun ta renmen genyen ki ka parèt devan li. Yon bò, bon konprann ap fè moun viv lontan. Yon lòt bò, l'ap bay richès, l'ap fè moun respekte ou. L'ap fè moun viv ak kè kontan. L'ap fè ou reyisi nan tou sa w'ap fè. Moun ki gen bon konprann jwenn lavi. Sa bon nèt pou moun ki gen bon konprann! Avèk bon konprann li, Bondye kreye latè. Avèk entelijans li, li mete syèl la nan plas li. Se yo k'ap fè ou viv lontan. Se yo k'ap fè ou viv ak kè poze.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Detewonòm 6:6-7

Pa janm bliye kòmandman m'ap ban nou jòdi a. N'a moutre pitit nou yo. N'a repete yo nan zòrèy yo, kit nou lakay, kit nou nan travay.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 4:1-4

Pitit mwen, koute levasyon yon papa bay. Louvri zòrèy nou pou nou ka gen konprann. Koute sa m'ap di ou, pitit mwen. Pa bliye sa m'ap moutre ou la a, konsa w'a viv lontan. Mwen moutre ou jan pou ou viv ak bon konprann. Mwen fè ou konnen jan pou ou mache dwat. Lè w'ap viv avèk bon konprann, anyen p'ap bare wout ou. Ou mèt ap kouri, ou p'ap janm bite sou anyen. Pa janm bliye sa yo te moutre ou, kenbe l fèm. Pa kite l chape anba men ou, se tout lavi ou. Pa fè menm chemen ak mechan yo. Pa swiv egzanp moun ki deprave yo. Pa fè sa, pa pran chemen sa yo menm. Refize fè tankou yo, fè chemen pa ou. Mechan yo p'ap dòmi toutotan yo pa fè sa ki mal. Dòmi pa ka pran yo si yo pa rive fè sa yo vle fè a. Se nan fè mechanste yo jwenn manje pou yo manje. Se nan fè moun mal yo jwenn diven pou yo bwè. Chemen moun k'ap mache dwat yo tankou solèy k'ap leve. Chak lè, l'ap vin pi klere jouk li fin jou nèt. Chemen moun mechan yo fè nwa kou lannwit. Yo pa ka wè sou kisa y'ap bite. Pa janm bliye anyen nan sa m'ap moutre nou la a: Se bon konsèy m'ap ban nou. Pitit mwen, louvri lespri ou pou ou konprann byen sa m'ap di ou la a. Louvri zòrèy ou pou ou koute pawòl k'ap sòti nan bouch mwen. Pa janm kite yo sòti devan je ou. Kenbe yo nan kè ou. Pa janm bliye yo. Se lavi pou moun ki jwenn yo. Se lasante pou tout moun ki konprann yo. Pase tout lòt bagay, veye byen lide k'ap travay nan tèt ou, paske se yo k'ap di ou ki jan pou ou viv. Pa janm kite manti sòti nan bouch ou, ni move pawòl, ni mo deplase. Gade dwat devan ou. Kenbe je ou fikse sou chemen ki dwat devan ou lan. Chache konnen byen sa w'ap fè. Konsa, tou sa w'ap fè ap mache byen pou ou. Pa vire ni adwat ni agòch. Pa lage kò ou nan fè sa ki mal. Lè mwen te timoun piti lakay papa m, lè sa a mwen te sèl pitit manman mwen. Papa m t'ap moutre m anpil bagay. Li te konn di m: Kenbe pawòl mwen nan kè ou. Fè sa m'ap di ou fè, konsa w'a viv.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 15:5

Moun fou pa koute lè papa yo ap pale yo. Men, moun ki gen bon konprann koute lè y'ap rale zòrèy yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 103:13

Menm jan yon papa sansib pou pitit li, se konsa Senyè a sansib pou moun ki gen krentif pou li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jenèz 18:19

Mwen te chwazi l pou l te pase pitit li yo ak tout rès fanmi l k'ap vin apre li yo lòd pou yo mache nan chemen Senyè a met devan yo, pou yo fè sa ki kòrèk ak sa ki dwat devan Bondye. Se konsa m'a fè pou li tou sa mwen te pwomèt li a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 19:18

Korije pitit ou yo lè yo piti toujou. Men, pa bat yo jouk ou touye yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 29:17

Korije pitit gason ou lan, li p'ap ba ou tèt chaje. L'a fè kè ou kontan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jan 19:26-27

Jezi wè manman l ansanm ak disip li te renmen an toupre li. Li di manman l konsa: — Madanm, men pitit ou. Li di disip la: — Men manman ou. Depi lè sa a, disip la pran manman Jezi lakay li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 12:1

Moun ki renmen yo korije yo, se moun ki toujou vle konnen. Men, moun ki pa renmen yo rale zòrèy yo, se moun san konprann.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Efezyen 4:2

Pa janm vante tèt nou. Aji avèk dousè ak pasyans ak tout moun. Se pou nou yonn sipòte lòt avèk renmen nan kè nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 14:26

Lè yon moun gen krentif pou Bondye, li gen kote pou l apiye. Pitit li yo ap jwenn pwoteksyon bò kote Bondye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Egzòd 20:5-6

