Vèsè Biblik

- Piblisite -


VÈSÈ SOU LANMO

VÈSÈ SOU LANMO

Menm si lanmò pa yon lènmi ankò pou yon moun ki kwè nan Jezikri, li toujou difisil pou moun k ap mouri a ak moun li renmen yo. Nan Bib la, nou jwenn de kalite lanmò: lanmò fizik la ak lanmò nan peche a. Lè ou aksepte Jezi kòm sovè ou, ou mouri nan peche. Lanmò fizik la se lè nou kite mond sa a. Lanmò fizik sa a tris anpil e li fè nou mal anpil lè se yon moun pa nou, men nou gen espwa nan Bondye ke yo gen lavi etènèl la, yo nan yon pi bon kote. Se poutèt sa, pa kite lapenn pran ou anpil, fè kè ou kontan paske moun sa a jwenn delivrans.

Sentespri a ap konsole ou nan moman tristès sa a. Kite l pote lapenn ou, ba ou lapè ak kouraj. Anyen pa ka separe nou ak lanmou Bondye, se pawòl li menm ki di sa. Menm lanmò pa ka fè sa. Se yon jwa pou nou konnen menm si nou mouri, n ap genyen, paske n ap avèk Papa nou ki nan syèl la, e n ap fin kouri nan kous la.

(Women 8:38-39) Paske mwen sèten, ni lanmò, ni lavi, ni zanj, ni lòt pouvwa nan syèl la, ni bagay ki la kounye a, ni bagay ki gen pou vini, ni pouvwa kote yo ye, ni wotè, ni pwofondè, ni okenn lòt bagay Bondye kreye pa ka separe nou ak lanmou Bondye ki nan Jezikri, Senyè nou an.




1 Pyè 5:8

Kenbe tèt nou anplas, rete sou prigad nou. Paske dyab la, lènmi nou an, ap veye nou tankou yon lyon ki move, k'ap chache moun pou l devore.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Efezyen 6:11

Pran mete sou nou tout kalite zam Bondye ban nou pou nou ka kenbe tèt anba riz Satan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jenèz 3:1

Sèpan se te bèt ki te pi rize nan tout bèt Senyè Bondye te fè. Li di fanm lan konsa: — Eske Bondye te janm di piga nou manje donn tout pyebwa ki nan jaden an?

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Tesalonisyen 3:3

Men, Bondye ap toujou kenbe pawòl li. L'ap ban nou fòs, l'a pwoteje nou anba Satan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jòb 1:6-7

Yon jou, zanj Bondye yo te reyini ak Senyè a. Satan te vini tou.Senyè a mande l konsa: — Kote ou sòti? Satan reponn: — M sot moute desann toupatou sou latè. Mwen t'ap pwonmennen gade!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jak 4:7

Se poutèt sa, desann nou devan Bondye. Men, pran pozisyon kont Satan, la kouri kite nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 4:1-11

Apre sa, Lespri pouse Jezi al nan dezè a pou satan ka sonde li.Jezi pase karant jou ak karant nwit san manje. Apre sa, li vin grangou.Lè sa a, satan pwoche kote li pou sonde l'. Li di li konsa: — Si ou se pitit Bondye vre, m'pini ou bay wòch sa yo lòd tounen pen.Jezi reponn li: — Men sa ki ekri: Moun pa kapab viv ak manje ase. Yo bezwen tout pawòl ki sòti nan bouch Bondye tou.Apre sa, dyab la pran direksyon Jerizalèm ak li. Li mete li kanpe sou tèt tanp lan.Li di Jezi konsa: — Si ou se pitit Bondye vre, lage tèt ou anba. Paske men sa ki ekri: Bondye va bay zanj li yo lòd veye sou ou. Y'a pote ou nan men yo, pou pa frape pye ou nan okenn wòch.Jezi reponn li: — Men sa ki ekri tou: Ou pa dwe seye sonde Mèt la, Bondye ou.Satan mennen Jezi ankò sou yon mòn ki byen wo. Li moutre l tout peyi ki sou latè ansanm ak tout richès yo.Li di l konsa: — M'ap ba ou tout bagay sa yo, si ou mete ou ajenou devan m pou ou adore m.Jezi reponn li: — Demaske ou devan m' lan, Satan! Paske men sa ki ekri: Se Mèt la, Bondye ou la, pou adore. Se li menm sèl pou sèvi.Fwa sa a, dyab la resi kite li repo. Latou, kèk zanj Bondye pwoche kot Jezi, epi yo tanmen sèvi li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Jan 3:8

Moun k'ap kontinye viv nan peche, se moun Satan yo ye, paske Satan ap fè peche depi nan konmansman. Pitit Bondye a parèt toutespre pou kraze travay Satan an.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 10:18

