Wi, lajan ka ede nou achte manje, rad, peye lwaye oubyen achte yon kay. Yo di si lajan ta disparèt, moun ta panike, lagè ta pete toupatou. Men, lajan gen limit li.
Pawòl Bondye a di nou: "Lanmou pou lajan se rasin tout kalite malè. Gen moun ki sitèlman anvi lajan, yo pèdi chemen lafwa, yo fè tèt yo yon pakèt pwoblèm." (1 Timote 6:10). Nou tout konnen moun, kit yo viv lontan, kit yo viv kout, ki te travay di pou fè lajan, epi finalman, jan Bib la di a, yo pa pote anyen ale ak yo.
Kisa renmen lajan vle di? Se lè lajan kontwole nou, lè tout sa n'ap panse, tout sa n'ap fè, se pou n rich, se pou n gen plis byen materyèl. Mwen vle byen presize yon bagay: Se pa gen lajan ki mal, se renmen lajan, jan Apot Pòl di a, ki pa bon.
Bib la di nou pa ka sèvi Bondye epi sèvi lajan an menm tan. "Pèsonn pa ka sèvi de mèt an menm tan. Se oubyen li rayi yonn epi li renmen lòt la, oubyen li atache ak yonn epi li meprize lòt la. Nou pa ka sèvi Bondye ak lajan an menm tan." (Matye 6:24). Si w'ap sèvi Bondye, ou pa ka sèvi lajan tou. E si w'ap sèvi lajan, si l'ap kontwole w, ou pa ka sèvi Bondye.
Mete Bondye an premye nan tout sa w'ap fè. Se pou li sèl ki gouvène lavi ou.
— Pa chaje tèt nou ak yon bann kèsyon: Kisa n pral manje? Kisa n pral bwè? Kisa n pral mete sou nou?Tout bagay sa yo, se moun lòt nasyon yo k'ap kouri dèyè yo tout tan. Men nou menm, nou gen yon Papa nan syèl la ki konnen nou bezwen tout bagay sa yo.Pito nou chache bay bagay peyi Wa ki nan syèl la premye plas nan lavi nou, chache viv jan Bondye vle l la anvan. Lè sa a, Bondye va ban nou tout lòt bagay sa yo tou.
Depi mwen timoun jouk mwen vin granmoun, mwen pa janm wè Bondye lage yon moun ki mache dwat, ni mwen pa janm wè pitit pitit li yo ap mande charite.Okontrè, moun ki mache dwat la toujou gen kè sansib pou l bay, pou li prete moun tou. Tout pitit pitit li yo tounen yon benediksyon pou lòt moun.
Mete tout konfyans ou nan Senyè a. Pa gade sou sa ou konnen.Toujou chonje Senyè a nan tou sa w'ap fè. Li menm, la moutre ou chemen pou ou pran.
Bondye menm gen pouvwa pou l ban nou tout kalite benediksyon an kantite. Li fè sa, pa sèlman pou nou ka toujou genyen tou sa nou bezwen, men pou nou ka gen rès ki rete pou n fè tout kalite bon zèv.
(11) Moun rich konn manke manje, yo konn rete grangou. Men, moun k'ap chache fè volonte Senyè a p'ap manke anyen.
Li pat menm refize nou pwòp Pitit li a, men li bay li pou nou tout. Ki jan pou l pa ta ban nou tout bagay avèk Pitit la tou pou gremesi?
— Mande, y'a ban nou. Chache, n'a jwenn. Frape, y'a louvri pou nou.Paske, nenpòt moun ki mande va resevwa. Moun ki chache va jwenn. Y'a louvri pou moun ki frape.
Ala bon sa bon pou moun ki gen Bondye Jakòb la pou tout sekou l, pou moun ki mete tout espwa l nan Senyè a, Bondye li!
Mete konfyans ou nan Senyè a, fè sa ki byen! Pran peyi a fè kay ou, viv ak kè poze!Si se nan Senyè a ou pran tout plezi ou, l'a ba ou tou sa ou ta renmen.
