Bondye kreye tout bagay. Syèl la, tè a, lanmè a, tout sa ki ladan yo, se li menm ki fè yo. Menm jan Ekzòd 20:11 di a, li te pran sis jou pou l kreye tout bagay sa yo, epi setyèm jou a, li repoze. Se poutèt sa jou repo a se yon jou sakre. Tout sa Bondye kreye, li bon nèt. Li merite pou nou fè lwanj li pou tout bèl bagay sa yo.
Ou menm, pa bliye gen yon jou jijman k ap vini. Se pou ou gen krentif pou Bondye epi ba li glwa. Adore sila a ki kreye syèl la, tè a, lanmè a, ak sous dlo yo.
Lè w ap jwi bote lanati, lè w sou plaj, lè w anba yon pyebwa, lè w nan mòn, sonje se Bondye ki fè tout bèl bagay sa yo. Pa janm bliye ba li glwa.
Bondye di ankò: Annou fè moun. N'ap fè li pòtre ak nou, pou li sanble ak nou. L'a gen pouvwa sou pwason nan lanmè, sou zwazo nan syèl, sou tout bèt yo gade sou tout tè a, sou tout bèt nan bwa, sou tout bèt ki mache sou vant sou latè.
Ou fè zèb pouse pou bèt yo manje. Ou fè plant moun bezwen yo grandi pou latè ka donnen manje,
Manyè fè ti koze ak zannimo yo, ak zwazo yo. Yo gen anpil bagay pou yo moutre nou.Bèt k'ap trennen sou vant va ban nou leson, pwason nan lanmè va di nou sa yo konnen.Pa gen yonn ladan yo ki pa konnen se Bondye ki fè tout bagay ak men li.Bondye gen nanm tout sa ki vivan nan men li. Wi, lavi tout moun nan men li.
Gade zwazo k'ap vole nan syèl la: yo pa plante, yo pa fè rekòt, yo pa sere anyen nan galata. Men, Papa nou ki nan syèl la ba yo manje. Eske nou pa vo pi plis pase zwazo yo?
Nou pa bezwen mare bouch bèf la pou enpoze l manje lè l'ap vire moulen pou kraze ble pou nou.
Si nou pa byen ak yon moun epi nou wè bèt li kouche ak chay sou li, pa do vire kite li pou kont li. Se pou nou ede li leve bèt la kanpe.
(7) Jistis ou kanpe fèm tankou gwo mòn ou yo. Jijman ou yo se bagay moun pa ka fin konprann. Senyè, se ou menm ki pran swen moun ansanm ak tout bèt yo.
Men, setyèm jou a, se jou repo pou nou mete apa pou Senyè a, Bondye nou an. Jou sa a, nou p'ap fè okenn travay, ni nou menm, ni pitit gason nou, ni pitit fi nou, ni moun k'ap travay lakay nou, ni bèt nou yo, ni etranje ki lakay nou.
— Men m'ap pase yon kontra ak nou tout ansanm ak tout pitit pitit k'ap vin apre nou yo.M'ap pase kontra a ak tout bèt vivan ki la avèk nou yo, zwazo, zannimo domestik, bèt nan bwa, avèk tou sa ki sòti nan batiman an pou peple sou latè ankò.
Chen mawon ak mouton pral manje ansanm. Lyon pral manje zèb menm jan ak bèf. Sèpan p'ap yon danje ankò pou pèsonn. Sou tout mòn ki apa pou mwen an, p'ap gen mechanste, p'ap gen rayisab ankò. Se Senyè a menm ki di sa!
Ou menm parese, al pran leson nan men fwomi yo. Ale wè jan y'ap viv pou ou manyè konprann lavi.Yo pa bezwen moun pou di yo sa pou yo fè. Yo pa bezwen moun pou veye yo, ni pou ba yo lòd.Men, yo pase mwa chalè ap fè pwovizyon. Nan tan rekòt, yo ranmase manje mete la.
Lè sa a, m'a pase yon kontra avèk tout zannimo nan savann, ak tout zwazo k'ap vole nan syèl epi ak tout bèt ki rale sou vant pou pa fè pèp la anyen. M'ap kraze banza ak epe pou lagè pa fèt ankò nan peyi a, pou moun ka dòmi kè poze san danje.
Epi ou pa ta vle wè mwen gen pitye pou Niniv, kalite gwo vil sa a, kote ki gen depase Sanvenmil (120.000) moun ki pa ka fè diferans ant byen ak mal, epi ak yon kantite bèt mete sou sa! epi kote ki gen yon kantite bèt mete sou sa!
