Gen kèk ti pasaj ki rèd wi, men pifò Bib la fasil pou konprann. Avèk letan, mwen vin wè toulede bò yo vre: Bib la fasil pou konprann, men lè yon bagay difisil... li vrèman difisil pou jwenn sans li. Erezman, 99% Pawòl la pa konplike... e nou dwe obeyi li.
Bib la klè, li di pawòl Bondye a klè e senp pou tout moun ka konprann li. Men, pafwa nou rankontre kèk tèks ki yon ti jan fènwa, ki difisil pou nou konprann. Menm si jodi a nou gen anpil kòmantè biblik ak liv referans ki ka ede nou, menm teyolojyen yo rekonèt gen kèk pasaj nan Bib la ki difisil.
Avèk èd Bondye, epi avèk etid nou ka jwenn sou entènèt la, n ap rive konprann vèsè difisil sa yo. Bondye ap ban nou sajès pou nou konprann yo.
Pèsonn pa janm moute nan syèl la, esèpte Moun Bondye voye nan lachè a ki desann sòti nan syèl la.
Wi. Moun vivan yo konnen yo gen pou yo mouri. Men moun mouri yo pa konn anyen. Yo pa bezwen tann anyen ankò pou sa yo fè. Talè konsa tout moun bliye yo.
— Nonm rich la rele: Abraram papa, gen pitye pou mwen non! Voye Laza tranpe ti bout dwèt li nan yon ti tak dlo pou l mete yon frechè sou lang mwen, paske se pa ti soufri m'ap soufri nan flanm sa a.
Yon moun ak pwòp lespri pa li, li pa kapab asepte verite ki soti nan Lespri Bondye. Pou li se foli k'ap pale. Li pa kapab konprann yo paske se sèl Lespri ki ka ede pran pèz yo.
Piga nou adore yo, ni piga nou sèvi yo. Paske mwen menm, Senyè a, Bondye nou an, mwen se yon Bondye ki fè jalouzi. Lè yon moun rayi m, mwen fè pitit li, pitit pitit li ak pitit pitit pitit li yo peye sa.
Pa gen pouvwa nan lemonn ki te konnen bon konprann sa a. Si yo te konnen l, yo pa ta kloure Senyè ki merite lwanj la sou kwa a.
Senyè a di Moyiz konsa: — Fè pòtre yon sèpan parèy ak sèpan sa yo. Mete l sou yon poto byen wo. Konsa, depi yon sèpan mòde yon moun, moun lan va annik gade pòtre sèpan an, epi li p'ap mouri.Moyiz pran kwiv, li fonn li, li fè yon sèpan parèy ak sèpan yo. Lèfini, li mete l sou yon poto byen wo. Tout moun sèpan mòde, depi yo voye je yo gade sèpan an kwiv la, yo pa mouri.
Jezi reponn yo: — Nou nan lerè wi. Nou pa konprann sa ki ekri nan Liv la, ni nou pa konnen pouvwa Bondye.
Jezi reponn yo: — Nou nan lerè wi. M'ap di nou poukisa: Nou pa konprann sa ki ekri a, nou pa konnen pouvwa Bondye.
Jefte te fè Senyè a yon ve. Li te di: — Si ou lage moun Amon yo nan men m,m'ap ofri ou premye moun ki va sòti lakay mwen vin kontre m lè m'a tounen sòti kraze moun Amon yo. M'ap boule l nèt nan dife pou ou.
Men sa Senyè ki gen tout pouvwa a voye di ou: Li pral pini moun Amalèk yo paske yo te kenbe tèt ak pèp Izrayèl la lè yo t'ap moute sòti peyi Lejip.Kounyeya, leve al atake moun Amalèk yo. W'a pran tou sa ki pou yo, w'a ofri yo bay Senyè a. Ou p'ap gen pitye pou pèsonn lakay yo: N'a touye fanm kou gason, timoun ak ti bebe nan tete, ata bèf, mouton, chamo ak bourik.
Lè yo rive bò glasi Nakon an, bèf yo bite, yo manke tonbe. Ouza lonje men l, li soutni Bwat Kontra a.Men Senyè a move sou Ouza, li touye l frèt paske li pat gendwa manyen Bwat Kontra a. Ouza mouri la toupre Bwat Kontra a.
