Biblia Todo Logo
Vèsè Biblik
- Piblisite -



VÈSÈ POU OFRAN

VÈSÈ POU OFRAN

Cheri mwen, lè w ap ofri bay Bondye, sonje se yon bèl bagay devan je l. Se pou w ba li pi bon bagay ou genyen ak tout kè w. Fòk ou kontan, paske Bondye ban nou plis pase sa nou merite. Li beni nou anpil.

Si w bay sèlman sa w rete avèk, atann ou lavi a ap fè menm bagay la avè w tou. Fòk ou bay tankou se pou tèt ou w ap bay, san fòse, san tann anyen an retou. Pa fè bri pou moun wè w. Men gòch ou pa bezwen konnen sa men dwat ou ap fè.

Bondye renmen moun ki bay ak kè kontan, li konnen sa k nan kè nou. Bay jan ou deside nan kè w, san lapenn, san fòse, paske Bondye renmen moun ki bay ak jwa. Jan 2 Korentyen 9:7 di a: "Chak moun dwe bay jan l' te deside nan kè l', san l' pa règrèt anyen, san moun pa fòse l' fè l'. Paske, Bondye renmen moun ki bay ak kè kontan." Ofrann se yon fason pou n adore Bondye, pou n ba li yon pòsyon nan sa li te ban nou an premye.

Lè Bondye bay, li bay anpil, li bay ak tout kè l. Lè w ofri ak tout kè w, w ap louvri pòt pou Bondye vide benediksyon l sou ou. Plis ou bay, plis w ap resevwa.




Jenèz 9:13-15

M'ap mete lakansyèl mwen nan syèl la. Men siy m'ap ban nou pou kontra mwen pase ak latè a. Chak fwa m'a fè nyaj yo konmanse sanble, lakansyèl la va parèt nan syèl la. Lè sa a, m'a chonje kontra mwen te fè avèk nou ansanm avèk tout kalite bèt vivan yo. P'ap janm gen gwo inondasyon ankò ki pou detwi tout moun ak tout bèt k'ap viv sou latè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jenèz 15:18

Se jou sa a Senyè a te pase kontra avèk Abram. Li di l konsa: — M'ap bay pitit pitit ou yo tout peyi sa a, depi larivyè Lejip, rive jouk larivyè Lefrat la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jenèz 17:7-8

M'ap kenbe kontra m lan avè ou, avèk tout ras ou. De pitit an pitit, se va yon kontra k'ap la pou tout tan. Se mwen k'ap Bondye ou, se mwen k'ap Bondye pitit pitit ou yo tou. Ou wè tè kote ou rete tankou moun vini kounyeya? Mwen gen pou m ba ou l ansanm ak tout pitit pitit ou yo. Tout peyi Kanaran an ap rele ou pa ou pou tout tan. Wi, se mwen menm k'ap Bondye yo tout.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Egzòd 19:5-6

Kounyeya menm, si nou koute sa mwen di nou, si nou kenbe kontra mwen an, se nou menm m'ap chwazi pou moun pa m nan mitan tout pèp ki sou latè. Tout latè se pou mwen, se vre. Men nou menm, n'ap vini yon nasyon moun k'ap sèvi m tankou prèt, yon pèp k'ap viv apa pou mwen. Wi, se sa pou ou di moun Izrayèl yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Egzòd 24:7-8

Lèfini, li pran liv kontra a, li li l pou tout pèp la ka tande. Apre sa, pèp la di: — N'a fè tou sa Senyè a mande nou fè, n'a obeyi l. Lè sa a, Moyiz pran san ki te nan ganmèl yo, li voye l sou pèp la, li di: — San sa a sèvi pou siyen kontra Senyè a pase ak nou an, dapre pawòl li di yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Detewonòm 7:9

Se pou nou rekonèt Senyè a, Bondye nou an, se sèl Bondye ki genyen, sèl Bondye k'ap toujou kenbe pawòl li. Wi, l'ap toujou kenbe kontra li pase a. L'ap toujou renmen moun ki renmen l, moun ki fè tou sa l mande yo fè, de pitit an pitit, pandan mil jenerasyon.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Detewonòm 9:5

Non! Se pa paske nou te merite, ni paske nou te mennen bak nou dwat kifè Senyè a pral fè nou pran peyi a pou nou. Se paske moun sa yo mechan kifè Senyè a, Bondye nou an, pral disparèt yo sou tout wout nou. Epitou, se pou l te ka kenbe pawòl li te sèmante bay zansèt nou yo, Abraram, Izarak ak Jakòb.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Detewonòm 29:9

N'a kenbe kontra sa a. N'a fè tou sa ki di ladan l pou nou ka reyisi nan tout sa n'ap fè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Detewonòm 30:15-16

Gade. Jòdi a mwen mete devan nou lavi ak benediksyon yon bò, lanmò ak madichon yon bò. Se nou ki pou chwazi. Sa m'ap mande nou jòdi a, se pou nou renmen Senyè a, Bondye nou an, se pou nou viv jan li vle l la, se pou nou fè tou sa li mande nou fè nan kòmandman li yo, nan lòd li yo ak nan regleman li yo. Konsa, n'a gen lavi, n'a gen anpil pitit. Senyè a, Bondye nou an, va beni nou nan peyi nou pral pran pou rele nou pa nou an.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 54:10

Ou te mèt wè mòn yo ap souke, ti mòn yo ap tranble, mwen p'ap janm sispann renmen ou. M'ap toujou kenbe kontra mwen te pase pou m te toujou byen avè ou la. Se Senyè ki renmen ou lan ki di ou sa.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 61:8

Senyè a di: — Mwen menm, Senyè a, mwen renmen sa ki dwat, mwen pa vle wè lè moun ap vòlò, lè moun ap fè lenjistis. M'a kenbe pawòl mwen, m'a bay pèp mwen an rekonpans yo, m'a pase ak yo yon kontra k'ap la pou tout tan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jeremi 31:31-34

Senyè a di ankò: Lè a pral rive, mwen pral pase yon lòt kontra avèk moun peyi Izrayèl yo ansanm ak moun peyi Jida yo. Se p'ap tankou kontra mwen te pase avèk zansèt yo a lè m te pran men yo pou m te fè yo sòti kite peyi Lejip. Atout se mwen ki te mèt yo, yo pat kenbe kontra mwen an. Se mwen menm Senyè a ki di sa! Men kontra mwen pral pase ak pèp Izrayèl la. Se Senyè a menm ki di sa. Lè sa a, m'ap mete prensip mwen yo anndan kè yo, m'ap make lòd mwen yo nan lespri yo. M'a tounen Bondye pou yo, y'a tounen yon pèp pou mwen. Pèsonn p'ap bezwen moutre lòt moun nan peyi a kouman pou yo chache konnen Senyè a, paske yo tout ap konnen m, depi sa ki pi piti a jouk sa ki pi gran an. Se mwen menm Senyè a ki di sa. M'a padonnen sa yo fè ki mal, mwen p'ap chonje peche yo ankò. Se mwen menm Senyè a ki di sa.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezekyèl 34:25

M'ap pase ak yo yon kontra k'ap garanti yo kè poze, m'ap fè tout bèt nan bwa disparèt nan peyi a. Konsa mouton m yo va rete san pwoblèm nan savann yo, y'a dòmi nan rakbwa yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezekyèl 36:26-27

M'ap mete lòt santiman nan kè nou. M'ap mete lòt lide nan tèt nou. M'ap wete tèt di nou an, m'ap fè nou tande lè m pale nou. M'ap mete Lespri m nan nou, konsa m'ap fè nou mache dwat dapre lòd mwen ban nou, pou nou fè tou sa mwen mande nou fè. N'a kenbe prensip mwen yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Malachi 2:5