Jezi di yo: — Mwen te wè Satan ap tonbe soti nan syèl la tankou zetwal k'ap file.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Efezyen 4:26-27

Si nou ankòlè, veye kò nou pou kòlè a pa fè nou fè sa ki mal. Pa al dòmi ak kòlè nan kè nou.Pa bay Satan pye sou nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jan 8:44

Se satan ki papa nou. Se sa ki fè nou vle fè sa papa nou mande nou. Depi nan kòmansman se sa ase l'ap fè: touye moun. Li pa janm pran pozisyon pou verite paske pa gen verite menm nan li. Depi li louvri bouch li se manti l'ap bay. Paske se mantò li ye. Se li papa tout manti.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jan 10:10

Lè vòlè a vini, se vòlò li vin vòlò, se touye li vin touye, se detwi li vin detwi, se sa ase li vin fè. Mwen menm, mwen vin pou moun ka gen lavi, epi pou yo genyen l an kantite.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 16:20

Anvan lontan, Bondye ki bay kè poze a gen pou kraze Satan anba pye nou. Se pou benediksyon Jezi, Senyè nou an, toujou la avèk nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Pyè 5:8-9

Kenbe tèt nou anplas, rete sou prigad nou. Paske dyab la, lènmi nou an, ap veye nou tankou yon lyon ki move, k'ap chache moun pou l devore.Kanpe fèm nan konfyans nou, kenbe tèt avè l, paske nou konnen lòt frè nou yo ki nan lemonn ap soufri menm soufrans ak nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Efezyen 6:13

Se poutèt sa, depi kounyeya, pran tout zam Bondye bay yo. Konsa, lè move jou a va rive, n'a ka kenbe tèt ak lènmi an. Lè batay la va fini nèt, n'a kanpe la byen fèm nan pozisyon nou toujou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 6:13

Pa kite nou nan pozisyon pou n tonbe nan tantasyon, men, delivre nou anba Satan. [Paske, se pou ou tout otorite, tout pouvwa ak tout lwanj, depi tout tan ak pou tout tan. Amèn.]

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jan 17:15

Mwen pa mande ou pou wete yo nan lemonn lan, men pou ou pwoteje yo anba Satan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 7:5

Piga nou prive nou yonn lòt, esepte si nou antann nou sou sa pou yon moman pou konsakre nou nan lapriyè. Men apre sa, reprann lavi nòmal madanm ak mouche nou. Si nou pa fè li konsa, nou riske pa ka kontwole tèt nou epi bay satan pye fè nou tonbe nan pyèj li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 4:1-2

Jezi tounen sòti bò larivyè Jouden an. Li te anba pouvwa Sentespri. Se konsa Lespri mennen li nan dezè a.Se la Satan vin tante l pandan karant jou. Tout jou sa yo li pat manje anyen menm. Apre jou sa yo fin pase, li te grangou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Travay 5:3-4

Lè sa a, Pyè di li: — Ananyas, ki jan ou fè kite Satan antre nan kè ou pou l fè ou bay Sentespri manti, pou l fè ou kenbe enpe nan lajan tè a pou ou?Anvan ou te vann tè a, se pa pou ou li te ye? Apre ou te fin vann li, tout lajan an te pou ou, pa vre? Ki jan ou fè mete nan tèt ou pou fè yon bagay konsa? Se pa moun ou bay manti non. Se Bondye ou twonpe.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Efezyen 6:11-12

Pran mete sou nou tout kalite zam Bondye ban nou pou nou ka kenbe tèt anba riz Satan.Paske, se pa ak moun nou gen pou nou goumen. Men, se ak move lespri ki nan syèl la, ak chèf, ak pouvwa, ak otorite k'ap gouvènen nan fènwa ki sou latè a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Travay 26:18

pou ou kapab louvri je yo, pou fè yo sòti nan fènwa kote yo ye a vin nan limyè, pou wete yo anba pouvwa Satan vin jwenn Bondye. Konsa, lè y'a mete konfyans yo nan mwen, y'a resevwa padon pou tout peche yo, y'a jwenn plas yo nan mitan pèp k'ap viv apa pou Bondye a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Korent 11:14

Pa gen anyen la a pou fè m' sezi: Ata satan ka ranje kò li pran pòz zanj limyè li!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Efezyen 2:2

Se nan bagay sa yo nou t'ap viv nan tan lontan. Nou t'ap swiv move kouran ki nan lemonn, nou t'ap fè volonte chèf otorite yo ki nan lè a, move lespri k'ap travay kounyeya nan moun k'ap dezobeyi Bondye yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Kolosyen 1:13

Li rache nou anba pouvwa fènwa a, li fè nou antre nan peyi kote Pitit li renmen anpil la wa.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Revelasyon 12:9