Yo t'ap mache ansanm, yo t'ap pale yonn ak lòt lè yon cha dife ak chwal dife vin nan mitan yo. Epi li pote Eli moute nan syèl nan yon gwo toubouyon.
Yon jou, zanj Bondye yo te reyini ak Senyè a. Satan te vini tou.Senyè a mande l konsa: — Kote ou sòti? Satan reponn: — M sot moute desann toupatou sou latè. Mwen t'ap pwonmennen gade!Senyè a di Satan konsa: — Eske ou te wè Jòb, sèvitè m lan? Pa gen tankou l sou tout latè. Se yon nonm san repwòch ki mache dwat nan tou sa l'ap fè. Li gen krentif pou Bondye, li toujou ap chache fè sa ki byen.Satan reponn li: — Atò, se pou gremesi Jòb gen krentif pou ou konsa a?Ou toujou pwoteje l, li menm, moun lakay li ansanm ak tou sa li genyen. Ou beni tou sa l'ap fè. Bèt li yo plen peyi a.Men, kite ou manyen byen li yo pou ou wè, m garanti ou, l'ap di sa l pat dwe di sou ou nan figi ou! Senyè a di Satan: — Bon! Ou mèt fè sa ou vle ak byen l yo. Men, m tou pale ou, li menm, pa manyen l! Se konsa Satan vire do l, l ale.
Li te kwè frè l yo ta konprann travay Bondye ki te chwazi l pou delivre yo a. Men, yo pat konprann sa.
Pa reponn moun sòt yo menm jan yo pale a, pou ou pa parèt sòt menm jan ak yo. Reponn moun sòt yo dapre jan yo pale a, w'a fè yo wè se moun sòt yo ye.
Lè ou gade byen, sò moun ak sò zannimo, se menm bagay. Ni yonn, ni lòt gen pou mouri. Se menm souf la ki nan toulede. Moun pa gen okenn avantaj sou zannimo, paske lavi pa vo anyen ni pou yonn ni pou lòt. Toulede pral menm kote Toulede soti nan pousyè tè. Toulede ap tounen nan pousyè tè.
Men, se pou peche nou kifè yo te mete san l deyò konsa. Se akòz mechanste nou kifè yo te kraze l anba kou konsa. Chatiman ki te pou nou an se sou li li tonbe. Se konsa li ban nou kè poze. Avèk tout kou li te resevwa yo, li ban nou gerizon.
Se mwen menm ki konnen sa m'gen nan tèt nou pou nou. Se mwen menm Senyè a k'ap pale. Se pwojè byen mwen gen pou nou, se pa pwojè malè. Sa mwen vle pou nou, se yon denmen ki chaje espwa.
Premye fwa Senyè a t'ap bay Oze mesaj pou pèp Izrayèl la, li di li konsa: — Leve non! Ale pran yon fanm jennès marye avè li. Timoun w'ap fè ak li yo ap gen menm san jennès la. Paske tout peyi a nèt vire do ban mwen. Yo pa kenbe pawòl yo ak mwen.Se konsa, Oze leve, l'al marye ak Gomè, pitit fi Diblayim. Gomè vin ansent, li fè yon pitit gason.
Ou janm wè yo kònen klewon pou fè konnen lagè pral konmanse pou kè moun pa kase? Eske malè ka tonbe sou yon lavil si se pa Senyè a ki lakòz?
Y'a reponn li: Non monchè. Senyè a te moutre ou sa ki byen. Tou sa li mande ou, se pou ou fè sa ki dwat, se pou ou gen kè sansib nan tout sa w'ap fè, se pou ou mache san lògèy devan li.
Senyè ki gen tout pouvwa a pale, li di ankò: — Nepe, leve non! Al atake gadò mouton m yo, moun k'ap travay avè m lan. Touye l pou bann mouton an ka gaye. M'ap pini ata moun ki pi piti yo.Nan tout peyi a, sou chak twa moun, de pral mouri, yonn va rete.Mwen pral pase rès moun sa yo nan dife. Mwen pral netwaye yo menm jan yo netwaye ajan nan dife. Mwen pral wè ki kalite moun yo ye menm jan yo pase lò nan dife pou wè si li bon. Y'a lapriyè nan pye m, m'a reponn yo. M'a di yo se pèp pa m yo ye. Y'a di se mwen menm, Senyè a, ki Bondye yo.
