Biblia Todo Logo
Vèsè Biblik
- Piblisite -


VÈSÈ PWOFETIK

VÈSÈ PWOFETIK

Nan pawòl Bondye a, nou jwenn vèsè ki pale de sa ki gen pou rive. Pwofèt yo se moun Bondye chwazi pou pale ak pèp li a. Men, anpil bagay ki gen pou rive deja ekri nan Bib la. Gen yon bèl vèsè ki di: "Paske, pa gen okenn pwofesi ki soti nan volonte lèzòm. Men, se Sentespri a ki te pouse moun Bondye te chwazi yo pou yo pale nan non li." (2 Pyè 1:21). Pawòl pwofetik la, se tankou yon kle ki ka fèmen epi ki ka louvri syèl la, selon volonte Bondye.

Fòk nou konpare mesaj pwofetik yo ki deja akonpli, pou nou ka konprann pi byen sa ki gen pou rive. Lè sa a, n ap ka avèti moun k ap mache sou move chemen pou yo tounen vin jwenn chemen lavi etènèl la.

Pou ou menm ki pare pou resevwa Kris la epi pou monte nan syèl la, kontinye kenbe fèm, pa lage, jouktan lafen, pou ou ka sove.




Ezayi 13:6

Nou mèt plenyen kont kò nou, paske jou Senyè a pre rive! Bondye ki gen tout pouvwa a pral vini pou l devaste tè a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Danyèl 8:19

Epi li di: — M'ap fè ou wè sa k'ap rive lè kòlè Bondye a va fin pase. Wi, lè pou tout bagay fini an pral rive.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jowèl 2:31

Solèy la pral vin tou nwa, lalin lan pral vin wouj kou san anvan jou Senyè a va rive. Aa! Se va yon gwo jou, yon jou k'ap fè moun tranble.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 24:35

Syèl la ak tout tè a va pase, men pawòl mwen p'ap janm pase.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Pyè 4:7

Tout bagay prèt pou fini. Se pou nou kenbe tèt nou anplas, veye kò nou pou n ka lapriyè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Pyè 3:13

Men nou menm, n'ap tann lòt syèl ak lòt tè Bondye te pwomèt la, kote se bagay ki dwat devan Bondye ase k'ap fèt.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 24:14

Fòk yo gentan mache bay bòn nouvèl Peyi kote Bondye Wa a toupatou sou latè, pou tout moun ka tande mesay la. Se lè sa a atò lafen an va rive.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Pyè 3:10

Men, jou Senyè a ap vini sou nou tankou yon vòlò nan mitan lannwit. Lè sa a, syèl la pral disparèt ak yon gwo gwo bri. Tout bagay pral pran dife, y'ap fonn nèt. Latè ak dènye bagay ki ladan l va boule, y'ap tounen sann.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 13:49

Se konsa sa pral rive tou lè tout bagay va fini. Zanj Bondye yo va vini, y'ap mete mechan yo yon bò, moun ki fè sa ki byen yo yon bò.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 24:1-3

Senyè a pral souke tè a, li pral ravaje l. Li pral boulvèse l. Tout moun ki rete sou tè a pral kouri gaye toupatou. Pa gen moun nan lavil la. Yo kite kay yo ap tonbe. Tout pòt kay fèmen, moun pa antre la ankò. Nan tout lari moun ap rele paske nanpwen diven ankò. Pa gen fèt rejwisans ankò. Nanpwen kè kontan nan peyi a. Lavil la ap fini, ata pòtay yo fin kraze. Se konsa sa pral ye nan tout peyi sou latè. Se va tankou apre rekòt lè y'ap gole dènye oliv ki rete nan pye oliv yo, lè y'ap fè grapiyay apre rekòt rezen an. Sa ki chape yo pral rele, yo pral chante byen fò ak kè kontan. Y'ap rete bò solèy kouche a, yo pral di jan Senyè a gen pouvwa. Konsa tou, moun ki rete bò solèy leve pral fè lwanj Senyè a. Moun ki rete sou zile nan lanmè a pral fè chante pou Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la. Byen lwen nan dènye bout latè, nou tande y'ap chante, y'ap fè lwanj pou moun ki mache dwat yo. Men mwen menm, mwen di: Pa gen rechap pou mwen! Pa gen chape pou mwen! Gade nan kisa m ye! Trèt yo ap trayi moun toujou! Chak jou y'ap trayi moun pi rèd! Nou menm ki rete sou latè, se kè sere, se gwo twou, se pèlen ki pare pou nou! Moun k'ap kouri lè y'a tande rèl moun ki pè yo pral tonbe nan twou. Moun k'ap moute sòti nan twou pral pran nan pèlen. Paske gwo lapli a pral tonbe sot nan syèl la. Fondasyon latè pral pran tranble. Latè pral fann, l'ap pete fè miyèt moso. L'ap tranble, l'ap souke tout kò l. Tout moun pral pase, prèt yo kou moun nan pèp la, esklav yo kou mèt yo, sèvant yo kou metrès yo, sa k'ap vann kou sa k'ap achte, sa k'ap bay ponya kou sa k'ap pran ponya, sa k'ap bay kredi kou sa k'ap pran kredi. Latè pral balanse tankou moun sou. Li pral souke tankou yon ti joupa lè van ap soufle fò. Peche lèzòm yo peze lou sou li: l'ap tonbe, li p'ap janm ka leve ankò. Jou sa a, Senyè a pral pini zanj yo ki anwo nan syèl la, l'ap pini tout chèf k'ap gouvènen sou latè. L'ap mete yo ansanm nan prizon nan yon tonm. L'ap fèmen yo nan kacho. Apre yon bon tan, l'ap pini yo. Lalin lan pral vin tou nwa. Solèy la p'ap klere ankò, paske Senyè ki gen tout pouvwa a pral sèl wa. Li pral gouvènen nan lavil Jerizalèm sou tèt mòn Siyon an. Tout chèf fanmi pèp li a pral wè gwo pouvwa li. Yo pral ravaje tout tè a, yo pral piye tout bagay. Senyè a fin pale, se sa ki pou rive.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 34:4

Tou sa ki nan syèl la, solèy, lalin ak zetwal yo, pral disparèt. Yo pral woule syèl la tankou yon woulo papye pote ale. Tou sa ki nan syèl la pral tonbe tankou fèy pye rezen ak fèy pye fig frans lè y'ap jete fèy.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 13:40

Menm jan yo te rache move zèb yo pou jete yo nan dife a, se konsa tou sa pral rive, lè tout bagay va fini.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 24:3

Jezi te chita sou mòn Olivye yo. Disip li yo te poukont yo ak li. Yo pwoche bò kote li, yo mande li: — Di nou non kilè sa va rive? Di nou ki siy ki va fè nou konnen lè w'ap vini an, lè tan sa a va fini nèt?

