Bib la chaje ak bèl vèsè ki ranpli lavi nou, ki ban nou kouraj. Vèsè sa yo, mwen toujou ap pataje yo ak moun mwen renmen yo, epi mwen mete yo sou rezo sosyal tou. Yo chak se yon gwo benediksyon, yon enspirasyon Bondye voye pou edifye nou epi gide nou vin jwenn li.
Jozye 1:9 di: "Mwen ba ou lòd pou ou fò, pou ou vanyan. Ou pa bezwen pè, ou pa bezwen dekouraje, paske Senyè a, Bondye ou la, ap avèk ou kote ou pase." Bondye pale avèk nou nan pawòl li, epi la a li di nou pou nou pran kouraj, paske l ap avèk nou.
Menm jan ak bèl vèsè sa a, w ap jwenn anpil lòt ankò ki pral chanje lavi ou.
Pawòl ou se yon chandèl ki fè m wè kote m'ap mete pye m, se yon limyè k'ap klere chemen mwen.
Jezi pale ankò ak foul moun yo, li di: — Se mwen menm ki limyè k'ap klere tout moun ki sou latè. Moun ki swiv mwen va gen limyè ki bay lavi a. Yo p'ap janm mache nan fènwa.
Pawòl sa yo ap tankou yon lanp pou ou. Sa yo moutre ou ap tankou yon limyè nan lavi ou. Lè y'ap korije ou, lè y'ap rale zòrèy ou, se moutre y'ap moutre ou chemen lavi.
Esplikasyon nou jwenn nan pawòl ou klere lespri nou. Yo louvri lespri moun ki san konprann yo pou yo konprann.
— Se limyè nou ye pou moun sou latè. Moun pa kapab kache yon lavil ki bati sou yon mòn.Ni yo pa limen lanp pou mete li anba tab. Men yo mete li sou etajè pou li klere tout moun nan kay la.Konsa tou, se pou limyè nou klere devan tout moun, pou lè yo wè tout byen n'ap fè yo, y'a fè lwanj Papa nou ki nan syèl la.
Se poutèt sa, mwen pran pawòl pwofèt yo pou pawòl ki sèten nèt. Nou menm tou, nou byen fèt lè nou pran pawòl sa yo ak gwo konsiderasyon, tankou yon lanp k'ap klere nan fènwa jouk jou a parèt nèt, jouk zetwal bajou kase leve nan kè nou.
(1b) Senyè a se limyè mwen, se li ki delivrans mwen. Ki moun ki ka fè m pè? Se Senyè a k'ap pwoteje mwen. Ki moun ki ka fè m tranble?
Nan tan lontan, nou te nan fènwa. Men kounyeya, paske n'ap viv ansanm nan Senyè a, nou nan limyè. Se sa ki fè, fòk nou mennen tèt nou tankou moun k'ap viv nan limyè a.Paske, limyè a fè moun fè bagay ki bon, bagay ki dwat ak bagay ki vre.
Lavi, se nan li sa te ye. Se lavi sa a ki te bay tout moun limyè.Limyè a klere nan fènwa a. Men, fènwa a pat resevwa li.
Men nouvèl nou te tande nan bouch Jezikri a, nouvèl m'ap fè nou konnen an: Bondye se limyè. Pa gen fènwa nan Bondye.Si nou di n'ap viv ansanm ak li, pou anmenmtan n'ap viv nan fènwa, n'ap bay manti ni nan sa n'ap di, ni nan sa n'ap fè.Men, si n'ap viv nan limyè menm jan li menm Bondye li nan limyè, lè sa a se tout bon n'ap viv ansanm yonn ak lòt. Jezi, Pitit Bondye a, va netwaye nou ak san li anba tout peche nou yo.
Chemen moun k'ap mache dwat yo tankou solèy k'ap leve. Chak lè, l'ap vin pi klere jouk li fin jou nèt.
Voye limyè ou, moutre m verite ou la. Fè yo fè m wè chemen pou m pran an. Fè yo mennen m sou mòn ki apa pou ou a, nan kay kote ou rete a.
Mwen mande l pou l louvri lespri nou, pou nou ka konnen kisa n'ap tann nan men Bondye ki rele nou an, ki vle di eritaj Bondye pwomèt l'ap bay moun ki pou li yo, yon eritaj ki rich anpil, ki bèl anpil.