Si se grenn je dwat ou ki pou ta fè ou tonbe nan peche, rache l voye jete byen lwen ou. Pito ou pèdi yon sèl manm nan kò ou, pase pou yo voye tout kò ou nèt jete nan lanfè.Si se men dwat ou ki pou ta fè ou tonbe nan peche, koupe l voye jete byen lwen ou. Pito ou pèdi yon sèl nan manm ou yo, pase pou tout kò a nèt al nan lanfè.
— Pa mete nan tèt nou se lapè mwen vin mete sou latè. Mwen pa vin mete lapè, men mwen vin mete divizyon.Mwen vin mete divizyon ant pitit gason ak papa yo, ant pitit fi ak manman yo, ant bèlfi ak bèlmè yo.Se pwòp fanmi nou ki va pi gwo lènmi nou.
— Si se men ou osinon pye ou ki pou ta fè ou tonbe nan peche, koupe l voye jete byen lwen ou. Pito ou antre nan lavi a ak yon sèl men osinon ak yon sèl pye, pase pou ou rete ak de men ou osinon ak de pye ou, epi pou yo jete ou nan dife ki p'ap janm fini an.Si se je ou ki pou ta fè ou tonbe nan peche, rache li voye jete byen lwen ou. Pito ou antre nan lavi a ak yon sèl grenn je, pase pou ou rete ak tou de je ou epi pou yo jete ou nan dife lanfè a.
M'ap di nou sa ankò: l'ap pi fasil pou yon bèf pase nan yon je zegwi pase pou yon moun rich antre nan Peyi Wa ki nan syèl la.
Vè twazè, Jezi rele byen fò, li di: — Eli, Eli lema sabaktani? (Ki vle di: Bondye, Bondye, poukisa ou lage m konsa?)
Li di yo: — Nou menm yo bay sekrè Peyi kote Bondye Wa a. Men moun ki deyò yo, se sèl parabòl la yo tande.Konsa Yo mèt gade byen gade, men yo p'ap wè. Yo mèt tande byen tande, men yo p'ap konprann, pou yo pa tounen vin jwenn Bondye, pou Bondye padonnen peche yo.
— Yon moun ki vin jwenn mwen, si li pa rayi papa l, manman l, pitit li, frè l, sè l, menm pwòp tèt pa l, li pa kapab disip mwen.
— Simon, Simon, koute: Satan mande pouvwa pou l pase nou tout nan laye, tankou grenn y'ap vannen.Men, mwen lapriyè pou ou, Simon, pou konfyans ou nan Bondye pa febli. Ou menm, lè w'a tounen vin jwenn mwen, bay frè ou yo fòs.
Bon. Kisa n'a di kounyeya? Sa pèp Izrayèl la t'ap chache a, li pat jwenn li. Men, moun Bondye te chwazi yo, se yo ase ki jwenn li. Kanta pou lòt yo, yo vin gen tèt di,dapre jan sa te ekri nan Liv la: Bondye te rann lespri yo lou, yo gen je, men yo pa ka wè. Yo gen zòrèy, men yo pa ka tande jouk jòdi a.David, bò pa l, di tou: Se pou resèpsyon y'ap fè yo tounen yon senn, yon pèlen pou yo, pou yo menm yo pran ladan l, pou yo resevwa chatiman yo.Se pou je yo bouche pou yo pa wè menm. Fè yo mache do ba tout tan.
Se konsa, Bondye chwazi moun lèzòm konsidere tankou moun sòt pou l fè moun ki gen bon konprann yo wont. Li chwazi moun lèzòm konsidere tankou moun ki fèb pou l fè grannèg yo wont.Li chwazi moun lèzòm gade pou anyen, moun yo meprize, moun ki pa menm egziste pou yo, pou li te ka kraze sa ki gen enpòtans pou moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn.Konsa, pa gen moun ki ka fè grandizè devan Bondye.
