Ou konnen, obeyi Bondye enpòtan anpil. Li mande nou pou nou obeyi l. Menm jan Jezi di nan Jan 14:15 la: "Si nou renmen m, n ap obeyi kòmandman m yo."
Lè w obeyi Bondye, se yon fason pou w montre l ou renmen l. Epi lè w obeyi, benediksyon ap vini pou ou. Tankou yon paran ki kontan bay pitit li kado lè li obeyi, se menm jan an tou Bondye ap beni w lè w obeyi l.
Yon papa oswa yon manman kontan anpil lè pitit li obeyi l. Se yon bèl santiman. Ebyen, Bondye, Papa nou ki nan syèl la, li santi menm jan an tou lè nou obeyi l. Sa fè l plezi.
Mwen ankouraje w pou w pran tan medite sou lòt vèsè nan Bib la ki pale sou enpòtans obeyisans devan Bondye.
Pa fè menm bagay ak sa moun ap fè sou latè. Men, kite Bondye chanje lavi nou nèt lè l'a fin chanje tout lide ki nan tèt nou. Lè sa a, n'a ka konprann sa Bondye vle, n'a konnen sa ki byen, sa ki fè l plezi, sa ki bon nèt ale.
Mete tout konfyans ou nan Senyè a. Pa gade sou sa ou konnen.Toujou chonje Senyè a nan tou sa w'ap fè. Li menm, la moutre ou chemen pou ou pran.
Se ou menm ki Bondye mwen. Moutre m jan pou m fè sa ou vle m fè a. Jan ou gen bon kè, fè lespri ou mennen m nan chemen ki pa gen move pa.
Se sa ki fè, konnen ki jan pou n mennen tèt nou! Pa mennen tèt nou tankou moun ki sòt, men tankou moun ki gen konprann.Pa kite okenn okazyon pase pou fè sa ki byen. Paske, jou sa yo n'ap viv la a pa bon menm.Se poutèt sa, pran tèt nou byen, chache konnen sa Senyè a vle nou fè.
Se poutèt sa, nou pa janm sispann lapriyè pou nou depi jou nou vin konn sa. Nou mande Bondye pou li fè nou fin konn volonte li nèt, grasa lespri epi bon konprann Sentespri ban nou.
Si se nan Senyè a ou pran tout plezi ou, l'a ba ou tou sa ou ta renmen.Renmèt kòz ou nan men Senyè a! Mete konfyans ou nan li, l'a ede ou.
Se pou kè nou toujou kontan.Pa janm sispann lapriyè.Di Bondye mèsi pou tout bagay. Se sa Bondye mande nou, nou menm ki mete konfyans nou nan Jezikri.
Pawòl ou se yon chandèl ki fè m wè kote m'ap mete pye m, se yon limyè k'ap klere chemen mwen.
Men, nou bezwen pasyans pou nou ka fè sa Bondye vle, pou nou ka resevwa sa l te pwomèt la.
Si nou chankre sou bò dwat osinon sou bò gòch, n'a tande yon vwa nan do nou k'ap di nou: Men bon chemen an bò isit. Se la a pou ou pase!
Senyè, fè m konnen jan ou vle m viv la! Moutre m nan ki chemen ou vle pou m mache a!Moutre m sa pou m fè pou m viv yon jan ki konfòm ak verite ou la, paske se ou menm ki delivrans mwen. Se sou ou mwen konte tout jounen.
Yon moun te mèt fè tout kalite lide nan tèt li. Men, sa Senyè a vle a, se sa ki pou rive.
— Mande, y'a ban nou. Chache, n'a jwenn. Frape, y'a louvri pou nou.Paske, nenpòt moun ki mande va resevwa. Moun ki chache va jwenn. Y'a louvri pou moun ki frape.
Senyè, moutre m jan pou m swiv lòd ou yo, pou m obeyi yo jouk sa kaba.Ban m lespri pou m ka obeyi lalwa ou, pou m fè sa l mande a ak tout kè mwen.