Nan kontra mwen te pase ak yo a, mwen te pwomèt mwen t'ap ba yo lavi ak kè poze. Mwen ba yo li vre. Yo menm, se pou yo te gen krentif pou mwen. Yo te gen krentif pou mwen vre, yo te respekte m'.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 26:28

Paske, sa se san mwen, san ki siyen kontra Bondye fè a, san ki koule pou anpil moun jwenn padon pou peche yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 22:20

Menm jan an tou, apre yo fin manje, li ba yo gode diven an. Li di yo: — Gode sa a, se nouvo kontra Bondye pase ak moun. Se avèk san m ki koule pou nou an li siyen l.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 8:6-7

Men, kounyeya, sèvis granprèt nou an gen pou l fè a pi konsekan lontan pase sèvis prèt sa yo. Paske, kontra li te ranje ant Bondye ak lèzòm lan pi bon lontan, li gen pi bon pwomès ki garanti li. Si premye kontra a pat gen defo, pa ta gen nesesite pou yo ta fè yon lòt kontra pou pran plas li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 9:15

Se poutèt sa, Kris la se yon avoka ki tabli yon nouvo kontra ant Bondye ak lèzòm. Konsa, moun Bondye rele yo, yo ka resevwa eritaj ki la pou tout tan an, jan Bondye te pwomèt la. Tou sa, paske Kris la mouri. Avèk mouri li mouri a, li delivre tout moun anba chenn peche yo te fè sou premye kontra a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 10:16-17

Men kontra mwen pral fè ak yo apre jou sa yo. (Se Bondye menm ki di sa.) M'a mete lwa m yo nan kè yo, m'a make lwa m yo nan lespri yo. Apre sa, li di: Mwen p'ap janm chonje ni peche yo, ni sa yo fè ki mal.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 11:27

Men kontra mapral pase avèk yo lè m'a wete tout peche yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jenèz 12:1-3

Senyè a di Abram konsa: — Pati, kite peyi ou. Kite fanmi ou. Kite papa ou. Ale nan peyi m'a moutre ou la. Men, grangou tonbe sou peyi a, pat gen manje menm. Se poutèt sa Abram te desann nan peyi Lejip. Li rete la yon bon bout tan. Li te prèt pou antre nan peyi Lejip lè li di Sarayi, madanm li: — Koute non. Ou se yon bèl fanm. Lè gason nan peyi Lejip yo va wè ou, yo pral di: Se madanm li wi! Epi y'a touye m pou yo sa pran ou nan men m. Tanpri, di yo se sè mwen ou ye pou yo pa touye m, pou yo ka aji byen avè m poutèt ou. Se konsa, rive Abram rive nan peyi Lejip, mesye yo gentan wè jan Sarayi te yon bèl fanm. Kèk gwochabrak gouvènman wè sa tou, y'al fè lwanj li bay Farawon an jan fanm lan bèl. Epi yo pran Sarayi mennen nan palè a. Poutèt Sarayi, farawon an te aji byen ak Abram. Li ba li kantite mouton, kabrit, bèf, bourik, chamo, san konte esklav, fanm kou gason, pou sèvi l. Men, paske farawon an te pran Sarayi, madanm Abram, pou madanm li, Senyè a voye yon bann move maladi sou li ak sou moun ki te nan palè a. Lè sa a, farawon an fè rele Abram, li di li: — Kisa ou fè m konsa? Poukisa ou pat di m se madanm ou Sarayi ye? Poukisa ou te di m se sè ou li ye? Mwen pa ta janm pran l pou madanm mwen. Monchè, men madanm ou. Pran l, al fè wout ou. M'ap ba ou anpil pitit pitit. Y'a tounen yon gwo nasyon. M'a beni ou. Y'a nonmen non ou toupatou. W'a sèvi yon benediksyon pou tout moun. Farawon an pase moun li yo lòd pou fè Abram pati kite peyi a, li menm ansanm ak madanm li avèk tou sa ki te pou li. M'ap voye benediksyon mwen sou tout moun ki va mande benediksyon pou ou. Men, m'ap madichonnen tout moun ki va ba ou madichon. Gremesi ou, tout nasyon sou latè va jwenn benediksyon.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jenèz 17:1-2

Lè Abram rive sou katrevendisnevan laj, Senyè a parèt devan l, li di l konsa: — Mwen se Bondye ki gen tout pouvwa a. Se pou ou toujou fè sa m di ou fè. Se pou ou mennen yon lavi san repwòch. Men egzijans mwen fè nou, ou menm ansanm ak tout pitit ou yo: Se pou nou sikonsi tout gason nan mitan nou. Depi kounyeya, se pou nou sikonsi tout gason. Se pou sa sèvi yon siy pou moutre gen yon kontra ki pase ant nou menm avè m. Se pou nou sikonsi tout gason wit jou apre yo fèt, li te mèt pitit moun lakay la, osinon pitit moun lòt nasyon ou pran pou travay lakay ou. Wi, se pou sikonsi yo tout: kit yo fèt nan peyi a, kit yo fèt aletranje. Se va yon mak letanp sou kò nou pou fè wè kontra mwen pase ak nou an. Se va yon kontra ki la pou tout tan. Si yon gason pa sikonsi, se pou yo disparèt li nan ras la, paske li pat kenbe kontra mwen fè ak nou an. Apre sa, Bondye di Abraram: — Sarayi, madanm ou, p'ap rele Sarayi ankò. Men depi jòdi a y'a rele l Sara. M'ap beni madanm ou, m'ap fè l ba ou yon pitit gason. M'ap beni l, m'ap fè l tounen manman moun anpil nasyon. Anpil nan pitit pitit li yo va wa. Abraram mete ajenou, li bese tèt li jouk atè. Men, li tonbe ri lè l chonje jan l fin granmoun. Li t'ap di nan kè l: Eske yon nonm ki gen santan ka fè pitit ankò? Eske Sara, yon fanm ki gen katrevendizan, ka vin ansent? Se konsa li di Bondye: — Tanpri, beni Izmayèl! Pa kite li mouri! Men Bondye di l: — Non, se Sara madanm ou, ki gen pou fè yon pitit gason pou ou. W'a rele l Izarak. M'ap kenbe kontra mwen avèk li, ansanm ak pitit pitit li yo. Pa bliye: Se va yon kontra k'ap la pou tout tan. M'ap pase yon kontra avè ou, m'ap ba ou anpil anpil pitit pitit.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jenèz 22:16-18

— Mwen sèmante sou tèt mwen. Se mwen menm Senyè a ki di sa. Mwen gen pou m beni ou anpil poutèt sa ou fè a. Ou pat refize ban mwen pitit ou a, sèl pitit gason ou genyen an. Mwen menm tou, mwen pwomèt pou mwen ba ou anpil anpil pitit. Y'ap tankou zetwal nan syèl, tankou grenn sab bò lanmè. Yo va bat tout lènmi yo. Gremesi tout pitit pitit ou yo, tout nasyon sou latè pral jwenn benediksyon. Wi, yo tout, paske ou te fè sa m te mande ou fè a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Egzòd 34:27-28

Senyè a di Moyiz ankò: — Ekri tout pawòl sa yo, paske se dapre pawòl sa yo m'ap siyen kontra m lan avè ou ansanm avèk pèp Izrayèl la. Moyiz te rete la avèk Senyè a pandan karant jou karant nwit. Li pase tout jou sa yo san manje san bwè. Li te ekri tout pawòl kontra a sou wòch plat yo. Se te dis kòmandman yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Detewonòm 5:2-3

