Benediksyon Bondye a toujou vini an kantite, epi li rive jis nan bon moman an. Li pa janm an reta. Bondye konnen ki lè ki pi bon pou l ba ou benediksyon w ap mande nan lapriyè w yo.
Gade toutotou ou, w ap wè benediksyon Bondye yo! Ou gen sante, ou gen yon twati anlè tèt ou, ou gen manje pou ou manje. Ou gen bon lespri, ou gen moun ki renmen w, epi, pi enpòtan toujou, ou gen Bondye nan lavi ou. Ou gen kado delivrans lan. Gen anpil fwa nou pa wè benediksyon sa yo, men gen anpil moun ki pa genyen yo. Nou dwe di Bondye mèsi pou tout bagay sa yo, epi rejwi nou paske chak maten, l ap ban nou yon nouvo chans.
Bondye mwen an ap ba ou tout sa w bezwen, dapre richès li nan glwa Jezikri a. Nan pawòl li a, Bondye di benediksyon ki soti nan li an, se li ki anrichi w epi ki pa ajoute lapenn. Bondye konnen sa w bezwen, epi l ap pran swen w. Pran pasyans, benediksyon l lan ap rive lè w pa atann.
Adore Senyè Bondye w la, epi l ap beni pen w ak dlo w. M ap retire tout maladi nan mitan nou. (Egzòd 23:25). Obeyi Bondye, epi benediksyon l lan ap vini avè w.
Lè sa a, li di disip li yo: — Rekòt la anpil, men manke bra. Soupriye mèt jaden an pou li voye plis ouvriye nan travay la.
Bondye ki bay moun k'ap simen an grenn pou l simen ak pen pou l manje, l'a ban nou tou sa nou bezwen pou simen. L'a fè l pouse pou nou, pou nou ka fè yon bèl rekòt lè nou bay an kantite konsa.
Nou menm, nou di: Nan kat mwa ankò, nou pral fè rekòt. Enben, mwen menm, mwen di nou: Pwonmennen je nou gade jaden yo byen. Rekòt yo gentan pare, yo bon pou ranmase.
Chonje sa byen: Moun ki simen ti kras va rekòlte ti kras. Moun ki simen anpil va rekòlte anpil.
Yon moun ki wè lwen ranmase rekòt li lè rekòt la pare. Men se yon wont pou moun ki pase tout tan rekòt la ap dòmi.
Li di yo: — Rekòt la anpil, men pa gen ase travayè pou ranmase li. Mande mèt jaden an pou l voye travayè nan jaden l lan.
Moun ki simen ak dlo nan je ap rekòlte ak kè kontan. Moun ki t'ap kriye lè yo ta prale avèk grenn pou yo simen nan jaden yo, y'ap tounen ak bèl chante nan bouch yo sitèlman yo kontan lè y'ap pote rekòt la lakay yo.
Kiltivatè pa konn sa pou yo fè. Moun k'ap okipe jaden yo ap plenn Paske pa gen ble, pa gen lòj. Tout rekòt pèdi nèt.
Si nou mache dapre lòd mwen yo, si nou kenbe tout kòmandman m yo, si nou swiv yo, M'a detwi tout kay nou bati sou tèt mòn pou fè sèvis, m'a kraze lotèl lansan nou yo mete atè, m'a anpile kadav nou yo atè sou moso estati vye zidòl nou yo. N'a ban m degoutans. M'a fè lavil nou yo tounen mazi. M'ap detwi tout kote nou fè sèvis yo. M'ap derefize pran bon sant ofrann nou yo. Se mwen menm ankò ki pral devaste peyi nou an. Ata lènmi nou yo ki pral pran peyi a pou yo rete pral sezi wè sa m'ap fè. M'ap mennen lènmi nou yo vin fè nou lagè. M'ap leve moun dèyè nou pou vin fè nou lagè. M'ap gaye nou nan mitan lòt peyi etranje yo. Peyi a va tounen yon dezè. Lavil nou p'ap gen pèsonn rete ladan yo. Lè sa a, tè a va pran repo. Wi, lè lènmi nou yo va depòte nou byen lwen nan peyi pa yo, tè a va rete san travay, l'a pran repo. Pandan tout tan tè a va rete san travay la, la jwi tout lanne rèpo nou pat ba li yo lè nou te rete sou li a. Kanta pou rès moun ki pa mouri yo, lè y'a rive nan peyi kote yo depòte yo a, m'ap fè yo viv tout tan ak yon kè sote san rete. Konsa, bri yon fèy bwa chèch van ap pote ap kont pou fè yo kouri. Y'ap kouri tankou moun ki gen lagè dèyè yo, y'ap tonbe san pa gen moun k'ap kouri dèyè yo. Y'ap tonbe yonn sou lòt tankou nan lagè san pa gen pèsonn k'ap kouri dèyè yo. Yo p'ap fouti kanpe pou yo goumen ak lènmi yo. N'a mouri nan peyi kote yo te depòte nou yo. Y'a antere nou nan peyi moun ki pa vle wè nou yo. Moun ki rete nan sa yo te depòte yo va depafini nan peyi lènmi nou yo, paske y'a peye pou peche zansèt yo ak pou pwòp peche pa yo. lè sezon an rive, m'a ban nou lapli. Konsa tè nou va bay rekòt, pyebwa nan jaden nou va donnen.
