Cheri mwen, ou konnen, Bondye tankou yon bon papa. Li konnen sa pitit li bezwen. Lè w'ap priye, pa ezite mande l' sa w' bezwen. Lè n'ap mande Bondye yon bagay, se yon fason pou n' rekonèt ke nou pa ka fè tout bagay pou kont nou. Kelkeswa sitiyasyon w' ye a, pote l' bay Senyè a. Si w' bezwen manje, pwoteksyon, gerizon, oswa gidans, mande l' ede w'.
Menm jan Sòm 139:4 la di: "Seyè, ou konnen tou sa m' pral di anvan menm mo yo rive nan bouch mwen." Priyè a tankou yon kle Bondye ban nou pou n' louvri pòt trezò wayòm li an.
Bondye gen tout pouvwa. Li ta ka fasil pou li ban nou tout sa n' bezwen san n' pa menm bezwen mande. Linivè a nan men l'. Men, se pa konsa li vle l' ye. Li renmen nou, epi pi gwo dezi l' se pou l' gen yon relasyon sere sere avèk nou.
Priyè a se kanal kote benediksyon Bondye pase pou rive jwenn nou. Alò, pa neglije priye. Pale ak Bondye. Mande l' sa w' bezwen.
(4) Chak maten ou tande vwa m. Kou solèy leve, mwen mete lapriyè m devan ou. M'ap tann ou reponn mwen.
(2) Bondye, se ou ki Bondye mwen. Jan manvi wè ou! Jan m'ap tann ou sa a! Se tout kò m k'ap mande pou ou, tankou tè sèk nan solèy k'ap tann lapli.
N'ap tann Senyè a, tankou faksyonè k'ap tann solèy leve, wi, tankou faksyonè k'ap tann solèy leve!
Lannwit, se ou menm m'ap chonje. Lide mwen ap travay sou ou. Paske lè w'ap jije sa k'ap pase sou latè moun ki sou latè resi konnen sa ki rele jistis.
(2) Lè m rele ou, reponn mwen non, Bondye, ou menm k'ap fè m jistis! Lè m te nan tèt chaje, ou te vin ede m. Gen pitye pou mwen. Koute lapriyè mwen.
Men ou menm, lè w'ap lapriyè, antre nan chanm ou. Fèmen pòt ou. Lapriyè Papa ou ki la pou kont li avè ou. Konsa, Papa ou menm ki wè sa ou fè an sekrè a, se li ki va ba ou rekonpans ou.
(2) Menm jan yon bèt anvi bwè dlo larivyè, se konsa mwen anvi wè ou, Bondye. (11) Mwen santi tout zo nan kò m ap fè m mal. Lè moun k'ap pèsekite m yo ap joure m, lè tout tan y'ap mande m: — Kote Bondye ou la? (12) Wi, poukisa mwen kagou konsa? Poukisa m'ap plenn konsa nan kè mwen? M'ap mete espwa m nan Bondye, paske mwen gen pou m fè lwanj li ankò. Se li k'ap delivre m, se li ki Bondye mwen. (3) Se pa ti anvi mwen pa anvi wè Bondye, Bondye ki vivan an. Kilè m'a va ale pou m adore Bondye lakay li?
Sous bonte Senyè a p'ap janm teri. Mizerikòd li poko janm bout. Li renouvle yo chak maten Ala kenbe ou konn kenbe pawòl ou, Senyè!
Se poutèt sa, ann pwoche avèk konfyans devan fòtèy kote Bondye ki renmen nou an chita. Se la n'a jwenn padon pou peche nou yo, se la n'a jwenn pou gremesi sekou n'a bezwen lè nou nan nesesite.
Moutre m sa pou m fè pou m viv yon jan ki konfòm ak verite ou la, paske se ou menm ki delivrans mwen. Se sou ou mwen konte tout jounen.
M'ap rele nan pye ou ak tout kè mwen. Reponn mwen, Senyè, pou m ka toujou fè sa ou vle m fè. M'ap rele ou, sove m non, pou m ka mache dapre prensip ou yo!
Pa bay kò nou traka pou anyen. Men, nan tout sikonstans mande Bondye tou sa nou bezwen nan lapriyè. Toujou chonje di l mèsi tou lè n'ap lapriyè. Konsa, Bondye va ban nou kè poze nan jan pa l, bagay lèzòm pa ka konprann. La kenbe kè nou ak lespri nou fèm nan Jezikri.