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Revelasyon 1:3

Benediksyon pou moun k'ap li liv sa a. Benediksyon pou tout moun k'ap koute pawòl mesay sa a ki sòti nan Bondye, pou tout moun k'ap obeyi tou sa ki ekri nan Liv sa a, paske pa rete lontan ankò pou bagay sa yo rive.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 15:24

Apre sa, se va lafen. Lè sa a, Kris la menm pral kraze tout chèf, tout otorite ak tout pouvwa. Lè l fini, l'ap renmèt gouvènman peyi kote li wa a nan men Bondye Papa a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Mak 13:20

Si Mèt la pa te deside wete kèk jou sou jou sa yo, pesonn pa t'ap ka sove. Men li wete sou jou sa yo poutèt moun li chwazi mete apa pou li yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 24:6

Nou pral tande lagè ap fèt toupre nou, ansanm ak nouvèl lagè k'ap fèt byen lwen. Koute sa m'ap di nou byen: nou pa bezwen pè. Paske, fòk bagay sa yo rive. Men, se p'ap ankò lafen an sa.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 51:6

Leve je nou gade syèl la! Voye je gade latè! Syèl la pral disparèt tankou lafimen. Latè pral fini tankou yon vye rad. Moun ki rete sou latè pral mouri tankou mouch. Men, delivrans m'ap ba yo a ap la pou tout tan. Mwen p'ap janm bezwen delivre yo ankò apre sa.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 65:17

Mwen pral fè yon lòt syèl ak yon lòt tè. Pèsonn p'ap chonje sa ki te pase nan tan lontan. Sa p'ap janm vin nan tèt yo ankò.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 66:22-24

Menm jan lòt syèl ak lòt latè m'ap fè yo ap la pou lontan devan m, konsa tou pitit nou ak non nou ap la pou lontan. Se Senyè a menm ki di sa. Pou chak fèt lalin nouvèl, pou chak jou repo, moun tout peyi va vin fè sèvis pou mwen isit lavil Jerizalèm. Se Senyè a menm ki di sa. Lè y'ap kite lavil la, y'a wè kadav moun ki te vire do ban mwen yo. Vè k'ap manje yo p'ap janm mouri. Dife k'ap boule yo a p'ap janm tenyen. Tout moun ki va wè sa ap gen gwo boulvès!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jeremi 4:23-28

Mwen li pa te gen fòm, li pa te gen anyen sou li! Mwen gade syèl la: Li pa te gen ti kras limyè menm! Mwen gade mòn yo, yo t'ap tranble! Mwen gade ti bit yo, yo t'ap balanse adwat agòch! Mwen gade, m pa wè yon moun. Tout zwazo yo met deyò. Bèl jaden yo tounen dezè. Tout vil yo boule rapyetè. Se travay Senyè a paske Senyè a move anpil. Men sa Senyè a di: Se pou tout tè a tounen dezè. Men, mwen p'ap fin detwi l nèt. Tè a nan lapenn. Syèl la tou nwa. Senyè a pale, li p'ap tounen sou sa li di. Li fin pran desizyon l, li p'ap chanje lide.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezekyèl 7:5-7

Men sa Senyè a, Bondye sèl Mèt la, di ankò: — Malè sou malè pral tonbe sou nou. Lè a fin rive! Nou pa lwen fini nèt! Dènye jou nou yo pa lwen rive. Sa pral fini nèt pou nou tout ki rete nan peyi a. Lè a ap pwoche, jou a pa lwen ankò lè p'ap gen kè kontan sou mòn yo. Se pral yon gwo kouri.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezekyèl 30:3

Jou a ap pwoche. Wi, dat pou Senyè a aji a ap pwoche vre. Jou sa a, syèl la ap fèmen. Se va yon jou malè pou nasyon yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Danyèl 2:44

Nan reny dènye chèf sa yo, Bondye nan syèl la pral fè yon lòt chèf parèt, l'ap pran gouvènman an nan men yo pou tout tan. Li p'ap janm pase yon lòt li. Men, l'ap kraze tout lòt pèp yo, l'ap detwi yo. Li menm l'ap kanpe la pou tout tan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Danyèl 7:13-14

Nan menm vizyon mwen t'ap fè lannwit lan, mwen wè yon fòm ki te sanble ak yon moun. Li t'ap vini sou tèt nyaj yo nan syèl la. Li pwoche bò granmoun ki te la depi nan konmansman an. Yo prezante l ba li. Yo ba li baton kòmandan an, yo ba li pouvwa ak otorite pou tout pèp sou latè, pou tout peyi, pou moun tout ras ki pale tout lang sèvi li. L'ap kòmande pou tout tan. Gouvènman li p'ap janm fini.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Danyèl 7:26-27

Apre sa, tribinal la va reyini pou rann jijman an. L'a wete pouvwa a nan men l, l'ap kraze l nèt, li p'ap janm chèf ankò. Y'ap pran pouvwa, otorite ak gouvènman tout gwo peyi ki sou latè yo, y'ap bay pèp k'ap sèvi Bondye ki anwo nan syèl la. Pèp sa a ap gouvènen tankou yon wa pou tout tan. Tout chèf sou latè pral sèvi li, y'ap obeyi li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Danyèl 12:1-3

Zanj ki te gen rad swa sou li a, di ankò: — Lè sa a, Michèl, gwo zanj k'ap veye sou pèp ou a, ap parèt. Se pral yon tan kè sere moun po kò janm wè depi yo sou latè. Lè lè a va rive, tout moun ki fè pati pèp ou a epi ki gen non yo ekri nan liv Bondye a, va sove. Lè sa a, anpil moun pral pase anba soufrans yo te anonse a. Y'ap sòti netwaye, lave, blanchi. Moun k'ap fè mechanste yo menm p'ap konprann anyen, y'ap toujou rete ap fè mechanste yo. Men, moun ki gen lespri ap konprann. Si ou konte depi lè yo va aboli ofrann bèt ki pou fèt chak jou a, pou yo mete bagay nou pa ta renmen wè a, bagay k'ap bay gwo lapenn lan, kanpe nan Tanp lan, w'ap jwenn mil desankatrevenndis (1.290) jou ki gen pou pase. Ala bon sa pral bon pou moun ki va kenbe fèm jouk mil twasantrannsenk (1.335) jou sa yo va fin pase! Ou menm, Danyèl, kenbe fèm jouk sa kaba. Apre sa, w'a mouri. Men, w'a leve vivan ankò pou resevwa rekonpans ou lè tout bagay va fini! Anpil nan moun ki te mouri deja yo pral leve vivan ankò. Gen ladan yo ki pral jwi lavi ki p'ap janm fini an. Gen lòt ki pral wont, yo pral soufri avilisman ki p'ap janm fini an. Moun ki gen lespri yo pral klere tankou limyè nan syèl la. Moun ki te moutre jan pou moun mache dwat yo va klere tankou zetwal pou tout tan tout tan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jowèl 2:1-2