Senyè a, Bondye nou an, te siyen yon kontra ak nou sou Mòn Orèb la. Piga nou janm fè manti sou frè parèy nou nan tribinal. Piga nou janm pote lanvi sou madanm frè parèy nou. Pa mete lide nou ni sou kay li, ni sou jaden li, ni sou gason osinon fanm k'ap travay lakay li, ni sou bèf li, ni sou bourik li, ni sou anyen ki pou frè parèy nou. Men pawòl Senyè a te di nou lè, nou tout, nou te rasanble sou mòn lan. Li te rete nan mitan dife a, anndan gwo nyaj nwa a, li pale byen fò ak nou. Li pa di anyen ankò apre sa. Li ekri kòmandman sa yo sou de tablo wòch, epi li ban mwen yo. Men, lè pèp la tande bri vwa ki t'ap sòti nan nyaj nwa a, lè yo wè mòn lan ki t'ap pran dife, yo vin jwenn mwen ansanm ak tout chèf branch fanmi yo ak tout chèf fanmi yo. Yo di m konsa: — Kounyeya, nou wè Senyè a, Bondye nou an. Nou wè jan li gen pouvwa, jan li merite yo fè lwanj li. Nou tande vwa l ap pale nan mitan dife a. Jòdi a nou wè tout bon vre Bondye ka pale ak moun san yo pa mouri pou sa. Bon. Kounyeya, poukisa pou n'al riske tèt nou ankò avèk gwo dife sa a ki ka kankannen nou? Eske nou p'ap mouri si nou tande vwa Senyè a, Bondye nou an, ap pale yon lòt fwa ankò? Eske gen moun sou latè ki ka rete vivan toujou lè yo fin tande Bondye tout bon an rete nan mitan dife pou pale ak yo, jan sa te rive nou an? Ou mèt pwoche ou menm, pou ou tande tou sa Senyè a, Bondye nou an, va di. Apre sa, w'a tounen vin di nou sa li te di ou. N'a koute ou, epi n'a fè tou sa l di nou fè. Senyè a te tande sa nou te di a, li di m konsa: Mwen tande sa pèp la di la a. Yo gen rezon. Mwen swete yo toujou gen bon santiman nan kè yo pou yo gen krentif pou mwen, pou yo kenbe lòd mwen yo. Konsa y'a viv ak kè kontan, ni yo menm, ni pitit yo. Se pat avèk zansèt nou yo sèlman Senyè a te pase kontra a, men avèk nou menm tou, nou tout k'ap viv isit la jòdi a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 89:34

(35) Non. Mwen p'ap kase kontra mwen pase ak li a, ni mwen p'ap janm manke l pawòl.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 50:5

Li di: — Sanble tout moun k'ap sèvi m yo nan pye m. Sanble tout moun ki te fè kontra avèk mwen lè yo te ofri bèt touye ban mwen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 25:1

Senyè, se ou ki Bondye mwen! M'a di jan ou gen gwo pouvwa, m'a fè lwanj ou! Ou fè anpil bèl bagay. Plan travay ou te fè nan tèt ou depi lontan an, ou realize l nèt, jan ou te vle l la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 53:5

Men, se pou peche nou kifè yo te mete san l deyò konsa. Se akòz mechanste nou kifè yo te kraze l anba kou konsa. Chatiman ki te pou nou an se sou li li tonbe. Se konsa li ban nou kè poze. Avèk tout kou li te resevwa yo, li ban nou gerizon.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezekyèl 37:26

M'ap pase yon kontra ak yo k'ap garanti yo lavi ak kè poze pou tout tan. M'ap mete yo kanpe ankò, m'ap fè yo peple. M'ap fè kay ki apa pou mwen an toujou rete la nan mitan yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 5:17-18

— Pa mete nan tèt nou mwen vin aboli lalwa Moyiz la ak sa pwofèt yo te moutre nou. Mwen pa vin pou aboli yo, mwen vin moutre sa yo vle di tout bon. Sa m'ap di nou la a se vre wi: Toutotan syèl la ak tè a va la, pa gen ti yon pwèlyèm nan lalwa a k'ap disparèt, jouk tout bagay ki gen pou rive yo rive.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 4:13

Bondye te pwomèt Abraram ak pitit pitit li yo pou l te ba yo tout latè pou eritaj. Bondye pat fè pwomès sa a paske Abraram te fè sa lalwa mande, men paske Abraram te gen konfyans nan li. Se sa k fè Bondye te fè l gras.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Galat 3:15-16

Frè m yo, mwen pral pran egzanp sou yon bagay ki rive chak jou: Lè yon moun fè testaman l byen fèt, pèsonn pa ka kase l, ni pèsonn pa ka ajoute anyen ladan li. Enben, Bondye te fè pwomès sa yo pou Abraram ak pitit pitit li a. Yo pat ekri: ak pitit pitit li yo, tankou si yo te vle pale sou anpil moun, men yo ekri: ak pitit pitit ou a. Yo t'ap pale sou yon sèl moun, moun sa a se te Kris la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Galat 3:29

Si ou se moun Kris la, enben ou se pitit pitit Abraram. Ou gen pou resevwa eritaj Bondye te pwomèt la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 119:122

Kanpe pou defann sèvitè ou la. Pa kite bann awogan yo mete pye sou kou mwen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 103:17

Men renmen Bondye pou moun ki gen krentif pou li yo, se bagay ki la pou tout tan. L'ap gen pitye pou pitit pitit yo,

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 56:4-5

Men sa Senyè a di: Lè yon moun ki chatre mete jou repo a apa pou mwen, lè li chwazi pou l fè volonte mwen, lè li kenbe kontra mwen an fèm, m'ap fè yo chonje l nan Tanp mwen an ak nan mitan pèp mwen an pi lontan pase si li te gen pitit gason ak pitit fi. M'ap fè yo pa janm bliye l.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Egzòd 12:14

Jou sa a, se yon jou pou nou pa janm bliye. Se pou nou fete l tankou yon fèt pou Senyè a, chak lè lè a va rive. Se pou nou pase yon lwa pou nou toujou fete fèt sa a, nou menm ak tout pitit pitit nou yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Egzòd 34:10

Senyè a reponn: — Mwen pral fè yon kontra avèk nou. Devan tout pèp la, mwen pral fè gwo bèl bagay, bèl bagay okenn peyi sou latè ni okenn nasyon poko janm wè. Konsa, tout pèp ki avè ou yo pral wè travay Senyè a ka fè, paske mwen pral sèvi avè ou pou m fè yon bagay estraòdinè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Detewonòm 4:23-24

Veye kò nou pou nou pa janm bliye kontra Senyè a, Bondye nou an, te pase ak nou an. Piga nou janm fè okenn zidòl, okenn pòtre bagay Senyè a, Bondye nou an, te defann nou fè. Paske Senyè a, Bondye nou an, se yon Bondye ki jalou anpil. Li tankou yon dife k'ap boule tout bagay kote li pase.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Detewonòm 7:12-13

Si nou koute tou sa mwen mande nou la a, si nou kenbe yo nan kè nou, si nou swiv yo pwen pa pwen, Senyè a, Bondye nou an, va toujou kenbe kontra li te pase ak zansèt nou yo. L'ap toujou renmen nou jan li te sèmante bay zansèt nou yo. L'a renmen nou, l'a beni nou, l'a fè nou peple. L'a ban nou anpil pitit. L'a voye benediksyon sou jaden nou, n'a gen anpil manje, anpil diven ak anpil lwil. Bèf nou yo va bay anpil pòte, mouton nou yo va fè anpil pitit. L'a fè tou sa pou nou nan peyi li te pwomèt zansèt nou yo l'ap ban nou an.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 25:10

Moun ki kenbe kontra li fe ak yo a, moun ki obeyi kòmandman l yo, li fè yo wè jan li renmen yo, jan li p'ap janm lage yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 49:8