Yo jete gwo dragon an deyò. Se li menm, sèpan ki la depi lontan an, li menm yo rele dyab la osinon Satan, k'ap plede twonpe tout moun. Yo voye l jete sou latè ansanm ak tout zanj li yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Jan 2:15-16

Pa renmen lemonn, ni anyen ki soti nan lemonn. Si yon moun renmen vye prensip k'ap mennen lemonn yo, li pa ka renmen prensip Papa a.Bagay ki sòti nan lemonn se egzijans lachè, se gwo tantasyon, se lògèy k'ap vire tèt moun lè yo gen anpil byen sou latè. Tou sa pa sòti nan Papa a. Se nan lemonn sa sòti.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 4:8-9

Satan mennen Jezi ankò sou yon mòn ki byen wo. Li moutre l tout peyi ki sou latè ansanm ak tout richès yo.Li di l konsa: — M'ap ba ou tout bagay sa yo, si ou mete ou ajenou devan m pou ou adore m.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 4:6

Li di Jezi konsa: — M'ap ba ou tout pouvwa ak tout richès peyi sa yo. Yo renmèt tout bagay sa yo nan men mwen, mwen ka bay moun mwen vle yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 13:39

Lènmi ki simen move zèb yo, se Satan. Sezon rekòt la, se lè tout bagay va fini nèt la. Moun k'ap ranmase rekòt la, se zanj Bondye yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jan 12:31

Kounyeya, lè a rive pou yo jije moun ki sou tè sa a. Kounyeya, yo pral mete chèf k'ap dominen lemonn lan deyò.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jan 14:30

Mwen p'ap pale anpil ankò avè nou, paske chèf k'ap dominen lemonn lan ap vini. Li pa gen okenn pouvwa sou mwen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 2:14

Moun li rele pitit li yo, se moun ki gen yon kò ki fèt ak chè ak san. Jezi vin tankou yo tou, menm chè ak yo, menm san ak yo. Konsa, lè li mouri, li detwi Satan ki te gen pouvwa pou touye moun.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Travay 10:38

Nou konnen tou ki jan Bondye te vide pouvwa Sentespri l sou Jezi, moun Nazarèt la. Jezi mache nan tout peyi a, li t'ap fè byen, li t'ap geri tout moun ki te anba pouvwa Satan paske Bondye te kanpe avèk li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Kolosyen 2:15

Avèk lanmò Kris sou lakwa, Bondye devide tout pouvwa ak tout otorite lespri yo te genyen nan lemonn. Li fè yo tounen rizib devan je tout moun. Li fè yo mare yo trennen yo mache devan kòtèj laviktwa Kris la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 22:31-32

— Simon, Simon, koute: Satan mande pouvwa pou l pase nou tout nan laye, tankou grenn y'ap vannen.Men, mwen lapriyè pou ou, Simon, pou konfyans ou nan Bondye pa febli. Ou menm, lè w'a tounen vin jwenn mwen, bay frè ou yo fòs.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Revelasyon 2:13

Mwen konnen kote ou rete a se la Satan chita. Ou pa lage m, ou pa pèdi konfyans ou gen nan mwen an, menm lè yo te fè touye Antipas ki mouri poutèt mwen la nan mitan nou, nan lavil kote Satan rete a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 16:23

Men, Jezi vire tèt li, li di Pyè konsa: — Wete kò ou sou mwen, Satan. W'ap chache fè m tonbe. Lide ou pa sou sa Bondye vle, men sou sa lèzòm ta vle.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Revelasyon 12:12

Se poutèt sa, fè kè n kontan, nou menm syèl ak tout moun ki rete nan syèl la. Men, malè pou latè ak lanmè, paske Satan desann sou nou. Li move anpil, paske li konnen pa rete l anpil tan ankò.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Mak 1:13

Li rete la pandan karant jou, epi se la satan vin ap teste li. Jezi t'ap viv nan mitan bèt bwa, epi zanj Bondye yo t'ap pran swen li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Revelasyon 20:10

Lè sa a, yo pran Satan ki te alatèt yo, yo jete l nan lètan dife ak souf la, menm kote yo te deja jete bèt la ak fo pwofèt la. Yo pral soufri anpil, lajounen kou lannwit pou tout tan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Galat 5:17

Kò a gen egzijans ki pa dakò ak egzijans Lespri Bondye a. Konsa tou, Lespri Bondye a gen egzijans ki pa dakò ak egzijans kò a. Se de bagay ki pa mache ansanm menm. Se sa k fè nou pa kapab fè sa nou vle.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Timote 3:6

Fòk li pa yon nonm ki fenk konvèti. Si pa sa, lògèy ka moute l nan tèt, la tonbe anba men m kondannasyon ak Satan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Jan 5:19

Nou konnen nou se moun Bondye. Men, tou sa ki sou latè anba pouvwa Satan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Revelasyon 2:10

