Vèsè Biblik

- Piblisite -


MÈSI VÈSÈ

MÈSI VÈSÈ

Bondye beni nou anpil, chak jou nou gen anpil bagay pou nou di l mèsi. Bondye bon, li plen nou ak benediksyon l chak jou. Nan Bondye, nou wè e nou jwi privilèj tankou gen yon kay pou nou rete, gen lasante, gen yon fanmi, gen yon travay. Gen tèlman bagay kote nou wè benediksyon Bondye, ke toujou ap gen yon rezon pou nou di l mèsi. Pafwa nou plis konsantre sou pwoblèm nou yo oubyen sou sa nou pa genyen, olye nou eksprime lajwa ak rekonesans nou anvè Bondye pou tout bon bagay ki nan lavi nou.

Bondye nou an se sous tout bon bagay! Kòmanse pran abitid di l mèsi chak jou pou tout byenfe li yo. Menm jan Ebre 12:28 di a, "Poutèt n'ap resevwa yon wayòm ki p'ap janm brannen, ann kenbe kè nou byen fèm nan remèsiman Bondye, pou n' ka sèvi l' yon jan ki fè l' plezi, avèk respè ak krentif."




1 Tesalonisyen 5:18

Di Bondye mèsi pou tout bagay. Se sa Bondye mande nou, nou menm ki mete konfyans nou nan Jezikri.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 100:4

Antre nan Tanp li, di l mèsi! Antre kote ki apa pou li a, chante pou li! Wi, fè lwanj li, di l mèsi!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 118:1

Fè lwanj Senyè a paske li bon. Non, li p'ap janm sispann renmen nou!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Kolosyen 3:17

Tou sa n'ap fè, tou sa n'ap di, fè l nan non Senyè Jezi a, san nou pa janm bliye di Bondye mèsi nan li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 136:1

Di Bondye mèsi paske li gen bon kè. Non, li p'ap janm sispann renmen nou!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Efezyen 5:20

Nan non Senyè nou an, Jezikri, se tout tan pou n'ap di Bondye Papa a mèsi pou tout bagay.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 107:1

Lwanj pou Senyè a paske li bon! Li p'ap janm sispann renmen nou!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 9:1

(2) M'a fè lwanj ou ak tout kè m, Senyè. M'a rakonte tout bèl mèvèy ou yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Kwonik 16:34

Lwanj pou Senyè a paske li bon. Li p'ap janm sispann renmen nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Filipyen 4:6

Pa bay kò nou traka pou anyen. Men, nan tout sikonstans mande Bondye tou sa nou bezwen nan lapriyè. Toujou chonje di l mèsi tou lè n'ap lapriyè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 92:1-2

(2) Sa bon nèt pou nou di Senyè a mèsi, pou nou chante pou ou, Bondye ki anwo nan syèl la. (3) Sa bon nèt pou chak maten nou fè konnen jan ou gen kè sansib, pou chak swa nou fè konnen jan ou toujou kenbe pawòl ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Kolosyen 4:2

Pa janm sispann lapriyè. Pa kite dòmi pran nou. Toujou chonje lapriyè pou di Bondye mèsi.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 95:2-3

Ann parèt devan li pou nou di l mèsi! Ann chante yon chante pou fè lwanj li!Paske, Senyè a se yon Bondye ki gen pouvwa, se yon gwo wa sou tout lòt bondye yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 103:2

Wi, kite m di Senyè a mèsi. Mwen pa dwe janm bliye tout byen li fè pou mwen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Kwonik 29:13

Kounyeya, Bondye nou, nou di ou mèsi. N'ap fè lwanj pou ou sitèlman ou gen pouvwa.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Korent 9:15

Ann di Bondye mèsi pou gwo kado sa a li ban nou, yon kado ki pa gen parèy li!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 12:4-5

Jou sa a, n'a chante: Ann di Bondye mèsi! Annou fè lwanj non li! Annou fè tout nasyon yo konnen sa li fè!Chante pou Senyè a, paske li fè gwo mèvèy. Fè tout moun sou latè konn sa!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 105:1

Lwanj pou Senyè a! Fè konnen jan li gen pouvwa! Fè nasyon yo konnen sa li fè!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 69:30

(31) M'a chante pou Bondye, m'a fè lwanj li. M'a di l mèsi, m'a fè konnen jan li gen pouvwa.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 13:15

Gremesi Jezikri, sèl ofrann san n'ap ofri bay Bondye a, se lwanj n'ap ba li tout tan. Se tout tan pou non l nan bouch nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 28:7

Senyè a ap pwoteje m, l'ap pran defans mwen. Mwen mete tout konfyans mwen nan li. Li ede m, kè m kontan. M'ap chante pou m fè lwanj li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 30:12

(13) Mwen p'ap rete ak bouch mwen fèmen, m'ap chante lwanj ou. Senyè, se ou menm ki Bondye mwen! Se tout tan tout tan m'ap di ou mèsi.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 1:4

Se tout tan m'ap di Bondye mèsi pou sa l fè pou nou menm, frè lavil Korent yo, pou favè li te fè nou jwenn nan Jezikri.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Tesalonisyen 1:3

