Vèsè Biblik

- Piblisite -


VÈSÈ SOU ZANMITYE

VÈSÈ SOU ZANMITYE

Jezi te toujou antoure ak zanmi l yo, li kite yon bèl egzanp pou nou swiv. Yon zanmi, se yon moun ki enpòtan anpil nan lavi nou. Bib la di nou: “De pi bon pase youn, paske si youn tonbe, lòt la ap ede l leve.” Se yon benediksyon, se yon privilèj pou w gen yon bon zanmi, yon vrè zanmi.

Yon zanmi, se tankou yon frè, yon sè nan moman difisil. Zanmi an konseye w, li kontan lè w reyisi, epi l' la avè w lè w nan lapenn. Yon zanmi toujou swete w byen, li vle w reyisi, li ede w pwoche bò kote Bondye.

Nan tout etap lavi a, ou ap toujou bezwen zanmi. Zanmi yo tounen fanmi nou. Se poutèt sa li enpòtan pou w konnen ou gen yon bon zanmi, yon zanmi ki sensè. Jan 15:13 di nou: “Pa gen pi gran lanmou pase lè yon moun bay lavi l pou zanmi l yo.”




Jan 15:14

Nou tout, se zanmi m nou ye depi nou fè sa m mande nou fè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jak 2:23

Se konsa, pawòl ki te ekri nan Liv la rive vre: Abraram te mete konfyans li nan Bondye, epi Bondye fè l gras. Se sa k fè yo te rele Abraram zanmi Bondye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Jan 2:15

Pa renmen lemonn, ni anyen ki soti nan lemonn. Si yon moun renmen vye prensip k'ap mennen lemonn yo, li pa ka renmen prensip Papa a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 41:8

Men, nou menm pèp Izrayèl, sèvitè m yo! nou se pitit pitit Jakòb, moun mwen te chwazi a! Nou se moun ras Abraram, zanmi mwen an!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jan 15:15

Mwen p'ap rele nou domestik, paske yon domestik pa konnen sa mèt li ap fè. M'ap rele nou zanmi paske mwen fè nou konnen tou sa Papa a te moutre mwen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Egzòd 33:11

Senyè a te konn pale fasafas ak Moyiz tankou yon moun k'ap pale ak zanmi l. Apre sa, Moyiz te tounen nan kan kote pèp la te enstale a. Men, te gen yon jenn gason yo te rele Jozye, pitit gason Noum lan, ki t'ap sèvi ak Moyiz. Li menm, li pat janm kite tant lan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Revelasyon 3:20

Koute. Men mwen kanpe la devan pòt la, m'ap frape. Si yon moun tande vwa m, si l louvri pòt la ban mwen, m'a antre lakay li, m'a manje ansanm avè l, l'a manje ansanm avèk mwen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jan 15:13

Pa gen pi bon jan pou ou moutre jan ou renmen zanmi ou pase lè ou bay lavi ou pou yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 22:11

Moun ki pa gen move lide dèyè tèt yo epi ki gen bon pawòl nan bouch yo ap gen wa a pou zanmi yo. Men, Bondye renmen moun ki sensè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jòb 22:21-25

Jòb monchè, byen ak Bondye ankò, tande! Sispann chache l kont!Koute pawòl li t'ap di ou yo. Kenbe yo nan kè ou.Wi, tounen vin jwenn li, san lògèy nan kè ou. Sispann fè sa ki mal lakay ou.Voye tout lò ou jete nan fatra. Pi bon pyès lò ou yo, jete yo nan galèt larivyè.Se Bondye ki gen tout pouvwa a ki va tout lò ou. Se li menm ki va gwo pil lajan byen wo pou ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jan 15:12-13

Men kòmandman m'ap ban nou: Se pou nou yonn renmen lòt menm jan mwen renmen nou.Pa gen pi bon jan pou ou moutre jan ou renmen zanmi ou pase lè ou bay lavi ou pou yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Kwonik 20:7

Ou se Bondye nou. Se ou menm ki te mete tout moun ki te rete nan peyi sa a deyò fè plas pou pèp Izrayèl la. Lèfini, ou bay tout pitit Abraram, zanmi ou lan, peyi a pou l rele yo pa yo pou tout tan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jan 3:29

Nan yon maryaj, lamarye se pou nonm k'ap marye a. Zanmi nonm k'ap marye a kanpe toupre l, l'ap koute. Li pa manke kontan lè li tande vwa nonm k'ap marye a. Se konsa, mwen menm, mwen kontan nèt kounyeya.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 55:14

(15) Nou te konn fè ti koze nou ansanm. Nou te konn al lakay Bondye a ansanm ak foul moun yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 25:14

Senyè a, se zanmi moun ki gen krentif pou li. Li fè yo konnen kontra li pase ak yo a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 12:50

