Vèsè Biblik

- Piblisite -


VÈSÈ SOU JÈN

VÈSÈ SOU JÈN

Mwen vle di ou, jèn ede nou grandi nan lafwa nou kòm pitit Bondye. Li pwoche nou pi pre Bondye, li ranfòse relasyon nou avèk Papa nou ki nan syèl la. Pa fè jèn pou pwòp benefis ou sèlman, men pou amelyore lavi w nan Bondye. Jèn se yon bagay ou fè ak pwòp volonte w, se lè w chwazi inyore bezwen fizik ou genyen pou manje a pou yon ti tan, epi w pran tan sa a pou nouri epi ranfòse lespri w. Se yon moman pou w chèche prezans Bondye yon fason espesyal. Se poutèt sa li enpòtan pou w fè jèn nan yon kote ki trankil kote ou ka pale ak Bondye poukont ou.

Danyèl 9:3 di: "Mwen vire figi m bò kote Seyè a, Bondye a, pou m' kriye nan pye l', pou m' mande l' padon. Mwen fè jèn, mwen mete rad sak sou mwen, mwen chita sou sann dife." Se yon bèl egzanp pou nou swiv.




Matye 6:16-18

— Lè n'ap fè jèn, pa pran pòz kagou nou tankou ipokrit yo: Y'ap mache ak figi yo rale konsa pou tout moun ka wè y'ap fè jèn. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Konsa, yo tou jwenn rekonpans yo.Men ou menm, lè w'ap fè jèn, penyen tèt ou byen penyen, lave figi ou byen lave.Konsa, moun p'ap wè si w'ap fè jèn. Papa ou ki la pou kont li avè ou, se li ase ki konn sa. Konsa, Papa ou menm ki wè sa ou fè an sekrè a, se li ki va ba ou rekonpans ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 58:6-7

Non! Men kalite jèn ki pou fè kè m kontan an: Sispann fè mechanste. Sispann fè lenjistis. Bay esklav nou yo libète! Mete chay k'ap foule moun yo atè.Separe sa nou genyen ak moun ki grangou. Louvri pòt resevwa malere ki pa gen kote pou yo dòmi. Si nou wè pwochen nou touni, ba li rad pou li mete. Pa refize lonje men sekouri pwochen ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jowèl 2:12-13

Senyè a pale, li di: — Menm kounyeya, tounen vin jwenn mwen ak tout kè nou! Fè jèn, kriye kont kò nou, plenn sò nou!Se pa rad sou nou pou nou chire, se kè nou menm pou nou chire pou fè wè jan nou nan lapenn. Tounen vin jwenn Senyè a, Bondye nou an. Li gen bon kè anpil, li gen pitye pou moun. Li pa fache fasil, li p'ap janm sispann renmen nou. Li toujou pare pou padonnen nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 4:2

Jezi pase karant jou ak karant nwit san manje. Apre sa, li vin grangou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Danyèl 9:3

Mwen leve je m nan syèl la pou m lapriyè Senyè a, Bondye a, ak tout kè m. Mwen t'ap kriye nan pye l, mwen te rete san manje, yon rad sak sou mwen. Mwen te chita sou sann dife.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Travay 13:2-3

Yon jou, yo t'ap fè sèvis pou Bondye, yo t'ap fè jèn, lè Sentespri di yo: — Mete Banabas ak Sòl apa pou mwen, pou yo fè travay mwen chwazi pou yo fè a.Lè sa a, yo fè jèn, yo lapriyè, yo mete men sou tèt Banabas ak Sòl, epi yo kite yo ale.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jonas 3:5-10

Moun lavil Niniv te kwè nan mesaj Bondye a. Yo bay lòd pou tout moun, zannanna kou pengwen, abiye toutanblan pou moutre lapenn yo pou tout mal yo fè.Nouvèl la gaye jouk rive nan zòrèy wa Niniv lan. Li desann fòtèy li. Li retire rad wa a sou li. Li abiye toutanblan tou. Li chita atènan sann dife.Li voye fè piblikasyon sa a nan tout peyi a: — Men lòd wa a ansanm ak lòt chèf li yo bay: pesonn pa gendwa manje anyen. Ni moun, ni bèf, ni mouton. Tout ap rete san manje san bwè.Tout moun va abiye toutanblan. Tout bèt va gen siy lapenn nan sou yo tou. Tout moun va lapriyè Bondye ak tout kè yo. Y'a kite tout move zak ak tout mechanste yo te konn fè nan lavi yo.Nou pa janm konnen, Bondye ka chanje lide. L'a regrèt sa li ta pral fè a, li p'ap fache sou nou ankò. Konsa, nou p'ap mouri. Bondye wè sa yo t'ap fè a. Li wè yo soti pou chanje lavi yo vre. Se konsa li chanje lide. Li pa pini yo ankò jan li te di li ta pral pini yo a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Esdras 8:21-23

Antan nou la bò kannal Aava a, mwen bay lòd pou tout moun fè jèn, pou nou soumèt nou devan Bondye, pou mande l pou nou fè yon bon vwayaj, pou l pwoteje nou, pitit nou yo ansanm ak tout byen nou yo.Mwen te wont mande wa a yon lame ak kavalye pou pwoteje nou si yon lènmi ta atake nou sou wout, paske mwen te fin di wa a konsa Bondye nou an ap pwoteje tout moun ki mete konfyans yo nan li, l'ap beni yo. Konsa tou, l'ap fache sou moun ki vire do ba li, l'ap pini yo.Se konsa nou fè jèn, nou lapriyè Bondye pou l pwoteje nou. Epi li reponn lapriyè nou yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Kwonik 20:3-4

Yon sèl laperèz pran Jozafa. Li pran desizyon mande Senyè a sa pou l fè. Li bay lòd pou tout moun nan peyi a fè jèn.Moun sòti toupatou nan lavil peyi Jida yo vin lapriyè nan pye Senyè a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Neyemi 1:4

Lè m tande sa, mwen chita atè, mwen pran kriye. Mwen pase anpil jou konsa nan gwo lapenn. Mwen pa manje, mwen t'ap lapriyè Bondye ki nan syèl la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 4:1-2

Jezi tounen sòti bò larivyè Jouden an. Li te anba pouvwa Sentespri. Se konsa Lespri mennen li nan dezè a.Se la Satan vin tante l pandan karant jou. Tout jou sa yo li pat manje anyen menm. Apre jou sa yo fin pase, li te grangou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Egzòd 34:28

Moyiz te rete la avèk Senyè a pandan karant jou karant nwit. Li pase tout jou sa yo san manje san bwè. Li te ekri tout pawòl kontra a sou wòch plat yo. Se te dis kòmandman yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Travay 14:23

Nan chak legliz, yo chwazi kèk chèf fanmi. Yo fè jèn, yo lapriyè. Apre sa, yo renmèt yo nan men Bondye, Senyè ki te gen tout konfyans yo a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 35:13-14

Lè yo te malad, mwen te pran gwo lapenn pou yo, mwen rete san manje. Mwen bese tèt mwen pou mwen lapriyè pou yo,menm jan mwen ta lapriyè pou yon zanmi osinon pou yon frè. M'ap mache do ba ak gwo lapenn nan kè m, tankou yon moun ki pèdi manman l.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Wa 21:27-29

Lè Eli fin pale konsa, Akab tèlman boulvèse, li chire rad sou li. Li mete rad lapenn li epi li rete san manje. Ata dòmi li dòmi ak rad tristès la sou li. Li t'ap mache tou kagou.Apre sa, Senyè a pale ak Eli, moun lavil Tichbe a, li di l konsa:— Ou wè jan Akab vin dou nan pye m! Paske li fè sa, m'ap tann li mouri anvan m voye malè a sou fanmi li. Se va pandan reny pitit gason l lan m'a voye malè sou fanmi l.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 9:14-15

Disip Jan Batis yo pwoche bò kote Jezi, yo di li: — Nou menm ak farizyen yo, nou fè jèn. Men, poukisa disip ou yo pa fè jèn tou?Jezi reponn yo: — Eske zanmi yon nonm k'ap marye kapab nan lapenn toutotan nonm k'ap marye a la ak yo? Non, pa vre? Men, lè lè a va rive pou l pa nan mitan yo ankò, se lè sa a y'a fè jèn.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Danyèl 10:2-3

Lè sa a, mwen menm Danyèl, mwen pase twa senmenn nan gwo lapenn.Mwen pat manje okenn bon ti manje, ni okenn vyann. Mwen pat mete yon gout diven nan bouch moun. Mwen pat pase lwil santi bon sou mwen pandan twa senmenn sa yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 58:3-5

Pèp la ap di mwen: — Sa plede fè jèn ap fè pou nou, si ou pa wè sa? Sa repanti ap rapòte nou, si ou pa menm renmake sa? Senyè a reponn: — M'ap di nou laverite. Jou n'ap fè jèn lan, se jou sa a tou n'ap chache fè sa ki nan enterè nou. Se lè sa a n'ap plede peze moun k'ap travay pou nou.Konsa tou, jou n'ap fè jèn lan, se lè sa a tou n'ap joure, n'ap fè kont, n'ap goumen, n'ap bay move kou. Jan mwen wè n'ap fè jèn lan jòdi a se pa konsa pou nou fè l si nou vle lapriyè nou yo rive nan zòrèy mwen.Eske mwen ka pran plezi nan kalite jèn konsa? Atò se sa nou rele jèn m'te bay lòd fè a? Se sa ki yon jou repantans pou sa nou fè ki mal la? Fè jèn pou nou, se bese tèt jouk atè tankou wozo k'ap ploye anba van, se kouche sou sak plat atè nan mitan sann dife. Atò se sa nou rele jèn lan? Se sa ki pou fè Bondye plezi a?