Ou pa bezwen pè pou sa ou pral soufri ankò. Koute, Satan pral chache sonde nou tout, li pral jete anpil nan nou nan prizon. Nou pral soufri pandan dis jou. Men, kenbe fèm menm si nou gen pou n mouri. M'a ban nou lavi pou rekonpans.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jòb 1:12

Senyè a di Satan: — Bon! Ou mèt fè sa ou vle ak byen l yo. Men, m tou pale ou, li menm, pa manyen l! Se konsa Satan vire do l, l ale.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Zakari 3:1-2

Apre sa, Senyè a fè m wè Jozye, granprèt la, ki te kanpe devan zanj Senyè a. Satan menm te kanpe sou bò dwat Jozye pou l te ka akize l.Zanj Senyè a di Satan konsa: — Se pou Senyè a regle ou, Satan. Wi, se pou Senyè a ki renmen lavil Jerizalèm lan regle ou! Nonm sa a tankou yon bout bwa tou limen yo kouri wete nan dife pou l pa fin boule nèt.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 14:12-15

Manyè di nou non, ou menm ki te klere tankou zetwal bajou a, ki jan ou fè tonbe sot nan syèl la? Ou menm ki te konn mache ap kraze nasyon yo anba pye ou, ki jan yo fè jete ou plat atè konsa?Ou t'ap di nan kè ou: M'ap moute rive jouk nan syèl la. Mwen pral mete fòtèy mwen pi wo pase zetwal Bondye yo. Mwen pral chita tankou yon wa nan nò sou tèt mòn Randevou a.Mwen pral moute sou tèt nyaj yo. M'ap tankou Bondye ki gen tout pouvwa a.Men kounyeya, yo desann ou nan peyi kote mò yo ye a, jouk anba nan twou san fon an!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezekyèl 28:12-17

— Ras Adan! Ou pral plenn sò k'ap tann wa peyi Tir la. Di li men mesaj Senyè sèl Mèt la voye ba ou: - Te gen yon lè, se ou ki te pi bon. Tout moun t'ap gade sou ou. Ou te gen bon konprann. Ou te yon bèl bagay nan je tout moun.Ou t'ap viv nan jaden Edenn lan, jaden Bondye a. Ou te mete tout kalite bèl pyè koute chè sou ou: ribi, topaz, dyaman, krizolit, oniks, jasp, safi, malachit, emewòd. Tout bèl bijou ki te sou ou te fèt an lò. Se jou Bondye t'ap kreye ou la li te fè pare yo pou ou.Mwen mete yon zanj cheriben avè ou pou pwoteje ou. Se sou mòn ki apa pou mwen an ou te rete. Ou mache nan mitan gwo dife.Depi jou Bondye kreye ou la, ou pat fè anyen pou yo te fè ou repwòch, jouk jou ou konmanse fè sa ki mal.Pou fè kòmès ou mache, ou lage kò ou nan mechanste. Ou fè peche. Se konsa mwen mete ou deyò sou mòn ki apa pou mwen an. Ou pat bon pou sèvis mwen ankò. Zanj mwen te chwazi pou pwoteje ou la mete ou deyò nan mitan boul dife yo.Ou te wè jan ou te bèl, sa fè ou pèdi tèt ou. Paske ou te rive nan yon bèl pozisyon, ou tanmen aji tankou moun fou. Se poutèt sa mwen voye ou jete atè. Mwen kite ou la devan lòt wa yo pou yo wè sa ki rive ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 7:23

Men, nan tout kò m, mwen santi yon lòt lwa k'ap goumen ak lalwa mwen renmen an. Lwa sa a kenbe m prizonye anba otorite peche a ki nan tout kò mwen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Tesalonisyen 2:9-10

Mechan an va vini ak tout pouvwa Satan an. Li va fè anpil mirak, anpil mèvèy ak anpil gwo siy pou bay manti.Li va fè tout kalite bagay mal pou twonpe moun k'ap pèdi tèt yo. Y'ap pèdi tèt yo paske yo pa asepte verite ki pou ta sove yo a, yo pa renmen li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Revelasyon 13:4

Tout moun pran adore dragon an paske li te bay bèt la pouvwa li. Yo adore bèt la tou, yo t'ap di: — Kilès ki tankou bèt la? Kilès ki ka goumen avè li?