Lè mwen di sa, eske sa vle di se favè moun m'ap chache? Non. Se favè Bondye m'ap chache. Eske se plezi m'ap chache fè lèzòm plezi? Si m t'ap chache fè lèzòm plezi, se pa Kris la mwen ta ap sèvi.
Se poutèt sa kè nou pa sote devan Bondye. Nou konnen l'ap koute nou si nou mande l kichòy ki dakò ak volonte li.Konsa, non sèlman nou konnen l'ap koute nou lè nou fè l yon demann, men nou konnen tou l'ap ban nou sa nou mande l la.
Lide pa m pa menm ak lide pa nou. Chemen pa nou pa menm ak chemen pa m. Se Senyè a menm ki di sa.Menm jan syèl la byen lwen anwo latè, se konsa lide pa m byen lwen anwo lide pa nou, chemen pa m byen lwen chemen pa nou.
Tansèlman, nou konn sa byen: nan tout bagay, Bondye ap travay pou byen tout moun ki renmen l, pou byen tout moun li te fè lide rele.
Pa bay kò nou traka pou anyen. Men, nan tout sikonstans mande Bondye tou sa nou bezwen nan lapriyè. Toujou chonje di l mèsi tou lè n'ap lapriyè.Konsa, Bondye va ban nou kè poze nan jan pa l, bagay lèzòm pa ka konprann. La kenbe kè nou ak lespri nou fèm nan Jezikri.
Ala bon sa bon pou moun ki kenbe prensip li yo, pou moun k'ap chache obeyi l ak tout kè yo!
Se tout tan Senyè a va moutre nou chemen pou nou pran, l'a rafrechi nanm nou nan tan chechrès. L'a ban nou fòs ak kouray. N'a tankou yon jaden ki byen wouze, tankou yon sous dlo ki pa janm chèch.
Tou sa n'ap fè, tou sa n'ap di, fè l nan non Senyè Jezi a, san nou pa janm bliye di Bondye mèsi nan li.
M'ap mande Bondye ki bay kè poze a pou l fè nou favè sa a, pou nou fè tou sa ki byen, pou n kapab fè volonte li. M'ap mande l tou pou l fè travay ki fè l plezi nan nou, gremesi Jezikri. Tout lwanj lan pou Jezikri pou tout tan tout tan. Amèn.
(9) Bondye mwen, mwen pran plezi m nan fè sa ou vle m fè. Wi, mwen kenbe lalwa ou nan fon kè m.
Moutre m sa ki byen, louvri lespri m, ban m konesans, paske mwen gen konfyans nan kòmandman ou yo.
Pito nou chache bay bagay peyi Wa ki nan syèl la premye plas nan lavi nou, chache viv jan Bondye vle l la anvan. Lè sa a, Bondye va ban nou tout lòt bagay sa yo tou.
Se pou li viv ti rès tan li gen pou l viv sou tè a dapre egzijans volonte Bondye, pa dapre egzijans lachè.
Se li menm, Bondye, ki fè tout bagay. Se gremesi li tout bagay la. Se pou li tout bagay ye. Lwanj pou Bondye tout tan tout tan! Amèn.
Bondye ap fè tout bagay rive jan l te deside l la ak jan l te vle l la. Konsa, nou menm jwif, nou se moun Bondye te chwazi depi davans dapre plan li. Lè n'ap viv ansanm nan Kris la, nou resevwa pòsyon pa nou nan byen l yo.
Nou pa bezwen pè. Mwen la avèk nou! Nou pa bezwen kite anyen ban nou kè sote. Se mwen menm ki Bondye nou. M'ap ban nou fòs, m'ap ede nou. M'ap soutni nou ak fòs ponyèt mwen ki pa janm pèdi batay.
Chache gen konesans, se premye bagay yon nonm lespri dwe fè. Nenpòt kisa ou ka genyen, bay li pou ou vin gen konprann.
