Zanmi mwen, Jezi se sovè ou. Li mouri sou yon kwa poutèt li renmen w. Li se pitit Bondye ki li renmen anpil anpil. Gras ak Jezi, nou sove, nou gen lavi etènèl.
Jezi se Wa tout wa yo, Senyè tout senyè yo. Li soufri pou peche ou yo. Li vle w pwoche bò kote l chak jou, pou w konnen l, pou w pale avè l.
Jezi vle pi bon zanmi w. Li renmen w tèlman, li deside mouri pou l sove w. Jan Lik di nan chapit 19 vèsè 10: "Pitit Lòm nan vini pou l chache moun ki pèdi yo, pou l sove yo."
Se sèlman avèk Jezi nou ka jwenn delivrans, lavi etènèl, epi libere anba esklavaj lemonn sa a ki pa la pou tout tan. Menm jan yo di nan Travay Apot yo, chapit 4 vèsè 12: "Se Jezi sèl ki ka bay delivrans paske Bondye pa bay non okenn lòt moun sou latè pou l sove nou."
Pa soule tèt ou ak bweson. Sa ka mennen ou nan lavi pèvèti. Okontrè se pou nou ranpli ak Sentespri.
Ale non, monchè, manje manje ou ak kè kontan, bwè diven ou san kè sote. Bondye deja dakò ak tou sa w'ap fè.
Bèf yo ak mouton yo ap bay lèt an kantite. Y'a manje vyann mouton gra, vyann belye Bazan ak vyann bouk kabrit. Y'a manje pi bon kalite farin frans, y'a bwè ji rezen pou diven.
Noye se premye moun ki te fè lakilti rezen sou latè.Yon jou, apre li te fin bwè diven, li sou. Li wete tout rad sou li, li kouche toutouni anba tant li.
Tèlman mwen t'ap chache gen konprann, mwen pran desizyon lage kò m nan bwè bweson, nan viv tankou moun fou. Mwen di nan kè m: Ou pa janm konnen, se ka sa ki pi bon pou yon moun fè pandan de twa jou l'ap pase sou tè a.
Mèlkisedèk menm ki te wa peyi Salèm fè pote pen ak diven vini. Se yon prèt ki t'ap sèvi Bondye ki anwo nan syèl la li te ye.
Ak maladi lestonmak ou a, sispann bwè dlo sèlman. Bwè ti diven tou pou ede ou fè dijesyon.
Izarak reponn Ezayi: — Mwen mete l chèf sou ou. Mwen fè tout rès fanmi an tounen moun k'ap sèvi l. Mwen ba li mèzi pwovizyon l. Kisa m ka fè pou ou ankò, pitit mwen?
Avèk premye ti mouton an, w'a ofri sèt ti mamit farin frans melanje ak yon lit edmi bon lwil oliv fèt nan moulen. W'a pran yon lit edmi diven pou ofri pou bwason ak manje a.
Pandan yo t'ap bwè diven, wa a mande Estè konsa: — Di m sa ou vle, m'ap ba ou li. Ou te mèt mande m mwatye nan peyi a, m'ap ba ou li.
— Ni ou menm, ni pitit gason ou yo, nou pa fèt pou nou bwè diven ni okenn gwòg lè se jou nou gen pou nou antre nan Tant Randevou a. Si nou fè sa n'a mouri. Sa se yon regleman pou nou swiv tout tan, nou menm, pitit nou yo ak pitit pitit nou yo.
Yon jou, wa Bèlchaza bay yon gwo resèpsyon pou mil moun nan gwo zotobre peyi a. Yo t'ap bwè diven ansanm.
N'a ofri ansanm avè l tou katòz ti mamit farin frans melanje ak lwil oliv pou nou boule nan dife pou Senyè a. Bon sant ofrann lan va fè Senyè a plezi. N'a ofri tou yon boutèy ka diven pou yo vide pou Senyè a.
