Vèsè Biblik

- Piblisite -


VÈSÈ SOU KONFÒT

VÈSÈ SOU KONFÒT

Mwen konnen li difisil pou w aksepte ou p ap wè yon moun ou te renmen anpil ankò. Yon moun ki te enpòtan nan lavi w, ou p ap ka pale avè l, ri avè l, pataje bèl moman avè l ankò. Sa fè mal, se vre. Nou tout konn pase nan moman tristès sa yo, nan dèy. Lè sa rive, li nòmal pou w kriye, pou w santi w tris. Pa gen peche ladan l. Menm Jezi te kriye lè yo te di l Laza, yon zanmi l, te mouri (Jan 11:35). Li enpòtan pou w kite santiman w yo soti.

Men, malgre tristès la ak dèy la, pa kite l fin avè w. Bondye la avè w pou l siye dlo nan je w, pou l konsole kè w, pou l fè w souri ankò. Sèlman, kite l fè l. (2 Korentyen 1:3) Beni soit Bondye, Papa Senyè nou Jezikri a, Papa ki gen kè sansib, Bondye tout konsolasyon an.




Nawoum 1:7

Men, Senyè a gen bon kè tou: Jou malè, se li ki pwoteje pèp li. Li pran swen tout moun ki vin kache anba zèl li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 46:10

(11) Li di: — Rete la! Sispann goumen! Konnen se mwen menm ki Bondye. Se mwen k'ap donminen sou tout nasyon yo. Se mwen k'ap donminen sou tout latè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jan 16:33

Mwen pale konsa pou nou kapab gen kè poze nan mwen. Nou gen pou n soufri anpil sou latè. Men, pran kouray, lemonn deja pèdi devan mwen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 107:29

Li kase gwo van an. Lanm lanmè yo sispann fè bri. Kalmi fèt.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Detewonòm 31:6

Se pou nou vanyan. Se pou nou mete gason sou nou! Nou pa bezwen pè. Pa tranble lè yo parèt devan nou. Senyè a, Bondye nou an, kanpe la avèk nou. Li p'ap janm lage nou, li p'ap janm kite nou pou kont nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 34:17

(18) Lè moun ki mache dwat yo rele l, li tande yo. Li wete yo anba tray.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Mak 4:39

Jezi leve, li pale byen fò ak van an, li di: — Pe la. Li di dlo a: — Rete trankil. Latou, van an tonbe epi vin gen yon gwo kalmi.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 25:4

Paske ou te sèvi pwoteksyon pou moun ki fèb, yon pwoteksyon pou malere lè yo te nan tray. Se bò kote ou yo pare lapli. Se anba lonbray ou yo pare solèy. Lè mechan yo move, yo tankou gwo lapli loray k'ap tonbe nan tan fredi.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jan 6:35

Jezi di yo: — Se mwen menm, pen ki bay lavi a. Moun ki vi jwenn mwen p'ap janm grangou. Moun ki kwè nan mwen p'ap janm swaf.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 43:2

Lè n'ap pase sou lanmè, m'ap kanpe la avèk nou. Lè n'ap janbe gwo dlo, dlo a p'ap bwote nou ale. Lè n'ap mache nan mitan dife, dife p'ap boule nou. Flanm dife a p'ap fè nou anyen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 34:17-20

(18) Lè moun ki mache dwat yo rele l, li tande yo. Li wete yo anba tray.(19) Senyè a kanpe toupre moun ki dekouraje yo, li delivre tout moun ki te pèdi espwa.(20) Lè yon moun ap mache dwat, li gen pou l soufri anpil. Men, Senyè a ap delivre l anba tout soufrans li yo.(21) L'ap pwoteje l nèt ale. Pa yon ti zo nan kò l p'ap kraze.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jozye 1:9

Chonje lòd mwen te ba ou! Mete gason sou ou! Pa janm dekouraje! Ou pa bezwen tranble, ou pa bezwen pè, paske Senyè a, Bondye ou la, ap toujou kanpe la avèk ou kote ou pase.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 8:26

Jezi di yo: — Poukisa nou pè konsa? Ala moun manke konfyans! Apre sa, Jezi leve kanpe, li pale byen fò ak van an ansanm ak dlo a. Lamenm yon gwo kalmi fèt.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Filipyen 4:19

Bondye ki rich anpil la va ban nou tou sa nou bezwen nan Jezikri.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 46:1-3

(2) Se Bondye ki tout pwoteksyon nou, se li menm ki tout fòs nou. Li toujou pare pou ban nou sekou lè nou anba tray.(3) Se poutèt sa, nou te mèt wè tè a ap tranble, nou te mèt wè mòn yo ap chavire tonbe nan mitan lanmè, nou pa bezwen pè anyen.(4) Nou te mèt wè lanm lanmè yo move, y'ap kimen, jouk mòn yo rive tranble lè lanmè a ap frape sou rivay la, nou pa bezwen pè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 34:19

