Depi timoun piti, ou dwe aprann pawòl Bondye. Paran w yo dwe montre w kijan pou w gen krentif pou Bondye epi pou w konnen pwomès li yo. Pawòl Bondye a di pou nou montre timoun chemen pou l pran, lè l’a granmoun, li p’ap kite l.
Pou nou antre nan syèl la, Jezi di nou fòk nou tankou timoun. Timoun pa kenbe rankin. Yo bliye ofans fasil. Yon timoun gen yon pite, yon senplisite, yon rekonesans nan kè li. Jezi di: “Kite timoun yo vin jwenn mwen, pa anpeche yo, paske wayòm syèl la se pou moun ki tankou yo.” (Matye 19:14).
Misyon nou se pou nou gide pitit nou yo, pitit pitit nou yo, ti frè ak sè nou yo, nenpòt timoun, avèk pawòl Bondye a, pou yo ka aprann bèl vèsè sa yo depi yo toupiti.
Bondye renmen timoun depi yo nan vant manman yo. Li gentan gen yon bèl plan pou yo, epi li vle pou plan sa a akonpli nan lavi yo. Timoun se yon eritaj Senyè a ban nou, yon rekonpans ki soti nan men l. Men sa pawòl la di: “Je ou te wè m’ depi m’ te anbriyon. Tout jou ki te pou m’ viv yo te deja ekri nan liv ou, depi anvan menm youn ladan yo te rive.” (Sòm 139:16)
— Mwen te konnen ou anvan menm mwen te ba ou lavi nan vant manman ou. Mwen te mete ou apa pou mwen anvan menm ou te fèt. Mwen te chwazi ou pou te pwofèt lòt nasyon yo.
— Nenpòt moun ki resevwa yon timoun konsa poutèt mwen, se mwen menm menm li resevwa. Nenpòt moun ki resevwa m, se pa mwen li resevwa, men se moun ki voye m lan li resevwa.
Pitit se kado Bondye bay, se yon rekonpans pou manman ak papa.Menm jan yon sòlda santi li gen kouray lè l gen zam li nan men l, se menm jan an tou pou yon moun ki fè pitit gason depi lè l te jenn.Ala bon sa bon pou moun ki gen anpil zam konsa! Li p'ap janm wont lè li kanpe nan pòtay lavil la pou l diskite ak moun k'ap chache l kont.
Wi, se ou ki fòme tout pati nan kò m, se ou ki ranje yo byen ranje nan vant manman m.M'ap fè lwanj ou, paske ou pa manke fè bèl bagay. Tou sa ou fè se bèl bagay. Mwen konn sa byen.
M'ap vide dlo sou tè sèk la. M'ap fè sous dlo koule nan dezè a. M'ap bay pitit nou yo pouvwa lespri mwen. M'ap voye benediksyon m sou pitit pitit nou yo.
Men sa Senyè a di, li menm ki delivre nou, li menm ki te fè nou depi nan vant manman nou: — Se mwen menm, Senyè a, ki fè tout bagay. Se pou kont mwen mwen te louvri syèl la anwo tèt nou. Lè m t'ap fè latè, kilès ki te ede m?
(11) Depi nan vant manman m, se ou menm k'ap pwoteje m. Depi anvan mwen te fèt, se ou menm ki Bondye mwen.
Lè Ezayi voye je l gade, li wè medam yo ak timoun yo. Li di: — Ki moun sa yo ki avè ou la a? Jakòb reponn li: — Tout se pitit Senyè a bay nèg pa ou la.
Li bay fanm ki pa ka fè pitit la yon fanmi. Li fè kè l kontan lakay li, li ba l pitit. Lwanj pou Senyè a!
Men zanj lan di yo konsa: — Pa pè. Mwen vin anonse nou yon bonnouvèl ki pral fè tout pèp la kontan anpil.Jòdi a, nan lavil David la, nou gen yon Sovè ki fenk fèt: se Kris la, Senyè a.
Madanm ou ap tankou yon pye rezen k'ap donnen anndan kay ou. Pitit gason ou yo ap tankou jenn ti plan oliv tout arebò tab ou.