Si sou chemen nou, nou jwenn yon nich zwazo, swa sou yon pyebwa, swa atè avèk manman zwazo a kouche sou pitit li yo, osinon sou ze l'ap kouve, piga nou pran manman zwazo a sou nich la.N'a kite manman zwazo a vole ale, n'a pran ti zwazo yo sèlman. Se konsa Bondye va fè tout zafè nou mache byen, l'a fè nou viv lontan.
N'a travay sis jou. Men setyèm jou a, n'a sispann travay, n'a pran repo. Konsa, bèf nou yo ak bourik nou yo, moun k'ap sèvi avèk nou yo ansanm ak etranje ki lakay nou yo va ka pran repo tou.
Senyè a, Bondye a, pran nonm lan, li mete l nan jaden Edenn lan pou l travay li, pou l pran swen l.
Lyon ak mouton va viv ansanm, Chen mawon ak ti kabrit va dòmi menm kote. Jenn ti bèf ak jenn ti lyon pral manje ansanm. Lèfini se yon timoun ki pral okipe yo.
Ki moun ki pare manje pou kònèy yo, lè grangou fè yo sòti nan nich yo, lè pitit yo ap rele nan pye m pou m ba yo manje?
tout bèt nan bwa, tout bèt domestik, tout bèt k'ap trennen sou vant, ak tout zwazo k'ap vole nan syèl.
Men, sou setyèm lanne a, n'a kite tè a poze. Menm si li bay kichòy, nou p'ap ranmase anyen sou li. N'a kite rekòt la pou pòv malere yo. Rès la va rete pou bèt nan bwa manje. N'a fè menm bagay la tou pou jaden rezen ak jaden oliv nou yo.
Piga nou manje okenn bèt nou jwenn mouri, paske nou menm, nou se yon pèp k'ap viv apa pou Senyè a, Bondye nou an. Men nou ka pran vyann lan pou nou bay osinon pou nou vann moun lèt nasyon k'ap viv nan mitan nou oswa ki depasay lakay nou. Piga nou janm kwit yon jenn ti kabrit nan lèt manman li.
Paske, tout bèt ki nan bwa, se pou mwen yo ye. Tout kantite bèt ki nan mòn yo, se pou mwen yo ye tou.Mwen konnen tout zwazo k'ap vole nan mòn yo. Tout zannimo ki nan savann, se pou mwen yo ye.
Tankou yon gadò, l'ap okipe mouton l yo. Se li menm k'ap sanble yo. L'ap pote ti mouton yo sou bra l. Tou dousman l'ap mennen manman mouton ki gen pitit dèyè yo.
(7) Ou mete yo pou yo donminen sou tou sa ou fè, ou mete tout bagay anba pye yo:(8) Bèf kou kabrit, ansanm ak tout bèt nan bwa yo,(9) zwazo nan syèl, pwason nan dlo, ansanm ak tout lòt bèt k'ap viv nan lanmè.
Apre sa, li di yo: — Si yonn nan nou gen yon pitit gason li osinon yon bèf ki tonbe nan yon pi, eske li p'ap kouri retire li, menm si se yon jou saba?
Moun ki renmen yo korije yo, se moun ki toujou vle konnen. Men, moun ki pa renmen yo rale zòrèy yo, se moun san konprann.
Eske ou ka fè bèf mawon travay pou ou? Eske l'ap rete pase nwit mare nan lakou kay ou?Eske ou ka pase kòd nan kou yonn pou fè l raboure tè a pou ou? Eske ou ka fè l rale chari pou woule tè jaden ou yo?Eske ou ka konte sou gwo fòs kouray li pou fè li travay di pou ou?Eske ou kwè l'ap asepte pote rekòt ou sòti nan jaden? Eske l'ap asepte ranmase grenn ou yo sou glasi?
Bèt nan bwa pral fè lwanj mwen. Chen mawon ak grangozye pral fè fèt pou mwen. Paske m'ap mete dlo nan dezè a. M'ap fè gwo dlo koule nan savann lan pou pèp mwen chwazi pou rele l' pa m' lan ka jwenn dlo pou yo bwè.
Li pwoche kote l, li vide lwil ak diven sou blese l yo, li panse yo. Apre sa, li mete nonm lan sou bèt li te moute a. Li mennen l nan yon lotèl kote li pran swen li.