Se moun grangou ki pral manje rekòt jaden yo. Yo pral pran ata sa ki donnen nan raje pikan. Se moun akrèk ki pral mete men sou tout byen yo.
Mwen se pye rezen an, nou se branch yo. Moun ki fè yonn avè m, moun mwen fè yonn ak li, l'ap donnen anpil, paske nou pa kapab fè anyen san mwen.
Senyè a sèmante l'ap kenbe li ak fòs ponyèt li — Mwen p'ap lage farin ble nou an nan men lènmi nou yo pou yo manje li. Mwen p'ap kite moun lòt nasyon yo bwè diven nou te fatige kò nou fè ak kouraj nou. Men, nou menm ki te ranmase rekòt grenn yo, se nou ki va manje yo, lèfini n'a fè lwanj Senyè a. Se nou menm ki va bwè diven nan lakou kay ki apa pou Bondye a.
Sa pa janm vin nan lide yo pou yo di: Annou gen krentif pou Senyè a, Bondye nou an, li menm ki voye lapli lè pou n gen lapli, ki ban nou sezon rekòt nou chak lanne.
Lènmi ki simen move zèb yo, se Satan. Sezon rekòt la, se lè tout bagay va fini nèt la. Moun k'ap ranmase rekòt la, se zanj Bondye yo.
Mwen te di yo: Kenbe kè nou nan kondisyon pou nou sèvi Bondye. Fè sa ki dwat devan Bondye. Konsa n'a rekòlte benediksyon m'ap ban nou paske n'ap sèvi m ak tout kè nou. Fè bwa nèf. Wi, li lè pou nou tounen vin jwenn mwen. M'a vini, m'a vide benediksyon sou nou tankou lapli.
Men, setyèm lanne a n'a kite tè a poze nèt. Se va yon gwo lanne repo pou tè a. Se va yon lanne n'a kite tè a pran repo pou Senyè a. Nou p'ap simen anyen nan jaden nou, ni nou p'ap taye pye rezen nou yo. L'ap rete lakay nou tankou moun lòt nasyon yo k'ap travay pou lajan lakay nou. L'a sèvi nou jouk lanne rejwisans k'ap vini an. Lè sa a, li menm ak tout pitit li yo, y'a kite lakay nou, y'a tounen al jwenn fanmi yo, epi y'a renmèt yo tè zansèt yo te kite pou yo a. Paske se esklav mwen nou ye, se mwen menm ki te fè nou sòti kite peyi Lejip. Yo pa gendwa vann nou pou fè nou sèvi esklav lòt moun. Piga nou aji mal ak moun pèp Izrayèl parèy nou yo. Se pou nou gen krentif pou Bondye nou an. Lè n'a bezwen gason osinon fi pou sèvi esklav lakay nou, nou ka achte yo nan moun lòt nasyon k'ap viv lòt bò fontyè peyi nou an. Nou ka achte pitit moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou tou. Konsa tou, lè yo rete lakay nou, si yo fè pitit sou tè ki pou nou, pitit yo va pou nou tou. N'a kite yo tankou byen pou pitit nou yo. Y'a sèvi yo jouk yo mouri. Nou pa dwe maltrete moun pèp Izrayèl parèy nou. Men, se pou nou aji avèk yo tankou frè ak frè. Sipoze yon moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou nan peyi a vin gen anpil mwayen epi yon moun pèp Izrayèl parèy nou k'ap viv lakay nou, osinon pre kay moun lòt nasyon an, vin nan nesesite epi l'al vann tèt li bay moun lòt nasyon an, osinon bay yonn nan fanmi moun lòt nasyon an pou li sèvi l esklav. Apre li vann tèt li a, l'a toujou gen avantaj moun ka reachte l pou ba li libète l. Se bagay yonn nan frè li yo, osinon tonton l, osinon pitit gason tonton l yo, osinon yonn nan fanmi pre li yo ka fè pou li. Si li menm li vin gen mwayen, li ka reachte tèt li tou. Piga nou ranmase grenn ki pouse konsa nan jaden nou pou nou vann. Ni piga nou keyi rezen ki donnen nan pye rezen nou pat taye pou nou vann. Se va yon lanne repo nèt pou te a.
