Men pwotektè a, Sentespri Papa mwen ap voye nan non mwen an, se li menm ki va anseye nou tout bagay. Epi l'a fè nou sonje tou sa mwen te di nou yo.
Si nou menm ki mechan jan nou mechan an, nou konn bay pitit nou bon bagay, se pa Papa nou ki nan syèl la ki pou ta refize ban nou Sentespri l, lè nou mande l li.
Lespri Bondye a pral desann sou li. L'ap ba li bon konprann ak lespri. L'ap ba li konesans ak ladrès pou l dirije. L'ap fè l konn Senyè a, l'ap fè l gen krentif pou li.
Men, lè Sentespri a va desann sou nou, n'a resevwa yon pouvwa. Lè sa a, n'a sèvi m temwen nan Jerizalèm, nan tout peyi Jide ak nan tout peyi Samari, jouk nan dènye bout latè.
Mwen mande Bondye ki bay espwa a pou l fè kè nou kontan nèt, pou l fè kè nou poze ak konfyans nou gen nan li a. Se konsa espwa nou va toujou ap grandi ak pouvwa Sentespri a.
Lè sa a, yo wè yon bann filang tou long parèt tankou lang flanm dife. Yo separe yonn ak lòt epi y'al poze yonn pa yonn sou tèt yo chak.Yo tout te vin anba pouvwa Sentespri, epi yo pran pale lòt lang dapre jan Lespri Bondye a t'ap fè yo pale.
Se konsa tou, Lespri Bondye a vin ede nou, atout nou fèb la, paske nou pa konnen kisa pou n mande lè n'ap lapriyè, ni ki jan pou nou lapriyè. Men, se Lespri Bondye a menm k'ap lapriyè Bondye pou nou. L'ap pouse gwo soupi moun pa ka esplike.
Kilès Senyè y'ap pale la a? Se Lespri Bondye a. Kote Lespri Bondye a ye, l'a gen libète.
Men, li menm Lespri k'ap moutre verite a, lè l'a vini, l'a mennen nou nan tout verite a. Paske li p'ap pale pawòl pa li. Men, tou sa l'a tande, se sa l'a di nou: l'a fè nou konnen bagay ki gen pou rive.Li pral fè yo wè pouvwa mwen, paske l'a pran sa ki pou mwen pou l fè nou konnen yo.
Paske, Lespri Bondye ban nou an pa fè nou wont moun. Okontrè, Lespri Bondye a ban nou fòs, renmen ak pouvwa pou kontwole tèt nou.
Espwa sa a p'ap janm twonpe nou, paske Bondye te fè nou wè jan l renmen nou lè li ban nou Sentespri li.
M'ap mete Lespri m nan nou, konsa m'ap fè nou mache dwat dapre lòd mwen ban nou, pou nou fè tou sa mwen mande nou fè. N'a kenbe prensip mwen yo.
Men, Lespri Bondye a bay renmen, kè kontan, kè poze, pasyans, bon kè, seryozite, li fè ou gen bon manyè.Li fè ou aji ak dousè, li fè ou konn kontwole kò ou. Lalwa Moyiz la pa kont okenn nan bagay sa yo.
Se konnen nou pa konnen kò nou se tanp Sentespri k'ap viv nan lavi nou! Sentespri Bondye ban nou an! Nou pa mèt tèt nou ankò.
— Si nou renmen m, se pou n obeyi kòmandman m yo.Mwen menm, m'ap mande Papa a ban nou yon lòt pwotektè dekwa pou li toujou la avèk nou.Se Lespri verite a. Sila a lemonn pa ka resevwa a, paske yo pa wè li, ni yo pa konnen li. Men nou menm, nou konnen li paske li la avèk nou epi l'ap nan nou.
M'ap mande Bondye pou li ban nou, dapre richès pouvwa li a, fòs ak kouray nan kè nou, pa mwayen pouvwa Sentespri a, pou nou ka grandi nan karaktè nou,pou Kris la rete nan kè nou ak konfyans nou gen nan li a. M'ap mande Bondye pou nou pouse rasin, pou nou chita byen fèm nan renmen,
Kò a gen egzijans ki pa dakò ak egzijans Lespri Bondye a. Konsa tou, Lespri Bondye a gen egzijans ki pa dakò ak egzijans kò a. Se de bagay ki pa mache ansanm menm. Se sa k fè nou pa kapab fè sa nou vle.
