Biblia Todo Logo
Vèsè Biblik
- Piblisite -


VÈSÈ POU ANNIVERSÈ

VÈSÈ POU ANNIVERSÈ

Anivèsè w se yon bèl okazyon pou beni ou, pou w rejwi ak tout bonte Bondye, pou w apresye privilèj pou w viv yon lòt ane ankò. Bondye fè w anpil bèl pwomès, e nan moman selebrasyon sa a, li bon pou w sonje yo, pataje pawòl Bondye a ak moun ou renmen yo. Nan anivèsè w la, mwen swete pou w toujou gen bon sante, pou w viv chak jou avèk vrè sajès ki soti nan Bondye a. Mwen mande Bondye pou l voye zanj li yo bò kote w pou pwoteje w, pou l ba w sa kè w vle selon volonte pa l la. (Pwovèb 9:11) Gras a mwen, w'ap viv pi lontan, m'ap ba ou anpil anpil lòt ane lavi.




Sòm 118:24

Ala yon bèl jounen Senyè a ban nou! Ann pase jounen an ap fè fèt, ann fè kè nou kontan!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
3 Jan 1:2

Gayis monchè, mwen swete tout bagay ap mache byen pou ou. Mwen swete ou an sante nan kò ou tankou ou an sante nan lespri ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jeremi 1:5

— Mwen te konnen ou anvan menm mwen te ba ou lavi nan vant manman ou. Mwen te mete ou apa pou mwen anvan menm ou te fèt. Mwen te chwazi ou pou te pwofèt lòt nasyon yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 9:11

Bon konprann ap fè ou viv lontan. L'ap fè ou wè plizyè lanne.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Nonb 6:24-26

Se pou Senyè a beni nou, se pou l pran swen nou. Se pou Senyè a fè nou santi li la avèk nou, se pou l gen pitye pou nou. Se pou Senyè a fè nou wè jan li renmen nou, se pou l ban nou kè poze.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Filipyen 4:4

Se pou nou toujou kontan nan lavi n'ap mennen ansanm nan Senyè a. M'ap repete l ankò: Fè kè nou kontan anpil.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 65:11

(12) Ala yon bèl rekòt ou ban nou lè lanne a fini! Tout kote ou pase gen labondans an kantite!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 46:4

M'ap toujou aji konsa ak nou jouk n'a vye granmoun. M'ap toujou soutni nou jouk n'a gen cheve blan. M'a pote nou nan men m jan m te toujou fè l la. M'a pran nou sou kont mwen, m'a delivre nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 4:10

Koute sa m'ap di ou, pitit mwen. Pa bliye sa m'ap moutre ou la a, konsa w'a viv lontan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jid 1:2

Mwen mande pou li gen pitye pou nou, pou li ban nou kè poze ak renmen an kantite.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 20:4

(5) Se pou l ba ou tou sa ou ta renmen. Se pou l fè tou sa ou gen lide fè rive vre.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 139:13-14

Wi, se ou ki fòme tout pati nan kò m, se ou ki ranje yo byen ranje nan vant manman m. M'ap fè lwanj ou, paske ou pa manke fè bèl bagay. Tou sa ou fè se bèl bagay. Mwen konn sa byen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jeremi 29:11

Se mwen menm ki konnen sa m'gen nan tèt nou pou nou. Se mwen menm Senyè a k'ap pale. Se pwojè byen mwen gen pou nou, se pa pwojè malè. Sa mwen vle pou nou, se yon denmen ki chaje espwa.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Efezyen 2:10

Se Bondye ki fè nou. Li kreye nou nan Jezikri pou nou pratike sa ki byen, bon zèv li te pare davans pou nou fè yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 15:13

Mwen mande Bondye ki bay espwa a pou l fè kè nou kontan nèt, pou l fè kè nou poze ak konfyans nou gen nan li a. Se konsa espwa nou va toujou ap grandi ak pouvwa Sentespri a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sofoni 3:17-18