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Neyemi 9:1-2

Sou vennkatriyèm jou nan menm mwa a, tout moun pèp Izrayèl yo reyini pou fè jèn pou mande Bondye padon pou peche yo. Tout moun te la, yon rad sak kòlèt sou yo, pousyè tè kouvri tout tèt yo pou fè wè jan yo te nan lapenn.Tout moun pèp Izrayèl yo mete kò yo ansanm. Yo pa kite okenn moun lòt nasyon mele ak yo. Epi se konsa yo kanpe, yo konmanse di tou sa yo menm yo fè ki mal ansanm ak tout peche zansèt yo te fè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Zakari 7:5

— Pale ak tout moun ki nan peyi a ansanm ak prèt yo tou. Mande yo pou mwen: Sa fè swasanndizan depi n'ap fè jèn, depi n'ap pran lapenn sou chak senkyèm ak setyèm mwa. Eske se pou mwen nou te fè tou sa?

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Samyèl 7:6

Se konsa, yo tout rasanble lavil Mispa. Yo tire dlo jete atè pou Senyè. Jou sa a, yo rete san manje. Epi yo di: — Nou peche kont Senyè a! Samyèl te rete lavil Mispa. Se la li te konn regle tout bagay pou pèp Izrayèl la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 7:5

Piga nou prive nou yonn lòt, esepte si nou antann nou sou sa pou yon moman pou konsakre nou nan lapriyè. Men apre sa, reprann lavi nòmal madanm ak mouche nou. Si nou pa fè li konsa, nou riske pa ka kontwole tèt nou epi bay satan pye fè nou tonbe nan pyèj li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 17:21

Men, kalite lespri sa yo, se fòs lapriyè ak jèn ki pou fè yo sòti.]

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 69:10

(11) Mwen nan gwo lapenn, mwen rete san manje. Se poutèt sa wi y'ap joure m konsa.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Samyèl 12:16

David tonbe lapriyè Senyè a pou ti gason an. Li derefize mete anyen nan bouch li. Chak swa, li antre nan chanm li, li pase nwit lan kouche atè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Estè 4:16

— Ou mèt ale. Reyini dènye jwif ki nan lavil Souz. Fè yo fè jèn pou mwen. N'a pase twa jou twa nwit san manje san bwè. Mwen menm bò pa m ansanm ak sèvant mwen yo, nou pral fè jèn tou. Apre sa, m aval kote wa a, atout lalwa defann sa. Si se pou m mouri, m'a mouri.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jowèl 1:14

Bay lòd pou yo fè jèn! Rele tout moun vini! Sanble tout chèf yo ansanm ak tout moun ki rete nan peyi a, nan kay Senyè a, Bondye nou an. Rele nan pye Senyè a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jij 20:26

Lè sa a, ni lame a ni rès pèp Izrayèl la moute lavil Betèl. Yo chita la devan Senyè a ap kriye. Jou sa a, yo rete san manje jouk aswè. Apre sa, yo boule bèt nan dife pou Senyè a, yo fè ofrann pou mande Senyè a padon.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 109:24

Jenou m fèb sitèlman mwen pa manje. Mwen tounen zo ak po. Mwen fèb anpil!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Wa 19:8

Eli manje, li bwè. Fòs li remoute. Li mache karant jou, karant nwit jouk li rive sou mòn Orèb, mòn Bondye a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Travay 10:30-31

Kònèy di li: — Jòdi a fè kat jou, mwen te lakay mwen, mwen t'ap lapriyè vè twazè konsa nan apremidi. Mwen rete konsa, mwen wè yon nonm ki te gen yon bèl rad byen klere sou li kanpe devan mwen.Epi l di mwen: Kònèy, Bondye tande lapriyè ou, li chonje tout byen ou fè pou pòv yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Danyèl 6:18

Apre sa, wa a tounen nan palè a. Jou swa sa a li pa manje, li pa fè chache okenn nan fanm kay li yo. Li pase nwit lan san l pa fèmen je l.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jonas 3:5

Moun lavil Niniv te kwè nan mesaj Bondye a. Yo bay lòd pou tout moun, zannanna kou pengwen, abiye toutanblan pou moutre lapenn yo pou tout mal yo fè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 6:18

Konsa, moun p'ap wè si w'ap fè jèn. Papa ou ki la pou kont li avè ou, se li ase ki konn sa. Konsa, Papa ou menm ki wè sa ou fè an sekrè a, se li ki va ba ou rekonpans ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jeremi 14:12

Yo te mèt boule bèt pou mwen ak rekòt jaden yo, sa p'ap ka fè mwen kontan ak yo. Okontrè mwen pral fè yo mouri nan lagè, nan grangou ak anba maladi.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Zakari 8:19

— Jèn yo konn fè chak katriyèm mwa, chak senkyèm mwa, chak setyèm mwa ak chak dizyèm mwa a pral yon plezi, yon kè kontan pou moun Jida yo, yon okazyon pou yo fè fèt. Se pou nou renmen viv byen yonn ak lòt san bay manti.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 35:13

Lè yo te malad, mwen te pran gwo lapenn pou yo, mwen rete san manje. Mwen bese tèt mwen pou mwen lapriyè pou yo,

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jowèl 2:15-16

Kònen twonpèt sou mòn Siyon an! Bay lòd pou tout moun fè jèn! Mande pou tout moun reyini!Sanble pèp la. Pare tout moun pou fè sèvis. Sanble vye granmoun yo! Reyini tout timoun yo, menm timoun ki nan tete. Ata moun ki fenk marye yo, se pou yo kite kay yo vini tou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 9:27

Mwen aji di ak kò m, mwen kenbe l kout, pou mwen menm yo pa voye m jete apre mwen fin moutre lòt yo sa pou yo fè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Neyemi 1:4-6

Lè m tande sa, mwen chita atè, mwen pran kriye. Mwen pase anpil jou konsa nan gwo lapenn. Mwen pa manje, mwen t'ap lapriyè Bondye ki nan syèl la.Mwen di: — Aa, Senyè, Bondye ki nan syèl la, ou se yon Bondye ki gen pouvwa, yon Bondye ki fè moun gen krentif pou ou. Ou kenbe pawòl ou te bay nan kontra ou la. Ou toujou gen pitye pou moun ki renmen ou, pou moun ki swiv lòd ou yo.Tanpri, voye je ou sou mwen menm k'ap sèvi ou la. Panche zòrèy ou pou tande lapriyè m'ap fè nan pye ou kounyeya, lajounen kou lannwit, pou sèvitè ou yo, moun pèp Izrayèl yo. Mwen rekonèt tou sa moun pèp Izrayèl yo fè ki mal devan je ou. Mwen rekonèt ni mwen menm ni zansèt mwen yo nou fè peche.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Samyèl 1:7-8

Sa kontinye konsa chak lanne pandan lontan. Chak fwa yo te moute ale nan tanp Senyè a, Penina gen pou anbete Ana jouk li fè l fache. Lè konsa, Ana menm rete ap kriye, li pa vle manje anyen.Elkana, mari li, di l konsa: — Aa, machè! Poukisa w'ap plede kriye konsa? Poukisa ou pa manje? Poukisa ou kagou konsa? Ou genyen m, se tankou si ou te genyen depase dis pitit gason.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Travay 13:2

Yon jou, yo t'ap fè sèvis pou Bondye, yo t'ap fè jèn, lè Sentespri di yo: — Mete Banabas ak Sòl apa pou mwen, pou yo fè travay mwen chwazi pou yo fè a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 2:37

Apre sa, li te rete vèv. Lè sa a, li te gen katrevenkatran, li pat janm kite tanp lan. Li t'ap sèvi Bondye lajounen kou lannwit: tout tan li t'ap fè jèn, li t'ap lapriyè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Esdras 8:23

Se konsa nou fè jèn, nou lapriyè Bondye pou l pwoteje nou. Epi li reponn lapriyè nou yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Wa 21:9

Men sa li voye di yo nan lèt yo: Sanble tout moun pou yon sèvis jèn. Mande Nabòt pou li dirije sèvis la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Danyèl 9:20-23

Mwen t'ap pale toujou nan lapriyè a, mwen t'ap rekonèt peche m yo ak peche pèp Izrayèl la, pèp mwen an devan Bondye. Mwen t'ap mande Senyè a, Bondye mwen an, gras mizèrikòd pou mòn ki apa pou li a.Wi, mwen t'ap pale toujou nan lapriyè a, lè Gabriyèl, zanj mwen te wè nan premye vizyon an, vole desann kote mwen te ye a. Se lè yo te konn fè ofrann bèt aswè a.Li vini, li pale avè m. Li di m konsa: — Danyèl, kounyeya mwen vin la a pou m ede ou konprann mesay la.Depi lè ou te fenk konmanse ap lapriyè nan pye Bondye a, li te gentan reponn ou. Se mesay sa a mwen vin fè ou konnen. Ou se yon moun Bondye renmen anpil. Kounyeya, louvri zòrèy ou pou ou ka konprann sans vizyon an byen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Samyèl 1:12

Yo kriye, yo pran gwo lapenn pou Sayil, pou Jonatan, pitit li a, pou lame Senyè a ak pou pèp Izrayèl la, paske te gen anpil ladan yo ki te mouri nan lagè a. Yo rete san manje jouk aswè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jij 20:26-28

Lè sa a, ni lame a ni rès pèp Izrayèl la moute lavil Betèl. Yo chita la devan Senyè a ap kriye. Jou sa a, yo rete san manje jouk aswè. Apre sa, yo boule bèt nan dife pou Senyè a, yo fè ofrann pou mande Senyè a padon.Lèfini, yo mande Senyè a ankò sa pou yo fè. Lè sa a, Bwat Kontra Bondye a te lavil Betèl.Se Fineas, pitit gason Eleaza, pitit pitit Arawon an, ki te reskonsab pou fè sèvis devan Bwat Kontra a. Yo di Senyè a: — Eske se pou n'al goumen ankò kont moun Benjamen yo, frè nou yo, osinon eske se pou n rete sou sa nou fè a? Senyè a reponn yo: — Nou mèt al goumen. Paske denmen m'ap lage yo nan men nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jowèl 1:14-15