Piga nou adore yo, ni piga nou sèvi yo. Paske mwen menm, Senyè a, Bondye nou an, mwen se yon Bondye ki fè jalouzi. Lè yon moun rayi m, mwen fè pitit li, pitit pitit li ak pitit pitit pitit li yo peye sa. Men, lè yon moun renmen m, lè li fè sa m mande l fè, m'ap moutre l jan mwen renmen l tou ansanm ak tout pitit pitit li yo pandan mil generasyon.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 23:13-14

Ou pa bezwen pè bat yon timoun. Yon bèl kal, sa p'ap touye l. Okontrè, si ou bat li, w'a sove nanm li pou l pa mouri.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 4:10-11

Koute sa m'ap di ou, pitit mwen. Pa bliye sa m'ap moutre ou la a, konsa w'a viv lontan. Mwen moutre ou jan pou ou viv ak bon konprann. Mwen fè ou konnen jan pou ou mache dwat.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Kolosyen 3:21

Nou menm manman ak papa, pa pale twò rèd ak timoun yo pou sa pa dekouraje yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 144:12

Se pou pitit gason nou yo tankou jenn plant k'ap pouse. Se pou pitit fi nou yo tankou bèl poto byen travay ki nan tout kwen Tanp lan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 1:7

Krentif pou Bondye, se premye baz konesans. Moun fou pa konn valè konesans. Yo pase sa nan rizib.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 2:1-5

Pitit mwen, aprann sa m'ap moutre ou la a. Chache pou ou pa janm bliye sa mwen di ou fè a. Lè sa a, w'a gen bon konprann nan ou. W'a pran tout plezi ou nan konesans ou genyen. Entelijans ou p'ap kite anyen rive ou, konesans ou pral yon pwoteksyon pou ou. Yo p'ap kite ou fè sa ki mal. Yo p'ap kite moun k'ap fè bèl diskou pou twonpe moun pwoche bò kote ou. Moun sa yo, se moun ki kite chemen dwat la pou lage kò yo nan fènwa. Se moun ki pran plezi yo nan fè sa ki mal. Se moun ki kontan anpil pou wè mechanste lòt moun ap fè. Ou pa janm konnen kote ou ye ak moun sa yo, tout kò yo se plan. Entèlijans ou ak konesans ou va delivre ou anba fanm ki pa madanm ou, anba lòt fanm k'ap chache pran tèt ou ak bèl pawòl dous. Fanm konsa se fanm k'ap twonpe mari yo, fanm ki bliye pwomès yo te fè Bondye. Si ou mete pye lakay yo, ou sou wout lanmò. Si ou ale lakay yo, ou pa lwen ale kote mò yo ye a. Lakay yo, se antre pa sòti. Pa gen lavi pou ou ankò! Se poutèt sa, louvri zòrèy ou pou ou tande sa moun ki gen sajès ap di ou. Chache konprann yo. Se poutèt sa, swiv egzanp moun debyen. Mache pye pou pye dèyè moun ki pa fè chemen kwochi. Paske se moun k'ap mache dwat yo ki pral rete nan peyi a. Se moun serye yo ki pral la. Men, y' ap disparèt mechan yo nan peyi a. Y'ap rache moun ki nan foub yo tankou yo rache move zèb. Wi, pa janm sispann chache gen konesans. Mande pou ou gen bon konprann. Kouri dèyè konesans tankou moun k'ap kouri dèyè lajan. Chache konesans tankou moun k'ap chache ja lajan. Si ou fè tou sa, w'a konnen sa ki rele gen krentif pou Bondye. W'a resi konnen ki moun Bondye ye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 127:1-2

(1b) Si se pa Senyè a ki bati kay la, travay moun k'ap bati yo pa vo anyen. Si se pa Senyè a k'ap pwoteje lavil la, travay moun k'ap veye yo pa vo anyen. Sa pa vo lapenn pou nou leve granmaten, pou nou kouche ta, pou nou travay di pou n ka manje, paske, lè Bondye renmen yon moun, li ba li tout bagay pandan l'ap dòmi.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Detewonòm 4:9

Tansèlman, veye kò nou! Atansyon pou nou pa janm bliye bagay nou te wè ak pwòp je nou, pou nou pa janm wete yo nan lide nou pandan tout lavi nou. Okontrè, se pou nou moutre pitit nou ak pitit pitit nou yo tout bagay sa yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 15:1

Yon bon repons dous ap kalme yon moun ki ankòlè. Men, si ou reponn li rèd, w'ap fè l pi eksite.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 127:4

Menm jan yon sòlda santi li gen kouray lè l gen zam li nan men l, se menm jan an tou pou yon moun ki fè pitit gason depi lè l te jenn.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 13:24

Si ou pè bat pitit gason ou, ou pa renmen l. Si ou renmen l, se pou ou korije l.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 29:3

W'ap fè kè papa ou kontan si ou toujou ap chache bon konprann. Moun k'ap frekante jennès, se lajan l l'ap gaspiye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Detewonòm 6:2

Konsa, ni nou menm, ni pitit nou yo, ni pitit pitit nou yo, n'a gen krentif pou Senyè a, Bondye nou an, n'a kenbe tout lòd ak tout kòmandman li ban nou yo, chak jou nan lavi nou. Se konsa n'a viv lontan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 66:13

Menm jan yon manman konsole pitit li, se konsa m'ap konsole nou nan lavil Jerizalèm.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 19:13

Yon pitit ki san konprann se yon malè pou papa l. Yon fanm ki toujou ap chache kont, se yon goutyè k'ap degoute dlo san rete.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Efezyen 5:1-2