(20) Lè yon moun ap mache dwat, li gen pou l soufri anpil. Men, Senyè a ap delivre l anba tout soufrans li yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Korent 4:8-9

Mwen jwenn tout kalite difikilte. Men, mwen pa janm kwense nèt. Mwen konn rive nan sitirasyon mwen pa konn ni sa pou m fè, ni sa pou m di. Men, mwen pa janm pèdi espwa.Yo pèsekite m, men Bondye pa janm lage mwen. Mwen pran gwo sò, men mwen pa rete atè a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 8:28

Tansèlman, nou konn sa byen: nan tout bagay, Bondye ap travay pou byen tout moun ki renmen l, pou byen tout moun li te fè lide rele.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 61:2

(3) Kè m kase, mwen lwen lakay mwen. M'ap rele ou. Tanpri, mennen m al chache pwoteksyon sou wòch kote mwen pa ka rive a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 3:5-6

Mete tout konfyans ou nan Senyè a. Pa gade sou sa ou konnen.Toujou chonje Senyè a nan tou sa w'ap fè. Li menm, la moutre ou chemen pou ou pran.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 41:10

Nou pa bezwen pè. Mwen la avèk nou! Nou pa bezwen kite anyen ban nou kè sote. Se mwen menm ki Bondye nou. M'ap ban nou fòs, m'ap ede nou. M'ap soutni nou ak fòs ponyèt mwen ki pa janm pèdi batay.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jak 1:2-4

Frè m yo, se pou nou santi nou kontan anpil lè nou wè nou tonbe anba nenpòt kalite eprèv.Paske, nou konnen byen lè nou tonbe anba eprèv akoz konfyans nou gen nan Bondye, sa fè nou gen pasyans.Men, fòk pasyans sa a fin fè travay li nèt pou nou kapab bon nèt sou tout pwen, byen devlope, san nou pa manke anyen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 14:30

Men, lè Pyè wè jan van an te fò, li pè. Lè sa a, li konmanse koule, li pran rele: — Mèt, sove m non!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 25:16-17

Senyè, vire je ou bò kote m. Gen pitye pou mwen, paske mwen pou kont mwen, mwen san fòs.Pa kite m ak kè sere sa a. Wete m nan tray m'ap pase a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 91:1-2

Moun ki rete anba pwoteksyon Bondye ki nan syèl la, Moun ki kache anba zèl Bondye ki gen tout pouvwa ayo ka di Senyè a: — Se ou ki tout defans mwen. Se ou ki tout pwoteksyon mwen. Ou se Bondye mwen. Se nan ou mwen mete tout konfyans mwen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 12:1-2

Konsa, nou la nan mitan foul moun sa yo ki te moutre jan yo te gen konfyans nan Bondye. Ann voye tout bagay k'ap antrave kous nou jete byen lwen, ansanm ak peche a ki fasil pou vlope nou. Ann kouri avèk pasyans nan chemen Bondye mete devan nou an.Ann kenbe je nou kole sou Jezi. Se nan li konfyans nou sòti, se li menm tou k'ap kenbe nou nan konfyans sa a jouk sa kaba. Li kite yo fè l soufri sou kwa a. Li pa pran wont sa a pou anyen, paske li te toujou chonje apre l te fin soufri a, Bondye t'ap fè kè l kontan. Kifè kounyeya li chita sou bò dwat fòtèy Bondye a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Pyè 5:7

Lage tout tèt chaje nou yo ba li, paske l'ap pran swen nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 118:5-6

Nan tray mwen te ye a, mwen rele Senyè a, li reponn mwen, li delivre m.Senyè a pou mwen, mwen pa pè anyen. Kisa moun ka fè m?

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 26:3

Ou menm, Bondye, w'ap ba yo kè poze! Moun ki toujou kenbe pwomès yo, wi, w'ap ba yo kè poze, paske yo mete konfyans yo nan ou!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 5:3-5

Nou pa manke kontan menm lè n'ap soufri.Poukisa? Paske nou konnen lè n'ap soufri sa fè nou gen pasyans. Lè nou gen pasyans konsa, sa ban nou kouray pou nou soufri. Plis nou gen kouray, se plis nou gen espwa.Espwa sa a p'ap janm twonpe nou, paske Bondye te fè nou wè jan l renmen nou lè li ban nou Sentespri li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Timote 1:7

Paske, Lespri Bondye ban nou an pa fè nou wont moun. Okontrè, Lespri Bondye a ban nou fòs, renmen ak pouvwa pou kontwole tèt nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 121:1-2

(1b) Mwen leve je m, mwen gade mòn yo, mwen di: — Ki bò m'a jwenn sekou?Sekou mwen sòti nan men Senyè a. Se li menm ki fè syèl la ak latè a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 10:13

Tout tantasyon nou jwenn sou chemen nou, se menm kalite tantasyon tout moun jwenn sou chemen yo tou. Men, Bondye li menm toujou kenbe pawòl li: li p'ap kite yo tante nou yon jan ki depase sa nou ka sipòte. Men, lè nou va anba tantasyon an, l'a ban nou fòs pou nou ka sipòte l, pou nou ka sòti anba li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 30:5

