Timoun yo se yon benediksyon Bondye ban nou. Fòk nou montre yo chemen Senyè a, fòk nou aprann yo gen krentif pou Bondye depi yo tou piti. Konsa, lè yo vin granmoun, lè yo rankontre difikilte nan lavi a, y ap sonje sa nou te moutre yo a epi y ap toujou chèche Bondye.
Jezi renmen timoun anpil, li menm di granmoun yo pou yo vin tankou timoun pou yo ka antre nan wayòm syèl la. Li di: “Kite timoun yo vin jwenn mwen, pa anpeche yo, paske wayòm syèl la se pou moun ki tankou yo.” (Matye 19:14)
Timoun yo gen yon kè ki pwòp, yo gen imilite, yo padone fasil. Tout bagay sa yo fè Bondye renmen yo anpil. Annou pwoteje kè timoun yo, annou ba yo bon levasyon, annou moutre yo pawòl Bondye a lajounen kou lannwit. Jan pwovèb la di: “Enstwi yon timoun nan chemen li dwe swiv la, lè l’a granmoun, li p’ap janm kite l.” (Pwovèb 22:6)
Men, Jezi rele timoun yo vin jwenn li, li di: — Kite timoun yo vin jwenn mwen. Pa anpeche yo vini, paske peyi kote Bondye Wa a, se pou tout moun ki tankou timoun sa yo li ye.
Li di: — Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Si nou pa chanje, si nou pa tounen tankou yon timoun piti, nou p'ap janm ka mete pye nou nan Peyi Wa ki nan syèl la.
Yo di Jezi konsa: — Eske ou pa tande sa y'ap di? Jezi reponn yo: — M tande wi. Eske nou pa janm li pawòl sa a nan Liv la: Ou fè timoun piti ak tibebe nan tete fè gwo lwanj pou ou?
— Atansyon: Piga nou meprize yon sèl nan ti piti sa yo. Paske m'ap di nou sa: zanj gadyen yo ki nan syèl la, se tout tan yo la devan Papa m ki nan syèl la. [
(3) Ou fè timoun piti ak tibebe nan tete chante jan ou gen fòs, pou ou koresponn ak moun ki pa vle wè ou yo, pou ou fèmen bouch lènmi ou yo ak moun k'ap kenbe tèt avè ou yo.
Jezi di yo: — Kite timoun yo vin jwenn mwen non. Pa enpoze yo vini. Paske, Peyi Wa ki nan syèl la, se pou tout moun ki tankou timoun sa yo li ye.
Pyè reponn yo: — Tounen vin jwenn Bondye, epi yonn apre lòt vin resevwa batèm nan non Jezikri, pou Bondye padonnen tout peche nou yo. Apre sa, n'a resevwa Sentespri, kado Bondye a. Paske pwomès la, Bondye fè l pou nou, pou pitit nou yo, pou tout moun ki byen lwen, pou tout moun Bondye, Mèt nou, va rele vin jwenn li.
Se poutèt sa, moun ki va soumèt tèt li devan Bondye, ki va tounen tankou timoun sa a, se li ki va gen plis enpòtans nan Peyi Wa ki nan syèl la.
Li resevwa batèm, li menm ansanm ak tout fanmi li. Apre sa, li envite nou vin lakay li. Li di nou: — Se pou n vini, se pou n fè ladesant lakay mwen, si nou kwè mwen mete konfyans mwen tout bon nan Senyè a. Se konsa li fòse nou rete lakay li.
Menm lè a, nan mitan lannwit lan, li pran yo, li mete renmèd sou tout kote yo te blese. Lèfini, Pòl ak Silas batize l ansanm ak tout fanmi li.
Krispis, chèf sinagòg la, te mete konfyans li nan Senyè a ansanm ak tout fanmi li. Anpil lòt moun Korent te kwè tou lè yo te tande sa Pòl t'ap di yo, epi yo te resevwa batèm.