M'ap ba ou tou tousa ki pi bon nan premye fwi rekòt y'ap ofri bay Senyè a chak lanne: lwil oliv, diven ak grenn ki donnen nan jaden. Tout premye fwi ki mi nan peyi a, fwi yo ofri bay Senyè a, se va pou ou tou. Tout moun lakay ou ki nan kondisyon pou sèvi Senyè a va gendwa manje ladan yo.
Apre sa, n'a fete fèt Premye Rekòt la lè nou fenk konmanse rekòlte grenn nou simen nan jaden nou yo. N'a fete fèt Dènye Rekòt la menm vè fen lanne a, lè n'ap fin rekòlte tou sa ki nan jaden nou yo.
Lè n'ap ranmase rekòt ble nan jaden nou epi nou bliye ranmase kèk grap ki tonbe atè, pa tounen al pran yo. N'a kite yo pou moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou, pou timoun san papa ak fanm ki pèdi mari yo. N'a fè sa pou Senyè a, Bondye nou an, ka beni nou nan tou sa n'ap fè.
W'a fete fèt Senmenn yo, fèt premye grap ble ou koupe lè rekòt la. Lèfini, nan fen lanne a w'a fete fèt Rekòt la.
Ou fè yo vin anpil, Senyè! Ou ba yo gwo kè kontan. Yo te kontan wè sa ou fè pou yo, tankou moun k'ap fè fèt lè sezon rekòt, tankou moun k'ap fè gwo fèt lè y'ap separe sa yo pran nan lagè.
Lè ou simen lenjistis, ou rekòlte malè. Ou rete konsa sa k te fè ou gen gwo kòlèt la disparèt.
Moun sa yo twò mechan. Koupe tèt yo tankou n'ap koupe pitimi. Kraze yo tankou kann y'ap moulen. Barik ji kann yo plen ap debòde.
Toutotan latè la Sezon plante ak sezon rekòt Sezon chalè ak sezon fredi Lajounen ak lannwit Bagay sa yo ap toujou la Toutotan latè pa kaba.
Yon komisyonè ki p'ap twonpe moun ki voye l la, se tankou yon bon vè dlo byen fre w'ap bwè nan mitan chalè rekòt. L'ap remoute kouray mèt li.
Men, pou nou menm tou, moun peyi Jida, mwen fikse yon jou pou pini nou pou tou sa nou fè, lè m'a fè moun yo depòte yo tounen nan peyi yo.
Kite yo grandi ansanm jouk lè rekòt la va rive. Lè sa a, m'a di moun k'ap ranmase rekòt la: Rache move zèb yo anvan. Mare yo fè pakèt pou n'al boule. Mayi a menm, mete l nan galata mwen.
Yon lòt zanj sòti nan tanp lan, li pran pale ak moun ki te chita sou tèt nyaj la. Li di l byen fò: — Pran kouto digo ou la, sèvi avè l pou ranmase rekòt la. Paske, sezon rekòt la rive. Latè pare pou rekòt la.
Moun k'ap chache pou lèzòm viv byen yonn ak lòt, y'ap travay ak kè poze pou yo ka rekòlte yon lavi ki dwat devan Bondye.
W'a travay sis jou. Men setyèm jou a, se pou ou sispann travay, te mèt nan sezon plante osinon nan sezon rekòt. W'a fete fèt Senmenn yo, fèt premye grap ble ou koupe lè rekòt la. Lèfini, nan fen lanne a w'a fete fèt Rekòt la.