Sonnen twonpèt, Sonnen bay siyal sou mòn ki apa pou Bondye a! Se pou tout moun nan peyi Jida a tranble, Paske jou Senyè a pa lwen rive. L'ap pwoche. Tè a souke lè y'ap mache vini. Syèl la tranble. Solèy la ak lalin lan vin tou nwa, zetwal yo pa klere nan syèl la ankò. Senyè a alatèt lame li L'ap pase lòd. Lame a anpil, yo gen fòs Y'ap fè sa li ba yo lòd fè. Ala yon gwo jou se jou Senyè a! Se yon jou pou moun pè tout bon vre. Ki moun ki va rete kanpe apre jou sa a? Senyè a pale, li di: — Menm kounyeya, tounen vin jwenn mwen ak tout kè nou! Fè jèn, kriye kont kò nou, plenn sò nou! Se pa rad sou nou pou nou chire, se kè nou menm pou nou chire pou fè wè jan nou nan lapenn. Tounen vin jwenn Senyè a, Bondye nou an. Li gen bon kè anpil, li gen pitye pou moun. Li pa fache fasil, li p'ap janm sispann renmen nou. Li toujou pare pou padonnen nou. Sa ki konnen? Li ka chanje lide, li ka padonnen nou. Li ka ban nou benediksyon. N'a gen danre ak diven ankò pou fè ofrann bay Senyè a Bondye nou an! Kònen twonpèt sou mòn Siyon an! Bay lòd pou tout moun fè jèn! Mande pou tout moun reyini! Sanble pèp la. Pare tout moun pou fè sèvis. Sanble vye granmoun yo! Reyini tout timoun yo, menm timoun ki nan tete. Ata moun ki fenk marye yo, se pou yo kite kay yo vini tou. Nan lakou ki separe gwo pòtay Tanp lan ak lotèl la, se pou prèt yo, sèvitè Senyè a, pran kriye. Se pou yo di: Pitye, Senyè, pitye pou pèp ou a. Pa kite moun lòt nasyon yo pase moun pa ou yo nan betiz pou fè yo wont, pou yo ta di: Kote Bondye yo a? Lè sa a, Senyè a fè wè jan li renmen peyi li a. Li fè pèp li a gras. Li reponn, li di pèp la konsa: — Bon! Mwen pral ban nou ble, diven ak lwil fre. N'ap gen tou sa n'a bezwen. Mwen p'ap janm kite moun lòt nasyon yo pase nou nan betiz ankò. Se va yon jou ki pral fè nwa kou lank, ak syèl la plen nyaj nwa, yon jou kote nyaj nwa ak pousyè pral kouvri latè. Yon lame krikèt ap vanse. Yo grannèg anpil! Tankou solèy la lè l'ap leve, y'ap kouvri mòn yo. Se bagay nou poko janm wè, bagay nou p'ap janm wè ankò, jouk sa kaba.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jowèl 2:10-11

Tè a souke lè y'ap mache vini. Syèl la tranble. Solèy la ak lalin lan vin tou nwa, zetwal yo pa klere nan syèl la ankò. Senyè a alatèt lame li L'ap pase lòd. Lame a anpil, yo gen fòs Y'ap fè sa li ba yo lòd fè. Ala yon gwo jou se jou Senyè a! Se yon jou pou moun pè tout bon vre. Ki moun ki va rete kanpe apre jou sa a?

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jowèl 2:30-31

Mapral fè mèvèy parèt nan syèl la ak sou latè a. Va gen san, dife ak gwo nyaj lafimen. Solèy la pral vin tou nwa, lalin lan pral vin wouj kou san anvan jou Senyè a va rive. Aa! Se va yon gwo jou, yon jou k'ap fè moun tranble.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Amòs 5:18-20

Sa pral rèd nèt pou moun ki anvi wè jou Senyè a rive! Kisa jou sa a ap fè pou yo? Se pral yon jou fènwa, se p'ap yon jou limyè. Se va tankou yon nonm k'ap kouri pou lapli, epi li tonbe larivyè. Ou ankò, tankou yon moun ki rive lakay li, li mete men l sou panno kay la, epi yon krab zarenyen mode l. Pèp Izrayèl la tankou yon jenn fi. Li tonbe. Li p'ap janm leve ankò. Men li kouche atè a. Pa gen pèsonn pou ba l men. Jou Senyè a ap vini an, va fè nwa kou lank, p'ap fè klate. Se va yon jou fènwa, san yon ti limyè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sofoni 1:14-18

Wi, gwo jou Senyè a pa lwen rive. Sa pral yon gwo jou vre. Li pa lwen rive. L'ap rive byen vit. Jou sa a, sa pral rèd nèt! Ata sòlda ki pi vanyan yo pral rele anmwe. Jou sa a pral yon jou dechennen, yon jou lafliksyon ak kè sere, yon jou kraze brize, yon jou k'ap fè nwè kou lank, yon jou van ak gwo nyaj nwa ap plen syèl la. Yon jou twonpèt ap kònen, sòlda ap rele pou yo gen kouray pou y'al atake lavil ki gen gwo miray ranpa ak fò byen wo nan chak kwen pou pwoteje yo. Senyè a te di ankò: — Mwen pral manyen ak lèzòm! Yo pral tatonnen tankou avèg, paske yo te peche kont Senyè a. San yo pral koule kou dlo, kadav yo pral pouri tankou fatra. Jou Senyè a pral move sou yo a, ni lajan yo ni lò yo p'ap ka sove yo. Kòlè li tankou yon dife k'ap boule tout tè a, paske yon sèl kou a, l'ap disparèt tout moun ki rete sou latè. L'ap fini ak yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sofoni 3:8

Senyè a di: — Nou mèt tann mwen! Nou mèt tann jou pou m kanpe akize nasyon yo! Mwen fin pran desizyon mwen: m'ap sanble tout nasyon yo ak tout peyi yo pou m fè yo santi jan m fache, jan m ankòlè sou yo. Paske nan kòlè mwen, mwen pral boule tout latè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Zakari 14:1-2

Gade! Men jou jijman Senyè a ap rive! Jou sa a, yo pral piye lavil Jerizalèm. Yo pral separe tou sa yo pran ladan li la devan je nou. Tout peyi a pral tounen yon gwo plenn plat, depi Geba nan nò rive Rimon nan sid, ak Jerizalèm nan mitan. Sèl lavil Jerizalèm pral rete byen wo. L'ap sòti depi Pòtay Benjamen an rive nan pòtay Kwen an, kote premye pòtay la te ye a, depi Fò Annanyèl rive nan moulen rezen wa a. Moun va rete la nan lavil la, malè p'ap tonbe sou yo. Y'a viv ak kè poze lavil Jerizalèm. Senyè a pral voye yon gwo maladi sou tout nasyon ki te fè lagè ak Jerizalèm. Y'ap rete kanpe sou de pye yo, epi tout vyann kò yo ap pouri. Grenn je yo pral pouri nan tèt yo, lang yo ap pouri nan bouch yo. Jou sa a, Senyè a pral fè yo pèdi tèt yo pran kouri. Yo pral tonbe yonn sou lòt, yonn pral touye lòt. Sòlda peyi Jida yo pral goumen tou pou defann lavil Jerizalèm, yo pral ranmase dènye richès moun lòt nasyon ki sou fontyè yo: lò, ajan ak rad an kantite. Menm maladi a pral tonbe tou sou chwal, milèt, chamo, bourik, sou tout bèt ki te nan kan lènmi yo. Nan moun lòt nasyon ki t'ap fè lagè ak lavil Jerizalèm yo, genyen ki va chape, ki p'ap mouri. Moun sa yo va moute chak lanne lavil Jerizalèm pou yo adore Senyè ki gen tout pouvwa a, Wa a. Y'a fete fèt Tant yo. Si yon nasyon va derefize moute lavil Jerizalèm pou yo adore Senyè ki gen tout pouvwa a, Wa a, yon ti degout lapli p'ap tonbe nan peyi yo a menm. Si moun peyi Lejip yo derefize moute al fete fèt la, menm maladi Senyè a te voye sou moun ki derefize moute yo va tonbe sou yo tou. Se chatiman sa a ki pral tonbe sou peyi Lejip ansanm ak tout lòt nasyon ki va derefize moute pou fete fèt Tant yo. Senyè a pral sanble tout nasyon yo pou y'al fè lagè ak lavil Jerizalèm. Y'ap pran lavil la, y'ap piye tout kay yo, y'ap fè kadejak sou medam yo. Yo pral depòte mwatye nan moun yo. Men, rès pèp la ap rete nan lavil la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Malachi 4:1