Ak kè kontan, se pou nou di Papa a mèsi, li menm ki ban nou privilèj resevwa pòsyon pa nou nan eritaj Bondye sere pou tout moun pa l yo nan peyi limyè a.Li rache nou anba pouvwa fènwa a, li fè nou antre nan peyi kote Pitit li renmen anpil la wa.
Men nou menm, nou se yon ras Bondye chwazi, prèt k'ap sèvi wa a, nasyon k'ap viv apa pou Bondye, pèp li peye pou li a. Li fè tou sa, pou nou te ka fè tout moun konnen bèl bagay Bondye te fè yo, Bondye ki rele nou soti nan fènwa a pou nou antre nan bèl limyè li a.
Pèp ki t'ap mache nan fènwa a wè yon gwo limyè. Yo te rete nan yon peyi kouvri ak fènwa. Men, kounyeya yon limyè vin klere yo!
Jezi reponn yo: — Nou gen limyè a la avè nou, men pa pou lontan. Mache pandan nou gen limyè a pou fènwa pa bare nou. Moun k'ap mache nan fènwa pa konnen kote l prale.Mete konfyans nou nan limyè a pandan nou genyen l lan, pou nou kapab moun limyè a. Apre li fin di yo pawòl sa yo, Jezi wete kò l, l'al kache byen lwen.
Se mwen menm, Senyè a, ki rele ou. Mwen ba ou pouvwa pou mete jistis kanpe sou latè. Mwen pran men ou. Mwen fòme ou, mwen mete ou pou pase yon kontra ak pèp la, pou m bay tout nasyon yo limyè.W'a louvri je avèg yo. W'a fè prizonye yo sòti nan prizon. W'a libere sa ki nan kacho kote ki fè nwa a.
(9) Regleman Senyè a se bagay ki dwat. Moun ki swiv yo ap gen kè kontan. Kòmandman li yo klè. Yo louvri je moun.
pèp ki t'ap viv nan fènwa a wè yon gwo limyè. Limyè a klere pou moun ki t'ap viv nan peyi ki anba lonbray lanmò a.
Kisa jenn gason dwe fè pou li mennen bak li dwat? Se pou li toujou mache jan ou vle li mache a.
Men ki bò kondannasyon an sòti pou yo: limyè a te vini nan lemonn, men lèzòm te pito fènwa a pase limyè a, paske sa y'ap fè a mal.Lè yon moun ap fè sa ki mal, li pa vle wè limyè a, li p'ap vini kote limyè a ye, paske li pè pou move zak li yo pa parèt aklè.Men, moun ki fè sa ki bon vre, se nan limyè a menm l'ap vini, pou moun ka wè aklè se obeyi l'ap obeyi Bondye nan sa l'ap fè a.
si nou manje ak moun ki grangou, si nou plen vant moun ki nan nesesite, limyè va klere pou nou nan mitan fènwa. Lannwit va fè klè pou nou tankou gwo midi.
Bondye ki te di: Mwen vle pou limyè a klere nan mitan fènwa a, se li menm tou ki fè limyè li a klere nan kè nou pou li fè nou konnen pouvwa li ki yon limyè ki klere byen bèl nan figi Kris la.
Mete tout konfyans ou nan Senyè a. Pa gade sou sa ou konnen.Toujou chonje Senyè a nan tou sa w'ap fè. Li menm, la moutre ou chemen pou ou pran.
Tou sa, paske Bondye nou an gen kè sansib, li renmen nou anpil. L'ap fè yon limyè sòti anwo vin klere nou tankou solèy k'ap leve.Li gen pou l klere tout moun k'ap viv nan fènwa ak nan lonbray lanmò. Li gen pou l fè nou mache nan chemen k'ap ban nou kè poze a.
Men, nan yon sans, se yon kòmandman tou nèf m'ap ban nou la a. Nou wè kòmandman sa a se yon bagay k'ap aji tout bon nan lavi Kris la ak nan lavi pa nou tou, paske fènwa a ap pase, limyè tout bon an gentan ap klere. Moun ki di yo nan limyè epi pou anmenmtan yo rayi frè yo, moun konsa nan fènwa toujou.Se moun ki renmen frè yo ki nan limyè a. Konsa, pa gen anyen nan yo ki ka fè yon lòt tonbe nan peche.
Nan mitan fènwa a, yon limyè klere pou moun ki mache dwat yo, pou moun ki gen kè sansib, moun ki gen bon kè ak moun ki pa nan patipri.