Senyè a, Bondye nou an, la nan mitan nou! Se yon vanyan gason. Se li menm k'ap delivre nou. Li kontan wè sa n'ap fè. L'ap mete ou kanpe ankò paske li renmen ou. W'ap fè kè l kontan. L ap chante tankou lè gen fèt: Senyè a di: — Mwen wete sa ki t'ap fè nou pè a. Mwen wete wont ki te sou nou an.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 91:11

Bondye ap pase zanj li yo lòd pou yo veye sou ou, pou yo pwoteje ou kote ou pase.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 90:12

Moutre nou pou nou pa bliye jan lavi nou kout, pou nou kapab chache konprann tout bagay.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 139:16

Depi anvan m te fèt, tout lavi m te devan je ou. Tou sa mwen ta pral fè te deja ekri nan liv ou, anvan menm mwen te fè yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 37:4

Si se nan Senyè a ou pran tout plezi ou, l'a ba ou tou sa ou ta renmen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lamantasyon 3:22-23

Sous bonte Senyè a p'ap janm teri. Mizerikòd li poko janm bout. Li renouvle yo chak maten Ala kenbe ou konn kenbe pawòl ou, Senyè!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 4:7

(8) Kontantman ou mete nan kè m pi gwo pase kontantman ki nan kè lèzòm lè yo gen anpil manje ak anpil bwason.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 16:11

W'a fè m konnen chemen ki bay lavi a. Paske ou la avè m, mwen pa manke kontan. Bò kote ou, Senyè, se yon plezi ki p'ap janm fini.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Filipyen 1:3

Mwen di Bondye mwen an mèsi pou nou chak fwa lide m frape sou nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jan 15:11

Mwen di nou tou sa pou kè kontan m lan ka nan nou, pou nou ka kontan nèt ale.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Filipyen 1:6

Mwen sèten Bondye ki te konmanse bon travay sa a nan nou, li gen pou l kontinye l jouk li va fini l nèt, lè jou Jezikri a va rive.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 92:4

(5) Paske, Senyè, ou fè kè m kontan ak bèl mèvèy ou yo, m'ap fè fèt lè m wè tou sa w'ap fè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 9:2

(3) Se ou menm k'ap fè m chante, se ou menm k'ap fè kè m kontan. Bondye ki anwo nan syèl la, m'a chante lwanj ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 27:4

Mwen mande Senyè a yon bagay, yon bagay mwen anvi anpil anpil: Se pou m ta pase tout lavi m nan kay Senyè a, pou m ka gade bèl bagay li yo byen, pou m ka pran tan m pou m kalkile nan kay ki apa pou li a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Mak 12:30

Se pou ou renmen Mèt la, Bondye ou, avèk tout kè ou, avèk tout nanm ou, avèk tout lide ou, avèk tout fòs ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Korent 9:15

Ann di Bondye mèsi pou gwo kado sa a li ban nou, yon kado ki pa gen parèy li!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 91:16

M'ap fè l viv lontan, m'a fè l wè jan m'ap delivre l.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 121:7-8

Senyè a ap pwoteje ou pou anyen pa rive ou, li p'ap kite anyen rive ou. L'ap pwoteje ou kit w'ap antre, kit w'ap sòti, depi kounyeya ak pou tout tan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Detewonòm 30:19-20

Mwen pran syèl la ak latè a sèvi m temwen jòdi a: Men li, mwen mete devan nou lavi yon bò, lanmò yon bò, benediksyon yon bò, madichon yon bò pou nou chwazi. Chwazi lavi tande, pou nou ka viv, nou menm ansanm ak tout pitit nou yo. si nou tounen vin jwenn Senyè a, Bondye nou an, si nou koute l ak tout kè nou, ak tout nanm nou, nou menm ak tout pitit nou yo, jan m'ap ban nou lòd jòdi a, Renmen Senyè a, Bondye nou an. Koute l. Pa lage l menm, paske se li menm ki tout lavi nou, se li k'ap fè nou viv lontan nan peyi Senyè a te fè pwomès li t'ap bay Abraram, Izarak ak Jakòb, zansèt nou yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 21:4