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 25:41

— Apre sa, la pale avèk sa ki sou bò gòch li yo, la di: Wete kò nou sou mwen, nou menm ki gen madichon! Al nan dife ki p'ap janm mouri an, dife ki te pare pou dyab la ak zanj li yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 8:12

Gen moun ki sanble ak tè bò chemen kote grenn yo tonbe a. Yo tande, men Satan vini, li rache pawòl la nan kè yo pou yo pa kwè, pou yo pa sove.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 12:24-26

Lè farizyen yo tande sa, yo di: — Si nou wè nonm sa a ap chase move lespri, se paske Bèlzeboul, chèf move lespri yo, ba l pouvwa pou sa.Men Jezi te konnen sa ki te nan tèt yo, li di yo: — Si yon peyi gen divizyon pou yonn dozado ak lòt, peyi sa a p'ap kenbe lontan. Si gen divizyon nan yon vil osinon nan yon fanmi jouktan pou yo ap fè lagè yonn ak lòt, ni vil sa a, ni fanmi sa a pa la pou lontan.Si Satan ap chase moun ki pou li yo, Satan ap goumen ak pwòp tèt li. Pouvwa Satan an pa la pou lontan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Mak 4:15

Gen moun, yo sanble ak tè bò chemen kote pawòl la tonbe a. Kou yo tande l, Satan vini, li rache pawòl ki te simen nan kè yo a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Timote 2:26

Lè konsa, y'a reprann bon sans yo, y'a chape kò yo sòti nan pèlen Satan ki te mete men sou yo pou l te fè yo fè sa l vle.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Efezyen 4:27

Pa bay Satan pye sou nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jenèz 4:7

Si sa ou fè a te byen, ou pa ta rive nan eta sa a. Men paske ou fè sa ki mal, peche kouche nan papòt ou, l'ap tann ou konsa. Se ou menm ki pou donte li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 10:20-21

Non! Men sa m vle di: ofrann bèt moun lòt nasyon yo ap fè a, se pa pou Bondye, se pou denmon yo fè li. Mwen pa ta vle nou vin an kominyon ak denmon yo.Nou pa kapab ap bwè nan gode Senyè a anmenmtan pou n'ap bwè nan gode denmon yo tou. Nou pa kapab ap manje sou menm tab avèk Senyè a anmenmtan pou n'ap manje sou menm tab ak denmon yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jak 1:13-15

Lè eprèv tonbe sou yon moun, lè li anba tantasyon, moun sa a pa dwe di se Bondye k'ap tante li. Paske Bondye pa janm tante fè sa ki mal. Konsa tou, Bondye pa ka tante pesonn pou fè li fè sa ki mal.Men, lè yon moun anba tantasyon, se pwòp move dezi moun lan k'ap rale l, k'ap pouse li.Konsa, move dezi a travay nan kè li, li fè l fè peche. Lè peche a fin fèt, li bay lanmò.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 10:27

Nou mèt pè kont kò nou. Yon sèl bagay ki rete pou nou fè, se rete tann jijman an ansanm ak gwo dife ki gen pou vin detwi tout lènmi Bondye yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Pyè 5:10

Men, apre n'a fin soufri yon ti tan, Bondye li menm va rann nou bon nèt, l'a kenbe nou fèm, l'a ban nou fòs, l'ap fè nou kanpe san brannen. Paske Bondye bay tout kalite favè. Se li menm ki te rele nou, gremesi Kris la, pou n te patisipe nan pouvwa li ki p'ap janm fini.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 11:18

Konsa tou, si Satan ap konbat pwòp tèt li, pouvwa Satan an pa la pou lontan. Nou di se Bèlzeboul ki ban m pouvwa chase move lespri yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Revelasyon 3:9

Men, pou moun ki fè pati gwoup Satan an, bann mantò sa yo k'ap pran pòz jwif yo men ki pa jwif, m'ap fòse yo vin mete ajenou devan ou pou yo ka respekte ou. Se pou yo rekonèt se ou menm mwen renmen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 4:24

Toupatou nan peyi Siri a, se tout moun ki t'ap nonmen non li. Se sa ki fè yo te mennen tout kalite moun malad ba li, ansanm ak tout moun ki soufri doulè, moun ki te gen move lespri sou yo, moun ki soufri malkadi ak moun ki paralize. Jezi geri yo tout.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 91:13

W'ap mache sou lyon ak sou sèpan, w'ap kraze jenn ti lyon yo ak eskòpyon yo anba pye ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 140:1-5

(2) Senyè, delivre m anba mechan yo non! Pwoteje m anba ansasen yo non,(3) anba moun k'ap kalkile move lide nan tèt yo, ki tout tan ap pouse dife. (4) Lang yo se razwa. Pawòl nan bouch yo se pwazon, ou ta di venen sèpan aspik.(5) Senyè, pa kite m tonbe anba men mechan yo, pwoteje m anba ansasen yo k'ap chache jan pou yo fè m tonbe.(6) Awogan yo pare yon pèlen pou mwen, yo tann pèlen kòd pou mwen, yo mete moun veye m sou tout chemen mwen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 141:4

Pa kite move lide pran tèt mwen. Pa kite m mete tèt ansanm ak mechan yo nan mechanste yo. Pa kite m patisipe nan fèt yo!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 12:29

