Vèsè Biblik

- Piblisite -


VÈSÈ gerizon

VÈSÈ gerizon

Gen moman nan lavi, bagay pa fasil. Ou ka malad, ou ka dekouraje. Men, konnen sa, Bondye avèk ou.

Li gen pouvwa pou l geri ou. Mande l sa w bezwen, louwe l ak tout kè ou. Lè bagay yo difisil, rele l. Li tande w, li pare pou l aji.

Gerizon an ap vini, kit se Bondye ki fè l dirèkteman, kit se yon frè oswa yon sè ki pote pawòl gerizon an ba ou. Jezikri deja pote tout maladi ak tout doulè ou yo sou kwa a.

Gras a Jezi, nou gen lapè ak Bondye, menm nan moman difisil yo. Mete tout konfyans ou, tout lafwa ou nan Jezi. Se grasa blesi li yo ou jwenn gerizon espirityèl la. Nou p ap mouri pou tout tan, se pi gwo kado Kris la ban nou sou kwa a.

Bondye vle ba ou gerizon fizik ak emosyonèl, men se li menm ki deside ki jan e ki lè l ap fè sa. Tankou avèg Batimè a, Bondye vle nou di l egzakteman sa nou vle l fè. Jezi te geri Batimè paske li te di: "Lafwa ou geri ou." Menm kote a, avèg la te wè.

Bondye sèlman ap tann yon ti lafwa nan men nou pou l fè mirak li deja deside fè a. Jodi a, m ap di ou, ogmante lafwa ou nan Bondye. Pa janm sispann kwè gerizon ou an rive. Mande Bondye l.

(Ezayi 53:5) "Men, se poutèt peche nou yo li te blese. Se poutèt mechanste nou yo li te kraze. Pinisyon ki te pou ban nou lapè a te tonbe sou li. Se grasa blese li yo nou jwenn gerizon." Ou ka jwenn anpil vèsè nan Bib la ki pale de mirak Bondye te fè, e sa ap fè w kwè pi plis toujou.




Sòm 34:18

(19) Senyè a kanpe toupre moun ki dekouraje yo, li delivre tout moun ki te pèdi espwa.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 147:3

L'ap bay moun ki nan gwo lapenn yo kouray. L'ap geri moun ki blese yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 11:28-30

— Vini jwenn mwen, nou tout ki bouke, nou tout ki anba chay, m'a soulaje nou.Pran jouk mwen, mete l sou zepòl nou. Pran leson nan men mwen. Paske mwen dou, mwen toujou soumèt mwen tout bon devan Bondye. Konsa, n'a viv ak kè poze.Paske, jouk m'ap ban nou an fasil pou pote, chay m'ap ban nou an pa lou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 41:10

Nou pa bezwen pè. Mwen la avèk nou! Nou pa bezwen kite anyen ban nou kè sote. Se mwen menm ki Bondye nou. M'ap ban nou fòs, m'ap ede nou. M'ap soutni nou ak fòs ponyèt mwen ki pa janm pèdi batay.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jan 14:27

— M'ap ban nou kè poze. M'ap fè kè nou poze nan jan pa mwen. Mwen p'ap fè li pou nou jan sa fèt dapre prensip ki nan lemonn. Pa kite anyen toumante tèt nou, nou pa bezwen pè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Pyè 5:7

Lage tout tèt chaje nou yo ba li, paske l'ap pran swen nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 55:22

(23) Renmèt sò ou nan men Senyè a, l'a kenbe ou fèm. Li p'ap janm kite moun ki mache dwat devan li yo rete atè lè yo tonbe.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 43:2

Lè n'ap pase sou lanmè, m'ap kanpe la avèk nou. Lè n'ap janbe gwo dlo, dlo a p'ap bwote nou ale. Lè n'ap mache nan mitan dife, dife p'ap boule nou. Flanm dife a p'ap fè nou anyen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 23:4

Menm lè m'ape pase anba lonbray lanmò, Mwen p'ape pè anyen, Paske, Senyè, ou la avèk mwen. Se baton ou ak pwoteksyon ou ki fè kè m' pa kase.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 73:26

Kò m te mèt ap deperi, lespri m te mèt ap gaga, se ou menm menm, Bondye, ki tout fòs mwen, se ou menm ki tout mwen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 8:18

Pou mwen, nou pa ka konpare sa n'ap soufri kounyeya ak bèl bagay Bondye pral fè nou wè yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 46:1-2

(2) Se Bondye ki tout pwoteksyon nou, se li menm ki tout fòs nou. Li toujou pare pou ban nou sekou lè nou anba tray.(3) Se poutèt sa, nou te mèt wè tè a ap tranble, nou te mèt wè mòn yo ap chavire tonbe nan mitan lanmè, nou pa bezwen pè anyen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Filipyen 4:6-7

Pa bay kò nou traka pou anyen. Men, nan tout sikonstans mande Bondye tou sa nou bezwen nan lapriyè. Toujou chonje di l mèsi tou lè n'ap lapriyè.Konsa, Bondye va ban nou kè poze nan jan pa l, bagay lèzòm pa ka konprann. La kenbe kè nou ak lespri nou fèm nan Jezikri.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 30:5