Nan peyi nou an p'ap gen fanm k'ap fè fòskouch, ni fanm ki p'ap ka fè pitit. M'ap kite nou viv jouk nou fin granmoun.
Senyè a reponn: — Eske yon manman ka bliye pitit l'ap bay tete? Eske li ka pa sansib pou pitit ki soti nan zantray li? Menm si yon manman ta rive bliye pitit li, mwen menm, mwen p'ap janm bliye nou!
Mwen mande Bondye ki bay espwa a pou l fè kè nou kontan nèt, pou l fè kè nou poze ak konfyans nou gen nan li a. Se konsa espwa nou va toujou ap grandi ak pouvwa Sentespri a.
— Atansyon: Piga nou meprize yon sèl nan ti piti sa yo. Paske m'ap di nou sa: zanj gadyen yo ki nan syèl la, se tout tan yo la devan Papa m ki nan syèl la. [
(6) Paske, lè li ankòlè, se pou yon ti tan. Men, li ban nou favè l pou tout tan n'ap viv. Lannwit nou kriye, Kou l jou, kè nou kontan.
Mete tout konfyans ou nan Senyè a. Pa gade sou sa ou konnen.Toujou chonje Senyè a nan tou sa w'ap fè. Li menm, la moutre ou chemen pou ou pran.
Li beni yo, li di: Fè pitit, fè anpil anpil pitit mete sou latè. Donte tè a. Mwen ba ou pouvwa sou pwason nan lanmè, sou zwazo nan syèl ak sou tout bèt vivan k'ap mache sou vant sou latè.
Depi anvan m te fèt, tout lavi m te devan je ou. Tou sa mwen ta pral fè te deja ekri nan liv ou, anvan menm mwen te fè yo.
(12) Vini non, timoun mwen yo, koute sa m'ap di nou. M'a fè nou konnen ki jan pou nou gen krentif pou Senyè a.
Menm jan yon sòlda santi li gen kouray lè l gen zam li nan men l, se menm jan an tou pou yon moun ki fè pitit gason depi lè l te jenn.Ala bon sa bon pou moun ki gen anpil zam konsa! Li p'ap janm wont lè li kanpe nan pòtay lavil la pou l diskite ak moun k'ap chache l kont.
(1b) Ala bon sa bon pou ou, ou menm ki gen krentif pou Senyè a, ou menm k'ap mache nan chemen li mete devan ou lan!Avèk travay ou fè ak men ou, w'ap jwenn manje pou ou manje, w'ap kontan, zafè ou ap mache byen.
Se pa ti kontan kè m kontan pou sa Senyè a fè. M'ap fè fèt pou Bondye mwen an. Paske mwen tankou yon nèg k'ap marye ki fin abiye pou nòs la, tankou yon lamarye k'ap ranje bijou l yo sou li. Li kouvri m ak pouvwa li pou l sove m. Li vlope m nan bra li pou l delivre m.
Men, Jezi rele timoun yo vin jwenn li, li di: — Kite timoun yo vin jwenn mwen. Pa anpeche yo vini, paske peyi kote Bondye Wa a, se pou tout moun ki tankou timoun sa yo li ye.
Jezi di yo: — Kite timoun yo vin jwenn mwen non. Pa enpoze yo vini. Paske, Peyi Wa ki nan syèl la, se pou tout moun ki tankou timoun sa yo li ye.
Lè m'a fin mete lòt nasyon yo deyò pou fè plas pou nou, lè m'a fin laji teritwa nou an, pèsonn p'ap gen lanbisyon pou yo seye vin pran peyi a nan men nou lè n'a moute chak lanne pou parèt devan mwen menm, Senyè a, Bondye nou an, pou fete twa fèt sa yo.
(14) Paske ou pa kite m mouri, ou pa kite m bite, pou m kapab mache devan ou nan mitan bèl limyè k'ap klere moun k'ap viv pou ou yo.
Pawòl ou se yon chandèl ki fè m wè kote m'ap mete pye m, se yon limyè k'ap klere chemen mwen.
