Vèsè Biblik

- Piblisite -


VÈSÈ POU ENVITATION

VÈSÈ POU ENVITATION

Imajine w, ou ka mete Bondye nan tout bagay! Menm lè w gen yon aktivite, tankou yon maryaj, yon anivèsè, yon gradyasyon, ou ka chwazi yon vèsè biblik pou mete sou envitasyon an. Se yon bèl bagay pou w gen yon pawòl Bondye avè w. Nan seksyon sa a, ou ap jwenn yon vèsè pou nenpòt aktivite w ap fè. Mwen swete l ba w anpil benediksyon epi l ka ede w.




Kantik 4:7

Ou pa manke bèl, anmourèz mwen! Depi nan pwent zòtèy ou jouk nan pwent cheve ou, ou san defò!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Kantik 8:6

Grave mwen sou kè ou! Make mwen nan plamen ou! Lanmou fò tankou lanmò. Tankou simityè pa pran priyè, jalouzi pa nan jwèt. Lè maladi lanmou kenbe ou, Li pa lage ou yon may Lanmou limen dife nan tout kò ou. Dife sa a gen sous li soti nan Bondye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Kantik 2:16

Mennaj mwen, se pou mwen li ye! Mwen menm, se pou li mwen ye! L'ap fè mouton l yo manje nan mitan pye wòz yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 13:4-7

Moun ki gen lamou, li gen pasyans, li gen bon kè. Li pa anvye sò moun. Li pa nan fè grandizè. Li pa nan moute kòlèt sou moun.Lamou pa fè anyen pou fè moun wont. Lamou pa chache avantaj pa li. Li pa fè kòlè, li pa kenbe moun nan kè.Lamou tout bon pa pran plezi nan fè sa ki mal. Tout plezi li, se nan sa ki vre.Lacharite pèmèt sipòte tout bagay. Anyen pa brannen konfyans li. Lacharite pa pèdi espwa, l'ap toujou moutre pasyans li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 13:8

Lamou pa gen limit. Pouvwa bay mesaj Bondye ap kaba. Pouvwa pale anlang gen pou bout. Konesans gen pou fini.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Efezyen 5:28

Se pou mari yo renmen madanm yo menm jan yo renmen pwòp tèt pa yo. Yon nonm ki renmen madanm li, li renmen pwòp tèt pa li tou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Efezyen 5:25

Nou menm mari yo, se pou nou renmen madanm nou menm jan Kris la te renmen legliz la, jouk li te asepte mouri pou li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Kolosyen 3:14

Men, anvan tout bagay, se pou nou gen renmen ki tankou yon kòd k'ap mare nou ansanm yonn ak lòt.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Kantik 8:7

Pa gen dlo ki ka touye l. Pa gen larivyè ki ka tenyen l. Yon moun te mèt ofri tout richès lakay li pou l ta achte renmen, pèsonn pa ta okipe l.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Kantik 8:6-7

Grave mwen sou kè ou! Make mwen nan plamen ou! Lanmou fò tankou lanmò. Tankou simityè pa pran priyè, jalouzi pa nan jwèt. Lè maladi lanmou kenbe ou, Li pa lage ou yon may Lanmou limen dife nan tout kò ou. Dife sa a gen sous li soti nan Bondye.Pa gen dlo ki ka touye l. Pa gen larivyè ki ka tenyen l. Yon moun te mèt ofri tout richès lakay li pou l ta achte renmen, pèsonn pa ta okipe l.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Jan 4:7

Mezanmi, se pou nou yonn renmen lòt paske renmen sòti nan Bondye. Moun ki gen renmen nan kè yo, se pitit Bondye yo ye. Yo konnen ki moun Bondye ye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 13:10

Moun ki gen renmen nan kè yo pa fè moun mal: se sa k fè lè nou renmen, nou fè tou sa lalwa a mande nou fè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 127:1

(1b) Si se pa Senyè a ki bati kay la, travay moun k'ap bati yo pa vo anyen. Si se pa Senyè a k'ap pwoteje lavil la, travay moun k'ap veye yo pa vo anyen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 19:6

Konsa, yo pa de ankò, men yo fè yon sèl kò. Se poutèt sa, pèsonn moun pa gendwa separe sa Bondye mete ansanm.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 16:14

Se pou nou fè tout bagay avèk renmen nan kè nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Galat 5:22-23