Se sa ki fè, paske nou se pitit Bondye renmen anpil, se pou nou chache fè tankou Bondye fè. Chache konnen sa k'ap fè Senyè a plezi. Nou pa gen anyen pou nou wè ak moun k'ap viv nan fènwa, moun k'ap fè bagay ki p'ap rapòte anyen. Okontrè, denonse yo pou sa yo ye. Bagay moun sa yo ap fè an kachèt, se yon wont menm pou pale sou sa. Men, lè ou mete tout bagay sa yo aklè nan limyè, lèzòm va wè sa yo ye tout bon. Paske, tout bagay ki parèt aklè tounen limyè. Se poutèt sa yo di: Leve non, ou menm k'ap dòmi an, leve sòti nan mitan mò yo. Kris la va klere ou. Se sa ki fè, konnen ki jan pou n mennen tèt nou! Pa mennen tèt nou tankou moun ki sòt, men tankou moun ki gen konprann. Pa kite okenn okazyon pase pou fè sa ki byen. Paske, jou sa yo n'ap viv la a pa bon menm. Se poutèt sa, pran tèt nou byen, chache konnen sa Senyè a vle nou fè. Pa soule tèt ou ak bweson. Sa ka mennen ou nan lavi pèvèti. Okontrè se pou nou ranpli ak Sentespri. Lè nou ansanm yonn ak lòt, sèvi ak pawòl sòm yo, kantik yo epi ak pawòl chante Lespri enspire nou. Chante kantik ak Sòm pou Senyè a, lè n'ap fè lwanj li ak tout kè nou. Se pou nou viv ak renmen nan kè nou, menm jan Kris la te fè l la, li menm ki te renmen nou, ki te bay lavi l pou nou tankou yon ti mouton yo ofri pou touye pou Bondye, ofrann k'ap fè Bondye plezi ak bon sant li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 20:7

Lè yon papa se moun serye, li fè sa ki dwat. Sa bon nèt pou pitit li yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Timote 3:15

Depi ou te tou piti, ou konnen sa ki nan Liv Bondye a. Se liv sa a k'ap ba ou bon konprann, bon konprann ki fè moun rive delivre, gremesi konfyans yo gen nan Jezikri.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 78:4-7

Nou p'ap kache bagay sa yo pou pitit nou yo pa konnen yo. N'ap fè lwanj Senyè a devan timoun k'ap vini yo. N'ap fè yo konnen jan l gen pouvwa, jan l gen fòs, jan li fè gwo mèvèy. Men, se pa ni de ni twa fwa yo te leve dèyè li nan dezè a! Se pa ni de ni twa fwa yo te fè l fè kòlè! Se tout tan yo t'ap tante Senyè a! Se tout tan yo t'ap pwovoke Bondye pèp Izrayèl la, ki yon Bondye apa! Yo bliye jan li gen pouvwa. Yo bliye lè li te sove yo anba lènmi yo, lè li te fè gwo mirak ak bèl mèvèy nan peyi Lejip, nan plenn Zoan an. Li fè dlo larivyè yo tounen san. Pèsonn pat ka bwè dlo sa yo. Li voye mouchavè sou yo pou devore yo. Li voye krapo pou detwi yo. Li voye krikèt vèt pou manje rekòt yo, chwalbwa pou devore tout jaden yo. Li touye pye rezen yo ak lagrèl, li touye pye sikomò yo ak fredi. Li touye tout bèt jaden nan savann yo ak lagrèl, li touye bann mouton yo ak loray. Li te ankòlè anpil sou yo, li te move, li te fache. Li fè anpil malè tonbe sou yo. Li voye yon lame zanj pou detwi yo. Li te di pèp Izrayèl la sa pou li fè. Wi, se pitit pitit Jakòb sa yo li te bay kòmandman li yo. Li te mande zansèt nou yo pou aprann pitit yo lalwa Bondye a, Li kite kòlè l pase sou yo, li pat sove lavi yo yonn. Li lage yon epidemi ki t'ap fini ak yo. Li touye tout premye pitit gason ki nan peyi Lejip la, tout premye pitit gason nan laras Kam lan. Lèfini, tankou yon bann mouton, li mennen pèp li ale, li kondi yo nan mitan dezè a. Li mennen yo san danje san malè. Yo pat bezwen pè anyen. Men, lanmè a te kouvri tout lènmi yo. Li fè yo rive sou fontyè peyi li te chwazi pou li a, toupre mòn li te pran ak fòs kouray li a. Li mete lòt nasyon yo deyò pou bay pèp li a plas. Li separe tè a, li bay chak branch fanmi Izrayèl la pa yo. Li kite yo moute kay yo kote lènmi yo te rete. Men, yo kenbe tèt ak Bondye ki gen tout pouvwa a. Yo t'ap wè jouk ki bò li te ye ak yo: Yo pa fè sa li te mande yo fè! Yo pa kenbe pawòl yo. Yo vire do ba li tankou zansèt yo te fè. Yo pati sou move pye, yo mal derape. Yo fè l fache paske yo bati tanp pou lòt bondye yo, yo pòte l fè jalouzi poutèt vye zidòl yo. Bondye fache lè li wè sa. Se konsa li voye pèp Izrayèl la jete. pou timoun ki fenk fèt yo ka konnen l, pou yo menm tou, lè yo grandi, yo ka fè pitit pa yo konnen l. Li kite kay li te genyen Silo a, kote li t'ap viv pami moun sou latè a. Li kite lènmi yo pran Bwat Kontra a, ki te garanti pouvwa li ak fòs li nan mitan yo, li kite yo pote l ale. Li te fache nèt sou pèp li a, li kite lènmi touye yo nan lagè. Jenn gason yo mouri nan dife. Jenn fi yo pa jwenn pèsonn pou marye ak yo. Tout prèt yo mouri anba kout nepe. Vèv yo pat kriye pou yo. Se lè sa a Senyè a leve, tankou si li t'ap leve nan dòmi. Li parèt tankou yon vanyan gason ki anba gwòg li. Li frape lènmi yo, li fè yo kouri. Li fè yo wont pou tout tan. Li voye pitit Jozèf yo jete, li pat chwazi branch fanmi Efrayim lan. Li chwazi branch fanmi Jida a pito, ansanm ak mòn Siyon li renmen anpil lan. Se la li bati Tanp li a ki pòtre ak kay li nan syèl la. Li fè l solid tankou latè, pou tout tan. Konsa yo menm tou, y'a mete konfyans yo nan Bondye. Yo p'ap bliye sa li te fè. Y'a toujou obeyi kòmandman li yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 18:20