Nou menm ki deja resisite ak Kris, se pou nou chache bagay ki nan syèl la kote Kris chita adwat Bondye.Pa kite bagay ki sou latè pran tèt nou, mete lide nou sou bagay ki anwo nan syèl la.
Se bagay konsa ki byen, ki fè Bondye, Sovè nou an, plezi.Li ta renmen wè tout moun sove, li ta renmen wè tout moun rive konn verite a.
L'al yon ti kras pi lwen, li lage kò l fas atè, li lapriyè konsa: — O Papa mwen. Si se posib, wete gode soufrans sa a devan je mwen. Men, se sa ou vle a ki pou fèt, pa sa mwen vle a.
Konsa, si Bondye vle, m'a rive lakay nou ak kè kontan, epi m'a pran yon ti repo nan mitan nou.
Lè m'ap lapriyè Bondye, mwen mande l pou nou gen plis renmen toujou, ak bonkou konesans pou nou ka rive konprann tout bagay,pou nou ka toujou chwazi sa ki pi bon. Konsa, n'a mennen yon lavi ki pwòp, yo p'ap jwenn anyen pou repwoche nou lè Kris la va vini.
(2) Bondye, tande jan m'ap rele nan pye ou! Koute lè m'ap lapriyè ou! (3) Kè m kase, mwen lwen lakay mwen. M'ap rele ou. Tanpri, mennen m al chache pwoteksyon sou wòch kote mwen pa ka rive a.(4) Paske, se ou k'ap pwoteje m, se ou k'ap pran defans mwen kont lènmi m yo.
(9) M'ap koute sa Senyè, Bondye a, ap di: Li pale ak pèp li a, ak moun ki kenbe l fèm yo, li pwomèt pou l fè yo viv ak kè poze, depi yo pa janm lage kò yo nan fè betiz ankò.
Ou menm, Bondye, w'ap ba yo kè poze! Moun ki toujou kenbe pwomès yo, wi, w'ap ba yo kè poze, paske yo mete konfyans yo nan ou!
Se pase lemonn ap pase, ansanm ak tou sa moun jwenn ladan l yo ta vle genyen. Men, moun ki fè sa Bondye vle, y'ap viv pou tout tan.
Jezi reponn li: — Men sa ki ekri: Moun pa kapab viv ak manje ase. Yo bezwen tout pawòl ki sòti nan bouch Bondye tou.
Nou konnen pèsonn pa ka fè Bondye plezi si li pa gen konfyans nan Bondye. Moun ki vle pwoche bò kote Bondye, se pou yo kwè gen yon Bondye, yon Bondye k'ap rekonpanse tout moun k'ap chache li.
Rete dousman devan Senyè a, pran san ou. Tann li fè sa l gen pou l fè a. Pa fè kòlè lè ou wè moun gen zafè yo ap mache byen. Lè ou wè moun reyalize tout move lide yo gen nan tèt yo.
Pa lage okenn pati nan kò nou nan peche, pou peche a pa sèvi avè l pou fè sa ki mal. Okontrè, tankou moun ki delivre anba lanmò epi k'ap viv, ann lage kò nou nan men Bondye. Wi, mete tout pati nan kò nou nan men Bondye pou l ka sèvi ak yo pou fè sa ki byen.
Konsa, n'a viv jan Bondye vle l la, n'a toujou fè sa ki fè l plezi. N'a fè tout kalite bon bagay, n'a grandi nan konesans Bondye.
Lè n'ap pase sou lanmè, m'ap kanpe la avèk nou. Lè n'ap janbe gwo dlo, dlo a p'ap bwote nou ale. Lè n'ap mache nan mitan dife, dife p'ap boule nou. Flanm dife a p'ap fè nou anyen.