Gade! Jou a ap vini: Pral fè cho anpil tankou nan yon fou. Tout awogan yo ansanm ak tout mechan yo pral boule tankou pay chèch. Se Senyè a menm ki di sa. Wi, jou sa a, y'ap boule nèt san kite tras.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Malachi 4:5-6

Jou m lan pral yon gwo jou, yon jou ki pral fè moun tranble. Men, anvan li rive, mwen gen pou m voye pwofèt Eli. Li gen pou li fè papa ak pitit rebyen ankò. Si se pa sa, m'ap vini, m'ap detwi peyi nou an nèt ale.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 13:40-43

Menm jan yo te rache move zèb yo pou jete yo nan dife a, se konsa tou sa pral rive, lè tout bagay va fini. Moun Bondye voye nan lachè a va voye zanj li yo pou yo wete tout moun k'ap fè lòt moun fè peche, ansanm ak moun k'ap fè sa ki mal. Y'a mete yo deyò nan Peyi kote l Wa a. Zanj yo va jete yo nan gwo founo k'ap boule a. Se la va gen rèl. Se la va gen manje dan. Men, lè sa a, moun ki te mache dwat devan Bondye yo va klere tankou solèy nan peyi Papa yo ki Wa a. Si nou gen zòrèy pou n tande, tande.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 13:49-50

Se konsa sa pral rive tou lè tout bagay va fini. Zanj Bondye yo va vini, y'ap mete mechan yo yon bò, moun ki fè sa ki byen yo yon bò. Yon pati grenn tonbe nan mitan wòch, kote ki pat gen anpil tè. Grenn sa yo leve byen vit, paske yo pat antre fon anba tè a. Y'a jete mechan yo nan gwo founo k'ap boule a. Se la va gen rèl. Se la va gen manje dan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 24:6-8

Nou pral tande lagè ap fèt toupre nou, ansanm ak nouvèl lagè k'ap fèt byen lwen. Koute sa m'ap di nou byen: nou pa bezwen pè. Paske, fòk bagay sa yo rive. Men, se p'ap ankò lafen an sa. Yon pèp pral leve goumen ak yon lòt pèp. Yon peyi va atake yon lòt peyi. Va gen anpil grangou, va gen tranblemanntè divès kote. Tou sa, se va tankou tranche anvan akouchman.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 24:21-22

Paske lè sa a, va gen yon gwo lafliksyon moun poko janm wè depi nan konmansman lè Bondye t'ap kreye latè a jouk jòdi a. P'ap janm gen yon lòt tankou l ankò. Si yo pat wete kèk jou sou jou sa yo, pèsonn pa ta sove. Men, y'a wete sou jou sa yo poutèt moun Bondye chwazi yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 24:29-31

— Kou jou lafliksyon sa yo fin pase, solèy la p'ap klere ankò, lalin lan p'ap bay limyè l ankò, zetwal yo va sòti tonbe nan syèl la. Pouvwa yo ki nan syèl la va pran tranble. Jezi te chita sou mòn Olivye yo. Disip li yo te poukont yo ak li. Yo pwoche bò kote li, yo mande li: — Di nou non kilè sa va rive? Di nou ki siy ki va fè nou konnen lè w'ap vini an, lè tan sa a va fini nèt? Lè sa a, n'a wè siy nan syèl la k'ap fè nou konnen Moun Bondye voye nan lachè a ap tounen. Lè sa a, tout nasyon ki sou latè va pran kriye. Y'a wè Moun Bondye voye nan lachè a ap vini anwo nyaj yo nan syèl la, avèk pouvwa, nan mitan yon bann bèl bagay. Gwo klewon an va sonnen, l'a voye zanj li yo nan kat kwen latè pou sanble tout moun Bondye te chwazi yo, depi yon bout nan syèl la jouk nan lòt bout la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 24:35-36

Syèl la ak tout tè a va pase, men pawòl mwen p'ap janm pase. — Men, pèsonn pa konnen ni ki jou, ni ki lè sa va rive, pa menm zanj yo ki nan syèl la, pa menm Pitit la. Sèl Papa a konn sa.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 24:42

— Se poutèt sa, pa kite dòmi pran nou, paske nou pa konnen ki jou Mèt nou va vini.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 24:44

Se pou sa tou, nou menm se pou nou toujou pare, paske Moun Bondye voye nan lachè a ap vini lè nou pa ta kwè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 25:31-32

— Lè Moun Bondye voye nan lachè a va vini nan tout bèl pouvwa li ak tout zanj li yo, l'a chita sou fòtèy li ak tout bèl pouvwa li. Tout nasyon ki sou latè va sanble devan li. Lè sa a, l'a separe yo fè de gwoup, menm jan moun k'ap gade mouton mete mouton yon bò, kabrit yon bò.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 25:46

Apre sa, l'ap voye yo resevwa chatiman ki p'ap janm fini an. Men, pou moun ki te fè byen yo, y'ap antre nan lavi ki p'ap janm fini an.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 28:20

Moutre yo pou yo obsève tou sa mwen te ban nou lòd fè. Chonje sa byen: mwen la avèk nou toulejou, jouk sa kaba.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Mak 13:7-8

Lè n'a tande lagè ap fèt toupre nou, ansanm ak nouvèl lagè k'ap fèt byen lwen, nou pa bezwen pè. Fòk bagay sa yo rive. Men, se p'ap ankò lafen an sa. Yon pèp va goumen ak yon lòt pèp. Yon peyi va atake yon lòt peyi. Va gen tranblemanntè divès kote. Va gen anpil grangou. Tou sa, se va tankou tranche anvan akouchman.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Mak 13:10

Anvan sa, fòk yo anonse Bòn Nouvèl la bay tout nasyon yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Mak 13:24-27

Men nan tan sa a, apre jou lafliksyon sa yo, solèy la p'ap klere ankò, lalin lan p'ap bay limyè. Zetwal yo va sot tonbe nan syèl la, pouvwa yo ki nan syèl la va tranble. Lè sa a, y'a wè m, mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, ap vini sou tèt nyaj yo, avèk anpil pouvwa nan mitan yon bann bèl bagay. M'a voye zanj mwen yo nan kat kwen latè a pou sanble tout moun Bondye te chwazi yo, depi yon bout tè a jouk nan lòt bout syèl la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Mak 13:32-33

Pèsonn pa konnen ni ki jou ni ki lè bagay sa yo ap rive, pa menm zanj yo ki nan syèl la, pa menm Pitit la. Sèl Papa a konn sa. Kenbe kò nou. Pa kite dòmi pran nou. Paske nou pa konnen ki lè lè a va rive.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 17:26-30