— Pa chaje tèt nou ak yon bann kèsyon: Kisa n pral manje? Kisa n pral bwè? Kisa n pral mete sou nou?Tout bagay sa yo, se moun lòt nasyon yo k'ap kouri dèyè yo tout tan. Men nou menm, nou gen yon Papa nan syèl la ki konnen nou bezwen tout bagay sa yo.Pito nou chache bay bagay peyi Wa ki nan syèl la premye plas nan lavi nou, chache viv jan Bondye vle l la anvan. Lè sa a, Bondye va ban nou tout lòt bagay sa yo tou.
(2) Mwen te mete tout espwa m nan Senyè a. Li te panche zòrèy li bò kote m, li te tande m lè m t'ap rele.(3) Li rale m sòti nan twou kote m t'ap peri a, nan gwo m'a labou a. Li mete m sou gwo wòch la, li fè m kanpe dwat ankò.(4) Li mete yon chante tou nèf nan bouch mwen, yon chante pou m fè lwanj Bondye nou an. Anpil moun, lè yo wè sa, yo pral pè, y'a mete konfyans yo nan Senyè a.
Tankou yon gadò, l'ap okipe mouton l yo. Se li menm k'ap sanble yo. L'ap pote ti mouton yo sou bra l. Tou dousman l'ap mennen manman mouton ki gen pitit dèyè yo.
Senyè, ou se yon Bondye ki gen pitye pou nou, yon Bondye ki gen bon kè. Ou pa fasil fè kòlè, ou p'ap janm sispann renmen nou, ou toujou kenbe pawòl ou!
Senyè a reponn: — Eske yon manman ka bliye pitit l'ap bay tete? Eske li ka pa sansib pou pitit ki soti nan zantray li? Menm si yon manman ta rive bliye pitit li, mwen menm, mwen p'ap janm bliye nou!Non nou tanpe nan plamen mwen. Nou pa janm soti nan lespri mwen.
Li tankou yon pyebwa yo plante bò kannal dlo: Li donnen lè sezon l rive. Fèy li p'ap janm fennen. Tou sa l fè sòti byen.
Moun ki rete anba pwoteksyon Bondye ki nan syèl la, Moun ki kache anba zèl Bondye ki gen tout pouvwa ayo ka di Senyè a: — Se ou ki tout defans mwen. Se ou ki tout pwoteksyon mwen. Ou se Bondye mwen. Se nan ou mwen mete tout konfyans mwen.
Lè sa a, Senyè a, Bondye a, pran pousyè tè, li fè yon nonm. Li soufle nan twou nen nonm lan pou l ba li lavi. Epi nonm lan vin vivan.
Nou menm fanmi Jakòb yo, ti rès ki rete nan fanmi Izrayèl la, nou menm mwen te pote nan men depi jou nou te fèt la, nou menm mwen te soutni depi nan vant manman nou an, koute sa m'ap di nou byen:M'ap toujou aji konsa ak nou jouk n'a vye granmoun. M'ap toujou soutni nou jouk n'a gen cheve blan. M'a pote nou nan men m jan m te toujou fè l la. M'a pran nou sou kont mwen, m'a delivre nou.
Eske se pa yon ti monnen yon pè zwazo koute? Malgre sa, pa gen yon sèl ki tonbe atè san se pa Bondye ki pèmèt sa rive.Pou nou menm menm, ata grenn cheve nan tèt nou, yo tout konte.Se sa k fè, nou pa bezwen pè menm: nou vo pi plis pase anpil ti zwazo.
Se pou Senyè a rete sou mòn Siyon an pou l beni ou! Mwen mande l pou l fè ou wè lavil Jerizalèm rete kanpe jouk jou ou mouri.Mwen mande l pou l fè ou wè pitit pitit ou yo! Benediksyon Bondye sou pèp Izrayèl la!
Tout pi bèl favè, tout pi bon kado nou resevwa, se anwo nan syèl la yo sòti, nan men Bondye ki kreye tout limyè. Bondye pa janm chanje, ni li pa gen anyen ki ta ka sanble yon chanjman nan li.