Bay lòd pou yo fè jèn! Rele tout moun vini! Sanble tout chèf yo ansanm ak tout moun ki rete nan peyi a, nan kay Senyè a, Bondye nou an. Rele nan pye Senyè a.Ala yon gwo jou papa! Jou Senyè a pa lwen rive. Se jou Bondye ki gen tout pouvwa a ap vini kraze brize. Jou sa a ap bay gwo lapenn.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 5:35

Non. Men, lè lè a rive pou nonm k'ap marye a pa avèk yo ankò, se lè sa a y'a fè jèn.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Estè 9:31

Lèfini, li mande yo pou ni yo ni pitit yo, ni pitit pitit yo, pou yo toujou fete jou chans sa yo lè dat la rive, jan Madoche ak larenn Estè te bay lòd la, menm jan yo te swiv lòd yo te bay pou fè jèn epi pou yo te leve men yo nan syèl pou plenn sò yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 58:1-9

Senyè a di konsa: — Louvri gagann ou rele, rele mezi ou kapab! Fè vwa ou klewonnen ale lwen! Fè pèp mwen an konn krim li fè! Fè pitit pitit Jakòb yo konnen movezak yo fè!Chak jou, y'ap fè sèvis pou mwen. Yo pretann yo konnen chemen m yo, tankou si se yon nasyon ki fè sa ki dwat devan m, epi ki pat janm lage lòd mwen te ba yo. Y'ap mande m pou m defann kòz yo. Yo ta vle pou Bondye kanpe la ak yo. Pèp la ap di mwen: — Sa plede fè jèn ap fè pou nou, si ou pa wè sa? Sa repanti ap rapòte nou, si ou pa menm renmake sa? Senyè a reponn: — M'ap di nou laverite. Jou n'ap fè jèn lan, se jou sa a tou n'ap chache fè sa ki nan enterè nou. Se lè sa a n'ap plede peze moun k'ap travay pou nou.Konsa tou, jou n'ap fè jèn lan, se lè sa a tou n'ap joure, n'ap fè kont, n'ap goumen, n'ap bay move kou. Jan mwen wè n'ap fè jèn lan jòdi a se pa konsa pou nou fè l si nou vle lapriyè nou yo rive nan zòrèy mwen.Eske mwen ka pran plezi nan kalite jèn konsa? Atò se sa nou rele jèn m'te bay lòd fè a? Se sa ki yon jou repantans pou sa nou fè ki mal la? Fè jèn pou nou, se bese tèt jouk atè tankou wozo k'ap ploye anba van, se kouche sou sak plat atè nan mitan sann dife. Atò se sa nou rele jèn lan? Se sa ki pou fè Bondye plezi a? Non! Men kalite jèn ki pou fè kè m kontan an: Sispann fè mechanste. Sispann fè lenjistis. Bay esklav nou yo libète! Mete chay k'ap foule moun yo atè.Separe sa nou genyen ak moun ki grangou. Louvri pòt resevwa malere ki pa gen kote pou yo dòmi. Si nou wè pwochen nou touni, ba li rad pou li mete. Pa refize lonje men sekouri pwochen ou.Lè sa a, tankou solèy k'ap leve, m'ap klere nou, m'a fè nou wè jan mwen renmen nou. Lapoula m'a geri nou, m'a toujou mache ak nou pou m delivre nou. Pouvwa Bondye a va mache dèyè nou pou poteje nou.Lè sa a, si nou lapriyè nan pye m, m'a reponn nou. Si nou rele m, m'a di men mwen! Si nou rache tout mechanste nan kè nou voye jete, si nou sispann kraponnen moun, si nou sispann pale moun mal,

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 4:1-4

Apre sa, Lespri pouse Jezi al nan dezè a pou satan ka sonde li.Jezi pase karant jou ak karant nwit san manje. Apre sa, li vin grangou.Lè sa a, satan pwoche kote li pou sonde l'. Li di li konsa: — Si ou se pitit Bondye vre, m'pini ou bay wòch sa yo lòd tounen pen.Jezi reponn li: — Men sa ki ekri: Moun pa kapab viv ak manje ase. Yo bezwen tout pawòl ki sòti nan bouch Bondye tou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Kwonik 7:14

lè sa a si pèp ki pote non m lan lapriyè nan pye m, si yo soumèt devan mwen, si yo pran chache m ankò, si yo vire do bay vye peche yo t'ap fè yo, m'ap tande yo nan syèl kote m ye a, m'ap padonnen peche yo, m'ap fè peyi a kanpe ankò.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Travay 27:33-34

Anvan solèy leve, Pòl mande tout moun pou yo manje yon ti manje. Li di yo: — Mezanmi, jòdi a fè katòz jou depi nou rete la san manje, n'ap tann.Tanpri, kounyeya, mete kichòy nan vant nou. N'a byen bezwen l pou nou sove. Ata yon branch cheve nou p'ap pèdi.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Danyèl 6:18-20

Apre sa, wa a tounen nan palè a. Jou swa sa a li pa manje, li pa fè chache okenn nan fanm kay li yo. Li pase nwit lan san l pa fèmen je l. Nan maten, lè bajou kase, wa a leve, li kouri al bò twou lyon an.Lè li rive, li pwoche bò bouch twou a. Kè l te sere lè li rele Danyèl, li di: — Danyèl, sèvitè Bondye vivan an, eske Bondye w'ap sèvi san dezanpare a te rive delivre ou anba lyon yo?

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 9:15

Jezi reponn yo: — Eske zanmi yon nonm k'ap marye kapab nan lapenn toutotan nonm k'ap marye a la ak yo? Non, pa vre? Men, lè lè a va rive pou l pa nan mitan yo ankò, se lè sa a y'a fè jèn.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 69:9-10

(10) Mwen sitèlman renmen kay ou a, sa fè m santi se tankou yon dife k'ap boule tout anndan mwen. Tout joure y'ap joure ou yo, se tankou si se mwen menm menm yo t'ap joure.(11) Mwen nan gwo lapenn, mwen rete san manje. Se poutèt sa wi y'ap joure m konsa.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jeremi 36:9

Se te nan nevyèm mwa senkyèm lanne reny Jojakim, pitit Jozyas la, yo te bay lòd pou tout moun lavil Jerizalèm yo ansanm ak tout moun ki te sòti nan lavil peyi Jida yo epi ki te nan lavil Jerizalèm lan pou yo fè yon sèvis jèn pou mande Senyè a gras.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jowèl 2:15

Kònen twonpèt sou mòn Siyon an! Bay lòd pou tout moun fè jèn! Mande pou tout moun reyini!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jonas 3:6-9

Nouvèl la gaye jouk rive nan zòrèy wa Niniv lan. Li desann fòtèy li. Li retire rad wa a sou li. Li abiye toutanblan tou. Li chita atènan sann dife.Li voye fè piblikasyon sa a nan tout peyi a: — Men lòd wa a ansanm ak lòt chèf li yo bay: pesonn pa gendwa manje anyen. Ni moun, ni bèf, ni mouton. Tout ap rete san manje san bwè.Tout moun va abiye toutanblan. Tout bèt va gen siy lapenn nan sou yo tou. Tout moun va lapriyè Bondye ak tout kè yo. Y'a kite tout move zak ak tout mechanste yo te konn fè nan lavi yo.Nou pa janm konnen, Bondye ka chanje lide. L'a regrèt sa li ta pral fè a, li p'ap fache sou nou ankò. Konsa, nou p'ap mouri.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Esdras 10:6

Apre sa, Esdras ale lakay Jokanan, pitit gason Eliyachib la, sou devan Tanp Bondye a. Li pase nwit lan la, san manje, san bwè, paske li te nan gwo lapenn dèske moun yo te depòte epi ki te tounen nan peyi a pat kenbe pawòl yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Samyèl 31:13

Lèfini, yo pran zosman yo, yo antere yo anba pye tonmaren ki nan lavil Jabès la. Apre sa, yo pase sèt jou san manje.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Neyemi 9:1-3

Sou vennkatriyèm jou nan menm mwa a, tout moun pèp Izrayèl yo reyini pou fè jèn pou mande Bondye padon pou peche yo. Tout moun te la, yon rad sak kòlèt sou yo, pousyè tè kouvri tout tèt yo pou fè wè jan yo te nan lapenn.Tout moun pèp Izrayèl yo mete kò yo ansanm. Yo pa kite okenn moun lòt nasyon mele ak yo. Epi se konsa yo kanpe, yo konmanse di tou sa yo menm yo fè ki mal ansanm ak tout peche zansèt yo te fè.Pandan twazè, yo tout rete kanpe kote yo te ye a, y'ap tande moun ap li nan liv lalwa Senyè a, Bondye yo a. Apre sa, pandan twazè ankò, yo t'ap di tout peche yo te fè, epi yo tonbe ajenou ap adore Senyè a, Bondye a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Korent 11:27

Mwen redi travay di, mwen fatige kò m anpil, mwen pase anpil nwit san dòmi, mwen konnen sa ki rele grangou ak swaf dlo. Anpil fwa mwen te blije rete san manje, mwen soufri fredi, mwen konn pa gen rad pou m mete sou mwen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Travay 9:9

Li rete la twa jou san wè, san manje, san bwè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Detewonòm 9:9

Mwen te moute sou wòch la pou mwen t'al resevwa de tablo wòch, tablo ki te gen kontra Senyè a te fè ak nou an ekri sou yo. Mwen rete la, mwen pase karant jou san manje san bwè sou mòn lan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jij 20:26-27

Lè sa a, ni lame a ni rès pèp Izrayèl la moute lavil Betèl. Yo chita la devan Senyè a ap kriye. Jou sa a, yo rete san manje jouk aswè. Apre sa, yo boule bèt nan dife pou Senyè a, yo fè ofrann pou mande Senyè a padon.Lèfini, yo mande Senyè a ankò sa pou yo fè. Lè sa a, Bwat Kontra Bondye a te lavil Betèl.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Samyèl 14:24

