Nwèl se yon bèl moman pou nou medite sou gran lanmou Bondye te montre nou lè li te voye Jezi, pitit li a, sou latè. Se yon bon okazyon tou pou pataje mesaj sa a ak lanmou sa a ak moun ki bò kote nou yo.
Sonje byen, Nwèl se youn nan pi gwo fèt nan Krisyanis la, menm jan ak Pak ak Pannkòt. Se lè sa a nou selebre nesans Jezikri nan Bètleyèm.
Nan moman sa a, kè nou pi louvri, nou plis konsyan de sa nou genyen, de sa n ap santi. Ann di Bondye mèsi pou tout sa li fè pou nou pandan tout ane a. Jan yo di nan liv Izayi a (9:6) : "Yo ban nou yon pitit gason, yo ban nou yon pitit. Pouvwa a sou zepòl li. Y'a rele l': Bon konseye, Bondye ki gen pouvwa, Papa ki la pou tout tan, Prens ki bay kè poze."
Se pou pwomès Bondye yo, pandan Nwèl sa a, ban nou fòs pou nou viv yon lòt jan. Se pou nou konprann valè san li te vèse sou kwa a pou nou. Se pou nou vire do bay tout move bagay nan lemonn, pou nou devlope bonte ak jenewozite nan kè nou, pou lanmou grandi nan nou, epi pou nou gen pasyans, jan nou te resevwa l' lè nou te batize.
Pa bliye, pou nou ka kanpe djanm nan lavi a, fòk nou ajenou devan Bondye.
Jezi te fèt Betlyèm nan Jide sou wa Ewòd. Apre li fèt, kèk espesyalis nan etid zetwal te soti peyi solèy leve, yo rive Jerizalèm.Yo t'ap mande: — Kote wa jwif yo ki fèk fèt la. Nou wè zetwal li depi peyi nou. Nou vin pou adore li.
Y'ap fè britalite sou britalite. Y'ap twonpe moun yonn dèyè lòt. Yo derefize rekonèt mwen. Se Senyè a menm ki di sa.
Antan yo te la, jou pou Mari te akouche a rive.Li fè premye pitit li a, yon ti gason. Mari vlope pitit la nan kouchèt, li mete l kouche nan yon kay kote yo bay bèt manje, paske pat gen plas pou yo nan lotèl la.
Jozèf te rete Galile nan bouk Nazarèt. Men paske li te moun nan fanmi ras David, li moute, l'ale nan Jide, nan Betleyèm, vil David.Jozèf ta pral fè yo pran non l ansanm ak non Mari, fyanse li, ki te ansent.
Zanj lan reponn li: — Sentespri a pral vin sou ou. Pouvwa Bondye ki anwo nan syèl la pral kouvri ou tankou yon lonbray. Se pou sa tou, tipitit ki pral fèt la pral viv apa pou Bondye, y'a rele l Pitit Bondye.
Men, zanj lan di li: — Pa pè, Mari. Ou jwenn favè nan men Bondye.Ou pral vin ansent, ou va fè yon pitit gason. W'a rele l Jezi.
Li pral fè yon pitit gason. W'a rele l Jezi. Se li menm ki pral delivre pèp li a anba peche l yo. Tou sa pase konsa pou pawòl Bondye te mete nan bouch pwofèt la te ka rive vre. Men sa l te di: Men li, jenn fi a pral ansent, li pral fè yon pitit gason. Y'a rele l Emannwèl. (Non sa a vle di: Bondye avèk nou.)
Men, lè lè a rive, Bondye te voye pwòp pitit li. Li sòti nan vant yon fanm, li viv anba lalwa jwif yo,pou l te ka delivre tout moun ki te anba lalwa pou n te kapab vin pitit Bondye.
Li fè premye pitit li a, yon ti gason. Mari vlope pitit la nan kouchèt, li mete l kouche nan yon kay kote yo bay bèt manje, paske pat gen plas pou yo nan lotèl la.
Yo antre nan kay la, yo wè ti pitit la ansanm ak Mari, manman li. Yo mete ajenou devan l, yo adore l. Apre sa, yo louvri sak yo, yo ba li anpil kado: te gen lò, lansan ak lami.