— Pesonn pa ka antre piye kay yon vanyan gason si li pa mare nonm sa a anvan. Se apre sa, li ka resi piye kay la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Galat 6:9

Pa janm bouke fè byen. Paske, si nou pa dekouraje, n'a rekòlte lè lè a va rive.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 12:21

Pa kite sa ki mal gen pye sou ou. Okontrè, fè sa ki byen pou n kraze sa ki mal.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 34:19

(20) Lè yon moun ap mache dwat, li gen pou l soufri anpil. Men, Senyè a ap delivre l anba tout soufrans li yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 5:5

Se pou n lage nonm sa a nan men Satan pou kò l ka peri. Se konsa lespri l ka jwenn delivrans lè jou Senyè a va rive.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Filipyen 3:19

Moun sa yo ap rive fin detwi tèt yo. Se vant yo ki bondye yo. Yo pran plezi yo nan bagay ki pou ta fè yo wont pito. Se bagay lemonn ase ki nan tèt yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Efezyen 6:16

Toujou pran konfyans nou gen nan Bondye a tankou yon defans ki va penmèt nou pare tout flèch Satan an ap voye tou limen sou nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 18:18

— Se vre wi, sa m'ap di nou la a: Tou sa n'a defann moun fè sou latè, yo p'ap kapab fè l nan syèl la nonplis. Tou sa n'a pèmèt moun fè sou latè, y'a kapab fè l nan syèl la tou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 2:1-3

Poukisa nasyon yo ap toumante kò yo konsa? Poukisa pèp yo ap fè plan ki p'ap sèvi yo anyen?Wa latè yo pran lèzam. Chèf yo mete tèt yo ansanm, y'ap fè konplo sou do Senyè a, y'ap fè konplo sou do wa li chwazi a.Y'ap plede di: — Ann kase chenn yo mete nan pye nou yo! Ann voye yo jete!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 59:19

Depi kote solèy la leve a jouk kote solèy la kouche a, tout moun va pè Senyè a, y'a respekte pouvwa li. L'ap vin tankou lavalas k'ap desann nan fon ravin, tankou gwo van tanpèt.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 83:1-3

(2) O Bondye, pa rete ak bouch ou fèmen! Pa rete san ou pa di anyen, Bondye! Pa rete konsa san ou pa fè anyen!(3) Men li! Lènmi ou yo ap revòlte. Moun ki pa vle wè ou yo ap leve dèyè ou!(4) Y'ap fè konplo an kachèt sou do pèp ou a, y'ap mete tèt yo ansanm sou do moun w'ap pwoteje yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 24:24

Paske lè sa a, gen fo Kris ak fo pwofèt k'ap parèt. Y'a fè anpil mèvèy ak anpil mirak pou twonpe ata moun Bondye chwazi yo, si yo ta kapab.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Timote 4:1

Lespri Bondye te di sa byen klè: nan dènye tan an, gen moun k'ap lage konfyans yo nan Bondye. Yo pral obeyi yon bann lespri k'ap bay manti, yo pral swiv yon bann pawòl ki sòti nan move lespri yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Pyè 2:4

Bondye pa te fè pa zanj ki te peche yo. Li te lage yo nan touman. Li mete yo nan fènwè a. Y'ap rete la pou tann jijman.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jid 1:6

Chonje tou ki jan zanj ki pat rete nan pozisyon Bondye te ba yo a men ki te kite kote l te mete yo a, Bondye kenbe yo nan mitan fènwa a, mare nan yon chenn ki p'ap janm kase. Se la y'ap tann gwo jou jijman an.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 8:31-39

Kisa n'a di ankò sou pwen sa a? Si Bondye pou nou, kilès ki ka kont nou?Li pat menm refize nou pwòp Pitit li a, men li bay li pou nou tout. Ki jan pou l pa ta ban nou tout bagay avèk Pitit la tou pou gremesi?Ki moun ki va akize moun Bondye chwazi yo? Pèsonn. Paske se Bondye menm ki fè yo gras!Ki moun ki kab kondannen yo? Pèsonn. Paske Jezikri te mouri. Sa k pi rèd ankò, li leve sòti vivan nan lanmò, epi li chita sou bò dwat Bondye, kote l'ap plede pou nou.Kisa, atò, ki va fè nou pèdi renmen Kris la gen pou nou an? Soufrans ka fè nou sa? Osinon, kè sere? Osinon, pèsekisyon? Osinon, grangou, mizè, gwo danje, lanmò?Dapre sa ki ekri nan Liv la: Se poutèt ou, tout moun yo sòti pou touye nou. Yo gade nou tankou mouton y'ap mennen labatwa.Men, sou tout bagay sa yo, nou genyen batay la nèt ale, gremesi moun ki renmen nou an.Paske mwen gen lasirans sa a, anyen pa ka fè nou pèdi lamou Kris gen pou nou an: kit se lavi, kit se lanmò, ni zanj yo, ni lòt otorite ak pouvwa ki nan syèl la, te mèt se tan jodi a, te mèt se tan k'ap vini yo,ni pouvwa ki anwo nan syèl la, ni pouvwa ki nan zantray tè a. Non, pa gen anyen nan tout kreyasyon an ki ka rive fè nou pèdi lamou Bondye fè nou wè li gen pou nou nan Jezikri, Senyè nou an.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Jan 4:1