Nou pa bezwen pè. Mwen la avèk nou! Nou pa bezwen kite anyen ban nou kè sote. Se mwen menm ki Bondye nou. M'ap ban nou fòs, m'ap ede nou. M'ap soutni nou ak fòs ponyèt mwen ki pa janm pèdi batay.
Lwanj pou Senyè a! Ala bon sa bon pou moun ki gen krentif pou Senyè a, ki pran tout plezi l nan fè sa li mande!Pitit li yo va grannèg nan peyi a. Bondye ap toujou voye benediksyon sou pitit moun ki mache dwat devan li.Li alèz lakay li, li gen anpil richès. L'ap toujou fè sa ki dwat devan Bondye.
Moun ki gen konprann ap gen gwo richès ak kantite bon manje lakay yo. Men, moun sòt gaspiye tout lajan yo.
Apre sa, Jezi di disip li yo: — Se poutèt sa mwen di nou: Pa enkyete nou pou manje nou bezwen pou viv, ni pou rad nou bezwen pou nou mete.Lavi pi konsekan pase manje, kò pi konsekan pase rad.Gade kònèy: yo pa plante, yo pa rekòlte. Yo pa gen kolonbye ni galata. Epoutan Bondye pran swen yo. Nou menm, nou vo plis pase zwazo, pa vre?Kilès nan nou ki ka mete yon ti longè anplis sou lavi li afòs li fè tèt li travay?Si nou pa ka fè bagay ki pi piti a, poukisa pou n'ap bat tèt nou pou lòt bagay yo?
(23) Renmèt sò ou nan men Senyè a, l'a kenbe ou fèm. Li p'ap janm kite moun ki mache dwat devan li yo rete atè lè yo tonbe.
Lè l rele m, m'ap reponn li. Lè l nan tray, m'ap la avèk li. M'ap delivre l, m'ap fè yo respekte l.
— Se poutèt sa mwen di nou: Pa bat kò nou pou keksyon manje ak keksyon bwè, ni pou keksyon rad. Paske èske lavi pa pi konsekan pase manje? Eske kò a pa gen plis valè pase rad?Gade zwazo k'ap vole nan syèl la: yo pa plante, yo pa fè rekòt, yo pa sere anyen nan galata. Men, Papa nou ki nan syèl la ba yo manje. Eske nou pa vo pi plis pase zwazo yo?Kilès nan nou, afòs li fè tèt li travay, li kapab ajoute yon ti longè anplis sou lavi li?
Chonje se Senyè a, Bondye nou an, ki te ban nou kouray sa a. Se li menm ki te fè nou rive gen tout richès sa yo, paske li te kenbe kontra li te pase ak zansèt nou yo, epi l'ap kenbe l jouk jòdi a.
Pa kite renmen lajan pran nanm nou. Se pou nou kontan ak sa nou genyen. Paske Bondye te di: Mwen p'ap janm vire do ba ou, mwen p'ap janm lage ou.
Pa bay kò nou traka pou anyen. Men, nan tout sikonstans mande Bondye tou sa nou bezwen nan lapriyè. Toujou chonje di l mèsi tou lè n'ap lapriyè.Konsa, Bondye va ban nou kè poze nan jan pa l, bagay lèzòm pa ka konprann. La kenbe kè nou ak lespri nou fèm nan Jezikri.
Pito ou pa gen anpil byen, men ou mache dwat, pase pou ou gen anpil richès nan fè sa ki mal.Paske, Bondye ap kraze kouray mechan yo, men l'ap soutni moun ki mache dwat yo.
Men yo: Pa kite m bay manti pou m twonpe moun. Pa fè m ni rich ni pòv. Ban m kantite manje mwen bezwen pou m viv la.Si mwen gen twòp, m'a vire do ba ou, m'a di mwen pa konnen ki moun ou ye. Si mwen pa gen ase, m'a vòlò, m'a fè yo pase ou nan betiz.
Lè n'ap pase sou lanmè, m'ap kanpe la avèk nou. Lè n'ap janbe gwo dlo, dlo a p'ap bwote nou ale. Lè n'ap mache nan mitan dife, dife p'ap boule nou. Flanm dife a p'ap fè nou anyen.