Yo t'ap bwè diven, yo t'ap fè lwanj bondye pa yo ki fèt an lò, an ajan, an kwiv, an bwa, an fè ak an wòch.
se pou l rete san li pa bwè diven ni okenn bweson ki gen alkòl ladan l. Ni li p'ap bwè vinèg ki fèt ak diven ni okenn lòt bweson fèmante, ni li p'ap bwè ji rezen. Ata rezen fre osinon rezen chèch li p'ap ka manje.
Ou menm tou, ou kenbe tèt ak Senyè ki nan syèl la, ou fè yo pote veso yo te pran nan Tanp li a ba ou. Epi ou menm, chèf ou yo, madanm ou yo ak fanm kay ou yo, nou bwè diven ladan yo. Nou fè lwanj pou bondye fèt an lò, an ajan, an kwiv, an fè, an bwa, an wòch, bondye ki pa ka wè, ki pa ka tande, ki pa konn anyen. Men, monwa, Bondye ki kenbe lavi ou nan men l lan, li menm ki kontwole tou sa w'ap fè yo, ou pa fè lwanj li.
Lè n'a rive, n'a achte ak lajan an sa nou pi pito: bèf, mouton, kabrit, diven, likè, wi tou sa nou pi renmen. Epi la, devan Senyè a, Bondye nou an n'a manje yo, n'a fè fèt ansanm ak tout moun lakay nou.
Yo kouche bò lotèl yo sou rad moun te mete nan plàn lakay yo. Nan tanp bondye yo a y'ap bwè bweson yo te fè moun bay pou amann.
Y'ap bwè diven san gad dèyè, y'ap pase pi bon kalite odè ki genyen sou yo. Men, yo pa gen lapenn pou malè k'ap tonbe sou pitit pitit Jozèf yo.
Ou fè zèb pouse pou bèt yo manje. Ou fè plant moun bezwen yo grandi pou latè ka donnen manje,pou latè ka donnen rezen ki bay diven pou fè kè lèzòm kontan, lwil pou fè figi yo fre, pen pou ba yo fòs.
M'ap mennen pèp mwen an tounen nan peyi l ankò. Y'a rebati lavil ki te fin kraze yo, y'a rete ladan yo. Y'a plante jaden rezen, y'a bwè diven. Y'a fè bèl jaden, y'a manje rekòt jaden yo.
pou latè ka donnen rezen ki bay diven pou fè kè lèzòm kontan, lwil pou fè figi yo fre, pen pou ba yo fòs.
Twòp bweson fè ou pase moun nan betiz. Twòp gwòg fè ou pete kabouya, fè lòbèy. Lè ou sou, ou aji tankou moun fou.
Fè wè jan ou gen respè pou Senyè a: ba li nan tou sa ou genyen, ofri l premye donn ou rekòlte nan jaden ou.Lè ou fè sa, galata ou ap toujou chaje danre. Barik diven ou yo ap plen ra bouch.
Sa ki byen an, se lè ou pa manje vyann, ni bwè diven, ni fè okenn lòt bagay ki kapab fè frè ou tonbe nan peche.
Li fè yo pare bon vyann pou fè fèt, li fè bon konpoze ak diven, li ranje tab la byen ranje.
Lè n'ap fè ofrann pou yo boule nèt pou Senyè a, n'a ofri de boutèy ka plen diven pou chak ti mouton n'ap ofri.
L'a renmen nou, l'a beni nou, l'a fè nou peple. L'a ban nou anpil pitit. L'a voye benediksyon sou jaden nou, n'a gen anpil manje, anpil diven ak anpil lwil. Bèf nou yo va bay anpil pòte, mouton nou yo va fè anpil pitit. L'a fè tou sa pou nou nan peyi li te pwomèt zansèt nou yo l'ap ban nou an.