Si yon moun manje pen sa a, si l bwè nan gode sa a san li pa rekonèt rapò pen an ansanm ak diven an gen avèk kò Senyè a, se rale l'ap rale yon jijman sou tèt li lè l'ap manje pen an ak lè l'ap bwè nan gode a.
Kanta moun k'ap boulvèse nou konsa sou kèsyon sikonsizyon an, yo ta mèt tou fè chatre yo, fin ak sa.
Paske, se pa ak moun nou gen pou nou goumen. Men, se ak move lespri ki nan syèl la, ak chèf, ak pouvwa, ak otorite k'ap gouvènen nan fènwa ki sou latè a.
Paske nou menm k'ap sèvi Kris la, Bondye ban nou favè sa a, non sèlman pou nou gen konfyans nan li, men pou nou ka soufri avè li tou.
Pa kite nou kraponnen devan moun nou wè k'ap sèvi zanj, ki swadizan p'ap vante tèt yo a. Moun konsa toujou ap mache rakonte vizyon yo fè. Yo gonfle ak lògèy poutèt yon bann lide lèzòm foure nan tèt yo.Moun konsa p'ap viv ansanm ak Kris la ki tèt kò a. Se Kris la k'ap nouri tout kò a, k'ap kenbe l byen kanpe ak tout jwenti l ak tout venn li yo byen solid. Se li menm k'ap fè l grandi jan Bondye vle l la.
Men fanm lan va sove lè li vin manman, si li kenbe fèm nan konfyans li, nan renmen, si li rete tou senp epi apa pou Bondye.
Tou sa ki ekri [ nan liv la ] se Bondye ki enspire yo. Yo itil pou moutre verite, pou konbat erè, pou korije, pou moutre jan pou viv dwat.
Moun ki te resevwa limyè Bondye a yon fwa deja, yo te goute kado Bondye te ba yo a, yo te resevwa pòsyon pa yo nan Sentespri Bondye a.Yo te goute pawòl Bondye a, yo te wè l te gou. Yo te santi nan lavi yo pouvwa k'ap travay nan tan k'ap vini an.Apre sa, si yo voye konfyans yo nan Bondye jete, pa gen mwayen pou yo tounen vin jwenn Bondye ankò. Paske, yo kloure Pitit Bondye a yon dezyèm fwa sou kwa a. Yo fè l wont devan tout moun ankò.
Ou wè, se pa sèlman paske yon moun gen lafwa kifè Bondye fè li gras, men se paske, anmenmtan, li fè sa ki byen tou.
Ak pouvwa menm Lespri a, li t'al preche nanm ki nan prizon yo,nanm moun tan lontan ki te derefize kwè nan Bondye lè li t'ap pran pasyans pou yo pandan Noye t'ap bati gwo batiman an. Nan batiman sa a, se wit moun ase ki te antre sove anba dlo inondasyon an.
Si yon moun wè yon frè l fè yon peche ki p'ap fè l mouri, se pou l lapriyè Bondye pou Bondye bay frè a lavi. Pren-sip sa a bon pou moun ki fè peche ki p'ap fè yo mouri. Men, gen yon kalite peche ki mennen yon moun tou dwat nan lanmò. Mwen pa di pou yo lapriyè pou moun ki fè kalite peche sa yo.
Mwen konnen tou sa w'ap fè. Mwen konnen ou pa ni cho ni frèt. Pito ou te cho osinon ou te frèt.Men, ou tyèd, ou pa cho, ou pa frèt. Mwen pral vonmi ou sòti nan bouch mwen.
Tout moun sou latè pral adore l, sa vle di tout moun ki pat gen non yo ekri nan liv ki gen non moun ki gen lavi a depi lè Bondye t'ap kreye tout bagay la, liv ki pou ti Mouton yo te touye a.
L'ap kenbe pwomès li pou tout tan jouk sou mil jenerasyon, de pitit an pitit. L'ap toujou padonnen sa nou fè ki mal, sa nou te dwe fè nou pa fè, ak peche nou yo. Men, li pa nan kase fèy kouvri sa. Lè yon moun fè yon peche, l'ap pini pitit li yo, pitit pitit li yo ak pitit pitit pitit li yo pou sa li fè a, jouk sou twazyèm ak katriyèm jenerasyon.