Men sa Senyè a di pèp li a: — Lè lè a va rive pou m fè ou gras, m'a reponn ou. Lè jou a va rive pou m delivre ou, m'a pote ou sekou. Se mwen ki te fè ou, se mwen ki te chwazi ou pou ou siyen yon kontra ak tout pèp yo. M'a fè peyi a kanpe ankò. N'a tounen viv nan peyi yo te ban nou an, peyi yo te devaste a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jeremi 31:33

Men kontra mwen pral pase ak pèp Izrayèl la. Se Senyè a menm ki di sa. Lè sa a, m'ap mete prensip mwen yo anndan kè yo, m'ap make lòd mwen yo nan lespri yo. M'a tounen Bondye pou yo, y'a tounen yon pèp pou mwen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezekyèl 16:60

Men, m'ap chonje kontra mwen te pase avè ou lè ou te jenn lan. M'ap siyen yon lòt kontra avè ou, yon kontra k'ap la pou tout tan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 11:1-2

Koulyeya m'ap mande: Eske Bondye voye pèp li a jete? Men non. Paske mwen menm tou, mwen nan ras pèp Izrayèl la, mwen se pitit pitit Abraram. Mwen soti nan branch fanmi Benjamen. Se pou je yo bouche pou yo pa wè menm. Fè yo mache do ba tout tan. Kounyeya, m'ap mande: Lè jwif yo bite, eske yo te tonbe nèt. Men non. Men, lè yo tonbe a, sa penmèt moun lòt nasyon yo rive delivre. Se konsa yo tounen yon jalouzi pou jwif yo. Fòt jwif yo fè a tounen yon richès pou tout moun. Tonbe yo tonbe a, sa vin yon gwo benediksyon pou moun lòt nasyon yo. Nou pa bezwen mande ki gwo benediksyon sa va ye lè tout jwif yo va delivre! Kounyeya, nou menm moun lòt nasyon yo, mwen gen sa pou m di nou: Se apòt nou mwen ye, se vre. Mwen kontan anpil travay m'ap fè a. Men, mwen kwè konsa m'a rive eksite jalouzi moun ras mwen yo, pou m ka delivre kèk nan yo. Wi. Si lè Bondye te mete jwif yo sou kote, sa te penmèt tout moun sou latè rive vin byen ak Bondye ankò, nou pa bezwen mande kisa k va rive lè jwif yo va tounen vin jwenn favè Bondye? Se va lavi pou tout moun ki te mouri yo! Lè yo ofri premye moso pen an bay Bondye, tout rès pen an vin pou li tou. Si yo ofri rasin yon pyebwa bay Bondye, tout branch li yo vin pou li tou. Pèp Izrayèl la tankou yon pye oliv lakou. Yo koupe kèk branch ladan li. Ou menm ki pa jwif la, ou tankou yon pye oliv raje yo grefe sou branch yo koupe yo. Koulyeya, se ou menm k'ap pwofite lèt k'ap nouri pye oliv lakou a. Se poutèt sa, pa gonfle kò ou sou branch ki koupe yo. Ki jan ou kapab ap fè grandizè? Pa bliye, se yon senp branch ou ye. Se pa ou k'ap pote rasin lan. Men, se rasin lan k'ap pote ou pito. Lè sa a w'a di m: Wi. Men, yo te koupe branch yo pou yo te kapab grefe m nan plas yo? Non, Bondye pa voye pèp li te chwazi davans lan jete. Eske ou pa chonje sa ki ekri nan liv la, kote y'ap rakonte kijan Eli t'ap pote Bondye plent pou pèp Izrayèl la:

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 7:22

Konsa, avèk Jezi sa ban nou yon garanti, nou gen yon lòt kontra ak Bondye ki pi bon lontan pase premye a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 89:28

(29) M'a toujou fè l wè jan m renmen l, m'ap toujou kenbe kontra mwen te fè ak li a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 119:49

Chonje sa ou te di sèvitè ou la. Se sa ki te ban m espwa.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 1:1-17

Men non zansèt Jezikri ki te pitit pitit David, pitit pitit Abraram. Ezekyas te papa Manase. Manase te papa Amon. Amon te papa Jozyas. Jozyas te papa Jekonyas ak lòt frè l yo. Se lè sa a yo te depòte moun pèp Izrayèl yo, yo mennen yo ale lavil Babilòn. Apre yo te fin mennen yo ale lavil Babilòn, Jekonyas te fè Salatyèl. Salatyèl te papa Zowobabèl. Zowobabèl te papa Abiyoud. Abiyoud te papa Elyakim. Elyakim te papa Azò. Azò te papa Sadòk. Sadòk te papa Akim. Akim te papa Eliyoud. Eliyoud te papa Eleaza. Eleaza te papa Matan. Matan te papa Jakòb. Jakòb te papa Jozèf. Se Jozèf sa a ki te marye ak Mari, manman Jezi yo rele Kris la. Konsa, pran depi Abraram jouk nou rive sou David, te gen antou katòz jenerasyon papa ak pitit. Pran depi David jouk nou rive lè yo te depòte pèp Izrayèl la ale lavil Babilòn, te gen antou katòz jenerasyon papa ak pitit. Pran depi lè yo te depòte pèp la jouk nou rive sou Kris la, te gen katòz jenerasyon papa ak pitit tou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 1:72-73

Se konsa l'a gen pitye pou zansèt nou yo. Li chonje kontra li menm Bondye te pase ak yo a. Dapre sèman li te fè bay Abraram, zansèt nou an.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Travay 3:25

Pwomès Bondye te fè pwofèt li yo di ak bouch yo, se pou nou yo ye, lèfini nou gen pòsyon pa nou tou nan kontra Bondye te fè avèk zansèt nou yo. Se sa l te di Abraram: Gremesi pitit pitit ou yo, tout fanmi ki sou latè va jwenn benediksyon.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 9:4-5

Yo se pitit pitit Izrayèl. Bondye te chwazi yo pou pwòp pitit li. Se nan mitan yo Bondye te fè tout bèl mèvèy li yo. Se ak yo li te pase kontra li yo. Li te ba yo lalwa. Li te moutre yo jan pou yo sèvi l. Se yo ki te resevwa pwomès li yo. Yo se pitit pitit zansèt nou yo. Se nan ras yo Kris la sòti lè l te fèt tankou yon nonm. Lwanj pou tout tan pou li menm ki Bondye sou tout bagay. Amèn.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Korent 1:20

Paske se li menm ki fè nou wè tout pwomès Bondye yo se verite. Se poutèt sa tou, gremesi Jezikri, nou ka di amèn lè n'ap fè lwanj Bondye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Galat 3:10-14

Moun ki mete nan lide yo lalwa a ka sove yo, yo anba madichon. Men sa ki ekri nan Liv la: Madichon pou tout moun ki pa fè tou sa ki ekri nan Liv lalwa a tout tan. Lalwa pa kapab fè Bondye fè pèsonn gras. Se bagay ki klè. Men sa ki ekri nan Liv la: Moun Bondye fè gras paske yo gen konfyans nan li, se yo menm ki va gen lavi. Lalwa pa gen anyen pou l wè ak lafwa. Okontrè, men sa ki ekri nan Liv la: Moun k'ap fè tou sa lalwa mande a va jwenn lavi ladan l. Kris la delivre nou anba madichon lalwa lè li te pran madichon an nan plas nou. Se konsa sa te ekri nan Liv la: Madichon pou moun yo pandye sou bwa a. Sa te fèt konsa pou moun ki pa jwif yo te ka rive resevwa benediksyon Bondye te pwomèt Abraram lan gremesi Jezikri, pou nou tout te ka resevwa Lespri Bondye te pwomèt la, paske nou te mete konfyans nou nan li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 9:1