Se yon devwa pou nou pa janm sispann di Bondye mèsi pou nou, frè mwen yo. Wi, se devwa nou pou nou fè li vre. Paske konfyans nou nan Bondye ap grandi anpil. Renmen nou gen yonn pou lòt la ap grandi plis toujou tou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Kolosyen 3:15

Se pou nou viv byen yonn ak lòt, jan Kris la vle l la. Paske, Bondye rele nou pou nou viv byen yonn ak lòt pou nou ka fè yon sèl kò. Toujou chonje sa li fè pou nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 106:1

Lwanj pou Senyè a! Wi, lwanj pou Senyè a paske li bon: li p'ap janm sispann renmen nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Timote 4:4-5

Tou sa Bondye kreye bon. Nou pa fèt pou nou voye yo jete. Se pou nou asepte tout bagay san nou pa janm bliye di Bondye mèsi.Se pawòl Bondye a ak lapriyè nou fè a k'ap mete yo apa pou Bondye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 50:23

Lè yon moun chonje di m mèsi pou tout bagay, se lè sa a li fè lwanj mwen. M'ap delivre tout moun k'ap veye kote y'ap mete pye yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 136:26

Di Bondye nan syèl la mèsi. Non, li p'ap janm sispann renmen nou!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Efezyen 1:16

mwen pa janm sispann di Bondye mèsi pou nou. Mwen toujou chonje nou lè m'ap lapriyè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 119:62

Nan mitan lannwit mwen leve pou m di ou mèsi, paske tout jijman ou yo san patipri.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 116:17

M'ap ofri bèt pou yo touye bay Senyè a, m'ap rele l pou m di l mèsi.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 136:2-3

Di Bondye ki gen pouvwa pase tout lòt bondye yo mèsi. Non, li p'ap janm sispann renmen nou!Di chèf ki pi gwo chèf pase tout chèf yo mèsi. Non, li p'ap janm sispann renmen nou!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 1:8

Anvan m di nou lòt bagay, kite m di Bondye mèsi pou nou gremesi Jezikri. Paske, toupatou sou latè y'ap pale jan nou gen konfyans nan Bondye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Kolosyen 1:12

Ak kè kontan, se pou nou di Papa a mèsi, li menm ki ban nou privilèj resevwa pòsyon pa nou nan eritaj Bondye sere pou tout moun pa l yo nan peyi limyè a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 17:15-16

Yonn ladan yo ki wè li geri, li kase tèt tounen, epi li pran rele: Beniswa Letènèl byen fò.Li lage kò l atè nan pye Jezi, li di l mèsi. Nonm sa a te yon moun pèyi Samari.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 145:10

Senyè, tou sa ou fè ap fè lwanj ou! Tout moun pa ou yo ap di ou mèsi!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Danyèl 2:23

Bondye zansèt mwen yo, m'ap fè lwanj ou, m'ap di ou mèsi paske ou ban m fòs ak bon konprann. Ou fè m konnen sa nou te mande ou la, ou fè nou konnen sa ki t'ap boulvèse wa a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 100:1-5

(1b) Nou tout ki rete sou latè, chante pou Bondye sitèlman nou kontan. Fè sèvis pou Senyè a ak kè kontan! Vini non! Fè fèt devan li!Pa janm bliye: Senyè a, se Bondye li ye. Se li menm ki fè nou, se pou li nou ye. Se pèp li nou ye, mouton ki nan savann li.Antre nan Tanp li, di l mèsi! Antre kote ki apa pou li a, chante pou li! Wi, fè lwanj li, di l mèsi!Senyè a gen bon kè, li p'ap janm sispann renmen nou. De pitit an pitit, l'ap toujou kenbe pawòl li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Kwonik 16:8

Lwanj pou Senyè a! Fè konnen jan li gen pouvwa! Fè nasyon yo konnen sa li fè!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Tesalonisyen 1:2

Se tout tan n'ap di Bondye mèsi pou nou tout. Nou pa janm bliye nou lè n'ap lapriyè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 138:1-2

(1b) Senyè, m'ap di ou mèsi ak tout kè m. La, devan lòt bondye yo, m'ap chante, m'ap jwe gita pou ou!M'ap mete ajenou devan kay ki apa pou ou a, m'ap fè lwanj ou, paske ou gen bon kè, paske ou toujou kenbe pawòl ou, paske ou fè sa ou te pwomèt la. Se tout moun k'ap nonmen non ou kounyeya.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 89:1-2

(2) Senyè, mwen p'ap janm sispann chante pou fè konnen jan ou renmen nou. Se tout tan m'a fè konnen jan ou se moun ki kenbe pawòl ou.(3) Ou di konsa: — Pa gen anyen ki pou fè ou sispann renmen nou. Menm jan syèl la ap toujou la, se konsa tou w'ap toujou kenbe pawòl ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Kwonik 16:41

Te gen avèk yo tou Eyman, Jedoutoun ansanm ak lòt moun yo te chwazi tout espre pou chante: Lwanj pou Senyè a paske li p'ap janm sispann renmen nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Korent 4:15