Jou sa a, moun pèp Izrayèl yo te fèb anpil tèlman yo te grangou paske Sayil te pran yon gwo angajman devan tout pèp la, li te pase lòd sa a: — Madichon pou nenpòt moun ki va mete manje nan bouch li jòdi a anvan mwen pran revanj mwen sou lènmi m yo. Se konsa pèsonn nan peyi a pat manje anyen jou sa a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 6:16

— Lè n'ap fè jèn, pa pran pòz kagou nou tankou ipokrit yo: Y'ap mache ak figi yo rale konsa pou tout moun ka wè y'ap fè jèn. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Konsa, yo tou jwenn rekonpans yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 18:12

Chak senmenn mwen pase de jou ap fè jèn, mwen bay ladim nan tou sa mwen genyen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Danyèl 10:3

Mwen pat manje okenn bon ti manje, ni okenn vyann. Mwen pat mete yon gout diven nan bouch moun. Mwen pat pase lwil santi bon sou mwen pandan twa senmenn sa yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 109:21-24

Men, Senyè, Bondye mwen, fè kichòy pou mwen non, pou sa sèvi yon lwanj pou ou. Delivre m non paske ou p'ap janm sispann renmen m.Se yon pòv malere san sekou mwen ye, kè m ap fann.Kò m ap tchoule tankou solèy k'ap kouche. Mwen tankou bigay van ap pote ale.Jenou m fèb sitèlman mwen pa manje. Mwen tounen zo ak po. Mwen fèb anpil!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Esdras 8:21

Antan nou la bò kannal Aava a, mwen bay lòd pou tout moun fè jèn, pou nou soumèt nou devan Bondye, pou mande l pou nou fè yon bon vwayaj, pou l pwoteje nou, pitit nou yo ansanm ak tout byen nou yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jonas 3:8

Tout moun va abiye toutanblan. Tout bèt va gen siy lapenn nan sou yo tou. Tout moun va lapriyè Bondye ak tout kè yo. Y'a kite tout move zak ak tout mechanste yo te konn fè nan lavi yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Egzòd 24:18

Moyiz antre nan mitan nyaj la, li moute sou mòn lan. Moyiz pase karant jou ak karant nwit sou mòn lan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Wa 21:12

Yo fè konnen yo pral fè sèvis jèn. Yo fè tout pèp la sanble, yo mete Nabòt devan pou dirije sèvis la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 9:14-17

Disip Jan Batis yo pwoche bò kote Jezi, yo di li: — Nou menm ak farizyen yo, nou fè jèn. Men, poukisa disip ou yo pa fè jèn tou?Jezi reponn yo: — Eske zanmi yon nonm k'ap marye kapab nan lapenn toutotan nonm k'ap marye a la ak yo? Non, pa vre? Men, lè lè a va rive pou l pa nan mitan yo ankò, se lè sa a y'a fè jèn.Pèsonn p'ap pran yon moso twal nèf pou pyese yon vye rad. Si ou fè sa, moso nèf la ap pati ak yon bò nan vye rad la. Lè sa a, rad la ap chire pi mal toujou.Pesonn p'ap pran diven fèk fèt pou bouche li nan vye boutèy ki sèvi deja. Si ou fè sa, diven an ap pete vye boutèy yo, epi w'ap pèdi ni diven an, ni boutèy yo. Men diven fèk fèt la dwe bouche sere nan boutèy nèf. Konsa, ni diven an, ni veso a ap byen konsève.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Estè 4:3

Nan tout pwovens yo, toupatou kote yo te pibliye lòd wa a, se te yon gwo lafliksyon pou jwif yo. Yo fè jèn, yo t'ap kriye, yo t'ap plenn. Anpil ladan yo mete rad sak sou yo, yo kouche nan sann dife.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Kwonik 20:3

Yon sèl laperèz pran Jozafa. Li pran desizyon mande Senyè a sa pou l fè. Li bay lòd pou tout moun nan peyi a fè jèn.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 58:6-12

Non! Men kalite jèn ki pou fè kè m kontan an: Sispann fè mechanste. Sispann fè lenjistis. Bay esklav nou yo libète! Mete chay k'ap foule moun yo atè.Separe sa nou genyen ak moun ki grangou. Louvri pòt resevwa malere ki pa gen kote pou yo dòmi. Si nou wè pwochen nou touni, ba li rad pou li mete. Pa refize lonje men sekouri pwochen ou.Lè sa a, tankou solèy k'ap leve, m'ap klere nou, m'a fè nou wè jan mwen renmen nou. Lapoula m'a geri nou, m'a toujou mache ak nou pou m delivre nou. Pouvwa Bondye a va mache dèyè nou pou poteje nou.Lè sa a, si nou lapriyè nan pye m, m'a reponn nou. Si nou rele m, m'a di men mwen! Si nou rache tout mechanste nan kè nou voye jete, si nou sispann kraponnen moun, si nou sispann pale moun mal,si nou manje ak moun ki grangou, si nou plen vant moun ki nan nesesite, limyè va klere pou nou nan mitan fènwa. Lannwit va fè klè pou nou tankou gwo midi.Se tout tan Senyè a va moutre nou chemen pou nou pran, l'a rafrechi nanm nou nan tan chechrès. L'a ban nou fòs ak kouray. N'a tankou yon jaden ki byen wouze, tankou yon sous dlo ki pa janm chèch.N'a rebati vye kay ki fin tonbe yo. N'a moute lòt kay sou ansyen fondasyon tan lontan yo. Y'a rele nou moun ki konn repare miray fann yo, moun ki konn balize granchemen yo, moun k'ap refè kay kraze yo pou moun ka vin rete nan peyi a ankò.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Neyemi 1:4-11

Lè m tande sa, mwen chita atè, mwen pran kriye. Mwen pase anpil jou konsa nan gwo lapenn. Mwen pa manje, mwen t'ap lapriyè Bondye ki nan syèl la.Mwen di: — Aa, Senyè, Bondye ki nan syèl la, ou se yon Bondye ki gen pouvwa, yon Bondye ki fè moun gen krentif pou ou. Ou kenbe pawòl ou te bay nan kontra ou la. Ou toujou gen pitye pou moun ki renmen ou, pou moun ki swiv lòd ou yo.Tanpri, voye je ou sou mwen menm k'ap sèvi ou la. Panche zòrèy ou pou tande lapriyè m'ap fè nan pye ou kounyeya, lajounen kou lannwit, pou sèvitè ou yo, moun pèp Izrayèl yo. Mwen rekonèt tou sa moun pèp Izrayèl yo fè ki mal devan je ou. Mwen rekonèt ni mwen menm ni zansèt mwen yo nou fè peche.Nou aji mal anpil avè ou. Nou pa swiv tout kòmandman, tout lòd ak tout regleman ou te bay Moyiz, sèvitè ou la, pou nou.Koulyeya, chonje pawòl ou te bay Moyiz, sèvitè ou la, lòd ki di nou: Si nou menm, moun Izrayèl, nou pa kenbe pawòl mwen yo, m'ap gaye nou nan mitan tout lòt nasyon yo sou latè.Men, si nou vin jwenn mwen, si nou swiv kòmandman mwen yo pou fè sa mwen di nou fè, yo te mèt depòte nou jouk nan dènye bout latè, m'ap rasanble nou, m'ap fè nou retounen kote mwen chwazi pou nou rete a.Enben! Senyè, men yo, moun k'ap sèvi ou yo. Men pèp ou a, pèp ou te delivre ak gwo pouvwa ou ak fòs ponyèt ou a.Aa Senyè, panche zòrèy ou pou tande lapriyè, mwen menm, Sèvitè ou, m'ap fè nan pye ou, lapriyè tout sèvitè ou yo ki pran plezi gen krentif pou ou! Tanpri, Senyè, fè tout bagay mache byen pou mwen jodi a. Fè lanperè a resevwa mwen byen. Lè sa a, mwen te chèf kanbiz lanperè a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Danyèl 1:12

— Pandan dis jou ban nou legim ase pou n manje ak dlo pou nou bwè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Samyèl 7:6-8

Se konsa, yo tout rasanble lavil Mispa. Yo tire dlo jete atè pou Senyè. Jou sa a, yo rete san manje. Epi yo di: — Nou peche kont Senyè a! Samyèl te rete lavil Mispa. Se la li te konn regle tout bagay pou pèp Izrayèl la.Lè moun Filisti yo vin konnen pèp Izrayèl la te sanble lavil Mispa, senk chèf moun Filisti yo moute al atake yo. Moun pèp Izrayèl yo tande sa, yo te pè.Epi yo di Samyèl: — Pa sispann lapriyè Senyè a pou nou, pou l ka sove nou anba men moun Filisti yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jowèl 2:18

Lè sa a, Senyè a fè wè jan li renmen peyi li a. Li fè pèp li a gras.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Esdras 9:5

Lè lè a rive pou yo fè ofrann chak aswè a, mwen leve kote m te koupi ap kriye a, epi ak tout rad chire yo sou mwen, mwen tonbe ajenou, mwen louvri de bra m devan Senyè a, Bondye mwen an.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Travay 10:30

Kònèy di li: — Jòdi a fè kat jou, mwen te lakay mwen, mwen t'ap lapriyè vè twazè konsa nan apremidi. Mwen rete konsa, mwen wè yon nonm ki te gen yon bèl rad byen klere sou li kanpe devan mwen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Wa 13:8-9

Pwofèt la reponn: — Ou ta mèt ban mwen mwatye nan tout richès ou yo, mwen p'ap mete pwent pye m lakay ou. Mwen p'ap manje pen, ni mwen p'ap bwè dlo isit la.Paske, Senyè a te ban mwen lòd pou m pa ni manje ni bwè anyen, lèfini pou m pa pran menm chemen mwen te vini an pou m tounen lakay mwen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Danyèl 10:12-13

Li di m konsa: — Ou pa bezwen pè, Danyèl. Bondye te tande lapriyè ou la depi premye jou ou te pran desizyon soumèt ou devan Bondye ou pou ou te ka rive gen bon konprann. Se poutèt lapriyè ou la mwen vin ba ou repons Bondye a.Zanj chèf peyi Pès la te kenbe tèt avè m pandan venteyen jou. Apre sa, Michèl, yonn nan chèf zanj Bondye yo, vin pote m sekou paske mwen te pou kont mwen nan peyi Pès la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 42:1-2

(2) Menm jan yon bèt anvi bwè dlo larivyè, se konsa mwen anvi wè ou, Bondye. (3) Se pa ti anvi mwen pa anvi wè Bondye, Bondye ki vivan an. Kilè m'a va ale pou m adore Bondye lakay li?