Mechan yo kwè y'ap fè benefis. Men, moun k'ap fè sa ki dwat yo toujou jwenn rekonpans yo.
Menm si yo ta rive pouse menm jou nou plante yo a, pou menm jou a nan maten yo pran fleri, nou p'ap rekòlte. Paske menm jou a tou, y'ap deperi. Se va yon gwo lapenn ki p'ap janm fini.
Men, yon lòt pati ankò tonbe nan bon tè. Yo donnen. Genyen ki bay san grenn, lòt bay swasant, lòt bay trant.
Se pa nou ki chwazi m, se mwen menm ki chwazi nou, ki mete nou apa pou n ale, pou n ka donnen, pou donn nou ka konsève. Konsa, Papa a va ban nou nenpòt kisa n'a mande nan non mwen.
Pandan sèt jou, n'a fè fèt pou Senyè a, Bondye nou an, kote li menm li te chwazi a, paske Senyè a, Bondye nou an, te beni nou nan tout rekòt nou yo, ak nan tout travay nou yo pou nou te ka kontan nèt ale.
Se poutèt sa, frè m yo, annou pran pasyans jouk jou Senyè a va vini. Gade jan kiltivatè a gen pasyans. Li gen pou l rete tann anvan pou tè a ba li yon bèl rekòt. Li pran pasyans, li rete tann lapli premye sezon an jouk lapli dènye sezon an.
Mwen plante, Apòlòs wouze, men se Bondye ki fè plant lan pouse. Konsa, moun ki plante a pa anyen, moun ki wouze a pa anyen tou. Se Bondye ki tout bagay la, se li menm ki fè plant lan pouse. Moun ki plante a ak moun ki wouze a, se menm bagay yo ye. Bondye va ba yo sa yo merite dapre travay yo fè.
Moun ki resevwa pawòl la tankou grenn ki tonbe nan bon tè a, se moun ki konprann pawòl la lè yo tande li. Lè sa a, yo donnen. Gen ladan yo ki bay san, yon lòt bay swasant, yon lòt bay trant.
Grenn ki tonbe nan bon tè a, se moun ki sensè, ki gen bon kè, ki tande pawòl la, yo kenbe l nan kè yo. Yo toujou rete fèm jouk yo donnen.
Izarak fè jaden nan peyi a. Lè lanne a bout, li rekòlte san fwa valè sa l te plante a, paske Senyè a te beni l.
Gade! Lapli ak lawouze sòti nan syèl la, yo pa tounen kote yo sòti a san yo pa wouze latè, san yo pa fè l donnen, san yo pa fè plant yo pouse pou bay kiltivatè yo grenn pou yo simen ak manje pou yo manje. Konsa tou pou pawòl ki sòti nan bouch mwen: li p'ap tounen vin jwenn mwen san li pa fè sa m te vle l fè a, san li pa fè tou sa mwen te voye l fè a.
Jou yo ap vini. Lè sa a, yo p'ap kò fin ranmase rekòt, y'ap gentan ap pare tè pou plante ankò. Yo p'ap kò fin kraze rezen pou fè diven, y'ap gentan ap pare pou mete pye rezen nan tè ankò. Diven byen dous ap koule sou tout mòn yo, l'ap koule desann sou tout ti mòn yo. Se Senyè a menm ki di sa.
L'a renmen nou, l'a beni nou, l'a fè nou peple. L'a ban nou anpil pitit. L'a voye benediksyon sou jaden nou, n'a gen anpil manje, anpil diven ak anpil lwil. Bèf nou yo va bay anpil pòte, mouton nou yo va fè anpil pitit. L'a fè tou sa pou nou nan peyi li te pwomèt zansèt nou yo l'ap ban nou an.
Gade kònèy: yo pa plante, yo pa rekòlte. Yo pa gen kolonbye ni galata. Epoutan Bondye pran swen yo. Nou menm, nou vo plis pase zwazo, pa vre?
Men, yon lòt pati ankò tonbe nan bon tè. Plant yo leve, yo grandi, yo donnen. Gen ladan yo ki bay trant grenn, lòt bay swasant, lòt ankò bay san (100).