(5) Li mande ou lavi, ou ba li l. Ou ba l yon lavi ki long, yon lavi ki p'ap janm fini.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 36:5

(6) Senyè, ou renmen nou anpil anpil. Ou toujou kenbe pawòl ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Kwonik 16:34

Lwanj pou Senyè a paske li bon. Li p'ap janm sispann renmen nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 40:31

Men, Senyè a ap bay moun ki mete konfyans yo nan li fòs ankò. Tankou malfini, y'ap pran zèl pou yo leve ale. Y'ap kouri san yo p'ap janm bouke. Y'ap mache, yo p'ap janm febli.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 119:105

Pawòl ou se yon chandèl ki fè m wè kote m'ap mete pye m, se yon limyè k'ap klere chemen mwen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 16:9

Lèzòm fè plan travay yo nan kè yo. Men, se Senyè a k'ap dirije sa y'ap fè a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Galat 5:22-23

Men, Lespri Bondye a bay renmen, kè kontan, kè poze, pasyans, bon kè, seryozite, li fè ou gen bon manyè. Li fè ou aji ak dousè, li fè ou konn kontwole kò ou. Lalwa Moyiz la pa kont okenn nan bagay sa yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 107:1

Lwanj pou Senyè a paske li bon! Li p'ap janm sispann renmen nou!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Korent 5:17

Si yon moun ap viv nan Kris la, li vin yon lòt moun. Bagay lontan yo disparèt, se lòt bagay nèf ki pran plas yo kounyeya.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 145:4

Papa va fè lwanj ou devan pitit yo pou tou sa ou te fè. Y'a rakonte tout bèl bagay ou fè yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 41:10

Nou pa bezwen pè. Mwen la avèk nou! Nou pa bezwen kite anyen ban nou kè sote. Se mwen menm ki Bondye nou. M'ap ban nou fòs, m'ap ede nou. M'ap soutni nou ak fòs ponyèt mwen ki pa janm pèdi batay.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Kolosyen 3:23-24

Nenpòt travay yo ban nou fè, fè l ak tout kè nou tankou si se pa pou lèzòm nou t'ap travay, men pou Senyè a. Chonje byen: Senyè a gen pou ban nou rekonpans nou: l'ap ban nou eritaj li sere pou moun pa l yo. Paske, mèt n'ap sèvi tout bon an se Kris la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 3:5-6

Mete tout konfyans ou nan Senyè a. Pa gade sou sa ou konnen. Toujou chonje Senyè a nan tou sa w'ap fè. Li menm, la moutre ou chemen pou ou pran.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 12:2

Pa fè menm bagay ak sa moun ap fè sou latè. Men, kite Bondye chanje lavi nou nèt lè l'a fin chanje tout lide ki nan tèt nou. Lè sa a, n'a ka konprann sa Bondye vle, n'a konnen sa ki byen, sa ki fè l plezi, sa ki bon nèt ale.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 28:7

Senyè a ap pwoteje m, l'ap pran defans mwen. Mwen mete tout konfyans mwen nan li. Li ede m, kè m kontan. M'ap chante pou m fè lwanj li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Pyè 4:10

Chak moun dwe pran kado Bondye ba yo a pou yo rann lòt yo sèvis. Konsa, tankou bon jeran, n'a pran kado Bondye yo, ki divès kalite, n'a fè yo travay.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 118:1

Fè lwanj Senyè a paske li bon. Non, li p'ap janm sispann renmen nou!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 10:24-25