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Esdras 8:15-23

Mwen sanble tout moun sa yo bò gwo kannal ki mennen dlo nan lavil Aava a. Nou pase twa jou la. Antan nou la, mwen remake nou te gen prèt nan gwoup la, men pat gen moun Levi.Lè sa a, mwen fè chache nèf chèf sa yo: Elyezè, Aryèl, Chemaja, Elnatan, Jarib, Elnatan, Natan, Zakaraya ak Mechoulam ansanm ak dirèktè sa yo: Jojarib ak Elnatan, de moun ki konn esplike lalwa a.Mwen voye yo bò kote Ido, chèf kominote Kasifya a. Mwen esplike yo tou sa pou yo di Ido ak kòlèg li yo ki konn tout travay pou fèt nan Tanp lan, epi ki t'ap viv ansanm nan kominote Kasifya a, pou yo ka fè nou jwenn kèk gason pou travay nan Tanp Bondye nou an.Se konsa, avèk benediksyon Bondye ki te sou nou, yo ban nou Cherebya, yon nonm lespri, ki te sòti nan branch fanmi Makli, yonn nan pitit gason Levi yo ki li menm te pitit Izrayèl. Te gen dizwit nan pitit li yo ak fanmi l yo ki te vini ak li tou.Yo ban nou ankò Achabya ak Jechaya, frè li a, tou de moun branch fanmi Merari. Te gen ven nan pitit gason yo ki te vini ak yo tou.Te gen tou desanven (220) travayè pou Tanp lan. Se wa David ak chèf li yo ki te bay zansèt moun sa yo reskonsabilite pou ede moun Levi yo nan sèvis yo. Yo te pran non tout moun sa yo. Antan nou la bò kannal Aava a, mwen bay lòd pou tout moun fè jèn, pou nou soumèt nou devan Bondye, pou mande l pou nou fè yon bon vwayaj, pou l pwoteje nou, pitit nou yo ansanm ak tout byen nou yo.Mwen te wont mande wa a yon lame ak kavalye pou pwoteje nou si yon lènmi ta atake nou sou wout, paske mwen te fin di wa a konsa Bondye nou an ap pwoteje tout moun ki mete konfyans yo nan li, l'ap beni yo. Konsa tou, l'ap fache sou moun ki vire do ba li, l'ap pini yo.Se konsa nou fè jèn, nou lapriyè Bondye pou l pwoteje nou. Epi li reponn lapriyè nou yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 4:1-11

Apre sa, Lespri pouse Jezi al nan dezè a pou satan ka sonde li.Jezi pase karant jou ak karant nwit san manje. Apre sa, li vin grangou.Lè sa a, satan pwoche kote li pou sonde l'. Li di li konsa: — Si ou se pitit Bondye vre, m'pini ou bay wòch sa yo lòd tounen pen.Jezi reponn li: — Men sa ki ekri: Moun pa kapab viv ak manje ase. Yo bezwen tout pawòl ki sòti nan bouch Bondye tou.Apre sa, dyab la pran direksyon Jerizalèm ak li. Li mete li kanpe sou tèt tanp lan.Li di Jezi konsa: — Si ou se pitit Bondye vre, lage tèt ou anba. Paske men sa ki ekri: Bondye va bay zanj li yo lòd veye sou ou. Y'a pote ou nan men yo, pou pa frape pye ou nan okenn wòch.Jezi reponn li: — Men sa ki ekri tou: Ou pa dwe seye sonde Mèt la, Bondye ou.Satan mennen Jezi ankò sou yon mòn ki byen wo. Li moutre l tout peyi ki sou latè ansanm ak tout richès yo.Li di l konsa: — M'ap ba ou tout bagay sa yo, si ou mete ou ajenou devan m pou ou adore m.Jezi reponn li: — Demaske ou devan m' lan, Satan! Paske men sa ki ekri: Se Mèt la, Bondye ou la, pou adore. Se li menm sèl pou sèvi.Fwa sa a, dyab la resi kite li repo. Latou, kèk zanj Bondye pwoche kot Jezi, epi yo tanmen sèvi li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 5:33-35

Gen kèk moun ki di Jezi konsa: — Patizan Jan Batis yo ak patizan farizyen yo fè jèn souvan, se tout tan y'ap lapriyè. Men disip pa ou yo, tout tan se manje, se bwè.Jezi reponn yo: — Eske nou ka fòse zanmi yon nonm k'ap marye pou yo rete san manje tout tan li la avèk yo?Non. Men, lè lè a rive pou nonm k'ap marye a pa avèk yo ankò, se lè sa a y'a fè jèn.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jij 20:27-28

Lèfini, yo mande Senyè a ankò sa pou yo fè. Lè sa a, Bwat Kontra Bondye a te lavil Betèl.Se Fineas, pitit gason Eleaza, pitit pitit Arawon an, ki te reskonsab pou fè sèvis devan Bwat Kontra a. Yo di Senyè a: — Eske se pou n'al goumen ankò kont moun Benjamen yo, frè nou yo, osinon eske se pou n rete sou sa nou fè a? Senyè a reponn yo: — Nou mèt al goumen. Paske denmen m'ap lage yo nan men nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Danyèl 9:1-3

Lè sa a, wa Dariyis, moun peyi Medi, pitit wa Egzèsès la, t'ap mache sou ennan depi li t'ap gouvènen peyi Babilòn.Mwen menm Danyèl, mwen t'ap etidye liv Bondye yo. Mwen t'ap kalkile sou swasanndizan lavil Jerizalèm te gen pou l rete kraze a, jan Senyè a te di l nan bouch pwofèt Jeremi an.Mwen leve je m nan syèl la pou m lapriyè Senyè a, Bondye a, ak tout kè m. Mwen t'ap kriye nan pye l, mwen te rete san manje, yon rad sak sou mwen. Mwen te chita sou sann dife.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Samyèl 12:15-23

Apre sa, Natan al lakay li. Senyè a fè pitit madanm Ouri te fè pou David la vin malad grav.David tonbe lapriyè Senyè a pou ti gason an. Li derefize mete anyen nan bouch li. Chak swa, li antre nan chanm li, li pase nwit lan kouche atè.Chèf ki te reskonsab palè li a al jwenn li, yo fè sa yo kapab pou fè l leve atè a, men li derefize. Konsa tou, li pat vle manje avèk yo.Apre yon senmenn, pitit la mouri. Chèf kay David yo te pè al ba li nouvèl la. Yo t'ap di: Si lè pitit la te malad ase, David te refize reponn nou lè nou pale avè l, ki jan pou n al di l kounyeya pitit la mouri? Li ka fè malè sou tèt li.Men David wè moun li yo t'ap pale nan zòrèy yonn ak lòt, li vin konprann pitit la mouri. Li mande yo: — Pitit la mouri? Yo reponn li: — Wi, li mouri.David leve atè a, l'al benyen, li penyen tèt li, li chanje rad sou li. Lale nan kay Senyè a, li lapriyè. Apre sa, li tounen lakay li, li mande pou yo sèvi l manje. Li manje.Moun pa l yo t'ap di l: — Monwa, nou pa konprann sa w'ap fè konsa? Lè pitit la te vivan, ou t'ap plede kriye, ou rete san manje. Men, mouri pitit lan mouri, ou leve, ou manje.David reponn yo: — Wi, mwen t'ap kriye, mwen te rete san manje lè pitit la te vivan toujou. Mwen te kwè Senyè a ta gen pitye pou mwen, li pa ta kite pitit la mouri.Men, kounyeya, pitit la mouri, sa m bezwen rete san manje toujou fè? Eske mwen ka fè l leve ankò? Yon jou se mwen ki gen pou ale kote l ye a. Men li menm, li p'ap janm ka tounen vin jwenn mwen ankò.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jowèl 1:13-14

Nou nenm prèt yo, mete rad lapenn sou! Pete rele! Nou menm k'ap sèvi devan lotèl la, Mare ren nou. Ale nan Tanp lan, pase nwit lan ak rad lapenn lan sou nou. Nou menm k'ap sèvi Bondye mwen an Nou nan lapenn. Pa gen danre, nanpwen diven pou fè ofrann nan kay Bondye nou an.Bay lòd pou yo fè jèn! Rele tout moun vini! Sanble tout chèf yo ansanm ak tout moun ki rete nan peyi a, nan kay Senyè a, Bondye nou an. Rele nan pye Senyè a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Neyemi 1:5-11