(6) Paske, lè li ankòlè, se pou yon ti tan. Men, li ban nou favè l pou tout tan n'ap viv. Lannwit nou kriye, Kou l jou, kè nou kontan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lamantasyon 3:22-23

Sous bonte Senyè a p'ap janm teri. Mizerikòd li poko janm bout.Li renouvle yo chak maten Ala kenbe ou konn kenbe pawòl ou, Senyè!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 15:13

Mwen mande Bondye ki bay espwa a pou l fè kè nou kontan nèt, pou l fè kè nou poze ak konfyans nou gen nan li a. Se konsa espwa nou va toujou ap grandi ak pouvwa Sentespri a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 40:29-31

Lè yon moun pèdi souf, li ba li fòs. Lè yon moun febli, li ba l kouray ankò!Jenn gason konn pèdi souf, yo konn bouke. Lè konsa, yo bite, yo tonbe.Men, Senyè a ap bay moun ki mete konfyans yo nan li fòs ankò. Tankou malfini, y'ap pran zèl pou yo leve ale. Y'ap kouri san yo p'ap janm bouke. Y'ap mache, yo p'ap janm febli.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 62:1-2

(2) Se sou Bondye sèlman mwen konte, se li menm ki pou delivre mwen. (3) Se li menm ase k'ap pwoteje m, k'ap delivre m. Se li ki tout defans mwen. Li p'ap janm kite anyen rive m.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Korent 1:3-4

Ann fè lwanj Bondye ki papa Jezikri, Senyè nou an, Papa ki gen kè sansib la, Bondye ki toujou la pou ban nou ankourajman an.Li ankouraje nou nan tout lapenn nou, konsa nou menm tou nou ka ankouraje moun ki nan tout kalite lapenn lè n'a ba yo menm ankourajman nou te resevwa nan men li an.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 61:1-3

Lespri Bondye, Senyè a, desann sou mwen. Paske Senyè a chwazi m, li voye m pou m anonse bòn nouvèl la bay moun ki nan lapenn yo, pou m geri tout moun k'ap soufri yo, pou m fè tout moun yo te depòte yo konnen yo delivre, pou m fè tout prizonye yo konnen pòt prizon louvri pou yo.Li voye m anonse lè a rive pou Senyè a vin delivre pèp li a, jou a rive pou Bondye nou an vin tire revanj pou nou. Li voye m ankouraje tout moun ki nan lafliksyon,pou m'bay moun Siyon ki nan lafliksyon yo kè kontan nan plas lapenn yo, kontantman nan plas kè sere yo. Yon chante remèsiman nan bouch yo nan plas yon chante lapenn. Yo pral grandi tankou gwo pyebwa nan jaden Senyè a te plante ak men li. Yo pral fè sa ki dwat devan Bondye pou tout moun ka fè lwanj bèl pou vwa li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 4:15-16

Granprèt nou an, se pa yon moun ki pa kapab soufri ak nou nan feblès nou. Okontrè, nou gen yon granprèt ki te pase anba tout kalite tantasyon menm jan ak nou. Men, li pat janm fè okenn peche.Se poutèt sa, ann pwoche avèk konfyans devan fòtèy kote Bondye ki renmen nou an chita. Se la n'a jwenn padon pou peche nou yo, se la n'a jwenn pou gremesi sekou n'a bezwen lè nou nan nesesite.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 42:11

(12) Wi, poukisa mwen kagou konsa? Poukisa m'ap plenn konsa nan kè mwen? M'ap mete espwa m nan Bondye, paske mwen gen pou m fè lwanj li ankò. Se li k'ap delivre m, se li ki Bondye mwen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 51:10-12

(12) O Bondye, pa kite okenn move lide nan kè m. Mete bon lide nan tèt mwen, pou m sa kenbe fèm.(13) Pa voye m jete. Pa wete lespri ou te ban mwen an.(14) Sove m. Fè kè m kontan ankò. Ban m bon lide ki pou fè m toujou obeyisan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 55:8-9

Lide pa m pa menm ak lide pa nou. Chemen pa nou pa menm ak chemen pa m. Se Senyè a menm ki di sa.Menm jan syèl la byen lwen anwo latè, se konsa lide pa m byen lwen anwo lide pa nou, chemen pa m byen lwen chemen pa nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Korent 12:9-10

Chak fwa, li reponn mwen: Se favè m ase ou bezwen. Paske lè ou fèb, se lè sa a moun wè pouvwa mwen nan ou. Se poutèt sa, nan fon kè m, mwen pito pale sou feblès mwen pou pouvwa Kris la ka mete m anba zèl li.Se sa k fè tou mwen kontan anpil lè m santi m fèb, lè y'ap joure m, lè m nan lafliksyon, lè m anba pèsekisyon, lè m nan difikilte, lè m'ap sibi tou sa akòz Kris la. Paske lè m fèb, se lè sa a mwen gen fòs.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 91:1-2

Moun ki rete anba pwoteksyon Bondye ki nan syèl la, Moun ki kache anba zèl Bondye ki gen tout pouvwa ayo ka di Senyè a: — Se ou ki tout defans mwen. Se ou ki tout pwoteksyon mwen. Ou se Bondye mwen. Se nan ou mwen mete tout konfyans mwen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jeremi 29:11