Premye kontra a te gen regleman pa li sou jan yo dwe fè sèvis Bondye nan Tanp sou latè a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 9:8-9

Avèk tout aranjman sa yo, Sentespri fè nou wè chemen ki pou mennen nou kote Bondye ye a poko louvri toutotan premye tant la kanpe toujou. Sa se yon siy pou te fè nou konprann davans sa k'ap pase kounyeya. Sa vle di: pou moun k'ap fè sèvis sa yo, nanpwen kado yo ka fè Bondye, nanpwen ofrann bèt yo ka touye bay Bondye ki pou ave konsyans yo devan Bondye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Detewonòm 26:18

Jòdi a tou, Senyè a te asepte nou pou pèp li renmen anpil la, jan l te fè nou pwomès la. Epi li pase nou lòd pou nou fè tou sa la mande nou fè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 147:19-20

Li fè pitit Jakòb yo konmen pawòl li. Li fè pèp Izrayèl la konnen lòd li yo ak sa li deside. Senyè a ap rebati lavil Jerizalèm. L'ap fè moun Izrayèl ki te gaye nan mitan lòt nasyon yo tounen lakay yo. Li pa aji konsa ak okenn lòt nasyon. Li pa fè yo konnen sa l deside fè. Lwanj pou Senyè a!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jenèz 28:13-15

Epi li wè Senyè a kanpe anwo nechèl la. Senyè a t'ap di: — Se mwen menm, Senyè a, Bondye Abraram, zansèt ou, ak Bondye Izarak. Ou wè tè kote ou kouche a, m'ap ba ou l pou ou menm ansanm ak tout pitit pitit ou yo. Pitit pitit ou yo pral menm kantite ak grenn pousyè ki sou latè. Yo pral gaye nan tout direksyon, lès, lwès, nò, sid. Ou menm ak tout pitit pitit ou yo, nou pral tounen yon benediksyon pou tout moun ki sou latè. Pa bliye, m'ap toujou la avèk ou, m'ap voye je sou ou kote ou pase. M'ap fè ou tounen nan peyi sa a, paske mwen p'ap lage ou san m pa fè tou sa mwen sot di ou la a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jenèz 17:19

Men Bondye di l: — Non, se Sara madanm ou, ki gen pou fè yon pitit gason pou ou. W'a rele l Izarak. M'ap kenbe kontra mwen avèk li, ansanm ak pitit pitit li yo. Pa bliye: Se va yon kontra k'ap la pou tout tan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Detewonòm 30:19-20

Mwen pran syèl la ak latè a sèvi m temwen jòdi a: Men li, mwen mete devan nou lavi yon bò, lanmò yon bò, benediksyon yon bò, madichon yon bò pou nou chwazi. Chwazi lavi tande, pou nou ka viv, nou menm ansanm ak tout pitit nou yo. si nou tounen vin jwenn Senyè a, Bondye nou an, si nou koute l ak tout kè nou, ak tout nanm nou, nou menm ak tout pitit nou yo, jan m'ap ban nou lòd jòdi a, Renmen Senyè a, Bondye nou an. Koute l. Pa lage l menm, paske se li menm ki tout lavi nou, se li k'ap fè nou viv lontan nan peyi Senyè a te fè pwomès li t'ap bay Abraram, Izarak ak Jakòb, zansèt nou yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 147:14

L'ap veye fontyè peyi a pou pa gen lagè! L'ap plen vant nou ak bon kalite manje.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 78:68-69

Li chwazi branch fanmi Jida a pito, ansanm ak mòn Siyon li renmen anpil lan. Se la li bati Tanp li a ki pòtre ak kay li nan syèl la. Li fè l solid tankou latè, pou tout tan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 59:21

Senyè a di ankò: Men kontra mwen pral pase ak yo a: M'ap mete lespri m sou yo. M'ap ba yo lòd mwen yo pou lòd mwen yo ka nan bouch yo, nan bouch pitit yo ak nan bouch pitit pitit yo, pou tout tan tout tan. Se mwen menm Senyè a ki di sa.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezekyèl 34:24

Se mwen menm, Senyè a, k'ap Bondye yo. Se yon wa, tankou David sèvitè m lan, ki va sèl chèf nan mitan yo. Se mwen menm, Senyè a, ki di sa.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 26:29

M'ap di nou sa: Depi jòdi a, mwen p'ap janm bwè diven ankò jouk jou m'a bwè yon lòt diven ansanm ak nou nan peyi kote Papa m wa a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 1:68-69

Ann chante pou Mèt la, Bondye pèp Izrayèl la. Paske, li vin sove pèp li a, li delivre yo anba esklavaj. Li voye yon moun avèk gwo pouvwa pou delivre nou. Se nan laras David, sèvitè Bondye a, li sòti.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Travay 2:39

Paske pwomès la, Bondye fè l pou nou, pou pitit nou yo, pou tout moun ki byen lwen, pou tout moun Bondye, Mèt nou, va rele vin jwenn li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 10:12-13

Konsa, nanpwen diferans ant moun ki jwif ak moun ki pa jwif: yo tout gen yon sèl Mèt ki bay tout moun ki rele l favè l an kantite. Se sa ki ekri nan Liv la: Nenpòt moun ki rele non Mèt la gen pou jwenn delivrans.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Pyè 2:9

Men nou menm, nou se yon ras Bondye chwazi, prèt k'ap sèvi wa a, nasyon k'ap viv apa pou Bondye, pèp li peye pou li a. Li fè tou sa, pou nou te ka fè tout moun konnen bèl bagay Bondye te fè yo, Bondye ki rele nou soti nan fènwa a pou nou antre nan bèl limyè li a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jenèz 9:11

Wi, m'ap pase kontra mwen ak nou: mwen pwomèt pou m pa janm voye gwo inondasyon ankò pou detwi tout moun ak tout bèt vivan yo. Konsa, p'ap janm gen gwo inondasyon ankò pou ravaje latè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jenèz 17:4-5

— Men kontra m'ap pase avè ou la. W'ap zansèt moun anpil nasyon. Yo p'ap rele ou Abram ankò. Men y'a rele ou Abraram, paske m'ap fè ou tounen zansèt moun anpil nasyon.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Egzòd 12:24

N'a fè tout bagay sa yo sèvi tankou yon lwa ki la pou tout tan, ni pou nou ni pou pitit nou yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 111:5

Li bay moun ki gen krentif pou li manje, li pa janm bliye kontra li pase ak nou an.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 146:6

Se li menm ki fè syèl la, tè a ak lanmè a, ansanm ak tou sa ki ladan yo. L'ap toujou kenbe pawòl li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 53:12

Se poutèt sa, m'ap pran l mete l chèf. M'ap ba li plas nan mitan grannèg yo. L'ap gen menm pouvwa ak gwo chèf yo. Paske se li menm menm ki te bay tèt li pou l mouri konsa. Li te kite yo mete l ansanm ak kriminèl yo. Li pran plas anpil moun ki t'ap fè sa ki mal. Li mande padon pou moun ki te fè mal yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jeremi 33:20-21

— Mwen pase yon kontra ak lajounen, yon kontra ak lannwit pou yo toujou rive lè pou yo rive a. Eske nou ka kraze kontra sa yo? Non. Enben, konsa tou, mwen siyen yon kontra ak David, sèvitè m lan, pou toujou gen yonn nan pitit li yo chita sou fòtèy wa a nan peyi a. Mwen siyen yon kontra ak moun Levi yo ansanm ak prèt k'ap sèvi m yo. Kontra sa yo p'ap janm kase.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezekyèl 11:19