Mwen di: — Aa, Senyè, Bondye ki nan syèl la, ou se yon Bondye ki gen pouvwa, yon Bondye ki fè moun gen krentif pou ou. Ou kenbe pawòl ou te bay nan kontra ou la. Ou toujou gen pitye pou moun ki renmen ou, pou moun ki swiv lòd ou yo.Tanpri, voye je ou sou mwen menm k'ap sèvi ou la. Panche zòrèy ou pou tande lapriyè m'ap fè nan pye ou kounyeya, lajounen kou lannwit, pou sèvitè ou yo, moun pèp Izrayèl yo. Mwen rekonèt tou sa moun pèp Izrayèl yo fè ki mal devan je ou. Mwen rekonèt ni mwen menm ni zansèt mwen yo nou fè peche.Nou aji mal anpil avè ou. Nou pa swiv tout kòmandman, tout lòd ak tout regleman ou te bay Moyiz, sèvitè ou la, pou nou.Koulyeya, chonje pawòl ou te bay Moyiz, sèvitè ou la, lòd ki di nou: Si nou menm, moun Izrayèl, nou pa kenbe pawòl mwen yo, m'ap gaye nou nan mitan tout lòt nasyon yo sou latè.Men, si nou vin jwenn mwen, si nou swiv kòmandman mwen yo pou fè sa mwen di nou fè, yo te mèt depòte nou jouk nan dènye bout latè, m'ap rasanble nou, m'ap fè nou retounen kote mwen chwazi pou nou rete a.Enben! Senyè, men yo, moun k'ap sèvi ou yo. Men pèp ou a, pèp ou te delivre ak gwo pouvwa ou ak fòs ponyèt ou a.Aa Senyè, panche zòrèy ou pou tande lapriyè, mwen menm, Sèvitè ou, m'ap fè nan pye ou, lapriyè tout sèvitè ou yo ki pran plezi gen krentif pou ou! Tanpri, Senyè, fè tout bagay mache byen pou mwen jodi a. Fè lanperè a resevwa mwen byen. Lè sa a, mwen te chèf kanbiz lanperè a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 69:10-11

(11) Mwen nan gwo lapenn, mwen rete san manje. Se poutèt sa wi y'ap joure m konsa.(12) Si m mete yon rad sak sou mwen pou m mande ou padon, y'ap pase m nan rizib.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 58:10-11

si nou manje ak moun ki grangou, si nou plen vant moun ki nan nesesite, limyè va klere pou nou nan mitan fènwa. Lannwit va fè klè pou nou tankou gwo midi.Se tout tan Senyè a va moutre nou chemen pou nou pran, l'a rafrechi nanm nou nan tan chechrès. L'a ban nou fòs ak kouray. N'a tankou yon jaden ki byen wouze, tankou yon sous dlo ki pa janm chèch.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Danyèl 1:8-16

Danyèl te pran desizyon nan kè l pou l pat manyen ni manje ni diven yo sèvi nan palè wa a pou l te ka toujou nan kondisyon pou l sèvi Bondye l. Se konsa, l'al jwenn kòmandan nèg konfyans wa a, li mande l pèmisyon pou l pa blije manje manje sa yo.Bondye fè Achpenaz, kòmandan nèg konfyans wa a, te renmen Danyèl, san l te ale avè l.Men, Achpenaz di Danyèl konsa: — Mwen pè wa a, mèt mwen an. Se wa a menm ki deside sa pou n manje ak sa pou n bwè. Si nou pa anfòm tankou lòt jenn gason menm laj avè nou yo, nou ka lakòz wa a touye m.Lè sa a, Danyèl al jwenn gad kòmandan an te mete reskonsab li ansanm ak Ananya, Michayèl ak Azarya. Li di l:— Pandan dis jou ban nou legim ase pou n manje ak dlo pou nou bwè.Apre sa, w'a wè ki jan nou ye devan lòt jenn gason yo k'ap manje manje wa a. Lè sa a, w'a fè sa ou vle avè nou, dapre sa w'a wè.Gad la dakò pou l ba yo yon chans pandan dis jou.Apre dis jou yo, figi ti mesye yo te pi fre, yo te pi anfòm pase jenn gason ki te manje manje wa a.Depi lè sa a, gad la pat ba yo manje ak diven wa a te bay pou yo a, li ba yo legim pito.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 6:6

Men ou menm, lè w'ap lapriyè, antre nan chanm ou. Fèmen pòt ou. Lapriyè Papa ou ki la pou kont li avè ou. Konsa, Papa ou menm ki wè sa ou fè an sekrè a, se li ki va ba ou rekonpans ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Esdras 8:15

Mwen sanble tout moun sa yo bò gwo kannal ki mennen dlo nan lavil Aava a. Nou pase twa jou la. Antan nou la, mwen remake nou te gen prèt nan gwoup la, men pat gen moun Levi.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Samyèl 30:7-8

David rele Abyata, prèt la, pitit gason Akimelèk la, li di l konsa: — Pote jile Bondye a isit ban mwen! Abyata pote jile Bondye a bay David.David pale ak Senyè a, li di li: — Eske se pou m ale dèyè bann moun sa yo? Eske m'a rapousib yo? Senyè a di li: — Ou mèt ale dèyè yo. W'a rapousib yo, epi w'a sove moun yo fè prizonye yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 63:1-5

(2) Bondye, se ou ki Bondye mwen. Jan manvi wè ou! Jan m'ap tann ou sa a! Se tout kò m k'ap mande pou ou, tankou tè sèk nan solèy k'ap tann lapli.(3) Fè m antre kote ki apa pou ou nan kay ou a pou m wè ou, pou m wè jan ou gen pouvwa, jan ou merite pou yo fè lwanj ou.(4) Renmen ou gen pou nou an pi bon pase lavi. Se poutèt sa m'ap fè lwanj ou.(5) Konsa ma pase tout lavi m ap di ou mèsi. Se ou menm sèlman m'a lapriyè.(6) M'ap fè fèt, m'ap kontan tankou yon moun ki manje plen vant li yon manje ki gen bon gou, ki gen kont grès li ladan l. Wi, se konsa kè m ap kontan. M'ap louvri bouch mwen pou m fè lwanj ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jonas 4:2

Li lapriyè Senyè a, li di l konsa: — Aa Senyè! Men sa m t'ap di a wi, lè m te nan peyi m lan. Se sa menm wi, mwen pat vle rive a. Se poutèt sa mwen te vle al kache nan peyi Tasis. Mwen konnen ou: Ou se yon Bondye ki gen bon kè, ki gen pitye pou nou. Ou pa fè kòlè fasil, ou pa janm sispann renmen nou, se vre. Ou toujou pare pou padonnen moun, pou chanje lide pou ou pa pini yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 34:8-10

(9) Goute, n'a wè jan Senyè a bon! Ala bon sa bon pou moun ki jwenn pwoteksyon anba zèl li!(10) Nou tout pèp Senyè a, se pou nou gen krentif pou li, paske moun ki gen krentif pou li p'ap janm manke anyen.(11) Moun rich konn manke manje, yo konn rete grangou. Men, moun k'ap chache fè volonte Senyè a p'ap manke anyen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 84:2

(3) Jan mwen anvi wè kay Senyè a sa! M'ap deperi sitèlman manvi al lakay Senyè a. M'ap chante, m'ap fè fèt pou Bondye vivan an.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 107:8-9

Se pou yo di Senyè a mèsi pou jan li pa janm sispann renmen yo, pou bèl bagay li fè pou moun.Li bay moun ki te swaf dlo kont dlo pou yo bwè. Li bay moun ki t'ap mouri grangou anpil bon bagay pou yo manje.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 2:36-37

Te gen yon fanm ki te pwofèt la a tou. Li te rele Ana, pitit fi Fanwèl, nan branch fanmi Azè. Li te fin granmoun. Li te viv setan ak nonm li te marye depi li te jennfi a.Apre sa, li te rete vèv. Lè sa a, li te gen katrevenkatran, li pat janm kite tanp lan. Li t'ap sèvi Bondye lajounen kou lannwit: tout tan li t'ap fè jèn, li t'ap lapriyè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Neyemi 8:10

Okontrè, al lakay nou, fè fèt! Separe vyann gra ak bon ti likè nou genyen ak moun ki pa genyen, paske jou sa a se yon jou nou fèt pou mete apa pou Senyè a. Pa kite lapenn pran nou! Kontantman Bondye ap mete nan kè nou an va ban nou fòs!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jowèl 2:18-19

Lè sa a, Senyè a fè wè jan li renmen peyi li a. Li fè pèp li a gras.Li reponn, li di pèp la konsa: — Bon! Mwen pral ban nou ble, diven ak lwil fre. N'ap gen tou sa n'a bezwen. Mwen p'ap janm kite moun lòt nasyon yo pase nou nan betiz ankò.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Estè 9:20-22

Madoche fè ekri tout bagay sa yo, lèfini li voye lèt bay tout jwif ki te nan pwovens peyi wa Asyeris la, kit yo te pre, kit yo te lwen.Li voye di yo pou yo te toujou pran de jou sa yo, katòzyèm ak kenzyèm jou nan mwa Ada a, pou jou fèt chak lanne.Se jou sa yo jwif yo te fè lènmi yo ba yo lapè. Se mwa sa a sitirasyon an te chanje pou yo: yo te sispann gen lapenn, kè yo te kontan. Yo pat dekouraje, yo t'ap fè fèt. Se pou yo te make jou sa yo tankou jou pou fè fèt ak gwo resèpsyon. Jou sa a, se pou yo voye kado yonn bay lòt, se pou yo bay pòv yo kado tou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Travay 13:1-3

Nan legliz Antyòch la te gen kèk pwofèt ak moun ki t'ap bay enstriksyon: se te Banabas, Simeon (yo te rele Ti Nwa), Lisiyis, moun Sirèn, Manayèn (ki te grandi ansanm ak Ewòd, gouvènè a), epi Sòl.Yon jou, yo t'ap fè sèvis pou Bondye, yo t'ap fè jèn, lè Sentespri di yo: — Mete Banabas ak Sòl apa pou mwen, pou yo fè travay mwen chwazi pou yo fè a.Lè sa a, yo fè jèn, yo lapriyè, yo mete men sou tèt Banabas ak Sòl, epi yo kite yo ale.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 58:13-14

Si nou veye kò nou pou nou respekte jou repo a, pou nou pa regle pwòp zafè nou jou ki apa pou mwen an, si se yon plezi pou nou lè jou repo a rive, si nou respekte jou ki apa pou mwen menm, Senyè a, pou jou sa a nou pa nan fè sa ki nan lide nou, nou pa nan vwayaje, nou pa nan fè travay, ni nou pa nan pale vye koze,lè sa a, n'a jwenn plezi nou nan fè sèvis pou mwen. M'a fè tout moun sou latè pote nou anlè, n'a jwi lavi nan peyi mwen te bay Jakòb, zansèt nou an. Se mwen menm, Senyè a, ki di sa!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Kwonik 20:1-30