Men, Lespri Bondye a bay renmen, kè kontan, kè poze, pasyans, bon kè, seryozite, li fè ou gen bon manyè.Li fè ou aji ak dousè, li fè ou konn kontwole kò ou. Lalwa Moyiz la pa kont okenn nan bagay sa yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Filipyen 1:3

Mwen di Bondye mwen an mèsi pou nou chak fwa lide m frape sou nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Efezyen 4:2-3

Pa janm vante tèt nou. Aji avèk dousè ak pasyans ak tout moun. Se pou nou yonn sipòte lòt avèk renmen nan kè nou.Sentespri a mete nou ansanm. Se pou nou fè tou sa nou kapab pou nou ka toujou fè yon sèl kò, pou nou viv ak kè poze ansanm yonn ak lòt.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 85:10

(11) Lè sa a nan peyi a, moun yo yonn va renmen lòt, pèsonn p'ap bay lòt manti ankò. Moun va viv byen yonn ak lòt, pèsonn p'ap fè lòt lenjistis ankò!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Tesalonisyen 3:12

Mwen mande Senyè a pou nou gen plis renmen yonn pou lòt ak pou tout moun, menm jan mwen renmen nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 13:13

Koulyeya, gen twa bagay ki rete: se lafwa, lesperans, lamou. Men se lamou ki gen plis valè nan twa a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 3:3-4

Se pou ou toujou viv byen ak tout moun. Se pou ou toujou gen yon sèl pawòl. Mete pawòl mwen yo nan kou ou tankou yon kolye, kenbe yo nan kè ou pou ou pa janm bliye yo.Si ou fè sa, Bondye va kontan ak ou, lèzòm va nonmen non ou anbyen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 54:10

Ou te mèt wè mòn yo ap souke, ti mòn yo ap tranble, mwen p'ap janm sispann renmen ou. M'ap toujou kenbe kontra mwen te pase pou m te toujou byen avè ou la. Se Senyè ki renmen ou lan ki di ou sa.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 22:37-39

Jezi reponn li: — Se pou ou renmen Mèt la, Bondye ou, ak tout kè ou, ak tout nanm ou, ak tout lide ou.Se kòmandman sa a ki pi gwo, ki pi konsekan.Men dezyèm kòmandman an ki gen menm enpòtans ak premye a: se pou ou renmen frè parèy ou tankou ou renmen pwòp tèt pa ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 15:5-6

Se pou Bondye ki bay pasyans ak ankourajman an fè nou viv byen yonn ak lòt, pou nou ka swiv egzanp nou jwenn nan Jezikri.Konsa, n'a mete kè nou ak bouch nou ansanm pou fè lwanj Bondye, papa Jezikri, Senyè nou an.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 143:8

Mwen mete konfyans mwen nan ou. Depi granmaten, fè m chonje jan ou renmen m anpil. Se ou menm m'ap lapriyè. Moutre m chemen pou m pran an.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Pyè 3:7

Menm jan an tou, nou menm mari, nan tout bagay, se pou nou viv byen ak madanm nou paske yo pi delika pase nou. Yo resevwa nan Bondye menm lavi ak nou tankou yon favè Bondye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 13:4

Maryaj se yon bagay tout moun dwe respekte anpil. Moun ki marye yo dwe rete fidèl yonn ak lòt. Bondye gen pou jije moun k'ap mennen movèz vi yo ansanm ak moun k'ap fè adiltè yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 118:24

Ala yon bèl jounen Senyè a ban nou! Ann pase jounen an ap fè fèt, ann fè kè nou kontan!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 18:22

Trape yon bon fanm, se trape yon trezò. Se kado Bondye sèl ka bay.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Efezyen 5:31

Jan sa ekri nan Liv la: Gason va kite manman li ak papa li pou li atache ak madanm li. Yo de a va fè yon sèl.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Jan 4:19

Pou nou menm, nou gen renmen nan kè nou, paske Bondye te renmen nou anvan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Kantik 4:9

Sò mwen, bèl negès mwen, ou annik gade m yon fwa, ou fè m pèdi lòlòj mwen. M annik wè yonn nan bèl ti chenn nan kou ou yo, m pèdi tèt mwen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 126:5

Moun ki simen ak dlo nan je ap rekòlte ak kè kontan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Kolosyen 3:18-19

