Vèsè Biblik

- Piblisite -



Vèsè sou idolatri

Vèsè sou idolatri


Detewonòm 18:10-12

Piga pèsonn nan nou pran pitit gason osinon pitit fi li pou li boule nan dife pou zidòl. Piga gen pèsonn nan mitan nou k'ap fè divinò, k'ap etidye zetwal nan syèl la pou konnen sa ki gen pou rive, k'ap pran pwen, k'ap fè maji.Piga gen nan mitan nou moun k'ap sèvi ak cham, moun ki pral nan tab tounant, k'ap vizite moun ki konn tire kat, ak moun k'ap rele mò pou pale ak yo.Paske Senyè a pa vle wè moun k'ap fè bagay sa yo. Epitou, se paske moun lòt nasyon yo t'ap fè tout vye bagay sa yo kifè Senyè a, Bondye nou an, te mete yo deyò pou nou ka pran plas yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Levitik 19:31

Piga n'al konsilte moun k'ap rele mò nan tab tounant osinon moun k'ap fè divinò. Si nou fè sa, n'ap tounen tankou moun sa yo, nou p'ap nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen. Se mwen menm ki Senyè a, Bondye nou an!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Levitik 20:6

Si yon moun vire do ban mwen poulal konsilte moun k'ap rele mò nan tab tounant, osinon moun k'ap fè divinò, mwen p'ap okipe l ankò, m'ap wete l nan mitan pèp mwen an.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Samyèl 15:23

Dezobeyi Bondye nan sa l mande ou fè a se menm bagay ak fè maji. Fè tèt di ak Bondye se menm bagay ak sèvi zidòl. Enben, ou voye pawòl Bondye a jete, Senyè a wete ou nan plas wa a, li voye ou jete tou. Li pa gen anyen pou l wè avè ou ankò!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Egzòd 22:18

Se pou nou touye tout fanm k'ap fè maji.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Miche 5:12

M'a wete tout w'anga nan peyi a. Nou p'ap jwenn moun ki pou bat kat pou nou ankò.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 8:19

Si pèp la mande nou pou n'al kay divinò ak kay moun k'ap rele mò, yon bann moun k'ap pale chwichwi pou moun pa ka konprann, si yo di nou: Eske moun gendwa mande fodye sa pou yo fè? Eske yo gendwa al rele mò pou vivan?

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Galat 5:19-21

Se fasil pou nou wè sa egzijans kò a fè moun fè: se imoralite, malpwòpte ak vis.Se sèvi zidòl, se fè maji, se yonn fè lòt lènmi, se fè kont, fè jalouzi, fè kòlè, se yonn pa vle wè lòt, se fè ti pil gwo pil.Yonn anvye sò lòt, yo tafyatè, yo saf konsa, ak yon bann lòt bagay ankò y'ap fè. Mwen deja di nou sa, epi m'ap repete l ankò pou nou: moun ki fè tout bagay sa yo p'ap antre menm nan peyi kote Bondye wa a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Revelasyon 21:8

Men, pou moun ki lach yo, moun ki pa kenbe pawòl yo, ansasen yo, bann moun deprave yo, moun k'ap fè maji yo, moun k'ap adore zidòl ansanm ak moun k'ap bay manti, plas yo se nan letan dife ak souf k'ap boule a yo ye. Se sa yo rele dezyèm lanmò a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Kwonik 33:6

Li ofri pitit gason l pou yo boule sou lotèl zidòl yo nan Fon Inon an. Li lage kò l nan li nyaj nan syèl la ak nan fè maji pou konnen sa ki gen pou rive. Li ankouraje divinò yo ak moun ki konn rele mò pou pale ak yo. Li donnen nan fè sa ki mal devan Senyè a pou l te fè Senyè a move jouk li pa kapab ankò.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jeremi 27:9

Pa koute pwofèt nou yo, ni divinò nou yo, ni okenn lòt moun ki pretann yo konnen sa ki pral rive nou, paske yo fè rèv pou nou, osinon paske yo ka li sa k'ap pase nan syèl la ou ankò paske yo konn fè maji. Yo tout ap plede di nou p'ap janm sèvi wa Babilòn lan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Travay 19:19

Te gen anpil ladan yo ki te konn pratike maji, yo pote liv yo, yo boule yo devan tout moun. Dapre kalkil yo te fè, te gen liv pou desansenkanntmil (250.000) goud antou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 47:12-13