Se mwen menm ki Senyè a, mwen pa an kòlè fasil, mwen p'ap janm sispann renmen nou. M'ap toujou padonnen sa nou fè ki mal ak sa nou te dwe fè nou pa fè. Men, mwen pa nan kase fèy kouvri sa ak pèsonn. Si yon moun fè yon bagay mal, m'ap pini pitit li, pitit pitit li, ak pitit pitit pitit li yo pou sa li fè a, jouk sou twazyèm ak katriyèm jenerasyon.
Yon jou, bò aswè, David te fin fè yon ti poze, li leve, li sòti al sou teras ki anwo palè a. Antan li la, li wè yon fanm ki t'ap benyen. Fanm lan te bèl anpi.Li voye chache konnen ki fanm sa a. Yo vin di li se Batcheba, pitit fi Eliyam, madanm Iri, moun peyi Et la.David voye moun ankachèt al pran li mennen ba li. Li kouche ak madanm lan. Lè sa a, Batcheba te fèk fin fè sèvis apre règ li. Apre sa, Batcheba tounen lakay li.Fanm lan vin ansent, epi li voye fè David konnen sa.
Elize kite lavil Jeriko, l'ale lavil Betèl. Li t'ap mache sou chemen an konsa, lè yon bann ti gason sòti lavil la, yo pran pase l nan betiz, yo t'ap rele: — Al fè wout ou, tèt chòv! Al fè wout ou, tèt chòv!Elize vire, li gade ti gason yo, li ba yo madichon nan non Senyè a. Lamenm, de lous sòti nan rakbwa a, yo dechire karannde nan ti gason yo.
Nou menm moun, se nan vant fanm nou sòti. Lavi nou kout, men li pa manke traka!Nou parèt tankou yon flè. Epi lamenm nou fennen. Nou disparèt tankou yon nyaj k'ap pase.
(4) Malveyan yo pèvèti depi nan vant manman yo. Moun k'ap bay manti yo gen madichon depi yo fèt.
Lè sa a, mwen santi m dekouraje; sa te fè m mal anpil.Mwen te sòt, mwen pat konprann anyen. Mwen te tankou yon bèt devan ou.
Wi, se ou ki fòme tout pati nan kò m, se ou ki ranje yo byen ranje nan vant manman m.M'ap fè lwanj ou, paske ou pa manke fè bèl bagay. Tou sa ou fè se bèl bagay. Mwen konn sa byen.
Chache gen konesans, se premye bagay yon nonm lespri dwe fè. Nenpòt kisa ou ka genyen, bay li pou ou vin gen konprann.
Nan lavi a, anyen pa anyen, Non, anyen pa anyen nan lavi a. Se pawòl filozòf la. Tout bagay gen pou kaba.Yon moun te mèt pase tout lavi l ap travay di, ap bay kò l traka sou latè beni, kisa sa rapòte l?
Epi lè sa a, li di m: — Ale non. Men sa pou ou di pèp la: Louvri zòrèy nou jan nou vle, men nou p'ap konprann anyen! Louvri je nou jan nou vle, men nou p'ap wè sa k'ap rive!Fè lespri pèp la vin lou! Bouche zòrèy yo! Mare je yo! Konsa, yo p'ap ka tande, yo p'ap ka wè, yo p'ap ka konprann. Yo p'ap ka tounen vin jwenn mwen pou m geri yo.
Pèp la va reponn: — Ki moun ki te kwè sa n'ap tande la a? Ki moun ki rekonèt travay Bondye a nan sa ki rive la a?
Li ka fè nou lapenn, men l'ap gen pitye pou nou paske li renmen nou anpil.Li pa pran plezi nan fè nou soufri, ni nan ban nou lapenn.
Sèt fwa swasanndizan an, se tan sa a Bondye fikse pou l delivre pèp li a ansanm ak lavil ki apa pou li a anba peche ak mechanste. Lè lè sa a va rive, l'ap padonnen tout peche. Tout moun pral mache dwat pou tout tan. Konsa, tou sa yo te anonse nan vizyon an ak nan mesay pwofèt la va rive. Yo pral mete lotèl la apa pou Bondye ankò.