Se poutèt nou menm, moun Korent, kifè tout bagay sa yo rive, paske fòk gen plis moun toujou k'ap resevwa favè Bondye a pou sa gen plis moun tou k'ap lapriyè pou di Bondye mèsi pou pouvwa li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 6:17

Men, ann di mèsi Bondye! Paske yon lè nou menm nou te esklav peche. Men kounyeya, egzanp nou jwenn nan sa yo te moutre nou an, n'ap swiv li ak tout kè nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 136:4-9

Se li menm sèl ki fè gwo mèvèy. Non, li p'ap janm sispann renmen nou!Avèk bon konprann li, li tè fè syèl la. Non, li p'ap janm sispann renmen nou!Li bati tè a sou dlo yo. Non, li p'ap janm sispann renmen nou:Se li ki kreye lalin ak solèy. Non, li p'ap janm sispann renmen nou!Solèy pou klere lajounen. Non, li p'ap janm sispann renmen nou!Lalin ak zetwal pou klere lannwit. Non, li p'ap janm sispann renmen nou!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Samyèl 2:1

Lè sa a, Ana lapriyè, li di: — Senyè a fè kè m kontan anpil! Senyè a remoute kouray mwen. M'ap kenbe tèt ak lènmi yo. Kè m kontan paske Bondye delivre mwen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 30:4

(5) Nou tout ki renmen Senyè a, fè lwanj li! Chonje sa l te fè. Li pa tankou tout moun. Di l mèsi.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 7:17

(18) Mwen menm, m'ap di Senyè a mèsi pou jistis li. M'ap fè lwanj Senyè a ki anwo nan syèl la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Korent 2:14

Ann di Bondye mèsi! Paske l'ap toujou fè nou pote laviktwa ansanm ak Kris la. L'ap pran nou, l'ap sèvi ak nou tankou yon bon pafen k'ap gaye lodè li toupatou pou fè tout moun konnen Kris la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 31:19

(20) Ala bon yo bon, bagay ou kenbe an rezèv pou moun ki gen krentif pou ou! Ala bèl yo bèl, bagay ou fè devan tout moun, lè w'ap pwoteje moun k'ap chache pwoteksyon anba zèl ou!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 40:5

(6) Senyè, Bondye mwen, ou te fè anpil bèl mèvèy pou nou, ou te fè anpil lide pou nou. Pa gen tankou ou, Senyè! Mwen ta renmen fè moun konnen yo, mwen ta renmen pale sou yo. Men, yo sitèlman anpil, mwen pa ka rakonte yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 86:12

Senyè, Bondye mwen, m'ap fè lwanj ou ak tout kè m, mwen p'ap janm sispann fè konnen jan ou gen pouvwa!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Filipyen 1:3

Mwen di Bondye mwen an mèsi pou nou chak fwa lide m frape sou nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 14:6

Moun ki kwè yon jou pi konsekan pase lòt, li fè sa pa respè pou Mèt la menm jan ak moun ki manje tout manje a, li fè sa pa respè pou Mèt la paske li di Bondye mèsi pou manje a. Moun ki pa manje tout manje a, li fè sa tou pa respè pou Mèt la, paske li menm tou, li di Bondye mèsi.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 136:10-15

Se li menm ki te touye tout premye pitit gason moun peyi Lejip yo. Non, li p'ap janm sispann renmen nou!Li fè pèp Izrayèl la soti nan peyi Lejip. Non, li p'ap janm sispann renmen nou!Avèk kouraj li, ak fòs ponyèt li. Non, li p'ap janm sispann renmen nou!Se li menm ki te fann lanmè wouj la fè de. Non, li p'ap janm sispann renmen nou!Li fè pèp Izrayèl la pase nan mitan. Non, li p'ap janm sispann renmen nou!Men, li pouse farawon an ak tout lame li a nan mitan Lanmè Wouj la. Non, li p'ap janm sispann renmen nou!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 107:8-9

Se pou yo di Senyè a mèsi pou jan li pa janm sispann renmen yo, pou bèl bagay li fè pou moun.Li bay moun ki te swaf dlo kont dlo pou yo bwè. Li bay moun ki t'ap mouri grangou anpil bon bagay pou yo manje.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 139:13-14

Wi, se ou ki fòme tout pati nan kò m, se ou ki ranje yo byen ranje nan vant manman m.M'ap fè lwanj ou, paske ou pa manke fè bèl bagay. Tou sa ou fè se bèl bagay. Mwen konn sa byen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 15:57

Men, ann di Bondye mèsi, li menm ki fè nou genyen batay la sou lanmò gremesi Jezikri, Senyè nou an!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 116:12

Kisa m'a fè pou Senyè a, pou tout byen li fè pou mwen yo?