Ou mèt rete ak maji ou yo, ak tout w'anga ou yo! Depi ou jenn w'ap fatige kò ou sèvi ak yo. Ou pa janm konnen, yo ka fè kichòy pou ou! Ou ka fè moun pè ou ak yo!Ou chaje ak moun k'ap ba ou konsèy jouk ou pa konn sa pou ou fè. Se pou moun ki te ba ou tout konsèy sa yo vini kounyeya, se pou yo sove ou, yo menm k'ap etidye zetwal, yo menm k'ap separe syèl la an divès zòn, yo menm k'ap di ou chak lalin nouvèl tou sa ki gen pou rive.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Detewonòm 4:19

Konsa tou, lè nou leve je nou nan syèl la, nou wè solèy la, lalin lan, zetwal yo ak tout lòt bagay ki anwo nan syèl la. Pa kite yo vire tèt nou pou nou fè sèvis pou yo. Pa al mete ajenou devan yo. Bondye mete yo la pou sèvis tout moun ki sou latè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 10:20

Non! Men sa m vle di: ofrann bèt moun lòt nasyon yo ap fè a, se pa pou Bondye, se pou denmon yo fè li. Mwen pa ta vle nou vin an kominyon ak denmon yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Pyè 2:1

Malgre sa, te gen kèk fo pwofèt nan mitan pèp Bondye a nan tan lontan. Konsa tou, va gen kèk dirèktè nan mitan nou k'ap bay manti. Yo pral vin ak yon bann bèl pawòl ki pa vre pou yo seye pèdi nou. Y'ap vire do bay Mèt la ki te delivre yo. Y'ap rale yon chatiman sou tèt yo k'ap detwi yo lapoula.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 24:24

Paske lè sa a, gen fo Kris ak fo pwofèt k'ap parèt. Y'a fè anpil mèvèy ak anpil mirak pou twonpe ata moun Bondye chwazi yo, si yo ta kapab.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Revelasyon 22:15

Men, mete nou deyò, bann chen, nou menm moun k'ap fè maji, moun k'ap fè imoralite, ansasen, moun k'ap sèvi zidòl, ansanm ak tout moun ki pa renmen verite a men ki pito bay manti.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Wa 17:17

Yo bay pitit fi ak pitit gason yo pou boule pou bondye lòt nasyon yo, y'al dèyè divinò ak chòche. Yo vann tèt yo, yo lage kò yo nan fè sa ki mal nan je Senyè a, pou yo te ka fè l move jouk li pa kapab ankò.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 44:25

Se mwen menm ki fè siy yo te predi yo pèdi sans yo. Se mwen menm ki fè divinò yo depale. Mwen demanti pawòl moun save yo. Mwen fè yo wè tout konesans yo se bagay moun fou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Timote 4:1

Lespri Bondye te di sa byen klè: nan dènye tan an, gen moun k'ap lage konfyans yo nan Bondye. Yo pral obeyi yon bann lespri k'ap bay manti, yo pral swiv yon bann pawòl ki sòti nan move lespri yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Detewonòm 18:14

Bann nasyon nou pral mete deyò nan peyi a, se moun ki te renmen koute sa divinò ak moun k'ap etidye zetwal yo ap di yo. Men nou menm, Senyè a, Bondye nou an, pa penmèt nou fè bagay konsa.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Egzòd 23:24

Piga nou mete ajenou devan bondye lòt nasyon yo. Piga nou janm sèvi yo. Pa fè menm jan ak moun lòt nasyon yo. Se pou nou detwi bondye yo nèt, se pou nou kraze tout moniman yo fè pou yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 1:21-23

Yo te konn Bondye byen pwòp, men yo pa bay Bondye lwanj ki pou li, yo pa di l mèsi jan l merite l la. Lekontrè, y'ap mete yon bann lide ki pa gen sans nan tèt yo, yo san konprann, fènwa fin plen kè yo.Y'ap mache di se moun lespri yo ye. Men, se fou yo fin fou.Pase pou yo adore Bondye ki san fen an, pase yo admire tout bèl bagay li yo, yo pito sèvi pòtre lòm mòtèl, pòtre zwazo, pòtre bèt kat pat ak bèt k'ap mache sou vant.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jeremi 10:2