Nou se temwen tout bagay sa yo, nou menm ansanm ak Sentespri Bondye bay tout moun ki obeyi l yo.
Lespri Bondye ban nou an, se pa yon lespri k'ap fè nou esklav pou n'ap tranble devan Bondye toujou. Okontrè, Lespri Bondye a fè nou tounen pitit Bondye. Se li menm ki penmèt nou rele Bondye Papa.
Gremesi Kris la, nou gen konfyans nan Bondye ki te fè l leve sòti vivan nan lanmò, nan Bondye ki te ba l lwanj. Konsa, nou mete tout konfyans nou ak tout espwa nou nan Bondye.
paske mwen konnen tout bagay sa yo pral vire anbyen pou mwen, gremesi lapriyè n'ap fè pou mwen ak lasistans Lespri Jezikri a ap ban mwen.
Sentespri a mete nou ansanm. Se pou nou fè tou sa nou kapab pou nou ka toujou fè yon sèl kò, pou nou viv ak kè poze ansanm yonn ak lòt.
Se ki ne selon lèzòm se lachè lèzòm li ye. Sa ki ne selon Sentespri se nan Sentespri li soti.
Bondye voye Sentespri li ki devwale sekrè travay sa a ban nou. Lespri Bondye sonde tout bagay, menm sa ki nan fon sekrè Bondye.
Pyè reponn yo: — Tounen vin jwenn Bondye, epi yonn apre lòt vin resevwa batèm nan non Jezikri, pou Bondye padonnen tout peche nou yo. Apre sa, n'a resevwa Sentespri, kado Bondye a.
Se konnen nou pa konnen kò nou se tanp Sentespri k'ap viv nan lavi nou! Sentespri Bondye ban nou an! Nou pa mèt tèt nou ankò.Bondye achte nou kach, li peye chè pou sa. Se poutèt sa, sèvi ak kò nou yon jan pou fè lwanj Bondye.
Se ou menm ki Bondye mwen. Moutre m jan pou m fè sa ou vle m fè a. Jan ou gen bon kè, fè lespri ou mennen m nan chemen ki pa gen move pa.
Lè sa a, zanj ki t'ap pale avè m lan reponn mwen, li di m: — Men mesay Senyè a voye pou Zowobabèl: Se pa avèk vanyan sòlda ou yo, ni avèk pwòp kouray ou ou pral rive nan sa ou gen pou fè a. Men se va avèk pouvwa lespri pa m m'ap ba ou a. Se Senyè ki gen tout pouvwa a menm ki di sa.
Mezanmi, nou pa bezwen kwè tout moun k'ap di yo gen Lespri Bondye a. Men, se pou n sonde yo pou nou wè si lespri yo genyen an sòti nan Bondye vre. Paske, gen yon bann fo pwofèt ki gaye toupatou sou latè a.
Pran nenpòt moun: Kilès ki ka konnen sa ki nan kè li? Se lespri ki nan li a sèlman ki ka konn sa. Konsa tou, sèl Lespri Bondye a konnen tout bagay ki nan Bondye.
M'ap mande Bondye, Senyè nou an Jezikri, papa ki gen tout pouvwa a, pou li ban nou Lespri bon konprann pou moutre nou sa Bondye ap devwale nou an pou nou ka rive konnen li byen.
Se konsa tou, Lespri Bondye a vin ede nou, atout nou fèb la, paske nou pa konnen kisa pou n mande lè n'ap lapriyè, ni ki jan pou nou lapriyè. Men, se Lespri Bondye a menm k'ap lapriyè Bondye pou nou. L'ap pouse gwo soupi moun pa ka esplike.Bondye menm ki konnen sa ki nan kè tout moun, li konnen kisa Lespri li a vle mande, paske sa Bondye vle a se sa Lespri li a ap mande pou tout moun k'ap viv pou Bondye.