Se pou moun ki gen konesans koute sa ki nan pwovèb yo, pou yo ka mete sou sa yo konnen deja. Se pou moun ki gen lespri koute sa ki nan pwovèb yo, pou yo ka konnen ki jan pou yo mennen bak yo pi byen,
Paske se li menm ki fè nou wè tout pwomès Bondye yo se verite. Se poutèt sa tou, gremesi Jezikri, nou ka di amèn lè n'ap fè lwanj Bondye.
Paske, se Bondye menm k'ap travay ni nan volonte nou ni nan fòs nou pou fè nou fè jan lide li di li.
(1b) Senyè a se gadò mwen, mwen p'ap janm manke anyen.Kote zèb yo pi bèl, se la li fè m pran repo. Kote dlo a koule poze, se la li mennen m bwè.Li fè m reprann fòs. Li fè m mache nan chemen dwat, pou sa sèvi yon lwanj pou non li.
Konsa tou, se pou limyè nou klere devan tout moun, pou lè yo wè tout byen n'ap fè yo, y'a fè lwanj Papa nou ki nan syèl la.
Se sa k fè, kit n'ap manje, kit n'ap bwè, nenpòt kisa n'ap fè, fè l pou sa sèvi yon lwanj pou Bondye.
Kounyeya, nanpwen okenn kondannasyon pou moun ki fè yon sèl kò ak Jezikri.Lalwa Sentespri a ap fè nou viv ansanm ak Jezikri. Li delivre nou anba lalwa peche ak anba lanmò.
Se poutèt sa, ann pwoche avèk konfyans devan fòtèy kote Bondye ki renmen nou an chita. Se la n'a jwenn padon pou peche nou yo, se la n'a jwenn pou gremesi sekou n'a bezwen lè nou nan nesesite.
pou m'bay moun Siyon ki nan lafliksyon yo kè kontan nan plas lapenn yo, kontantman nan plas kè sere yo. Yon chante remèsiman nan bouch yo nan plas yon chante lapenn. Yo pral grandi tankou gwo pyebwa nan jaden Senyè a te plante ak men li. Yo pral fè sa ki dwat devan Bondye pou tout moun ka fè lwanj bèl pou vwa li.
Nenpòt travay yo ban nou fè, fè l ak tout kè nou tankou si se pa pou lèzòm nou t'ap travay, men pou Senyè a.
Moun sòt toujou konprann sa y'ap fè a byen. Men, moun ki gen bon konprann koute konsèy yo ba yo.
Konsa, se lè ou tande mesay la ou vin gen konfyans. Mesay la, se pawòl Kris la y'ap anonse.
Nenpòt sitirasyon ki parèt devan mwen, m'ap degaje m, gremesi Kris la ki ban mwen fòs kouray.
Lè bagay ap mache byen pou ou, fè kè ou kontan. Lè malè tonbe sou ou, chonje ni yonn ni lòt se nan Bondye sa sòti. Konsa, yon moun pa janm konnen sa k'ap vin apre l.
Men, Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la, ki yon Bondye apa, di pèp la: Tounen vin jwenn mwen, bay kè ou repo, se la delivrans ou ye. Kenbe tèt ou anplas, fè mwen konfyans, se la fòs ou ye. Men nou pa te vle.
Lè l rele m, m'ap reponn li. Lè l nan tray, m'ap la avèk li. M'ap delivre l, m'ap fè yo respekte l.
— Se pa tout moun k'ap plede di: Senyè, Senyè non, k'ap antre nan peyi wa ki nan syèl la. Men se sèlman moun ki fè volonte Papa mwen ki nan syèl la k'ap ka antre.
Nou pa manke kontan menm lè n'ap soufri.Poukisa? Paske nou konnen lè n'ap soufri sa fè nou gen pasyans. Lè nou gen pasyans konsa, sa ban nou kouray pou nou soufri. Plis nou gen kouray, se plis nou gen espwa.