Se moun k'ap bwè twòp gwòg, moun k'ap kouri dèyè tranpe.Pa kite bweson pran nanm ou, ou te mèt wè jan li bèl, jan li klè nan vè a. Lè ou bwè l, li desann dous nan gòj ou.Men, pita ou santi se tankou yon move sèpan ki mòde ou, yon sèpan aspik ki pike ou.W'ap wè tout bagay ap vire devan je ou, w'ap depale.W'ap santi tankou si ou te sou lanmè: w'ap tankou si ou te sou tèt yon m'a batiman.Lè sa a w'a di: Gen lè yo bat mwen, mwen pa santi sa. Gen lè yo te ban m kou, mwen pa konn sa. Kilè m'a leve la a? Mwen ta pran yon ti kou ankò.
Tout moun fèt pou yo manje, pou yo bwè, pou yo jwi sa travay yo rapòte yo. Sa se kado Bondye ba yo.
Jou sa a, mòn yo pral kouvri ak jaden rezen. Bèf pral sou tout ti mòn yo. Va gen kont dlo nan larivyè peyi Jida yo. Yon sous dlo pral koule sòti nan kay Senyè a. Li pral wouze bafon zakasya yo.
Mesay sou pwofèt yo: — Kè m ap fann! M'ap tranble nan tout kò m. Mwen tankou yon moun ki sou, yon moun ki bwè twòp. Se Senyè a ki lakòz sa avèk pawòl li yo ki pawòl Bondye tout bon.
Menm jan an tou, apre yo fin manje, li ba yo gode diven an. Li di yo: — Gode sa a, se nouvo kontra Bondye pase ak moun. Se avèk san m ki koule pou nou an li siyen l.
Vini non, nou tout ki swaf. Men dlo! Vini non, nou tout ki pa gen lajan, nou mèt vini. Achte manje pou nou manje. Nou pa bezwen lajan! Achte bwason ak lèt pou nou bwè. Nou pa bezwen peye!
Izarak di l: — Sèvi m non. M'a manje vyann ou pote a. Apre sa, m'a beni ou. Jakòb sèvi l manje a, li manje. Lèfini, Jakòb ba li diven, li bwè.
Y'ap vini sou mòn Siyon an, y'ap chante tèlman y'ap kontan. Y'a kontan anpil pou tou sa Senyè a pral ba yo. L'ap ba yo ble, diven, lwil fre, mouton, kabrit, bèf. Y'ap tankou yon jaden byen wouze. Y'ap gen tou sa yo bezwen.
Men, gade! Nou pito rete ap ri, n'ap fè fèt, n'ap touye bèf, n'ap touye kabrit ak mouton pou n manje, n'ap bwè diven. N'ap plede di: Annou manje, annou bwè, paske denmen nou pral mouri.
Senyè ki gen tout pouvwa a pral fè yon gwo fèt sou mòn Siyon an pou tout nasyon ki sou latè, avèk bèl plat manje byen pare ak bonjan vyann gra. L'ap sèvi bon kalite diven ki la depi lontan.
Pesonn p'ap pran diven fèk fèt pou bouche li nan vye boutèy ki sèvi deja. Si ou fè sa, diven an ap pete vye boutèy yo, epi w'ap pèdi ni diven an, ni boutèy yo. Men diven fèk fèt la dwe bouche sere nan boutèy nèf. Konsa, ni diven an, ni veso a ap byen konsève.
Lè ou renmen plezi, w'ap toujou pòv. Lè ou renmen bon bweson ak bon manje, ou p'ap janm gen lajan.
M'ap di nou sa: Depi jòdi a, mwen p'ap janm bwè diven ankò jouk jou m'a bwè yon lòt diven ansanm ak nou nan peyi kote Papa m wa a.
Pesonn p'ap mete diven fèk fèt pou bouche l' nan vye boutèy. Si ou fè sa, diven an va pete vye boutèy yo epi w'ap pèdi ni diven an ni boutèy yo. Men diven fèk fèt dwe bouche nan boutèy nèf.
Nou pat gen pen pou nou manje, ni diven, ni okenn bwason pou nou bwè, men Senyè a te ban nou tou sa nou bezwen pou n te ka konnen se li menm, Senyè a, ki Bondye nou an.