Se mwen menm ki konnen sa m'gen nan tèt nou pou nou. Se mwen menm Senyè a k'ap pale. Se pwojè byen mwen gen pou nou, se pa pwojè malè. Sa mwen vle pou nou, se yon denmen ki chaje espwa.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 3:5-6

Mete tout konfyans ou nan Senyè a. Pa gade sou sa ou konnen.Toujou chonje Senyè a nan tou sa w'ap fè. Li menm, la moutre ou chemen pou ou pran.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 27:13-14

Mwen menm, mwen sèten m'a viv pou m wè jan Bondye sèvi byen ak pèp li a.Mete espwa ou nan Senyè a! Gen konfyans, pa dekouraje! Wi, mete espwa ou nan Senyè a!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 8:28

Tansèlman, nou konn sa byen: nan tout bagay, Bondye ap travay pou byen tout moun ki renmen l, pou byen tout moun li te fè lide rele.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 40:1-3

(2) Mwen te mete tout espwa m nan Senyè a. Li te panche zòrèy li bò kote m, li te tande m lè m t'ap rele.(3) Li rale m sòti nan twou kote m t'ap peri a, nan gwo m'a labou a. Li mete m sou gwo wòch la, li fè m kanpe dwat ankò.(4) Li mete yon chante tou nèf nan bouch mwen, yon chante pou m fè lwanj Bondye nou an. Anpil moun, lè yo wè sa, yo pral pè, y'a mete konfyans yo nan Senyè a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 10:13

Tout tantasyon nou jwenn sou chemen nou, se menm kalite tantasyon tout moun jwenn sou chemen yo tou. Men, Bondye li menm toujou kenbe pawòl li: li p'ap kite yo tante nou yon jan ki depase sa nou ka sipòte. Men, lè nou va anba tantasyon an, l'a ban nou fòs pou nou ka sipòte l, pou nou ka sòti anba li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 54:10

Ou te mèt wè mòn yo ap souke, ti mòn yo ap tranble, mwen p'ap janm sispann renmen ou. M'ap toujou kenbe kontra mwen te pase pou m te toujou byen avè ou la. Se Senyè ki renmen ou lan ki di ou sa.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 12:2

Pa fè menm bagay ak sa moun ap fè sou latè. Men, kite Bondye chanje lavi nou nèt lè l'a fin chanje tout lide ki nan tèt nou. Lè sa a, n'a ka konprann sa Bondye vle, n'a konnen sa ki byen, sa ki fè l plezi, sa ki bon nèt ale.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jan 16:33

Mwen pale konsa pou nou kapab gen kè poze nan mwen. Nou gen pou n soufri anpil sou latè. Men, pran kouray, lemonn deja pèdi devan mwen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 13:5

Pa kite renmen lajan pran nanm nou. Se pou nou kontan ak sa nou genyen. Paske Bondye te di: Mwen p'ap janm vire do ba ou, mwen p'ap janm lage ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 9:9-10

(10) Moun y'ap peze yo, se bò kote Senyè a yo jwenn pwoteksyon. Se la yo jwenn yon kote pou yo kache, lè yo nan tray.(11) Moun ki konnen ou, Senyè, y'ap mete konfyans yo nan ou. Paske, ou pa lage moun k'ap chache ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 116:1-2

Mwen renmen Senyè a, paske li tande mwen, li koute lapriyè mwen.Li te panche zòrèy li bò kote m chak fwa mwen rele l.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Filipyen 1:6

Mwen sèten Bondye ki te konmanse bon travay sa a nan nou, li gen pou l kontinye l jouk li va fini l nèt, lè jou Jezikri a va rive.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 25:16-17

Senyè, vire je ou bò kote m. Gen pitye pou mwen, paske mwen pou kont mwen, mwen san fòs.Pa kite m ak kè sere sa a. Wete m nan tray m'ap pase a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 61:1-2

(2) Bondye, tande jan m'ap rele nan pye ou! Koute lè m'ap lapriyè ou! (3) Kè m kase, mwen lwen lakay mwen. M'ap rele ou. Tanpri, mennen m al chache pwoteksyon sou wòch kote mwen pa ka rive a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Tesalonisyen 3:3

Men, Bondye ap toujou kenbe pawòl li. L'ap ban nou fòs, l'a pwoteje nou anba Satan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 18:10

Senyè a, se yon gwo ranpa byen solid. Se la moun k'ap mache dwat yo kouri al chache pwoteksyon.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 5:3-5

Nou pa manke kontan menm lè n'ap soufri.Poukisa? Paske nou konnen lè n'ap soufri sa fè nou gen pasyans. Lè nou gen pasyans konsa, sa ban nou kouray pou nou soufri. Plis nou gen kouray, se plis nou gen espwa.Espwa sa a p'ap janm twonpe nou, paske Bondye te fè nou wè jan l renmen nou lè li ban nou Sentespri li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 5:4

Benediksyon pou moun ki nan lapenn, paske Bondye va ba yo kouray.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 119:28

Mwen gen lapenn, dlo ap koule nan je m. Mete m sou de pye m ankò, jan ou te pwomèt la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 26:3