Men, tout zam y'a fè pou sèvi kont ou yo p'ap fè ou anyen. W'a gen repons nan bouch ou pou tout moun ki va akize ou nan tribinal. Se sa m'ap fè pou tout sèvitè m yo. Se mwen k'ap defann kòz yo. Se Senyè a menm ki di sa!
Mwen sèten Bondye ki te konmanse bon travay sa a nan nou, li gen pou l kontinye l jouk li va fini l nèt, lè jou Jezikri a va rive.
Lè ou pa pran konsèy, plan travay ou p'ap mache. Lè ou pran konsèy nan men anpil moun, ou mèt sèten travay ou ap mache byen.
— Vini jwenn mwen, nou tout ki bouke, nou tout ki anba chay, m'a soulaje nou.Pran jouk mwen, mete l sou zepòl nou. Pran leson nan men mwen. Paske mwen dou, mwen toujou soumèt mwen tout bon devan Bondye. Konsa, n'a viv ak kè poze.Paske, jouk m'ap ban nou an fasil pou pote, chay m'ap ban nou an pa lou.
Se sa ki fè, frè mwen yo, jan Bondye fè nou wè li gen kè sansib pou nou an, se pou nou ofri nou tankou yon sakrifis apa bay Bondye, yon sakrifis vivan k'ap fè li plezi. Se sèl jan pou nou sèvi Bondye tout bon vre.
Se poutèt sa kè nou pa sote devan Bondye. Nou konnen l'ap koute nou si nou mande l kichòy ki dakò ak volonte li.
Se pou nou yonn veye sou lòt pou yonn ka ede lòt gen renmen nan kè yo, pou yonn ka ankouraje lòt nan sa ki byen.Pa pran egzanp sou moun ki pran abitid pa vin nan reyinyon nou yo. Okontrè, se pou yonn ankouraje lòt fè sa, kounyeya pi plis pase anvan, paske nou wè jou Senyè a ap pwoche.
(15) se Bondye sa a ki Bondye nou pou tout tan tout tan. Se li menm k'ap kondi nou jouk sa kaba.
Se konsa, nou menm ki asepte Kris la pou Senyè nou an, se pou nou viv yon jan ki dakò ak li.Se pou nou anrasinen nan li, se pou nou bati tout lavi nou sou li. Kenbe pi fèm toujou nan konfyans nou gen nan li, jan yo te moutre nou sa, san nou pa janm sispann di Bondye mèsi.
Lè yon moun pèdi souf, li ba li fòs. Lè yon moun febli, li ba l kouray ankò!Jenn gason konn pèdi souf, yo konn bouke. Lè konsa, yo bite, yo tonbe.Men, Senyè a ap bay moun ki mete konfyans yo nan li fòs ankò. Tankou malfini, y'ap pran zèl pou yo leve ale. Y'ap kouri san yo p'ap janm bouke. Y'ap mache, yo p'ap janm febli.
Ala bon sa bon pou moun ki gen Bondye Jakòb la pou tout sekou l, pou moun ki mete tout espwa l nan Senyè a, Bondye li!
Lè yon moun di li gen konfyans nan Bondye, sa vle di li sèten li gen pou li resevwa sa l'ap tann lan. Li gen konviksyon bagay nou pa ka wè ak je nou, yo egziste tout bon vre.
Konsa, m'ap kouri dwat devan m sou mak kote m prale a, pou m ka jwenn rekonpans Bondye rele m vin resevwa nan syèl la, gremesi Jezikri.
(15) Senyè, se ou ki twou wòch kote m kache a, se ou ki delivrans mwen, mwen mande ou pou pawòl ki sòti nan bouch mwen, ak lide k'ap travay nan tèt mwen fè ou plezi.
Lè sa a, si nou lapriyè nan pye m, m'a reponn nou. Si nou rele m, m'a di men mwen! Si nou rache tout mechanste nan kè nou voye jete, si nou sispann kraponnen moun, si nou sispann pale moun mal,
— Pa anpile richès nou isit sou latè, kote vè ak lawouj ap manje yo, kote vòlè kapab vòlè yo pote ale.Okontrè, anpile richès nou nan syèl la. Paske la pa gen vè ni lawouj ki pou manje yo, ni vòlè ki pou pran yo pote ale.Paske, kote richès ou ye, se la kè ou ye tou.