Sa m'ap di nou la a se vre wi: mwen p'ap janm bwè diven ankò jouk jou m'a bwè yon diven nouvo nan peyi kote Bondye wa a.
Konsa tou, pesonn p'ap pran diven fèk fèt pou bouche li nan vye boutèy ki sèvi deja. Si ou fè sa, diven an ap pete vye boutèy la, epi w'ap pèdi ni diven an, ni boutèy la.Men diven nèf dwe ale nan boutèy nèf.
Mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen vini, mwen manje, mwen bwè, nou di: Gade yon nonm! Se manje ak bwè ase l konnen. Se zanmi pèseptè kontribisyon ak moun k'ap fè sa ki mal li ye.
paske, m'ap di nou sa, depi kounyeya mwen p'ap bwè diven ankò jouk lè Bondye va vin pran pouvwa a nan men li.
De jou apre sa, te gen yon maryaj lavil Kana nan peyi Galile. Manman Jezi te la,yo te envite Jezi ak disip li yo nan nòs la tou.Rive yon lè, pa te gen diven ankò. Manman Jezi di li konsa: — Diven moun yo fini wi.Men Jezi reponn li: — Nan kisa mwen ye avè ou, madanm? Lè pa m lan poko rive.Lè sa a, manman Jezi di moun ki t'ap sèvi yo: — Fè tou sa l di nou fè.Te gen sis gwo ja fèt an wòch ki te sèvi pou jwif yo lave kò yo dapre koutim yo. Yo te gwo ase pou chak te kenbe ven trant galon konsa.Jezi di moun ki t'ap sèvi yo: — Plen ja yo dlo. Yo plen yo ra bouch.Lè yo fini, Jezi di yo: — Pran ti gout nan dlo sa a, pote bay chèf kanbiz la goute. Yo pote ti gout bay chèf kanbiz la.Chèf kanbiz la goute dlo ki te tounen diven an. Li pat konnen ki bò diven sa a te sòti. (Men, domestik yo ki te pran dlo a te konnen.) Li rele nonm ki t'ap marye a,li di li konsa: — Tout moun sèvi pi bon diven an anvan. Se apre tout envite yo fin sou, se lè sa a yo sèvi diven ki pa twò bon an. Men ou menm, ou te sere pi bon diven an. Se kounyeya w'ap sèvi l.Se konsa Jezi te fè premye mirak li lavil Kana nan peyi Galile. Li te fè wè pouvwa li. Sa te fè disip li yo kwè nan li.
Nou pa kapab ap bwè nan gode Senyè a anmenmtan pou n'ap bwè nan gode denmon yo tou. Nou pa kapab ap manje sou menm tab avèk Senyè a anmenmtan pou n'ap manje sou menm tab ak denmon yo.
Konsa tou, apre yo fin manje, li pran gode diven an, li di yo: Gode sa a se nouvo kontra Bondye fè avè nou nan san mwen. Se pou nou fè sa chak fwa n'ap bwè ladan l pou nou ka chonje mwen.
Konsa, Jezikri va fè nou fè anpil bagay ki dwat epi ki bon, pou sa ka sèvi yon lwanj ak yon bèl bagay pou Bondye.
Pale ak granmoun fanm yo tou pou yo viv tankou moun k'ap viv pou Bondye tout bon vre. Yo pa dwe nan fè tripotaj, ni nan twò renmen gwòg. Okontrè, se pou yo bay bon egzanp.
Nou gen yon lotèl ki pa nou. Prèt k'ap sèvi nan tanp jwif yo pa gendwa manje nan vyann ofrann bèt nou fè sou lotèl sa a.
Se fasil pou nou wè sa egzijans kò a fè moun fè: se imoralite, malpwòpte ak vis.Se sèvi zidòl, se fè maji, se yonn fè lòt lènmi, se fè kont, fè jalouzi, fè kòlè, se yonn pa vle wè lòt, se fè ti pil gwo pil.Yonn anvye sò lòt, yo tafyatè, yo saf konsa, ak yon bann lòt bagay ankò y'ap fè. Mwen deja di nou sa, epi m'ap repete l ankò pou nou: moun ki fè tout bagay sa yo p'ap antre menm nan peyi kote Bondye wa a.