Mande moun ki gen anpil byen sou latè a pou yo pa kite lògèy vire tèt yo. Piga yo mete espwa yo nan richès sa yo ki pa sèten. Se pou yo mete espwa yo nan Bondye ki ban nou tout bagay an kantite pou nou ka gen jwisans yo.
(1b) Ala bon sa bon pou ou, ou menm ki gen krentif pou Senyè a, ou menm k'ap mache nan chemen li mete devan ou lan!Avèk travay ou fè ak men ou, w'ap jwenn manje pou ou manje, w'ap kontan, zafè ou ap mache byen.
Pawòl ou se yon chandèl ki fè m wè kote m'ap mete pye m, se yon limyè k'ap klere chemen mwen.
Pandan n'ap tann lan, fè kè n kontan. Se pou nou gen anpil pasyans nan mitan soufrans nou yo. Pa janm sispann lapriyè.
Ou menm, Bondye, w'ap ba yo kè poze! Moun ki toujou kenbe pwomès yo, wi, w'ap ba yo kè poze, paske yo mete konfyans yo nan ou!
(1b) Mwen leve je m, mwen gade mòn yo, mwen di: — Ki bò m'a jwenn sekou?Sekou mwen sòti nan men Senyè a. Se li menm ki fè syèl la ak latè a.
Moun rich ap donminen sou moun pòv. Lè ou prete lajan nan men yon moun, ou tounen timoun devan pòt li.
Senyè a konnen jan moun ki fè volonte l yo ap viv. Eritaj yo la pou tout tan.Yo p'ap wont lè bagay gate, y'ap jwenn tou sa yo bezwen lè grangou tonbe sou peyi a.
(20) Ala bon yo bon, bagay ou kenbe an rezèv pou moun ki gen krentif pou ou! Ala bèl yo bèl, bagay ou fè devan tout moun, lè w'ap pwoteje moun k'ap chache pwoteksyon anba zèl ou!
Se tout tan Senyè a va moutre nou chemen pou nou pran, l'a rafrechi nanm nou nan tan chechrès. L'a ban nou fòs ak kouray. N'a tankou yon jaden ki byen wouze, tankou yon sous dlo ki pa janm chèch.
(2) Se Bondye ki tout pwoteksyon nou, se li menm ki tout fòs nou. Li toujou pare pou ban nou sekou lè nou anba tray.
Chak fwa, li reponn mwen: Se favè m ase ou bezwen. Paske lè ou fèb, se lè sa a moun wè pouvwa mwen nan ou. Se poutèt sa, nan fon kè m, mwen pito pale sou feblès mwen pou pouvwa Kris la ka mete m anba zèl li.
Moun sa yo ap rive fin detwi tèt yo. Se vant yo ki bondye yo. Yo pran plezi yo nan bagay ki pou ta fè yo wont pito. Se bagay lemonn ase ki nan tèt yo.
Mwen mande Bondye ki bay espwa a pou l fè kè nou kontan nèt, pou l fè kè nou poze ak konfyans nou gen nan li a. Se konsa espwa nou va toujou ap grandi ak pouvwa Sentespri a.
(18) Pou mwen menm, se yon pòv malere san sekou mwen ye. Men ou menm ki mèt mwen, pa bliye m. Se ou ki tout sekou mwen, se ou ki tout delivrans mwen. Bondye mwen, pa mize!
Men, Lespri Bondye a bay renmen, kè kontan, kè poze, pasyans, bon kè, seryozite, li fè ou gen bon manyè.Li fè ou aji ak dousè, li fè ou konn kontwole kò ou. Lalwa Moyiz la pa kont okenn nan bagay sa yo.
Bondye ki rele nou pou nou viv nan bon jan antant ak pitit li Jezikri, Senyè nou an, l'ap toujou kenbe pawòl li.
(2) Se sou Bondye sèlman mwen konte, se li menm ki pou delivre mwen. (3) Se li menm ase k'ap pwoteje m, k'ap delivre m. Se li ki tout defans mwen. Li p'ap janm kite anyen rive m.