Mezanmi, nou pa bezwen kwè tout moun k'ap di yo gen Lespri Bondye a. Men, se pou n sonde yo pou nou wè si lespri yo genyen an sòti nan Bondye vre. Paske, gen yon bann fo pwofèt ki gaye toupatou sou latè a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jak 2:19

Ou kwè gen yon sèl Bondye? Se byen. Se sa denmon yo kwè tou, men yo menm, sa fè yo frisonnen sitèlman yo pè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Efezyen 5:11

Nou pa gen anyen pou nou wè ak moun k'ap viv nan fènwa, moun k'ap fè bagay ki p'ap rapòte anyen. Okontrè, denonse yo pou sa yo ye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 16:18

Moun konsa, se pa Kris la, Senyè nou an, y'ap sèvi. Se vant yo y'ap sèvi. Y'ap bay bèl pawòl, y'ap fè bèl diskou pou achte figi moun. Se konsa yo pran tèt ti inonsan yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Kolosyen 2:8

Fè atansyon pou nou pa kite pèsonn vire lòlòj nou ak bèl filozofi, ak vye diskisyon initil. Bagay sa yo soti nan koutim lèzòm genyen, nan jan yo konprann sa k'ap pase. Se pa bagay ki soti nan Kris.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 11:24-25

Se konfyans nan Bondye ki fè Moyiz, lè li vin gran, li te derefize yo rele li pitit gason pitit fi farawon a.Li te pito kite yo maltrete li ansanm ak pèp Bondye a, pase pou l te asepte pran plezi l nan peche pou yon ti tan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 69:1-2

(2) Delivre m non, Bondye. Dlo prèt pou neye mwen. (3) M'ap desann nan fon yon m'a labou. Mwen pa ka pran pye. Mwen nan yon gwo basen byen fon. Dlo prèt pou kouvri tèt mwen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Revelasyon 20:2-3

Li pran dragon an, sèpan ki la depi lontan an, sa yo rele dyab la, osinon Satan, li mete l nan chenn pou mil (1.000) an.Zanj lan voye l jete nan gwo twou san fon an, li fèmen twou a akle, epi li poze sele sou li. Konsa, dragon an p'ap kapab pran tèt nasyon yo toutotan mil (1.000) lanne pa fin pase. Apre sa, yo gen pou yo lage l ankò pou yon ti tan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Korent 2:11

pou nou pa bay satan okenn jwen pou li twonpe nou. Paske nou konnen byen sa li gen lide fè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 7:24-25

Ala malere mwen malere, mezanmi! Kilès ki va delivre m anba kò sa a k'ap trennen m nan lanmò?Gremesi Jezikri, Senyè nou an, mwen ka di: Mèsi Bondye! Konsa, men ki jan mwen ye: dapre konesans pa mwen, mwen se esklav lalwa Bondye a. Men, dapre sa m santi nan tout kò mwen, mwen se esklav lalwa peche a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Galat 3:1

Nou menm moun peyi Galasi, ala sòt nou sòt! Kilès nou kite pran tèt nou konsa, nou menm ki te konnen tout ti detay sou jan Kris la te mouri sou kwa a?

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Timote 3:13

Men, mechan k'ap fè bagay pou twonpe moun yo pral pi lwen toujou nan mechanste yo, yo toujou ap twonpe moun, y'ap kite moun twonpe pwòp tèt yo tou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 10:26-27

— Se sa k fè nou pa bezwen pè pèsonn. Pa gen anyen ki kache ki p'ap dekouvri yon lè. Nanpwen sekrè ki p'ap devwale.Tou sa m'ap di nou nan fènwa, nou menm repete l gwo lajounen. Tou sa yo di nou nan zòrèy, mache bay li nan tout kalfou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Revelasyon 12:11

Frè nou yo goumen ak li jouk yo gen batay la, gremesi san ti Mouton an ki te koule ak verite yo t'ap pibliye a: yo pat renmen lavi yo jouk pou yo ta pè lanmò.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 8:37

Men, sou tout bagay sa yo, nou genyen batay la nèt ale, gremesi moun ki renmen nou an.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Efezyen 2:1

Nou menm, moun Efèz, nou t'ap viv nan lanmò akoz fot nou, akoz peche nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 15:57

Men, ann di Bondye mèsi, li menm ki fè nou genyen batay la sou lanmò gremesi Jezikri, Senyè nou an!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 12:30