Lè l rele m, m'ap reponn li. Lè l nan tray, m'ap la avèk li. M'ap delivre l, m'ap fè yo respekte l.
Rete dousman devan Senyè a, pran san ou. Tann li fè sa l gen pou l fè a. Pa fè kòlè lè ou wè moun gen zafè yo ap mache byen. Lè ou wè moun reyalize tout move lide yo gen nan tèt yo.
(6) M'ap fè fèt, m'ap kontan tankou yon moun ki manje plen vant li yon manje ki gen bon gou, ki gen kont grès li ladan l. Wi, se konsa kè m ap kontan. M'ap louvri bouch mwen pou m fè lwanj ou. (7) Lè m kouche sou kabann mwen, lide m ap travay sou ou. Tout lannwit se ou m'ap kalkile.
Senyè a moutre mwen jan pou m'pale, Li moutre mwen jan pou m'ankouraje moun ki pa kapab ankò yo. Maten apre maten, li fè mwen atantif, pou m'ka tande sa l'ap moutre mwen, pou m'ka konnen sa yon bon disip dwe fè.
(9) Mwen moute kabann mwen ak kè poze. Kou m kouche, dòmi pran m. Senyè, se ou menm sèl ki p'ap janm kite anyen rive m.
Lwanj pou Senyè a! Ala bon sa bon pou moun ki gen krentif pou Senyè a, ki pran tout plezi l nan fè sa li mande!
Kisa jenn gason dwe fè pou li mennen bak li dwat? Se pou li toujou mache jan ou vle li mache a.
Lè m nan tèt chaje, lè mwen pa konn sa pou m fè, se ou menm ki ban m kouray, se ou menm ki fè kè m kontan.
Senyè, ala bon ou bon! Ou padonnen peche nou yo. Ou p'ap janm sispann renmen moun k'ap rele non ou.
(15) Men, Senyè, se nan ou mwen mete tou konfyans mwen. Se ou ki Bondye mwen. (16) Lavi m nan men ou. Delivre m anba lènmi m yo, anba moun k'ap pèsekite m yo.
Lè sa a, si nou lapriyè nan pye m, m'a reponn nou. Si nou rele m, m'a di men mwen! Si nou rache tout mechanste nan kè nou voye jete, si nou sispann kraponnen moun, si nou sispann pale moun mal,
(16) Senyè, se nan ou mwen mete tout konfyans mwen, se ou menm ki va reponn pou mwen, o Senyè, Bondye mwen.
Senyè a pa ka sipòte lè mechan yo ap ofri bèt pou touye pou li. Men, sa fè l plezi anpil lè moun k'ap mache dwat yo ap lapriyè nan pye l.
Pandan n'ap tann lan, fè kè n kontan. Se pou nou gen anpil pasyans nan mitan soufrans nou yo. Pa janm sispann lapriyè.
Je m yo fè m mal tèlman m'ap veye sa ou te pwomèt la. M'ap mande: — Kilè w'a vin konsole m?
Mwen menm, sa bon nèt pou m rete bò kote Bondye: Se nan Senyè a mwen jwenn pwoteksyon. M'a fè konnen tou sa li fè.
Nou pa bezwen pè. Mwen la avèk nou! Nou pa bezwen kite anyen ban nou kè sote. Se mwen menm ki Bondye nou. M'ap ban nou fòs, m'ap ede nou. M'ap soutni nou ak fòs ponyèt mwen ki pa janm pèdi batay.
(11) Moun ki konnen ou, Senyè, y'ap mete konfyans yo nan ou. Paske, ou pa lage moun k'ap chache ou.
(1b) Senyè, ou sonde m, ou konnen ki moun mwen ye. la ankò, w'ap toujou la pou mennen m, w'ap la pou pwoteje m. Si mwen di: — Bon! M pral kache nan fènwa a. M pral rete kote tout limyè mouri. Fènwa pa fè nwa pou ou. Lannwit klere kou lajounen pou ou. Kit li fènwa, kit li lajounen, se menm bagay pou ou. Wi, se ou ki fòme tout pati nan kò m, se ou ki ranje yo byen ranje nan vant manman m. M'ap fè lwanj ou, paske ou pa manke fè bèl bagay. Tou sa ou fè se bèl bagay. Mwen konn sa byen. Ou te konnen tout zo nan kò m, depi lè m t'ap fòme kote moun pat ka wè a, depi lè ou t'ap travay mwen ak ladrès nan fon tè a. Depi anvan m te fèt, tout lavi m te devan je ou. Tou sa mwen ta pral fè te deja ekri nan liv ou, anvan menm mwen te fè yo. Bondye, sa ki nan tèt ou twò difisil pou m konprann, lèfini yo anpil! Si m ta vle konte yo, yo ta pi plis pase grenn sab ki bò lanmè. Si m ta janm rive fin konte yo, mwen p'ap pi konnen ou pase sa. Bondye, si ou ta vle touye mechan yo! Si ou ta vle fè ansasen yo manyè kite m an repo! Ou konnen lè m chita, ou konnen lè m kanpe. Ou rete byen lwen, ou konnen tou sa k'ap pase nan tèt mwen.