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Timote 1:12

M'ap remèsi Jezikri, Senyè nou an, deske li ban mwen kouraj pou m' fè travay mwen. M'ap di li mèsi deske li konsidere m' anpil pou li fè m' tout konfyans sa a jous li rive chwazi m' pou sèvis li,

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Kwonik 29:10-13

Lè sa a, David fè lwanj Bondye devan tout pèp la ki te reyini. Li di konsa: — Lwanj pou ou, Senyè a, Bondye Izrayèl, papa nou, depi tout tan ak pou tout tan!Senyè, ou gen pouvwa, ou gen kouray! Se pou ou tout lwanj. W'ap donminen sou tout bagay pou tout tan. Tou sa ki nan syèl la ak sou latè a se pou ou yo ye. Se ou menm Senyè ki sel wa, paske ou sèl chèf sou tout bagay.Se nan men ou tout richès ak tout byen sòti. Ou gouvènen tout bagay avèk fòs ponyèt ou ak pouvwa ou. Se ou menm ki bay tout moun pouvwa ak fòs.Kounyeya, Bondye nou, nou di ou mèsi. N'ap fè lwanj pou ou sitèlman ou gen pouvwa.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 12:28

Peyi wa nou resevwa pou eritaj la pa ka brannen. Se pou nou di mèsi pou sa. Ann fè wè nou pa bliye sa li fè pou nou. Ann sèvi Bondye yon jan ki pou fè l plezi, avèk respè, avèk krentif.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 9:2

(3) Se ou menm k'ap fè m chante, se ou menm k'ap fè kè m kontan. Bondye ki anwo nan syèl la, m'a chante lwanj ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 57:9

(10) Senyè, ma fè lwanj ou nan mitan pèp yo! M'a chante pou ou nan mitan tout nasyon yo!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Kwonik 5:13

Lè tout moun sa yo mete ansanm pou yo pran kònen twonpèt, pou yo chante fè lwanj Bondye, pou di li mèsi, nan mitan bèl mizik yo t'ap jwe nan twonpèt ak senbal ak lòt enstriman mizik yo, ou tande vwa moun yo ki t'ap chante: Lwanj pou Senyè a, paske li bon! Li p'ap janm sispann renmen nou! Lè sa a, nyaj la plen Tanp Senyè a nèt.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 96:1-3

Chante yon chante tou nèf pou Senyè a! Nou tout ki rete sou latè, chante pou Senyè a!Chante pou Senyè a, fè lwanj li! Chak jou, fè konnen jan li delivre nou.Fè nasyon yo konnen pouvwa li. Fè tout pèp yo konnen bèl bagay li fè yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 75:1

(2) N'ap fè lwanj ou, Bondye! N'ap fè lwanj ou! Se tout tan n'ap nonmen non ou! N'ap fè konnen bèl mèvèy ou fè yo!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Filipyen 4:4

Se pou nou toujou kontan nan lavi n'ap mennen ansanm nan Senyè a. M'ap repete l ankò: Fè kè nou kontan anpil.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 118:24

Ala yon bèl jounen Senyè a ban nou! Ann pase jounen an ap fè fèt, ann fè kè nou kontan!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Kwonik 16:35

Se pou nou di: Delivre nou non, Bondye delivrans nou! Fè nou sòti nan tout peyi kote nou gaye yo. Sanble nou, pou nou ka di ou mèsi pou tout bagay ou menm sèl ka fè, pou nou ka kontan lè n'ap fè lwanj ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Esdras 3:11

Yo t'ap fè lwanj Senyè a, yo t'ap di li mèsi, yo t'ap chante yonn apre lòt: Ala bon Senyè a bon! Non, li p'ap janm sispann renmen pèp Izrayèl la. Tout pèp la t'ap rele byen fò. Yo t'ap fè lwanj Senyè a paske yo t'ap mete men nan fondasyon Tanp Senyè a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 115:1

Non! Lwanj lan pa pou nou, Senyè! Se pa pou nou lwanj lan ye, Senyè! Non! Se pa pou nou! Men, se pou ou menm sèl, paske ou renmen nou, paske ou toujou kenbe pawòl ou!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Danyèl 6:10

Lè Danyèl vin konnen wa a te siyen lòd sa a, l'al lakay li. Te gen yon chanm anwo sou teras la ak yon fennèt ki bay nan direksyon lavil Jerizalèm. Li moute, li mete ajenou devan fennèt la ki te louvri, li lapriyè Bondye l jan li te toujou fè, twa fwa pa jou a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Kolosyen 2:6-7

Se konsa, nou menm ki asepte Kris la pou Senyè nou an, se pou nou viv yon jan ki dakò ak li.Se pou nou anrasinen nan li, se pou nou bati tout lavi nou sou li. Kenbe pi fèm toujou nan konfyans nou gen nan li, jan yo te moutre nou sa, san nou pa janm sispann di Bondye mèsi.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 34:1

(2) Se tout tan m'ap di Senyè a mesi, mwen p'ap janm sispann fè lwanj li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Samyèl 2:2

Pa gen Bondye tankou Senyè a. Non, pa gen tankou l. Pa gen moun ki ka pwoteje tankou Bondye nou an.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 89:5

(6) Senyè, moun ki nan syèl yo ap chante pou bèl mèvèy ou fè yo. Y'ap chante nan mitan moun k'ap viv pou ou yo, pou fè konnen jan ou toujou kenbe pawòl ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 105:2

Chante pou li! Fè lwanj li! Rakonte tout mèvèy li te fè yo!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 10:31

Se sa k fè, kit n'ap manje, kit n'ap bwè, nenpòt kisa n'ap fè, fè l pou sa sèvi yon lwanj pou Bondye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 13:16