— Moun ki pa avèk mwen, se kont mwen yo ye. Moun ki p'ap ede m ranmase, se gaye y'ap gaye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Galat 5:16

Se poutèt sa, men sa m'ap di nou: Kite Lespri Bondye dirije lavi nou. Pa obeyi egzijans kò a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Jan 2:13-14

M'ap ekri nou, nou menm granmoun, paske nou konnen moun ki la depi nan konmansman an. M'ap ekri nou, nou menm jennmoun, paske nou kraze dyab la. M'ap ekri nou, nou menm timoun, paske nou konn Papa a. M'ap ekri nou, nou menm granmoun, paske nou konnen moun ki la depi nan konmansman an. M'ap ekri nou, nou menm jennmoun, paske nou gen anpil fòs: nou kenbe pawòl Bondye a nan kè nou, nou kraze dyab la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 2:14-15

Moun li rele pitit li yo, se moun ki gen yon kò ki fèt ak chè ak san. Jezi vin tankou yo tou, menm chè ak yo, menm san ak yo. Konsa, lè li mouri, li detwi Satan ki te gen pouvwa pou touye moun.Li delivre tout moun ki pase tout lavi yo esklav paske yo te pè lanmò.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 119:115

Wete kò nou sou mwen, bann mechan, pou m ka obeyi kòmandman Bondye mwen an.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 4:2

Se la Satan vin tante l pandan karant jou. Tout jou sa yo li pat manje anyen menm. Apre jou sa yo fin pase, li te grangou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 4:3

Lè sa a, satan pwoche kote li pou sonde l'. Li di li konsa: — Si ou se pitit Bondye vre, m'pini ou bay wòch sa yo lòd tounen pen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 12:2

Pa fè menm bagay ak sa moun ap fè sou latè. Men, kite Bondye chanje lavi nou nèt lè l'a fin chanje tout lide ki nan tèt nou. Lè sa a, n'a ka konprann sa Bondye vle, n'a konnen sa ki byen, sa ki fè l plezi, sa ki bon nèt ale.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 11:32-34

Kisa m ta di nou ankò? Se tan mwen pa genyen pou m ta pale nou sou Gedeyon, Barak, Samson, Jefte, David, Samyèl ak tout pwofèt yo.Ak konfyans yo te gen nan Bondye a, yo goumen, yo pran peyi lòt moun nan men yo, yo gouvènen san patipri, yo resevwa sekou Bondye te pwomèt la. Yo fèmen bouch lyon yo,yo touye gwo gwo dife, yo chape anba men moun ki te vle touye yo ak nepe. Yo te fèb, men yo vin gen fòs, sa te rann yo vanyan anpil nan lagè, kifè yo te ka kraze lame etranje yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 71:13

Se pou moun k'ap atake m yo wont, se pou yo disparèt. Wi, se pou yo wont, se pou moun pase yo nan rizib, moun sa yo ki te vle wè malè rive mwen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Jan 5:18

Nou konnen depi yon moun pitit Bondye, li p'ap kontinye ap viv nan peche toujou. Paske, Pitit Bondye a ap veye sou li, Satan pa ka fè l anyen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 10:19

Koute: Mwen ban nou pouvwa pou nou mache sou sèpan ak eskòpyon, pou nou kraze tout pouvwa Satan anba pye nou, pou anyen pa kapab fè nou mal.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jak 1:12

Benediksyon pou moun ki sipòte eprèv li ak pasyans. Lè l'a fin pase anba eprèv yo, l'a resevwa pou rekonpans lavi Bondye te pwomèt tout moun ki renmen li yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi

Lapriyè bay Bondye

Bondye Toupisan, tout glwa ak tout lonè pou ou! Bondye mwen ki nan syèl la, m'ap mande w, nan non Jezi, pou nan mitan depa sa a, ou ka ba fanmi ak zanmi yo fòs. M'ap priye pou Sentespri w la ka konsolatè yo, pou l ba yo lapè sèl ou menm ka bay. M'ap kriye nan pye w, paske mwen rekonèt se ou menm sèl ki gen Pouvwa pou delivre, pou geri, pou restore. Sentespri, ede nou konprann moun sa a ale jwi lavi etènèl la, kote pa gen ni doulè, ni lapenn, ni maladi ankò. Ban nou fòs, paske nou pèdi yon moun ki te enpòtan pou nou. Voye bonm ou sou yo, men sitou, fè yo ka sere nan kè yo espwa pou yo rewè l ankò. Se pa yon orevwa, men yon n'a wè pita. Jan pawòl ou di a: «Mwen se rezireksyon an, mwen se lavi a. Moun ki kwè nan mwen, menm si l mouri, l'ap viv.» Nan non Jezi. Amèn.
Swiv nou:

Piblisite


Piblisite