Tout moun ki fè sa Papa m ki nan syèl la mande pou yo fè, se moun sa yo ki frè m, ki sè m, ki manman m.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 27:4

Mwen mande Senyè a yon bagay, yon bagay mwen anvi anpil anpil: Se pou m ta pase tout lavi m nan kay Senyè a, pou m ka gade bèl bagay li yo byen, pou m ka pran tan m pou m kalkile nan kay ki apa pou li a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 73:28

Mwen menm, sa bon nèt pou m rete bò kote Bondye: Se nan Senyè a mwen jwenn pwoteksyon. M'a fè konnen tou sa li fè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 7:21

— Se pa tout moun k'ap plede di: Senyè, Senyè non, k'ap antre nan peyi wa ki nan syèl la. Men se sèlman moun ki fè volonte Papa mwen ki nan syèl la k'ap ka antre.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 119:63

Mwen se zanmi tout moun ki gen krentif pou ou, zanmi tout moun k'ap swiv lòd ou yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Pyè 2:9

Men nou menm, nou se yon ras Bondye chwazi, prèt k'ap sèvi wa a, nasyon k'ap viv apa pou Bondye, pèp li peye pou li a. Li fè tou sa, pou nou te ka fè tout moun konnen bèl bagay Bondye te fè yo, Bondye ki rele nou soti nan fènwa a pou nou antre nan bèl limyè li a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 145:18

Senyè a kanpe toupre moun k'ap rele l, toupre tout moun k'ap rele l ak tout kè yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 3:32

Paske Senyè a pa vle wè moun ki deprave. Men, li mete moun ki mache dwat yo nan tout sekrè l yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 91:14-15

Bondye di: M'ap sove moun ki renmen mwen, m'ap pwoteje moun ki konnen mwen.Lè l rele m, m'ap reponn li. Lè l nan tray, m'ap la avèk li. M'ap delivre l, m'ap fè yo respekte l.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 17:17

Yon bon zanmi p'ap janm trayi. Jou malè l'ap tankou yon frè pou ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 5:10

Nou te lènmi ak Bondye lè Pitit Bondye a mouri pou l te fè nou byen ak Bondye ankò. Kounyeya nou se zanmi Bondye, nou pa bezwen mande si lavi Pitit Bondye a p'ap delivre nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 18:24

Gen zanmi se pran yo vin pran. Men, gen zanmi tou yo plis pase frè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Kolosyen 1:21-22

Nou menm tou, moun Kolòs, nan tan lontan, nou t'ap viv lwen Bondye. Nou te lènmi avè l akòz tout bagay mal nou t'ap fè yo, ak tout move lide nou te gen nan tèt nou.Men koulyeya, gremesi Kris la ki mouri tankou tout moun lan, Bondye rekonsilye nou ak li pou nou ka parèt devan li tankou moun k'ap viv apa pou li, san tach, san repwòch.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jeremi 9:23-24

Piga moun ki gen lespri yo fè grandizè dèske yo gen bon konprann, ni moun ki vanyan yo dèske yo vanyan, ni moun rich yo dèske yo rich.Men si yon moun vle fè grandizè, l'a fè grandizè dèske li konnen m, dèske li konprann mwen. Paske mwen gen bon kè, Mwen fè sa ki dwat ak sa ki kòrèk sou latè. Se bagay sa yo ki fè m plezi. Se mwen Senyè a ki di sa.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Miche 6:8

Y'a reponn li: Non monchè. Senyè a te moutre ou sa ki byen. Tou sa li mande ou, se pou ou fè sa ki dwat, se pou ou gen kè sansib nan tout sa w'ap fè, se pou ou mache san lògèy devan li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jan 14:21

— Moun ki asepte kòmandman m yo, ki obeyi yo, se moun sa a ki renmen mwen. Papa m va renmen moun ki renmen mwen. Mwen menm tou, m'a renmen l, epi m'a fè l wè mwen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 11:6

Nou konnen pèsonn pa ka fè Bondye plezi si li pa gen konfyans nan Bondye. Moun ki vle pwoche bò kote Bondye, se pou yo kwè gen yon Bondye, yon Bondye k'ap rekonpanse tout moun k'ap chache li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 7:7-8

— Mande, y'a ban nou. Chache, n'a jwenn. Frape, y'a louvri pou nou.Paske, nenpòt moun ki mande va resevwa. Moun ki chache va jwenn. Y'a louvri pou moun ki frape.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 1:9

Bondye ki rele nou pou nou viv nan bon jan antant ak pitit li Jezikri, Senyè nou an, l'ap toujou kenbe pawòl li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 103:13

Menm jan yon papa sansib pou pitit li, se konsa Senyè a sansib pou moun ki gen krentif pou li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Korent 5:18-19