Pou fini, frè m yo, mete lide nou sou bagay ki bon, ki merite lwanj: bagay ki vre, ki kòrèk, ki dwat, ki bèl, ki p'ap fè nou wont.
Mwen mete tout espwa m nan Senyè a, mwen mete espwa m nan sa li di. N'ap tann Senyè a, tankou faksyonè k'ap tann solèy leve, wi, tankou faksyonè k'ap tann solèy leve!
(4) Bondye ki anwo nan syèl la, lè mwen pè, se nan ou mwen mete tout konfyans mwen. (5) Mwen gen konfyans nan Bondye. M'ap fè lwanj pawòl li. Mwen pa pè anyen. Kisa lèzòm ka fè m?
Moutre m sa ki byen, louvri lespri m, ban m konesans, paske mwen gen konfyans nan kòmandman ou yo.
Lè ou gen krentif pou Bondye, se lè sa a ou konmanse gen bon konprann! Bondye ap bay moun ki gen krentif pou li bon jijman. Wi, se tout tan pou yo fè lwanj li.
Ou menm, Bondye, w'ap ba yo kè poze! Moun ki toujou kenbe pwomès yo, wi, w'ap ba yo kè poze, paske yo mete konfyans yo nan ou! Mete konfyans nou nan Bondye pou tout tan paske Senyè a ap toujou la pou pwoteje nou.
(7) Lè m kouche sou kabann mwen, lide m ap travay sou ou. Tout lannwit se ou m'ap kalkile. (8) Paske se ou ki tout sekou m, m'ap rete kache anba zèl ou, m'ap chante sitèlman mwen kontan.
(13) Paske ou menm Senyè, ou beni moun ki obeyi ou. Ou kouvri yo avèk favè ou, w'ap kanpe bò kote yo pou pran defans yo.
(4) Bondye, koute m non lè m'ap lapriyè! Panche zòrèy ou pou tande pawòl k'ap sòti nan bouch mwen!
(9) Lajounen, Senyè a fè m anpil favè. Lannwit, mwen chante yon chante pou li. Mwen lapriyè Bondye ki tout lavi mwen.
(3) Jan mwen anvi wè kay Senyè a sa! M'ap deperi sitèlman manvi al lakay Senyè a. M'ap chante, m'ap fè fèt pou Bondye vivan an.
(3) Se ou ki wa mwen, se ou ki Bondye mwen. Pran ka m, Senyè, lè m'ap rele ou! Se ou menm m'ap lapriyè, Senyè.
Men, Senyè a ap bay moun ki mete konfyans yo nan li fòs ankò. Tankou malfini, y'ap pran zèl pou yo leve ale. Y'ap kouri san yo p'ap janm bouke. Y'ap mache, yo p'ap janm febli.
Senyè a gen pitye pou nou. Li gen bon kè. Li pa fasil fè kòlè. Li p'ap janm sispann renmen nou!
Sonde m, Bondye! Wè tou sa ki nan kè m! Fouye m! Wè tou sa ki nan lide m! Gade wè si m sou yon move chemen. Mennen m sou chemen ki la pou tout tan an.
(2) Mwen te mete tout espwa m nan Senyè a. Li te panche zòrèy li bò kote m, li te tande m lè m t'ap rele.
Se konsa tou, Lespri Bondye a vin ede nou, atout nou fèb la, paske nou pa konnen kisa pou n mande lè n'ap lapriyè, ni ki jan pou nou lapriyè. Men, se Lespri Bondye a menm k'ap lapriyè Bondye pou nou. L'ap pouse gwo soupi moun pa ka esplike.