Jezi reponn li: — Se mwen menm ki chemen an. Se mwen menm ki verite a, se mwen menm ki lavi a. Pèsonn pa ka al jwenn Papa a si li pa pase nan mwen.
Limyè Bondye klere moun ki mache dwat devan li. Moun ki fe sa ki byen, l'ap fè kè yo kontan.
Nou tout ki gen krentif pou Senyè a, nou tout k'ap koute pawòl sèvitè li a, nou wè jan chemen m'ap swiv la fè nwa nèt. Se pou nou met konfyans nou nan Senyè a.
Senyè a di m konsa: Wi, sèvitè m lan va fè fanmi Jakòb la kanpe ankò. L'a fè ti rès pèp Izrayèl yo te depòte a tounen lakay yo. Men, se poko sa toujou. M'ap fè li sèvi tankou yon limyè pou lòt nasyon yo, pou dènye moun sou latè ka konnen ki jan mwen menm mwen delivre!
L'a fè jistis ou parèt aklè tankou yon limyè, l'a fè rezon ou parèt aklè tankou gwo solèy midi.
— Je ou se lanp kò ou. Si je ou nan bon eta, tout kò ou nan limyè.Men, si je ou nan move eta, tout kò ou nan fènwa. Se sa ki fè si limyè ki andan ou la se fènwa li ye, se pa ti fè nwa anndan ou fè nwa.
Men, lè ou mete tout bagay sa yo aklè nan limyè, lèzòm va wè sa yo ye tout bon.Paske, tout bagay ki parèt aklè tounen limyè. Se poutèt sa yo di: Leve non, ou menm k'ap dòmi an, leve sòti nan mitan mò yo. Kris la va klere ou.
Tou sa ki nan pawòl ou se verite. Tout jijman ou yo se jijman ki san patipri. Yo la pou tout tan.
Chache gen konesans ak bon konprann. Pa janm bliye sa m'ap di ou la a. Pa vire do ba yo.Pa lage konesans ou. L'a toujou pwoteje ou. Renmen l, li p'ap kite anyen rive ou.Chache gen konesans, se premye bagay yon nonm lespri dwe fè. Nenpòt kisa ou ka genyen, bay li pou ou vin gen konprann.
Nou tout, nou pa kouvri figi nou. Nou tankou yon glas k'ap fè moun wè pouvwa Bondye a: konsa chak jou n'ap transfòme, pouvwa li ap grandi nan nou, jouk tan n'a rive sanble nèt ak Senyè a. Sa se travay Senyè a. Lespri Bondye.
pou yo pa jwenn anyen pou yo repwoche nou, pou nou ka fè sa ki byen tankou veritab pitit Bondye, antan n'ap viv nan mitan bann malonèt ak pèvèti ki sou latè yo. Se pou nou sèvi limyè pou lemonn,lè n'ap ba yo mesay ki bay lavi a. Konsa, n'a fè kè m kontan lè jou Kris la va rive. Paske, m'a konnen mwen pat fatige kò m pou gremesi, mwen pat travay mal.
(14) Paske ou pa kite m mouri, ou pa kite m bite, pou m kapab mache devan ou nan mitan bèl limyè k'ap klere moun k'ap viv pou ou yo.
Pawòl Bondye a se pawòl ki gen nanm, li gen pouvwa. Li file pase kouto famasi. Li ka koupe jouk li jwenn kote nanm ak lespri kontre fè yonn, jouk kote vyann ak mwèl rankontre. Li jije tout santiman ak tout lide ki nan kè moun.
Se pa solèy la ki pral klere nou lajounen. Ni nou p'ap bezwen klète lalin lan pou klere nou lannwit. Se mwen menm, Senyè a, ki pral sèvi nou limyè pou tout tan. Se Bondye nou an ki pral leve tèt nou.Solèy nou an p'ap janm kouche ankò. Lalin nou an p'ap janm disparèt. Se Senyè a menm ki pral sèvi nou limyè pou tout tan. Jou lafliksyon nou yo fini.
Antan Jezi te la, li pran chanje devan yo. Figi l vin klere tankou solèy la. Rad li vin blan tankou yon limyè.
Paske, nou tout se moun k'ap viv nan limyè, nan gwo lajounen. Nou pa moun k'ap viv nan lannwit, nan fènwa!
Nwit lan vanse fini, jou prèt pou kase. Ann sispann fè bagay yo fè nan fènwa. Ann pran zam nou pou nou ka goumen devan tout moun.