Tou sa sòti nan Bondye ki fè nou vin zanmi avè l ankò, gremesi Kris la. Se li menm tou ki fè m konfyans, ki ban m travay sa a pou mennen lèzòm vini byen avè l ankò.Paske nan Kris la, Bondye t'ap fè tou sa li te kapab pou fè moun vin byen avè l ankò. Li pat gade sou peche lèzòm te fè. Se li menm ki mete mwen la pou fè lèzòm konnen ki jan l'ap fè yo byen avè l ankò.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 37:4

Si se nan Senyè a ou pran tout plezi ou, l'a ba ou tou sa ou ta renmen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Efezyen 2:13

Men kounyeya, nan Jezikri, nou menm ki yon lè t'ap viv lwen Bondye, nou vin toupre l, gremesi san Kris la ki koule lè li mouri pou nou an.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Efezyen 3:12

Ak lavi n'ap mennen ansanm nan Kris la, gremesi konfyans nou gen nan li a, nou lib pou nou pwoche devan Bondye san kè sote.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Filipyen 3:8-10

Men, se pa sa sèlman. Se tout bagay menm ki pa vo anyen pou mwen, lè m konpare yo ak gwo avantaj mwen genyen lè m konnen Jezikri tankou Senyè mwen. Poutèt li, mwen voye tout bagay jete, mwen gade yo tankou fatra pou m sa gen Kris la,pou m ka viv ansanm avè l nèt ale. Konsa, mwen pa gen pretansyon mwen bon paske mwen fè sa lalwa a mande. Men, Bondye fè m gras paske mwen mete konfyans mwen nan Kris la. Wi, Bondye fè tout moun ki mete konfyans yo nan li gras.Se yon sèl bagay mwen bezwen: se konnen pou m konnen Kris la, pou m santi nan mwen pouvwa ki te fè l leve sòti vivan nan lanmò a, pou m soufri ansanm avè l nan soufrans li yo, pou m rive mouri tankou li tou,

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Kolosyen 1:20-22

Se li menm tou ki te vle fè tout bagay byen avè li ankò, gremesi Kris la, tou sa ki sou latè ak tou sa ki nan syèl la. Li mete lapè toupatou, gremesi san Kris la ki koule sou kwa a. Nou menm tou, moun Kolòs, nan tan lontan, nou t'ap viv lwen Bondye. Nou te lènmi avè l akòz tout bagay mal nou t'ap fè yo, ak tout move lide nou te gen nan tèt nou.Men koulyeya, gremesi Kris la ki mouri tankou tout moun lan, Bondye rekonsilye nou ak li pou nou ka parèt devan li tankou moun k'ap viv apa pou li, san tach, san repwòch.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 10:22

Ann pwoche bò kote Bondye ak tout kè nou, ak yon konfyans byen chita, san nou pa gen anyen nan kè nou ki pou boulvèse konsyans nou, kò nou menm byen netwaye nan yon dlo byen pwòp.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jak 4:8

Pwoche bò kote Bondye, Bondye va pwoche bò kote nou tou. Nou menm k'ap fè peche, lave men nou. Netwaye kè nou, nou menm k'ap woule de bò.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Jan 1:3

Sa nou menm nou te wè a, sa nou te tande a, m'ap fè nou konnen l tou pou nou ka viv ansanm yonn ak lòt nan lavi nou tout n'ap mennen ansanm ak Papa a ansanm ak Pitit li a, Jezikri.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Jan 4:7-8

Mezanmi, se pou nou yonn renmen lòt paske renmen sòti nan Bondye. Moun ki gen renmen nan kè yo, se pitit Bondye yo ye. Yo konnen ki moun Bondye ye.Moun ki pa gen renmen nan kè yo, yo pa konn Bondye, paske Bondye se renmen menm.

Chapit   |  Vèsyon Kopi

Lapriyè bay Bondye

Bondye Papa mwen, tout glwa ak tout lonè pou ou! Mèsi paske se ou ki sous tout bagay, se nan ou sèlman vre lanmou ak bon jan amitye soti. M'ap mande w beni zanmi mwen yo, ba yo fòs pou lanmou ak amitye toujou rete anndan kè yo, kèlkeswa sikonstans yo. M'ap priye w pou chak jou ou ranfòse lyen amitye nou, menm jan ak David ak Jonatan. Pawòl ou di: "Moun ki vle gen zanmi, fòk li montre li se yon zanmi". Senyè, lè m te nan pwoblèm, lè m te nan lapenn, yo te montre yo se vre zanmi m, lè anpil lòt te vire do ban mwen, yo te rete bò kote m. Papa, ede mwen, ban mwen sajès pou m pran swen amitye sa a, pou m ba li valè. Fè nou mache ansanm chak jou, men nan men Lespri Sen an, pou nou ka fè fas ak tout kalite pwoblèm ak eprèv paske se nan men w sèl viktwa nou soti. Pwoteje kè mwen, pa kite anyen gate oswa sal amitye nou. Nan non Jezi. Amèn!
Swiv nou:

Piblisite


Piblisite