Vèsè Biblik

- Piblisite -


Vèsè sou lanmou

Vèsè sou lanmou

Depi nou fèt, nou bezwen renmen, nou anvi pou moun renmen nou. Nou bezwen santi nou gen valè, nou enpòtan pou lòt moun. Renmen se yon santiman ki san kondisyon, ki pwòp, ki pa vle fè mal, okontrè, renmen vle byen lòt moun nan.

Lè ou santi moun renmen w, ou anvi renmen moun nan menm jan an tou. Renmen se yon gwo santiman ki pi fò pase tout sitiyasyon, ki ka rive jwenn nenpòt ki bagay. Renmen chanje nou, li fè nou sipòte, li fè nou vin pi bon chak jou. Renmen pote respè, akseptasyon, pasyans.

Nenpòt valè ou ap eseye montre, w ap toujou jwenn renmen ladan l', paske se santiman ki pi gran an, ki pote tout lòt yo avè l' pou yo ka rive vreman fè sans yo.

Renmen ant de moun ki ansanm se yon renmen kote chak moun renmen lòt la menm jan. Sa vle di santiman ou genyen pou yon moun, li genyen l' pou ou tou. Se kalite renmen sa a ki bay bon jan baz pou yon relasyon ki an sante e ki konstriktif.

Bib la, nan 1 Korentyen 13, li byen esplike kijan renmen ye: "Renmen gen pasyans, li gen bon kè; renmen pa jalou, li pa vante tèt li, li pa gonfle ak ògèy. Li pa fè anyen ki mal, li pa chèche enterè pa li, li pa fache, li pa kenbe moun nan kè. Li pa kontan lè li wè moun fè mal, men li kontan lè li wè verite a." (1 Korentyen 13)




Jan 13:34

Men, m'ap ban nou yon kòmandman nouvo: Se pou nou yonn renmen lòt. Wi, se pou nou yonn renmen lòt menm jan mwen renmen nou an.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jan 15:17

Wi, men sa m mande nou: Se pou nou yonn renmen lòt.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Galat 6:10

Se sa k fè, toutotan nou jwenn okazyon, ann fè byen pou tout moun, sitou pou frè ak sè nou yo ki gen menm konfyans ak nou nan Bondye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Jan 4:21

Se sa k fè, men kòmandman Kris la ban nou: Moun ki renmen Bondye, yo fèt pou renmen frè yo tou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 13:3

Menm si m'ta separe tou sa m'genyen fè kado, menm si m'ta livre kò mwen pou yo boule vif, si m'pa gen lamou nan kè mwen, sa p'ap sèvi anyen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 133:1

(1b) Ala bèl bagay, ala bon sa bon lè frè ak frè ap viv ansanm!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 3:27

Pa refize fè byen pou moun ki nan nesesite, chak fwa ou santi ou ka fè sa.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jan 15:13

Pa gen pi bon jan pou ou moutre jan ou renmen zanmi ou pase lè ou bay lavi ou pou yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 12:10

Se pou nou yonn renmen lòt tankou frè ak frè k'ap viv ansanm ak Kris la. Nan tou sa n'ap fè, se pou nou gen respè yonn pou lòt, pa konsidere tèt nou anvan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Tesalonisyen 4:9

Kanta renmen nou dwe genyen pou frè n yo, mwen pa bezwen ekri nou sou sa. Paske, se Bondye menm ki te moutre nou ki jan nou dwe yonn renmen lòt.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jan 15:9

Jan Papa a renmen m lan, se konsa mwen renmen nou tou. Nou menm, se pou nou renmen menm jan mwen renmen nou an.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Jan 3:16

Men sa ki fè nou konnen sa renmen ye: Jezikri bay lavi li pou nou. Se poutèt sa nou menm tou, se pou nou bay lavi nou pou frè nou yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 22:39

Men dezyèm kòmandman an ki gen menm enpòtans ak premye a: se pou ou renmen frè parèy ou tankou ou renmen pwòp tèt pa ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 13:10

Moun ki gen renmen nan kè yo pa fè moun mal: se sa k fè lè nou renmen, nou fè tou sa lalwa a mande nou fè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 13:8

Pa fè okenn dèt. Sèl dèt nou dwe genyen, se pou nou yonn renmen yonn. Moun ki renmen moun parèy li, li fè tou sa lalwa mande.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 16:14