Ala bon sa bon pou moun ki kenbe prensip li yo, pou moun k'ap chache obeyi l ak tout kè yo!
M'ap fè avèg yo mache sou yon wout yo pat janm konnen anvan. M'ap pran men yo, m'ap mennen yo sou chemen yo pat janm konn fè anvan. M'ap fè kote ki fè nwa yo vin fè klè, kote ki gen anpil bit ak twou yo vin plat. Se tout bagay sa yo mwen pral fè rive. Wi, m'ap fè yo rive vre.
Nou menm ki pa vle wè lavil Jerizalèm, nou pa bezwen kontan wè malè rive nou, nou menm moun lavil Jerizalèm. Nou tonbe, n'a leve ankò! Nou te mèt chita nan fènwa kounyeya, Senyè a va yon limyè pou nou.Se pou nou sipòte kòlè Senyè a paske nou fè peche kont Senyè a. Men bout pou bout, l'a pran defans nou, l'a rann nou jistis. L'ap mennen nou deyò nan limyè a ankò, n'a viv pou nou wè jistis Bondye.
Jezi di yo: — Gen douzèdtan nan yon jounen, pa vre? Si yon moun ap mache lajounen, li p'ap bite paske li wè kote l'ap mete pye li.Men, si yon moun ap mache lannwit, l'ap frape pye li paske li pa gen limyè nan li.
Senyè a di: M'a louvri lespri ou sou anpil bagay. M'a moutre ou chemen pou ou swiv la. M'a ba ou bon konsèy. M'ap voye je sou ou.
— Mande, y'a ban nou. Chache, n'a jwenn. Frape, y'a louvri pou nou.Paske, nenpòt moun ki mande va resevwa. Moun ki chache va jwenn. Y'a louvri pou moun ki frape.
Je ou se lanp kò ou. Si je ou bon, tout kò ou nan limyè. Men si je ou pa bon, tout kò ou nan fènwa.Fè pou limyè ki anndan ou lan pa fènwa.Paske si tout kò ou nan limyè san yon sèl pati ladan l pa nan fènwa, l'a klere nèt tankou lè yon lanp klere ou ak bèl limyè li.
Si mwen di: — Bon! M pral kache nan fènwa a. M pral rete kote tout limyè mouri.Fènwa pa fè nwa pou ou. Lannwit klere kou lajounen pou ou. Kit li fènwa, kit li lajounen, se menm bagay pou ou.
P'ap janm fè nwit ankò. Moun yo p'ap bezwen ni limyè lanp ni limyè solèy, paske Mèt la, Bondye, va klere yo, li va yon limyè pou yo. Lè sa a y'a gouvènen pou tout tan.
Men pwotektè a, Sentespri Papa mwen ap voye nan non mwen an, se li menm ki va anseye nou tout bagay. Epi l'a fè nou sonje tou sa mwen te di nou yo.
Senyè a kanpe toupre moun k'ap rele l, toupre tout moun k'ap rele l ak tout kè yo.L'ap bay tout moun ki gen krentif pou li sa yo ta renmen. Li tande lè y'ap rele l, l'ap delivre yo.
Lè sa a, tankou solèy k'ap leve, m'ap klere nou, m'a fè nou wè jan mwen renmen nou. Lapoula m'a geri nou, m'a toujou mache ak nou pou m delivre nou. Pouvwa Bondye a va mache dèyè nou pou poteje nou.
Lajounen, Senyè a t'ap mache devan yo nan yon gwo nyaj ki te gen fòm yon poto pou moutre yo chemen pou yo pran. Lannwit, li t'ap mache devan yo nan yon dife ki te tankou yon flanm ki t'ap klere yo. Konsa, yo te ka vwayaje lajounen kou lannwit.Lajounen, nyaj la te toujou ap mache devan pèp la. Lannwit, se te dife a.
Moun ki koute lè yo rale zòrèy yo ap jwenn chemen lavi. Men, moun ki refize admèt lè yo antò pèdi chemen yo.
Moun ki gen konprann, se yon chemen moute y'ap swiv, chemen lavi a. Yo pa pran chemen desann, chemen lanmò a.
Yo pa kwè paske sa yo pran pou Bondye nan lemonn lan bouche lespri yo. Li enpoze yo wè limyè bòn nouvèl la. Se bòn nouvèl sa a ki fè nou konnen pouvwa Kris la, li menm ki pòtre Bondye.
Koute konsèy y'ap ba ou. Louvri zòrèy ou pou aprann. Konsa w'a gen bon konprann jouk ou mouri.