Li di konsa: — Piga nou swiv lòt nasyon yo. Nou pa bezwen pèdi tèt nou lè nou wè siy nan syèl la. Se moun lòt nasyon yo ki pou pè lè konsa.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Kolosyen 2:8

Fè atansyon pou nou pa kite pèsonn vire lòlòj nou ak bèl filozofi, ak vye diskisyon initil. Bagay sa yo soti nan koutim lèzòm genyen, nan jan yo konprann sa k'ap pase. Se pa bagay ki soti nan Kris.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Jan 4:1

Mezanmi, nou pa bezwen kwè tout moun k'ap di yo gen Lespri Bondye a. Men, se pou n sonde yo pou nou wè si lespri yo genyen an sòti nan Bondye vre. Paske, gen yon bann fo pwofèt ki gaye toupatou sou latè a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 2:6

Bondye, Ou lage pèp ou a, moun fanmi Jakòb yo! Peyi yo a plen moun k'ap fè divinò, moun k'ap li zetwal. Peyi a tounen tankou peyi Filisti yo. Tout moun nan peyi a ap swiv vye mès moun lòt nasyon yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Pyè 2:3

Nan kouri dèyè lajan, yo pral esplwate nou ak yon bann manti. Men, depi lontan moun sa yo deja jije, nanpwen chape pou yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Travay 8:9-11

Nan lavil sa a, te gen yon nonm yo rele Simon. Metye li se te majisyen. Simon sa a te konn ap fè moun Samari rete bouch be ak mèvèy li t'ap fè. Konsa li te fè tèt li pase pou yon nèg enpòtan.Tout moun, ni gran ni piti, yo tout te kwè nan sa l'ap fè. Yo t'ap di: — Nonm sa a gen yon pisans Bondye sou li, se gwo pisans lan nèt!Moun yo te fanatik li paske depi lontan li t'ap fè yo rete bouch be devan maji li t'ap fè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Kwonik 10:13-14

Se konsa Sayil mouri paske li pat kenbe pawòl li ak Senyè a. Li pat obeyi lòd Senyè a te ba li. Li te pito fè yo rele nanm moun mouri pou l te konnen sa ki ta pral rive l,pase pou l te al mande Senyè a sa. Se poutèt sa Senyè a te touye l, li renmèt gouvènman an nan men David, pitit lzayi a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 57:3

Nou menm ki p'ap fè anyen san konsilte zetwal, pwoche vini! Se yon bann moun ki vire do bay Bondye nou ye. N'ap sèvi zidòl, nou tankou moun k'ap fè adiltè, k'ap viv nan dezòd.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jeremi 8:19

Koute jan pèp mwen an ap rele mande sekou toupatou nan peyi a. Gen lè Senyè a pa sou mòn Siyon an ankò? Gen lè wa Siyon an pa la ankò? Senyè a reponn: — Poukisa nou fè m fache konsa? N'ap sèvi zidòl, n'ap fè sèvis pou bondye lòt nasyon yo ki pa vo anyen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 106:35-37

Men, okontrè, yo te marye ak yo, yo pran tout vye mès yo.Yo pran adore zidòl yo. Sa tounen yon pèlen pou yo.Yo ofri pwòp pitit gason ak pwòp pitit fi yo pou touye bay zidòl yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Efezyen 5:11

Nou pa gen anyen pou nou wè ak moun k'ap viv nan fènwa, moun k'ap fè bagay ki p'ap rapòte anyen. Okontrè, denonse yo pou sa yo ye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Levitik 19:4

Pa janm vire do ban mwen pou n'al sèvi zidòl. Piga nou janm fonn metal pou fè estati ki pou sèvi nou bondye. Se mwen menm ki Senyè a, Bondye nou an!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Revelasyon 9:20

Malgre sa, rès moun sou latè yo, sa ki pa te mouri anba kalamite sa yo, pa te sispann adore satan ak zidòl lò, lajan, bwonz, wòch epi ak zidòl bwa, zidòl ki pa ka wè ni ki pa ka tande ni ki pa ka mache.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Korent 11:14

Pa gen anyen la a pou fè m' sezi: Ata satan ka ranje kò li pran pòz zanj limyè li!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jeremi 29:8