Paske se li menm ki fè nou wè tout pwomès Bondye yo se verite. Se poutèt sa tou, gremesi Jezikri, nou ka di amèn lè n'ap fè lwanj Bondye.
Senyè, se sou ou tout moun ap gade. Ou ba yo manje lè yo bezwen manje.Ou louvri men ou, ou bay ni moun, ni bèt, ni plant tou sa yo bezwen.
— Pa anpile richès nou isit sou latè, kote vè ak lawouj ap manje yo, kote vòlè kapab vòlè yo pote ale.Okontrè, anpile richès nou nan syèl la. Paske la pa gen vè ni lawouj ki pou manje yo, ni vòlè ki pou pran yo pote ale.Paske, kote richès ou ye, se la kè ou ye tou.
Anvan menm yo fin lapriyè, m'ap gentan reponn yo. Anvan menm yo fèmen bouch yo, m'ap gentan ba yo sa yo mande a.
Fè wè jan ou gen respè pou Senyè a: ba li nan tou sa ou genyen, ofri l premye donn ou rekòlte nan jaden ou.Lè ou fè sa, galata ou ap toujou chaje danre. Barik diven ou yo ap plen ra bouch.
Tansèlman, nou konn sa byen: nan tout bagay, Bondye ap travay pou byen tout moun ki renmen l, pou byen tout moun li te fè lide rele.
Se ou ki te kreye m, se ou ki te fè m ak men ou. Ban m lespri pou m ka aprann kòmandman ou yo.
Se poutèt sa, ann pwoche avèk konfyans devan fòtèy kote Bondye ki renmen nou an chita. Se la n'a jwenn padon pou peche nou yo, se la n'a jwenn pou gremesi sekou n'a bezwen lè nou nan nesesite.
(2) Mwen te mete tout espwa m nan Senyè a. Li te panche zòrèy li bò kote m, li te tande m lè m t'ap rele.(3) Li rale m sòti nan twou kote m t'ap peri a, nan gwo m'a labou a. Li mete m sou gwo wòch la, li fè m kanpe dwat ankò.
Nan denmen maten, byen bonè, pèp la leve, li pati nan dezè Tekowa a. Lè yo ta pral derape, Jozafa pale ak yo, li di konsa: — Nou menm, moun Jida ak moun Jerizalèm, koute sa m'ap di nou! Mete konfyans nou nan Senyè a, Bondye nou an! Nou p'ap vole gadjè. Se pou nou kwè sa pwofèt li yo di nou an. N'ap genyen batay la.
Wi, kite m di Senyè a mèsi. Mwen pa dwe janm bliye tout byen li fè pou mwen.Li padonnen tout peche m yo, li geri tout maladi m yo.Li wete m nan bouch twou a. Li beni m, li fè m wè jan li renmen m, jan li gen pitye pou mwen.Li kouvri m ak benediksyon pandan tout lavi m, li fè m rete jenn ak tout fòs mwen, tankou malfini.
Men, tout zam y'a fè pou sèvi kont ou yo p'ap fè ou anyen. W'a gen repons nan bouch ou pou tout moun ki va akize ou nan tribinal. Se sa m'ap fè pou tout sèvitè m yo. Se mwen k'ap defann kòz yo. Se Senyè a menm ki di sa!
Lè m nan tèt chaje, lè mwen pa konn sa pou m fè, se ou menm ki ban m kouray, se ou menm ki fè kè m kontan.
yo ka di Senyè a: — Se ou ki tout defans mwen. Se ou ki tout pwoteksyon mwen. Ou se Bondye mwen. Se nan ou mwen mete tout konfyans mwen.
— Vini jwenn mwen, nou tout ki bouke, nou tout ki anba chay, m'a soulaje nou.Pran jouk mwen, mete l sou zepòl nou. Pran leson nan men mwen. Paske mwen dou, mwen toujou soumèt mwen tout bon devan Bondye. Konsa, n'a viv ak kè poze.Paske, jouk m'ap ban nou an fasil pou pote, chay m'ap ban nou an pa lou.
Konsa, nanpwen diferans ant moun ki jwif ak moun ki pa jwif: yo tout gen yon sèl Mèt ki bay tout moun ki rele l favè l an kantite.