(6) Paske, lè li ankòlè, se pou yon ti tan. Men, li ban nou favè l pou tout tan n'ap viv. Lannwit nou kriye, Kou l jou, kè nou kontan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 119:50

Nan mizè mwen, tout konsolasyon m, se pwomès ou fè m lan. Se sa ki fè m viv.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 138:7

Menm lè mwen nan gwo tèt chaje, ou pa kite m mouri. Ou leve men ou pou rete lènmi m yo ki ankòlè. Ou sove m avèk fòs ponyèt ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 145:14

L'ap soutni tout moun k'ap tonbe. Li bay tout moun ki nan lafliksyon kouray.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 54:10

Ou te mèt wè mòn yo ap souke, ti mòn yo ap tranble, mwen p'ap janm sispann renmen ou. M'ap toujou kenbe kontra mwen te pase pou m te toujou byen avè ou la. Se Senyè ki renmen ou lan ki di ou sa.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 27:1

(1b) Senyè a se limyè mwen, se li ki delivrans mwen. Ki moun ki ka fè m pè? Se Senyè a k'ap pwoteje mwen. Ki moun ki ka fè m tranble?

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 11:28-30

— Vini jwenn mwen, nou tout ki bouke, nou tout ki anba chay, m'a soulaje nou.Pran jouk mwen, mete l sou zepòl nou. Pran leson nan men mwen. Paske mwen dou, mwen toujou soumèt mwen tout bon devan Bondye. Konsa, n'a viv ak kè poze.Paske, jouk m'ap ban nou an fasil pou pote, chay m'ap ban nou an pa lou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 40:29

Lè yon moun pèdi souf, li ba li fòs. Lè yon moun febli, li ba l kouray ankò!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 9:9-10

(10) Moun y'ap peze yo, se bò kote Senyè a yo jwenn pwoteksyon. Se la yo jwenn yon kote pou yo kache, lè yo nan tray.(11) Moun ki konnen ou, Senyè, y'ap mete konfyans yo nan ou. Paske, ou pa lage moun k'ap chache ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 12:12

Pandan n'ap tann lan, fè kè n kontan. Se pou nou gen anpil pasyans nan mitan soufrans nou yo. Pa janm sispann lapriyè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Korent 12:9

Chak fwa, li reponn mwen: Se favè m ase ou bezwen. Paske lè ou fèb, se lè sa a moun wè pouvwa mwen nan ou. Se poutèt sa, nan fon kè m, mwen pito pale sou feblès mwen pou pouvwa Kris la ka mete m anba zèl li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 24:16

Paske, moun k'ap mache dwat yo te mèt tonbe sèt fwa. Pa pè, y'ap toujou leve ankò. Men, nan mechanste yo, mechan yo ap tonbe, yo p'ap ka leve ankò.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 23:4

Menm lè m'ape pase anba lonbray lanmò, Mwen p'ape pè anyen, Paske, Senyè, ou la avèk mwen. Se baton ou ak pwoteksyon ou ki fè kè m' pa kase.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 13:5

Pa kite renmen lajan pran nanm nou. Se pou nou kontan ak sa nou genyen. Paske Bondye te di: Mwen p'ap janm vire do ba ou, mwen p'ap janm lage ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 17:20

Jezi di yo: — Se paske nou manke konfyans nan Bondye. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: si nou te gen konfyans nan Bondye gwosè yon ti grenn moutad, nou ta di ti mòn sa a: wete kò ou la, al laba, li ta chanje plas. Pa gen anyen nou pa ta kapab fè. [

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Efezyen 6:10-11

Pou fini, chache fòs nou nan lavi n'ap mennen ansanm ak Senyè a ak nan gwo pouvwa li.Pran mete sou nou tout kalite zam Bondye ban nou pou nou ka kenbe tèt anba riz Satan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 22:24

(25) Li pa meprize pòv yo, li pa fèmen je l sou soufrans yo. Li pa rete lwen yo. Lè yo rele l, li reponn.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 66:10-12

Bondye, ou te fè nou pase anba tray pou ou te wè kote nou ye. Wi, menm jan yo pase lò nan dife pou wè si li bon, se konsa ou te fè nou pase anba tray.Ou te kite nou tonbe nan pèlen an. Ou te mete yon chay lou sou do nou.Ou kite nenpòt moun ap pase nou lòd. Nou pase nan dife, nou pase nan gwo dlo. Men, ou wete nou nan tout move pa, ou delivre nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Pyè 1:6-7

Se poutèt sa, annou sote ponpe ak kè kontan, menm si eprèv gen pou fè nou soufri pou yon ti tan.Paske, konfyans nou se tankou lò li ye. Yo blije pase lò a, ki yon bagay perisab, nan dife pou wè si l bon. Konsa tou, konfyans nou ki gen plis valè pase lò a gen pou pase anba eprèv tou, pou nou ka resevwa lwanj, onè ak respè lè Jezikri va parèt.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 139:7-10