Bondye sitèlman renmen lèzòm, li bay sèl pitit li a pou yo. Konsa, moun ki mete konfyans yo nan li, yo p'ap peri. Okontrè, y'a gen lavi ki p'ap janm fini an.Bondye pa voye Pitit li a sou latè pou kondannen lèzòm, men pito pou l te kapab delivre yo.
pou ou kapab louvri je yo, pou fè yo sòti nan fènwa kote yo ye a vin nan limyè, pou wete yo anba pouvwa Satan vin jwenn Bondye. Konsa, lè y'a mete konfyans yo nan mwen, y'a resevwa padon pou tout peche yo, y'a jwenn plas yo nan mitan pèp k'ap viv apa pou Bondye a.
(31) Bondye oo! Tou sa ou fè bon nèt ale. Ou toujou kenbe pawòl ou. Ou pwoteje tout moun ki chache pwoteksyon anba zèl ou.
Se mwen menm ki konnen sa m'gen nan tèt nou pou nou. Se mwen menm Senyè a k'ap pale. Se pwojè byen mwen gen pou nou, se pa pwojè malè. Sa mwen vle pou nou, se yon denmen ki chaje espwa.
Men ki jan Bondye fè nou wè jan li renmen nou. Li te voye sèl pitit li a sou latè pou l te ka ban nou lavi.
Ou te mèt wè mòn yo ap souke, ti mòn yo ap tranble, mwen p'ap janm sispann renmen ou. M'ap toujou kenbe kontra mwen te pase pou m te toujou byen avè ou la. Se Senyè ki renmen ou lan ki di ou sa.
Mwen mande Bondye ki bay espwa a pou l fè kè nou kontan nèt, pou l fè kè nou poze ak konfyans nou gen nan li a. Se konsa espwa nou va toujou ap grandi ak pouvwa Sentespri a.
Moun ki rete anba pwoteksyon Bondye ki nan syèl la, Moun ki kache anba zèl Bondye ki gen tout pouvwa ayo ka di Senyè a: — Se ou ki tout defans mwen. Se ou ki tout pwoteksyon mwen. Ou se Bondye mwen. Se nan ou mwen mete tout konfyans mwen.
Lè yon moun pa fè lenjistis, lè li gen bon kè, l'ap viv lontan. Tout zafè l ap mache byen, y'ap respekte l.
Se sa ki fè, konnen ki jan pou n mennen tèt nou! Pa mennen tèt nou tankou moun ki sòt, men tankou moun ki gen konprann.Pa kite okenn okazyon pase pou fè sa ki byen. Paske, jou sa yo n'ap viv la a pa bon menm.
— Anverite moun ki koute pawòl mwen, ki mete konfyans yo nan moun ki voye mwen an, l'ap gen lavi etènèl. Yo yo p'ap kondannen li. Li deja soti nan lanmò, li antre nan lavi.
(1b) Kite m di Senyè a mèsi! Kite m di Senyè ki pa tankou tout moun lan mèsi ak tout nanm mwen!Wi, kite m di Senyè a mèsi. Mwen pa dwe janm bliye tout byen li fè pou mwen.Li padonnen tout peche m yo, li geri tout maladi m yo.Li wete m nan bouch twou a. Li beni m, li fè m wè jan li renmen m, jan li gen pitye pou mwen.Li kouvri m ak benediksyon pandan tout lavi m, li fè m rete jenn ak tout fòs mwen, tankou malfini.
Nenpòt sitirasyon ki parèt devan mwen, m'ap degaje m, gremesi Kris la ki ban mwen fòs kouray.
Lè n'ap pase sou lanmè, m'ap kanpe la avèk nou. Lè n'ap janbe gwo dlo, dlo a p'ap bwote nou ale. Lè n'ap mache nan mitan dife, dife p'ap boule nou. Flanm dife a p'ap fè nou anyen.
Ala bon sa bon pou moun ki pa koute konsèy mechan yo, ki pa swiv egzanp moun k'ap fè sa ki mal, ki pa chita ansanm ak moun k'ap pase Bondye nan betiz,men ki pran tout plezi l nan lalwa Senyè a, k'ap repase l nan tèt li lajounen kou lannwit.