Pou fini, frè m yo, mete lide nou sou bagay ki bon, ki merite lwanj: bagay ki vre, ki kòrèk, ki dwat, ki bèl, ki p'ap fè nou wont.
(4) Men ou menm, Senyè, w'ap toujou pran defans mwen. W'ap fè m genyen batay la. Ou p'ap kite m wont devan lènmi m yo.
Se poutèt sa, annou sote ponpe ak kè kontan, menm si eprèv gen pou fè nou soufri pou yon ti tan.Paske, konfyans nou se tankou lò li ye. Yo blije pase lò a, ki yon bagay perisab, nan dife pou wè si l bon. Konsa tou, konfyans nou ki gen plis valè pase lò a gen pou pase anba eprèv tou, pou nou ka resevwa lwanj, onè ak respè lè Jezikri va parèt.
Ou pare yon tab pou mwen devan je tout lènmi m yo. Ou resevwa m, ou fè kè m kontan ou ban m tou sa m bezwen.
(20) Ann fè lwanj Senyè a chak jou! Li pote chay nou pou nou: Se li ki Bondye nou, se li ki delivre nou.
Lè ou bay ak kè kontan, ou p'ap janm manke anyen. Lè ou manje ak moun, ou pa janm rete grangou.
Moun ki rete anba pwoteksyon Bondye ki nan syèl la, Moun ki kache anba zèl Bondye ki gen tout pouvwa a
Pito nou chache bay bagay peyi Wa ki nan syèl la premye plas nan lavi nou, chache viv jan Bondye vle l la anvan. Lè sa a, Bondye va ban nou tout lòt bagay sa yo tou.
Talè konsa, p'ap gen mechan ankò. W'a chache yo, ou p'ap jwenn yo.Men, moun ki soumèt devan Bondye, yo pral resevwa peyi a pou byen yo, y'a viv ak kè poze nèt ale.
Pa kite renmen lajan pran nanm nou. Se pou nou kontan ak sa nou genyen. Paske Bondye te di: Mwen p'ap janm vire do ba ou, mwen p'ap janm lage ou.Konsa, nou kapab di avèk konfyans: Se Bondye k'ap vin ede mwen. Mwen pa pè anyen. Kisa moun ka fè mwen?
Moun ki simen ak dlo nan je ap rekòlte ak kè kontan.Moun ki t'ap kriye lè yo ta prale avèk grenn pou yo simen nan jaden yo, y'ap tounen ak bèl chante nan bouch yo sitèlman yo kontan lè y'ap pote rekòt la lakay yo.
M'ap fè lwanj ou, paske ou pa manke fè bèl bagay. Tou sa ou fè se bèl bagay. Mwen konn sa byen.
Tout tantasyon nou jwenn sou chemen nou, se menm kalite tantasyon tout moun jwenn sou chemen yo tou. Men, Bondye li menm toujou kenbe pawòl li: li p'ap kite yo tante nou yon jan ki depase sa nou ka sipòte. Men, lè nou va anba tantasyon an, l'a ban nou fòs pou nou ka sipòte l, pou nou ka sòti anba li.
Kò m te mèt ap deperi, lespri m te mèt ap gaga, se ou menm menm, Bondye, ki tout fòs mwen, se ou menm ki tout mwen.
Se sa ki fè, frè mwen yo, jan Bondye fè nou wè li gen kè sansib pou nou an, se pou nou ofri nou tankou yon sakrifis apa bay Bondye, yon sakrifis vivan k'ap fè li plezi. Se sèl jan pou nou sèvi Bondye tout bon vre.Pa fè menm bagay ak sa moun ap fè sou latè. Men, kite Bondye chanje lavi nou nèt lè l'a fin chanje tout lide ki nan tèt nou. Lè sa a, n'a ka konprann sa Bondye vle, n'a konnen sa ki byen, sa ki fè l plezi, sa ki bon nèt ale.
Yon moun ki gen bon kè ap kite byen pou pitit pitit li. Men, richès moun k'ap fè sa ki mal, se moun ki mache dwat yo k'ap jwi li.