Wi, men avètisman, Senyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, voye ban nou: Pa koute rèv nou fè, pa bay revelasyon nou mande yo fè pou nou yo okenn enpòtans.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 31:6

(7) Ou rayi moun k'ap adore zidòl. Pou mwen menm, tout konfyans mwen se nan ou li ye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Detewonòm 7:25

N'a boule tout zidòl yo te taye nan bwa. Pa kite lò ak ajan ki kouvri zidòl yo mete move lanvi nan ke nou. Pa pran yo pou nou. Sa ka yon pèlen pou nou. Nou konnen bagay konsa se bagay Senyè a, Bondye nou an, pa vle wè menm.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 46:1

Bèl ak Nebo, zidòl moun Babilòn yo, fini. Y'ap mete estati yo sou do bèt. Zidòl nou te konn ap leve anlè nan posesyon yo tounen yon chay lou sou do bèt yo ki tou bouke.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 47:13

Ou chaje ak moun k'ap ba ou konsèy jouk ou pa konn sa pou ou fè. Se pou moun ki te ba ou tout konsèy sa yo vini kounyeya, se pou yo sove ou, yo menm k'ap etidye zetwal, yo menm k'ap separe syèl la an divès zòn, yo menm k'ap di ou chak lalin nouvèl tou sa ki gen pou rive.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 7:15

— Pran prekosyon nou ak fo pwofèt yo. Yo pran pòz ti mouton yo lè y'ap vin sou nou, men nan fon kè yo, se bèt devoran yo ye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Oze 4:12

Se yon moso bwa y'al mande sa pou yo fè! Se yon bout bwa ki pou di yo sa yo bezwen konnen! Yo tankou yon fanm marye ki lage kò l nan fè jennès, yo pèdi tèt yo. Y'ap kouri dèyè lòt bondye, y'ap twonpe Senyè a!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jeremi 2:11

Lòt nasyon yo pa janm chanje bondye yo, malgre yo pa bondye tout bon vre. Men, pèp mwen an pito zidòl ki pa ka fè anyen pou yo pase mwen menm, Bondye ki te fè bèl bagay pou yo a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 57:5

N'ap fè sèvis pou zidòl nan jaden nou. Nou kouche ak fanm anba pye bwadchenn, anba tout raje. Nou bay timoun nou pou yo touye pou zidòl yo nan twou wòch nan bafon yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Detewonòm 11:16

Fè atansyon pou nou pa pèdi tèt nou, pou nou pa kite chemen ki devan nou an pou n'al sèvi lòt bondye, pou n'al adore yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jeremi 10:5

Bondye sa yo kanpe tankou pikèt nan jaden konkonm. Yo pa ka pale. Se pote pou yo pote yo paske yo pa ka mache. Nou pa bezwen pè yo paske yo pa ka fè anyen, ni anbyen ni anmal.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 41:24

Men, gade! Se pa anyen nou ye! Tou sa n'ap fè yo pa vo anyen menm! Se yon avilisman pou moun ki pran nou pou bondye yo!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jeremi 51:17

Lè konsa tout moun rete egare, yo pa konprann anyen. Moun k'ap fè zidòl yo wont sa yo fè a, paske bondye yo fè yo se fo bondye, yo pa gen lavi nan yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Nawoum 1:14

Men lòd Senyè a bay sou moun peyi Lasiri yo: — Yo pral bliye non nou nèt. Mwen pral detwi tout ras nou. M'ap kraze tout estati zidòl nou gen nan tanp bondye nou yo, kit yo te an bwa, kit yo te an fè. M'ap pare yon tonm pou nou. Nou pa vo anyen ankò!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Wa 23:24

Jozyas fè disparèt tout divinò ak tout moun ki konn rele mò, tout estati zidòl wogatwa ak lòt vye zidòl degoutan, ak tout lòt vye bagay yo te konn wè nan tout peyi Jida ak nan lavil Jerizalèm. Li fè sa pou l te ka kenbe kòmandman ak prensip ki ekri nan liv Lalwa Ilkija, prèt la, te jwenn nan Tanp Senyè a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 1:29

N'a wont akòz gwo pye bwadchenn repozwa nou te konn sèvi yo, akòz bèl jaden nou te plante pou zidòl yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Korent 6:16-17