Ki bò mwen ta ale pou m pa jwenn ak ou? Ki bò mwen ta ale pou ou pa wè m devan je ou?Si m moute nan syèl la, se la ou ye. Si m desann kote mò yo ye a, ou la tou.Si m vole ale bò kote solèy leve, osinon si m al rete bò lòt bò lanmè,la ankò, w'ap toujou la pou mennen m, w'ap la pou pwoteje m.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 43:5

Nou pa bezwen pè anyen. Mwen la avèk nou. M'ap fè tout moun nou yo tounen lakay yo. M'ap sanble nou sòti nan peyi sou bò solèy leve ak nan peyi sou bò solèy kouche.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Korent 1:3-4

Ann fè lwanj Bondye ki papa Jezikri, Senyè nou an, Papa ki gen kè sansib la, Bondye ki toujou la pou ban nou ankourajman an.Li ankouraje nou nan tout lapenn nou, konsa nou menm tou nou ka ankouraje moun ki nan tout kalite lapenn lè n'a ba yo menm ankourajman nou te resevwa nan men li an.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Filipyen 4:6-7

Pa bay kò nou traka pou anyen. Men, nan tout sikonstans mande Bondye tou sa nou bezwen nan lapriyè. Toujou chonje di l mèsi tou lè n'ap lapriyè.Konsa, Bondye va ban nou kè poze nan jan pa l, bagay lèzòm pa ka konprann. La kenbe kè nou ak lespri nou fèm nan Jezikri.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 18:10

Senyè a, se yon gwo ranpa byen solid. Se la moun k'ap mache dwat yo kouri al chache pwoteksyon.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 40:1-3

(2) Mwen te mete tout espwa m nan Senyè a. Li te panche zòrèy li bò kote m, li te tande m lè m t'ap rele.(3) Li rale m sòti nan twou kote m t'ap peri a, nan gwo m'a labou a. Li mete m sou gwo wòch la, li fè m kanpe dwat ankò.(4) Li mete yon chante tou nèf nan bouch mwen, yon chante pou m fè lwanj Bondye nou an. Anpil moun, lè yo wè sa, yo pral pè, y'a mete konfyans yo nan Senyè a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 7:24-25

— Konsa, moun ki tande pawòl mwen fenk sot di a, epi ki fè sa mwen mande li fè a, l'ap tankou yon moun lespri ki bati kay li sou wòch.Lapli tonbe, dlo desann, gwo van soufle sou kay la ak tout fòs. Kay la pa tonbe, paske yo te moute fondasyon kay la sou wòch.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 94:19

Lè m nan tèt chaje, lè mwen pa konn sa pou m fè, se ou menm ki ban m kouray, se ou menm ki fè kè m kontan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 26:20

Ale non, pèp mwen an! Antre lakay nou! Fèmen tout pòt dèyè nou! Kache kò nou pou yon ti tan jouk lè kòlè Bondye a fin pase.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Eklezyas 3:1

Gen yon lè pou chak bagay. Gen yon tan fikse pou chak bagay k'ap fèt sou latè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 91:15

Lè l rele m, m'ap reponn li. Lè l nan tray, m'ap la avèk li. M'ap delivre l, m'ap fè yo respekte l.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 56:3-4

(4) Bondye ki anwo nan syèl la, lè mwen pè, se nan ou mwen mete tout konfyans mwen.(5) Mwen gen konfyans nan Bondye. M'ap fè lwanj pawòl li. Mwen pa pè anyen. Kisa lèzòm ka fè m?

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 8:31

Kisa n'a di ankò sou pwen sa a? Si Bondye pou nou, kilès ki ka kont nou?

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 118:14-16

Se Senyè a ki tout fòs mwen, se pou li m'ap chante. Se li menm ki delivre m.Tande jan moun k'ap mache dwat devan Bondye yo ap rele anndan lakay yo, sitèlman yo kontan! Yo genyen batay la, yo delivre. Senyè a fè bèl bagay avèk pouvwa li.Pouvwa Senyè a se yon pakèt afè. Senyè a fè bèl bagay ak pouvwa li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 12:25

Tèt chaje kraze kouray yon moun. Men, yon bon pawòl fè kè l kontan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 121:3-4

Li p'ap kite pye ou chape, moun k'ap veye sou ou a p'ap janm dòmi.Moun k'ap veye sou pèp Izrayèl la p'ap kabicha, li p'ap dòmi.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 9:10

(11) Moun ki konnen ou, Senyè, y'ap mete konfyans yo nan ou. Paske, ou pa lage moun k'ap chache ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 11:1

(1b) Se bò kote Senyè a mwen jwenn pwoteksyon. Kijan ou ka fè di mwen: Jete ou nan mòn, Vole jete ou tankou zwazo,

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 12:5

(6) Y'ap peze malere yo. Pòv yo ap soufri, y'ap plenyen. Men, Senyè a di: M'ap vini kounyeya. M'ap ba yo sekou y'ap tann lan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 130:1-2