M'ap ba yo yon lòt kè, yon lòt lespri. M'ap wete kè wòch yo te genyen an, m'ap ba yo yon kè ki gen bon santiman.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezekyèl 16:62

Wi, se mwen menm k'ap siyen kontra mwen an avè ou ankò. Lè sa a, w'a konnen se mwen menm ki Senyè a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 4:16

Konsa, Bondye fè pwomès la pou moun ki gen konfyans nan li. Se sa k fè, pwomès la se yon favè Bondye pou tout pitit pitit Abraram yo, pa sèlman pou moun ki fè sa lalwa Moyiz la mande, men pou tout moun ki gen konfyans nan Bondye menm jan Abraram te gen konfyans nan li a. Abraram se papa nou tout,

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Galat 3:15

Frè m yo, mwen pral pran egzanp sou yon bagay ki rive chak jou: Lè yon moun fè testaman l byen fèt, pèsonn pa ka kase l, ni pèsonn pa ka ajoute anyen ladan li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Galat 4:4-5

Men, lè lè a rive, Bondye te voye pwòp pitit li. Li sòti nan vant yon fanm, li viv anba lalwa jwif yo, pou l te ka delivre tout moun ki te anba lalwa pou n te kapab vin pitit Bondye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 103:18

pou moun ki kenbe pawòl yo ak li, pou moun ki chonje kòmandman li yo pou obeyi yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 5:17

— Pa mete nan tèt nou mwen vin aboli lalwa Moyiz la ak sa pwofèt yo te moutre nou. Mwen pa vin pou aboli yo, mwen vin moutre sa yo vle di tout bon.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 10:16

Men kontra mwen pral fè ak yo apre jou sa yo. (Se Bondye menm ki di sa.) M'a mete lwa m yo nan kè yo, m'a make lwa m yo nan lespri yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Egzòd 34:27

Senyè a di Moyiz ankò: — Ekri tout pawòl sa yo, paske se dapre pawòl sa yo m'ap siyen kontra m lan avè ou ansanm avèk pèp Izrayèl la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Detewonòm 4:37-38

Li te renmen zansèt nou yo, li te chwazi pitit pitit yo apre yo, kifè li te fè yo santi li la ak yo, li fè yo wè gwo pouvwa li, li fè yo sòti kite peyi Lejip. Lèfini, li fè yon bann nasyon ki pi gran, ki pi fò pase nou kouri mete deyò pou fè plas ban nou. Li fè nou antre nan peyi yo. Li ban nou yo pou yo rele nou pa nou, jan sa ye jouk jòdi a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 89:30-32

(31) Men, si pitit pitit li yo pa obeyi lalwa mwen ba yo, si yo pa mache dapre lòd mwen ba yo, (32) si yo pa swiv prensip mwen ba yo, si yo pa fè tout sa mwen mande yo fè, (33) m'ap pini yo pou peche yo fè, m'ap bat yo. M'ap ba yo kout fwèt pou tout sa yo fè ki mal.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 25:6-7

Senyè, chonje jan ou gen kè sansib, chonje jan ou renmen nou depi nan tan lontan. Pa chonje peche ak fòt mwen te fè lè m te jenn. Senyè, jan ou renmen m sa a, jan ou gen bon kè, tanpri, pa bliye m!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 11:26-27

Se konsa tout pèp Izrayèl la va delivre, dapre sa ki ekri nan Liv la: Moun k'ap wete lèzòm anba esklavaj la, se nan Siyon l'ap sòti. L'ap wete tout mechanste pitit pitit Jakòb yo, voye jete byen lwen. Men kontra mapral pase avèk yo lè m'a wete tout peche yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Galat 4:26

Men, Jerizalèm ki nan syèl la, li lib. Se li menm ki manman nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 133:1

(1b) Ala bèl bagay, ala bon sa bon lè frè ak frè ap viv ansanm!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 136:10-12

Se li menm ki te touye tout premye pitit gason moun peyi Lejip yo. Non, li p'ap janm sispann renmen nou! Li fè pèp Izrayèl la soti nan peyi Lejip. Non, li p'ap janm sispann renmen nou! Avèk kouraj li, ak fòs ponyèt li. Non, li p'ap janm sispann renmen nou!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 12:18

Bondye pale, li di konsa: Men sèvitè m lan, se mwen menm ki chwazi li. Men moun mwen renmen anpil la. Li fè kè m kontan anpil. M'a mete Lespri m sou li, l'a fè tout nasyon yo konnen jijman mwen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Pyè 1:18-19

Sonje Bondye te retire nou nan direksyon lavi san sans zansèt nou yo. Nou konnen sa li te peye pou sa. Se pa ak bagay ki ka pèdi valè yo tankou lajan ak lò. Men, se avèk san Kris la menm ki te koule lè li te ofri tèt li tankou yon ti mouton san defo ni san ankenn enfimite.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 8:31

Kisa n'a di ankò sou pwen sa a? Si Bondye pou nou, kilès ki ka kont nou?

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 111:9

Li delivre pèp li a, li pase ak yo yon kontra ki p'ap janm kase. Se Bondye tout bon li ye. Li merite vre pou moun pè li!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 53:10-11

Men, se te volonte Bondye pou yo te kraze l anba soufrans konsa, pou l te bay lavi li pou Bondye te ka padonnen peche nou yo. L'a wè pitit pitit li yo. L'a viv pi lontan toujou. Se konsa travay Senyè a va mache byen nan men l. Apre tout soufrans sa yo, l'a jwenn kè kontan ankò. L'a konnen li pat soufri pou gremesi. Li te sèvi Bondye yon jan ki kòrèk nèt. Li te pran chatiman anpil moun sou do l. L'a fè Bondye fè yo gras.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 9:13

Ale non. Chache konprann sans pawòl sa yo ki nan Liv la: Mwen vle pou nou gen kè sansib. Mwen pa bezwen bèt n'ap touye fè sakrifis pou mwen yo. Paske mwen pa vin rele moun ki konprann yo bon devan Bondye, men moun ki konnen se pechè yo ye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 22:27

(28) Tout nasyon va chonje sa Senyè a te fè. Toupatou sou latè yo pral tounen vin jwenn li. Moun tout peyi va adore li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 5:1-2

Kounyeya, paske nou gen konfyans nan Bondye, Bondye fè nou gras, n'ap viv san kè sote ak Bondye, gremesi Jezikri, Senyè nou an. Nou te lènmi ak Bondye lè Pitit Bondye a mouri pou l te fè nou byen ak Bondye ankò. Kounyeya nou se zanmi Bondye, nou pa bezwen mande si lavi Pitit Bondye a p'ap delivre nou. Epi se pa sa sèlman. Nou jwenn tout plezi nou nan Bondye, gremesi Jezikri, Senyè nou an, ki fè nou byen ak Bondye ankò depi kounyeya. Se poutèt yon sèl moun kifè peche antre nan lemonn. Peche louvri pòt bay lanmò. Se konsa, lanmò vin pou tout moun, paske tout moun peche. Peche te deja nan lemonn bèldriv anvan lalwa Moyiz la. Men paske pa te gen lalwa, Bondye pa te pran sanksyon kont peche. Men, sòti nan tan Adan rive nan tan Moyiz, lanmò te donminen sou tout moun, malgre yo pat fè peche tankou Adan ki te dezobeyi Bondye. Adan, se te pòtre moun ki te gen pou vini an. Men, peche Adan an pa menm bagay ak kado Bondye bay pou gremesi a. Se fòt yon sèl moun ki lakòz yon bann lòt moun mouri. Men, favè Bondye a gen plis pouvwa toujou. Gremesi yon sèl moun, Jezikri, Bondye bay anpil moun yon kado ki pi gwo toujou. Gen yon lòt diferans ankò ant kado Bondye a ak konsekans peche Adan an. Apre yon sèl moun te fin peche, lè yo jije moun, yo tout tonbe anba kondannasyon. Men, apre tout kantite peche moun fè, Bondye fè yo yon favè, li fè yo gras. Se vre wi. Poutèt peche yon sèl moun, lanmò te donminen akòz li menm sèlman. Men, gremesi yon sèl moun tou, Jezikri, nou jwenn plis toujou: tout moun ki resevwa favè Bondye a an kantite, tout moun ki resevwa kado Bondye a lè li fè yo gras, yo gen pou yo viv, pou yo donminen akòz Kris la. Se sa k fè menm jan fòt yon sèl moun lakòz tout moun kondannen, konsa tou gremesi yon sèl moun ki mache dwat devan Bondye, tout moun delivre anba jijman kondannasyon, yo jwenn lavi. Si dezobeyisans yon sèl moun lakòz yon foul moun peche, konsa tou, obeyisans yon sèl moun lakòz Bondye va fè anpil moun gras. Paske nou gen konfyans nan li, Jezi fè nou antre nan favè Bondye. Epi n'ap kenbe fèm kote nou kanpe a. Nou pa manke kontan paske nou gen espwa resevwa pa nou nan pouvwa Bondye a ansanm avèk li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 105:8