Men sa ki ekri nan Liv lalwa a: Pa bay bèf k'ap rale kabwèt la baboukèt. Se lapenn Bondye gen konsa pou bèf yo atò?
Se pa pou bèt ou touye pou mwen yo m'ap fè ou repwòch, ni pou bèt ou boule pou mwen yo.Mwen pa mande ou ti towo bèf ki nan sèka ou, ni bouk kabrit ki nan jaden ou.
Lè ou gade byen, sò moun ak sò zannimo, se menm bagay. Ni yonn, ni lòt gen pou mouri. Se menm souf la ki nan toulede. Moun pa gen okenn avantaj sou zannimo, paske lavi pa vo anyen ni pou yonn ni pou lòt.
Se la koulèv pral fè nich yo, se la y'ap ponn. Se la y'ap kouve ze yo, se la y'ap okipe pitit yo. Se la malfini karanklou yo pral sanble.
Jezi reponn yo: — Si yonn nan nou gen yon sèl mouton, si mouton sa a tonbe nan yon twou byen fon yon jou repo, eske li p'ap rale l mete deyò?Bon. Eske yon moun pa vo pi plis pase yon mouton? Konsa nou wè, lalwa nou an pèmèt nou fè byen pou yon moun jou repo.
Se li ki kouvri syèl la ak nyaj yo. Se li ki pare lapli pou tè a. Se li ki fè zèb pouse sou mòn yo.
Manman bèf ak manman lous va manje ansanm nan menm savann. Ti bèf ak ti lous va jwe ansanm. Lyon va manje zèb tankou bèf.
Mouton ou yo ap ba ou lenn pou fè rad met sou ou. Bouk kabrit yo ap rapòte ou lajan pou achte tè pou fè jaden.
Eske se ou ki jwenn manje pou bay lyon yo manje? Eske ou bay ti lyon yo manje plen vant yo,
Si yon moun kite yon pi dekouvri, ou ankò si l'ap fouye yon pi epi li kite l san kouvèti, si yon bèf osinon yon bourik vin tonbe ladan l,se pou mèt pi a peye mèt bèt la sa bèt la vo. Bèt mouri a menm va rete pou mèt pi a.
M'ap kite yo manje nan bon jaden zèb. Sou tout mòn byen wo nan peyi Izrayèl la, yo pral jwenn kote pou yo rete san danje. Se la yo pral poze kò yo, yo pral jwenn kont zèb vèt yo sou tout mòn peyi Izrayèl yo.
Se konsa, Senyè Bondye pran tè. Li fè tout kalite zannimo ak tout kalite zwazo ki genyen. Lèfini, li mennen yo bay nonm lan pou wè ki non li ta pral ba yo dekwa pou non an ka rete pou yo nèt.
Si m te grangou, mwen pa ta janm bezwen di ou sa, paske tout tè a ansanm ak tou sa ki ladan l, se pou mwen yo ye.
Gade kònèy: yo pa plante, yo pa rekòlte. Yo pa gen kolonbye ni galata. Epoutan Bondye pran swen yo. Nou menm, nou vo plis pase zwazo, pa vre?
Li beni yo, li di: Fè pitit, fè anpil anpil pitit mete sou latè. Donte tè a. Mwen ba ou pouvwa sou pwason nan lanmè, sou zwazo nan syèl ak sou tout bèt vivan k'ap mache sou vant sou latè.
Mwen pral voye ou jete ansanm ak tout pwason yo nan dezè a. Ou pral tonbe atè a. Yo p'ap ranmase ou, ni yo p'ap antere ou. M'ap fè ou rete la pou zwazo nan syèl ak bèt nan bwa vin manje ou.
Pèsonn p'ap fè mechanste. Pesonn p'ap fè sa ki mal sou mòn ki apa pou Bondye a, sou mòn Siyon an. Paske, menm jan fon lanmè plen ak dlo, se konsa kè tout moun nan peyi a pral plen ak konesans Bondye.
(8) Bondye, ala bon sa bon, renmen ou gen pou nou an! Se anba zèl ou lèzòm jwenn pwoteksyon.
Yo pa vire kote Bondye ki ba yo plis lespri pase bèt nan bwa, plis bon konprann pase zwazo nan syèl la.
Men, Senyè a ap bay moun ki mete konfyans yo nan li fòs ankò. Tankou malfini, y'ap pran zèl pou yo leve ale. Y'ap kouri san yo p'ap janm bouke. Y'ap mache, yo p'ap janm febli.