Pa bliye, se pou nou fè sa ki byen, se pou nou yonn ede lòt. Se ofrann konsa ki fè Bondye plezi.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 136:16-20

Se li ki mennen pèp li a lè pèp la te nan dezè a. Non, li p'ap janm sispann po renmen nou!Li kraze wa ki te gen pouvwa. Non, li p'ap janm sispann renmen nou!Li kraze wa ki te gen pouvwa. Non, li p'ap janm sispann renmen nou!Siyon, wa Amon an. Non, li p'ap janm sispann renmen nou!Og, wa peyi Bazan an. Non, li p'ap janm sispann renmen nou!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 138:4-5

Tout moun ki sou latè va fè lwanj ou, Senyè, lè y'a vin konnen pawòl ki sòti nan bouch ou.Y'a chante pou sa Senyè a te fè, y'a di: Ala gwo pouvwa Senyè a genyen!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Tesalonisyen 2:13

Se yon devwa pou mwen pou m pa janm sispann di Bondye mèsi pou nou, frè m yo, nou menm Senyè a renmen. Paske, Bondye chwazi nou pou nou ka premye moun ki pou delivre, gremesi pouvwa Sentespri ki fè nou tounen moun pa l, paske nou kwè nan verite a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 118:28-29

Se ou ki Bondye mwen, mape di ou mèsi. Bondye mwen, m'ap di jan ou gen pouvwa!Fè lwanj Senyè a paske li bon. Li p'ap janm sispann renmen nou!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 65:8

(9) Moun ki rete nan dènye bout latè a pran tranble lè yo wè bèl bagay ou fè yo. Depi sou bò solèy leve jouk sou bò solèy kouche ou fè moun rele sitèlman yo kontan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Kwonik 29:20

Apre sa David pale ankò ak tout pèp la ki te reyini, li di yo: — Annou fè lwanj pou Senyè a, Bondye nou an! Tout pèp la nèt pran fè lwanj Senyè a, Bondye zansèt yo. Yo mete jenou yo atè, yo bese tèt yo byen ba devan Senyè a ak devan wa a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 26:7

pou m fè tout moun tande jan m'ap di ou mèsi, pou m rakonte tout bèl bagay ou yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 71:8

Tout lajounen lwanj ou nan bouch mwen. M'ap fè konnen jan ou gen pouvwa.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 104:33-34

M'ap pase tout lavi m ap chante pou Senyè a. M'ap fè lwanj Bondye pandan tout tan m'ap viv la.Mwen ta swete pawòl mwen fè l plezi, paske se li ki fè kè m kontan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jeremi 30:19

Y'a tande moun ap chante lakay yo, y'a tande moun ap rele tèlman yo kontan. M'ap fè yo peple, yo p'ap fin disparèt. M'ap fè moun fè lwanj yo. Moun p'ap meprize yo ankò.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 63:4-5

(5) Konsa ma pase tout lavi m ap di ou mèsi. Se ou menm sèlman m'a lapriyè.(6) M'ap fè fèt, m'ap kontan tankou yon moun ki manje plen vant li yon manje ki gen bon gou, ki gen kont grès li ladan l. Wi, se konsa kè m ap kontan. M'ap louvri bouch mwen pou m fè lwanj ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 145:2

Chak jou m'ap di ou mèsi. M'ap fè lwanj ou tout tan tout tan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Pyè 2:9

Men nou menm, nou se yon ras Bondye chwazi, prèt k'ap sèvi wa a, nasyon k'ap viv apa pou Bondye, pèp li peye pou li a. Li fè tou sa, pou nou te ka fè tout moun konnen bèl bagay Bondye te fè yo, Bondye ki rele nou soti nan fènwa a pou nou antre nan bèl limyè li a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 136:21-26

Li pran peyi yo, li bay pèp li a. Non, li p'ap janm sispann renmen nou!Li bay moun Izrayèl yo peyi sa yo pou yo rete. Non, li p'ap janm sispann renmen nou!Li pa te bliye nou lè nou te anba kou. Non, li p'ap janm sispann renmen nou!Li delivre nou anba men moun ki t'ap peze nou yo. Non, li p'ap janm sispann renmen nou!Se li ki bay tout moun ak tout bèt manje. Non, li p'ap janm sispann renmen nou!Di Bondye nan syèl la mèsi. Non, li p'ap janm sispann renmen nou!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jan 11:41

Se konsa, yo wete wòch la. Jezi leve je l anlè nan syèl la, li di: — Mèsi, Papa, dèske ou te tande mwen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 103:1

(1b) Kite m di Senyè a mèsi! Kite m di Senyè ki pa tankou tout moun lan mèsi ak tout nanm mwen!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Efezyen 5:19-20

Lè nou ansanm yonn ak lòt, sèvi ak pawòl sòm yo, kantik yo epi ak pawòl chante Lespri enspire nou. Chante kantik ak Sòm pou Senyè a, lè n'ap fè lwanj li ak tout kè nou.Nan non Senyè nou an, Jezikri, se tout tan pou n'ap di Bondye Papa a mèsi pou tout bagay.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 135:1-3