Se pou nou viv byen yonn ak lòt, jan Kris la vle l la. Paske, Bondye rele nou pou nou viv byen yonn ak lòt pou nou ka fè yon sèl kò. Toujou chonje sa li fè pou nou.Se pou pawòl Kris la ak tout richès li yo rete fèm nan lavi nou. Se pou nou yonn aprann nan men lòt, se pou yonn konseye lòt ak anpil konprann. Se pou nou chante sòm, kantik ak tout lòt chante legliz pou di Bondye mèsi ak tout kè nou.
Anba tout tray sa yo, yo rele nan pye Senyè a. Li wete yo nan lafliksyon sa a.Li fè yo sòti kote ki fè nwa a. Li kase chenn ki te mare yo.
Pa bay kò nou traka pou anyen. Men, nan tout sikonstans mande Bondye tou sa nou bezwen nan lapriyè. Toujou chonje di l mèsi tou lè n'ap lapriyè.Konsa, Bondye va ban nou kè poze nan jan pa l, bagay lèzòm pa ka konprann. La kenbe kè nou ak lespri nou fèm nan Jezikri.
Tansèlman, nou konn sa byen: nan tout bagay, Bondye ap travay pou byen tout moun ki renmen l, pou byen tout moun li te fè lide rele.
Senyè a ap pwoteje ou pou anyen pa rive ou, li p'ap kite anyen rive ou.L'ap pwoteje ou kit w'ap antre, kit w'ap sòti, depi kounyeya ak pou tout tan.
— Vini jwenn mwen, nou tout ki bouke, nou tout ki anba chay, m'a soulaje nou.Pran jouk mwen, mete l sou zepòl nou. Pran leson nan men mwen. Paske mwen dou, mwen toujou soumèt mwen tout bon devan Bondye. Konsa, n'a viv ak kè poze.Paske, jouk m'ap ban nou an fasil pou pote, chay m'ap ban nou an pa lou.
Rele m, m'a reponn ou. M'a fè ou konnen yon bann gwo bagay, yon bann mèvèy ou pat janm konnen.
Mwen mande Senyè a pou nou gen plis renmen yonn pou lòt ak pou tout moun, menm jan mwen renmen nou.Konsa, nou menm moun Tesalonik, Kris la va fòtifye kè nou pou nou ka san repwòch devan Bondye, Papa nou, tankou moun k'ap viv apa pou li jouk lè Jezikri, Senyè nou an, va vini ansanm ak tout moun pa l yo.
Lè yon moun di li gen konfyans nan Bondye, sa vle di li sèten li gen pou li resevwa sa l'ap tann lan. Li gen konviksyon bagay nou pa ka wè ak je nou, yo egziste tout bon vre.
Se Bondye ki delivre m! Mwen gen konfyans nan li. Kè m pa kase ankò! Se Senyè a ki tout fòs mwen. Se pou li m'ap chante. Se li menm ki delivre m!
(9) Bondye mwen, mwen pran plezi m nan fè sa ou vle m fè. Wi, mwen kenbe lalwa ou nan fon kè m.
— Se poutèt sa mwen di nou: Pa bat kò nou pou keksyon manje ak keksyon bwè, ni pou keksyon rad. Paske èske lavi pa pi konsekan pase manje? Eske kò a pa gen plis valè pase rad?Gade zwazo k'ap vole nan syèl la: yo pa plante, yo pa fè rekòt, yo pa sere anyen nan galata. Men, Papa nou ki nan syèl la ba yo manje. Eske nou pa vo pi plis pase zwazo yo?Kilès nan nou, afòs li fè tèt li travay, li kapab ajoute yon ti longè anplis sou lavi li?
Pa kite renmen lajan pran nanm nou. Se pou nou kontan ak sa nou genyen. Paske Bondye te di: Mwen p'ap janm vire do ba ou, mwen p'ap janm lage ou.Konsa, nou kapab di avèk konfyans: Se Bondye k'ap vin ede mwen. Mwen pa pè anyen. Kisa moun ka fè mwen?
(1b) Senyè a se gadò mwen, mwen p'ap janm manke anyen.Kote zèb yo pi bèl, se la li fè m pran repo. Kote dlo a koule poze, se la li mennen m bwè.Li fè m reprann fòs. Li fè m mache nan chemen dwat, pou sa sèvi yon lwanj pou non li.Menm lè m'ape pase anba lonbray lanmò, Mwen p'ape pè anyen, Paske, Senyè, ou la avèk mwen. Se baton ou ak pwoteksyon ou ki fè kè m' pa kase.