(3) Ou fè timoun piti ak tibebe nan tete chante jan ou gen fòs, pou ou koresponn ak moun ki pa vle wè ou yo, pou ou fèmen bouch lènmi ou yo ak moun k'ap kenbe tèt avè ou yo.
Lè sa a, Adan kouche ak Ev, madanm li. Madanm li vin ansent. Li fè yon pitit gason, li rele l Kayen, epi li di: — Avèk konkou Bondye, mwen gen yon gason.
Men renmen Bondye pou moun ki gen krentif pou li yo, se bagay ki la pou tout tan. L'ap gen pitye pou pitit pitit yo,pou moun ki kenbe pawòl yo ak li, pou moun ki chonje kòmandman li yo pou obeyi yo.
Senyè a te fè David, sèvitè li a, yon pwomès, l'ap toujou kenbe pawòl li: Se yonn nan pitit ou yo m'ap mete chita sou fòtèy ou a.Si pitit ou yo kenbe kontra mwen fè ak yo a, si yo kenbe prensip mwen ba yo, pitit pa yo tou va toujou chita son fòtèy ou a.
Pa janm bliye: Senyè a, se Bondye li ye. Se li menm ki fè nou, se pou li nou ye. Se pèp li nou ye, mouton ki nan savann li.
M'ap bay tout moun lòt nasyon yo pou m ka sove lavi nou, paske mwen konsidere nou anpil. Nou gen anpil valè pou mwen, mwen renmen nou anpil.
(12) Ou siye dlo nan je m, ou fè kè m kontan anpil. Ou wete rad dèy ki te sou mwen an, ou ban m yon bèl rad mete sou mwen pou m fè fèt.
(3) Se ou menm ki twou wòch kote m kache a. Se ou menm ki sèvi m ranpa. Se ou menm ki delivre m. Ou se Bondye mwen, se ou menm ki pwoteje m. Se nan ou mwen mete tout konfyans mwen. Se ou ki tout defans mwen. Se fòs ou k'ap sove m. Se anba zèl ou mwen jwenn kote pou m kache.
L'a delivre pòv yo lè yo rele nan pye li. L'a delivre tout malere ki san sekou.L'a gen pitye pou pòv malere yo. L'a sove lavi tout moun ki nan bezwen.L'a delivre yo anba men moun k'ap peze yo, anba men moun k'ap fè yo mechanste. Lavi moun sa yo gen anpil valè pou li!
(11) Moun ki konnen ou, Senyè, y'ap mete konfyans yo nan ou. Paske, ou pa lage moun k'ap chache ou.
Nou p'ap kache bagay sa yo pou pitit nou yo pa konnen yo. N'ap fè lwanj Senyè a devan timoun k'ap vini yo. N'ap fè yo konnen jan l gen pouvwa, jan l gen fòs, jan li fè gwo mèvèy.
Pitit mwen, koute papa ou non lè l'ap ba ou bon levasyon! Pa janm bliye sa manman ou te moutre ou!
Senyè a va beni pitit nou yo, rekòt jaden nou yo, pòte bèf nou yo, pòte kabrit nou yo, pòte mouton nou yo ak pòte tout lòt bèt nou yo.
Paske, se Senyè a menm k'ap chèf nou, se li menm k'ap gouvènen nou, se li ki wa nou, se li k'ap delivre nou.
Moun ki gen krentif pou ou va fè fèt lè y'a wè m, paske mwen te mete tout espwa m nan pawòl ou.
Si m vole ale bò kote solèy leve, osinon si m al rete bò lòt bò lanmè,la ankò, w'ap toujou la pou mennen m, w'ap la pou pwoteje m.
Pèp la va reponn: — Ki moun ki te kwè sa n'ap tande la a? Ki moun ki rekonèt travay Bondye a nan sa ki rive la a?Li te grandi devan Bondye tankou yon ti plant ki tou fèb, tankou yon ti kreyòl ki pouse nan tè sèk. Li pat bèl gason, li pat gen anyen nan li ki pou ta fè nou vire gade l. Li pat sanble anyen ki ta ka fè nou kontan ret gade l.