Kisa kay Bondye a gen pou wè ak zidòl? Nou se kay Bondye vivan an, pa vre? Se Bondye menm ki di sa: M'a vin rete, m'a viv nan mitan yo. M'a tounen Bondye yo, y'a tounen pèp mwen.Se poutèt sa, Bondye te di nou: Sòti nan mitan moun sa yo. Pa mele ak yo. Pa manyen anyen nou pa dwe manyen. Lè sa a, mwen menm, m'a resevwa nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Kolosyen 3:5

Se poutèt sa, se pou nou disparèt nan nou tou sa ki pa bon nan lemonn: imoralite, malpwòpte, vye pasyon, move lanvi, aloufa nan tout bagay (ki se menm ak sèvi zidòl).

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 78:58

Yo fè l fache paske yo bati tanp pou lòt bondye yo, yo pòte l fè jalouzi poutèt vye zidòl yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 42:17

Tout moun ki mete konfyans yo nan zidòl, tout moun k'ap rele estati yo bondye, yo pral bese tèt yo atè, yo pral wont.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 96:5

Bondye lòt nasyon yo pa anyen, se pòtre yo ye. Men, se Senyè a ki fè syèl la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jeremi 44:8

Nou deyò pou nou fè m fache ak sa n'ap fè a, lè n'ap ofri lansan bay bondye lòt nasyon yo, isit la nan peyi Lejip kote nou vin viv la? Nou vle fini ak tèt nou pou tout nasyon sou latè ka pase nou nan betiz, pou yo pran non nou pou bay moun madichon?

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Kwonik 14:3

Li fè disparèt tout lotèl yo te bati pou bondye lòt nasyon yo ak tout kote yo te konn fè sèvis pou yo. Li fè kraze zidòl yo, li koupe estati Achera yo voye jete.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Detewonòm 32:17

Y'al ofri bèt pou yo touye bay zidòl ki pa bondye tout bon, yon kalite bondye yo pat janm konnen anvan, lòt bondye ki fenk parèt, bondye zansèt yo pat janm gen krentif.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezekyèl 6:9

Moun ki va chape yo va chonje m nan peyi kote y'ap depòte yo a. Y'a chonje mwen te pini yo paske, nan fon kè yo, yo te vire do ban mwen, mwen te fè yo wont paske yo te kole je yo sou yon vye zidòl. Y'ap gen pwòp tèt yo degoutans akòz bagay mal yo te fè pandan toutan yo te lage kò yo nan sèvi zidòl.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 10:19

Kisa m vle di la a? Gen lè zidòl y'ap sèvi a, osinon vyann bèt yo ofri pou touye ba li a gen yon valè?

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Wa 18:21

Eli al kanpe devan pèp la, li di yo: — Kilè n'a sispann woule de bò! Si se Senyè a ki Bondye, se li pou n sèvi. Si se Baal ki Bondye, se li pou n sèvi! Men pèp la pa di yon mo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jeremi 16:20

Eske moun ka fè bondye pa yo? Zidòl sa yo pa bondye tout bon.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 48:5

Se poutèt sa mwen te fè nou konnen davans sa ki ta pral rive nou. Wi, mwen te avèti nou anvan yo te rive pou nou pa te di zidòl nou yo ki te fè sa pou nou, se estati fè nou yo ak pòtre zidòl nou yo ki te fè sa pase konsa.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Jan 5:21

Pitit mwen yo, veye kò nou ak zidòl!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jeremi 10:3-5

Relijyon moun sa yo pa vo anyen. Yo koupe yon pyebwa nan rakbwa, yo fè yon bòs atizan travay li ak sizo.Yo dekore l ak ajan, ak lò. Yo pran mato ak klou yo kloure l pou fè l kanpe pou l pa tonbe.Bondye sa yo kanpe tankou pikèt nan jaden konkonm. Yo pa ka pale. Se pote pou yo pote yo paske yo pa ka mache. Nou pa bezwen pè yo paske yo pa ka fè anyen, ni anbyen ni anmal.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Egzòd 23:13

Se pou nou swiv tou sa mwen sot di nou la a. Pa lapriyè lòt bondye, piga mwen tande non yo sòti nan bouch nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 45:20

Senyè a di ankò: — Sanble non! Sanble, moun lòt nasyon yo: Pwoche non! Pwoche devan tribinal la non, nou menm ki rive chape yo! Bann moun k'ap plede fè posesyon ak zidòl an bwa yo, k'ap lapriyè bondye ki pa ka delivre yo, yo pa konn anyen!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 29:13