Nou menm medam, soumèt devan mari nou paske se konsa pou moun ki kwè nan Senyè a aji. Nou menm mari, renmen madanm nou. Pa fè move jan ak yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 6:33

Pito nou chache bay bagay peyi Wa ki nan syèl la premye plas nan lavi nou, chache viv jan Bondye vle l la anvan. Lè sa a, Bondye va ban nou tout lòt bagay sa yo tou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Filipyen 4:19

Bondye ki rich anpil la va ban nou tou sa nou bezwen nan Jezikri.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 31:10

Sa pa fasil pou moun jwenn yon bon madanm. Lè li jwenn li, li gen plis valè pase yon boul lò.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jenèz 1:27-28

Bondye kreye moun: li fè l pòtre ak li. Li kreye yo gason ak fi.Li beni yo, li di: Fè pitit, fè anpil anpil pitit mete sou latè. Donte tè a. Mwen ba ou pouvwa sou pwason nan lanmè, sou zwazo nan syèl ak sou tout bèt vivan k'ap mache sou vant sou latè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Kantik 3:4

Kite mwen kite gad yo, mwen jwenn moun mwen renmen an. Mwen kenbe men l. Mwen pa lage l jouk mwen mennen l kay manman m, nan chanm moun ki te pote m nan vant li an.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 56:3

(4) Bondye ki anwo nan syèl la, lè mwen pè, se nan ou mwen mete tout konfyans mwen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 12:10

Se pou nou yonn renmen lòt tankou frè ak frè k'ap viv ansanm ak Kris la. Nan tou sa n'ap fè, se pou nou gen respè yonn pou lòt, pa konsidere tèt nou anvan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 111:1

Lwanj pou Senyè a! M'a fè lwanj Senyè a ak tout kè m, nan mitan moun ki mache dwat yo, nan mitan pèp Bondye a lè yo reyini.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 63:7

M'a chante pou m fè konnen tout bèl bagay Senyè a fè pou nou. M'a fè lwanj li pou tou sa li fè pou nou, pou jan li bon pou moun fanmi Izrayèl yo. Li moutre nou jan li gen kè sansib pou nou, jan li renmen nou anpil.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 27:17

Menm jan fè file fè, konsa tou pou moun, yonn aprann nan men lòt.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 2:9

Men, jan sa te ekri nan Liv la: Bagay pèsonn pat janm wè, ni pat janm tande, bagay okenn moun pat janm mete nan tèt yo, se sa Bondye te pare pou moun ki renmen li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Kolosyen 1:17

Kris la te la anvan tout bagay. Se nan li yo tout jwenn plas yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Efezyen 3:17-19

pou Kris la rete nan kè nou ak konfyans nou gen nan li a. M'ap mande Bondye pou nou pouse rasin, pou nou chita byen fèm nan renmen,pou nou ka konprann, ansanm ak tout pèp Bondye a, jan renmen Kris la laj, jan li long, jan li fon, jan li wo.Wi, mwen mande pou nou rive konnen kalite renmen Kris la gen pou nou, atout pèsonn p'ap janm ka rive konnen l nèt. Konsa, n'a vin plen nèt ak tou sa ki nan Bondye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Pyè 5:10

Men, apre n'a fin soufri yon ti tan, Bondye li menm va rann nou bon nèt, l'a kenbe nou fèm, l'a ban nou fòs, l'ap fè nou kanpe san brannen. Paske Bondye bay tout kalite favè. Se li menm ki te rele nou, gremesi Kris la, pou n te patisipe nan pouvwa li ki p'ap janm fini.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Galat 6:2

Se pou nou yonn ede lòt pote chay yo. Se konsa n'a obeyi lalwa Kris la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Kantik 8:4

Nou menm medam lavil Jerizalèm yo, Tanpri, tanpri souple! Pa deranje anmourèz mwen lè l'ap dòmi. Pa reveye li anvan lè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 8:37

Men, sou tout bagay sa yo, nou genyen batay la nèt ale, gremesi moun ki renmen nou an.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 97:11

Limyè Bondye klere moun ki mache dwat devan li. Moun ki fe sa ki byen, l'ap fè kè yo kontan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 5:16

Konsa tou, se pou limyè nou klere devan tout moun, pou lè yo wè tout byen n'ap fè yo, y'a fè lwanj Papa nou ki nan syèl la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 1:10