Jezi ba yo yon lòt parabòl ankò. Li di yo konsa: — Peyi Wa ki nan syèl la, se tankou yon moun ki te simen bon grenn nan jaden li. Men yon jou aswè, pandan tout moun t'ap dòmi, yon lènmi nonm lan vini, li simen grenn move zèb nan mitan bon grenn yo. Lè bon grenn lan leve, yo tanmen devlope pote fwi. Lè sa a, move zèb yo parèt tou. Moun ki t'ap travay ak mèt jaden an vin di li: Mèt, se pa bon grenn ase nou te simen nan jaden ou lan? Kote move zèb sa yo sòti? Li reponn yo: Se yon lènmi m ki fè sa. Travayè yo mande li: Ou pa ta vle n'al rache move zèb yo? Li di yo: Non, poko fè sa. Paske, antan n'ap rache move zèb yo, nou ka derasinen mayi a avèk yo tou. Li t'ap rakonte yo kèk parabòl pou l te fè yo konprann anpil bagay. Li t'ap di yo konsa: — Ala, yon moun sòti pou l ale simen grenn nan jaden l. Kite yo grandi ansanm jouk lè rekòt la va rive. Lè sa a, m'a di moun k'ap ranmase rekòt la: Rache move zèb yo anvan. Mare yo fè pakèt pou n'al boule. Mayi a menm, mete l nan galata mwen.
Bay, Bondye va ban nou. L'a lage yon bon mezi, byen souke, byen foule, ak tout tiyon l, nan pòch rad nou. Mezi nou sèvi pou mezire lòt yo, se li menm Bondye va pran pou mezire nou tou.
Ala kontan n'a kontan jwenn kont dlo nou pou fè jaden! Lè sa a, nou p'ap bezwen mete bèf ak bourik nou yo nan kòd ankò!
N'a plante, men se pa nou ki va rekòlte. N'a kraze grenn oliv pou fè lwil, men nou p'ap gentan sèvi avè l. N'a kraze rezen fè diven, men nou p'ap gentan goute ladan l.
Nou menm, moun Siyon yo, fè fèt! Fè kè nou kontan poutèt sa Senyè a, Bondye nou an, fè pou nou. Li ban nou kantite lapli nou te bezwen nan sezon lotòn. Li ban nou gwo lapli loray ak lapli nan sezon prentan, jan l te konn fè l anvan an. Glasi yo pral plen grenn. Barik yo pral plen diven ak lwil fre.
Moun ki travay jaden ap jwenn manje pou yo manje plen vant yo. Men, moun k'ap pèdi tan yo nan fè bagay san valè, se san konprann yo ye.
Lè Jezi wè tout bann moun sa yo, kè l fè l mal pou yo paske li wè yo te bouke, yo te dekouraje, tankou yon bann mouton san gadò. Lè sa a, li di disip li yo: — Rekòt la anpil, men manke bra. Soupriye mèt jaden an pou li voye plis ouvriye nan travay la.
Moun ki simen sa ki fè kò l plezi, li gen pou l rekòlte lanmò. Men, moun ki simen sa ki fè Lespri Bondye a plezi, Lespri a va fè l rekòlte lavi ki p'ap janm fini an.
Parese pa pare tè li lè pou l te pare l, li di fè twò frèt. Lè rekòt rive, li pa jwenn anyen nan jaden l.
Li gen laye l nan men li. L'ap vannen tout grenn ki sou glasi a. L'a ranmase grenn ki bon yo, l'a mete yo nan galata li. Men, l'ap boule pay la nan yon dife ki p'ap janm mouri.
Jou sa a, tankou lè y'ap bat pwa sou glasi, se Senyè a menm ki pral jije tout moun nan peyi a, depi bò larivyè Lefrat la jouk ravin ki sou fontyè ak peyi Lejip la. Apre sa, nou menm pitit Izrayèl yo, l'ap ranmase nou grenn pa grenn, tankou lè y'ap ranmase grenn pwa sou glasi.
Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Yon grenn mayi ap rete pou kont li toutotan li pa tonbe atè pou l mouri. Men tou, si l mouri, l'ap bay anpil grenn.
Pandan sizan n'a travay tè a, epi n'a ranmase sa li bay. Men, sou setyèm lanne a, n'a kite tè a poze. Menm si li bay kichòy, nou p'ap ranmase anyen sou li. N'a kite rekòt la pou pòv malere yo. Rès la va rete pou bèt nan bwa manje. N'a fè menm bagay la tou pou jaden rezen ak jaden oliv nou yo.
Se konsa sa pral rive tou lè tout bagay va fini. Zanj Bondye yo va vini, y'ap mete mechan yo yon bò, moun ki fè sa ki byen yo yon bò.