Sa ki te rive nan tan Noye a se sa k'ap rive tou lè jou a va rive pou Moun Bondye voye nan lachè a vini. Moun t'ap manje, yo t'ap bwè, moun t'ap marye, yo t'ap marye pitit fi yo. Se konsa tout bagay te ye, jouk jou Noye te antre nan gwo batiman an. Lè inondasyon an fèt, li touye yo tout. Sa ki te rive nan tan Lòt la va rive menm jan an tou. Moun t'ap manje, yo t'ap bwè, yo t'ap achte, yo t'ap plante, yo t'ap bati. Men, jou Lòt soti kite lavil Sodòm lan, dife grennen kou lapli sot nan syèl la tonbe sou yo. Yo tout peri. Veye kò nou byen. — Si frè ou tonbe nan peche, rale zòrèy li. Si l chanje konpòtman li, padonnen li. Se va menm jan an tou lè jou a va rive pou Moun Bondye voye nan lachè a parèt.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 21:25-27

— Gen siy ki pou parèt nan solèy, nan lalin ak nan zetwal yo. Sou latè menm, tout pèp yo pral pran tranble, yo p'ap konn sa pou yo fè devan gwo bri lanmè a ap fè ak lanm li yo. Gen moun k'ap mouri tèlman y'ap pè lè y'a chonje malè ki pral rive sou tout latè, paske pouvwa ki nan syèl yo va tranble. Lè sa a, y'a wè m, mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, ap vini nan yon nyaj, avèk anpil pouvwa, nan mitan yon bann bèl bagay.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 21:33-36

Syèl la ak tout tè a va pase, men pawòl mwen yo p'ap janm pase. — Pran prekosyon nou, pa kite banbòch, bweson ak traka lavi sa a chaje tèt nou pou jou a pa rive sou nou lè n pa ta kwè. Paske, jou sa a ap tonbe tankou yon privye sou tout moun ki rete sou latè. Pa kite dòmi pran nou, lapriyè tout tan. Konsa n'a gen fòs pou n chape anba tou sa ki gen pou rive, pou n ka kanpe dwat devan Moun Bondye voye nan lachè a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jan 5:28-29

Nou pa bezwen sezi. Lè a pral rive: tout mò ki nan tonm yo pral tande vwa li, yo pral leve sòti vivan nan tonm yo. Moun ki fè sa ki byen pral leve pou resevwa lavi ki p'ap janm fini an. Men, tout moun ki fè sa ki mal pral leve pou resevwa kondannasyon yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jan 6:39-40

Men sa moun ki voye m lan vle: li vle pou m pa pèdi yonn nan moun li ban mwen yo, men pou m fè yo leve sòti vivan nan lanmò nan dènye jou a. Jou fèt Pak jwif yo te vanse rive. Men sa Papa m vle: Tout moun ki wè Pitit la, ki kwè nan li, se pou yo gen lavi ki p'ap janm fini an. Mwen gen pou m fè yo leve sòti vivan nan lanmò nan dènye jou a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jan 12:48

Men, moun ki refize kwè nan mwen, ki pa asepte pawòl mwen yo, li jwenn ak sa k'ap kondannen l lan: Pawòl mwen te di yo, se yo menm k'ap kondannen l lè dènye jou a va rive.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Travay 1:11

Dezòm yo di: — Nou menm, moun Galile, poukisa je nou rete kole nan syèl la konsa? Jezi sa a ki te fèk la nan mitan nou ki moute nan syèl la, li gen pou li retounen ankò menm jan nou wè li moute a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Travay 2:19-20

Mwen pral fè mèvèy parèt anwo nan syèl la, mwen pral fè mirak anba sou latè! Va gen san, dife ak gwo nyaj lafimen. Yo rete konsa, epi yon sèl bri sot nan syèl la tankou yon gwo van k'ap soufle. Li plen tout kay kote yo te chita a. Solèy la pral vin tou nwa. Lalin lan pral vin wouj kou san, anvan jou Mèt la rive. Se va yon gwo jou, yon bèl jou tou!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Travay 3:19-21

Chanje lavi nou, tounen vin jwenn Bondye pou l ka efase peche nou yo. Bò Bèl Pòt la (se konsa yo te rele yon pòt nan tanp lan), te gen yon nonm ki te enfim depi l te fèt. Chak jou yo te pote l bò Bèl Pòt la pou l te kapab mande moun k'ap antre nan tanp lan lacharite. Lè sa a, Bondye va fè nou jwenn yon rafrechi pou nanm nou devan li, l'a voye Jezikri, moun li te chwazi davans pou nou an. Pou kounyeya, Jezi gen pou l rete nan syèl la jouk lè Bondye va vini pou mete tout bagay nan plas yo ankò, jan l te fè nou konnen l lan nan bouch pwofèt li yo depi nan tan lontan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Travay 17:30-31

Men, Bondye fèmen je l sou tout tan sa yo moun pase nan linyorans. Kounyeya li rele yo tout, kote yo ye, pou yo tounen vin jwenn li. Se konsa tou, li fikse yon jou lè li gen pou l jije tout moun san patipri: li chwazi yon nonm pou sa. Li bay tout moun prèv la lè l fè nonm sa a leve sòti vivan nan lanmò.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 2:5

Men, w'ap fè tèt di. Ou pa sòti pou chanje lavi ou. Se poutèt sa, w'ap pare yon pi gwo chatiman mete la tann ou pou jou Bondye va fè wè kòlè li ansanm ak jijman li k'ap fèt san patipri.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 8:18-19

Pou mwen, nou pa ka konpare sa n'ap soufri kounyeya ak bèl bagay Bondye pral fè nou wè yo. Tout kreyasyon an ap tann konsa kilè Bondye ap fè pitit li yo parèt.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 8:21-23

yon lè la delivre anba esklavaj pouvwa k'ap gate l la, pou l ka jwi bèl libète pitit Bondye yo. Wi, nou konn sa: jouk jòdi a, tout kreyasyon an ap plenn, l'ap soufri tankou yon fanm ki gen doulè tranche. Epi se pa li menm sèlman non. Nou menm tou ki resevwa Sentespri Bondye a kòm avalwa Bondye ban nou, n'ap bay gwo soupi pandan n'ap tann Bondye fin fè nou tounen pitit li nèt pou li delivre nou nèt.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 7:29-31

Frè m yo, men sa m vle di: Pa gen anpil tan ki rete ankò. Depi kounyeya, se pou moun marye yo viv tankou si yo pat marye. Se pou gason an fè tout devwa yon mari dwe fè anvè madanm li. Konsa tou, se pou fanm lan fè tout devwa yon madanm dwe fè anvè mari li. Se pou moun k'ap kriye yo viv tankou moun ki pa gen lapenn. Moun ki gen kè kontan yo, se pou yo viv tankou moun ki pa gen kè kontan. Se pou moun k'ap achte yo viv tankou si sa yo achte a pat pou yo. Moun ki rich sou latè, se pou yo viv tankou moun ki pa gen anyen. Paske, jan sa ye kounyeya nan lemonn, sa pa la pou lontan ankò.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 15:22-24

Menm jan tout moun gen pou mouri paske yo fè yonn ak Adan, konsa tou, tout moun ki fè yonn ak Kris la ap gen lavi ankò. Men, chak moun va leve sòti nan lanmò nan tan pa yo: Kris la an premye anvan tout moun, apre sa, moun ki pou Kris la, se va tou pa yo pou yo leve sòti vivan lè Kris la va tounen ankò. Apre sa, se va lafen. Lè sa a, Kris la menm pral kraze tout chèf, tout otorite ak tout pouvwa. Lè l fini, l'ap renmèt gouvènman peyi kote li wa a nan men Bondye Papa a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 15:51-52