Ou menm, Bondye, w'ap ba yo kè poze! Moun ki toujou kenbe pwomès yo, wi, w'ap ba yo kè poze, paske yo mete konfyans yo nan ou!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 4:18

Lespri Bondye a sou mwen. Li chwazi m pou m anonse bòn nouvèl la bay pòv yo. Li voye m pou m fè tout prizonye yo konnen yo lage, pou m fè tout avèg yo konnen yo kapab wè ankò, pou m delivre moun y'ap maltrete yo,

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jeremi 17:14

Senyè, geri m non, m'a gaya! Delivre m non, m'a sove! Se pou ou m'a fè lwanj.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jan 11:25-26

Jezi di li: — Se mwen menm ki leve moun mouri yo, se mwen menm ki bay lavi. Moun ki mete konfyans yo nan mwen, yo gen pou yo viv menm si yo rive mouri.Moun k'ap viv, epi ki mete konfyans yo nan mwen, yo p'ap janm mouri. Eske ou kwè sa?

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 18:2

(3) Se ou menm ki twou wòch kote m kache a. Se ou menm ki sèvi m ranpa. Se ou menm ki delivre m. Ou se Bondye mwen, se ou menm ki pwoteje m. Se nan ou mwen mete tout konfyans mwen. Se ou ki tout defans mwen. Se fòs ou k'ap sove m. Se anba zèl ou mwen jwenn kote pou m kache.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 63:8

(9) Mwen kole kò m sou ou, se pouvwa ou k'ap soutni mwen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 27:1

(1b) Senyè a se limyè mwen, se li ki delivrans mwen. Ki moun ki ka fè m pè? Se Senyè a k'ap pwoteje mwen. Ki moun ki ka fè m tranble?

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 6:34

Se sa ki fè, pa chaje tèt nou pou denmen, paske denmen va gen zafè pa li. Chak jou gen kont chay pa yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 12:2

Ann kenbe je nou kole sou Jezi. Se nan li konfyans nou sòti, se li menm tou k'ap kenbe nou nan konfyans sa a jouk sa kaba. Li kite yo fè l soufri sou kwa a. Li pa pran wont sa a pou anyen, paske li te toujou chonje apre l te fin soufri a, Bondye t'ap fè kè l kontan. Kifè kounyeya li chita sou bò dwat fòtèy Bondye a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Jan 1:9

Si nou rekonèt peche nou devan Bondye, nou mèt gen konfyans nan li. L'ap fè sa ki dwe fèt la: l'a padonnen tout peche nou, l'a netwaye nou anba sa ki mal.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 126:5-6

Moun ki simen ak dlo nan je ap rekòlte ak kè kontan.Moun ki t'ap kriye lè yo ta prale avèk grenn pou yo simen nan jaden yo, y'ap tounen ak bèl chante nan bouch yo sitèlman yo kontan lè y'ap pote rekòt la lakay yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 35:10

Moun Senyè a te delivre yo pral tounen. Y'ap rive lavil Siyon ak chante nan bouch yo, ak kè kontan make sou figi yo. Tout moun pral kontan, yo pral fè fèt. Moun p'ap nan lapenn. Ou p'ap tande plenyen ankò!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 51:11

Moun Senyè a delivre yo ap tounen lakay yo. Y'ap rive sou mòn Siyon an ak chante nan bouch yo, ak kontantman sou figi yo. Y'ap gen yon sèl kè kontan ki p'ap janm fini. P'ap gen lapenn ankò, p'ap gen plenyen ankò. Se va fèt, se va kè kontan pou tout tan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 46:10

(11) Li di: — Rete la! Sispann goumen! Konnen se mwen menm ki Bondye. Se mwen k'ap donminen sou tout nasyon yo. Se mwen k'ap donminen sou tout latè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jan 14:1

Jezi di yo: — Pa kite tèt nou toumante. Mete konfyans nou nan Bondye, mete konfyans nou nan mwen tou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Filipyen 4:13

Nenpòt sitirasyon ki parèt devan mwen, m'ap degaje m, gremesi Kris la ki ban mwen fòs kouray.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Jan 4:18

Kote ki gen renmen, pa gen kè kase. Okontrè, lè nou renmen tout bon, si kè nou te kase, li pa kase ankò. Konsa, yon moun ki pè toujou, li poko fin renmen nèt. Paske si ou pè, se paske ou pè chatiman.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 8:38-39

Paske mwen gen lasirans sa a, anyen pa ka fè nou pèdi lamou Kris gen pou nou an: kit se lavi, kit se lanmò, ni zanj yo, ni lòt otorite ak pouvwa ki nan syèl la, te mèt se tan jodi a, te mèt se tan k'ap vini yo,ni pouvwa ki anwo nan syèl la, ni pouvwa ki nan zantray tè a. Non, pa gen anyen nan tout kreyasyon an ki ka rive fè nou pèdi lamou Bondye fè nou wè li gen pou nou nan Jezikri, Senyè nou an.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 56:8

(9) Ou konnen tout kouri kache mwen yo. Ou konnen jan dlo koule nan je m. Eske tout sa pa ekri nan liv ou a?