Ou konn sa kòmandman yo di: Piga ou fè adiltè. Piga ou fè zak sasinay. Piga ou vòlò. Piga ou bay fo temwayaj. Trete manman ou ak papa ou avèk onè avèk respè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jenèz 9:27

Se pou Bondye mete sou byen Jafè yo. Se pou pitit pitit Jafè yo viv byen ak pitit Sèm yo. Se pou Kanaran tounen esklav yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Detewonòm 11:19

N'a moutre yo bay timoun nou yo, n'a repete yo nan zòrèy yo, nou te mèt lakay nou, nou te mèt granchemen, kit nou nan kabann, kit nou nan travay.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 1:33

Men, moun ki koute sa m di yo jwenn lasirans, y'a viv ak kè poze, yo p'ap bezwen pè anyen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Pyè 5:5

Menm jan an tou, nou menm jennjan yo, se pou nou soumèt devan chèf reskonsab yo. Nan tout rapò nou yonn ak lòt, se pou nou soumèt devan Bondye. Paske Bondye pran pozisyon kont moun ki gen lògèy. Men, moun ki soumèt devan l, li ba yo favè li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 4:7

Chache gen konesans, se premye bagay yon nonm lespri dwe fè. Nenpòt kisa ou ka genyen, bay li pou ou vin gen konprann.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Detewonòm 6:20-25

Yon jou, lè pitit nou va mande nou poukisa Senyè a, Bonye nou an mande nou swiv tout lòd, tout prensip ak tout kòmandman sa yo, lè sa a, n'a di yo: Nou te esklav farawon an nan peyi Lejip. Senyè a te fè nou sòti kite peyi Lejip la avèk fòs ponyèt li. Nou te wè ak je nou tout mèvèy ak tout mirak li te fè pou kraze peyi Lejip, ansanm ak farawon an ak tout moun pa l yo. Men nou menm, li fè nou sòti kote nou te ye a, li mennen nou nan peyi li te pwomèt zansèt nou yo, epi li ban nou li. Apre sa, Senyè a, Bondye nou an, te pase nou lòd pou nou kenbe tout prensip sa yo. Konsa, n'a gen krentif pou li, n'a viv ak kè kontan, epi l'a konsève lavi nou jan li fè sa pou nou jouk kounyeya. Si nou vle fè Bondye plezi, se pou nou fè atansyon pou nou swiv tout kòmandman sa yo nèt. Se pou nou mache devan Senyè a, Bondye nou an, jan li mande nou an.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 10:5

Yon moun ki wè lwen ranmase rekòt li lè rekòt la pare. Men se yon wont pou moun ki pase tout tan rekòt la ap dòmi.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 11:29

Yon nonm ki mete dezòd nan fanmi li lakòz madanm li ak tout pitit li nan tou sa ki pa bon. Men moun san konprann ap toujou esklav moun bon konprann.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 12:10

Se pou nou yonn renmen lòt tankou frè ak frè k'ap viv ansanm ak Kris la. Nan tou sa n'ap fè, se pou nou gen respè yonn pou lòt, pa konsidere tèt nou anvan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 13:4-5

Moun ki gen lamou, li gen pasyans, li gen bon kè. Li pa anvye sò moun. Li pa nan fè grandizè. Li pa nan moute kòlèt sou moun. Lamou pa fè anyen pou fè moun wont. Lamou pa chache avantaj pa li. Li pa fè kòlè, li pa kenbe moun nan kè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 7:12

— Tou sa nou vle lòt moun fè pou nou, nou menm tou, fè li pou yo tou. Se sa lalwa Moyiz la ak liv pwofèt yo mande nou fè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 112:1-2

Lwanj pou Senyè a! Ala bon sa bon pou moun ki gen krentif pou Senyè a, ki pran tout plezi l nan fè sa li mande! Lè mechan wè sa, li move. Li manje dan l, kè l grenn. Tou sa mechan an t'ap tann lan pa rive. Pitit li yo va grannèg nan peyi a. Bondye ap toujou voye benediksyon sou pitit moun ki mache dwat devan li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 16:31