(2) Koute sa m'ap di ou, Senyè! Tande jan m'ap plenn! (11) Se mechan yo ye. Kondannen yo, Bondye. Gate tout plan yo te fè. Pou valè peche yo fè, wete yo devan je ou, paske se kenbe y'ap kenbe tèt ak ou. (12) Men, tout moun ki mete konfyans yo nan ou, fè kè yo kontan. Se pou yo chante san rete tèlman yo kontan. W'ap pwoteje moun ki renmen ou. Ou fè yo chante pou ou tèlman yo kontan. (13) Paske ou menm Senyè, ou beni moun ki obeyi ou. Ou kouvri yo avèk favè ou, w'ap kanpe bò kote yo pou pran defans yo. (3) Se ou ki wa mwen, se ou ki Bondye mwen. Pran ka m, Senyè, lè m'ap rele ou! Se ou menm m'ap lapriyè, Senyè.
Ala bon sa bon pou moun ki kenbe prensip li yo, pou moun k'ap chache obeyi l ak tout kè yo!
Lè mechan yo ap lapriyè, Senyè a pa sou bò yo. Men, li pare zòrèy li pou l koute sa moun ki mache dwat yo ap di l.
Mwen mete konfyans mwen nan ou. Depi granmaten, fè m chonje jan ou renmen m anpil. Se ou menm m'ap lapriyè. Moutre m chemen pou m pran an.
(5) Se pou nou tranble tèlman nou pè, se pou n sispann fè sa ki mal. Lè nou pou kont nou nan chanm nou, kalkile sou sa. Epi pe bouch nou.
(4) Men, se ou menm ki Bondye, ou chita sou fòtèy ki apa pou ou a. Pèp Izrayèl la ap fè lwanj ou.
M'ap rele nan pye ou ak tout kè mwen. Reponn mwen, Senyè, pou m ka toujou fè sa ou vle m fè.
Ou te mèt wè mòn yo ap souke, ti mòn yo ap tranble, mwen p'ap janm sispann renmen ou. M'ap toujou kenbe kontra mwen te pase pou m te toujou byen avè ou la. Se Senyè ki renmen ou lan ki di ou sa.
— Vini jwenn mwen, nou tout ki bouke, nou tout ki anba chay, m'a soulaje nou. Pran jouk mwen, mete l sou zepòl nou. Pran leson nan men mwen. Paske mwen dou, mwen toujou soumèt mwen tout bon devan Bondye. Konsa, n'a viv ak kè poze. — Eske se ou ki moun nou konnen ki gen pou vini an, osinon eske nou dwe tann yon lòt? Paske, jouk m'ap ban nou an fasil pou pote, chay m'ap ban nou an pa lou.
(8) Bondye, ala bon sa bon, renmen ou gen pou nou an! Se anba zèl ou lèzòm jwenn pwoteksyon. (9) Yo manje vant plen ak manje yo jwenn an kantite lakay ou. Bon bagay ou yo tankou yon rivyè dlo k'ap koule kote yo bwè kont kò yo. (10) Paske, se ou menm ki sous lavi a. Se limyè ou ki fè nou wè klè!
Moun ki rete anba pwoteksyon Bondye ki nan syèl la, Moun ki kache anba zèl Bondye ki gen tout pouvwa a
(6) Paske, lè li ankòlè, se pou yon ti tan. Men, li ban nou favè l pou tout tan n'ap viv. Lannwit nou kriye, Kou l jou, kè nou kontan.
Se Bondye ki delivre m! Mwen gen konfyans nan li. Kè m pa kase ankò! Se Senyè a ki tout fòs mwen. Se pou li m'ap chante. Se li menm ki delivre m!
Lwanj pou Bondye! Mèsi Bondye! Ou pat kite m lapriyè pou gremesi. Ou pat refize fè m wè jan ou gen bon kè.
Men, Senyè a ap tann lè pou l fè nou gras. Li tou pare pou l gen pitye pou nou, paske Senyè a, se yon Bondye k'ap toujou fè sa ki byen! Benediksyon pou moun ki mete konfyans yo nan li.
(20) Ann fè lwanj Senyè a chak jou! Li pote chay nou pou nou: Se li ki Bondye nou, se li ki delivre nou.
Ala bon sa bon pou moun ki gen Bondye Jakòb la pou tout sekou l, pou moun ki mete tout espwa l nan Senyè a, Bondye li!
Pa janm wete pawòl verite a nan bouch mwen, paske mwen mete tout espwa mwen nan jijman ou yo.