W'a fè m konnen chemen ki bay lavi a. Paske ou la avè m, mwen pa manke kontan. Bò kote ou, Senyè, se yon plezi ki p'ap janm fini.
W'a fin fè sa ou te konmanse fè pou mwen an. Senyè, ou p'ap janm sispann renmen nou. Pa vire do ou kite travay ou konmanse fè a!
Senyè a ap disparèt moun awogan yo ansanm ak tout fanmi yo. Men, l'ap pwoteje kay fanm ki pèdi mari yo.
Di Bondye mèsi pou tout bagay. Se sa Bondye mande nou, nou menm ki mete konfyans nou nan Jezikri.
Pa kite renmen lajan pran nanm nou. Se pou nou kontan ak sa nou genyen. Paske Bondye te di: Mwen p'ap janm vire do ba ou, mwen p'ap janm lage ou.
Lwanj pou Senyè a! Ala bon sa bon pou moun ki gen krentif pou Senyè a, ki pran tout plezi l nan fè sa li mande!
(10) Men, mwen tankou yon bèl pye oliv tou vèt nan kay Bondye a. M'ap toujou mete tout konfyans mwen nan li, paske li p'ap janm sispann renmen mwen.
(23) Renmèt sò ou nan men Senyè a, l'a kenbe ou fèm. Li p'ap janm kite moun ki mache dwat devan li yo rete atè lè yo tonbe.
Pandan n'ap tann lan, fè kè n kontan. Se pou nou gen anpil pasyans nan mitan soufrans nou yo. Pa janm sispann lapriyè.
Nenpòt travay yo ban nou fè, fè l ak tout kè nou tankou si se pa pou lèzòm nou t'ap travay, men pou Senyè a.Chonje byen: Senyè a gen pou ban nou rekonpans nou: l'ap ban nou eritaj li sere pou moun pa l yo. Paske, mèt n'ap sèvi tout bon an se Kris la.
pou m'bay moun Siyon ki nan lafliksyon yo kè kontan nan plas lapenn yo, kontantman nan plas kè sere yo. Yon chante remèsiman nan bouch yo nan plas yon chante lapenn. Yo pral grandi tankou gwo pyebwa nan jaden Senyè a te plante ak men li. Yo pral fè sa ki dwat devan Bondye pou tout moun ka fè lwanj bèl pou vwa li.
Konsa tou, se pou limyè nou klere devan tout moun, pou lè yo wè tout byen n'ap fè yo, y'a fè lwanj Papa nou ki nan syèl la.
Ou fè zèb pouse pou bèt yo manje. Ou fè plant moun bezwen yo grandi pou latè ka donnen manje,pou latè ka donnen rezen ki bay diven pou fè kè lèzòm kontan, lwil pou fè figi yo fre, pen pou ba yo fòs.
Moun ki fè kè l kontan, se moun ki gen krentif pou li, se moun ki mete tout espwa yo nan li, paske yo konnen li renmen yo.
Moun ki simen ak dlo nan je ap rekòlte ak kè kontan.Moun ki t'ap kriye lè yo ta prale avèk grenn pou yo simen nan jaden yo, y'ap tounen ak bèl chante nan bouch yo sitèlman yo kontan lè y'ap pote rekòt la lakay yo.
Senyè, Bondye nou, pa sispann ban nou favè ou. Fè nou reyisi nan tou sa n'ap fè. Wi, fè nou reyisi nan tou sa n'ap fè.
Men, Lespri Bondye a bay renmen, kè kontan, kè poze, pasyans, bon kè, seryozite, li fè ou gen bon manyè.Li fè ou aji ak dousè, li fè ou konn kontwole kò ou. Lalwa Moyiz la pa kont okenn nan bagay sa yo.
Gade kijan Papa a renmen nou non! Li sitèlman renmen nou, li rele nou pitit li. Epi se sa nou ye vre. Se poutèt sa, lemonn pa rekonèt nou, paske li pa rekonèt Bondye.
Si yon moun gen krentif pou Senyè a, Senyè a va moutre l chemen pou l pran.L'ap toujou gen kè kontan. Pitit li yo va pran peyi a pou yo.