M'ap devwale nou yon sekrè: Se pa nou tout k'ap gentan mouri. Men, nou tout nou gen pou n chanje fòm nan yon ti kadè, anvan nou bat je nou, lè dènye kout klewon an va kònen. Paske, lè klewon an va kònen, moun ki te mouri deja yo va leve sòti vivan pou yo pa janm mouri ankò. Apre sa, nou tout nou va chanje fòm.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 16:22

Si yon moun pa renmen Senyè a, madichon pou li. Senyè nou, vini non!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Korent 5:10

Paske, nou tout, nou gen pou nou parèt aklè devan tribinal Kris la. Lè sa a, chak moun va resevwa dapre sa li te fè antan li te nan kò sa a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Filipyen 1:6

Mwen sèten Bondye ki te konmanse bon travay sa a nan nou, li gen pou l kontinye l jouk li va fini l nèt, lè jou Jezikri a va rive.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Filipyen 3:20-21

Men nou menm, nou se sitwayen syèl la. N'ap tann Sovè nou, Jezikri Senyè nou k'ap sot nan syèl la. Se li menm k'ap pran pouvwa li genyen pou soumèt tout bagay anba men l lan, l'ap chanje vye kò tou fèb nou yo pou l fè yo tounen tankou kò pa l la ki gen bèl pouvwa.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Kolosyen 3:4

Se Kris la ki lavi nou tout bon. Lè la parèt, nou menm tou n'a parèt ansanm avè l nan tout bèl pouvwa li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Tesalonisyen 4:15-17

Dapre sa Senyè a te moutre m lan, men sa m'ap di nou: Nou menm k'ap vivan toujou lè Senyè a va vini an, nou p'ap pran devan moun ki mouri deja yo. Lè sa a, n'a tande yon gwo lòd pase, n'a tande vwa chèf zanj lan ansanm ak kout klewon Bondye a: epi Senyè a menm va desann sot nan syèl la. Moun ki te mete konfyans yo nan Kris la lè yo te mouri, se yo ki va leve sòti vivan an premye. Apre sa, nou menm ki va vivan toujou lè sa a, y'ap vin pran nou, nou menm ansanm ak moun ki sòti vivan nan lanmò yo, y'ap mete nou sou nyaj yo pou n'al kontre Senyè a anwo a. Konsa, nou tout n'ap toujou ansanm ak Senyè a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Tesalonisyen 5:1-3

Frè m yo, mwen pa bezwen ekri nou pou m fè nou konnen ni ki lè, ni ki jou bagay sa yo gen pou rive. Jezi te mouri pou n te ka viv ansanm ak li. Konsa, kit nou mouri deja, kit nou vivan toujou lè l'a vini an, nou tout n'ap toujou ansanm ak li. Se poutèt sa, annou yonn ankouraje lòt, yonn ede lòt, jan nou deja ap fè l la. Frè m yo, m'ap mande nou pou nou gen anpil respè pou moun k'ap travay nan mitan nou yo, moun Senyè a chwazi pou dirije nou, pou ankouraje nou. Se pou nou gen anpil konsiderasyon pou yo, se pou nou renmen yo poutèt travay y'ap fè a. Se pou nou viv byen ak kè poze yonn ak lòt. M'ap mande nou tou, frè m yo, pou nou rele dèyè moun k'ap fè parese yo. Ankouraje sa ki yon ti jan frèt yo, ede sa ki fèb yo. Se pou nou pran pasyans ak tout moun. Pa kite pèsonn rann mal pou mal. Okontrè, toujou chache fè sa ki byen yonn pou lòt ak sa ki byen pou tout moun. Se pou kè nou toujou kontan. Pa janm sispann lapriyè. Di Bondye mèsi pou tout bagay. Se sa Bondye mande nou, nou menm ki mete konfyans nou nan Jezikri. Pa antrave travay Sentespri a. Nou menm nou konn sa byen: Jou Senyè a gen pou l vin sou nou tankou yon vòlò k'ap vin nan mitan lannwit. Pa meprize pawòl moun k'ap bay mesay ki sòti nan Bondye. Egzaminen tout bagay byen, kenbe sa ki bon. Egzante tou sa ki mal. Mwen mande Bondye ki bay kè poze a pou l fè nou favè pou nou viv pou li nèt ale. Konsa, lè Jezikri, Senyè nou an, va vini, li p'ap jwenn nou ak okenn defo, ni nan kò nou, ni nan lespri nou ni nan nanm nou. Bondye ki rele nou an va fè sa pou nou, paske li toujou kenbe pawòl li. Frè m yo, lapriyè pou mwen tou. Di tout frè yo bonjou, bo yo pou mwen tankou moun k'ap viv pou Bondye konn fè l la. Tanpri souple, nan non Senyè a, li lèt sa a bay tout frè yo. Se pou benediksyon Jezikri, Senyè nou an, toujou la avèk nou. Lè n'ap tande moun ap di: Gen lapè toupatou, tout bagay byen sou kontwòl, se lè sa a, san nou pa atann, n'ap wè kòlè Bondye a tonbe sou yo pou detwi yo. Se tankou lè doulè tranche sezi yon fanm ansent. P'ap gen chape pou yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Tesalonisyen 5:9

Paske, Bondye pat chwazi nou pou nou te tonbe anba kòlè li, men pou n te ka delivre, gremesi Jezikri, Senyè nou an.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Tesalonisyen 2:1-4

Ann konsidere lè Jezikri, Senyè nou an, va parèt pou l sanble nou ansanm bò kote li. Frè m yo, men sa m'ap mande nou: Li va fè tout kalite bagay mal pou twonpe moun k'ap pèdi tèt yo. Y'ap pèdi tèt yo paske yo pa asepte verite ki pou ta sove yo a, yo pa renmen li. Se poutèt sa, Bondye ap voye yon pouvwa k'ap travay pou egare yo pi rèd, pou yo sa kwè nan manti. Konsa, tout moun ki p'ap kwè nan verite a, ki te pran plezi yo nan fè lenjistis, yo tout pral kondannen. Se yon devwa pou mwen pou m pa janm sispann di Bondye mèsi pou nou, frè m yo, nou menm Senyè a renmen. Paske, Bondye chwazi nou pou nou ka premye moun ki pou delivre, gremesi pouvwa Sentespri ki fè nou tounen moun pa l, paske nou kwè nan verite a. Gremesi bòn nouvèl mwen te anonse nou an, Bondye chwazi nou pou nou ka resevwa pa nou nan lwanj ki pou Jezikri, Senyè nou an. Se sa ki fè, frè m yo, se pou nou kenbe fèm. Pa bliye tou sa nou te aprann nan bouch mwen ak nan lèt mwen an. M'ap lapriyè Jezikri, Senyè nou an, ansanm ak Bondye, Papa nou ki renmen nou, ki fè nou favè, ki ban nou yon kouray ki p'ap janm febli ansanm ak yon bèl espwa. M'ap mande yo pou yo fòtifye kè nou, pou yo ban nou fòs kouray pou nou fè tou sa ki byen, pou nou di tou sa ki byen. Pa bay moun jwen pou jwe nan lòlòj nou jan yo vle. Ni pa kite yo fè nou pèdi tèt nou ak okenn mesaj ki ta swadizan soti nan Bondye. Ni tou, pa kwè nan okenn bèl diskou, ni okenn lèt mwen ta swadizan ekri nou. Tou sa, kòmkidire jou Senyè a rive deja! Pa kite moun woule nou okenn jan. Paske, anvan jou sa a rive, ap gen yon dènye leve kanpe jeneral k'ap fèt kont Bondye. Nou gen pou nou wè Mechanste a anpèsonn ki deja kondannen pou disparèt la vini anvan. Mechan an ap kanpe. L'ap pran pozisyon kont tout bagay lèzòm ap sèvi ak tout bagay lèzòm konsidere kòm bondye. Mechan an ap fofile toupatou, jouk l'a rive antre nan Tanp Bondye a. L'a chita, l'a fè tèt li pase pou Bondye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Tesalonisyen 2:8