Pawòl la tounen moun. Li te vin viv nan mitan nou, li mennen yon lavi ki te konfòm nèt ak verite a, ak renmen nan tout kè li. Nou wè pouvwa li, se te pouvwa Bondye Papa a te bay sèl Pitit li a.
Tou sa pase konsa pou pawòl Bondye te mete nan bouch pwofèt la te ka rive vre. Men sa l te di: Men li, jenn fi a pral ansent, li pral fè yon pitit gason. Y'a rele l Emannwèl. (Non sa a vle di: Bondye avèk nou.)
Men zanj lan di yo konsa: — Pa pè. Mwen vin anonse nou yon bonnouvèl ki pral fè tout pèp la kontan anpil.Jòdi a, nan lavil David la, nou gen yon Sovè ki fenk fèt: se Kris la, Senyè a.
Nou gen yon ti pitit ki fenk fèt. Bondye ban nou yon gason. Se li menm ki pral chèf nou. Y'a rele l: Bon konseye k'ap fè bèl bagay la, Bondye ki gen tout pouvwa a, Papa ki la pou tout tan an, Wa k'ap bay kè poze a!Gouvènman li p'ap gen finisman. Nan peyi l'ap gouvènen an se va kè poze san rete. L'ap chita sou fòtèy wa David la. L'ap gouvènen peyi wa David la. L'ap fè gouvènman an byen chita, l'ap ba li bon pye paske l'ap fè sa ki dwat. Li p'ap nan patipri, depi kounyeya jouk sa kaba. Se Senyè ki gen tout pouvwa a ki sòti pou fè tou sa rive vre!
Jozèf te rete Galile nan bouk Nazarèt. Men paske li te moun nan fanmi ras David, li moute, l'ale nan Jide, nan Betleyèm, vil David.Jozèf ta pral fè yo pran non l ansanm ak non Mari, fyanse li, ki te ansent.Antan yo te la, jou pou Mari te akouche a rive.Li fè premye pitit li a, yon ti gason. Mari vlope pitit la nan kouchèt, li mete l kouche nan yon kay kote yo bay bèt manje, paske pat gen plas pou yo nan lotèl la.
Menm lè a, yon foul lòt zanj nan syèl la vin jwenn zanj lan. Yo t'ap fè lwanj Bondye, yo t'ap di konsa: Lwanj pou Bondye nan syèl la, kè poze pou tout moun sou latè ki byen dispoze.
Senyè a di ankò: Men ou menm, lavil Betleyèm, Efrata, ou se yonn nan pi piti nan tout lavil peyi Jida yo, se vre! Men, se nan mitan ou m'ap fè sòti pou mwen yon chèf pou pèp Izrayèl la, yon chèf k'ap sòti nan yon fanmi ki la depi lontan lontan.
Men kijan Jezikri te rive fèt. Manman li Mari te fyanse ak Jozèf. Anvan menm yo te antre viv nan kay ansanm, Sentespri fè Mari vin twouve li ansent.Jozèf, fyanse l la, te yon nonm dwat. Li pat vle fè eskandal ak sa. Li te vle kase fiyansay la san bri san kont.
Nan menm zòn sa a, te gen gadò mouton ki t'ap pase nwit la deyò ap veye mouton yo.Lè sa a, yon zanj Bondye parèt devan yo, bèl limyè Bondye a klere tout kote yo te ye a. Yo te pè anpil.Men zanj lan di yo konsa: — Pa pè. Mwen vin anonse nou yon bonnouvèl ki pral fè tout pèp la kontan anpil.Jòdi a, nan lavil David la, nou gen yon Sovè ki fenk fèt: se Kris la, Senyè a.Men ki siy k'ap fè nou rekonèt li: n'a jwenn yon tibebe vlope nan kouchèt ki kouche nan yon ganmèl kote yo bay bèt manje.
Zanj yo kite gadò mouton yo, yo tounen al nan syèl la. Lè sa a, gadò mouton yo yonn di lòt: — Ann al jouk Betleyèm, ann al wè sa ki rive, sa Bondye fè nou konnen an.Yo prese ale, yo jwenn Mari ak Jozèf, ansanm ak ti pitit la kouche kote yo bay bèt manje a.
Nou tout ki rete sou latè, rele pou fè lwanj Senyè a tèlman nou kontan! Rele! Fè fèt! Chante!Chante pou Senyè a avèk gita! Avèk gita, chante kantik!Soufle klewon, kònen lanbi! Rele devan Senyè a sitèlman nou kontan, paske se li ki wa.