(2) Se Bondye ki tout pwoteksyon nou, se li menm ki tout fòs nou. Li toujou pare pou ban nou sekou lè nou anba tray.(3) Se poutèt sa, nou te mèt wè tè a ap tranble, nou te mèt wè mòn yo ap chavire tonbe nan mitan lanmè, nou pa bezwen pè anyen.(4) Nou te mèt wè lanm lanmè yo move, y'ap kimen, jouk mòn yo rive tranble lè lanmè a ap frape sou rivay la, nou pa bezwen pè.
Gade kijan Papa a renmen nou non! Li sitèlman renmen nou, li rele nou pitit li. Epi se sa nou ye vre. Se poutèt sa, lemonn pa rekonèt nou, paske li pa rekonèt Bondye.Mezanmi, koulyeya nou se pitit Bondye. Sa nou pral ye a, nou poko fin konnen li nèt. Men nou konnen lè Kris va parèt, nou pral tounen tankou li. Paske nou pral wè li jan li ye a.
(18) Lè moun ki mache dwat yo rele l, li tande yo. Li wete yo anba tray.(19) Senyè a kanpe toupre moun ki dekouraje yo, li delivre tout moun ki te pèdi espwa.(20) Lè yon moun ap mache dwat, li gen pou l soufri anpil. Men, Senyè a ap delivre l anba tout soufrans li yo.
Pandan n'ap tann lan, fè kè n kontan. Se pou nou gen anpil pasyans nan mitan soufrans nou yo. Pa janm sispann lapriyè.
Ann fè lwanj Bondye ki papa Jezikri, Senyè nou an, Papa ki gen kè sansib la, Bondye ki toujou la pou ban nou ankourajman an.Li ankouraje nou nan tout lapenn nou, konsa nou menm tou nou ka ankouraje moun ki nan tout kalite lapenn lè n'a ba yo menm ankourajman nou te resevwa nan men li an.
Chak fwa, li reponn mwen: Se favè m ase ou bezwen. Paske lè ou fèb, se lè sa a moun wè pouvwa mwen nan ou. Se poutèt sa, nan fon kè m, mwen pito pale sou feblès mwen pou pouvwa Kris la ka mete m anba zèl li.Se sa k fè tou mwen kontan anpil lè m santi m fèb, lè y'ap joure m, lè m nan lafliksyon, lè m anba pèsekisyon, lè m nan difikilte, lè m'ap sibi tou sa akòz Kris la. Paske lè m fèb, se lè sa a mwen gen fòs.
Ou menm, Bondye, w'ap ba yo kè poze! Moun ki toujou kenbe pwomès yo, wi, w'ap ba yo kè poze, paske yo mete konfyans yo nan ou!Mete konfyans nou nan Bondye pou tout tan paske Senyè a ap toujou la pou pwoteje nou.
(12) Wi, poukisa mwen kagou konsa? Poukisa m'ap plenn konsa nan kè mwen? M'ap mete espwa m nan Bondye, paske mwen gen pou m fè lwanj li ankò. Se li k'ap delivre m, se li ki Bondye mwen.
Chemen moun k'ap mache dwat yo tankou solèy k'ap leve. Chak lè, l'ap vin pi klere jouk li fin jou nèt.Chemen moun mechan yo fè nwa kou lannwit. Yo pa ka wè sou kisa y'ap bite.
Paske, se Bondye menm k'ap travay ni nan volonte nou ni nan fòs nou pou fè nou fè jan lide li di li.
Jezi reponn li: — Men sa ki ekri: Moun pa kapab viv ak manje ase. Yo bezwen tout pawòl ki sòti nan bouch Bondye tou.
Se sa ki fè mwen pa janm dekouraje. Menm si kò mwen ap bese chak jou, men lespri m' rete toujou jenn.Sa m'ap sibi kounyeya, se yon ti soufrans ki la pou pase. Men, soufrans sa a ap pare pou mwen yon bèl pouvwa k'ap la pou tout tan, pouvwa ki depase ti soufrans sa a anpil.Paske, mwen p'ap konsidere bagay moun wè, men bagay moun pa wè. Sa moun wè, se bagay ki pa la pou lontan, men sa moun pa wè, se bagay ki la pou tout tan.
Espwa sa a, se tankou yon lank batiman li ye pou nou. L'ap kenbe nanm nou fè m, byen solid. Lank sa nou genyen an, li chouke jouk lòt bò rido tanp ki nan syèl la.