Sa pral rèd nèt pou moun ki anvi wè jou Senyè a rive! Kisa jou sa a ap fè pou yo? Se pral yon jou fènwa, se p'ap yon jou limyè.Se va tankou yon nonm k'ap kouri pou lapli, epi li tonbe larivyè. Ou ankò, tankou yon moun ki rive lakay li, li mete men l sou panno kay la, epi yon krab zarenyen mode l.Jou Senyè a ap vini an, va fè nwa kou lank, p'ap fè klate. Se va yon jou fènwa, san yon ti limyè.
Bondye sitèlman renmen lèzòm, li bay sèl pitit li a pou yo. Konsa, moun ki mete konfyans yo nan li, yo p'ap peri. Okontrè, y'a gen lavi ki p'ap janm fini an.Bondye pa voye Pitit li a sou latè pou kondannen lèzòm, men pito pou l te kapab delivre yo. — Moun ki mete konfyans yo nan Pitit Bondye a, yo p'ap kondannen. Men moun ki pa kwè nan li, yo deja kondannen. Paske yo pa mete konfyans yo nan sèl Pitit Bondye a.
Se li menm tou ki kreye tout nasyon ki rete toupatou sou latè. Li fè yo tout sòti nan yon sèl moun. Li te fikse davans tan ki pou yo chak, ak limit kote pou yo chak rete.
Men, Bondye gen jan pa l pou l chwazi moun. Bondye pa chwazi yon moun paske moun lan fè anyen pou sa, men paske Bondye vle chwazi li. Enben, pou fè nou wè se konsa li toujou fè, Bondye pale ak Rebeka anvan menm timoun yo te fèt, anvan menm yo te fè anyen ni an byen ni an mal. Li di l konsa: Pi gran an gen pou sèvi pi piti a.Dapre sa ki te ekri: Mwen pi fèb pou Jakòb pase Ezayi.
O, gade jan Bondye rich non! Bon konprann li, konesans li, nou pa ka sonde yo! Sa depase nou anpil. Ki moun ki ka esplike jijman Bondye? Ki moun ki konprann lide li gen nan tèt li? Jan sa ekri nan Liv la: Ki moun ki konnen sa k'ap pase nan tèt Mèt la? Ki moun ki ka ba li konsèy?Ki moun ki te janm ba li kichòy nan lide pou Bondye renmèt li sa?Se li menm, Bondye, ki fè tout bagay. Se gremesi li tout bagay la. Se pou li tout bagay ye. Lwanj pou Bondye tout tan tout tan! Amèn.
Men, jan sa te ekri nan Liv la: Bagay pèsonn pat janm wè, ni pat janm tande, bagay okenn moun pat janm mete nan tèt yo, se sa Bondye te pare pou moun ki renmen li.
Kounyeya ann konsidere moun ki resevwa batèm pou moun ki mouri deja yo: Dèyè kisa yo te ye menm lè yo te fè sa? Si se vre moun mouri pa janm leve jan yo di a, poukisa pou yo te resevwa batèm pou moun ki mouri deja yo?
Kounyeya pa gen diferans ant moun ki jwif ak moun ki pa jwif, pa gen diferans ant moun ki esklav ak moun ki pa esklav, ant fanm ak gason. Nou tout nou fè yonn nan Jezikri.
Byen lontan anvan Bondye kreye lemonn, li chwazi nou nan Kris pou nou kapab viv apa pou li, pou nou san repwòch devan li. Nan renmen li renmen nou an,
Men, se pa sa sèlman. Se tout bagay menm ki pa vo anyen pou mwen, lè m konpare yo ak gwo avantaj mwen genyen lè m konnen Jezikri tankou Senyè mwen. Poutèt li, mwen voye tout bagay jete, mwen gade yo tankou fatra pou m sa gen Kris la,pou m ka viv ansanm avè l nèt ale. Konsa, mwen pa gen pretansyon mwen bon paske mwen fè sa lalwa a mande. Men, Bondye fè m gras paske mwen mete konfyans mwen nan Kris la. Wi, Bondye fè tout moun ki mete konfyans yo nan li gras.