Se sa ki ekri nan Liv la: Kote bèt la mare a, se la pou li manje. Ou ankò: Ouvriye merite salè li.
Apre sa, Jezi di yo parabòl sa a: — Yon nonm te gen yon pye fig frans plante nan jaden rezen li. Li vin chache fig frans ladan l, men li pa jwenn. Lè sa a, li di jeran jaden an: Sa fè twazan depi m'ap vin chache fig nan pye fig frans sa a, mwen pa ka jwenn anyen. Koupe li non. Poukisa pou l pran tout plas sa a nan tè a pou gremesi? Men, jeran an reponn li: Mèt, kite l fè lanne sa a ankò. Mwen pral fouye yon twou fè wonn nan pye l, m'ap mete fimye ladan li. Konsa, li ka donnen. Si l pa donnen, w'a fè koupe l lòt lanne.
Mwen pral chante yon chante pou nou, yon chante sou zanmi m ak jaden rezen l lan. Zanmi m lan te gen yon jaden rezen, sou tèt yon ti mòn ki te gen yon bon venn tè. Jaden rezen ki sou dis kawo tè ap bay yon sèl barik diven. Pou chak dis mamit grenn yo plante, y'a rekòlte yon sèl mamit. Madichon pou moun ki anba gwòg yo depi granmaten epi ki sou tout lannwit! Lè y'ap fè fèt, se pou gen gita, bandjo, tanbou, flit ak barik kleren an la. Men yo pa chache konprann travay Senyè a, ni yo pa wè sa l'ap fè. Se lpoutèt sa, y'ap depòte yo san yo pa rann yo kont sa. Grannèg yo pral nan grangou. Ata dlo popilasyon an p'ap jwenn pou yo bwè. Simityè ap pare tann yo konsa. Li louvri bouch li tout lajè pou resevwa yo. Se la tout fèt grannèg yo ak rejwisans popilè pral kaba. Yo pral trennen tout moun nan labou. Yo pral fè yo wont. Tout moun ki t'ap gonfle lestonmak yo pral bese je yo atè. Men, Senyè a pral moutre jan li gen pouvwa lè la fè sa li gen pou l fè a. Li pral fè wè jan li se Bondye tout bon ki apa a lè la jije pèp li a. Toupatou, nan lavil yo, mouton yo ap mache manje zèb tankou nan savann. P'ap gen pak ankò pou angrese bèt. Tout bèt ap lage. Y'ap mache manje toupatou nan lavil la. Madichon pou nou! Nou sitèlman renmen mechanste n'ap fè a, n'ap trennen li dèyè nou kote nou pase. Peche nou yo te mèt lou, n'ap rale yo dèyè nou tankou moun k'ap rale kabwèt! Y'ap plede di: Se pou Bondye fè vit! Se pou li prese fè sa l'ap fè a pou nou ka wè l. Se pou Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa prese fè travay li vle fè a, pou nou ka wè sa li gen nan tèt li. Li bat tout tè a, li wete tout wòch ladan li. Li plante pi bon kalite pye rezen ladan li. Apre sa. Li bati yon kay nan mitan jaden an pou moute lagad veye li. Li fè yon basen pou prese rezen. Li te kwè jaden an ta pral ba li bon rezen. Men se vye rezen si ase li bay.
Lè jaden nou ta pral pote rekòt, mwen pat kite lapli tonbe. Mwen voye lapli sou yon lavil, mwen fè yon lòt rete san yon grenn lapli. Yon jaden jwenn lapli, yon lòt menm ap mouri.
Lè sa a, Jezi pale ak pye fig frans lan, li di li: — Pèsonn p'ap janm manje fig ou donnen ankò. Disip yo te tande sa l te di a.
Yo plante ble, yo rekòlte pikan. Yo travay di, sa pa rapòte yo anyen. Yo wont, rekòt la pa bay anyen paske Senyè a move anpil.
Rete nan kay sa a. Manje, bwè tou sa y'a ban nou, paske moun ki travay merite pou yo peye l lajan travay li. Pa sòti nan yon kay pou al rete nan yon lòt.
Ala malè pou mwen, mezanmi! Mwen tankou yon moun ki grangou nan mitan sezon rekòt epi ki pa jwenn yon ti fwi sou pyebwa, ni yon ti grenn rezen pou m mete nan bouch mwen. Tout rezen fin keyi. Tout bon fig frans fin tonbe.