Cheve blan se bèl rekonpans. Moun ki mache dwat va viv lontan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Jan 3:18

Pitit mwen yo, piga nou renmen sèlman nan bouch, nan bèl diskou ak bèl pawòl. Se pou nou renmen tout bon vre. Se pou tout moun wè jan nou renmen lè yo wè sa n'ap fè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 11:17

Lè ou gen bon kè, se yon byen ou fè pou tèt ou. Men, moun ki san pitye yo, se tèt yo y'ap fè tò.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 22:1

Pito yo nonmen non ou an byen pase pou ou gen anpil richès. Pito moun gen anpil konsiderasyon pou ou pase pou ou gen anpil lajan ak anpil lò.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 113:9

Li bay fanm ki pa ka fè pitit la yon fanmi. Li fè kè l kontan lakay li, li ba l pitit. Lwanj pou Senyè a!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Filipyen 2:3

Pa fè anyen nan lide pou fè tèt nou pase pou pi bon, ni pou fè lwanj tèt nou. Men, soumèt nou devan Bondye. Mete nan tèt nou lòt yo pi bon pase nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 4:1

Pitit mwen, koute levasyon yon papa bay. Louvri zòrèy nou pou nou ka gen konprann.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 13:6-7

Lamou tout bon pa pran plezi nan fè sa ki mal. Tout plezi li, se nan sa ki vre. Lacharite pèmèt sipòte tout bagay. Anyen pa brannen konfyans li. Lacharite pa pèdi espwa, l'ap toujou moutre pasyans li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 22:15

Timoun toujou ap fè move bagay. Men, fwèt ap fè yo pa rekonmanse ankò.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 17:25

Yon timoun ki san konprann, se chagren pou papa l, se gwo lapenn pou manman l ki fè l.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Pyè 3:8

Pou fini, nou tout nou dwe dakò yonn ak lòt, se pou nou gen menm santiman yonn pou lòt. Se pou nou yonn renmen lòt tankou frè ak sè, se pou nou gen bon kè, san lògèy.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 6:23

Pawòl sa yo ap tankou yon lanp pou ou. Sa yo moutre ou ap tankou yon limyè nan lavi ou. Lè y'ap korije ou, lè y'ap rale zòrèy ou, se moutre y'ap moutre ou chemen lavi.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 127:5

Ala bon sa bon pou moun ki gen anpil zam konsa! Li p'ap janm wont lè li kanpe nan pòtay lavil la pou l diskite ak moun k'ap chache l kont.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Detewonòm 32:7

Chonje tan lontan! Repase tèt nou sou tan lontan! Mande papa nou pou li di nou sa k te pase. Mande granmoun lontan yo rakonte nou istwa tan lontan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Jan 4:7-8

Mezanmi, se pou nou yonn renmen lòt paske renmen sòti nan Bondye. Moun ki gen renmen nan kè yo, se pitit Bondye yo ye. Yo konnen ki moun Bondye ye. Moun ki pa gen renmen nan kè yo, yo pa konn Bondye, paske Bondye se renmen menm.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 24:14

se konsa konesans ak bon konprann bon pou nanm ou. Si ou genyen yo, w'a fè chemen ou nan lavi. Sa w'ap tann lan, lavalas p'ap pote l ale.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 13:7

Peye chak moun sa ou dwe yo. Peye enpo kote pou peye enpo. Peye taks kote pou peye taks. Gen krentif pou moun ou dwe gen krentif. Gen onè respè pou moun ou dwe gen onè respè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 18:6

— Imajine moun ki ta fè tonbe nan peche yonn nan timoun sa yo ki kwè nan mwen an! Franchman, prefere yo mare yon pwasenkant nan kou li, epi lage li nan fon lanmè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 17:17

Yon bon zanmi p'ap janm trayi. Jou malè l'ap tankou yon frè pou ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 13:22

Yon moun ki gen bon kè ap kite byen pou pitit pitit li. Men, richès moun k'ap fè sa ki mal, se moun ki mache dwat yo k'ap jwi li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jenèz 28:1

Izarak rele Jakòb, li beni l. Apre sa, li ba li lòd sa a: — Piga ou pran fi peyi Kanaran an pou madanm ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Korent 13:11

Kounyeya, frè m yo, mwen kite nou. Chache pou nou vin bon nèt sou tout pwen. Se pou nou yonn ankouraje lòt, mete nou dakò yonn ak lòt, viv ak kè poze. Bondye ki bay renmen ak kè poze a, va toujou avè nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 23:15-16

Pitit mwen, si ou gen bon konprann, mwen p'ap manke kontan. M'a kontan anpil lè m'a tande bon pawòl k'ap sòti nan bouch ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 15:2

Okontrè, se pou nou chak chache fè frè parèy nou plezi pou byen l, konsa n'a fè l grandi nan konfyans li nan Bondye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Filipyen 4:8

Pou fini, frè m yo, mete lide nou sou bagay ki bon, ki merite lwanj: bagay ki vre, ki kòrèk, ki dwat, ki bèl, ki p'ap fè nou wont.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 15:4-6

Tande byen. Bondye di nou konsa: Respekte papa ou ak manman ou. Li di ankò: Si yon moun pale papa l osinon manman l mal, se pou yo touye l. Men nou menm, nou di: Si yon moun di papa l osinon manman l: Sa m ta gen pou m ba ou a, m ofri l bay Bondye, moun sa a pa bezwen fè anyen pou papa l osinon pou manman l. Se konsa, avèk koutim nou yo, nou fè pawòl Bondye a pase pou anyen menm.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 1:10