(1b) Nan mizè mwen ye a, Senyè, m'ap rele nan pye ou.Senyè, koute m non! Panche zòrèy ou pou ou tande jan m'ap lapriyè nan pye ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 32:7

Se bò kote ou mwen vin kache. Jou malè w'ap delivre m. M'ap chante fè konnen jan ou pwoteje m.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 23:1-3

(1b) Senyè a se gadò mwen, mwen p'ap janm manke anyen.Kote zèb yo pi bèl, se la li fè m pran repo. Kote dlo a koule poze, se la li mennen m bwè.Li fè m reprann fòs. Li fè m mache nan chemen dwat, pou sa sèvi yon lwanj pou non li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 145:18-19

Senyè a kanpe toupre moun k'ap rele l, toupre tout moun k'ap rele l ak tout kè yo.L'ap bay tout moun ki gen krentif pou li sa yo ta renmen. Li tande lè y'ap rele l, l'ap delivre yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 35:4

Pale ak moun ki dekouraje yo. Di yo konsa: Pran kouray! Pa pè! Men Bondye nou an ap vini! Li pral tire revanj sou lènmi nou yo, li pral fè yo peye sa yo fè. Se li menm menm ki pral fè sa pou l ka delivre nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 40:31

Men, Senyè a ap bay moun ki mete konfyans yo nan li fòs ankò. Tankou malfini, y'ap pran zèl pou yo leve ale. Y'ap kouri san yo p'ap janm bouke. Y'ap mache, yo p'ap janm febli.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 68:19

(20) Ann fè lwanj Senyè a chak jou! Li pote chay nou pou nou: Se li ki Bondye nou, se li ki delivre nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 84:5

(6) Ala bon sa bon pou moun ki mete konfyans yo nan ou, pou moun ki fè lide ale sou Mòn Siyon an!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 8:24

Yo pwoche bò kote Jezi yo souke l, yo di li: — Mèt, Mèt, se mouri n'ap mouri wi! Jezi leve, li pale byen fò ak van an ansanm ak lanm lanmè yo: tout bagay vin byen trankil, yon gwo kalmi fèt.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Pyè 4:12-13

Frè m yo, nou pa bezwen sezi devan gwo eprèv sa yo k'ap tonbe sou nou tankou yon gwo dife. Nou pa bezwen konprann sa se yon bagay estraòdinè k'ap rive nou la a.Okontrè, fè kè n kontan. Paske, menm jan nou patisipe nan soufrans Kris yo, konsa tou n'a kontan nèt ale lè gwo pouvwa Kris la va parèt.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 15:57

Men, ann di Bondye mèsi, li menm ki fè nou genyen batay la sou lanmò gremesi Jezikri, Senyè nou an!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 5:14

— Se limyè nou ye pou moun sou latè. Moun pa kapab kache yon lavil ki bati sou yon mòn.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 16:3

Mande Senyè a pou l beni tout travay w'ap fè, w'ap reyisi nan tou sa w'ap fè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 37:39-40

Se Senyè a k'ap sove moun ki mache dwat yo. L'ap sèvi yo defans lè yo nan tray.L'ap pote yo sekou, l'ap delivre yo. L'ap wete yo anba men mechan yo, paske se anba zèl li y'al chache pwoteksyon.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 4:16

Se poutèt sa, ann pwoche avèk konfyans devan fòtèy kote Bondye ki renmen nou an chita. Se la n'a jwenn padon pou peche nou yo, se la n'a jwenn pou gremesi sekou n'a bezwen lè nou nan nesesite.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 91:11-12

Bondye ap pase zanj li yo lòd pou yo veye sou ou, pou yo pwoteje ou kote ou pase.Y'ap pote ou nan men yo, pou ou pa kase zòtèy pye ou sou okenn wòch.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 119:143

Mwen nan tray, kè m ap kase. Men, mwen pran tout plezi m nan fè sa ou mande m fè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 26:4

Mete konfyans nou nan Bondye pou tout tan paske Senyè a ap toujou la pou pwoteje nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Eklezyas 7:14

Lè bagay ap mache byen pou ou, fè kè ou kontan. Lè malè tonbe sou ou, chonje ni yonn ni lòt se nan Bondye sa sòti. Konsa, yon moun pa janm konnen sa k'ap vin apre l.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 18:28-29

(29) Senyè, ou se limyè mwen, ou se Bondye mwen. Se ou ki wete m nan fènwa kote m te ye a.(30) Avè ou, mwen fonse sou bann lènmi m yo ki ame jouk nan dan. Avèk ou, mwen eskalade miray ki sèvi yo defans.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 15:5-6

Se pou Bondye ki bay pasyans ak ankourajman an fè nou viv byen yonn ak lòt, pou nou ka swiv egzanp nou jwenn nan Jezikri.Konsa, n'a mete kè nou ak bouch nou ansanm pou fè lwanj Bondye, papa Jezikri, Senyè nou an.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Timote 3:12