Se mwen menm, Senyè a, ki Bondye nou! M'ap pran men nou, m'ap di nou: Nou pa bezwen pè. M'ap ede nou!
Abraram rele kote sa a: Se sou kont Senyè a sa ye. Se poutèt sa, jouk jòdi a, moun ap repete: Sou mòn Senyè a, tout bagay sou kont li.
Tou sa n'a mande l, l'a ban nou l, paske nou menm nou fè tou sa li mande nou, nou fè sa ki fè l plezi.
(12) Paske, se Senyè a ki tout defans mwen, se li menm k'ap pwoteje nou. L'ap ban nou favè li, l'ap fè yo respekte nou. Lè yon moun ap mennen yon vi ki san repwòch, Bondye p'ap janm refize l okenn bon bagay.
Se ou ki defans mwen, se ou ki tout pwoteksyon mwen. Mwen mete tout espwa m nan pawòl ou.
Moun ki mache dwat ap toujou gen sa yo bezwen an kantite lakay yo. Men, tou sa mechan yo genyen se tèt chaje pou yo.
Depi mwen timoun jouk mwen vin granmoun, mwen pa janm wè Bondye lage yon moun ki mache dwat, ni mwen pa janm wè pitit pitit li yo ap mande charite.
Eske se pa yon ti monnen yon pè zwazo koute? Malgre sa, pa gen yon sèl ki tonbe atè san se pa Bondye ki pèmèt sa rive.Pou nou menm menm, ata grenn cheve nan tèt nou, yo tout konte.Se sa k fè, nou pa bezwen pè menm: nou vo pi plis pase anpil ti zwazo.
Men sa Senyè a di: Pa chita ap chonje tan lontan. Pa rete ap kalkile sa ki fin pase!Men m'ap fè yon lòt bagay pou nou. Li konmanse rive deja. Nou pa wè li? Mwen pral fè yon wout nan mitan dezè a. Mwen pral fè gwo dlo koule nan savann lan.
Kisa n'a di ankò sou pwen sa a? Si Bondye pou nou, kilès ki ka kont nou?Li pat menm refize nou pwòp Pitit li a, men li bay li pou nou tout. Ki jan pou l pa ta ban nou tout bagay avèk Pitit la tou pou gremesi?
Ala bon sa bon pou moun ki gen Bondye Jakòb la pou tout sekou l, pou moun ki mete tout espwa l nan Senyè a, Bondye li!Se li menm ki fè syèl la, tè a ak lanmè a, ansanm ak tou sa ki ladan yo. L'ap toujou kenbe pawòl li.Li rann jistis anfavè moun k'ap sibi lenjistis. Li bay tout moun ki grangou manje pou yo manje.
Men, apre n'a fin soufri yon ti tan, Bondye li menm va rann nou bon nèt, l'a kenbe nou fèm, l'a ban nou fòs, l'ap fè nou kanpe san brannen. Paske Bondye bay tout kalite favè. Se li menm ki te rele nou, gremesi Kris la, pou n te patisipe nan pouvwa li ki p'ap janm fini.
(1b) Senyè a se limyè mwen, se li ki delivrans mwen. Ki moun ki ka fè m pè? Se Senyè a k'ap pwoteje mwen. Ki moun ki ka fè m tranble?
paske mwen konnen tout bagay sa yo pral vire anbyen pou mwen, gremesi lapriyè n'ap fè pou mwen ak lasistans Lespri Jezikri a ap ban mwen.
Si nou chankre sou bò dwat osinon sou bò gòch, n'a tande yon vwa nan do nou k'ap di nou: Men bon chemen an bò isit. Se la a pou ou pase!
Konsa tou, se pou limyè nou klere devan tout moun, pou lè yo wè tout byen n'ap fè yo, y'a fè lwanj Papa nou ki nan syèl la.
Nou pa manke kontan menm lè n'ap soufri.Poukisa? Paske nou konnen lè n'ap soufri sa fè nou gen pasyans. Lè nou gen pasyans konsa, sa ban nou kouray pou nou soufri. Plis nou gen kouray, se plis nou gen espwa.