Senyè a di: — Lè moun sa yo ap fè sèvis pou mwen, se pawòl nan bouch! Y'ap louvri bouch yo pou fè lwanj mwen, men lespri yo byen lwen. Si y'ap mache di yo gen krentif pou mwen, se pawòl granmoun lontan moutre yo y'ap repete lè konsa.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 12:2

Pa fè menm bagay ak sa moun ap fè sou latè. Men, kite Bondye chanje lavi nou nèt lè l'a fin chanje tout lide ki nan tèt nou. Lè sa a, n'a ka konprann sa Bondye vle, n'a konnen sa ki byen, sa ki fè l plezi, sa ki bon nèt ale.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 115:4-7

Zidòl pa yo, se bagay ki fèt ak ajan ak lò. Se moun ki fè yo ak men yo.Yo gen bouch, men yo pa ka pale. Yo gen je, men yo pa ka wè.Yo gen zòrèy, men yo pa ka tande. Yo gen nen, men yo pa ka pran okenn sant.Yo gen men, men yo pa ka manyen anyen. Yo gen pye, men yo pa ka mache. Pa menm yon ti son pa ka sòti nan gòj yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jeremi 50:2

— Bay tout nasyon yo nouvèl la. Fè yo konnen l. Bay siyal la, fè nouvèl la mache. Pa kenbe nouvèl la kache. Di yo: Yo pran lavil Babilòn, yo fè bondye Babilòn lan wont. Yo fini ak Madouk. Tout zidòl li yo wont. Yo kraze tout vye bagay sa yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 106:36

Yo pran adore zidòl yo. Sa tounen yon pèlen pou yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Revelasyon 13:4

Tout moun pran adore dragon an paske li te bay bèt la pouvwa li. Yo adore bèt la tou, yo t'ap di: — Kilès ki tankou bèt la? Kilès ki ka goumen avè li?

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 2:8

Peyi a plen zidòl. Y'ap sèvi bagay yo fè ak men yo, bagay yo bay fòm ak dwèt yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Kolosyen 2:18

Pa kite nou kraponnen devan moun nou wè k'ap sèvi zanj, ki swadizan p'ap vante tèt yo a. Moun konsa toujou ap mache rakonte vizyon yo fè. Yo gonfle ak lògèy poutèt yon bann lide lèzòm foure nan tèt yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Samyèl 7:3

Samyèl pale ak tout pèp la, li di yo konsa: — Si nou tounen vin jwenn Senyè a ak tout kè nou vre, se pou nou wete tout bondye moun lòt nasyon yo ak tout pòtre metrès Astate yo nan mitan nou. Viv pou Senyè a sèlman, se li menm ase pou nou sèvi. Lè sa a l'a delivre nou anba men moun Filisti yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jeremi 32:35

Yo bati lotèl pou Baal nan Fon Benn-inon an, yo ofri pitit gason yo ak pitit fi yo pou yo touye pou Molòk, bagay mwen pat janm ba yo lòd fè, bagay ki pat janm vin nan lide m. Lè yo fè bagay degoutan sa a, yo fè pèp Jida a tonbe nan peche.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Egzòd 34:13

Okontrè, se pou nou kraze lotèl yo, dechouke tout vye wòch moniman yo te kanpe. Koupe tout poto bwa yo te plante pou zidòl yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Oze 4:17

Moun Efrayim yo menm lage kò yo bay zidòl yo nèt. Kite yo pou kont yo!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Detewonòm 12:2-3

Nan peyi nou pral pran pou nou an, se pou nou kraze tout kote moun yo te konn sèvi bondye yo sou gwo mòn wo yo, sou ti bit mòn yo, anba pyebwa vèt yo.Se pou nou demoli tout lotèl yo, se pou nou gaye tout pil wòch zidòl yo. Se pou nou rache tout poto Achera yo. Se pou nou boule tout zidòl yo pou moun pa janm chonje yo te konn fè sèvis pou bondye sa yo la ankò.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jeremi 8:2