Tout moun ki vle rete viv fidèl ak Jezikri, yo gen pou yo soufri pèsekisyon.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 16:8

Mwen toujou mete Senyè a devan je m. Paske li toujou bò kote m. Anyen pa ka brannen m.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 50:7

Senyè a, Bondye a, ap pote m sekou. Se poutèt sa, jouman yo pa ka fè m anyen. Mwen sere dan m, mwen mare kè m pou m soufri. Mwen sèten, Bondye p'ap fè m wont.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 139:5

Kote m vire, ou la bò kote m, w'ap pwoteje m ak pouvwa ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 73:26

Kò m te mèt ap deperi, lespri m te mèt ap gaga, se ou menm menm, Bondye, ki tout fòs mwen, se ou menm ki tout mwen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 10:23

Ann kenbe espwa nou genyen an byen fèm. Paske, nou mèt sèten, Bondye ap kenbe pwomès li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 52:8-9

(10) Men, mwen tankou yon bèl pye oliv tou vèt nan kay Bondye a. M'ap toujou mete tout konfyans mwen nan li, paske li p'ap janm sispann renmen mwen.(11) M'ap toujou di ou mèsi pou sa ou fè, Bondye. Tout espwa mwen se nan ou li ye. M'ap kanpe nan mitan moun k'ap sèvi ou yo pou m fè konnen jan ou bon.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 138:3

Lè m te rele ou, ou te reponn mwen, ou te ban m plis kouray.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 21:17-19

Tout moun pral rayi nou poutèt mwen.Men, pa yon grenn cheve nan tèt nou p'ap pèdi.Kenbe fèm, se konsa n'a sove lavi nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 4:8

(9) Mwen moute kabann mwen ak kè poze. Kou m kouche, dòmi pran m. Senyè, se ou menm sèl ki p'ap janm kite anyen rive m.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 126:5

Moun ki simen ak dlo nan je ap rekòlte ak kè kontan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 37:24

Si yo tonbe, yo p'ap rete atè a. Paske Senyè a ap ba yo men.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 5:10-12

Benediksyon pou moun ki anba pèsekisyon lè y'ap fè sa Bondye mande, paske peyi Wa ki nan syèl la, se pou yo li ye.— Benediksyon pou nou lè moun va joure nou, lè y'a pèsekite nou, lè y'a fè tout kalite manti sou nou paske se moun pa m nou ye.Fè kè nou kontan. Wi, nou mèt kontan nèt, paske yon gwo rekonpans ap tann nou nan syèl la. Se konsa yo te pèsekite pwofèt ki te vini anvan nou yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 10:28

Nou pa bezwen pè moun ki kapab touye kò nou, men ki pa kapab touye nanm nou. Se Bondye pou nou pè pito, paske li menm li kapab detwi nanm nou ansanm ak tout kò nou nan lanfè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 126:1-3

(1b) Lè Senyè a te fè moun Siyon yo te depòte yo tounen lakay yo, se tankou si nou te nan rèv: Nou pat vle kwè se te vre!Ala ri nou te ri! Ala chante nou te chante tèlman nou te kontan! Lè sa a, lòt nasyon yo t'ap di: — Senyè a fè anpil bèl bagay pou yo!Wi, li te fè anpil bèl bagay pou nou, sa te fè kè nou kontan anpil.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 41:13

Se mwen menm, Senyè a, ki Bondye nou! M'ap pran men nou, m'ap di nou: Nou pa bezwen pè. M'ap ede nou!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Filipyen 1:6

Mwen sèten Bondye ki te konmanse bon travay sa a nan nou, li gen pou l kontinye l jouk li va fini l nèt, lè jou Jezikri a va rive.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 9:18

(19) Se pa tout tan yo ka bliye moun ki nan mizè. Se pa tout tan yo ka wete espwa moun ki nan lafliksyon.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 21:31

Moun pare chwal pou y'al fè lagè, men se Senyè a k'ap deside kilès k'ap genyen batay la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 18:32

(33) Se Bondye ki ban m fòs, li fè m mennen yon vi san repwòch.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 28:7

Senyè a ap pwoteje m, l'ap pran defans mwen. Mwen mete tout konfyans mwen nan li. Li ede m, kè m kontan. M'ap chante pou m fè lwanj li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 12:1-2

(2) Vin sove nou non, Senyè! Pa gen moun ki renmen ou ankò! Pa gen moun sou latè k'ap sèvi ou ak tout kè yo ankò!(3) Yonn ap bay lòt manti. Yonn ap flate lòt, yonn ap twonpe lòt.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 5:11

(12) Men, tout moun ki mete konfyans yo nan ou, fè kè yo kontan. Se pou yo chante san rete tèlman yo kontan. W'ap pwoteje moun ki renmen ou. Ou fè yo chante pou ou tèlman yo kontan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 68:1

(2) Lè Bondye kanpe, lènmi l yo gaye, moun ki rayi l yo kouri lè l parèt.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 139:1-3