(4) Menm ti zwazo jwenn kote pou yo rete, menm iwondèl jwenn nich pou mete pitit yo: Se toupre lotèl ou yo, Senyè ki gen tout pouvwa, ou menm ki Bondye mwen, ou menm ki wa mwen!
Men, Bondye vin chonje Noye ansanm ak tout bèt bwa ak zannimo domestik ki te avè l nan batiman an. Bondye fè yon van soufle sou latè, epi dlo yo konmanse bese.
Zanj lan di l konsa: — Poukisa an twa fwa ou bat bourik la konsa? Se mwen menm ki vin bare chemen ou, paske ou pat dwe al fè vwayaj sa a.Men bourik ou a te wè m. Se poutèt sa, an twa fwa, li te vle chankre. Men, ou mèt di l mèsi, paske si li pat fè sa, mwen ta gentan touye ou. Li menm, mwen pa t'ap fè l anyen.
W'a pran avèk ou tou yon pè nan tout kalite bèt, yon mal ak yon fenmèl. W'a fè yo antre nan batiman an ansanm ak ou pou yo pa mouri.Konsa, nan tout kalite zwazo, nan tout kalite bèt domestik, nan tout kalite bèt ki trennen sou vant yo, gen yon pè nan chak kalite ki va vin jwenn ou pou yo pa mouri.
Lè nou wè bourik osinon bèf yon moun pèp Izrayèl parèy nou kouche nan chemen, pa fè tankou nou pa wè sa. Se pou nou ride l fè l kanpe ankò.
N'a ban mwen tou premye pitit bèf nou yo ak premye pitit mouton nou yo. Ti bèt la va pase sèt jou avèk manman l. Sou uityèm jou a n'a ofri l ban mwen.
Se li ki kouvri syèl la ak nyaj yo. Se li ki pare lapli pou tè a. Se li ki fè zèb pouse sou mòn yo.Li bay bèt yo manje, li bay ti kònèy yo manje lè yo rele.
— Men sa pou nou di moun pèp Izrayèl yo.Nan tout bèt ki sou latè, men bèt nou ka touye pou nou manje. Nou ka manje tout bèt ki gen zago yo fann an de depi yo remoute manje tou.
Lè nou jwenn bèf osinon kabrit yon moun pèp Izrayèl parèy nou ki kase kòd, pa fè tankou nou pa wè. Se pou nou pran l mennen l tounen ba li.
Gen kat bèt sou latè ki pi piti pase tout bèt. Men w'a gen lespri pa ou, se pa pase yo:Se fwomi: yo tou fèb, men yo pase tout sezon chalè ap fè pwovizyon mete la.
Nan tout bèt ki bon pou moun manje, w'a pran sèt mal ak sèt fenmèl nan chak kalite. Nan tout bèt ki pa bon pou moun manje, w'a pran yon mal ak yon fenmèl nan chak kalite.Konsa tou, pou zwazo k'ap vole nan syèl la, w'a pran sèt mal ak sèt fenmèl nan chak kalite, pou ras la pa disparèt sou latè.
n'a pran tout premye pitit gason nou yo, n'a mete yo apa pou Senyè a. Konsa tou, tout premye pitit bèt nou yo, depi se mal yo ye, se pou mwen yo ye.
Men, setyèm jou a, se jou repo Senyè a, Bondye nou an. Jou sa a, nou p'ap fè okenn travay, ni nou menm, ni pitit gason nou, ni pitit fi nou, ni fanm ni gason k'ap travay lakay nou, ni bèf nou, ni bourik nou, ni okenn nan lòt bèt nou genyen, ni moun lòt nasyon ki rete lakay nou. Konsa, ni fanm ni gason k'ap travay lakay nou ka pran repo menm jan ak nou.
Li fè premye pitit li a, yon ti gason. Mari vlope pitit la nan kouchèt, li mete l kouche nan yon kay kote yo bay bèt manje, paske pat gen plas pou yo nan lotèl la.
(5) m'ap mande: — Kisa lèzòm ye pou ou chonje yo konsa? Kisa yo ye menm pou ou pran ka yo konsa?(6) Ou fè yo yon ti kras pi piti pase ou, Bondye. Tankou yon kouwòn sou tèt yo, ou ba yo pouvwa ak respè.(7) Ou mete yo pou yo donminen sou tou sa ou fè, ou mete tout bagay anba pye yo:(8) Bèf kou kabrit, ansanm ak tout bèt nan bwa yo,(9) zwazo nan syèl, pwason nan dlo, ansanm ak tout lòt bèt k'ap viv nan lanmè.