Menm jan yon boujon pouse soti nan rasin yon pyebwa yo koupe, yon ti kreyòl soti nan chouk li, se konsa tou yon wa pral soti nan ras David la. Lespri Bondye a pral desann sou li. L'ap ba li bon konprann ak lespri. L'ap ba li konesans ak ladrès pou l dirije. L'ap fè l konn Senyè a, l'ap fè l gen krentif pou li.
Ou pral vin ansent, ou va fè yon pitit gason. W'a rele l Jezi.Y'ap ba li anpil konsiderasyon, y'a rele li Pitit Bondye ki nan syèl la. Mèt la, Bondye nou an, va fè li wa tankou David, granpapa li.L'a gouvènen pèp Izrayèl la pou tout tan, gouvènman l lan p'ap janm fini.
Apre wa a te fin di yo sa, nèg save yo pati. Lè sa a, zetwal yo te wè nan peyi solèy leve a parèt devan yo ankò. Li t'ap mache devan yo. Zetwal la kontinye konsa jouk li rive sou tèt kay kote ti pitit la te ye a. Epi l rete.Lè yo te wè zetwal la, yo pat manke kontan.Yo antre nan kay la, yo wè ti pitit la ansanm ak Mari, manman li. Yo mete ajenou devan l, yo adore l. Apre sa, yo louvri sak yo, yo ba li anpil kado: te gen lò, lansan ak lami.
Apre sa, gadò mouton yo al fè wout yo. Yo t'ap di jan Bondye gen pouvwa, yo t'ap fè lwanj li, paske tou sa yo te tande ak tou sa yo te wè a te dakò ak sa zanj lan te fè yo konnen.
Pèp ki t'ap mache nan fènwa a wè yon gwo limyè. Yo te rete nan yon peyi kouvri ak fènwa. Men, kounyeya yon limyè vin klere yo!
Simeyon rele benediksyon Bondye sou yo, li di Mari, manman Jezi: — Bondye chwazi pitit sa a. L'ap lakòz anpil moun nan pèp Izrayèl la tonbe. Men, l'ap fè anpil moun nan pèp la jwenn delivrans tou. Li pral yon siy pou Bondye, men moun p'ap vle wè li.Se konsa l'ap devwale tout lide k'ap travay nan fon kè anpil moun. Kanta pou ou menm, Mari, doulè gen pou fann kè ou tankou yon nepe.
Apre sa, Bondye pale ak nèg save yo nan dòmi, li avèti yo pou yo pa tounen bò kote Ewòd ankò. Se konsa mesye yo fè yon lòt wout pou yo tounen al nan peyi yo.
Moun li rele pitit li yo, se moun ki gen yon kò ki fèt ak chè ak san. Jezi vin tankou yo tou, menm chè ak yo, menm san ak yo. Konsa, lè li mouri, li detwi Satan ki te gen pouvwa pou touye moun.Li delivre tout moun ki pase tout lavi yo esklav paske yo te pè lanmò.
Chante yon chante tou nèf pou Senyè a! Nou tout ki rete sou latè, chante pou Senyè a!Chante pou Senyè a, fè lwanj li! Chak jou, fè konnen jan li delivre nou.Fè nasyon yo konnen pouvwa li. Fè tout pèp yo konnen bèl bagay li fè yo.
Bondye sitèlman renmen lèzòm, li bay sèl pitit li a pou yo. Konsa, moun ki mete konfyans yo nan li, yo p'ap peri. Okontrè, y'a gen lavi ki p'ap janm fini an.
Lè sa a, Mari di: Kite m' chante pou Mèt ki gen tout pouvwa a.Lespri m pran plezi nan Bondye ki delivrans mwen.
Ann chante pou Mèt la, Bondye pèp Izrayèl la. Paske, li vin sove pèp li a, li delivre yo anba esklavaj.Li voye yon moun avèk gwo pouvwa pou delivre nou. Se nan laras David, sèvitè Bondye a, li sòti.Se sa menm Bondye te fè konnen nan bouch pwofèt li yo depi nan tan lontan.