Se Bondye menm ki te vle pou tou sa l ye a, se sa pou Kris la ye tou.Se li menm tou ki te vle fè tout bagay byen avè li ankò, gremesi Kris la, tou sa ki sou latè ak tou sa ki nan syèl la. Li mete lapè toupatou, gremesi san Kris la ki koule sou kwa a.
Lè n'ap tande moun ap di: Gen lapè toupatou, tout bagay byen sou kontwòl, se lè sa a, san nou pa atann, n'ap wè kòlè Bondye a tonbe sou yo pou detwi yo. Se tankou lè doulè tranche sezi yon fanm ansent. P'ap gen chape pou yo.
Tout moun fèt pou rekonèt jan sekrè relijyon nou an se yo gwo zafè. Li te parèt tankou yon moun. Lespri a fè nou wè jan li mache dwat devan Bondye. Epi tout zanj yo te wè l tou. Se li menm y'ap mache fè konnen nan tout nasyon. Se nan li moun toupatou mete konfyans yo. Apre sa, yo resevwa l nan syèl la.
Fè jefò pou ou ka resevwa lwanj nan men Bondye tankou yon travayè ki pa wont travay li fè, yon travayè ki fè konnen pawòl verite Bondye a jan l ye a.
Paske, gen moun ki rebèl, k'ap mache twonpe moun ak pawòl san sans. Gen anpil jwif konvèti ki konsa nan mitan yo.Se pou nou fèmen bouch moun sa yo. Yo boulvèse anpil fanmi deja ak move bagay y'ap anseye yo. Y'ap fè tou sa, pou yo ka fè lajan nan move kondisyon.
Men moun ki obsève tout lalwa a, men ki dezobeyi menm yon sèl nan kòmandman yo, se tankou si li te dezobeyi tout nèt.
Men nou menm, nou se yon ras Bondye chwazi, prèt k'ap sèvi wa a, nasyon k'ap viv apa pou Bondye, pèp li peye pou li a. Li fè tou sa, pou nou te ka fè tout moun konnen bèl bagay Bondye te fè yo, Bondye ki rele nou soti nan fènwa a pou nou antre nan bèl limyè li a.
— Tout moun ki goumen jouk yo genyen batay la pral mete rad blan an sou yo. Mwen p'ap wete non yo nan liv ki gen non moun ki gen lavi a. M'ap rekonèt yo pou moun pa m devan Papa mwen ak devan zanj li yo.
Apre sa, mwen wè yon gwo fòtèy blan ak moun ki te chita sou li a. Syèl la ak tè a pran kouri devan l, yo disparèt nèt ale.Apre sa, mwen wè tout moun ki te mouri yo, gran kou piti, kanpe devan fòtèy la. Yo louvri yon bann liv. Apre sa, yo louvri liv ki gen non moun ki gen lavi yo. Yo jije tout moun mouri yo dapre sa yo te fè, dapre sa ki te ekri nan liv yo.Lanmè a renmèt tout moun mouri ki te nan fon li. Lanmò ak kote mò yo ye a renmèt tout mò ki te nan men yo. Yo jije tout mò sa yo dapre sa yo te fè.Apre sa, yo jete lanmò ansanm ak kote mò yo ye a nan letan dife a. (Letan dife sa a, se li menm ki dezyèm lanmò a.)Tout moun ki pat gen non yo ekri nan liv ki gen non moun ki gen lavi a, yo jete yo nan letan dife a tou.
Li gen pou l cheche tout dlo nan je yo. P'ap gen lanmò ankò, yo p'ap nan lapenn ankò, yo p'ap janm plenyen ankò, yo p'ap janm soufri ankò. Tout vye bagay sa yo pral disparèt.
Mwen menm Jan, men sa m'ap di tout moun ki tande pawòl Bondye ki nan liv sa a. Si yon moun mete nan pawòl sa yo anyen ki pat ladan l, Bondye va mete tout kalamite yo pale nan liv sa a sou chatiman li merite a.Konsa tou, si yon moun wete anyen nan pawòl Bondye ki nan liv sa a, Bondye va wete pòsyon ki ta pou li nan pyebwa ki bay lavi a ak nan lavil Bondye a, nan pyebwa ak lavil yo pale nan liv sa a.