Se ou ki defans mwen, se ou ki tout pwoteksyon mwen. Mwen mete tout espwa m nan pawòl ou.
Se poutèt sa kè nou pa sote devan Bondye. Nou konnen l'ap koute nou si nou mande l kichòy ki dakò ak volonte li.Konsa, non sèlman nou konnen l'ap koute nou lè nou fè l yon demann, men nou konnen tou l'ap ban nou sa nou mande l la.
Konsa, se lè ou tande mesay la ou vin gen konfyans. Mesay la, se pawòl Kris la y'ap anonse.
— Konsa, moun ki tande pawòl mwen fenk sot di a, epi ki fè sa mwen mande li fè a, l'ap tankou yon moun lespri ki bati kay li sou wòch.Lapli tonbe, dlo desann, gwo van soufle sou kay la ak tout fòs. Kay la pa tonbe, paske yo te moute fondasyon kay la sou wòch.
(6) Wi, se sou Bondye ase pou m konte. Se nan li mwen mete tout espwa mwen.(7) Se li menm sèlman k'ap pwoteje m, k'ap delivre m. Se li ki tout defans mwen, li p'ap janm kite anyen rive m.(8) Se Bondye k'ap delivre m. Se li menm k'ap fè yo respekte m. Se li menm ki tout fòs mwen, l'ap pran defans mwen. Se li menm ki tout pwoteksyon mwen.(9) Nou menm, pèp mwen, toujou mete konfyans nou nan li! Louvri kè nou ba li, paske se li menm ki tout nou.
Se vre wi, frè m'yo. Mwen pa kwè mwen deja rive kote m' dwe rive a. Men mwen gen yon sèl bagay m'dwe fè: se bliye tout distans m'fin fè deja yo pou fikse lide mwen sou distans ki rete mwen an.Konsa, m'ap kouri dwat devan m sou mak kote m prale a, pou m ka jwenn rekonpans Bondye rele m vin resevwa nan syèl la, gremesi Jezikri.
Nou pa bezwen pè. Mwen la avèk nou! Nou pa bezwen kite anyen ban nou kè sote. Se mwen menm ki Bondye nou. M'ap ban nou fòs, m'ap ede nou. M'ap soutni nou ak fòs ponyèt mwen ki pa janm pèdi batay.
Senyè, fè m konnen jan ou vle m viv la! Moutre m nan ki chemen ou vle pou m mache a!Moutre m sa pou m fè pou m viv yon jan ki konfòm ak verite ou la, paske se ou menm ki delivrans mwen. Se sou ou mwen konte tout jounen.
Se pou kè nou toujou kontan.Pa janm sispann lapriyè.Di Bondye mèsi pou tout bagay. Se sa Bondye mande nou, nou menm ki mete konfyans nou nan Jezikri.
Men, Senyè a ap bay moun ki mete konfyans yo nan li fòs ankò. Tankou malfini, y'ap pran zèl pou yo leve ale. Y'ap kouri san yo p'ap janm bouke. Y'ap mache, yo p'ap janm febli.
Pa janm sispann lapriyè. Pa kite dòmi pran nou. Toujou chonje lapriyè pou di Bondye mèsi.
se konsa konesans ak bon konprann bon pou nanm ou. Si ou genyen yo, w'a fè chemen ou nan lavi. Sa w'ap tann lan, lavalas p'ap pote l ale.
Sonde m, Bondye! Wè tou sa ki nan kè m! Fouye m! Wè tou sa ki nan lide m!Gade wè si m sou yon move chemen. Mennen m sou chemen ki la pou tout tan an.
Kounyeya, paske nou gen konfyans nan Bondye, Bondye fè nou gras, n'ap viv san kè sote ak Bondye, gremesi Jezikri, Senyè nou an.Paske nou gen konfyans nan li, Jezi fè nou antre nan favè Bondye. Epi n'ap kenbe fèm kote nou kanpe a. Nou pa manke kontan paske nou gen espwa resevwa pa nou nan pouvwa Bondye a ansanm avèk li.
Mwen pale konsa pou nou kapab gen kè poze nan mwen. Nou gen pou n soufri anpil sou latè. Men, pran kouray, lemonn deja pèdi devan mwen.
Se konsa, tou sa ki te ekri nan Liv la depi nan tan lontan, yo te ekri yo pou moutre nou anpil bagay, wi, pou bagay nou jwenn ekri nan Liv la ka ban nou pasyans ak ankourajman pou n ka mete tout espwa nou nan Bondye.