Frè m' yo, mwen soupriye nou angras, nan non Jezikri, Senyè nou an. Tanpri, mete nou dakò sou tout pwen. Pa kite divizyon mete pye nan mitan nou. Okontrè se pou nou fè yon sèl. Se pou nou tout gen menm konpreyansyon ak menm panse.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 37:4

Si se nan Senyè a ou pran tout plezi ou, l'a ba ou tou sa ou ta renmen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 10:24-25

Se pou nou yonn veye sou lòt pou yonn ka ede lòt gen renmen nan kè yo, pou yonn ka ankouraje lòt nan sa ki byen.Pa pran egzanp sou moun ki pran abitid pa vin nan reyinyon nou yo. Okontrè, se pou yonn ankouraje lòt fè sa, kounyeya pi plis pase anvan, paske nou wè jou Senyè a ap pwoche.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 41:10

Nou pa bezwen pè. Mwen la avèk nou! Nou pa bezwen kite anyen ban nou kè sote. Se mwen menm ki Bondye nou. M'ap ban nou fòs, m'ap ede nou. M'ap soutni nou ak fòs ponyèt mwen ki pa janm pèdi batay.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 14:26

Lè yon moun gen krentif pou Bondye, li gen kote pou l apiye. Pitit li yo ap jwenn pwoteksyon bò kote Bondye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Filipyen 2:2

enben, men sa m'ap mande nou: Fè kè m kontan nèt. Se pou nou viv byen yonn ak lòt, se pou nou yonn renmen lòt menm jan an, pou nou tout gen yon sèl lide nan tèt nou ak yon sèl santiman nan kè nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 119:105

Pawòl ou se yon chandèl ki fè m wè kote m'ap mete pye m, se yon limyè k'ap klere chemen mwen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Kantik 4:10

Ala dous karès ou dous, mennaj mwen, bèl nègès mwen! Karès ou pi dous pase siwomyèl. Ou santi pi bon lontan pase pi bon fèy santi bon.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 8:28

Tansèlman, nou konn sa byen: nan tout bagay, Bondye ap travay pou byen tout moun ki renmen l, pou byen tout moun li te fè lide rele.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Efezyen 2:10

Se Bondye ki fè nou. Li kreye nou nan Jezikri pou nou pratike sa ki byen, bon zèv li te pare davans pou nou fè yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 19:14

Kay ak lajan, se byen manman ak papa ka mouri kite pou ou. Men, yon fanm ki gen konprann, se Senyè a ase ki ka fè ou jwenn sa.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Kantik 7:10

Se pou mennaj mwen mwen ye! Se mwen menm li anvi.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 34:8

(9) Goute, n'a wè jan Senyè a bon! Ala bon sa bon pou moun ki jwenn pwoteksyon anba zèl li!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Kolosyen 3:12

Nou tout nou fè pati pèp Bondye a: se li menm ki te renmen nou, ki te chwazi nou pou n ka viv pou li. Se poutèt sa, se pou nou gen kè sansib anpil, pou n aji byen yonn ak lòt, san lògèy, avèk anpil dousè, anpil pasyans.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Galat 5:13

Kanta nou menm, frè m yo, Bondye te rele nou pou n te ka gen libète nou. Sèlman, pa pran libète a sèvi eskiz pou nou viv dapre egzijans lachè. Okontrè, se pou nou yonn sèvi lòt nan renmen nou yonn gen pou lòt.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 19:4-6

Jezi reponn yo: — Eske nou pa li sa ki ekri nan Liv la? Nan konmansman, lè Bondye t'ap fè moun, li te fè yo gason ak fi.Apre sa li di: Se poutèt sa, gason an va kite papa l ak manman l pou l mete tèt li ansanm ak madanm li. Yo tou de va fè yon sèl kò.Konsa, yo pa de ankò, men yo fè yon sèl kò. Se poutèt sa, pèsonn moun pa gendwa separe sa Bondye mete ansanm.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 13:1-3

Menm si m'ta pale tout lang, ata lang zanj yo, si m'pa gen lacharite, bè pawòl mwen yo se tankou van nan vaksin, tankou klòch k'ap fè bri.Menm si m'ta gen don pou bay mesaj Bondye a, menm si m'ta gen anpil anpil konesans, menm si m'ta konprann tout sekrè nan mistè Bondye, menm si m'ta gen anpil anpil lafwa jouk m'ta rive fè san sot nan wòch, si m'pa gen lacharite, sa p'ap sèvi mwen anyen.Menm si m'ta separe tou sa m'genyen fè kado, menm si m'ta livre kò mwen pou yo boule vif, si m'pa gen lamou nan kè mwen, sa p'ap sèvi anyen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 46:10