Pitit mwen, lè moun k'ap fè sa ki mal vle detounen ou, pa kite yo pran tèt ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 133:1

(1b) Ala bèl bagay, ala bon sa bon lè frè ak frè ap viv ansanm!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Kolosyen 3:12-13

Nou tout nou fè pati pèp Bondye a: se li menm ki te renmen nou, ki te chwazi nou pou n ka viv pou li. Se poutèt sa, se pou nou gen kè sansib anpil, pou n aji byen yonn ak lòt, san lògèy, avèk anpil dousè, anpil pasyans. Se pou nou yonn sipòte lòt, pou nou yonn padonnen lòt si nou gen kont yonn ak lòt. Wi, se pou yonn padonnen lòt, menm jan Kris la te padonnen nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 13:8

Pa fè okenn dèt. Sèl dèt nou dwe genyen, se pou nou yonn renmen yonn. Moun ki renmen moun parèy li, li fè tou sa lalwa mande.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 31:28-29

Tout pitit li yo ap fè l konpliman. Mari l menm ap fè lwanj li. L'ap di li: - Mwen konnen anpil fanm ki moutre vanyan yo. Men, pou ou menm, nanpwen tankou ou!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jenèz 21:7

Apre sa, li di ankò: — Ki moun ki ta di Abraram yon jou Sara gen pou bay timoun tete? Men, atout li fin vye a, mwen fè yon pitit gason pou li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 28:7

Yon jenn gason ki fè tou sa lalwa mande, se pitit ki gen lespri. Men, moun ki fè zanmi ak vakabon se yon wont pou papa l.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 30:11

Gen yon kalite moun k'ap bay papa yo madichon, ki pa gen konsiderasyon pou manman yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Jan 5:3

Nou renmen Bondye, lè nou fè tou sa li mande nou fè. Sa Bondye mande nou fè yo pa twò difisil pase sa.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 111:10

Lè ou gen krentif pou Bondye, se lè sa a ou konmanse gen bon konprann! Bondye ap bay moun ki gen krentif pou li bon jijman. Wi, se tout tan pou yo fè lwanj li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 5:9

Benediksyon pou moun k'ap travay pou lèzòm viv byen yonn ak lòt, paske Bondye va rele yo pitit li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 12:25

Tèt chaje kraze kouray yon moun. Men, yon bon pawòl fè kè l kontan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 12:16

Viv byen yonn ak lòt. Pa kite lògèy moute tèt nou. Viv tankou moun ki san pretansyon. Pa kwè nou gen pi bon konprann pase sa.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Galat 5:13-14

Kanta nou menm, frè m yo, Bondye te rele nou pou n te ka gen libète nou. Sèlman, pa pran libète a sèvi eskiz pou nou viv dapre egzijans lachè. Okontrè, se pou nou yonn sèvi lòt nan renmen nou yonn gen pou lòt. Paske tou sa lalwa mande nou, nou jwenn yo nan kòmandman sa a: Se pou ou renmen frè parèy ou, menm jan ou renmen tèt pa ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Efezyen 6:2-3

Trete manman ou ak papa ou avèk onè, avèk respè. Sa se premye kòmandman an ki gen yon pwomès dèyè li: Nou mèt wè m nan prizon kounyeya, se Bondye ki ban m misyon fè konnen bòn nouvèl la. Lapriyè pou mwen pou m ka pale avèk lasirans, jan m dwe fè l la. Tichik, frè nou renmen anpil la epi ki yon bon sèvitè nan travay Senyè a, va ban nou tout nouvèl mwen, pou nou ka konnen jan zafè m ap mache. M'ap voye l tout espre pou l sa di nou kouman mwen ye, pou nou pa fin dekouraje, pou sa remoute kouray nou. Mwen mande Bondye, Papa a, ansanm ak Jezikri, Senyè a, pou yo bay tout frè yo kè poze, renmen ak konfyans nan Bondye. Benediksyon Bondye pou tout moun ki renmen Jezikri, Senyè nou an, ak yon renmen ki p'ap janm fini. Pou nou ka viv lontan ak kè kontan sou latè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Korent 1:3-4

Ann fè lwanj Bondye ki papa Jezikri, Senyè nou an, Papa ki gen kè sansib la, Bondye ki toujou la pou ban nou ankourajman an. Li ankouraje nou nan tout lapenn nou, konsa nou menm tou nou ka ankouraje moun ki nan tout kalite lapenn lè n'a ba yo menm ankourajman nou te resevwa nan men li an.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 15:7

Se pou yonn asepte lòt jan l ye a, menm jan Kris la te asepte nou an pou sa te tounen yon lwanj pou Bondye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Efezyen 4:32

Okontrè, se pou nou aji byen yonn ak lòt, se pou nou gen bon kè yonn pou lòt, pou nou yonn padonnen lòt, menm jan Bondye te padonnen nou nan Kris la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 86:5

Senyè, ala bon ou bon! Ou padonnen peche nou yo. Ou p'ap janm sispann renmen moun k'ap rele non ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jenèz 27:34-35

Lè Ezayi tande sa, yon sèl kòlè moute l, li tonbe rele byen fò: — Beni m tou non, papa! Izarak reponn li: — Frè ou la vini, li twonpe m. Li pran benediksyon ki te pou ou a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 24:3-4