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Timote 1:7

Paske, Lespri Bondye ban nou an pa fè nou wont moun. Okontrè, Lespri Bondye a ban nou fòs, renmen ak pouvwa pou kontwole tèt nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 57:15

Se mwen menm Bondye ki anwo nan syèl la, Bondye ki la pou tout tan an, Bondye ki apa nèt la. Men sa mwen di: mwen rete yon kote ki anwo nèt, yon kote ki apa pou mwen nèt. Men mwen kanpe la avèk moun ki soumèt yo devan mwen, avèk moun ki regrèt tou sa yo fè ki mal, pou m'ka remoute kouraj yo, pou m'ka ba yo konfyans ankò.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 103:2-4

Wi, kite m di Senyè a mèsi. Mwen pa dwe janm bliye tout byen li fè pou mwen.Li padonnen tout peche m yo, li geri tout maladi m yo.Li wete m nan bouch twou a. Li beni m, li fè m wè jan li renmen m, jan li gen pitye pou mwen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Tesalonisyen 5:16-18

Se pou kè nou toujou kontan.Pa janm sispann lapriyè.Di Bondye mèsi pou tout bagay. Se sa Bondye mande nou, nou menm ki mete konfyans nou nan Jezikri.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Korent 4:16-18

Se sa ki fè mwen pa janm dekouraje. Menm si kò mwen ap bese chak jou, men lespri m' rete toujou jenn.Sa m'ap sibi kounyeya, se yon ti soufrans ki la pou pase. Men, soufrans sa a ap pare pou mwen yon bèl pouvwa k'ap la pou tout tan, pouvwa ki depase ti soufrans sa a anpil.Paske, mwen p'ap konsidere bagay moun wè, men bagay moun pa wè. Sa moun wè, se bagay ki pa la pou lontan, men sa moun pa wè, se bagay ki la pou tout tan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 10:23

Ann kenbe espwa nou genyen an byen fèm. Paske, nou mèt sèten, Bondye ap kenbe pwomès li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 119:50

Nan mizè mwen, tout konsolasyon m, se pwomès ou fè m lan. Se sa ki fè m viv.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 11:28

— Vini jwenn mwen, nou tout ki bouke, nou tout ki anba chay, m'a soulaje nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 1:37

Tou sa rive paske pa gen anyen Bondye pa ka fè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 145:18

Senyè a kanpe toupre moun k'ap rele l, toupre tout moun k'ap rele l ak tout kè yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 2:9

Men, jan sa te ekri nan Liv la: Bagay pèsonn pat janm wè, ni pat janm tande, bagay okenn moun pat janm mete nan tèt yo, se sa Bondye te pare pou moun ki renmen li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Korent 5:17

Si yon moun ap viv nan Kris la, li vin yon lòt moun. Bagay lontan yo disparèt, se lòt bagay nèf ki pran plas yo kounyeya.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 32:10

Mechan yo gen pou yo soufri anpil. Men, Senyè a ap toujou pwoteje moun ki met konfyans yo nan li paske li renmen yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 18:6

(7) Nan mizè mwen te ye a, mwen rele nan pye Senyè a. Mwen mande Bondye m lan sekou. Kote l chita lakay li a, li tande vwa mwen, rèl mwen rive jouk nan zòrèy li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jan 15:9-10

Jan Papa a renmen m lan, se konsa mwen renmen nou tou. Nou menm, se pou nou renmen menm jan mwen renmen nou an.Si nou fè tou sa mwen ban nou lòd fè a, n'a renmen m tou menm jan mwen renmen nou an. Menm jan mwen menm, mwen fè tou sa Papa a te ban m lòd fè a, mwen renmen l menm jan li renmen m tou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 94:19

Lè m nan tèt chaje, lè mwen pa konn sa pou m fè, se ou menm ki ban m kouray, se ou menm ki fè kè m kontan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 139:23-24

Sonde m, Bondye! Wè tou sa ki nan kè m! Fouye m! Wè tou sa ki nan lide m!Gade wè si m sou yon move chemen. Mennen m sou chemen ki la pou tout tan an.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 143:8

Mwen mete konfyans mwen nan ou. Depi granmaten, fè m chonje jan ou renmen m anpil. Se ou menm m'ap lapriyè. Moutre m chemen pou m pran an.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Efezyen 3:16-17

M'ap mande Bondye pou li ban nou, dapre richès pouvwa li a, fòs ak kouray nan kè nou, pa mwayen pouvwa Sentespri a, pou nou ka grandi nan karaktè nou,pou Kris la rete nan kè nou ak konfyans nou gen nan li a. M'ap mande Bondye pou nou pouse rasin, pou nou chita byen fèm nan renmen,

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 13:6

Konsa, nou kapab di avèk konfyans: Se Bondye k'ap vin ede mwen. Mwen pa pè anyen. Kisa moun ka fè mwen?