Se pou nou yonn renmen lòt tankou frè ak frè k'ap viv ansanm ak Kris la. Nan tou sa n'ap fè, se pou nou gen respè yonn pou lòt, pa konsidere tèt nou anvan.
Konsa, m'ap fè tout moun konnen Kris la. M'ap bay tout moun konsèy, m'ap moutre yo tout bagay avè bon konprann, jan m kapab pou yo tout ka parèt devan Bondye tankou granmoun ki byen grandi nan lavi y'ap mennen ansanm ak Kris la.
Men sa Senyè a di: Pa chita ap chonje tan lontan. Pa rete ap kalkile sa ki fin pase!Men m'ap fè yon lòt bagay pou nou. Li konmanse rive deja. Nou pa wè li? Mwen pral fè yon wout nan mitan dezè a. Mwen pral fè gwo dlo koule nan savann lan.
Men nou menm, nou se yon ras Bondye chwazi, prèt k'ap sèvi wa a, nasyon k'ap viv apa pou Bondye, pèp li peye pou li a. Li fè tou sa, pou nou te ka fè tout moun konnen bèl bagay Bondye te fè yo, Bondye ki rele nou soti nan fènwa a pou nou antre nan bèl limyè li a.
Renmèt kòz ou nan men Senyè a! Mete konfyans ou nan li, l'a ede ou.L'a fè jistis ou parèt aklè tankou yon limyè, l'a fè rezon ou parèt aklè tankou gwo solèy midi.
— Lè w'ap lapriyè, pa plede repete yon bann pawòl pou gremesi. Se konsa moun lòt nasyon yo fè. Yo mete nan tèt yo Bondye va tande yo si yo pale anpil.Piga nou fè tankou moun sa yo. Paske, Papa nou tou konnen sa nou bezwen anvan menm nou mande li.
si n'ap mouri, n'ap mouri pou Senyè a tou. Konsa, kit nou vivan, kit nou mouri, se pou Senyè a nou ye.
Yon bon repons dous ap kalme yon moun ki ankòlè. Men, si ou reponn li rèd, w'ap fè l pi eksite.
Lespri Bondye, Senyè a, desann sou mwen. Paske Senyè a chwazi m, li voye m pou m anonse bòn nouvèl la bay moun ki nan lapenn yo, pou m geri tout moun k'ap soufri yo, pou m fè tout moun yo te depòte yo konnen yo delivre, pou m fè tout prizonye yo konnen pòt prizon louvri pou yo.
Se konsa tou, Lespri Bondye a vin ede nou, atout nou fèb la, paske nou pa konnen kisa pou n mande lè n'ap lapriyè, ni ki jan pou nou lapriyè. Men, se Lespri Bondye a menm k'ap lapriyè Bondye pou nou. L'ap pouse gwo soupi moun pa ka esplike.
Se sa ki fè, viv m'ap viv koulyeya, se pa mwen k'ap viv, men se Kris k'ap viv nan mwen: Lavi sa a m'ap viv la, m'ap viv li nan konfyans mwen gen nan Pitit Bondye a ki sitèlman renmen mwen, li bay lavi li pou mwen.
Men renmen Bondye pou moun ki gen krentif pou li yo, se bagay ki la pou tout tan. L'ap gen pitye pou pitit pitit yo,pou moun ki kenbe pawòl yo ak li, pou moun ki chonje kòmandman li yo pou obeyi yo.
Benediksyon pou moun k'ap travay pou lèzòm viv byen yonn ak lòt, paske Bondye va rele yo pitit li.
