Bib sou entènèt

- Piblisite -

Sòm 150 - 1998 Haïtienne


SÒM 150 Lwanj pou Senyè a

1 Lwanj pou Senyè a! Lwanj pou Bondye nan Tanp ki apa pou li a! Lwanj pou Bondye nan syèl la kote pouvwa li parèt aklè!

2 Lwanj pou li pou bèl bagay li fè yo! Lwanj pou li pou jan li gen anpil anpil fòs!

3 Lwanj pou li ak twonpèt! Lwanj pou li ak gita ak bandjo!

4 Lwanj pou li ak tanbou! Danse pou fè lwanj li! Lwanj pou li ak gita ak vaksin!

5 Lwanj pou li ak senbal ki bay bèl son! Lwanj pou li ak senbal ki fè gwo bri!

6 Se pou tou sa ki gen souf fè lwanj Senyè a! Lwanj pou Senyè a!

Haitian Creole DC Bible © Societé Biblique Haïtienne, 1998.

Haitian Bible Society
Swiv nou:



Piblisite