(5) Ala bon sa bon pou moun ki mete konfyans yo nan Senyè a, pou moun ki p'ap swiv ni moun k'ap fè awogans yo ni moun k'ap bay manti yo!
Wi, mwen konnen w'ap toujou renmen m, w'ap toujou bon pou mwen pandan tout lavi m. Se lakay ou m'ap rete tout tan tout tan.
Mwen mete tout espwa m nan Senyè a, mwen mete espwa m nan sa li di.N'ap tann Senyè a, tankou faksyonè k'ap tann solèy leve, wi, tankou faksyonè k'ap tann solèy leve!
Se pou nou yonn veye sou lòt pou yonn ka ede lòt gen renmen nan kè yo, pou yonn ka ankouraje lòt nan sa ki byen.Pa pran egzanp sou moun ki pran abitid pa vin nan reyinyon nou yo. Okontrè, se pou yonn ankouraje lòt fè sa, kounyeya pi plis pase anvan, paske nou wè jou Senyè a ap pwoche.
Lè yon moun gen krentif pou Bondye, li gen kote pou l apiye. Pitit li yo ap jwenn pwoteksyon bò kote Bondye.
si nou manje ak moun ki grangou, si nou plen vant moun ki nan nesesite, limyè va klere pou nou nan mitan fènwa. Lannwit va fè klè pou nou tankou gwo midi.Se tout tan Senyè a va moutre nou chemen pou nou pran, l'a rafrechi nanm nou nan tan chechrès. L'a ban nou fòs ak kouray. N'a tankou yon jaden ki byen wouze, tankou yon sous dlo ki pa janm chèch.
Mwen sèten Bondye ki te konmanse bon travay sa a nan nou, li gen pou l kontinye l jouk li va fini l nèt, lè jou Jezikri a va rive.
(11) Li di: — Rete la! Sispann goumen! Konnen se mwen menm ki Bondye. Se mwen k'ap donminen sou tout nasyon yo. Se mwen k'ap donminen sou tout latè.
Mande yo pou yo fè anpil byen, pou yo ka rich devan Bondye. Piga yo chich. Se pou yo toujou pare pou separe sa yo genyen an ak lòt.
— Se poutèt sa mwen di nou: Pa bat kò nou pou keksyon manje ak keksyon bwè, ni pou keksyon rad. Paske èske lavi pa pi konsekan pase manje? Eske kò a pa gen plis valè pase rad?Gade zwazo k'ap vole nan syèl la: yo pa plante, yo pa fè rekòt, yo pa sere anyen nan galata. Men, Papa nou ki nan syèl la ba yo manje. Eske nou pa vo pi plis pase zwazo yo?
Gouvènman Bondye ki wa a, se pa yon afè manje ak bwè, men se yon kèsyon fè sa ki byen, viv ak kè poze ak kè kontan. Bagay sa yo, se Sentespri ki bay yo.
Pa bay kò nou traka pou anyen. Men, nan tout sikonstans mande Bondye tou sa nou bezwen nan lapriyè. Toujou chonje di l mèsi tou lè n'ap lapriyè.
Senyè a kanpe toupre moun k'ap rele l, toupre tout moun k'ap rele l ak tout kè yo.L'ap bay tout moun ki gen krentif pou li sa yo ta renmen. Li tande lè y'ap rele l, l'ap delivre yo.
Kote ki gen renmen, pa gen kè kase. Okontrè, lè nou renmen tout bon, si kè nou te kase, li pa kase ankò. Konsa, yon moun ki pè toujou, li poko fin renmen nèt. Paske si ou pè, se paske ou pè chatiman.
(6) Ala bon sa bon pou moun ki mete konfyans yo nan ou, pou moun ki fè lide ale sou Mòn Siyon an! (7) Lè y'ap pase nan mitan Fon Sèk la, yo fè l tounen yon kote ki plen sous dlo. Anvan yon ti lapli tonbe, tout jaden bèl.(8) Plis y'ap mache, se plis y'ap gen fòs. Yo gen pou yo parèt devan Bondye sou mòn Siyon an.