Gen divès kalite don Sentespri a bay. Men, se menm Lespri Bondye a ki bay tout.Gen divès jan moun ka sèvi Bondye, men se yon sèl Senyè a n'ap sèvi.Gen divès kalite travay nan sèvis la, men se yon sèl Bondye ki bay chak moun travay pa yo nan tout sèvis k'ap fèt.Lespri Bondye a fè travay li yon jan nan lavi chak moun, men li fè l pou byen tout moun.Lespri a bay yon moun don pou l pale avèk bon konprann. Menm Lespri a bay yon lòt moun don pou l pale avèk anpil konesans.Se menm Lespri a ki bay yon moun lafwa, se li menm tou ki bay yon lòt don pou l geri moun malad.Lespri a bay yon moun don pou li fè mirak. Li bay yon lòt don pou li bay mesaj Bondye a. Li bay yon lòt ankò don pou li distenge travay movèzespri yo ak travay Lespri Bondye a. Li bay yon moun don pou li ka pale langaj. Li bay yon lòt don pou li ka esplike sa langaj la vle di.Men, se yon sèl Lespri a ki fè tou sa. Li bay chak moun yon kado diferan jan li vle.
Yo tout te vin anba pouvwa Sentespri, epi yo pran pale lòt lang dapre jan Lespri Bondye a t'ap fè yo pale.
Men, li menm Lespri k'ap moutre verite a, lè l'a vini, l'a mennen nou nan tout verite a. Paske li p'ap pale pawòl pa li. Men, tou sa l'a tande, se sa l'a di nou: l'a fè nou konnen bagay ki gen pou rive.
Moun ki kenbe kòmandman Bondye yo, y'ap fè yonn ak Bondye, Bondye ap fè yonn ak yo tou. Men ki jan nou konnen Bondye fè yonn ak nou: nou konnen sa paske li ban nou Sentespri li.
Pou nou menm, nou p'ap viv dapre egzijans kò nou ankò, men dapre egzijans Lespri Bondye a, paske Lespri Bondye a nan nou. Si yon moun pa gen Lespri Kris la nan li, li pa pou Kris la.
Konsa tou, nou menm, moun lòt nasyon yo, apre nou te fin tande mesaj laverite a, bonnouvèl k'ap fè nou konnen jan Bondye renmen nou an, nou mete konfyans nou nan Kris la, n'ap viv ansanm ak li tou. Bondye make letanp li sou nou, li ban nou Sentespri li te pwomèt la.Sentespri sa a, se yon avalwa Bondye ban nou sou eritaj li te pwomèt li t'ap bay pèp li a. Sa ban nou garanti Bondye gen pou fin delivre moun pa l yo nèt. Se sa k fè, nou menm tou, moun lòt nasyon yo, n'ap sèvi yon lwanj pou pouvwa Bondye a tou.
Moun ki mete konfyans yo nan mwen, y'ap wè gwo kouran dlo k'ap bay lavi koule sòti nan kè yo, jan sa ekri nan Liv la. (Jezi t'ap pale ki jan moun ki kwè nan li yo ta pral resevwa Sentespri. Lè sa a, Sentespri pat ankò desann sou pèsonn, paske Jezi pat ankò moute nan syèl la.)
Pyè t'ap pale toujou lè Sentespri a desann sou tout moun ki t'ap koute mesay la.Frè ki te sòti lavil Jope ansanm ak Pyè yo se jwif yo te ye. Yo te sezi wè ki jan Bondye te bay moun ki pa jwif yo Sentespri l an kantite.Yo te tande moun lòt nasyon yo ap pale nan lòt lang. Yo t'ap fè lwanj Bondye, yo t'ap di jan li gen pouvwa. Lè sa a Pyè di: — Moun sa yo resevwa Sentespri menm jan avèk nou. Kounyeya, ki moun ki ka anpeche nou batize yo nan dlo tou?
li menm ki mete letanp li nan kè nou, Sentespri a, kou yon garanti sou tout sa li sere pou nou.
Pa fè Sentespri Bondye a lapenn, paske Lespri a se mak letanp Bondye sou nou, li ban nou garanti Bondye ap fin delivre nou lè jou a va rive.
Se pa lespri k'ap travay nan moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn lan nou te resevwa. Lespri nou resevwa a, se Lespri Bondye te voye ban nou an pou n te ka konnen tout favè Bondye te fè nou.Si n'ap pale sou tout favè Bondye fè nou, se pa avèk pawòl nou jwenn nan bon konprann lèzòm, men se pito avèk pawòl Lespri Bondye ap moutre nou. Se konsa, nou fè moun ki gen Lespri Bondye nan kè yo konprann verite ki sòti nan Lespri a.
Pou fè nou wè nou se pitit li tout bon, Bondye te voye Lespri Pitit li a k'ap rele: Papa, nan kè nou.
Li mande yo: — Eske nou te resevwa Sentespri lè nou te kwè? Yo reponn li: — Yo pat janm di nou te gen yon Sentespri.