(11) Li di: — Rete la! Sispann goumen! Konnen se mwen menm ki Bondye. Se mwen k'ap donminen sou tout nasyon yo. Se mwen k'ap donminen sou tout latè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 40:31

Men, Senyè a ap bay moun ki mete konfyans yo nan li fòs ankò. Tankou malfini, y'ap pran zèl pou yo leve ale. Y'ap kouri san yo p'ap janm bouke. Y'ap mache, yo p'ap janm febli.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 12:1

Se sa ki fè, frè mwen yo, jan Bondye fè nou wè li gen kè sansib pou nou an, se pou nou ofri nou tankou yon sakrifis apa bay Bondye, yon sakrifis vivan k'ap fè li plezi. Se sèl jan pou nou sèvi Bondye tout bon vre.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 13:1

Se pou nou toujou yonn renmen lòt tankou frè k'ap viv ansanm nan Kris la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Pyè 4:9

Se pou nou yonn resevwa lòt lakay nou san plenyen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 119:32

M'ap prese obeyi kòmandman ou yo lè ou louvri lespri mwen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Kantik 2:1

Se yon wòz mawon sou mòn Sawon mwen ye, yon bèl ti flè nan yon basrak.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 15:17

Pito ou manje mayi moulen blanch ak moun ki renmen ou pase pou manje bon jan vyann ak moun ki rayi ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 18:20

Paske, chak fwa de ou twa moun mete tèt yo ansanm nan non mwen, m'ap la nan mitan yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 5:5

Espwa sa a p'ap janm twonpe nou, paske Bondye te fè nou wè jan l renmen nou lè li ban nou Sentespri li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 37:23

Senyè a pran men lèzòm, li mete yo nan bon chemen. Li kontan wè yo mache dwat.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jenèz 2:18

Senyè a, Bondye a, di ankò: — Sa pa bon pou nonm lan rete pou kont li. M'ap fè yon lòt moun sanble avè l pou ede l.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Efezyen 4:32

Okontrè, se pou nou aji byen yonn ak lòt, se pou nou gen bon kè yonn pou lòt, pou nou yonn padonnen lòt, menm jan Bondye te padonnen nou nan Kris la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 25:11

Lè ou bay bon pawòl ki tonbe daplon se tankou yon moso lò byen travay yo plake sou yon moso ajan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Jan 3:18

Pitit mwen yo, piga nou renmen sèlman nan bouch, nan bèl diskou ak bèl pawòl. Se pou nou renmen tout bon vre. Se pou tout moun wè jan nou renmen lè yo wè sa n'ap fè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 12:9

Se pou nou yonn renmen lòt ak tout kè nou. Rayi sa ki mal, men kenbe fèm nan fè sa ki byen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 100:4

Antre nan Tanp li, di l mèsi! Antre kote ki apa pou li a, chante pou li! Wi, fè lwanj li, di l mèsi!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Galat 2:20

Se sa ki fè, viv m'ap viv koulyeya, se pa mwen k'ap viv, men se Kris k'ap viv nan mwen: Lavi sa a m'ap viv la, m'ap viv li nan konfyans mwen gen nan Pitit Bondye a ki sitèlman renmen mwen, li bay lavi li pou mwen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Timote 1:5

W'ap ba yo lòd sa a, pou yo ka rive gen renmen ki sòti nan yon kè ki nan kondisyon pou sèvi Bondye, nan yon konsyans trankil ak yon konfyans sensè nan Bondye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 4:16

Se poutèt sa, ann pwoche avèk konfyans devan fòtèy kote Bondye ki renmen nou an chita. Se la n'a jwenn padon pou peche nou yo, se la n'a jwenn pou gremesi sekou n'a bezwen lè nou nan nesesite.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 149:4

Senyè a pran plezi l nan pèp li a, li fè bèl bagay pou malere yo, li delivre yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 14:30