Lwanj pou Senyè a! Fè lwanj Senyè a! Nou tout k'ap sèvi Senyè a,nou tout ki kanpe lakay li, nan kote ki apa pou Bondye nou an, fè lwanj li!Fè lwanj Senyè a, paske li gen bon kè! Chante chante pou li, paske li aji byen ak nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 71:22

Se vre wi, m'a fè lwanj ou avèk kout gita. M'a fè lwanj ou, Bondye mwen, paske w'ap toujou kenbe pawòl ou. M'a chante, m'a jwe mizik sou gita mwen pou Bondye pèp Izrayèl la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Korent 1:11

depi nou menm moun Korent nou ban m ankourajman, nou lapriyè pou mwen. Se konsa Bondye va tande tout lapriyè sa yo n'ap fè pou mwen, l'a ban mwen benediksyon l, anpil moun va di l mèsi pou mwen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Kolosyen 3:16

Se pou pawòl Kris la ak tout richès li yo rete fèm nan lavi nou. Se pou nou yonn aprann nan men lòt, se pou yonn konseye lòt ak anpil konprann. Se pou nou chante sòm, kantik ak tout lòt chante legliz pou di Bondye mèsi ak tout kè nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Kwonik 16:9

Chante pou li! Fè lwanj li! Rakonte tout bèl bagay li te fè yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 44:8

(9) Se chak jou n'ap fè lwanj ou. Se tout tan n'ap nonmen non ou, n'ap di ou mèsi.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 68:19

(20) Ann fè lwanj Senyè a chak jou! Li pote chay nou pou nou: Se li ki Bondye nou, se li ki delivre nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 25:1

Senyè, se ou ki Bondye mwen! M'a di jan ou gen gwo pouvwa, m'a fè lwanj ou! Ou fè anpil bèl bagay. Plan travay ou te fè nan tèt ou depi lontan an, ou realize l nèt, jan ou te vle l la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 28:6-7

Ann fè lwanj Senyè a. Li tande m lè mwen rele l.Senyè a ap pwoteje m, l'ap pran defans mwen. Mwen mete tout konfyans mwen nan li. Li ede m, kè m kontan. M'ap chante pou m fè lwanj li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Kwonik 20:21

Apre sa, li fè yo pale ak pèp la. Li fè kèk mizisyen pran mache devan sòlda yo ak rad seremoni yo sou yo. Yo t'ap mache devan sòlda yo, yo t'ap chante: — Beniswa Letènèl! Li p'ap janm sispann renmen nou!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 16:27

Wi, lwanj pou Bondye, li menm sèl ki gen bon konprann! Lwanj pou li nan Jezikri, depi tout tan epi pou tout tan! Amèn.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 66:1-2

(1b) Nou tout ki rete sou latè, rele ak kè kontan pou Bondye! Fe fèt pou fè lwanj Bondye!Chante pouvwa Bondye! Fè gwo fèt pou fè lwanj li!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 66:8-9

Nou menm pèp yo, di Bondye mèsi! Fè tout moun tande jan n'ap fè lwanj li!Se li menm ki ban nou lavi. Li pa kite pye nou glise.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Filipyen 2:13

Paske, se Bondye menm k'ap travay ni nan volonte nou ni nan fòs nou pou fè nou fè jan lide li di li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 118:15

Tande jan moun k'ap mache dwat devan Bondye yo ap rele anndan lakay yo, sitèlman yo kontan! Yo genyen batay la, yo delivre. Senyè a fè bèl bagay avèk pouvwa li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Kwonik 29:11

Senyè, ou gen pouvwa, ou gen kouray! Se pou ou tout lwanj. W'ap donminen sou tout bagay pou tout tan. Tou sa ki nan syèl la ak sou latè a se pou ou yo ye. Se ou menm Senyè ki sel wa, paske ou sèl chèf sou tout bagay.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 92:4-5

(5) Paske, Senyè, ou fè kè m kontan ak bèl mèvèy ou yo, m'ap fè fèt lè m wè tou sa w'ap fè.(6) Ala bèl bagay ou fè yo bèl! Senyè, moun p'ap janm ka fin konprann sa ki nan tèt ou!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Korent 9:11

Bondye ap toujou fè nou rich ase pou nou ka toujou bay ak tout kè nou. Konsa, anpil moun va di Bondye mèsi pou kado n'a ban mwen pou yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 103:11-12

Menm jan syèl la byen lwen anwo tè a, se konsa Senyè a renmen moun ki gen krentif pou li.Menm jan kote solèy leve a byen lwen ak kote solèy kouche a, se konsa li wete peche nou yo, li voye yo jete byen lwen nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Revelasyon 4:11

O Bondye, Mèt nou, ou merite pou ou resevwa lwanj, respè ak pouvwa. Se ou menm ki fè tout bagay. Si yo la, si yo gen lavi, se paske ou vle l.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Kwonik 31:2

Apre sa, Ezekyas separe prèt yo ak moun Levi yo an gwoup ankò. Li bay chak gwoup lè pou yo pran sèvis yonn apre lòt. Nan chak gwoup, chak moun te gen travay pa yo pou fè lè y'ap boule bèt nèt pou Senyè a, lè y'ap fè ofrann pou mande Bondye padon, lè y'ap di Bondye mèsi, lè y'ap fè lwanj li, lè y'ap sèvi l nan papòt Tanp Senyè a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 148:1-5