Bon konprann ap fè kay ou kanpe. Bon konesans ap fè l kanpe fèm. Mwen pase bò jaden yon nonm parese, bò jaden rezen yon moun ki san konprann. Pikan te fin pran jaden an nèt. Move zèb t'ap pouse toupatou. Lantouray jaden yo te fin tonbe. Lè mwen wè sa, mwen kalkile. Mwen gade, sa ban m yon leson. Dòmi, kabicha, kouche sou do, kwaze men ou dèyè tèt ou... Se bon! W'ap rete konsa, w'ap wè ou pòv. Mizè ap tonbe sou ou tankou yon ansasen san ou pa atann. Kote ki gen konesans, pyès kay yo plen ak bon bagay ki koute chè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 145:4

Papa va fè lwanj ou devan pitit yo pou tou sa ou te fè. Y'a rakonte tout bèl bagay ou fè yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 31:25-26

Li gen anpil kouray, tout moun respekte l, li pa pè denmen. Lè li louvri bouch li, se bon konsèy li bay. Li toujou gen bon pawòl nan bouch li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Kolosyen 3:13

Se pou nou yonn sipòte lòt, pou nou yonn padonnen lòt si nou gen kont yonn ak lòt. Wi, se pou yonn padonnen lòt, menm jan Kris la te padonnen nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 22:37-39

Jezi reponn li: — Se pou ou renmen Mèt la, Bondye ou, ak tout kè ou, ak tout nanm ou, ak tout lide ou. Se kòmandman sa a ki pi gwo, ki pi konsekan. Men dezyèm kòmandman an ki gen menm enpòtans ak premye a: se pou ou renmen frè parèy ou tankou ou renmen pwòp tèt pa ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 34:11

(12) Vini non, timoun mwen yo, koute sa m'ap di nou. M'a fè nou konnen ki jan pou nou gen krentif pou Senyè a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 2:40

Pitit la menm t'ap grandi, li t'ap devlope. Li te gen kont lespri l, epi favè Bondye te avèk li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Egzòd 18:19-20

Bon. Koute sa m'ap di ou: se yon konsèy m'ap ba ou pou Bondye ka ede ou. Se ou menm ki va prezante pou pèp la devan Bondye. W'a mete tout pwoblèm yo devan Bondye. Anvan tout bagay sa yo te rive, Moyiz te voye Sefora, madanm li, al jwenn Jetwo, papa li. Kounyeya, Jetwo mennen Sefora tounen bay Moyiz W'a moutre yo lòd Bondye, Senyè a, bay ansanm ak sa li mande yo pou yo fè. W'a fè yo konnen jan pou yo viv ak sa yo dwe fè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 18:15

— Si frè ou fè ou yon bagay ki mal, ale jwenn li, rele l apa. Fè l wè sa li fè a mal. Si li koute ou, se mete w'a mete frè ou ankò sou bon chemen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 8:32-33

Kounyeya, pitit mwen yo, louvri zòrèy nou pou nou tande mwen. Ala bon sa bon pou moun ki fè sa m di yo fè! Louvri zòrèy nou pou nou tande sa m'ap moutre nou. N'a vin gen bon konprann. Pa meprize bagay konsa.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 23:19-21

Louvri zòrèy ou, gason mwen, pou ou ka gen bon konprann, pou ou ka mache dwat. Kalkile byen kote w'ap mete pye ou, pou ou ka mache dwat. Si ou se yon moun ki gen bon lapeti, kontwole bouch ou. Pa fè zanmi avèk moun k'ap bwè twòp, ak moun k'ap fè safte. Paske moun k'ap fè metye bwè ak moun ki afre ap vin pòv. Si ou pase tout tan ou ap dòmi, talè konsa w'ap mache yon men devan yon men dèyè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jenèz 48:9

Jozèf reponn li: — Se pitit gason Bondye te ban mwen antan mwen isit la wi. Izrayèl di li: — Tanpri, fè yo pwoche pi pre m pou m ka beni yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 71:17-18

Bondye, depi lè m te jenn gason w'ap aprann mwen anpil bagay. Jouk kounyeya m'ap rakonte bèl bagay ou fè yo. Kounyeya mwen fin vye granmoun, tout cheve nan tèt mwen fin blan. Tanpri, Bondye, pa lage m. Kanpe la avè m pou m ka fè moun k'ap viv kounyeya konnen jan ou gen fòs, pou m ka fè tout moun ki gen pou vin apre yo konnen jan ou vanyan,

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 38:19

Se moun ki vivan ase ki ka fè lwanj ou tankou mwen menm jòdi a. Granmoun va fè pitit yo konnen jan ou toujou kenbe pawòl!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 13:13

Koulyeya, gen twa bagay ki rete: se lafwa, lesperans, lamou. Men se lamou ki gen plis valè nan twa a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Jan 4:19

Pou nou menm, nou gen renmen nan kè nou, paske Bondye te renmen nou anvan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Efezyen 4:31-32

Piga yo jwenn nan mitan nou moun ki kenbe lòt nan kè yo, moun ki gen san wo, moun ki renmen fè kòlè. Piga yo tande woywoy ak joure nan mitan nou. Nou pa fèt pou gen okenn lòt kalite mechanste k'ap fèt nan mitan nou. Okontrè, se pou nou aji byen yonn ak lòt, se pou nou gen bon kè yonn pou lòt, pou nou yonn padonnen lòt, menm jan Bondye te padonnen nou nan Kris la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 25:12-13