Lè ou gen kè ou poze, ou kenbe kò ou an sante. Men, anvye sò lòt moun se tankou yon maladi k'ap manje ou nan zo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 61:3

pou m'bay moun Siyon ki nan lafliksyon yo kè kontan nan plas lapenn yo, kontantman nan plas kè sere yo. Yon chante remèsiman nan bouch yo nan plas yon chante lapenn. Yo pral grandi tankou gwo pyebwa nan jaden Senyè a te plante ak men li. Yo pral fè sa ki dwat devan Bondye pou tout moun ka fè lwanj bèl pou vwa li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 22:39

Men dezyèm kòmandman an ki gen menm enpòtans ak premye a: se pou ou renmen frè parèy ou tankou ou renmen pwòp tèt pa ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Kolosyen 3:19

Nou menm mari, renmen madanm nou. Pa fè move jan ak yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Kantik 5:16

Bouch mennaj mwen bay gou siwomyèl. Li bèl gason nan tout kò li. Se konsa mennaj mwen ye, Se konsa zanmi mwen an ye, medam Jerizalèm yo!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 15:7

Se pou yonn asepte lòt jan l ye a, menm jan Kris la te asepte nou an pou sa te tounen yon lwanj pou Bondye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 10:12

Lè ou gen renmen nan kè ou, ou padonnen tout peche. Men, lè ou rayi moun, ou toujou ap chache kont.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 128:1-2

(1b) Ala bon sa bon pou ou, ou menm ki gen krentif pou Senyè a, ou menm k'ap mache nan chemen li mete devan ou lan!Avèk travay ou fè ak men ou, w'ap jwenn manje pou ou manje, w'ap kontan, zafè ou ap mache byen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Filipyen 4:4

Se pou nou toujou kontan nan lavi n'ap mennen ansanm nan Senyè a. M'ap repete l ankò: Fè kè nou kontan anpil.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 13:4

Moun ki gen lamou, li gen pasyans, li gen bon kè. Li pa anvye sò moun. Li pa nan fè grandizè. Li pa nan moute kòlèt sou moun.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jenèz 2:24

Se poutèt sa, gason ap kite manman li ak papa li pou li atache ak madanm li, epi yo de a ap vin fè yon sèl.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Pyè 4:8

Anvan tout bagay, se pou nou yonn renmen lòt anpil. Paske, lè nou renmen, sa fè Bondye padonnen anpil peche.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Eklezyas 4:9-12

Lè ou gen yon lòt moun avèk ou, li pi bon pase lè ou pou kont ou, paske ansanm nou bay pi bon rannman nan travay nou.Si yonn tonbe, lòt la va ba l men pou l leve. Men, malè pou moun k'ap viv pou kont li! Si l tonbe, p'ap gen moun pou ba l men.Konsa tou, lè fè frèt, si yo kouche ansanm, yonn va chofe lòt. Men, si li pou kont li, ki jan pou l fè chofe kò l?Kote dezòm ka kenbe tèt ak yon moun k'ap atake yo, yon sèl p'ap kapab. Paske yon kòd trese ak twa branch pa fasil kase.

Chapit   |  Vèsyon Kopi

Lapriyè bay Bondye

Bondye fidèl, Bondye tout-puisan! M'ap louwe w, ou jis, ou sen, ou merite tout glwa, tout lwanj. M'ap vini devan w, Papa, nan non Jezi, pou m di w mèsi pou tout ane sa yo mwen viv, pou tout eksperyans ou pèmèt mwen fè. Bondye, mwen konnen ou rekonpanse moun k'ap chache w. Mwen kriye nan pye w, ou te ede m nan moman difisil yo, ou mennen m kote m ye jodi a. Mèsi, Senyè, pou prezans ou, pou gidans ou, nan chemen difisil sa a, lè m te prèske abandone. Mèsi paske ou te la nan chak etap nan lavi m. Jan ou fidèl, jan ou renmen m! Mwen wè favè w, mwen wè ou pran swen m depi premye jou mwen te kòmanse mache avè w. Tout sa mwen rive fè, tout rèv mwen rive reyalize, se gras a pouvwa w, gras a mizèrikòd ou. Se poutèt sa, jodi a, devan tout zanmi m ak pwofesè m yo, mwen vle ba w glwa, mwen vle ba w onè. San ou, mwen pa t ap kapab. Tanpri, ban m sajès, ban m lanmou pou m byen jere tout sa ou ban mwen. Senyè, kenbe flanm pasyon an, angajman an, respè a ak senserite a nan kè m. Nan non Jezi. Amèn!
Swiv nou:

Piblisite


Piblisite