Jozèf rete la jouk lè Ewòd mouri. Se konsa, pawòl Bondye te mete nan bouch pwofèt la te rive vre. Li te di: Mwen rele pitit mwen, mwen fè l sòti kite peyi Lejip.
Leve kanpe! Ou pral klere tankou solèy. Pouvwa Senyè a pral klere sou ou.Lòt nasyon yo nan fènwa, yon nyaj kouvri lòt pèp yo. Men limyè Senyè a pral leve sou nou! Pouvwa li pral parèt sou nou!Nasyon yo pral kouri vin nan limyè nou an. Tout wa yo pral kouri vin nan klète jou k'ap leve pou nou an.
Lè Jozèf leve nan dòmi an, li fè tou sa zanj Bondye a te di l fè: li pran madanm li lakay li.Men, Jozèf pat kouche ak Mari, jouk lè li te fin akouche yon ti gason. Jozèf te rele pitit la Jezi.
— Kanta ou menm, pitit mwen, y'a rele ou: Pwofèt Bondye ki anwo nan syèl la. Paske, w'a pran devan Mèt la pou pare chemen an pou li.Ou pral moutre pèp la ki jan l'ap delivre yo, ki jan l'ap padonnen peche yo. Tou sa, paske Bondye nou an gen kè sansib, li renmen nou anpil. L'ap fè yon limyè sòti anwo vin klere nou tankou solèy k'ap leve.Li gen pou l klere tout moun k'ap viv nan fènwa ak nan lonbray lanmò. Li gen pou l fè nou mache nan chemen k'ap ban nou kè poze a.
Lwanj pou Senyè a! Nou menm ki rete anwo nan syèl la, fè lwanj Senyè a! Fè lwanj li anwo nan syèl la!Se pou nou tout zanj li yo fè lwanj li. Se pou nou tout lame ki nan syèl la fè lwanj li.Solèy ak lalin, fè lwanj li! Zetwal k'ap klere nan syèl la, fè lwanj li!Se pou yo fè lwanj li anwo nèt nan syèl la. Se pou tout dlo ki pi wo pase syèl la fè lwanj li.
Ezayi di tou: Li gen pou l vini, pitit pitit Izayi a. Li va parèt pou gouvènen lòt nasyon yo. Nasyon yo va mete espwa yo nan li.
Lè sa a, te gen yon nonm nan Jerizalèm yo te rele Simeyon. Nonm sa a te mache dwat devan Bondye, li te respekte Bondye anpil, li t'ap tann konsa moun Bondye t'ap voye pou delivre pèp Izrayèl la. Sentespri Bondye a te avèk li.Li te fè l konnen li pa t'ap mouri san l pa wè Kris la, moun Bondye te chwazi pou l voye a.Lespri Bondye a pouse Simeyon ale nan tanp lan. Lè Jozèf ak Mari pote tipitit la pou yo fè sa lalwa mande pou li a,Simeyon pran tipitit la nan bra l, li di Bondye mèsi. Li di:Kounyeya, Mèt, ou kenbe pawòl ou; ou mèt kite sèvitè ou la mouri ak kè poze.Paske mwen wè ak je mwen moun ou voye pou delivre nou an.
Konsa, pran depi Abraram jouk nou rive sou David, te gen antou katòz jenerasyon papa ak pitit. Pran depi David jouk nou rive lè yo te depòte pèp Izrayèl la ale lavil Babilòn, te gen antou katòz jenerasyon papa ak pitit. Pran depi lè yo te depòte pèp la jouk nou rive sou Kris la, te gen katòz jenerasyon papa ak pitit tou.
Li te grandi devan Bondye tankou yon ti plant ki tou fèb, tankou yon ti kreyòl ki pouse nan tè sèk. Li pat bèl gason, li pat gen anyen nan li ki pou ta fè nou vire gade l. Li pat sanble anyen ki ta ka fè nou kontan ret gade l.
Wa peyi Tasis ak wa zile yo va vin ofri l kado. Wa peyi Saba ak wa peyi Seba va pote kado ba li.Wa tout lòt peyi yo va soumèt devan li. Tout lòt peyi yo va sèvi l.
Menm lè sa a tou, li vin rive, li t'ap di Bondye mèsi. Li t'ap pale sou Jezi bay tout moun ki t'ap tann Bondye vin delivre lavil Jerizalèm.