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 12:12

Pandan n'ap tann lan, fè kè n kontan. Se pou nou gen anpil pasyans nan mitan soufrans nou yo. Pa janm sispann lapriyè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 138:3

Lè m te rele ou, ou te reponn mwen, ou te ban m plis kouray.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 31:7

(8) M'ap kontan, m'ap fè fèt, paske ou renmen m. Ou wè jan m'ap soufri, ou konnen nan ki pwoblèm mwen ye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 36:7

(8) Bondye, ala bon sa bon, renmen ou gen pou nou an! Se anba zèl ou lèzòm jwenn pwoteksyon.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 4:23

Pase tout lòt bagay, veye byen lide k'ap travay nan tèt ou, paske se yo k'ap di ou ki jan pou ou viv.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 33:2

Senyè, pitye pou nou! Se nan ou nou mete tout espwa nou! Pwoteje nou jou apre jou! Delivre nou lè nou anba tray!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 107:19-20

Anba tout tray sa yo, yo rele nan pye Senyè a. Li wete yo nan lafliksyon sa a.Li louvri bouch li, li pale epi yo geri. Li wete yo nan bouch twou a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 40:1

Cheche dlo nou! Wi, cheche dlo nan je nou! Se Bondye nou an menm ki di sa.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 34:15

(16) Senyè a ap veye moun ki mache dwat devan l yo. L'ap koute yo lè y'ap rele nan pye l.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 119:76-77

Jan ou te pwomèt mwen sa, mwen menm sèvitè ou la, konsole m, paske ou renmen m.Gen pitye pou mwen pou m ka viv, paske mwen pran tout plezi m nan lalwa ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 6:19

Espwa sa a, se tankou yon lank batiman li ye pou nou. L'ap kenbe nanm nou fè m, byen solid. Lank sa nou genyen an, li chouke jouk lòt bò rido tanp ki nan syèl la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 9:2

Pèp ki t'ap mache nan fènwa a wè yon gwo limyè. Yo te rete nan yon peyi kouvri ak fènwa. Men, kounyeya yon limyè vin klere yo!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 13:7

Lacharite pèmèt sipòte tout bagay. Anyen pa brannen konfyans li. Lacharite pa pèdi espwa, l'ap toujou moutre pasyans li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 18:27

Jezi reponn yo: — Sa lèzòm pa ka fè, Bondye ka fè li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 19:26

Jezi gade yo, li di: — Moun pa ka fè sa, se vre. Men, pa gen anyen Bondye pa kapab fè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 68:19

(20) Ann fè lwanj Senyè a chak jou! Li pote chay nou pou nou: Se li ki Bondye nou, se li ki delivre nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 103:13-14

Menm jan yon papa sansib pou pitit li, se konsa Senyè a sansib pou moun ki gen krentif pou li.Li konnen ak kisa nou fèt, li chonje se pousyè tè nou ye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 12:2

Se Bondye ki delivre m! Mwen gen konfyans nan li. Kè m pa kase ankò! Se Senyè a ki tout fòs mwen. Se pou li m'ap chante. Se li menm ki delivre m!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 55:6

(7) Mwen di konsa: — Pa pito m te gen zèl tankou yon toutrèl! Mwen ta vole ale. Mwen ta jwenn kote pou m pran repo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 23:1-3

(1b) Senyè a se gadò mwen, mwen p'ap janm manke anyen.Kote zèb yo pi bèl, se la li fè m pran repo. Kote dlo a koule poze, se la li mennen m bwè.Li fè m reprann fòs. Li fè m mache nan chemen dwat, pou sa sèvi yon lwanj pou non li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 89:1-2

(2) Senyè, mwen p'ap janm sispann chante pou fè konnen jan ou renmen nou. Se tout tan m'a fè konnen jan ou se moun ki kenbe pawòl ou.(3) Ou di konsa: — Pa gen anyen ki pou fè ou sispann renmen nou. Menm jan syèl la ap toujou la, se konsa tou w'ap toujou kenbe pawòl ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Pyè 1:3-4

Beniswa Letènèl, li menm ki se Papa Jezikri, Senyè nou an. Paske nan kè sansib li, li ban nou lavi ankò, lè li te fè Jezikri leve soti vivan nan lanmò a. Sa fè nou viv ak anpil espwa.N'ap tann lè pou n resevwa eritaj Bondye a, eritaj ki p'ap janm pouri, ki p'ap janm sal, ni ki p'ap janm pèdi frechè l, eritaj li sere pou nou nan syèl la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 15:5

Se pou Bondye ki bay pasyans ak ankourajman an fè nou viv byen yonn ak lòt, pou nou ka swiv egzanp nou jwenn nan Jezikri.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 100:5

Senyè a gen bon kè, li p'ap janm sispann renmen nou. De pitit an pitit, l'ap toujou kenbe pawòl li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 30:11-12

(12) Ou siye dlo nan je m, ou fè kè m kontan anpil. Ou wete rad dèy ki te sou mwen an, ou ban m yon bèl rad mete sou mwen pou m fè fèt.(13) Mwen p'ap rete ak bouch mwen fèmen, m'ap chante lwanj ou. Senyè, se ou menm ki Bondye mwen! Se tout tan tout tan m'ap di ou mèsi.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 58:8

Lè sa a, tankou solèy k'ap leve, m'ap klere nou, m'a fè nou wè jan mwen renmen nou. Lapoula m'a geri nou, m'a toujou mache ak nou pou m delivre nou. Pouvwa Bondye a va mache dèyè nou pou poteje nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 8:15