(9) Senyè a kenbe yon gode nan men l. Gode a plen divès kalite tranpe ki fèt ak diven. L'ap vide diven bay tout mechan ki sou latè, y'ap bwè, y'ap bwè san yo pa kite yon ti tak.
Ou pare yon tab pou mwen devan je tout lènmi m yo. Ou resevwa m, ou fè kè m kontan ou ban m tou sa m bezwen.
Se lè sa a Senyè a leve, tankou si li t'ap leve nan dòmi. Li parèt tankou yon vanyan gason ki anba gwòg li.Li frape lènmi yo, li fè yo kouri. Li fè yo wont pou tout tan.
Se moun ki dekouraje ak lavi ki tonbe nan gwòg. Se moun ki gen gwo lapenn nan kè yo ki lage kò yo nan bweson.Yo bwè pou yo bliye mizè yo, pou yo pa chonje lapenn yo.
Poukisa n'ap depanse lajan achte manje ki pa ka fè anyen pou nou? Poukisa n'ap depanse lajan travay nou pou bagay ki pa ka plen vant nou? Si nou koute byen sa m'ap di nou la a, n'a manje sa ki bon. N'a pran plezi nou nan manje bon kalite manje.
Apre sa, Jeremi mete gwo ja plen diven ak gode devan moun Rekab yo. Li di yo: — Bwè diven non!Men yo reponn li: — Nou pa bwè diven non. Paske zansèt nou, Jonadab, pitit Rekab la, te ban nou lòd sa yo: Pa janm bwè diven, ni nou, ni pitit nou yo.
Moun Damas yo achte machandiz ou yo ak tout kalite bèl bagay ou te gen an kantite. Yo te vann ou diven ki sòti Elbon ak lenn ki sòti Saar.
Leve non, bann gwògè! Kriye non! Nou menm ki renmen bweson, pete rele! Paske pa gen rezen pou fè diven nivo pou nou ankò.
Si yon moun ap plede pwonmennen bay manti pou twonpe moun, si li di: M'ap fè prediksyon pou nou: Men li, diven ak gwòg pral koule kou dlo, se moun konsa nou renmen pou pwofèt.
Moun Efrayim yo pral tankou vanyan sòlda. Y'ap kontan tankou moun ki anba gwòg. Pitit pitit yo va chonje sa, y'a fè fèt. Y'a kontan pou sa Senyè a te fè pou yo.
Mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen vini, mwen manje, mwen bwè, yo di: Gade yon nonm! Se manje ak bwè ase li konnen! Se zanmi pèseptè kontribisyon ak moun k'ap fè sa ki mal li ye! Men tou, lè nou wè rezilta sa Bondye fè, nou rekonèt se li menm nan bon konprann li ki gen rezon.
Apre sa, li pran yon gode diven, li di Bondye mèsi, li pase l ba yo, li di: — Se pou nou tout nou bwè ladan li.
Bondye, Mèt la, ap ba li anpil enpòtans. Li p'ap bwè ni diven ni okenn lòt alkòl. Depi nan vant manman li, l'ap anba pouvwa Sentespri.
Li pwoche kote l, li vide lwil ak diven sou blese l yo, li panse yo. Apre sa, li mete nonm lan sou bèt li te moute a. Li mennen l nan yon lotèl kote li pran swen li.
Frè m yo, mwen gen fèm konviksyon nou gen kont bon santiman nan kè nou, nou gen kont konesans sou nou pou yonn ka bay lòt konsèy.
Paske, lè nou chita bò tab la, chak moun ap prese manje manje pa li. Lè konsa, yon pati rete grangou, yon lòt menm gentan sou sitèlman li bwè.Mwen te kwè nou gen lakay nou pou n manje, pou n bwè? Gen lè se respè nou manke konsa pou legliz Bondye a? Osinon, eske se wont nou vle fè moun ki pa gen anyen yo wont? Kisa nou ta vle mwen di nou sou sa? Nou ta vle m fè nou konpliman? O non! Nou tou wè mwen pa kapab fè nou konpliman pou sa!