Pa pran reta pou n ofri m sa pou n ofri m nan rekòt danre nou yo ak nan diven nou. N'a ban mwen premye pitit gason nou yo.
N'a konte sèt senmenn apre premye jou nou konmanse ranmanse rekòt grenn nan jaden nou yo.
— Apre sa, domestik ki te resevwa sèlman mil goud la pwoche, li di: Mèt, mwen konnen ou se yon nonm ki di. Ou rekòlte kote ou pat simen, ou ranmase kote ou pat plante. Mwen te pè, se sa k fè mwen te al sere mil goud ou a anba tè. Men, pran lajan ou. — Mèt la reponn li: Gade jan ou se yon move domestik, ou parese konsa! Ou te konnen mwen rekòlte kote mwen pat simen, mwen ranmase kote mwen pat plante.
Yo tankou yon jenn ti plan ki fèrenk ap pouse fèy, ki fenk ap fè rasin anba tè. Senyè a fè van li soufle sou yo, yo cheche. Yon toubouyon van an pote yo ale tankou pay.
Yo gentan peye moun k'ap ranmase rekòt la, l'ap anpile grenn yo pou lavi ki p'ap janm fini an. Se konsa, moun k'ap simen an kontan. Moun k'ap ranmase a kontan tou ansanm avèk li. Sa pawòl la di a, se vre wi: Moun ki simen an, se pa li ki ranmase. Mwen voye nou ranmase nan yon jaden nou pat travay. Se lòt moun ki te travay li. Men, se nou menm k'ap pwofite travay yo.
Nou pa kwè se pou nou l'ap pale pito? Men wi. Se pou nou pawòl la te ekri. Se pou moun k'ap bat tè a fè travay la ak espwa y'ap ba li pa l nan rekòt la. Se menm jan an tou pou moun k'ap bat pwa a.
Gen yon tan pou ou fèt, gen yon tan pou ou mouri. Gen lè pou plante, gen lè pou rekòlte,
Men sa Senyè ki gen tout pouvwa a di m ankò: — Yo pral ranmase dènye moun ki rete nan peyi Izrayèl la, menm jan yo ranmase dènye grap rezen lè rekòt fini. Y'ap pase men pran yo tout, tankou moun k'ap pase men nan branch rezen pou rekòlte rezen.
— Pale ak moun pèp Izrayèl yo. Men sa pou ou di yo. Lè n'a antre nan peyi m'ap ban nou an, lè n'a fin ranmase premye rekòt grenn nan jaden nou, n'a pran premye makout la, n'a pote l bay prèt la.
Mwen te pè, paske m'konnen ou moun ki sevè: Ou pran sa ou pa mete. Ou rekòlte sa ou pa simen. Wa a reponn: Gade jan ou se yon move domestik! M'ap jije ou ak pawòl ki sot nan bouch ou. Ou te konnen m se yon nonm ki di, mwen pran sa ki pa pou mwen, mwen rekòlte sa m pa simen, poukisa ou pat mete lajan m labank. Lè m ta tounen, mwen ta wete l ak yon enterè.
Gade! Nou pat peye lajan nou te dwe peye travayè yo ki t'ap travay pou nou nan jaden. Tande jan y'ap rele! Travayè ki te ranmase rekòt pou nou yo ap plede rele! Rèl yo rive jouk nan zòrèy Bondye, Mèt ki gen tout pouvwa a.
Se poutèt sa, men sa mwen menm, Senyè ki gen tout pouvwa a, mwen di: Mwen pral pase gwo kòlè m ni sou Tanp lan, ni sou moun, ni sou bèt, ni sou pyebwa, ni sou rekòt yo. Kòlè mwen pral tankou yon dife pèsonn p'ap ka tenyen.
Apre sa, Ezayi di wa Ezekyas konsa: — Men sa ki pral sèvi yon siy pou ou. Lanne sa a, n'a manje rès grenn ki te tonbe atè. Lanne k'ap vini apre sa a, n'a manje grenn nou pat plante. Men, apre sa ankò, n'a ka plante, n'a ka fè rekòt. N'a plante pye rezen, n'a manje rezen.
Sa m'ap di la a, se vre wi: nenpòt moun ki va ban nou yon gode dlo paske se moun Kris la nou ye, li pa gendwa pèdi rekonpans li.