Lwanj pou Senyè a! Nou menm ki rete anwo nan syèl la, fè lwanj Senyè a! Fè lwanj li anwo nan syèl la!Se pou nou tout zanj li yo fè lwanj li. Se pou nou tout lame ki nan syèl la fè lwanj li.Solèy ak lalin, fè lwanj li! Zetwal k'ap klere nan syèl la, fè lwanj li!Se pou yo fè lwanj li anwo nèt nan syèl la. Se pou tout dlo ki pi wo pase syèl la fè lwanj li.Se pou yo tout fè lwanj Senyè a! Paske, li annik pase yon lòd, epi tout bagay fèt.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 145:1

(1b) Bondye mwen, wa mwen, m'a fè konnen jan ou gen pouvwa. M'ap di ou mèsi tout tan tout tan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Filipyen 1:6

Mwen sèten Bondye ki te konmanse bon travay sa a nan nou, li gen pou l kontinye l jouk li va fini l nèt, lè jou Jezikri a va rive.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 8:28

Tansèlman, nou konn sa byen: nan tout bagay, Bondye ap travay pou byen tout moun ki renmen l, pou byen tout moun li te fè lide rele.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 10:21

Lè sa a, Sentespri te fè kè Jezi kontan anpil. Jezi di konsa: — O Papa, ou menm ki mèt syèl la ak tè a, mèsi anpil deske ou pran bagay ou te kache nan je gwo save yo ak moun gwo lespri yo, ou devwale yo bay ti piti yo. Wi, Papa mwen, sa pase konsa paske se konsa ou te vle li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 118:5-6

Nan tray mwen te ye a, mwen rele Senyè a, li reponn mwen, li delivre m.Senyè a pou mwen, mwen pa pè anyen. Kisa moun ka fè m?

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 136:7-9

Se li ki kreye lalin ak solèy. Non, li p'ap janm sispann renmen nou!Solèy pou klere lajounen. Non, li p'ap janm sispann renmen nou!Lalin ak zetwal pou klere lannwit. Non, li p'ap janm sispann renmen nou!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 149:1

Lwanj pou Senyè a! Chante yon chante tou nèf pou Senyè a! Fè lwanj li nan mitan tout moun k'ap sèvi l yo lè yo reyini!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Efezyen 3:20-21

Tout lwanj lan se pou Bondye. Paske, ak pouvwa k'ap travay nan nou an, li kapab fè pi plis pase tou sa nou ka mande, pi plis pase tou sa nou ka mete nan lide nou.Wi, tout lwanj lan pou Bondye nan legliz la ak nan Jezikri, pou tout tan ak pou tout tan. Amèn. Se sa menm!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Jan 1:9

Si nou rekonèt peche nou devan Bondye, nou mèt gen konfyans nan li. L'ap fè sa ki dwe fèt la: l'a padonnen tout peche nou, l'a netwaye nou anba sa ki mal.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Efezyen 1:3

Lwanj pou Bondye, Papa Jezikri, Senyè nou an! Se li menm ki beni nou nan lavi n'ap mennen an. Nan Kris, li ban nou tout kalite benediksyon ki nan syèl la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 106:2-3

Ki moun ki ka rakonte tout gwo bagay Senyè a fè? Ki moun ki ka fin fè lwanj li?Ala bon sa bon pou moun ki fè sa Bondye mande l fè, ki toujou ap fè sa ki dwat devan li!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 115:18

Men, nou menm ki vivan, n'ap di l mèsi depi kounyeya ak pou tout tan tout tan. Lwanj pou Senyè a!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 12:5

Chante pou Senyè a, paske li fè gwo mèvèy. Fè tout moun sou latè konn sa!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 5:3-5

Nou pa manke kontan menm lè n'ap soufri.Poukisa? Paske nou konnen lè n'ap soufri sa fè nou gen pasyans. Lè nou gen pasyans konsa, sa ban nou kouray pou nou soufri. Plis nou gen kouray, se plis nou gen espwa.Espwa sa a p'ap janm twonpe nou, paske Bondye te fè nou wè jan l renmen nou lè li ban nou Sentespri li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 31:21

(22) Lwanj pou Senyè a! Ala bèl bagay li fè pou l moutre jan l renmen mwen, lè m te anba tray, lè yo te sènen m toupatou a!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 4:15-16

Granprèt nou an, se pa yon moun ki pa kapab soufri ak nou nan feblès nou. Okontrè, nou gen yon granprèt ki te pase anba tout kalite tantasyon menm jan ak nou. Men, li pat janm fè okenn peche.Se poutèt sa, ann pwoche avèk konfyans devan fòtèy kote Bondye ki renmen nou an chita. Se la n'a jwenn padon pou peche nou yo, se la n'a jwenn pou gremesi sekou n'a bezwen lè nou nan nesesite.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 30:11-12