(1b) Senyè, ou sonde m, ou konnen ki moun mwen ye. Ou konnen lè m chita, ou konnen lè m kanpe. Ou rete byen lwen, ou konnen tou sa k'ap pase nan tèt mwen.Mwen te mèt ap mache, mwen te mèt kouche, ou wè m, ou konnen tou sa m'ap fè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Pyè 5:10

Men, apre n'a fin soufri yon ti tan, Bondye li menm va rann nou bon nèt, l'a kenbe nou fèm, l'a ban nou fòs, l'ap fè nou kanpe san brannen. Paske Bondye bay tout kalite favè. Se li menm ki te rele nou, gremesi Kris la, pou n te patisipe nan pouvwa li ki p'ap janm fini.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 39:7

(8) Kounyeya, Senyè, sa m'ap tann ankò? Tout espwa m se sou ou!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 72:12

L'a delivre pòv yo lè yo rele nan pye li. L'a delivre tout malere ki san sekou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 50:15

Lè ou nan tray, rele m, m'a delivre ou. Wa fè lwanj mwen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 12:28

Peyi wa nou resevwa pou eritaj la pa ka brannen. Se pou nou di mèsi pou sa. Ann fè wè nou pa bliye sa li fè pou nou. Ann sèvi Bondye yon jan ki pou fè l plezi, avèk respè, avèk krentif.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jak 1:2

Frè m yo, se pou nou santi nou kontan anpil lè nou wè nou tonbe anba nenpòt kalite eprèv.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 37:5

Renmèt kòz ou nan men Senyè a! Mete konfyans ou nan li, l'a ede ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 10:31

Se sa k fè, kit n'ap manje, kit n'ap bwè, nenpòt kisa n'ap fè, fè l pou sa sèvi yon lwanj pou Bondye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 8:37

Men, sou tout bagay sa yo, nou genyen batay la nèt ale, gremesi moun ki renmen nou an.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Galat 6:9

Pa janm bouke fè byen. Paske, si nou pa dekouraje, n'a rekòlte lè lè a va rive.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Filipyen 4:13

Nenpòt sitirasyon ki parèt devan mwen, m'ap degaje m, gremesi Kris la ki ban mwen fòs kouray.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 30:15

Men, Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la, ki yon Bondye apa, di pèp la: Tounen vin jwenn mwen, bay kè ou repo, se la delivrans ou ye. Kenbe tèt ou anplas, fè mwen konfyans, se la fòs ou ye. Men nou pa te vle.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 56:9

(10) Se poutèt sa lènmi m yo gen pou kouri ale lè m rele ou. Mwen konnen Bondye pou mwen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 119:92

Si mwen pat pran plezi m nan fè sa ou mande m fè, atòkonsa mwen ta fin mouri nan mizè mwen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 54:4

(6) Men, Bondye ap vin ede m. Senyè a ap pran defans mwen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 11:28

— Vini jwenn mwen, nou tout ki bouke, nou tout ki anba chay, m'a soulaje nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 50:10

Nou tout ki gen krentif pou Senyè a, nou tout k'ap koute pawòl sèvitè li a, nou wè jan chemen m'ap swiv la fè nwa nèt. Se pou nou met konfyans nou nan Senyè a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 34:4

(5) Mwen te kriye nan pye Senyè a, li te reponn mwen. Li delivre m anba tout sa ki t'ap fè m pè yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 119:62

Nan mitan lannwit mwen leve pou m di ou mèsi, paske tout jijman ou yo san patipri.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Korent 4:17

Sa m'ap sibi kounyeya, se yon ti soufrans ki la pou pase. Men, soufrans sa a ap pare pou mwen yon bèl pouvwa k'ap la pou tout tan, pouvwa ki depase ti soufrans sa a anpil.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Filipyen 3:14

Konsa, m'ap kouri dwat devan m sou mak kote m prale a, pou m ka jwenn rekonpans Bondye rele m vin resevwa nan syèl la, gremesi Jezikri.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 6:34

Se sa ki fè, pa chaje tèt nou pou denmen, paske denmen va gen zafè pa li. Chak jou gen kont chay pa yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 13:5-6

Pa kite renmen lajan pran nanm nou. Se pou nou kontan ak sa nou genyen. Paske Bondye te di: Mwen p'ap janm vire do ba ou, mwen p'ap janm lage ou.Konsa, nou kapab di avèk konfyans: Se Bondye k'ap vin ede mwen. Mwen pa pè anyen. Kisa moun ka fè mwen?