L'ap toujou chonje kontra li te pase ak Abraram. L'ap kenbe pwomès li, pwomès li fè Izarak la pou tout tan tout tan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 86:15

Senyè, ou se yon Bondye ki gen pitye pou nou, yon Bondye ki gen bon kè. Ou pa fasil fè kòlè, ou p'ap janm sispann renmen nou, ou toujou kenbe pawòl ou!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 3:3-4

Se pou ou toujou viv byen ak tout moun. Se pou ou toujou gen yon sèl pawòl. Mete pawòl mwen yo nan kou ou tankou yon kolye, kenbe yo nan kè ou pou ou pa janm bliye yo. Pa fè kabouya san rezon ak yon moun san li pa janm fè ou anyen ki mal. Pa anvye sò mechan yo. Pa mete nan tèt ou pou ou fè tankou yo. Paske Senyè a pa vle wè moun ki deprave. Men, li mete moun ki mache dwat yo nan tout sekrè l yo. Madichon Bondye chita lakay mechan yo. Men, benediksyon l ap kouvri kay moun ki mache dwat yo. Moun k'ap pase moun nan betiz, Bondye ap pase yo nan betiz tou. Men, moun ki fè byen, l'ap moutre yo jan li renmen yo. Y'a fè lwanj moun ki gen bon konprann yo, men moun fou yo, se wont y'a wont. Si ou fè sa, Bondye va kontan ak ou, lèzòm va nonmen non ou anbyen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 49:8-9

Men sa Senyè a di pèp li a: — Lè lè a va rive pou m fè ou gras, m'a reponn ou. Lè jou a va rive pou m delivre ou, m'a pote ou sekou. Se mwen ki te fè ou, se mwen ki te chwazi ou pou ou siyen yon kontra ak tout pèp yo. M'a fè peyi a kanpe ankò. N'a tounen viv nan peyi yo te ban nou an, peyi yo te devaste a. M'a di prizonye yo al lakay nou! M'a di moun ki te chita nan fènwa yo: Sòti vin nan limyè a. Sou tout wout yo, y'a jwenn manje pou yo manje. Tankou mouton, y'a jwenn manje sou tout ti mòn.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezekyèl 36:28

Lè sa a, n'a rete nan peyi mwen te bay zansèt nou yo. Se nou menm ki pral pèp ki rele m pa mwen. Mwen menm se Bondye nou m'ap ye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 8:37

Men, sou tout bagay sa yo, nou genyen batay la nèt ale, gremesi moun ki renmen nou an.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 100:5

Senyè a gen bon kè, li p'ap janm sispann renmen nou. De pitit an pitit, l'ap toujou kenbe pawòl li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 119:142

Jistis ou la pou tout tan, lalwa ou se verite.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Galat 6:9

Pa janm bouke fè byen. Paske, si nou pa dekouraje, n'a rekòlte lè lè a va rive.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 111:4

Senyè a pa kite nou bliye bèl mèvèy li fè yo. Li gen pitye pou nou, li gen bon kè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 44:3

M'ap vide dlo sou tè sèk la. M'ap fè sous dlo koule nan dezè a. M'ap bay pitit nou yo pouvwa lespri mwen. M'ap voye benediksyon m sou pitit pitit nou yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 30:5

(6) Paske, lè li ankòlè, se pou yon ti tan. Men, li ban nou favè l pou tout tan n'ap viv. Lannwit nou kriye, Kou l jou, kè nou kontan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 7:7-8

— Mande, y'a ban nou. Chache, n'a jwenn. Frape, y'a louvri pou nou. Paske, nenpòt moun ki mande va resevwa. Moun ki chache va jwenn. Y'a louvri pou moun ki frape.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 1:16-17

Mwen pa wont levanjil la. Li se yon pisans Bondye ki la pou delivre tout moun ki kwè: jwif yo anpremye, epi moun lòt nasyon yo apre sa. Bon nouvèl sa a fè nou wè ki jan Bondye fè moun gras. Travay sa a, li konmanse ak konfyans moun gen nan Bondye, li fini nan menm konfyans la tou, jan sa te ekri a: Moun Bondye fè gras paske li gen konfyans nan Bondye, se li menm ki va gen lavi.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 119:90

Tout tan tout tan, w'ap toujou kenbe pawòl ou. Ou mete latè nan plas li, l'ap rete fèm.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 57:15

Se mwen menm Bondye ki anwo nan syèl la, Bondye ki la pou tout tan an, Bondye ki apa nèt la. Men sa mwen di: mwen rete yon kote ki anwo nèt, yon kote ki apa pou mwen nèt. Men mwen kanpe la avèk moun ki soumèt yo devan mwen, avèk moun ki regrèt tou sa yo fè ki mal, pou m'ka remoute kouraj yo, pou m'ka ba yo konfyans ankò.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 6:33

Pito nou chache bay bagay peyi Wa ki nan syèl la premye plas nan lavi nou, chache viv jan Bondye vle l la anvan. Lè sa a, Bondye va ban nou tout lòt bagay sa yo tou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 13:20-21

Men sa m'ap mande Bondye pou nou, li menm ki te fè Jezi, Gran Gadò mouton yo, leve sòti vivan pami mò yo. Jezi se Senyè nou an ki te mouri pou l te ka siyen kontra ki la pou tout tan an ak san li. M'ap mande Bondye ki bay kè poze a pou l fè nou favè sa a, pou nou fè tou sa ki byen, pou n kapab fè volonte li. M'ap mande l tou pou l fè travay ki fè l plezi nan nou, gremesi Jezikri. Tout lwanj lan pou Jezikri pou tout tan tout tan. Amèn.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 147:3

L'ap bay moun ki nan gwo lapenn yo kouray. L'ap geri moun ki blese yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 119:47-48

Mwen pran tout plezi m nan obeyi kòmandman ou yo, paske mwen renmen yo. M'ap respekte kòmandman ou yo, paske mwen renmen yo. M'ap kalkile sou sa ou vle m fè a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 138:2

M'ap mete ajenou devan kay ki apa pou ou a, m'ap fè lwanj ou, paske ou gen bon kè, paske ou toujou kenbe pawòl ou, paske ou fè sa ou te pwomèt la. Se tout moun k'ap nonmen non ou kounyeya.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 41:10