Jezi reponn li: — Anverite sa m'ap di ou la a se vre: Pesonn pa ka antre nan wayòm Bondye a si li pa pran nesans selon lèzòm epi selon Sentespri Bondye.Se ki ne selon lèzòm se lachè lèzòm li ye. Sa ki ne selon Sentespri se nan Sentespri li soti.
Men sa k pral rive nan dènye tan an: Se Bondye menm k'ap pale: M'ap vide Lespri m sou tout moun sou latè. Pitit gason nou ak pitit fi nou yo va pale tankou pwofèt. Jenn gason nou yo va gen vizyon. Granmoun nou yo va fè rèv.Wi, lè sa a, m'ap vide Lespri m sou tout sèvitè m yo, fi kou gason, epi y'a bay mesay ki sòti nan Bondye.
M'ap mande Bondye pou li ban nou, dapre richès pouvwa li a, fòs ak kouray nan kè nou, pa mwayen pouvwa Sentespri a, pou nou ka grandi nan karaktè nou,
Anmenmtan an tou, Bondye te fè anpil siy, anpil bèl bagay ak anpil mirak pou fè wè sa moun sa yo t'ap di a se te vre. Li separe kado Sentespri a bay moun jan l vle.
Lespri Bondye a sou mwen. Li chwazi m pou m anonse bòn nouvèl la bay pòv yo. Li voye m pou m fè tout prizonye yo konnen yo lage, pou m fè tout avèg yo konnen yo kapab wè ankò, pou m delivre moun y'ap maltrete yo,
Lespri Bondye, Senyè a, desann sou mwen. Paske Senyè a chwazi m, li voye m pou m anonse bòn nouvèl la bay moun ki nan lapenn yo, pou m geri tout moun k'ap soufri yo, pou m fè tout moun yo te depòte yo konnen yo delivre, pou m fè tout prizonye yo konnen pòt prizon louvri pou yo.
Se Lespri verite a. Sila a lemonn pa ka resevwa a, paske yo pa wè li, ni yo pa konnen li. Men nou menm, nou konnen li paske li la avèk nou epi l'ap nan nou.
Lè Pyè ak Jan rive Samari, yo lapriyè pou moun ki kwè yo pou yo te kapab resevwa Sentespri,paske Sentespri a pat ankò desann sou okenn nan yo. Yo te resevwa batèm nan non Senyè Jezi a sèlman.Lè sa a, Pyè ak Jan mete men sou tèt yo, yo resevwa Sentespri.
Sa te fèt konsa pou moun ki pa jwif yo te ka rive resevwa benediksyon Bondye te pwomèt Abraram lan gremesi Jezikri, pou nou tout te ka resevwa Lespri Bondye te pwomèt la, paske nou te mete konfyans nou nan li.
Se konsa, Bondye fè yo konnen sèvis yo t'ap fè lè yo te bay mesaj la, se pa te pou yo, men se pou nou. Granmesi moun k'ap anonse levanjil la, avèk pouvwa Sentespri ki soti nan syèl la, nou konnen bagay sa yo koulyeya, bagay ata zanj yo t'ap foure je chache konprann yo.
Lespri Bondye ban nou an, se pa yon lespri k'ap fè nou esklav pou n'ap tranble devan Bondye toujou. Okontrè, Lespri Bondye a fè nou tounen pitit Bondye. Se li menm ki penmèt nou rele Bondye Papa.Lespri Bondye a bay lespri pa nou an lasirans se pitit Bondye nou ye.
Paske, gremesi Kris la, nou tout, kit nou jwif kit nou pa jwif, nou ka pwoche bò kote Papa a, nan pouvwa yon sèl ak menm Sentepri a.
Yon jou, yo t'ap fè sèvis pou Bondye, yo t'ap fè jèn, lè Sentespri di yo: — Mete Banabas ak Sòl apa pou mwen, pou yo fè travay mwen chwazi pou yo fè a.
li te delivre nou. Li pat delivre nou paske nou te fè kèk bagay ki bon, men paske li menm li te gen pitye pou nou. Li delivre nou lè li lave nou, li voye pouvwa Sentespri li nan nou pou chanje nou nèt, pou n te ka viv yon lòt jan.
Se poutèt sa, moun ki pa asepte pawòl sa a, se pa pawòl lèzòm li pa koute, se pawòl Bondye ki ban nou Sentespri l la menm li pa koute.