Se konsa, tou sa ki te ekri nan Liv la depi nan tan lontan, yo te ekri yo pou moutre nou anpil bagay, wi, pou bagay nou jwenn ekri nan Liv la ka ban nou pasyans ak ankourajman pou n ka mete tout espwa nou nan Bondye.
Ou menm, Bondye, w'ap ba yo kè poze! Moun ki toujou kenbe pwomès yo, wi, w'ap ba yo kè poze, paske yo mete konfyans yo nan ou!Mete konfyans nou nan Bondye pou tout tan paske Senyè a ap toujou la pou pwoteje nou.
Senyè, se ou menm ki tout espwa mwen. Mwen mete konfyans mwen nan ou depi lè m te jenn gason.
Si nou wè m'ap pale konsa, se pa paske kounyeya mwen nan nesesite. Paske nan lavi, m aprann kontante tèt mwen ak sa m genyen.Mwen konnen sa ki rele viv nan mizè, mwen konnen sa ki rele viv nan richès. Kit mwen pa gen ase, kit mwen gen plis pase sa m bezwen, nan tout sikonstans m aprann kontante tèt mwen toupatou ak sa mwen genyen.
Kounyeya, paske nou gen konfyans nan Bondye, Bondye fè nou gras, n'ap viv san kè sote ak Bondye, gremesi Jezikri, Senyè nou an.
(9) Lajounen, Senyè a fè m anpil favè. Lannwit, mwen chante yon chante pou li. Mwen lapriyè Bondye ki tout lavi mwen.
Tounen vin jwenn Senyè a, pandan nou ka jwenn li an. Lapriyè nan pye l pandan li toupre nou an.Se pou mechan yo kite move chemen y'ap swiv la. Se pou malveyan yo wete move lide k'ap travay nan tèt yo. Se pou yo tounen vin jwenn Senyè a ki va gen pitye pou yo. Se pou yo tounen vin jwenn Bondye nou an, paske l'ap padonnen tou sa yo fè.
(11) Moun ki konnen ou, Senyè, y'ap mete konfyans yo nan ou. Paske, ou pa lage moun k'ap chache ou.
Konsa, si se nan Kris la nou jwenn fòs kouray nou tout bon vre, si se renmen li renmen nou an ki ban nou ankourajman tout bon vre, si Sentespri l rete nan kè nou tout bon vre, si tout bon vre nou yonn renmen lòt, si nou sansib yonn pou lòt,enben, men sa m'ap mande nou: Fè kè m kontan nèt. Se pou nou viv byen yonn ak lòt, se pou nou yonn renmen lòt menm jan an, pou nou tout gen yon sèl lide nan tèt nou ak yon sèl santiman nan kè nou.
Moun ki rete anba pwoteksyon Bondye ki nan syèl la, Moun ki kache anba zèl Bondye ki gen tout pouvwa a
Se mwen menm, Senyè a, ki Bondye nou! M'ap pran men nou, m'ap di nou: Nou pa bezwen pè. M'ap ede nou!
Men sa Bondye vle pou nou: Se pou nou viv apa pou Bondye, pou nou pa lage kò nou nan imoralite.
(12) Paske, se Senyè a ki tout defans mwen, se li menm k'ap pwoteje nou. L'ap ban nou favè li, l'ap fè yo respekte nou. Lè yon moun ap mennen yon vi ki san repwòch, Bondye p'ap janm refize l okenn bon bagay.
Konsa, nou la nan mitan foul moun sa yo ki te moutre jan yo te gen konfyans nan Bondye. Ann voye tout bagay k'ap antrave kous nou jete byen lwen, ansanm ak peche a ki fasil pou vlope nou. Ann kouri avèk pasyans nan chemen Bondye mete devan nou an.
ni pouvwa ki anwo nan syèl la, ni pouvwa ki nan zantray tè a. Non, pa gen anyen nan tout kreyasyon an ki ka rive fè nou pèdi lamou Bondye fè nou wè li gen pou nou nan Jezikri, Senyè nou an.