Nou pa bezwen pè. Mwen la avèk nou! Nou pa bezwen kite anyen ban nou kè sote. Se mwen menm ki Bondye nou. M'ap ban nou fòs, m'ap ede nou. M'ap soutni nou ak fòs ponyèt mwen ki pa janm pèdi batay.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 66:5

Vini non! Al gade sa Bondye fè! Li fè bagay ki pou fè moun sou latè respekte li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 89:34-35

(35) Non. Mwen p'ap kase kontra mwen pase ak li a, ni mwen p'ap janm manke l pawòl. (36) Depi mwen fè sèman sou non mwen yon sèl fwa, se fini: Mwen p'ap bay David manti.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 119:55

Lannwit se ou m'ap chonje, Senyè. M'ap fè tou sa lalwa ou la mande m fè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 9:6

Lè m di sa, sa pa vle di Bondye p'ap kenbe pwomès li ankò. Se pa tout pitit pitit Izrayèl yo ki fè pati pèp Bondye a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 43:10

Men pawòl Senyè a di: — Se nou menm menm ki pou sèvi m temwen. Se nou menm mwen te chwazi pou sèvi m, pou nou konnen m, pou nou kapab mete konfyans nou nan mwen, pou nou ka konprann se mwen menm sèl ki Bondye tout bon an. Anvan mwen, pat gen lòt bondye. Apre mwen, p'ap gen lòt bondye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 106:45

Li chonje kontra li te pase ak yo, li gen pitye pou yo paske li renmen yo anpil.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 63:3

(4) Renmen ou gen pou nou an pi bon pase lavi. Se poutèt sa m'ap fè lwanj ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 4:20

Non, li pat pèdi konfyans nan Bondye, li pat janm mete nan tèt li pwomès Bondye a te ka pa rive. Okontrè, li te vin gen plis konfyans toujou. Epi li t'ap chante lwanj Bondye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 138:8

W'a fin fè sa ou te konmanse fè pou mwen an. Senyè, ou p'ap janm sispann renmen nou. Pa vire do ou kite travay ou konmanse fè a!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 104:1-5

Kite m di Senyè a mèsi! Senyè, Bondye mwen, ala gwo pouvwa ou gwo! Devan ou se respè, se chapo ba! Ou fè sous dlo koule nan fon yo. Ou fè dlo koule nan mitan mòn yo. Yo bay dlo pou bèt nan bwa yo bwè. Bourik nan bwa yo vin bwè lè yo swaf dlo. Zwazo fè nich sou pyebwa ki bò dlo yo. Y'ap chante byen fò nan tout branch yo. Ou rete nan syèl la, ou voye lapli wouze mòn yo. Ou kouvri tè a ak benediksyon ou. Ou fè zèb pouse pou bèt yo manje. Ou fè plant moun bezwen yo grandi pou latè ka donnen manje, pou latè ka donnen rezen ki bay diven pou fè kè lèzòm kontan, lwil pou fè figi yo fre, pen pou ba yo fòs. Pyebwa Senyè yo, pye sèd li menm li te plante nan peyi Liban an, yo jwenn tou sa yo bezwen. Se la zwazo fè nich yo. Sigòy fè kay yo sou tèt pyebwa yo. Mòn apik yo se pou kabrit mawon yo ye. Daman kache nan twou wòch yo. Ou te fè lalin pou l make jou yo. Solèy la konnen kilè pou l kouche. Ou vlope kò ou nan yon gwo limyè. Ou louvri syèl la tankou yon tant pou ou rete. Ou fè fènwa tonbe sou peyi a, li lannwit. Tout bèt nan rakbwa yo sòti deyò. Jenn lyon yo ap gwonde, y'ap chache manje. Y'ap mande Bondye ba yo manje. Lè solèy leve, yo wete kò yo, y'al kouche nan twou yo. Moun sòti pou y'al travay, wi, pou y'al travay jouk solèy kouche. Senyè, ou fè anpil bagay! Ou fè yo avèk bon konprann. Latè plen ak bagay ou fè. Gade gwo lanmè a, li laj, li fon. Gen kantite bèt k'ap viv ladan l, gwo kou piti. Se sou li gwo batiman yo ap pwonmennen. Gwo bèt lanmè ou te fè a, levyatan an, ap jwe ladan l. Se sou ou tout bèt sa yo konte, pou ou ba yo manje lè yo bezwen. Ou ba yo manje, yo manje. Ou louvri men ou, yo manje plen vant yo. Vire ou vire do ou, yo pran tranble. Lè ou wete souf yo, yo mouri frèt, yo tounen nan pousyè kote yo te sòti a. Ou bati kay ou sou nyaj yo ki plen dlo. Ou pran nyaj yo sèvi ou cha, yon kouran van ap pouse ou ale. Men, lè ou soufle souf ou, ou bay lavi ankò. Konsa, ou bay latè yon lòt figi. Se pou bèl pouvwa Senyè a rete jan l ye a pou tout tan. Se pou Senyè a kontan ak tou sa li fè. Li gade latè, latè pran tranble. Li manyen mòn yo, mòn yo pran fè lafimen. M'ap pase tout lavi m ap chante pou Senyè a. M'ap fè lwanj Bondye pandan tout tan m'ap viv la. Mwen ta swete pawòl mwen fè l plezi, paske se li ki fè kè m kontan. Se pou moun k'ap fè sa ki mal yo disparèt sou latè. Se pou pa gen mechan ankò! Kite m di Senyè a mèsi! Lwanj pou Senyè a! Ou fè van yo pote komisyon pou ou. Ou fè zèklè yo tounen sèvitè ou. Ou mete latè kanpe fèm sou fondasyon li. Anyen pa ka brannen l.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Galat 5:22-23

Men, Lespri Bondye a bay renmen, kè kontan, kè poze, pasyans, bon kè, seryozite, li fè ou gen bon manyè. Li fè ou aji ak dousè, li fè ou konn kontwole kò ou. Lalwa Moyiz la pa kont okenn nan bagay sa yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi

Lapriyè bay Bondye

Seyè, ou se Alfa ak Omega! Papa, kreyatè syèl la ak tè a, ou se premye a ak dènye a, kòmansman an ak fin an. Nan non Jezi, mwen vini pou m di ou mèsi ak tout kè mwen, ak tout lajwa mwen, pou fidelite w ak pou jan w pran swen m. Pawòl ou di: "Li pi bon pou bay pase pou resevwa". Senyè Jezi, ede m gen kè sansib pou bezwen frè ak sè m yo nan lafwa, ak pou bezwen pwochen mwen, ede m reflete lanmou ou paske sa fè kè w kontan, se tankòm yon ofrann ki santi bon devan ou. Mwen pare kè m pou m adore w, pou m onore w ak byen mwen yo, ak travay men mwen yo, paske se nan men w mwen resevwa tout sa m genyen. Jodi a mwen denonse egoyis, mwen denonse egosantris, parese ak avaris. M ap ba ou sa m genyen ki pi bon an, paske ou te ban m sa ou te genyen ki pi bon an poutèt lanmou ou pou nou. Resevwa ofrann mwen, ke l monte tankou yon bon sant devan ou. Pawòl ou di: "Moun ki simen ti kras, l ap rekòlte ti kras, moun ki simen anpil, l ap rekòlte anpil". Senyè, fè m tounen yon sous benediksyon pou lòt moun, ban m yon kè jenere, yon kè detache, pou lavi m ka yon ofrann ki fè w plezi. Mwen kwè ak tout fòs mwen ke rekonpans mwen an ap soti nan wayòm syèl la, e tout sa m bay moun ki nan bezwen, se tankou si m te ba ou li, Senyè mwen. Nan non Jezi. Amèn.
Swiv nou:

Piblisite


Piblisite