Se pou nou fè tout bagay avèk renmen nan kè nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 17:17

Yon bon zanmi p'ap janm trayi. Jou malè l'ap tankou yon frè pou ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 10:24-25

Se pou nou yonn veye sou lòt pou yonn ka ede lòt gen renmen nan kè yo, pou yonn ka ankouraje lòt nan sa ki byen.Pa pran egzanp sou moun ki pran abitid pa vin nan reyinyon nou yo. Okontrè, se pou yonn ankouraje lòt fè sa, kounyeya pi plis pase anvan, paske nou wè jou Senyè a ap pwoche.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Jan 4:7

Mezanmi, se pou nou yonn renmen lòt paske renmen sòti nan Bondye. Moun ki gen renmen nan kè yo, se pitit Bondye yo ye. Yo konnen ki moun Bondye ye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Jan 4:8

Moun ki pa gen renmen nan kè yo, yo pa konn Bondye, paske Bondye se renmen menm.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 25:40

Wa a va reponn yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: chak fwa nou te fè sa pou yonn nan pi piti pami frè m yo, se pou mwen nou te fè li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 13:4-7

Moun ki gen lamou, li gen pasyans, li gen bon kè. Li pa anvye sò moun. Li pa nan fè grandizè. Li pa nan moute kòlèt sou moun.Lamou pa fè anyen pou fè moun wont. Lamou pa chache avantaj pa li. Li pa fè kòlè, li pa kenbe moun nan kè.Lamou tout bon pa pran plezi nan fè sa ki mal. Tout plezi li, se nan sa ki vre.Lacharite pèmèt sipòte tout bagay. Anyen pa brannen konfyans li. Lacharite pa pèdi espwa, l'ap toujou moutre pasyans li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Jan 4:12

Pèsonn pa janm wè Bondye. Men, si nou yonn renmen lòt, Bondye fè yonn ak nou. Konsa n'a renmen tout bon, jan Bondye renmen an.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 12:4-5

Gade byen: nou gen anpil manm nan yon sèl kò, men chak manm gen sèvis pa l apa.Se konsa tou, nou anpil, men nou fè yon sèl kò ansanm ak Kris la. Nou tout nou fè yon sèl kò tou yonn ak lòt, tankou plizyè manm nan yon sèl kò.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jid 1:20-21

Men, nou menm, mezanmi, annou kontinye grandi toujou nan konfyans nou k'ap fè nou viv pou Bondye nèt ale. Avèk pouvwa Sentespri a, annou lapriyè san rete.Rete fèm nan renmen nou gen pou Bondye a, pandan n'ap tann Senyè nou, Jezikri, k'ap vin ban nou lavi ki p'ap fini an paske li gen pitye pou nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 13:1

Se pou nou toujou yonn renmen lòt tankou frè k'ap viv ansanm nan Kris la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Travay 4:32

Tout moun ki te kwè yo te fè yon sèl kò, yo te gen menm santiman yonn pou lòt, yo te gen yon sèl lide yonn anvè lòt. Pèsonn pat di byen li yo te pou tèt pa l ase, men tou sa yonn te genyen te pou tout moun.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Galat 5:14

Paske tou sa lalwa mande nou, nou jwenn yo nan kòmandman sa a: Se pou ou renmen frè parèy ou, menm jan ou renmen tèt pa ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 6:10

Paske, Bondye pa mechan pou l ta bliye travay nou fè, ni renmen nou moutre nou gen pou li, lè nou t'ap rann moun k'ap viv pou li yo anpil sèvis, sèvis n'ap rann yo jouk kounyeya toujou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Galat 5:13-14

Kanta nou menm, frè m yo, Bondye te rele nou pou n te ka gen libète nou. Sèlman, pa pran libète a sèvi eskiz pou nou viv dapre egzijans lachè. Okontrè, se pou nou yonn sèvi lòt nan renmen nou yonn gen pou lòt.Paske tou sa lalwa mande nou, nou jwenn yo nan kòmandman sa a: Se pou ou renmen frè parèy ou, menm jan ou renmen tèt pa ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jan 13:34-35

Men, m'ap ban nou yon kòmandman nouvo: Se pou nou yonn renmen lòt. Wi, se pou nou yonn renmen lòt menm jan mwen renmen nou an.Si nou yonn renmen lòt, lè sa a tout moun va konnen se disip mwen nou ye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Efezyen 5:2