Gode benediksyon n'ap bwè a, lè nou fin di Bondye mèsi pou li, eske se pa san Kris la n'ap separe bay tout moun? Pen nou kase a, lè n'ap manje l, eske se pa kò Kris la n'ap separe bay tout moun?
Paske, se kalite renmen Kris la gen pou nou an k'ap dirije m: mwen gen konviksyon sa a, si yon sèl moun te mouri pou tout lòt yo, sa vle di tout lòt yo mouri ansanm avè li.
Moun ki moun Jezikri, yo fè kò a mouri ansanm ak tout egzijans li yo, ak tout lanvi li yo.
Konsa, si se nan Kris la nou jwenn fòs kouray nou tout bon vre, si se renmen li renmen nou an ki ban nou ankourajman tout bon vre, si Sentespri l rete nan kè nou tout bon vre, si tout bon vre nou yonn renmen lòt, si nou sansib yonn pou lòt,enben, men sa m'ap mande nou: Fè kè m kontan nèt. Se pou nou viv byen yonn ak lòt, se pou nou yonn renmen lòt menm jan an, pou nou tout gen yon sèl lide nan tèt nou ak yon sèl santiman nan kè nou.
Se pou pawòl Kris la ak tout richès li yo rete fèm nan lavi nou. Se pou nou yonn aprann nan men lòt, se pou yonn konseye lòt ak anpil konprann. Se pou nou chante sòm, kantik ak tout lòt chante legliz pou di Bondye mèsi ak tout kè nou.
Se sa k fè, piga nou dòmi tankou lòt yo. Pa kite dòmi pran nou. Kenbe tèt nou anplas.Se lannwit moun dòmi. Se lannwit tou moun sou.Men nou menm, nou se moun k'ap viv lajounen, se pou nou toujou kenbe tèt nou anplas. Ann pran konfyans nou gen nan Bondye a ak renmen nou gen nan kè nou tankou yon plak pwotèj pou lestonmak nou. Ann pran espwa nou genyen nan Jezi k'ap vin delivre nou nèt la, ann mete l tankou yon kas an fè nan tèt nou.
Okontrè, se granmoun ki manje gwo manje, paske granmoun yo konn jije, yo konn fè diferans ant sa ki bon ak sa ki mal.
Si yon moun nan nou ap soufri, se pou li lapriyè. Si yon moun nan nou gen kè kontan, se pou l chante kantik.Si yon moun nan nou malad, se pou l rele chèf reskonsab yo nan legliz la. Y'a lapriyè pou li, y'a pase lwil sou li nan non Senyè a.
Paske, nan tan lontan, nou te gen kont tan nou pou n te fè tou sa moun ki pa konnen Bondye yo ap fè. Lè sa a, nou t'ap viv nan libètinay, nan lanvi, nan bwè tafya, nan debòch, nan banbòch, nan sèvi zidòl, bagay lalwa defann nou fè.
Yo gen pou yo soufri pou tou sa yo te fè moun soufri. Yo pran plezi fè debòch gwo lajounen. Se yon wont, se yon eskandal lè moun sa yo k'ap pran plezi yo nan fè sa ki mal chita sou menm tab ak nou lè n'ap fè fèt.
(13) Paske ou menm Senyè, ou beni moun ki obeyi ou. Ou kouvri yo avèk favè ou, w'ap kanpe bò kote yo pou pran defans yo.
Chache gen konesans, se premye bagay yon nonm lespri dwe fè. Nenpòt kisa ou ka genyen, bay li pou ou vin gen konprann.
Nanpwen kè kontan ak fèt nan jaden nou yo! Nan jaden rezen nou yo, nanpwenn chante, nanpwen koudjay ankò! Pa gen rezen pou kraze nan basen kote yo fè ji. Tout fèt kaba!