Nou konnen pèsonn pa ka fè Bondye plezi si li pa gen konfyans nan Bondye. Moun ki vle pwoche bò kote Bondye, se pou yo kwè gen yon Bondye, yon Bondye k'ap rekonpanse tout moun k'ap chache li.
Moutre yo pou yo obsève tou sa mwen te ban nou lòd fè. Chonje sa byen: mwen la avèk nou toulejou, jouk sa kaba.
Mwen sèten Bondye ki te konmanse bon travay sa a nan nou, li gen pou l kontinye l jouk li va fini l nèt, lè jou Jezikri a va rive.
Se sou ou mwen konte depi m fèt. Se ou ki fè m sòti nan vant manman m. Se tout tan m'ap fè lwanj ou.
Timoun, se devwa nou tankou moun ki kwè nan Senyè a pou n obeyi papa nou ak manman nou, paske sa se yon bagay ki dwat devan Bondye.Trete manman ou ak papa ou avèk onè, avèk respè. Sa se premye kòmandman an ki gen yon pwomès dèyè li:Pou nou ka viv lontan ak kè kontan sou latè.
Tou sa Bondye kreye bon. Nou pa fèt pou nou voye yo jete. Se pou nou asepte tout bagay san nou pa janm bliye di Bondye mèsi.
Se sa k fè, avèk batèm nou an nou te antere ansanm avè l, nou te mouri ansanm avè l tou. Men, menm jan Papa a te fè l leve sòti nan lanmò avèk gwo fòs pouvwa li, konsa tou nou menm nou ka mennen yon lòt lavi.
(6) Senyè, Bondye mwen, ou te fè anpil bèl mèvèy pou nou, ou te fè anpil lide pou nou. Pa gen tankou ou, Senyè! Mwen ta renmen fè moun konnen yo, mwen ta renmen pale sou yo. Men, yo sitèlman anpil, mwen pa ka rakonte yo.
Madichon pou pitit k'ap di papa l ki kalite pitit ou fè la a. Madichon pou pitit k'ap di manman l ki kalite pitit ou met sou latè a la a!
Konsa, nou la nan mitan foul moun sa yo ki te moutre jan yo te gen konfyans nan Bondye. Ann voye tout bagay k'ap antrave kous nou jete byen lwen, ansanm ak peche a ki fasil pou vlope nou. Ann kouri avèk pasyans nan chemen Bondye mete devan nou an.Ann kenbe je nou kole sou Jezi. Se nan li konfyans nou sòti, se li menm tou k'ap kenbe nou nan konfyans sa a jouk sa kaba. Li kite yo fè l soufri sou kwa a. Li pa pran wont sa a pou anyen, paske li te toujou chonje apre l te fin soufri a, Bondye t'ap fè kè l kontan. Kifè kounyeya li chita sou bò dwat fòtèy Bondye a.
(15) se Bondye sa a ki Bondye nou pou tout tan tout tan. Se li menm k'ap kondi nou jouk sa kaba.
Men nou menm, nou se yon ras Bondye chwazi, prèt k'ap sèvi wa a, nasyon k'ap viv apa pou Bondye, pèp li peye pou li a. Li fè tou sa, pou nou te ka fè tout moun konnen bèl bagay Bondye te fè yo, Bondye ki rele nou soti nan fènwa a pou nou antre nan bèl limyè li a.
Men, paske Bondye te gen pitye pou yo, li padonnen peche yo, li pat touye yo. Anpil fwa menm, li kenbe, li pat fè kòlè sou yo. Li pat kite kòlè l tonbe sou yo.
Tansèlman, nou konn sa byen: nan tout bagay, Bondye ap travay pou byen tout moun ki renmen l, pou byen tout moun li te fè lide rele.
— Eske ti zwazo pa vann senk pou dis kòb? Men, Bondye pa bliye yon sèl ladan yo.Menm cheve nan tèt nou, yo tout konte. Se sa k fè, nou pa bezwen pè menm: nou vo pi plis pase anpil ti zwazo.