Se pou nou viv ak renmen nan kè nou, menm jan Kris la te fè l la, li menm ki te renmen nou, ki te bay lavi l pou nou tankou yon ti mouton yo ofri pou touye pou Bondye, ofrann k'ap fè Bondye plezi ak bon sant li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Travay 12:5

Pyè te anba gwo siveyans nan prizon an. Men, manm legliz yo t'ap lapriyè Bondye pou li san rete.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Pyè 4:8

Anvan tout bagay, se pou nou yonn renmen lòt anpil. Paske, lè nou renmen, sa fè Bondye padonnen anpil peche.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 6:31

Tou sa nou va vle lòt moun fè pou nou, fè l pou yo tou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Efezyen 4:32

Okontrè, se pou nou aji byen yonn ak lòt, se pou nou gen bon kè yonn pou lòt, pou nou yonn padonnen lòt, menm jan Bondye te padonnen nou nan Kris la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Levitik 19:18

Piga nou tire revanj sou pèsonn. Piga nou kenbe moun menm ras ak nou nan kè, men se pou nou renmen yo tankou nou renmen pwòp tèt pa nou. Se mwen menm ki Senyè a!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jan 17:26

Mwen te fè yo konnen ki moun ou ye. M'ap kontinye fè sa toujou, pou kalite renmen ou gen pou mwen an ka nan yo, pou mwen menm mwen ka nan yo tou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 5:44

Men mwen menm, men sa mwen di nou: Renmen lènmi nou. Lapriyè pou moun k'ap pèsekite nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 10:12

Lè ou gen renmen nan kè ou, ou padonnen tout peche. Men, lè ou rayi moun, ou toujou ap chache kont.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Filipyen 1:8

Mwen pran Bondye sèvi m temwen, sa m'ap di nou la a se vre wi. Mwen renmen nou tout anpil anpil avèk renmen ki sòti nan Jezikri.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Kolosyen 3:14

Men, anvan tout bagay, se pou nou gen renmen ki tankou yon kòd k'ap mare nou ansanm yonn ak lòt.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Pyè 1:22

Koulyeya, lè n'ap obeyi verite a, nou nan kondisyon pou nou fè sèvis Bondye, pou nou yon lamou sensè pou frè yo. Se sa ki fè, se pou nou yonn renmen lòt ak tout kè nou, ak tout fòs nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Pyè 2:17

Se pou nou bay chak moun respè li merite. Renmen tout frè nou yo, gen krentif pou Bondye, respekte wa a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Jan 2:10

Se moun ki renmen frè yo ki nan limyè a. Konsa, pa gen anyen nan yo ki ka fè yon lòt tonbe nan peche.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Jan 3:11

Paske, men mesay nou te tande depi nan konmansman an: se pou nou yonn renmen lòt.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Jan 3:17-18

Si yon moun gen dekwa viv, li wè yon frè nan nesesite epi li pa lonje men ba li, kouman yon moun konsa ka pretann li renmen Bondye.Pitit mwen yo, piga nou renmen sèlman nan bouch, nan bèl diskou ak bèl pawòl. Se pou nou renmen tout bon vre. Se pou tout moun wè jan nou renmen lè yo wè sa n'ap fè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Jan 3:23

Men sa l mande nou: Se pou nou gen konfyans nan Pitit li, Jezikri. Se pou nou yonn renmen lòt, jan Kris la te ban nou lòd la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Filipyen 2:3-4

Pa fè anyen nan lide pou fè tèt nou pase pou pi bon, ni pou fè lwanj tèt nou. Men, soumèt nou devan Bondye. Mete nan tèt nou lòt yo pi bon pase nou.Piga pèsonn chache enterè pa l ase. Se pou l chache sa ki bon pou lòt yo tou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Jan 3:14

Nou menm, nou konnen nou sòti nan lanmò, nou antre nan lavi. Nou konn sa, paske nou renmen frè nou yo. Moun ki pa renmen frè l, li mouri.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 10:27

Nonm lan reponn: — Se pou ou renmen Mèt la, Senyè Bondye ou, ak tout kè ou, ak tout nanm ou, ak tout fòs ou, ak tout entelijans ou. Se pou ou renmen pwochen ou tankou ou renmen pwòp tèt pa ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Jan 5:2

Nou konnen nou renmen pitit Bondye yo lè nou renmen Bondye, lè nou fè tou sa li mande nou fè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Galat 6:2