Se sa k fè, avèk batèm nou an nou te antere ansanm avè l, nou te mouri ansanm avè l tou. Men, menm jan Papa a te fè l leve sòti nan lanmò avèk gwo fòs pouvwa li, konsa tou nou menm nou ka mennen yon lòt lavi.
Nou tout, nou te resevwa batèm pou n te ka viv ansanm ak Kris la, nou mete sou nou kalite ki nan Kris yo.
Wi, lè nou te batize se tankou nou te antere ak Kris la. Apre sa, nou leve soti vivan avèk li tou paske nou gen konfyans nan pouvwa Bondye ki te resisite li nan lanmò a.
Ale fè disip pou mwen nan tout nasyon, batize yo nan non Papa a, Pitit la ak Sentespri a.
Yo te mennen ata tibebe bay Jezi pou l te mete men sou tèt yo. Lè disip yo wè sa, yo t'ap di moun yo pa fè sa. Men, Jezi rele timoun yo vin jwenn li, li di: — Kite timoun yo vin jwenn mwen. Pa anpeche yo vini, paske peyi kote Bondye Wa a, se pou tout moun ki tankou timoun sa yo li ye. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: si yon moun pa asepte otorite Bondye a tankou yon timoun, li p'ap janm mete pye l nan peyi kote Bondye Wa a.
Lè Jezi wè sa, li pat kontan menm. Li di disip yo: — Kite timoun yo vin jwenn mwen non. Pa anpeche yo vini, paske Peyi kote Bondye Wa a, se pou tout moun ki tankou timoun sa yo.
Anpil ladan yo te kwè sa Pyè t'ap di a, yo te resevwa batèm. Jou sa a, te gen twamil (3.000) moun konsa ki te mete tèt yo ansanm ak disip yo.
— Moun sa yo resevwa Sentespri menm jan avèk nou. Kounyeya, ki moun ki ka anpeche nou batize yo nan dlo tou? Epi li bay lòd batize yo nan non Jezikri. Apre sa, yo mande Pyè pou l rete pase kèk jou avèk yo.
Moutre yo pou yo obsève tou sa mwen te ban nou lòd fè. Chonje sa byen: mwen la avèk nou toulejou, jouk sa kaba.
Se sa k fè, nou menm, kit nou jwif, kit nou pa jwif, kit nou esklav, kit nou pa esklav, nou tout nou te resevwa batèm pou n te ka fè yon sèl kò ansanm, pa pouvwa yon sèl Lespri a. Nou tout nou te bwè nan yon sèl Lespri a.
Se paske nou gen konfyans nan Jezikri kifè nou se pitit Bondye. Nou tout, nou te resevwa batèm pou n te ka viv ansanm ak Kris la, nou mete sou nou kalite ki nan Kris yo.
Si ou deklare ak bouch ou devan tout moun Jezi se Senyè a, si ou kwè tout bon nan kè ou Bondye te fè l leve sòti vivan pami mò yo, w'a sove.