Konsa, frè m yo, gremesi san Kris la ki koule lè li mouri pou nou an, nou gen antre lib kote yo mete apa pou Bondye a. Si moun ki fè sèvis sa yo pou Bondye te lave tout bon anba peche yo, yo pa ta santi yo koupab okenn peche ankò. Yo ta sispann fè ofrann bèt pou touye. Kris la louvri yon chemen nèf pou nou, yon chemen k'ap ban nou lavi, yon chemen ki pase nan mitan vwal la, sa vle di: nan kò l menm. Nou gen yon granprèt ki reskonsab tout kay Bondye a. Ann pwoche bò kote Bondye ak tout kè nou, ak yon konfyans byen chita, san nou pa gen anyen nan kè nou ki pou boulvèse konsyans nou, kò nou menm byen netwaye nan yon dlo byen pwòp.
(1b) Mwen leve je m, mwen gade mòn yo, mwen di: — Ki bò m'a jwenn sekou? Sekou mwen sòti nan men Senyè a. Se li menm ki fè syèl la ak latè a.
Nou vle fè volonte ou, nou konte sou ou. Se ou menm nou anvi wè! Se ou menm n'ap chonje tout tan!
(11) Moun rich konn manke manje, yo konn rete grangou. Men, moun k'ap chache fè volonte Senyè a p'ap manke anyen.
(3) Se pa ti anvi mwen pa anvi wè Bondye, Bondye ki vivan an. Kilè m'a va ale pou m adore Bondye lakay li?
(15) Senyè, se ou ki twou wòch kote m kache a, se ou ki delivrans mwen, mwen mande ou pou pawòl ki sòti nan bouch mwen, ak lide k'ap travay nan tèt mwen fè ou plezi.
(14) Men mwen menm, se ou menm m'ap toujou lapriyè. Reponn mwen, Bondye, lè w'a wè l nesesè, paske ou gen bon kè, paske w'ap toujou pote m sekou.
(2) Mwen rele byen fò nan pye Bondye. Wi, mwen rele nan pye Bondye, li koute mwen. (11) Apre sa mwen di: Men sa k fè m pi mal ankò! Gen lè Bondye ki anwo nan syèl la pa menm jan an ankò? (12) Senyè, m'a rakonte gwo bagay ou te fè yo, paske mwen chonje bèl mèvèy ou te fè nan tan lontan. (13) M'ap kalkile tout sa ou te fè yo, m'ap egzaminen tout gwo bagay estraòdinè ou te fè yo! (14) Tout sa ou fè, Bondye, se bagay apa! Nan tout bondye yo, nanpwen ki gen pouvwa tankou ou! (15) Ou se Bondye ki fè mèvèy. Ou fè nasyon yo wè pouvwa ou. (16) Avèk fòs ponyèt ou ou te delivre pèp ou a, pitit pitit Jakòb yo ak pitit pitit Jozèf yo. (17) Lè dlo yo wè ou, Bondye, dlo yo sòti pè. Lè dlo yo wè ou, fon lanmè yo pran tranble. (18) Nyaj yo pran vide gwo lapli, kout loray pran woule nan nyaj yo, kout zèklè fè yanyan nan tout syèl la. (19) Bri loray la pran woule nan syèl la. Kout zèklè klere toupatou. Tè a sòti pè, li pran tranble. (20) Ou louvri yon chemen pou ou nan mitan lanmè a. Ou pase nan mitan gwo lanmè fon fon an. Men pèsonn pa ka wè mak pye kote ou pase. (3) Lè mwen nan tray, mwen lapriyè nan pye Senyè a. Tout lannwit m'ap lapriyè san rete, mwen pa ka jwenn konsolasyon.
(6) Senyè, ou renmen nou anpil anpil. Ou toujou kenbe pawòl ou. (7) Jistis ou kanpe fèm tankou gwo mòn ou yo. Jijman ou yo se bagay moun pa ka fin konprann. Senyè, se ou menm ki pran swen moun ansanm ak tout bèt yo.
Di Bondye ki gen pouvwa pase tout lòt bondye yo mèsi. Non, li p'ap janm sispann renmen nou!
Konsa, nanpwen diferans ant moun ki jwif ak moun ki pa jwif: yo tout gen yon sèl Mèt ki bay tout moun ki rele l favè l an kantite.
Anvan menm yo fin lapriyè, m'ap gentan reponn yo. Anvan menm yo fèmen bouch yo, m'ap gentan ba yo sa yo mande a.
(12) Men, tout moun ki mete konfyans yo nan ou, fè kè yo kontan. Se pou yo chante san rete tèlman yo kontan. W'ap pwoteje moun ki renmen ou. Ou fè yo chante pou ou tèlman yo kontan.