Kounyeya, nou gendwa manje tout kalite bèt vivan k'ap mache, tout kalite fèy vèt. Mwen ban nou tout pou manje.Tansèlman, se pa pou n manje vyann ak tout san ladan l, paske san yon bèt se nanm li.
Li bay moun ki te swaf dlo kont dlo pou yo bwè. Li bay moun ki t'ap mouri grangou anpil bon bagay pou yo manje.
Eske se ou menm ki bay chwal yo fòs, ki mete bèl krenyen sou kou yo?Eske se ou ki fè yo sote ponpe tankou kabrit, ki fè yo ranni pou fè moun pè?Y'ap pyafe konsa nan ti fon yo, y'ap bat tè a ak zago yo. Yo kouri ak tout fòs yo lè yo nan lagè.Se brave danje yo ye. Yo pa janm pè anyen. Pa gen zam ki pou fè yo fè bak.Lè konsa, ti sak flèch ki nan do kavalye yo ap fè bri. Lans ak frenn ki nan men yo ap fè zèklè.Yo eksite, yo pa ka tann. Y'ap kouri sou lènmi an. Lè yo tande twonpèt la soufle, yo pa ka rete anplas.Chak fwa twonpèt la soufle, yo fè han! Yo gentan pran sant batay la byen lwen. Yo tande chèf yo k'ap pase lòd byen fò.
Se pou nou kenbe lòd mwen ban nou yo. Piga nou kwaze de zannimo ki pa menm kalite. Piga nou plante de kalite plant anmenmtan nan jaden nou. Piga nou mete sou nou rad depaman.
Gen twa bagay ki bèl lè y'ap mache. Sa m'ap di la a! Gen kat bagay ki gen bèl demach:Se lyon, se li ki pi fò nan tout zannimo, li pa pè yo yonn.Se bouk kabrit. Se chwal sele bride. Se wa lè y'ap mache devan lame yo.
Ki moun ki konnen si nanm moun moute anwo nan syèl epi nanm zannimo desann anba tè vre?
Bondye di ankò: Se pou tè a kale tout kalite bèt vivan, bèt yo gade, bèt ki trennen sou vant, bèt nan bwa. Se konsa sa te pase.
Paske nanm tout bèt vivan se nan san an li ye. Se poutèt sa mwen menm, Senyè a, mwen di moun pèp Izrayèl yo: Yo pa gendwa manje vyann okenn bèt ak tout san an ladan l. Paske se nan san an nanm lan ye. Tout moun ki manje vyann ak san li ladan l, m'ap wete yo nan mitan pèp mwen an.
Pou mwen, fè sakrifis yon bèf se tankou sakrifye yon moun. Sakrifye yon mouton se tankou fè sakrifis ak yon chen. Prezante ofrann se tankou ofri san kochon. Boule lansan se pou adore zidòl. Pèp la fè sa yo pito. Yo pran plezi nan fè vye bagay lèd devan Bondye.
Ou fè zèb pouse pou bèt yo manje. Ou fè plant moun bezwen yo grandi pou latè ka donnen manje,pou latè ka donnen rezen ki bay diven pou fè kè lèzòm kontan, lwil pou fè figi yo fre, pen pou ba yo fòs.
Mwen pral fè yon lòt syèl ak yon lòt tè. Pèsonn p'ap chonje sa ki te pase nan tan lontan. Sa p'ap janm vin nan tèt yo ankò.
Otrich alèz lè l'ap bat zèl li, men, li pa ka vole tankou sigòy.Otrich la ponn ze l yo atè konsa. Se chalè tè a ki fè yo kale.Li pa konnen nenpòt moun k'ap pase ka pile yo, nenpòt bèt nan raje ka kraze yo anba pye.Li fè tankou ze yo pa pou li. Sa pa di l anyen si li bay tèt li tout lapenn ponn ze yo pou gremesi.Se mwen menm, Bondye, ki fè l sòt konsa, ki pa ba li lespri menm.Men, lè l pran kouri, nanpwen kavalye sou chwal ki ka pran devan l.
tankou bèt yo lage desann al manje, se konsa lespri Senyè a te mennen yo kote pou yo poze. Wi, se konsa Senyè a te kondi pèp li a pou tout moun te ka nonmen non li pou jan li gen pouvwa.