Nou menm ki deja resisite ak Kris, se pou nou chache bagay ki nan syèl la kote Kris chita adwat Bondye. Kounyeya, nou tounen yon lòt kalite moun, n'ap chanje jouk n'a rive sanble ak Bondye ki kreye nou an pou n te ka konnen l nèt. Se sa k fè, pa gen moun ki jwif ak moun ki pa jwif ankò, pa gen moun ki sikonsi ak moun ki pa sikonsi ankò, pa gen moun ki etranje, ni moun ki bèt, pa gen moun ki esklav ak moun ki pa esklav. Se Kris la ki tout, se li ki nan nou tout. Nou tout nou fè pati pèp Bondye a: se li menm ki te renmen nou, ki te chwazi nou pou n ka viv pou li. Se poutèt sa, se pou nou gen kè sansib anpil, pou n aji byen yonn ak lòt, san lògèy, avèk anpil dousè, anpil pasyans. Se pou nou yonn sipòte lòt, pou nou yonn padonnen lòt si nou gen kont yonn ak lòt. Wi, se pou yonn padonnen lòt, menm jan Kris la te padonnen nou. Men, anvan tout bagay, se pou nou gen renmen ki tankou yon kòd k'ap mare nou ansanm yonn ak lòt. Se pou nou viv byen yonn ak lòt, jan Kris la vle l la. Paske, Bondye rele nou pou nou viv byen yonn ak lòt pou nou ka fè yon sèl kò. Toujou chonje sa li fè pou nou. Se pou pawòl Kris la ak tout richès li yo rete fèm nan lavi nou. Se pou nou yonn aprann nan men lòt, se pou yonn konseye lòt ak anpil konprann. Se pou nou chante sòm, kantik ak tout lòt chante legliz pou di Bondye mèsi ak tout kè nou. Tou sa n'ap fè, tou sa n'ap di, fè l nan non Senyè Jezi a, san nou pa janm bliye di Bondye mèsi nan li. Nou menm medam, soumèt devan mari nou paske se konsa pou moun ki kwè nan Senyè a aji. Nou menm mari, renmen madanm nou. Pa fè move jan ak yo. Pa kite bagay ki sou latè pran tèt nou, mete lide nou sou bagay ki anwo nan syèl la. Nou menm timoun, se devwa nou pou nou obeyi manman nou ak papa nou nan tout bagay. Se sa ki fè Bondye plezi. Nou menm manman ak papa, pa pale twò rèd ak timoun yo pou sa pa dekouraje yo. Nou menm domestik, obeyi mèt nou gen sou latè a nan tout bagay. Se pa sèlman lè nou anba je yo pou nou obeyi yo, tankou moun k'ap fè lèzòm plezi. Men, se pou n obeyi yo ak tout kè nou, akòz respè nou gen pou Senyè a. Nenpòt travay yo ban nou fè, fè l ak tout kè nou tankou si se pa pou lèzòm nou t'ap travay, men pou Senyè a. Chonje byen: Senyè a gen pou ban nou rekonpans nou: l'ap ban nou eritaj li sere pou moun pa l yo. Paske, mèt n'ap sèvi tout bon an se Kris la. Men, moun ki fè sa ki mal va resevwa sa ki pou li dapre mal li te fè a. Paske, Bondye pa gade sou figi moun. Konnen sa byen: nou mouri deja, lavi nou kache ansanm ak Kris la nan Bondye.
Ann pwoche bò kote Bondye ak tout kè nou, ak yon konfyans byen chita, san nou pa gen anyen nan kè nou ki pou boulvèse konsyans nou, kò nou menm byen netwaye nan yon dlo byen pwòp.
Pou nou menm, dlo sa a kanpe pou dlo batèm lan k'ap delivre nou kounyeya. Batèm lan, se pa yon bagay k'ap wete kras sou kò nou. Men, se yon angajman nou pran devan Bondye ak yon konsyans san repwòch. Bondye sove nou gremesi Jezikri ki te leve sòti vivan nan lanmò,
Lè Jan te fin batize tout moun, li batize Jezi tou. Antan Jezi t'ap lapriyè, syèl la louvri.
Men, lè Filip anonse bòn nouvèl peyi kote Bondye wa a, lè l fè yo konnen non Jezi Kris la, moun yo kwè pawòl la. Fanm kou gason resevwa batèm.
Menm lè a, bagay tankou kal pwason sot tonbe nan je Sòl, epi l wè ankò. Sòl leve, li resevwa batèm.
Kounyeya, kisa w'ap tann ankò? Leve non, rele Bondye, resevwa batèm pou tout peche ou yo ka lave.
li te delivre nou. Li pat delivre nou paske nou te fè kèk bagay ki bon, men paske li menm li te gen pitye pou nou. Li delivre nou lè li lave nou, li voye pouvwa Sentespri li nan nou pou chanje nou nèt, pou n te ka viv yon lòt jan.
Jezi reponn li: — Anverite sa m'ap di ou la a se vre: Pesonn pa ka antre nan wayòm Bondye a si li pa pran nesans selon lèzòm epi selon Sentespri Bondye.