Li pa moute nan mòn pou l al bay zidòl manje, ni li pa fè sèvis pou vye zidòl moun pèp Izrayèl yo ap sèvi. Li pa al dèyè madanm lòt moun pèp Izrayèl parèy li, li pa kouche ak fanm ki gen lalin li.
Jou yo ap vini. Lè sa a, yo p'ap kò fin ranmase rekòt, y'ap gentan ap pare tè pou plante ankò. Yo p'ap kò fin kraze rezen pou fè diven, y'ap gentan ap pare pou mete pye rezen nan tè ankò. Diven byen dous ap koule sou tout mòn yo, l'ap koule desann sou tout ti mòn yo. Se Senyè a menm ki di sa.
N'a plante, men se pa nou ki va rekòlte. N'a kraze grenn oliv pou fè lwil, men nou p'ap gentan sèvi avè l. N'a kraze rezen fè diven, men nou p'ap gentan goute ladan l.
Men, se pa konsa pou sa fèt nan mitan nou. Okontrè, si yonn nan nou ta vle vin pi enpòtan, se pou li fè li sèvitè nou tout.Si yonn nan nou ta vle chèf, se pou li sèvitè nou tout.
Jezi pale ak moun ki te envite l la. Li di li: — Lè w'ap fè yon fèt, piti ou gwo, pa envite ni zanmi ou, ni frè ou, ni fanmi ou, ni vwazen ou yo ki rich. Paske, yon lè y'a envite ou tou. Konsa, se tankou si yo ta renmèt ou sa ou te fè a.Men, lè w'ap fè yon fèt, envite pòv yo, enfim yo, moun k'ap bwete, moun avèg yo.Konsa, se va yon benediksyon, paske yo p'ap kapab rann ou laparèy. Se Bondye ki va renmèt ou sa lè tout moun ki fè byen yo va leve sòti vivan nan lanmò.
li di li konsa: — Tout moun sèvi pi bon diven an anvan. Se apre tout envite yo fin sou, se lè sa a yo sèvi diven ki pa twò bon an. Men ou menm, ou te sere pi bon diven an. Se kounyeya w'ap sèvi l.
Gen kèk moun nan nou ki di: Mwen gendwa fè tout bagay. Wi, ou gendwa fè tout bagay. Men, tout bagay pa bon pou fè. Mwen ka di mwen gendwa fè tout bagay. Men, mwen p'ap kite anyen fè m tounen esklav li, li te mèt sa l te ye.
Pou fini, frè m yo, mete lide nou sou bagay ki bon, ki merite lwanj: bagay ki vre, ki kòrèk, ki dwat, ki bèl, ki p'ap fè nou wont.
Paske, renmen lajan fè moun fè tout kalite bagay ki mal. Gen moun ki sitèlman anvi gen lajan, yo pèdi chemen lafwa a nèt: se pa de ti soufrans ki tonbe sou yo.
Paske, yon moun k'ap dirije legliz la, se li ki reskonsab travay Bondye a. Se pou li san repwòch. Se pa pou li awogan, ni renmen fè kòlè, ni renmen bwè gwòg. Li pa fèt pou l brital, ni renmen fè lajan nan move kondisyon.
Pa kite pawòl dwategòch moun ap moutre yo fè nou pèdi bon chemen an. Li bon pou se gras Bondye a ki bay lavi nou fòs pase se kesyon sa moun pa dwe manje. Obsève bagay konsa pa janm pwofite okenn moun.
Ala bann moun pa fidèl! Se konnen nou pa konnen lamitye pou lemonn se rayisans pou Bondye! Moun ki vle vin zanmi lemonn, li tou chwazi pou li lènmi Bondye.
Yo fè resèpsyon pou yo pran plezi yo, yo bwè diven pou fè kè yo kontan, men se lajan ki penmèt yo fè tou sa.
Gouvènman Bondye ki wa a, se pa yon afè manje ak bwè, men se yon kèsyon fè sa ki byen, viv ak kè poze ak kè kontan. Bagay sa yo, se Sentespri ki bay yo.