Yo pral kite yo atè a konsa devan solèy la, devan lalin lan, devan zetwal yo ki nan syèl la, paske se bagay sa yo moun sa yo te renmen, se sa yo t'ap sèvi, se sa yo t'ap swiv. Se sa yo te al mande sa pou yo fè. Se pou yo yo t'ap fè sèvis. Pèsonn p'ap ranmase zosman yo pou antere yo. Y'a tounen fimye atè a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezekyèl 20:7

Mwen te di yo se pou yo te voye jete tout vye zidòl derespektan yo te renmen yo. Se pa pou yo avili tèt yo nan sèvi vye zidòl peyi Lejip yo. Paske se mwen menm Senyè a ki Bondye yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Kwonik 34:7

Nan tout peyi Izrayèl la, li fè yo demoli lotèl yo. Li fè yo kraze tout estati Achera yo ak lòt zidòl yo fè yo tounen poud. Yo kraze tout lotèl lansan yo fè miyèt moso. Lèfini, li tounen lavil Jerizalèm.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 46:7

Yo leve l mete sou zepòl yo, yo pote l ale. Yo mete l kanpe yon kote, epi li rete la. Kote yo mete l la, li pa ka deplase. Yo mèt lapriyè nan pye l kont kò yo, li pa ka reponn! Li pa ka delivre yo lè yo nan tray.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jeremi 44:3

Se paske moun ki te rete la yo te fè sa ki mal, yo te fè m fache anpil sou yo. Yo te al ofri lansan bay lòt bondye, yo te al sèvi bondye ni yo menm, ni papa yo, ni granpapa yo pat janm konnen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 57:13

Lè n'a rele mande sekou, se pou tout zidòl nou yo vin sove nou si yo kapab! Yon senp ti van ap pote yo ale, yon ti briz van ap pati ak yo. Men, moun ki mete konfyans yo nan mwen va rete nan peyi a, y'a rete sou mòn ki apa pou mwen an.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Egzòd 20:5

Piga nou adore yo, ni piga nou sèvi yo. Paske mwen menm, Senyè a, Bondye nou an, mwen se yon Bondye ki fè jalouzi. Lè yon moun rayi m, mwen fè pitit li, pitit pitit li ak pitit pitit pitit li yo peye sa.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 66:3

Pou mwen, fè sakrifis yon bèf se tankou sakrifye yon moun. Sakrifye yon mouton se tankou fè sakrifis ak yon chen. Prezante ofrann se tankou ofri san kochon. Boule lansan se pou adore zidòl. Pèp la fè sa yo pito. Yo pran plezi nan fè vye bagay lèd devan Bondye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Wa 17:15

Yo derefize kenbe lòd li yo, yo pa respekte kontra li te pase ak zansèt yo. Yo pa okipe avètisman li te ba yo, yo pran sèvi zidòl ki pa vo anyen. Yo menm, yo pèdi valè yo. Yo pran fè tankou lòt nasyon k'ap viv bò kote yo t'ap fè, yo dezobeyi lòd Senyè a ki te di yo pa fè sa.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 44:10

Ki moun k'ap fè pòtre yon bondye, k'ap fonn metal pou fè yon estati san li pa wè avantaj li ladan l?

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Egzòd 20:4

Piga nou janm fè okenn estati ni okenn pòtre ki sanble bagay ki anwo nan syèl la, osinon bagay ki sou latè ou ankò nan dlo anba tè a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jeremi 2:5

Men sa Senyè a voye di nou: — Kisa mwen te fè zansèt nou yo ki mal kifè yo te vire do ban mwen? Yo pran mache dèyè yon bann zidòl ki pa vo anyen. Yo menm tou, yo vin pa vo anyen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Kwonik 15:8

Lè Asa tande mesay pitit Obèd la te bay nan non Bondye, li pran kouray. Li fè yo wete dènye vye zidòl ki te nan peyi moun Jida yo ak nan peyi moun Benjamen yo, ansanm ak tout zidòl ki te nan lavil li te pran nan zòn mòn Efrayim yo. Li repare lotèl Senyè a ki te kanpe nan lakou devan gwo pyès Tanp Senyè a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezekyèl 14:6

Kounyeya, men sa pou ou di moun pèp Izrayèl yo, men mesay Senyè sèl Mèt la voye ba yo: Tounen vin jwenn mwen. Vire do bay zidòl nou yo, sispann fè vye bagay derespektan sa yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Swiv nou:

Piblisite


Piblisite