Lespri Bondye ban nou an, se pa yon lespri k'ap fè nou esklav pou n'ap tranble devan Bondye toujou. Okontrè, Lespri Bondye a fè nou tounen pitit Bondye. Se li menm ki penmèt nou rele Bondye Papa.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 77:11-12

(12) Senyè, m'a rakonte gwo bagay ou te fè yo, paske mwen chonje bèl mèvèy ou te fè nan tan lontan.(13) M'ap kalkile tout sa ou te fè yo, m'ap egzaminen tout gwo bagay estraòdinè ou te fè yo!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 12:9-10

Se pou nou yonn renmen lòt ak tout kè nou. Rayi sa ki mal, men kenbe fèm nan fè sa ki byen.Se pou nou yonn renmen lòt tankou frè ak frè k'ap viv ansanm ak Kris la. Nan tou sa n'ap fè, se pou nou gen respè yonn pou lòt, pa konsidere tèt nou anvan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 126:3

Wi, li te fè anpil bèl bagay pou nou, sa te fè kè nou kontan anpil.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 138:7

Menm lè mwen nan gwo tèt chaje, ou pa kite m mouri. Ou leve men ou pou rete lènmi m yo ki ankòlè. Ou sove m avèk fòs ponyèt ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 6:21

Benediksyon pou nou menm ki grangou kounyeya, paske n'a jwenn manje an kantite. Benediksyon pou nou menm k'ap kriye kounyeya, paske nou pral nan kè kontan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 8:32

Li pat menm refize nou pwòp Pitit li a, men li bay li pou nou tout. Ki jan pou l pa ta ban nou tout bagay avèk Pitit la tou pou gremesi?

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 63:9

nan tout tèt chaje yo. Se pat yon moun ni yon zanj li te voye fè travay la pou li. Se li menm menm ki te vin delivre yo. Li sitèlman renmen yo, kè l sitèlman fè l mal pou yo, se li menm menm ki te vin delivre yo. Nan tan lontan, li te toujou pran swen yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Efezyen 2:4-5

Men, Bondye sitèlman gen kè sansib, li sitèlman renmen nou,Li ban nou lavi nan Kris la, nou menm ki t'ap viv nan lanmò akoz peche nou. Se yon favè Bondye fè nou lè li delivre nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 27:5

Jou malè tonbe sou mwen, l'a pwoteje m lakay li. L'a kache m byen fon nan Tanp li a. L'a leve m mete yon kote pou anyen pa rive m.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 119:114

Se ou ki defans mwen, se ou ki tout pwoteksyon mwen. Mwen mete tout espwa m nan pawòl ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 46:1-3

(2) Se Bondye ki tout pwoteksyon nou, se li menm ki tout fòs nou. Li toujou pare pou ban nou sekou lè nou anba tray.(3) Se poutèt sa, nou te mèt wè tè a ap tranble, nou te mèt wè mòn yo ap chavire tonbe nan mitan lanmè, nou pa bezwen pè anyen.(4) Nou te mèt wè lanm lanmè yo move, y'ap kimen, jouk mòn yo rive tranble lè lanmè a ap frape sou rivay la, nou pa bezwen pè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 118:6

Senyè a pou mwen, mwen pa pè anyen. Kisa moun ka fè m?

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 143:3-4

Lènmi pousib mwen, li mache sou mwen. Li fè m rete nan fènwa tankou moun ki mouri depi lontan.Mwen santi mwen pa kapab ankò! Mwen boulvèse anpil.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 51:3

Mwen menm Senyè a, mwen pral gen pitye pou peyi Siyon an, pou tout moun k'ap viv nan kay kraze li yo. M'ap fè tout dezè li yo tounen jaden Edenn, m'ap fè tout savann li yo vin jaden Letènèl Se kè kontan, se fèt ase ki va gen la. Y'a chante, y'a fè mizik pou di m mèsi.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Filipyen 2:14-15

Nan tou sa n'ap fè, pa plenyen, pa diskite,pou yo pa jwenn anyen pou yo repwoche nou, pou nou ka fè sa ki byen tankou veritab pitit Bondye, antan n'ap viv nan mitan bann malonèt ak pèvèti ki sou latè yo. Se pou nou sèvi limyè pou lemonn,

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 8:16

Lespri Bondye a bay lespri pa nou an lasirans se pitit Bondye nou ye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 37:23-24

Senyè a pran men lèzòm, li mete yo nan bon chemen. Li kontan wè yo mache dwat.Si yo tonbe, yo p'ap rete atè a. Paske Senyè a ap ba yo men.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 58:11

Se tout tan Senyè a va moutre nou chemen pou nou pran, l'a rafrechi nanm nou nan tan chechrès. L'a ban nou fòs ak kouray. N'a tankou yon jaden ki byen wouze, tankou yon sous dlo ki pa janm chèch.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 55:16-17

(17) Men, mwen rele Senyè a, Bondye mwen; l'a delivre mwen.(18) Maten, midi, aswè, m'ap plenyen, m'ap plenn. L'a tande vwa mwen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 10:17

Konsa, se lè ou tande mesay la ou vin gen konfyans. Mesay la, se pawòl Kris la y'ap anonse.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 61:3-4