(12) Wi, poukisa mwen kagou konsa? Poukisa m'ap plenn konsa nan kè mwen? M'ap mete espwa m nan Bondye, paske mwen gen pou m fè lwanj li ankò. Se li k'ap delivre m, se li ki Bondye mwen.
Se sa ki fè, viv m'ap viv koulyeya, se pa mwen k'ap viv, men se Kris k'ap viv nan mwen: Lavi sa a m'ap viv la, m'ap viv li nan konfyans mwen gen nan Pitit Bondye a ki sitèlman renmen mwen, li bay lavi li pou mwen.
Paske, Bondye vle fè moun pa li yo konnen tout richès ak tout bèl pouvwa ki nan sekrè li te sere pou moun ki pa jwif yo. Men sekrè a: nou menm moun ki pa jwif yo, Kris ap viv nan lavi nou tou, li ban nou espwa nou gen pou nou patisipe nan bèl pouvwa Bondye a.
(20) Ala bon yo bon, bagay ou kenbe an rezèv pou moun ki gen krentif pou ou! Ala bèl yo bèl, bagay ou fè devan tout moun, lè w'ap pwoteje moun k'ap chache pwoteksyon anba zèl ou!
(12) Paske, se Senyè a ki tout defans mwen, se li menm k'ap pwoteje nou. L'ap ban nou favè li, l'ap fè yo respekte nou. Lè yon moun ap mennen yon vi ki san repwòch, Bondye p'ap janm refize l okenn bon bagay.
Menm lè m'ape pase anba lonbray lanmò, Mwen p'ape pè anyen, Paske, Senyè, ou la avèk mwen. Se baton ou ak pwoteksyon ou ki fè kè m' pa kase.
Men, se pou peche nou kifè yo te mete san l deyò konsa. Se akòz mechanste nou kifè yo te kraze l anba kou konsa. Chatiman ki te pou nou an se sou li li tonbe. Se konsa li ban nou kè poze. Avèk tout kou li te resevwa yo, li ban nou gerizon.
Se Bondye ki delivre m! Mwen gen konfyans nan li. Kè m pa kase ankò! Se Senyè a ki tout fòs mwen. Se pou li m'ap chante. Se li menm ki delivre m!
Moun ki gen lamou, li gen pasyans, li gen bon kè. Li pa anvye sò moun. Li pa nan fè grandizè. Li pa nan moute kòlèt sou moun.Lamou pa fè anyen pou fè moun wont. Lamou pa chache avantaj pa li. Li pa fè kòlè, li pa kenbe moun nan kè.Lamou tout bon pa pran plezi nan fè sa ki mal. Tout plezi li, se nan sa ki vre.Lacharite pèmèt sipòte tout bagay. Anyen pa brannen konfyans li. Lacharite pa pèdi espwa, l'ap toujou moutre pasyans li.
Si ou deklare ak bouch ou devan tout moun Jezi se Senyè a, si ou kwè tout bon nan kè ou Bondye te fè l leve sòti vivan pami mò yo, w'a sove.Paske, lè yon moun gen konfyans tout bon nan kè l, se lè sa a Bondye fè l gras. Lè yon moun deklare ak bouch li devan tout moun li gen konfyans nan Bondye, se lè sa a Bondye delivre li,
— Se poutèt sa mwen di nou: Pa bat kò nou pou keksyon manje ak keksyon bwè, ni pou keksyon rad. Paske èske lavi pa pi konsekan pase manje? Eske kò a pa gen plis valè pase rad?Gade zwazo k'ap vole nan syèl la: yo pa plante, yo pa fè rekòt, yo pa sere anyen nan galata. Men, Papa nou ki nan syèl la ba yo manje. Eske nou pa vo pi plis pase zwazo yo?
(1b) Pwoteje m, Bondye, paske se bò kote ou m'ap chache pwoteksyon. Mwen di Senyè a: — Se ou ki sèl Mèt mwen. Se ou menm ki tout mwen. Pa gen pase ou!
Bondye menm gen pouvwa pou l ban nou tout kalite benediksyon an kantite. Li fè sa, pa sèlman pou nou ka toujou genyen tou sa nou bezwen, men pou nou ka gen rès ki rete pou n fè tout kalite bon zèv.