Se pou n te ka lib tout bon kifè Kris la te delivre nou. Se poutèt sa, ann rete fèm nan libète sa a. Veye kò nou pou n pa tounen esklav ankò.
Fè wè jan ou gen respè pou Senyè a: ba li nan tou sa ou genyen, ofri l premye donn ou rekòlte nan jaden ou.
(1b) Lè Senyè a te fè moun Siyon yo te depòte yo tounen lakay yo, se tankou si nou te nan rèv: Nou pat vle kwè se te vre!Ala ri nou te ri! Ala chante nou te chante tèlman nou te kontan! Lè sa a, lòt nasyon yo t'ap di: — Senyè a fè anpil bèl bagay pou yo!Wi, li te fè anpil bèl bagay pou nou, sa te fè kè nou kontan anpil.
pou m'bay moun Siyon ki nan lafliksyon yo kè kontan nan plas lapenn yo, kontantman nan plas kè sere yo. Yon chante remèsiman nan bouch yo nan plas yon chante lapenn. Yo pral grandi tankou gwo pyebwa nan jaden Senyè a te plante ak men li. Yo pral fè sa ki dwat devan Bondye pou tout moun ka fè lwanj bèl pou vwa li.
Men nou menm, nou se yon ras Bondye chwazi, prèt k'ap sèvi wa a, nasyon k'ap viv apa pou Bondye, pèp li peye pou li a. Li fè tou sa, pou nou te ka fè tout moun konnen bèl bagay Bondye te fè yo, Bondye ki rele nou soti nan fènwa a pou nou antre nan bèl limyè li a.
(5) Se pou l ba ou tou sa ou ta renmen. Se pou l fè tou sa ou gen lide fè rive vre.(6) Lè sa a, n'ap rele, n'ap kontan dèske ou genyen batay la. N'ap fè fèt paske ou genyen batay la, n'ap fè lwanj Bondye nou an. Se pou Senyè a ba ou tou sa ou mande l.
(5) Mwen gen konfyans nan Bondye. M'ap fè lwanj pawòl li. Mwen pa pè anyen. Kisa lèzòm ka fè m?
Ou sse Bondye nou. Se ou menm ki pou pini yo paske nou pa gen fòs pou nou kanpe devan gwo lame sa a k'ap vin atake nou an. Nou pa konn sa pou nou fè. N'ap tann sa ou pral fè pou nou.
ni pouvwa ki anwo nan syèl la, ni pouvwa ki nan zantray tè a. Non, pa gen anyen nan tout kreyasyon an ki ka rive fè nou pèdi lamou Bondye fè nou wè li gen pou nou nan Jezikri, Senyè nou an.
(1b) Senyè, m'ap fè lapriyè m moute devan ou. Bondye mwen, se nan ou mwen mete tout konfyans mwen.Piga ou fè m wont, pa kite lènmi yo pase m nan betiz.
Moun ki mete konfyans yo nan byen yo ap tonbe tankou fèy chèch. Men, moun k'ap mache dwat yo ap pouse tankou boujon.
Konsa, nou la nan mitan foul moun sa yo ki te moutre jan yo te gen konfyans nan Bondye. Ann voye tout bagay k'ap antrave kous nou jete byen lwen, ansanm ak peche a ki fasil pou vlope nou. Ann kouri avèk pasyans nan chemen Bondye mete devan nou an.
Espwa sa a p'ap janm twonpe nou, paske Bondye te fè nou wè jan l renmen nou lè li ban nou Sentespri li.
Vini non, nou tout ki swaf. Men dlo! Vini non, nou tout ki pa gen lajan, nou mèt vini. Achte manje pou nou manje. Nou pa bezwen lajan! Achte bwason ak lèt pou nou bwè. Nou pa bezwen peye!Poukisa n'ap depanse lajan achte manje ki pa ka fè anyen pou nou? Poukisa n'ap depanse lajan travay nou pou bagay ki pa ka plen vant nou? Si nou koute byen sa m'ap di nou la a, n'a manje sa ki bon. N'a pran plezi nou nan manje bon kalite manje.