Kèk tan apre sa, moun Mowab ak moun Amon mete ansanm ak moun Mawon yo, yo vin atake Jozafa.Yo vin bay Jozafa nouvèl la, yo di l konsa: — Men yon gwo lame sòti nan peyi Edon lòt bò Lanmè Mouri a vin atake ou. Yo gentan pran lavil Azason Tama. Azason Tama, se yon lòt non yo te bay lavil Angedi.Yon sèl laperèz pran Jozafa. Li pran desizyon mande Senyè a sa pou l fè. Li bay lòd pou tout moun nan peyi a fè jèn.Moun sòti toupatou nan lavil peyi Jida yo vin lapriyè nan pye Senyè a.Jozafa rete kanpe nan mitan tout pèp peyi Jida a, ansanm ak pèp lavil Jerizalèm lan, devan lakou nèf Tanp Senyè a.Li lapriyè byen fò, li di: — Senyè, Bondye zansèt nou yo, se ou menm ki Bondye nan syèl la. Se ou menm k'ap gouvènen tout nasyon sou latè a. Se nan men ou tout fòs ak tout pouvwa ye. Pèsonn pa ka kenbe tèt avè ou.Ou se Bondye nou. Se ou menm ki te mete tout moun ki te rete nan peyi sa a deyò fè plas pou pèp Izrayèl la. Lèfini, ou bay tout pitit Abraram, zanmi ou lan, peyi a pou l rele yo pa yo pou tout tan.Se isit la yo rete, yo bati yon tanp pou ou. Yo te dinenpòt malè ki ta ka tonbe sou yo pou pini yo: te mèt lagè, te mèt chatiman, te mèt move maladi osinon grangou, y'ap vin kanpe devan ou, devan Tanp sa a, paske se nan Tanp sa a ou ye. Nan tout mizè yo, y'a lapriyè nan pye ou. W'a tande yo, w'a delivre yo. Koulyeya, moun peyi Amon, peyi Mowab ak peyi Edon vin atake nou. Lè zansèt nou yo t'ap soti kite Lejip, ou pa te kite yo antre nan peyi moun sa yo. Se konsa yo te chankre pou yo pa te pase lakay yo, yo pa detwi yo.Gade ki jan y'ap fè nou peye sa jòdi a! Men y'ap vin mete nou deyò nan peyi ou te ban nou an!Ou sse Bondye nou. Se ou menm ki pou pini yo paske nou pa gen fòs pou nou kanpe devan gwo lame sa a k'ap vin atake nou an. Nou pa konn sa pou nou fè. N'ap tann sa ou pral fè pou nou. Tout mesye peyi Jida yo te kanpe la devan kay Senyè a, ansanm ak madanm yo, pitit yo ak pitit pitit yo.Lespri Senyè a desann sou yon moun Levi ki te la nan mitan yo. Li te rele Jaziyèl. Se te yon moun nan branch fanmi Zakari. Zakari sa a te pitit Benaja ki te pitit Jeyèl. Jeyèl te pitit Matanya ki te pitit Asaf.Jaziyèl di konsa: — Louvri zòrèy nou, nou tout moun peyi Jida, moun lavil Jerizalèm ansanm ak ou menm, wa Jozafa. Senyè a voye di nou: Pa dekouraje. Nou pa bezwen pè devan gwo lame sa a. Batay sa a se pa batay pa nou, se batay Bondye menm.Denmen, nou mèt desann al atake yo. Yo pral pase moute sou ti bit flè yo. N'a kontre ak yo nan pwent ravin ki mennen nan dezè bò Jewouyèl la.Nou p'ap bezwen nan goumen menm. N'ap annik pran pozisyon nou. Apre sa, tann. N'ap wè Senyè a ap ban nou gany. Wi, nou menm moun peyi Jida ak moun lavil Jerizalèm, nou pa bezwen pè, nou pa bezwen gen kè kase. Denmen, mache pran yo, paske Senyè a ap kanpe la avèk nou.Lè sa a, wa Jozafa mete ajenou, li bese tèt li devan Senyè a. Tout moun peyi Jida ak moun lavil Jerizalèm bese tèt devan Senyè a pou adore li.Moun branch fanmi Keyat ansanm ak moun Levi, branch fanmi Kore, leve, yo pran fè lwanj Senyè pèp Izrayèl la byen fò. Nan denmen maten, byen bonè, pèp la leve, li pati nan dezè Tekowa a. Lè yo ta pral derape, Jozafa pale ak yo, li di konsa: — Nou menm, moun Jida ak moun Jerizalèm, koute sa m'ap di nou! Mete konfyans nou nan Senyè a, Bondye nou an! Nou p'ap vole gadjè. Se pou nou kwè sa pwofèt li yo di nou an. N'ap genyen batay la.Apre sa, li fè yo pale ak pèp la. Li fè kèk mizisyen pran mache devan sòlda yo ak rad seremoni yo sou yo. Yo t'ap mache devan sòlda yo, yo t'ap chante: — Beniswa Letènèl! Li p'ap janm sispann renmen nou!Lè yo tanmen chante ak kè kontan pou fè lwanj Senyè a, Senyè a lage yon sèl bouyay nan mitan moun Amon yo, moun Mowab yo ak moun mòn Seyi yo ki te vin atake peyi Jida a, yo pèdi batay la.Moun peyi Amon ak peyi Mowab atake lame moun mòn Seyi, yo detwi yo nèt. Lèfini, yo vire yonn sou lòt nan yon chen manje chen, yonn touye lòt.Lè moun peyi Jida yo rive sou tèt yon ti bit kote yo ka wè tout dezè a, yo voye je yo gade kote lènmi yo ye a, yo wè yo tout te kouche mouri atè a. Pat gen yon moun ki te chape.Jozafa ansanm ak lame li a desann al piye tou sa lènmi yo te kite, yo jwenn kantite bèt, pwovizyon, rad ak anpil lòt bagay ki te gen valè. Yo pase twa jou ap ranmase. Men te gen sitèlman, yo pat ka pran tout pote ale.Sou katriyèm jou a, yo sanble nan fon Benediksyon an pou fè lwanj Senyè a pou tou sa li te fè pou yo. Se poutèt sa yo rele fon an Beraka, non ki rete pou li jouk jounen jòdi a.Lèfini, tout moun peyi Jida yo ak moun lavil Jerizalèm yo ak wa Jozafa alatèt yo tounen lavil Jerizalèm ak gwo kè kontan, paske se Senyè a menm ki te ba yo okazyon fè fèt sou do lènmi yo.Lè yo rive lavil Jerizalèm, y'ale nan Tanp Senyè a, pandan yo t'ap jwe gita, bandjo ak twonpèt.Lè moun lòt nasyon yo vin konnen jan Senyè a te kraze lènmi peyi Jida yo, yo tout te sòti pè anpil.Se konsa reny Jozafa a pase dous, san bri san kont. Bondye te fè tout peyi ki te nan vwazinay yo viv byen avè l.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Danyèl 1:11-12

Lè sa a, Danyèl al jwenn gad kòmandan an te mete reskonsab li ansanm ak Ananya, Michayèl ak Azarya. Li di l:— Pandan dis jou ban nou legim ase pou n manje ak dlo pou nou bwè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Wa 21:27

Lè Eli fin pale konsa, Akab tèlman boulvèse, li chire rad sou li. Li mete rad lapenn li epi li rete san manje. Ata dòmi li dòmi ak rad tristès la sou li. Li t'ap mache tou kagou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jij 20:18-26

Moun pèp Izrayèl yo leve, y'ale lavil Betèl, y'al mande Senyè a sa pou yo fè. Yo mande l: — Ki branch fanmi nan pèp Izrayèl la ki pou al atake moun Benjamen yo anvan? Senyè a di yo: — Se branch fanmi Jida a.Se konsa, pèp Izrayèl la leve nan denmen maten, y'al pran pozisyon bò lavil Gibeya.Lèfini, yo pati pou y'al goumen ak moun branch fanmi Benjamen yo. Yo pran pozisyon anfas lavil Gibeya.Moun Benjamen yo sòti lavil Gibeya. Jou sa a yo desann venndemil (22.000) sòlda nan lame pèp Izrayèl la.Men, lame pèp Izrayèl la reprann fòs, yo pran pozisyon ankò menm kote yo te ye premye jou a pou y'al goumen.Moun pèp Izrayèl yo menm moute Betèl, y'al kriye nan pye Senyè a jouk aswè, epi yo mande Senyè a sa pou yo fè. Yo di l: — Eske se pou n'al goumen ankò kont moun fanmi Benjamen yo, frè nou yo? Senyè a reponn yo: — Wi. Nou mèt ale.Se konsa lame pèp Izrayèl la atake moun Benjamen yo yon dezyèm fwa.Men, moun Benjamen yo sòti lavil Gibeya vin kontre ak yo. Fwa sa a yo touye dizwitmil (18.000) solda nan lame pèp Izrayèl la.Lè sa a, ni lame a ni rès pèp Izrayèl la moute lavil Betèl. Yo chita la devan Senyè a ap kriye. Jou sa a, yo rete san manje jouk aswè. Apre sa, yo boule bèt nan dife pou Senyè a, yo fè ofrann pou mande Senyè a padon.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 4:2-4

Jezi pase karant jou ak karant nwit san manje. Apre sa, li vin grangou.Lè sa a, satan pwoche kote li pou sonde l'. Li di li konsa: — Si ou se pitit Bondye vre, m'pini ou bay wòch sa yo lòd tounen pen.Jezi reponn li: — Men sa ki ekri: Moun pa kapab viv ak manje ase. Yo bezwen tout pawòl ki sòti nan bouch Bondye tou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 58:9-10