Lè sa a, mechan an va parèt. Senyè Jezi va soufle ak bouch li sou li, l'a touye li. L'ap annik parèt nan tout pouvwa li pou l fini nèt ak li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Timote 6:14-15

Swiv kòmandman mwen ba ou a, pa chanje anyen ladan l pou yo pa jwenn anyen pou repwoche ou lè Jezikri, Senyè nou an, va parèt. Lè lè a va rive, Bondye va fè nou wè l. Se li menm ki sèl otorite, se pou li sèl nou dwe fè lwanj. Li wa tout wa, li chèf tout chèf.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Timote 4:1

Men sa m'ap mande ou, devan Bondye ak devan Jezikri ki gen pou vini tankou yon wa pou jije tout moun, ni sa ki vivan ni sa ki mouri:

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Tit 2:13

Se konsa li moutre nou pou nou viv pandan n'ap tann benediksyon li te pwomèt nou yo, lè bèl pouvwa Jezikri, Bondye nou ak Delivrans nou, va parèt.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 1:10-12

Yon lòt fwa, li di ankò: Se ou menm, Mèt la, Bondyeki te kreye latè nan konmansman. Se avèk men ou ou te fè syèl la. Yo gen pou yo disparèt, men ou menm w'ap toujou la. Yo gen pou yo fini tankou rad. W'ap vlope yo tankou yon chemiz mete la. W'ap chanje yo tankou rad. Men ou menm, ou p'ap janm chanje, ou p'ap janm mouri.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 9:26-28

Si se pat sa, li ta blije soufri plizyè fwa tou depi lè Bondye te kreye tout bagay. Men, kounyeya, lè tout bagay prèt pou fini, li parèt yon sèl fwa, li bay tèt li tankou bèt yo ofri pou wete tout peche, epi li fini. Tout moun gen pou mouri yon sèl fwa, apre sa, Bondye gen pou jije yo. Konsa tou, Kris la ofri tèt li pou li mouri yon sèl fwa pou wete peche anpil moun. Li gen pou l tounen yon dezyèm fwa. Men, lè sa a, se p'ap pou wete peche nou, se va pou delivre tout moun k'ap tann li yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 10:37

Paske, men sa ki ekri nan Liv la: Nan yon ti tan ankò, sa p'ap pran lontan, Moun ki gen pou vini an ap vini, Li p'ap pran reta.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 12:26-27

Nan tan lontan, lè Bondye te pale, tè a te tranble. Men, kounyeya, li fè nou pwomès sa a: Yon lòt fwa, se pa latè a ase m'ap fè tranble. M'ap fè syèl la tranble tou. Lè li di yon lòt fwa, li fè konprann lè sa a se tout bagay Bondye kreye yo ki pral tranble. Yo pral disparèt. Konsa se bagay ki byen fèm yo k'ap rete.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jak 5:7-8

Se poutèt sa, frè m yo, annou pran pasyans jouk jou Senyè a va vini. Gade jan kiltivatè a gen pasyans. Li gen pou l rete tann anvan pou tè a ba li yon bèl rekòt. Li pran pasyans, li rete tann lapli premye sezon an jouk lapli dènye sezon an. Nou menm tou, pran pasyans, bay kò nou kouraj. Paske Mèt la pa lontan vini.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jak 5:9

Frè m yo, pa plenyen yonn sou do lòt pou nou pa tonbe anba jijman Bondye. Men jij la la nan papòt la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Pyè 1:5

Paske nou menm nou gen konfyans nan li, Bondye ap pwoteje nou ak pouvwa li jouk l'a delivre nou jan sa pral parèt aklè nan dènye tan an.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Pyè 4:17

Paske, dat la rive pou jijman Bondye a konmanse. L'ap konmanse ak moun ki nan kay Bondye a anvan. Si li konmanse ak nou, nou pa bezwen mande sa k pral rive moun sa yo ki pa koute bòn nouvèl Bondye a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Pyè 3:3-4

Anvan tout bagay se pou nou konprann sa byen: lè dènye jou yo va rive, gen moun ki pou parèt k apral pase bagay Bondye yo anba rizib. Se moun k'ap viv dapre tout vye lanvi yo genyen. Y'a di: Kote pwomès li te fè nou an? Li pa te di li t'ap vini! Depi sou tan zansèt nou yo jouk jodi a, tout bagay rete menm jan an depi latè fin kreye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Pyè 3:7

Dapre menm pawòl Bondye a, syèl la ak tè a ki la kounyeya ap tann dife a. Yo la ap tann jou jijman an, lè tout mechan yo va disparèt.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Pyè 3:12-13

Konsa, pandan n'ap tann jou Bondye a, jou ki gen pou rive a, ann fè sa nou kapab pou nou fè l rive pi vit toujou. Jou sa a, syèl la pral disparèt nan gwo flanm dife. Tout bagay pral fonn nan dife. Men nou menm, n'ap tann lòt syèl ak lòt tè Bondye te pwomèt la, kote se bagay ki dwat devan Bondye ase k'ap fèt.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Jan 2:17

Se pase lemonn ap pase, ansanm ak tou sa moun jwenn ladan l yo ta vle genyen. Men, moun ki fè sa Bondye vle, y'ap viv pou tout tan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Jan 2:28

Wi, pitit mwen yo, ann toujou fè yonn ak Kris la. Konsa, lè Kris la va parèt, n'a gen konfyans. Wi, jou l'a vini an, nou p'ap wont devan l, yo p'ap kapab voye nou jete byen lwen li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jid 1:14-15

Depi lontan, Enòk, ki te vin sèt jenerasyon apre Adan, te pale sou yo, lè l te di: Koute. Men Bondye ap vini ak tout lame moun pa li yo. L'ap jije tout moun. L'ap kondannen tout mechan yo pou tout move bagay yo te fè kont Bondye. Moun sa yo ki te san respè pou Bondye, l'ap kondannen yo pou tout move pawòl yo te di sou li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Revelasyon 1:7

Gade. Men Kris la ap vini sou tèt nyaj yo! Tout moun pral wè l, menm moun ki te pèse l yo. Tout pèp sou latè pral kriye lè y'a wè li. Wi, se konsa sa pral pase. Amèn.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Revelasyon 3:10

Menm jan ou te kenbe lòd mwen te ba ou lè m te mande ou pou te pran pasyans lan, konsa tou, m'a kenbe ou, m'a pwoteje ou nan malè ki pral vin sou tout latè a. Se va yon gwo eprèv pou tout moun ki sou latè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Revelasyon 6:12-14

Apre sa, mwen wè ti Mouton an kase sizyèm sele a. Lè sa a, yon gwo tranblemanntè fèt, solèy la vin tou nwa, tankou yon gwo moso twal nwa byen pwès. Lalin lan menm te vin tou wouj tankou san. Zetwal yo menm t'ap soti nan syèl la tonbe sou latè tankou mango vèt lè gwo van soufle. Syèl la disparèt nèt tankou yon woulo papye yo vlope. Yo rache tout mòn yo ak tout zile yo, yo mete yo yon lòt kote.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Revelasyon 6:17

Paske, gwo jou kòlè a rive. Ki moun ki ka kenbe tèt avèk li?