(4) Paske, se ou k'ap pwoteje m, se ou k'ap pran defans mwen kont lènmi m yo.(5) Mwen ta renmen pase tout lavi m lakay ou. Mwen ta renmen rete kache anba zèl ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Korent 1:5

Menm jan nou soufri ak Kris la nan tout soufrans li yo, konsa tou, gremesi Kris la, nou resevwa yon gwo ankourajman.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 26:12

Senyè, ou fè nou viv ak kè poze. Paske tou sa nou rive fè, se ou ki fè l pou nou!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 7:7

— Mande, y'a ban nou. Chache, n'a jwenn. Frape, y'a louvri pou nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jan 16:24

Jouk kounyeya, nou poko mande anyen nan non mwen. Mande, n'a jwenn pou nou ka kontan nèt ale.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 84:5-7

(6) Ala bon sa bon pou moun ki mete konfyans yo nan ou, pou moun ki fè lide ale sou Mòn Siyon an! (7) Lè y'ap pase nan mitan Fon Sèk la, yo fè l tounen yon kote ki plen sous dlo. Anvan yon ti lapli tonbe, tout jaden bèl.(8) Plis y'ap mache, se plis y'ap gen fòs. Yo gen pou yo parèt devan Bondye sou mòn Siyon an.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Efezyen 1:17-18

M'ap mande Bondye, Senyè nou an Jezikri, papa ki gen tout pouvwa a, pou li ban nou Lespri bon konprann pou moutre nou sa Bondye ap devwale nou an pou nou ka rive konnen li byen.Mwen mande l pou l louvri lespri nou, pou nou ka konnen kisa n'ap tann nan men Bondye ki rele nou an, ki vle di eritaj Bondye pwomèt l'ap bay moun ki pou li yo, yon eritaj ki rich anpil, ki bèl anpil.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 119:105

Pawòl ou se yon chandèl ki fè m wè kote m'ap mete pye m, se yon limyè k'ap klere chemen mwen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 51:17

(19) Ofrann ki fè Bondye plezi, se lè yon moun soumèt tèt li devan li. Bondye, ou p'ap janm meprize moun ki soumèt tèt li devan ou, moun ki rekonèt tò li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 86:5

Senyè, ala bon ou bon! Ou padonnen peche nou yo. Ou p'ap janm sispann renmen moun k'ap rele non ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 11:33

O, gade jan Bondye rich non! Bon konprann li, konesans li, nou pa ka sonde yo! Sa depase nou anpil. Ki moun ki ka esplike jijman Bondye? Ki moun ki konprann lide li gen nan tèt li? Jan sa ekri nan Liv la:

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 14:27

Gen krentif pou Bondye, w'a gen lavi. Ou p'ap tonbe lè lavi ou an danje.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 8:6

Lè ou kite egzijans kò a pran tèt ou, se mouri w'ap mouri. Men, lè ou kite egzijans Lespri a pran tèt ou, se viv w'ap viv ak kè poze.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 39:7

(8) Kounyeya, Senyè, sa m'ap tann ankò? Tout espwa m se sou ou!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 60:1

Leve kanpe! Ou pral klere tankou solèy. Pouvwa Senyè a pral klere sou ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 31:5

(6) Mwen renmèt lespri mwen nan men ou. W'a delivre m, Senyè, paske ou se yon Bondye ki kenbe pawòl li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 91:4

L'ap kouvri ou anba zèl li. Anyen p'ap rive ou kote ou kache a. L'ap toujou kenbe pawòl li: Se sa ki pwoteksyon ou, se sa ki defans ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 24:32

Yonn pran di lòt: — Eske nou pat santi tankou yon dife k'ap boule nan kè nou lè l t'ap pale avèk nou sou tout wout la, lè l t'ap esplike nou sa k te ekri nan Liv yo?

Chapit   |  Vèsyon Kopi

Lapriyè bay Bondye

Bondye etènèl mwen, Granmèt ki gen tout pouvwa, se ou sèl ki merite tout glwa ak tout lonè! Nan non Jezi, m'ap mande w pou glorifye tèt ou epi pou pran kontwòl gerizon mwen. Ede m kenbe lafwa mwen fèm, paske mwen kwè w'ap geri m sou kabann maladi mwen an. Ou gen pouvwa pou retabli sante m, paske se pa blese w yo ki geri nou. Mèsi Jezi pou sakrifis ou sou kwa a. M'ap mande w pou lonje men w sou mwen, pou w vide gerizon diven sou kò mwen. Papa, mèsi paske ou manifeste pouvwa w nan moman ki pi difisil yo pou fè m konnen ou kontwole tout bagay. Ou moutre m pou m pa dekouraje, pou m pa kite dyagnostik la, ni sistèm mond sa a kraponnen m. Ou anseye m pou m kenbe lafwa m fèm nan nenpòt sikonstans ak pronostik, paske se ou ki gen dènye mo a sou lavi m. Pawòl ou di: "Lapriyè ki fèt ak lafwa ap sove malad la, Senyè a ap leve l. Si l te fè peche, y ap padone l." Ou se yon Bondye mirak, epi jodi a mwen deklare mwen geri. Mwen chase tout move lespri maladi ak tout lespri krent. Nan non Jezi. Amèn!
Swiv nou:

Piblisite


Piblisite