(12) Ou siye dlo nan je m, ou fè kè m kontan anpil. Ou wete rad dèy ki te sou mwen an, ou ban m yon bèl rad mete sou mwen pou m fè fèt.(13) Mwen p'ap rete ak bouch mwen fèmen, m'ap chante lwanj ou. Senyè, se ou menm ki Bondye mwen! Se tout tan tout tan m'ap di ou mèsi.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 1:31

Konsa, jan sa ekri nan Liv la: Si yon moun vle fè lwanj tèt li, se pou l fè lwanj tèt li nan sa Bondye fè pou li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 15:9-10

Men, li te vini pou moun lòt nasyon yo tou, pou yo te ka fè lwanj Bondye pou jan li gen kè sansib, jan sa te ekri nan Liv la: Se poutèt sa m'a fè lwanj ou nan mitan lòt nasyon yo. Se poutèt sa m'a chante pou non ou.Liv la di ankò: Nou menm moun lòt nasyon yo, fè kè nou kontan ansanm avèk pèp Bondye chwazi a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Pyè 1:3-4

Beniswa Letènèl, li menm ki se Papa Jezikri, Senyè nou an. Paske nan kè sansib li, li ban nou lavi ankò, lè li te fè Jezikri leve soti vivan nan lanmò a. Sa fè nou viv ak anpil espwa.N'ap tann lè pou n resevwa eritaj Bondye a, eritaj ki p'ap janm pouri, ki p'ap janm sal, ni ki p'ap janm pèdi frechè l, eritaj li sere pou nou nan syèl la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 145:8-9

Senyè a gen pitye pou nou. Li gen bon kè. Li pa fasil fè kòlè. Li p'ap janm sispann renmen nou!Senyè a bon pou tout moun san patipri. Li gen pitye pou tou sa li fè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 12:1

Jou sa a, w'a pran chante: — M'ap fè lwanj ou, Senyè! Ou te move sou mwen. Men kounyeya, ou pa fache ankò. W'ap ban m kouray.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 7:25

Gremesi Jezikri, Senyè nou an, mwen ka di: Mèsi Bondye! Konsa, men ki jan mwen ye: dapre konesans pa mwen, mwen se esklav lalwa Bondye a. Men, dapre sa m santi nan tout kò mwen, mwen se esklav lalwa peche a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Kwonik 16:36

Ann fè lwanj Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la! Ann fè lwanj li depi tout tan ak pou tout tan. Epi tout pèp la pran reponn: — Wi, se vre! Lwanj pou Senyè a!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 107:31

Se pou yo di Senyè a mèsi pou jan li pa janm sispann renmen yo, pou bèl bagay Bondye fè pou moun.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 89:8

(9) Senyè, Bondye ki gen tout pouvwa a, pa gen moun ki gen pouvwa pase ou! Ou kenbe pawòl ou nan tout sikonstans, Senyè!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 13:15-16

Gremesi Jezikri, sèl ofrann san n'ap ofri bay Bondye a, se lwanj n'ap ba li tout tan. Se tout tan pou non l nan bouch nou.Pa bliye, se pou nou fè sa ki byen, se pou nou yonn ede lòt. Se ofrann konsa ki fè Bondye plezi.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Kwonik 20:22

Lè yo tanmen chante ak kè kontan pou fè lwanj Senyè a, Senyè a lage yon sèl bouyay nan mitan moun Amon yo, moun Mowab yo ak moun mòn Seyi yo ki te vin atake peyi Jida a, yo pèdi batay la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 119:164

Sèt fwa chak jou m'ap di ou mèsi pou jijman ou yo ki san patipri.

Chapit   |  Vèsyon Kopi

Lapriyè bay Bondye

Seyè, ou se Alfa ak Omega! Papa, kreyatè syèl la ak tè a, ou se premye a ak dènye a, kòmansman an ak finisman an. Mèsi paske w kenbe men m, m ka mache avèk konfyans bò kote w. Ede m pou m toujou gen yon kè rekonesan, pou m pa gade sa k manke m, men pou m apresye avèk jwa sa w deja ban mwen. Jodi a, mwen vle montre w rekonesans mwen pou gwo lanmou w ak mizèrikòd ou, paske ou sove m epi ou padone m. Mèsi Seyè, paske ou ajoute benediksyon nan lavi m, e nan mitan difikilte yo, ou pa janm lage m ni abandone m. Pawòl ou di: "Ou va montre m chemen lavi a; Nan prezans ou gen lajwa an kantite; Nan men dwat ou gen plezi pou tout tan." Mèsi pou move eksperyans yo, paske yo te bon pwofesè, yo montre m ke fòk mwen toujou sonje ke se nan nuit ki pi nwa yo zetwal yo klere pi byen. Mèsi pou byenfe w yo, paske se ou ki padone tout peche m yo, ki geri tout maladi m yo, ki rache lavi m anba twou a, epi ki kouwone m avèk favè ak mizèrikòd. Seyè Jezi, mèsi paske se ou ki fè espwa lavi etènèl la refleri nan mwen, e sou kwa a ou montre m pi gwo lanmou ki pi sensè a, ou fè m kado padon ak delivrans ou. Mèsi paske ou pwoteje lavi m ak lavi fanmi m kont tout pyèj ak atak lènmi an. Nan non Jezi. Amèn!
Swiv nou:

Piblisite


Piblisite