Ou menm, Betleyèm, ki bati sou tè Jida a, pawòl sèten: se pa ou ki pi piti nan tout lavil peyi Jida yo. Paske, gen yon chèf ki gen pou sòti lakay ou. Se li menm ki va kondi moun Izrayèl yo, pèp mwen an.
(1b) Senyè a pale ak wa a, chèf mwen an, li di: Chita la sou bò dwat mwen, jouk tan mwen fè lènmi ou yo tounen yon ti ban pou lonje pye ou.
Senyè a di: — Men sèvitè m'ap soutni an! Men moun mwen chwazi a, moun ki fè m plezi anpil la! Mwen mete lespri m sou li. Li pral fè tout nasyon yo konnen sa ki rele jistis.
Li pat menm refize nou pwòp Pitit li a, men li bay li pou nou tout. Ki jan pou l pa ta ban nou tout bagay avèk Pitit la tou pou gremesi?
Zanj lan antre lakay Mari, li di li: — Bonjou, Mari, ou menm ki resevwa anpil favè. Mèt la avèk ou.
Zanj lan di l: — Leve non, pran ti pitit la ansanm ak manman l, tounen nan peyi Izrayèl la. Paske, moun yo ki te vle touye ti pitit la mouri.Lamenm Jozèf leve, li pran ti pitit la ansanm ak manman l, li tounen nan peyi Izrayèl la.
(11) Li di: — Rete la! Sispann goumen! Konnen se mwen menm ki Bondye. Se mwen k'ap donminen sou tout nasyon yo. Se mwen k'ap donminen sou tout latè.
(1b) Nou tout ki rete sou latè, chante pou Bondye sitèlman nou kontan. Fè sèvis pou Senyè a ak kè kontan! Vini non! Fè fèt devan li!Pa janm bliye: Senyè a, se Bondye li ye. Se li menm ki fè nou, se pou li nou ye. Se pèp li nou ye, mouton ki nan savann li.Antre nan Tanp li, di l mèsi! Antre kote ki apa pou li a, chante pou li! Wi, fè lwanj li, di l mèsi!Senyè a gen bon kè, li p'ap janm sispann renmen nou. De pitit an pitit, l'ap toujou kenbe pawòl li.
Senyè a di m konsa: Wi, sèvitè m lan va fè fanmi Jakòb la kanpe ankò. L'a fè ti rès pèp Izrayèl yo te depòte a tounen lakay yo. Men, se poko sa toujou. M'ap fè li sèvi tankou yon limyè pou lòt nasyon yo, pou dènye moun sou latè ka konnen ki jan mwen menm mwen delivre!
Se konsa, Ewòd fè nèg save yo vin jwenn li an kachèt. Li mande yo kilè egzakteman zetwal la te parèt.Apre sa, li voye yo ale Betleyèm. Li di yo: — Ale non! Chache konnen tout bagay sou ti pitit la. Lè n'a jwenn li, fè m konnen pou m sa kapab al adore l, mwen menm tou.
Paske Bondye ki gen tout pouvwa a fè anpil bèl bagay pou mwen. Non li, se yon non pou tout moun respekte.L'ap toujou gen pitye pou tout moun ki gen krentif pou li.
Sou pwen sa a, Bondye moutre nou jan li renmen nou anpil. Paske nou te nan peche toujou lè Kris la mouri pou nou.
Okontrè, se li menm menm, poutèt pa li, ki te chwazi mete sa sou kote. Li te pito desann li fè tèt li tounen sèvitè. Li vin menm ak tout moun.Li rabese tèt li. Tankou yon moun, li soumèt devan Bondye. Li obeyi Bondye jouk li rive asepte mouri, wi jouk li asepte mouri sou kwa a.
Antre nan Tanp li, di l mèsi! Antre kote ki apa pou li a, chante pou li! Wi, fè lwanj li, di l mèsi!
Y'ap ban nou kantite chamo ki sòti peyi Madyan ak peyi Efa. Nou p'ap konnen kote pou n mete yo. Moun ap sòti peyi Saba, chaje lò ak lansan. Y'ap pwonmennen fè lwanj Senyè a toupatou.
Men li, jenn fi a pral ansent, li pral fè yon pitit gason. Y'a rele l Emannwèl. (Non sa a vle di: Bondye avèk nou.)