Lè sa a, si nou lapriyè nan pye m, m'a reponn nou. Si nou rele m, m'a di men mwen! Si nou rache tout mechanste nan kè nou voye jete, si nou sispann kraponnen moun, si nou sispann pale moun mal,si nou manje ak moun ki grangou, si nou plen vant moun ki nan nesesite, limyè va klere pou nou nan mitan fènwa. Lannwit va fè klè pou nou tankou gwo midi.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jowèl 1:14-16

Bay lòd pou yo fè jèn! Rele tout moun vini! Sanble tout chèf yo ansanm ak tout moun ki rete nan peyi a, nan kay Senyè a, Bondye nou an. Rele nan pye Senyè a.Ala yon gwo jou papa! Jou Senyè a pa lwen rive. Se jou Bondye ki gen tout pouvwa a ap vini kraze brize. Jou sa a ap bay gwo lapenn.N'ap gade konsa, rekòt nou yo ap disparèt devan je nou san nou pa ka fè anyen! Pa gen kè kontan, pa gen fèt nan kay Bondye nou an!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jonas 3:7-10

Li voye fè piblikasyon sa a nan tout peyi a: — Men lòd wa a ansanm ak lòt chèf li yo bay: pesonn pa gendwa manje anyen. Ni moun, ni bèf, ni mouton. Tout ap rete san manje san bwè.Tout moun va abiye toutanblan. Tout bèt va gen siy lapenn nan sou yo tou. Tout moun va lapriyè Bondye ak tout kè yo. Y'a kite tout move zak ak tout mechanste yo te konn fè nan lavi yo.Nou pa janm konnen, Bondye ka chanje lide. L'a regrèt sa li ta pral fè a, li p'ap fache sou nou ankò. Konsa, nou p'ap mouri. Bondye wè sa yo t'ap fè a. Li wè yo soti pou chanje lavi yo vre. Se konsa li chanje lide. Li pa pini yo ankò jan li te di li ta pral pini yo a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Neyemi 9:3

Pandan twazè, yo tout rete kanpe kote yo te ye a, y'ap tande moun ap li nan liv lalwa Senyè a, Bondye yo a. Apre sa, pandan twazè ankò, yo t'ap di tout peche yo te fè, epi yo tonbe ajenou ap adore Senyè a, Bondye a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Samyèl 12:15-16

Apre sa, Natan al lakay li. Senyè a fè pitit madanm Ouri te fè pou David la vin malad grav.David tonbe lapriyè Senyè a pou ti gason an. Li derefize mete anyen nan bouch li. Chak swa, li antre nan chanm li, li pase nwit lan kouche atè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Danyèl 6:18-24

Apre sa, wa a tounen nan palè a. Jou swa sa a li pa manje, li pa fè chache okenn nan fanm kay li yo. Li pase nwit lan san l pa fèmen je l. Nan maten, lè bajou kase, wa a leve, li kouri al bò twou lyon an.Lè li rive, li pwoche bò bouch twou a. Kè l te sere lè li rele Danyèl, li di: — Danyèl, sèvitè Bondye vivan an, eske Bondye w'ap sèvi san dezanpare a te rive delivre ou anba lyon yo?Danyèl pale, li di wa a: — Se pou Bondye bay monwa lavi pou lontan ankò!Bondye mwen an voye zanj li, li fèmen bouch lyon yo pou yo pa fè m anyen. Li fè sa paske li konnen mwen inonsan. Epi ou menm tou, monwa, ou konnen m pa fè ou anyen ki mal, pa vre? Wa a te kontan anpil. Li bay lòd pou yo rale Danyèl sòti nan twou a mete l deyò. Lè yo rale mesye sòti, yo wè lyon yo pat grafinyen l menm, paske li te mete konfyans li nan Bondye l.Lè sa a, wa a bay lòd pou y'al arete tout moun ki te vin akize Danyèl yo. Li fè jete yo tout nan gwo twou lyon an ansanm ak madanm yo ak pitit yo. Yo pat ankò rive atè nan twou a, lyon yo te gentan vare sou yo, kraze tout zo nan kò yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 4:2

Se la Satan vin tante l pandan karant jou. Tout jou sa yo li pat manje anyen menm. Apre jou sa yo fin pase, li te grangou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 6:17

Men ou menm, lè w'ap fè jèn, penyen tèt ou byen penyen, lave figi ou byen lave.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Travay 9:18-19

Menm lè a, bagay tankou kal pwason sot tonbe nan je Sòl, epi l wè ankò. Sòl leve, li resevwa batèm.Apre sa, li manje epi l vin gen fòs ankò. Sòl rete pase kèk jou ankò ak disip ki te Damas yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Esdras 10:6-8

Apre sa, Esdras ale lakay Jokanan, pitit gason Eliyachib la, sou devan Tanp Bondye a. Li pase nwit lan la, san manje, san bwè, paske li te nan gwo lapenn dèske moun yo te depòte epi ki te tounen nan peyi a pat kenbe pawòl yo. Yo fè piblikasyon nan tout peyi Jida ak lavil Jerizalèm pou mande tout moun ki te tounen soti nan peyi kote yo te depòte yo a pou yo tout te reyini lavil Jerizalèm.Si yon moun kite twa jou pase li pa moute, tout chèf ak tout moun ki alatèt branch fanmi yo te dakò pou yo te sezi tout byen moun sa a fè Tanp Bondye a kado, lèfini pou yo pa te konsidere li tankou moun sosyete a ankò avèk rès moun ki te tounen soti kote yo te depòte yo a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jowèl 2:12

Senyè a pale, li di: — Menm kounyeya, tounen vin jwenn mwen ak tout kè nou! Fè jèn, kriye kont kò nou, plenn sò nou!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Danyèl 10:1-3

Siris t'ap mache sou twazan depi l te wa nan peyi Pès lè Bondye fè Danyèl, ki te rele Bèltechaza tou, konnen yon mesay. Se te bon koze sou gwo batay ki gen pou fèt la. Se nan yon vizyon yo te fè l konprann mesay la. Lè sa a, mwen menm Danyèl, mwen pase twa senmenn nan gwo lapenn.Mwen pat manje okenn bon ti manje, ni okenn vyann. Mwen pat mete yon gout diven nan bouch moun. Mwen pat pase lwil santi bon sou mwen pandan twa senmenn sa yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 9:25-27

Moun k'ap fè egzèsis pou al nan konkou, yo bay kò yo yon disiplin sevè pou yo ka byen pare. Yo fè tou sa pou yo ka genyen yon kouwòn ki p'ap konsève lontan. Men nou menm, n'ap bay kò nou yon disiplin sevè pou n ka genyen yon kouwòn k'ap la pou tout tan.Se poutèt sa, m'ap kouri, men je m pa sòti sou kote pou m rive a. Mwen tankou yon nonm k'ap tire koutpwen, men mwen pa tankou moun k'ap goumen ak lonbray li.Mwen aji di ak kò m, mwen kenbe l kout, pou mwen menm yo pa voye m jete apre mwen fin moutre lòt yo sa pou yo fè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 34:8

(9) Goute, n'a wè jan Senyè a bon! Ala bon sa bon pou moun ki jwenn pwoteksyon anba zèl li!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 63:1

(2) Bondye, se ou ki Bondye mwen. Jan manvi wè ou! Jan m'ap tann ou sa a! Se tout kò m k'ap mande pou ou, tankou tè sèk nan solèy k'ap tann lapli.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Danyèl 9:4-6

Mwen lapriyè nan pye Senyè a, Bondye mwen an. Mwen louvri kè m ba li, mwen mande l padon pou pèp mwen an. Mwen di: — Senyè, Bondye, ou gen gwo pouvwa, tout moun fèt pou gen krentif pou ou. Ou kenbe pwomès ou, ou pa janm sispann renmen moun ki renmen ou epi ki kenbe kòmandman ou yo.Nou peche, nou fè mechanste, nou fè sa ki mal, nou vire do ba ou, nou pa fè sa ou te mande nou fè, ni sa ou te ban nou lòd fè.Nou pat koute pwofèt yo, sèvitè ou yo, ki te pale nan non ou ak wa nou yo, chèf nou yo, zansèt nou yo ak tout pèp nan peyi nou an.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 5:33

Gen kèk moun ki di Jezi konsa: — Patizan Jan Batis yo ak patizan farizyen yo fè jèn souvan, se tout tan y'ap lapriyè. Men disip pa ou yo, tout tan se manje, se bwè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi

Lapriyè bay Bondye

Bondye Redamtè! Jounen jodi a, m'ap kriye nan pye w, m'ap chèche figi w pou m' ka ba w glwa ak onè. Mwen vin jwenn ou, Granmèt, nan non Senyè nou Jezikri, paske se ou sèl ki diy de tout glwa ak tout onè. Mèsi, Senyè, pou zam espirityèl sa a, pouvwa jèn ak lapriyè a. M'ap mande w, lè m'ap kriye nan pye w la a, pou tout chenn, tout lyen peche ki mare lavi m' kase. Lespri Sen, ede m' kenbe yon vi jèn ak lapriyè, yon vi ki apiye sèlman sou prezans ou. Avèk yon kè ki pare pou l' mete ou apa, moutre m' kijan pou m' antre pi fon nan kominyon avèk ou, pou m' ka chèche volonte pafè w pou lavi m' nan plas sekrè sa a, grasa jèn ak lapriyè. Ban m' fòs pou m' metrize feblès kò m', pou m' pa manje manje latè, men pou m' plen vant m' ak manje espirityèl la. Pawòl ou di: «Mwen vire figi m' gade Bondye, Mèt la, pou m' chache l' nan lapriyè ak siplikasyon, avèk jèn, rad sak, ak sann dife.» Lespri Sen, fè pouvwa w manifeste nan lavi m' nan jèn sa a, pou m' ka genyen viktwa sou tout sikonstans ak tout move plan lènmi an kont mwen ak fanmi mwen. Nan non Jezi. Amèn!
Swiv nou:

Piblisite


Piblisite