Se pou nou yonn ede lòt pote chay yo. Se konsa n'a obeyi lalwa Kris la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 7:12

— Tou sa nou vle lòt moun fè pou nou, nou menm tou, fè li pou yo tou. Se sa lalwa Moyiz la ak liv pwofèt yo mande nou fè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Jan 4:20-21

Si yon moun di: mwen renmen Bondye, pou anmenmtan pou l rayi frè l, moun sa a ap bay manti. Paske, si li pa renmen frè l, yon moun li ka wè, li pa ka renmen Bondye li pa ka wè a.Se sa k fè, men kòmandman Kris la ban nou: Moun ki renmen Bondye, yo fèt pou renmen frè yo tou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 15:1-2

Nou menm ki fò nan konfyans nou nan Bondye, se pou nou ede sa ki fèb yo pote feblès yo. Nou pa dwe ap chache sa ki fè nou plezi sèlman.Okontrè, se pou nou chak chache fè frè parèy nou plezi pou byen l, konsa n'a fè l grandi nan konfyans li nan Bondye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jak 2:8

Jan sa ekri nan Liv la, lalwa gran Wa a di: Se pou ou renmen frè parèy ou tankou ou renmen pwòp tèt pa ou. Si nou fè sa, nou fè byen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 14:12-14

Jezi pale ak moun ki te envite l la. Li di li: — Lè w'ap fè yon fèt, piti ou gwo, pa envite ni zanmi ou, ni frè ou, ni fanmi ou, ni vwazen ou yo ki rich. Paske, yon lè y'a envite ou tou. Konsa, se tankou si yo ta renmèt ou sa ou te fè a.Men, lè w'ap fè yon fèt, envite pòv yo, enfim yo, moun k'ap bwete, moun avèg yo.Konsa, se va yon benediksyon, paske yo p'ap kapab rann ou laparèy. Se Bondye ki va renmèt ou sa lè tout moun ki fè byen yo va leve sòti vivan nan lanmò.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Jan 3:10

Men jan nou ka depati pitit Bondye yo ak pitit Satan yo: depi yon moun pa fè sa ki dwat devan Bondye, depi li pa renmen frè li, se pa pitit Bondye li ye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 12:20-21

Okontrè, dapre sa ki ekri ankò: Si lènmi ou grangou, ba l manje. Si li swaf dlo, ba l bwè. Lè ou fè sa, se yon chalè dife ou mete nan kò l pou fè l chanje.Pa kite sa ki mal gen pye sou ou. Okontrè, fè sa ki byen pou n kraze sa ki mal.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 18:21-22

Lè sa a, Pyè pwoche bò kote Jezi, li di l konsa: — Mèt, konbe fwa pou m padonnen frè m lè li fè m yon bagay mal? Sèt fwa konsa?Jezi reponn li: — Non, Pyè. Mwen pa di ou padonnen l sèt fwa, men padonnen l swasanndis fwa sèt fwa.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 41:1

(2) Ala bon sa bon pou moun ki pran ka pòv yo! Senyè a va delivre l lè l'a nan tray.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Galat 5:22

Men, Lespri Bondye a bay renmen, kè kontan, kè poze, pasyans, bon kè, seryozite, li fè ou gen bon manyè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi

Lapriyè bay Bondye

Bondye Papa nou, tout lwanj ak tout glwa pou ou, paske se ou sèl ki merite yo! Pawòl ou di: "Se pou nou youn renmen lòt, paske lanmou soti nan Bondye. Nenpòt moun ki renmen, se pitit Bondye li ye, li konnen Bondye." M'ap mande w, vide lanmou sa a sou vwazen nou yo, sou kominote nou yo, sou fanmi yo, sou tout nasyon yo. Fè nou tounen limyè nan fènwa a, pou nou ka klere lòt moun ak limyè Kris la. Fè nou sèvi egzanp nan sèvis nou bay lòt moun, paske ou menm ou te vini pou sèvi, ou pa t vini pou yo sèvi w. Delivre nou anba egoyis, vyolans, mechanste ak endiferans. Etabli wayòm ou a nan fanmi yo, nan vwazenaj yo, nan tout nasyon yo. Paske tout glwa ak tout onè se pou ou. Nan non Jezi, Amèn.
Swiv nou:

Piblisite


Piblisite