Paske mwen wè ak je mwen moun ou voye pou delivre nou an. Ou pare l mete devan tout pèp yo.Se yon limyè ki pou fè tout pèp yo konnen ou; se va yon lwanj pou Izrayèl pèp ou a.
Jezi pale ankò ak foul moun yo, li di: — Se mwen menm ki limyè k'ap klere tout moun ki sou latè. Moun ki swiv mwen va gen limyè ki bay lavi a. Yo p'ap janm mache nan fènwa.
Se paske nou gen konfyans nan Jezikri kifè nou se pitit Bondye.Nou tout, nou te resevwa batèm pou n te ka viv ansanm ak Kris la, nou mete sou nou kalite ki nan Kris yo.
Lè sa a, Seza Ogis te bay lòd pou yo fè resansman tout moun nan peyi l'ap gouvènen yo.Premye resansman an te fèt nan tan Kiriniyis t'ap gouvènen peyi Siri.Tout moun te al fè pran non yo nan lavil kote fanmi yo te sòti.
(28) Mwen menm, m'ap fè l pase pou premye pitit gason mwen. Se li k'ap pi gran nan tout wa sou latè.
Ale fè disip pou mwen nan tout nasyon, batize yo nan non Papa a, Pitit la ak Sentespri a.
Men, se pou peche nou kifè yo te mete san l deyò konsa. Se akòz mechanste nou kifè yo te kraze l anba kou konsa. Chatiman ki te pou nou an se sou li li tonbe. Se konsa li ban nou kè poze. Avèk tout kou li te resevwa yo, li ban nou gerizon.
Jezi reponn li: — Se mwen menm ki chemen an. Se mwen menm ki verite a, se mwen menm ki lavi a. Pèsonn pa ka al jwenn Papa a si li pa pase nan mwen.
Li vin pote sekou bay pèp Izrayèl k'ap sèvi l la. Li pa bliye fè wè jan li toujou gen kè sansib,pou Abraram ansanm ak tout ras li a, dapre pwomès li te fè zansèt nou yo.
Lè wa Ewòd pran nouvèl la, sa te boulvèse tèt li. Sa te boulvèse tout moun lavil Jerizalèm yo tou.
(8) Kontantman ou mete nan kè m pi gwo pase kontantman ki nan kè lèzòm lè yo gen anpil manje ak anpil bwason.
Lespri Bondye, Senyè a, desann sou mwen. Paske Senyè a chwazi m, li voye m pou m anonse bòn nouvèl la bay moun ki nan lapenn yo, pou m geri tout moun k'ap soufri yo, pou m fè tout moun yo te depòte yo konnen yo delivre, pou m fè tout prizonye yo konnen pòt prizon louvri pou yo.
Li gen pou l klere tout moun k'ap viv nan fènwa ak nan lonbray lanmò. Li gen pou l fè nou mache nan chemen k'ap ban nou kè poze a.
Mwen mande Bondye ki bay espwa a pou l fè kè nou kontan nèt, pou l fè kè nou poze ak konfyans nou gen nan li a. Se konsa espwa nou va toujou ap grandi ak pouvwa Sentespri a.
Di Bondye mèsi paske li gen bon kè. Non, li p'ap janm sispann renmen nou!Di Bondye ki gen pouvwa pase tout lòt bondye yo mèsi. Non, li p'ap janm sispann renmen nou!Di chèf ki pi gwo chèf pase tout chèf yo mèsi. Non, li p'ap janm sispann renmen nou!
Se Bondye ki delivre m! Mwen gen konfyans nan li. Kè m pa kase ankò! Se Senyè a ki tout fòs mwen. Se pou li m'ap chante. Se li menm ki delivre m!
(20) Ann fè lwanj Senyè a chak jou! Li pote chay nou pou nou: Se li ki Bondye nou, se li ki delivre nou.
Se pou nou toujou kontan nan lavi n'ap mennen ansanm nan Senyè a. M'ap repete l ankò: Fè kè nou kontan anpil.
Ala bèl sa bèl lè ou wè l'ap parèt sou mòn yo mesaje k'ap kouri pote bon nouvèl k'ap bay kè poze a! L'ap fè konnen delivrans Bondye a. L'ap di moun Siyon yo: Se Bondye ou la k'ap gouvènen!
si pa gen pèsonn pou fè konnen mesay la? Ki jan pou yo fè fè konnen mesay la, si pa gen moun yo voye pou sa? Dapre sa ki te ekri a: Ala bèl bagay lè ou wè moun k'ap pote yon Bòn Nouvèl ap vini!