Se pou nou yonn veye sou lòt pou yonn ka ede lòt gen renmen nan kè yo, pou yonn ka ankouraje lòt nan sa ki byen. Pa pran egzanp sou moun ki pran abitid pa vin nan reyinyon nou yo. Okontrè, se pou yonn ankouraje lòt fè sa, kounyeya pi plis pase anvan, paske nou wè jou Senyè a ap pwoche.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Efezyen 3:20

Tout lwanj lan se pou Bondye. Paske, ak pouvwa k'ap travay nan nou an, li kapab fè pi plis pase tou sa nou ka mande, pi plis pase tou sa nou ka mete nan lide nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 104:33-34

M'ap pase tout lavi m ap chante pou Senyè a. M'ap fè lwanj Bondye pandan tout tan m'ap viv la. Mwen ta swete pawòl mwen fè l plezi, paske se li ki fè kè m kontan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 145:18-19

Senyè a kanpe toupre moun k'ap rele l, toupre tout moun k'ap rele l ak tout kè yo. L'ap bay tout moun ki gen krentif pou li sa yo ta renmen. Li tande lè y'ap rele l, l'ap delivre yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 30:5

(6) Paske, lè li ankòlè, se pou yon ti tan. Men, li ban nou favè l pou tout tan n'ap viv. Lannwit nou kriye, Kou l jou, kè nou kontan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 8:28

Tansèlman, nou konn sa byen: nan tout bagay, Bondye ap travay pou byen tout moun ki renmen l, pou byen tout moun li te fè lide rele.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Kolosyen 2:6-7

Se konsa, nou menm ki asepte Kris la pou Senyè nou an, se pou nou viv yon jan ki dakò ak li. Se pou nou anrasinen nan li, se pou nou bati tout lavi nou sou li. Kenbe pi fèm toujou nan konfyans nou gen nan li, jan yo te moutre nou sa, san nou pa janm sispann di Bondye mèsi.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Tesalonisyen 5:16-18

Se pou kè nou toujou kontan. Pa janm sispann lapriyè. Di Bondye mèsi pou tout bagay. Se sa Bondye mande nou, nou menm ki mete konfyans nou nan Jezikri.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Filipyen 4:4-7

Se pou nou toujou kontan nan lavi n'ap mennen ansanm nan Senyè a. M'ap repete l ankò: Fè kè nou kontan anpil. Se pou tout moun konnen nou se moun ki gen bon kè. Senyè a ap vini anvan lontan. Pa bay kò nou traka pou anyen. Men, nan tout sikonstans mande Bondye tou sa nou bezwen nan lapriyè. Toujou chonje di l mèsi tou lè n'ap lapriyè. Konsa, Bondye va ban nou kè poze nan jan pa l, bagay lèzòm pa ka konprann. La kenbe kè nou ak lespri nou fèm nan Jezikri.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 15:15

Lè ou nan lafliksyon, chak jou se pwoblèm. Men, lè kè ou kontan, lavi se yon fèt pou ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi

Lapriyè bay Bondye

Bondye Papa, tout glwa ak tout lonè pou ou. Nan non Jezi, Senyè nou, mwen mande w jodi a, pou nan ane sa a ou ajoute nan lavi (li/li) a, lanmou w, lapè w ak lajwa w rete sou li/li. Beni jou anivèsè li/li a anpil. Avèk anpil kè kontan, mwen swete li/li pase yon bèl jounen bò kote moun li renmen yo. Mèsi pou tout moun ou mete sou wout (li/li) pou beni lavi li, moun ki te toujou la pou ba li/li fòs ak benediksyon nan moman difisil yo. Mèsi pou chak sitiyasyon paske grasa yo li/li grandi kòm pitit ou. Mwen deklare ane sa a ap yon ane viktwa pou li/li. Pawòl ou di: "Pran plezi w nan Senyè a, l'ap ba ou sa kè w vle." Nan non Jezi. Amèn!
Swiv nou:

Piblisite


Piblisite