— Peyi Wa ki nan syèl la, se tankou yon ja lajan ki te anba tè nan yon jaden. Yon nonm rive jwenn li, li kouvri l ankò. Li sitèlman kontan, l ale, li vann tou sa l genyen, li tounen vin achte jaden an.
Se pou jaden kouvri tout peyi a, jouk sou tèt mòn yo. Se pou yo donnen tankou jaden peyi Liban. Se pou lavil yo plen moun tankou zèb k'ap pouse nan jaden.
Li di yo: — Bon, kounyeya, moun ki gen yon lajan, se pou l pran l. Sa ki gen manje se pou l pran l tou. Moun ki pa gen nepe, se pou l vann rad li pou l achte yonn.
Senyè a va beni nou tout tan, l'a beni depo manje nou, l'a beni tou sa n'ap fè. L'a beni nou nan peyi Senyè a, Bondye nou an, va ban nou an.
Nan maten, plante jaden ou. Aswè rive, plante jaden ou ankò. Ou pa janm konnen kilès nan de yo ap bay plis rannman. Ou pa janm konnen si tou de p'ap pran, si tou de p'ap bay menm rannman.
— Men ki jan sa ye nan Peyi Wa ki nan syèl la: Se tankou yon mèt jaden rezen ki sòti granmaten al chache moun vin travay nan jaden rezen l lan. Lè mesye ki te la depi granmaten yo vin rive, yo te kwè yo ta pral resevwa plis. Men, yo chak resevwa lajan yon jounen travay tou. Lè yo resevwa lajan an, yo tonbe bougonnen sou do mèt jaden an. Yo di konsa: Moun sa yo vin an dènye, yo travay yon sèl ti moman, epi ou peye yo menm lajan ak nou ki fatige kò n travay tout jounen an anba chalè solèy la. — Mèt la reponn yonn nan yo: Zanmi, mwen pa fè ou okenn lenjistis. Nou te antann pou yon pri, pa vre? Enben, pran lajan ou, al fè wout ou. Se mwen menm ki vle bay moun ki vin an dènye yo menm lajan avè ou. Eske m pa gendwa fè sa m vle ak lajan mwen? Osinon, eske sa fè ou mal si m gen bon kè? Apre sa, Jezi di yo ankò: — Se konsa moun ki dèyè yo va pran devan, moun ki devan yo va rete dèyè nèt.
Yon moun k'ap travay tè p'ap janm pase tout tan l ap raboure, ap kraze bit, ap pare tè pou plante. Rive yon lè, lè li fin bat tè a, l'ap simen grenn tankou lanni ak kannèl. Apre sa, l'ap plante ble, pitimi ak lòj. Lèfini, sou lizyè jaden an li gendwa simen lòt grenn tankou pwa chouk.
Twa fwa chak lanne, n'a fè fèt pou mwen. N'a fè fèt Pen San Ledven yo. Jan mwen te ban nou lòd la, n'a manje pen san ledven pandan sèt jou nan epòk yo fikse nan mwa mas avril la. Paske se nan mwa sa a nou te soti kite peyi Lejip. Lè sa a, nou p'ap gendwa parèt devan mwen ak men vid. Apre sa, n'a fete fèt Premye Rekòt la lè nou fenk konmanse rekòlte grenn nou simen nan jaden nou yo. N'a fete fèt Dènye Rekòt la menm vè fen lanne a, lè n'ap fin rekòlte tou sa ki nan jaden nou yo.
Lè n'a antre nan peyi Kanaran an, apre n'a fin plante tout kalite pyebwa ki ka donnen, n'a konsidere rekòt twa premye lanne yo tankou bagay ki pa bon pou nou manje. Pandan twazan, piga nou manje anyen nan rekòt la. Lè katriyèm lanne a vin rive, n'a pran tout rekòt katriyèm lanne a, n'a ofri l ban mwen, mwen menm Senyè a, pou nou moutre jan nou genyen m rekonesans. Men sou senkyèm lanne a, nou ka manje donn yo. Si nou fè sa konsa, pyebwa nou yo va donnen pi plis toujou. Se mwen menm ki Senyè a, Bondye nou an!
Yo fè anpil jaden, yo plante pye rezen ki bay bèl rekòt. Li beni yo, li ba yo anpil pitit, li pa kite bèt yo depeple.