Pou fè nou wè nou se pitit li tout bon, Bondye te voye Lespri Pitit li a k'ap rele: Papa, nan kè nou.
Li t'ap kalkile sou jan li ta pral fè sa lè li wè yon zanj Bondye parèt devan li nan dòmi. Zanj lan di li: — Jozèf, pitit pitit David, ou pa bezwen pè pran Mari pou madanm ou. Paske, pitit l'ap pote a se travay Sentespri.
Mache di nan tout peyi yo: Se Senyè a ki sèl wa. Latè kanpe fèm, anyen pa ka brannen l. L'ap jije tout moun san patipri.
Men, moun ki te resevwa li yo, moun ki te kwè nan li yo, li ba yo pouvwa pou yo vin pitit Bondye.
Lwanj pou Senyè a! Nou menm ki rete anwo nan syèl la, fè lwanj Senyè a! Fè lwanj li anwo nan syèl la!Se pou nou tout zanj li yo fè lwanj li. Se pou nou tout lame ki nan syèl la fè lwanj li.Solèy ak lalin, fè lwanj li! Zetwal k'ap klere nan syèl la, fè lwanj li!Se pou yo fè lwanj li anwo nèt nan syèl la. Se pou tout dlo ki pi wo pase syèl la fè lwanj li.Se pou yo tout fè lwanj Senyè a! Paske, li annik pase yon lòd, epi tout bagay fèt.
Benediksyon pou moun k'ap travay pou lèzòm viv byen yonn ak lòt, paske Bondye va rele yo pitit li.
Se pou nou yonn renmen lòt tankou frè ak frè k'ap viv ansanm ak Kris la. Nan tou sa n'ap fè, se pou nou gen respè yonn pou lòt, pa konsidere tèt nou anvan.
Mwen di Bondye mwen an mèsi pou nou chak fwa lide m frape sou nou.Chak fwa m'ap lapriyè tou pou nou, mwen fè l ak kè kontan,poutèt jan nou te ede m gaye bòn nouvèl la, depi premye jou a jouk kounyeya.
Leve kanpe! Ou pral klere tankou solèy. Pouvwa Senyè a pral klere sou ou.Lòt nasyon yo nan fènwa, yon nyaj kouvri lòt pèp yo. Men limyè Senyè a pral leve sou nou! Pouvwa li pral parèt sou nou!
Si nou rekonèt peche nou devan Bondye, nou mèt gen konfyans nan li. L'ap fè sa ki dwe fèt la: l'a padonnen tout peche nou, l'a netwaye nou anba sa ki mal.
Tou sa, paske Bondye nou an gen kè sansib, li renmen nou anpil. L'ap fè yon limyè sòti anwo vin klere nou tankou solèy k'ap leve.Li gen pou l klere tout moun k'ap viv nan fènwa ak nan lonbray lanmò. Li gen pou l fè nou mache nan chemen k'ap ban nou kè poze a.
Enben, se Senyè a menm ki pral ban nou yon siy. Men jenn fi a ansent. Li pral fè yon pitit gason. Y'a rele li Emanyèl Non sa a vle di: “Bondye avèk nou”.
Lè sa a, Mari di: Kite m' chante pou Mèt ki gen tout pouvwa a.Lespri m pran plezi nan Bondye ki delivrans mwen.Paske li voye je l sou mwen, yon sèvant ki soumèt devan li. Wi, depi kounyeya, epi pou tout tan, tout moun pral di: Ou se yon fanm Bondye beni!
Li pral fè yon pitit gason. W'a rele l Jezi. Se li menm ki pral delivre pèp li a anba peche l yo.
Men zanj lan di yo konsa: — Pa pè. Mwen vin anonse nou yon bonnouvèl ki pral fè tout pèp la kontan anpil.
Nou gen yon ti pitit ki fenk fèt. Bondye ban nou yon gason. Se li menm ki pral chèf nou. Y'a rele l: Bon konseye k'ap fè bèl bagay la, Bondye ki gen tout pouvwa a, Papa ki la pou tout tan an, Wa k'ap bay kè poze a!