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 16:20

Anvan lontan, Bondye ki bay kè poze a gen pou kraze Satan anba pye nou. Se pou benediksyon Jezi, Senyè nou an, toujou la avèk nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 69:33

(34) Senyè a koute lè pòv yo ap lapriyè nan pye l. Li pa bliye moun pa l yo lè yo nan prizon.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 32:10-11

Mechan yo gen pou yo soufri anpil. Men, Senyè a ap toujou pwoteje moun ki met konfyans yo nan li paske li renmen yo.Nou tout k'ap viv jan Bondye vle l la, fè kè nou kontan, chante pou sa Senyè a fè pou nou. Nou tout k'ap mache dwat devan Bondye, rele, fè wè jan nou kontan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 5:3

(4) Chak maten ou tande vwa m. Kou solèy leve, mwen mete lapriyè m devan ou. M'ap tann ou reponn mwen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 77:1-2

(2) Mwen rele byen fò nan pye Bondye. Wi, mwen rele nan pye Bondye, li koute mwen. (3) Lè mwen nan tray, mwen lapriyè nan pye Senyè a. Tout lannwit m'ap lapriyè san rete, mwen pa ka jwenn konsolasyon.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 116:4

Lè m wè sa, mwen rele Senyè a. Mwen di li: — Tanpri, Senyè, delivre m non!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Jan 5:14-15

Se poutèt sa kè nou pa sote devan Bondye. Nou konnen l'ap koute nou si nou mande l kichòy ki dakò ak volonte li.Konsa, non sèlman nou konnen l'ap koute nou lè nou fè l yon demann, men nou konnen tou l'ap ban nou sa nou mande l la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 12:19

Mezanmi, pa tire revanj. Men kite kòlè Bondye fè travay li. Paske men sa ki ekri nan Liv la: Se mwen sèl ki gendwa tire revanj, se mwen menm sèl ki va bay moun sa yo merite. Se Bondye menm ki di sa.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 25:20

Pwoteje m non! Delivre m non! Piga ou fè m wont, paske se bò kote ou m'ap chache pwoteksyon, se anba zèl ou mwen vin kache.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 66:10

Bondye, ou te fè nou pase anba tray pou ou te wè kote nou ye. Wi, menm jan yo pase lò nan dife pou wè si li bon, se konsa ou te fè nou pase anba tray.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 121:7-8

Senyè a ap pwoteje ou pou anyen pa rive ou, li p'ap kite anyen rive ou.L'ap pwoteje ou kit w'ap antre, kit w'ap sòti, depi kounyeya ak pou tout tan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Filipyen 4:6

Pa bay kò nou traka pou anyen. Men, nan tout sikonstans mande Bondye tou sa nou bezwen nan lapriyè. Toujou chonje di l mèsi tou lè n'ap lapriyè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 107:1

Lwanj pou Senyè a paske li bon! Li p'ap janm sispann renmen nou!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 27:14

Mete espwa ou nan Senyè a! Gen konfyans, pa dekouraje! Wi, mete espwa ou nan Senyè a!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 30:6-7

(7) Mwen te santi kè m poze, se sa k fè mwen t'ap di: — Anyen p'ap janm rive m.(8) Senyè, ou fè m favè, ou mete m chita sou yon mòn byen wo. Men, kou ou vire do ban mwen, kè m kase.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 119:116

Soutni mwen, jan ou te pwomèt la, pou m ka viv. Pa kite m pran wont pou m pa jwenn sa m'ap tann lan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Tesalonisyen 3:3

Men, Bondye ap toujou kenbe pawòl li. L'ap ban nou fòs, l'a pwoteje nou anba Satan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 6:19

Espwa sa a, se tankou yon lank batiman li ye pou nou. L'ap kenbe nanm nou fè m, byen solid. Lank sa nou genyen an, li chouke jouk lòt bò rido tanp ki nan syèl la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi

Lapriyè bay Bondye

Mèsi Bondye, ou se gerisè mwen, ou se moun kap founi tout sa m bezwen, ou se pwotektè mwen. Se ou menm k ap mennen batay mwen yo, se ou k ap fè m pase de glwa an glwa. Nan non Jezi, Bondye ki gen tout pouvwa a, m ap remèsye w paske nan mitan pwoblèm mwen yo, ou te la pou ban m fòs ak kouraj. Lè m te nan bezwen, ou te soutni m, ou te ban m tout sa m te bezwen. Ranpli m ak prezans ou ak Sentespri ou a. Se pou lapè ou a, lapè ki depase tout sa nou ka konprann, pwoteje lespri mwen ak kè mwen. Fè mwen toujou gen konfyans nan ou, menm nan mitan pwoblèm, pou m ka konnen se ou k ap kontwole tout bagay. Pwoteje kè m kont tout move santiman. Lè bagay yo te difisil, lè anpil moun te vire do ban mwen, se ou menm sèlman ki te rete la avè m. Mèsi paske lè m te pè, Sentespri ou a te ban m kouraj pou m fè fas ak defi yo, e grasa ou, mwen ranpòte laviktwa nan non Jezi. Senyè, nan kalm ak konfyans mwen mete nan ou, mwen rive konnen se ou menm ki Bondye, se ou k ap mennen batay mwen yo. Pawòl ou di: "Menm si m ap mache nan yon valè ki fè nwa anpil, m p ap pè okenn mal, paske ou la avèk mwen; baton ou ak gòl ou ap ban m kouraj." Nan non Jezi ki gen tout pouvwa a. Amèn.
Swiv nou:

Piblisite


Piblisite