Jezikri se moun ki te vini an: li te vini ak dlo batèm lan ansanm ak san lanmò li a. Li pat vini ak dlo a sèlman, men li te vini avèk dlo ansanm ak san. Lespri Bondye a di se vre sa, paske Lespri Bondye a se verite a menm.
Lè sa a, mwen pa t'ankò konnen ki moun li ye. Men Bondye ki voye m' batize moun nan dlo a te di m': - Moun w'a wè Lespri desann vin rete sou li a, se li menm ki va batize moun nan Sentespri.
Men, farizyen yo ak dirèktè lalwa yo te refize sa Bondye te vle fè pou yo. Se sa k fè yo pat kite Jan Batis batize yo.
Eske nou pa konn sa: nou tout ki resevwa batèm pou n te fè yonn ak Jezikri, avèk batèm sa a nou te fè yonn avè l nan lanmò li.
Kounyeya, nou tounen yon lòt kalite moun, n'ap chanje jouk n'a rive sanble ak Bondye ki kreye nou an pou n te ka konnen l nèt.
Men nou menm, nou se yon ras Bondye chwazi, prèt k'ap sèvi wa a, nasyon k'ap viv apa pou Bondye, pèp li peye pou li a. Li fè tou sa, pou nou te ka fè tout moun konnen bèl bagay Bondye te fè yo, Bondye ki rele nou soti nan fènwa a pou nou antre nan bèl limyè li a.
(11) Depi nan vant manman m, se ou menm k'ap pwoteje m. Depi anvan mwen te fèt, se ou menm ki Bondye mwen.
M'ap vide dlo sou tè sèk la. M'ap fè sous dlo koule nan dezè a. M'ap bay pitit nou yo pouvwa lespri mwen. M'ap voye benediksyon m sou pitit pitit nou yo.
Men sa Senyè a reponn: Wi! Yo ka wete nan men yon vanyan sòlda sa li pran nan lagè. Yo ka lage prizonye ki anba men yon gwo chèf. M'ap goumen pou nou ak tout moun k'ap fè nou lagè. M'a delivre pitit nou yo.
M'ap benyen nou nan bon dlo klè pou nou ka vin nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen. M'ap mete nou nan kondisyon pou sèvi m, m'ap wete tout vye bagay derespektan nou t'ap fè yo ak tout zidòl nou yo.
Jezi pwoche bò kote yo, li di yo konsa: — Mwen resevwa tout pouvwa nan syèl la ak sou tè a.
Epitou, Kris la pa te voye m' batize moun. Li voye m' anonse Levanjil. Epi se pou m'anonse li san m'pa bezwen nan bèl diskou ki chita sou bon konprann lèzòm, diskou ki ta desann valè lanmò Kris sou lakwa a.
Kit ou sikonsi, kit ou pa sikonsi, se pa sa ki konte. Sa ki konte, se pou nou chanje, se pou nou tounen yon lòt moun.
Li p'ap diskite ak pèsonn, li p'ap rele sou pèsonn. Yo p'ap janm tande l fè diskou nan lari.
jenn fi kou jenn gason, granmoun kou timoun. Se pou nou tout fè lwanj Senyè a, paske li gen yon non ki pi gwo pase tout lòt non. Pouvwa li pi wo pase syèl la ak latè a.
Si se pitit Bondye nou ye, nou gen pòsyon pa nou nan eritaj Bondye te pwomèt moun pa l yo, n'a resevwa pa nou ansanm ak Kris la nan tou sa Bondye te sere pou li. Paske, si nou soufri ansanm ak li, n'a resevwa lwanj nan men Bondye ansanm ak li tou.
Senyè, se ou menm ki tout espwa mwen. Mwen mete konfyans mwen nan ou depi lè m te jenn gason.
Senyè a pwoteje etranje k'ap viv nan peyi a. L'ap pran swen vèv yo ak òfelen san papa yo. Men li detounen plan mechan yo gen nan tèt yo.