Si yon moun gen krentif pou Senyè a, Senyè a va moutre l chemen pou l pran. L'ap toujou gen kè kontan. Pitit li yo va pran peyi a pou yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 1:50

L'ap toujou gen pitye pou tout moun ki gen krentif pou li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 13:1-2

Se pou nou toujou yonn renmen lòt tankou frè k'ap viv ansanm nan Kris la. Nou gen yon lotèl ki pa nou. Prèt k'ap sèvi nan tanp jwif yo pa gendwa manje nan vyann ofrann bèt nou fè sou lotèl sa a. Lè y'ap fè ofrann bèt pou touye pou peche yo, se san an ase granprèt jwif la pote pou ofri nan kote ki apa pou Bondye a. Men, yo boule kò bèt yo lòt bò pòtay lakou kote moun yo rete a. Se poutèt sa, Jezi te mouri lòt bò pòtay lavil la, pou l te ka mete pèp la nan kondisyon pou yo fè sèvis Bondye ak pwòp san pa li ki te koule. Nou menm tou, ann sòti al jwenn li lòt bò pòtay lakou a pou n soufri menm wont la ansanm ak li. Paske nou pa gen sou latè yon lavil ki la pou tout tan. N'ap chache lavil ki gen pou vini an. Gremesi Jezikri, sèl ofrann san n'ap ofri bay Bondye a, se lwanj n'ap ba li tout tan. Se tout tan pou non l nan bouch nou. Pa bliye, se pou nou fè sa ki byen, se pou nou yonn ede lòt. Se ofrann konsa ki fè Bondye plezi. Obeyi chèf nou yo, soumèt devan yo. Se tout tan y'ap veye sou nanm nou paske yo gen pou yo rann Bondye kont pou travay yo. Si nou obeyi yo, y'a fè travay yo ak kè kontan. Men, si nou pa obeyi yo, y'a fè l ak kè sere. Lè sa a, p'ap gen okenn avantaj pou nou. Pa sispann lapriyè pou mwen. Mwen sèten mwen gen konsyans mwen anpè. Paske mwen vle fè sa ki byen nan tout sikonstans. M'ap mande nou pou nou lapriyè toutespre pou Bondye ban m okazyon tounen vin jwenn nou anvan lontan. Chonje se devwa nou pou nou byen resevwa moun ki vin lakay nou. Se konsa, gen moun ki resevwa zanj Bondye lakay yo san yo pa konn sa.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 19:14

Jezi di yo: — Kite timoun yo vin jwenn mwen non. Pa enpoze yo vini. Paske, Peyi Wa ki nan syèl la, se pou tout moun ki tankou timoun sa yo li ye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 103:17-18

Men renmen Bondye pou moun ki gen krentif pou li yo, se bagay ki la pou tout tan. L'ap gen pitye pou pitit pitit yo, pou moun ki kenbe pawòl yo ak li, pou moun ki chonje kòmandman li yo pou obeyi yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 8:28

Tansèlman, nou konn sa byen: nan tout bagay, Bondye ap travay pou byen tout moun ki renmen l, pou byen tout moun li te fè lide rele.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 22:30-31

(31) Jenerasyon k'ap vini yo va sèvi li. Moun va rakonte istwa Senyè a bay pitit yo. (32) Pitit yo menm va fè pitit pa yo konnen jan Senyè a te delivre yo ansanm ak tou sa li fè pou yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 5:16

Konsa tou, se pou limyè nou klere devan tout moun, pou lè yo wè tout byen n'ap fè yo, y'a fè lwanj Papa nou ki nan syèl la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi

Lapriyè bay Bondye

Bondye Toupisan! Papa Sen, mwen vin jwenn ou nan non Jezikri, Senyè mwen an. Jodi a, mwen vle di ou mèsi pou paran mwen yo. Mwen mande w, moutre m chak jou kijan pou m onore yo, pwoteje yo, pou m ka remèt yo yon ti pati nan tout sa yo fè pou mwen. Epi plis pase tout bagay, pou m ka eritye lafwa yo ak lanmou yo genyen pou pawòl ou a. Ou di nan pawòl ou: "Onore papa w ak manman w, jan Senyè Bondye w la te kòmande w la, pou w ka viv lontan, pou tout bagay ka mache byen pou ou nan peyi Senyè Bondye w la ap ba ou a." Papa Sen, ou se pi bèl egzanp obeyisans pou tout paran. Se sèten, volonte w se pou nou sanble avè w, pou nou gen yon kè obeyisan, yon kè ki ka korije, pou nou apresye lòd ou yo ak prensip ou yo, pou nou bay valè a chak ansèyman ak enstriksyon paran nou yo. Mete nan kè yo yon gwo anvi pou yo chèche prezans ou, pou yo medite pawòl ou, pou lavi yo chanje epi pou se ou menm ki dirije yo. Senyè, mèsi pou paran mwen yo ki tèlman enpòtan nan lavi m. Mwen mande w, aprann mwen pratike soumisyon ak obeyisans, paske sa fè w plezi epi se sa ki jis devan w. Nan non Jezi, mwen ba w glwa ak onè. Amèn!
Swiv nou:

Piblisite


Piblisite