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Revelasyon 11:15

Apre sa, setyèm zanj lan kònen klewon l lan. Mwen tande vwa yon bann moun ki t'ap pale byen fò nan syèl la. Yo t'ap di: — Pouvwa pou gouvènen sou latè a, kounyeya se nan men Mèt nou an ak nan men Kris li a sa ye. L'ap gouvènen pou tout tan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Revelasyon 14:14-16

Apre sa, mwen gade ankò, mwen wè yon nyaj tou blan. Yon moun ki sanble ak yon gason te chita anwo nyaj la. Li te gen yon kouwòn lò sou tèt li ak yon kouto digo byen file nan men li. Yon lòt zanj sòti nan tanp lan, li pran pale ak moun ki te chita sou tèt nyaj la. Li di l byen fò: — Pran kouto digo ou la, sèvi avè l pou ranmase rekòt la. Paske, sezon rekòt la rive. Latè pare pou rekòt la. Lè sa a, moun ki te chita anwo nyaj la pase kouto digo l la sou latè. Menm lè a, tout rekòt la fèt sou latè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Revelasyon 16:15

Koute, m'ap vini tankou yon vòlè. Benediksyon pou moun ki pa kite dòmi pran yo, ki kenbe tout rad yo sou yo pou yo pa mache toutouni, pou yo pa wont moun wè yo konsa!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Revelasyon 19:11-16

Apre sa, mwen wè syèl la louvri, epi o! yon chwal blan parèt. Yo te rele moun ki sou li a: Nonm serye ki pa nan bay manti. L'ap jije, l'ap mennen batay la jan sa dwe fèt. Je l yo klere tankou flanm dife. Li te gen yon bann kouwòn sou tèt li. Li te gen yon non ekri. Se li menm sèl ki te konnen non sa a, pèsonn dòt pat konnen li. Li te gen yon rad benyen nan san. Yo rele l pawòl Bondye. Lame ki nan syèl la t'ap swiv li. Yo tout te moute sou chwal blan, yo te abiye ak bèl rad twal fen, byen klere, byen pwòp. Yon nepe byen file t'ap sòti nan bouch kavalye a. Se ak nepe sa a li t'ap frape nasyon yo. Li t'ap mennen yo ak yon baton fè. Li t'ap kraze rezen yo nan moulen diven gwo kòlè Bondye ki gen tout pouvwa a. Sou rad li ak sou janm li, yo te ekri non sa a: Wadèwa, Chèf tout chèf.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Revelasyon 19:19-21

Apre sa, mwen wè bèt la ansanm ak wa latè yo ak tout lame pa yo. Yo te sanble pou yo te ka goumen kont moun ki te moute sou chwal la ak tout lame pa l la. Li jije dapre laverite san patipri. Li kondannen gwo jennès ki t'ap pèvèti latè ak imoralite l la. Li pini l byen pini, paske li te mete san sèvitè Bondye yo deyò, li te touye yo. Yo fè bèt la prizonye ansanm ak fo pwofèt ki te fè anpil mirak devan l lan. Se avèk mirak sa yo li te rive twonpe moun ki te resevwa mak bèt la, ki t'ap adore estati l la. Yo jete bèt la ak fo pwofèt la tou vivan nan gwo letan dife kote y'ap boule souf la. Nepe ki t'ap sòti nan bouch moun ki te moute sou chwal la te touye tout lòt yo. Tout zwazo yo te manje vyann plen vant yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Revelasyon 20:11-15

Apre sa, mwen wè yon gwo fòtèy blan ak moun ki te chita sou li a. Syèl la ak tè a pran kouri devan l, yo disparèt nèt ale. Apre sa, mwen wè tout moun ki te mouri yo, gran kou piti, kanpe devan fòtèy la. Yo louvri yon bann liv. Apre sa, yo louvri liv ki gen non moun ki gen lavi yo. Yo jije tout moun mouri yo dapre sa yo te fè, dapre sa ki te ekri nan liv yo. Lanmè a renmèt tout moun mouri ki te nan fon li. Lanmò ak kote mò yo ye a renmèt tout mò ki te nan men yo. Yo jije tout mò sa yo dapre sa yo te fè. Apre sa, yo jete lanmò ansanm ak kote mò yo ye a nan letan dife a. (Letan dife sa a, se li menm ki dezyèm lanmò a.) Tout moun ki pat gen non yo ekri nan liv ki gen non moun ki gen lavi a, yo jete yo nan letan dife a tou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Revelasyon 21:1

Apre sa, mwen wè yon lòt syèl ak yon lòt latè. Premye syèl la ak premye latè a te disparèt. Pat gen okenn lanmè ankò.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Revelasyon 21:4

Li gen pou l cheche tout dlo nan je yo. P'ap gen lanmò ankò, yo p'ap nan lapenn ankò, yo p'ap janm plenyen ankò, yo p'ap janm soufri ankò. Tout vye bagay sa yo pral disparèt.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Revelasyon 22:12-13

Jezi di: — Koute, m'ap vin talè konsa. M'ap pote rekonpans m'ap bay la avè m, pou m bay chak moun sa yo merite dapre sa yo fè. Se mwen menm ki depi A jiska Z. Se mwen menm ki depi premye jiska dènye. Se mwen menm ki konmansman ak finisman.

Chapit   |  Vèsyon Kopi

Lapriyè bay Bondye

Mèsi, Bondye, paske ou se gerisè mwen, ou se moun ki pran swen mwen, ou se pwotektè mwen. Se ou menm ki goumen batay mwen yo, se ou ki mennen mwen de glwa an glwa. Nan non Jezi, mwen mande w jodi a pou voye yon pawòl pwofetik sou lavi mwen pou m ka kraze devan w epi pou lanmou w ka rebati mwen. Papa, kounye a, nan non Jezikri, mwen deklare okenn pawòl ou te ban mwen p ap tonbe atè. Mwen abiye ak zam Bondye yo, mwen reziste tout fòs ki pa vle wè pawòl Bondye a manifeste nan lavi mwen. Kounye a, tout riz ak tout manti tonbe. Mwen deklare mwen plis ke venkè, mwen beni, mwen nan viktwa. Mwen mare epi mwen fèmen bouch tout move lespri k ap chache detwi travay Bondye nan lavi mwen ak nan fanmi mwen. Pawòl ou di: "Bondye pa yon moun pou l bay manti, ni li pa yon pitit lòm pou l chanje lide. Si l di yon bagay, èske l p ap fè l? Si l pwomèt yon bagay, èske l p ap kenbe pawòl li?" Mwen fèmen bouch tout dout, Satan pa gen pouvwa ni nan tèt mwen ni nan kè mwen. Mwen deklare m ap temwanye bonte Bondye nan lavi mwen nan non Jezikri, epi m ap gen viktwa sou tout batay mwen yo ane sa a, nan non Jezikri. Amèn.
Swiv nou:

Piblisite


Piblisite