Espwa enpòtan anpil nan lavi nou. Kenbe espwa ou fèm nan Bondye. Mete konfyans ou nan li, w'ap wè tout sa kè ou swete rive vre. Pa janm pèdi kouraj, kontinye mache dwat devan ou pou rive atenn objektif ou yo. Pa lage pye, e mete tout sa ou vle nan men Papa nou ki nan syèl la.
Kòm kretyen, pa janm bliye espwa nou genyen pou n al wè Senyè a fasafas. Gras ak sakrifis Jezikri fè a, nou sove grasa favè Bondye, e n ap viv avè l pou letènite. Espwa nan Bondye ap delivre ou anba laperèz pou demen e anba ensètitid. Toujou fè Bondye konfyans, l'ap ba ou fòs pou simonte tout difikilte.
Paske, jan Bib la di nan Jeremi 29:11 (Vèsyon Kreyòl La): “Mwen konnen sa m' gen nan tèt mwen pou nou, se Seyè a menm ki di sa. Se plan byenèt pou nou, pa plan malè. M'ap ban nou yon avni, yon espwa.”
Sous bonte Senyè a p'ap janm teri. Mizerikòd li poko janm bout. Li renouvle yo chak maten Ala kenbe ou konn kenbe pawòl ou, Senyè!
Senyè a pa pran twòp reta pou kenbe pwomès li yo, jan kèk moun kwè a. Okontrè, se pasyans l'ap pran ak nou, paske li pa ta renmen pèsonn peri, li ta vle pou tout moun tounen vin jwenn li.
M'ap leve, mwen pral tounen jwenn papa m, m'ap di li: Papa, mwen peche kont Bondye, mwen peche kont ou menm tou. Mwen pa merite pou konsidere m' pou pitit ou ankò. Konsidere m' tankou yonn nan travayè ou yo. Farizyen yo ak dirèktè lalwa yo t'ap babye. Yo t'ap di: — Nonm sa a ap resevwa moun k'ap fè sa ki mal, epi l'ap manje ak yo. Li leve vre, li pran chemen tounen kay papa li. — Mesye te byen lwen kay la toujou lè papa a wè li. Kè papa a fè l mal, li kouri al rankontre l, li pase men l nan kou pitit la epi li bo li. Pitit la di li: Papa, mwen peche kont Bondye, mwen peche kont ou menm tou. Mwen pa merite pou ou konsidere m pou pitit ou ankò.
Se pa rad sou nou pou nou chire, se kè nou menm pou nou chire pou fè wè jan nou nan lapenn. Tounen vin jwenn Senyè a, Bondye nou an. Li gen bon kè anpil, li gen pitye pou moun. Li pa fache fasil, li p'ap janm sispann renmen nou. Li toujou pare pou padonnen nou.
Men sa Senyè a di: Pa chita ap chonje tan lontan. Pa rete ap kalkile sa ki fin pase! Men m'ap fè yon lòt bagay pou nou. Li konmanse rive deja. Nou pa wè li? Mwen pral fè yon wout nan mitan dezè a. Mwen pral fè gwo dlo koule nan savann lan.
Pa gen bondye tankou ou, ou menm ki padonnen mechanste ti rès ki rete nan pèp ou a, ou menm ki pa gade sou sa yo fè ki mal. Ou pa fache pou tout tan. Ou pran tout plezi ou nan gen pitye pou moun. Wi, w'a gen pitye pou nou ankò. W'a pran peche nou yo mete anba pye ou. W'a voye yo jete nan fon lanmè!
Menm jan kote solèy leve a byen lwen ak kote solèy kouche a, se konsa li wete peche nou yo, li voye yo jete byen lwen nou.
Senyè a di konsa: — Nou mèt vini atò! Vini non! Ann regle koze a! Menm si peche nou ta wouj kou san, m'ap lave, m'ap fè nou vin blan kou koton. Si li ta wouj nètale, n'ap vin blan kou lablanchè.
Si yon moun ap viv nan Kris la, li vin yon lòt moun. Bagay lontan yo disparèt, se lòt bagay nèf ki pran plas yo kounyeya.
Si nou rekonèt peche nou devan Bondye, nou mèt gen konfyans nan li. L'ap fè sa ki dwe fèt la: l'a padonnen tout peche nou, l'a netwaye nou anba sa ki mal.
Lespri Bondye, Senyè a, desann sou mwen. Paske Senyè a chwazi m, li voye m pou m anonse bòn nouvèl la bay moun ki nan lapenn yo, pou m geri tout moun k'ap soufri yo, pou m fè tout moun yo te depòte yo konnen yo delivre, pou m fè tout prizonye yo konnen pòt prizon louvri pou yo.
Se paske li renmen nou kifè li delivre nou, nou menm ki mete konfyans nou nan li. Sa pa sòti nan nou menm menm, se yon kado Bondye ban nou. Non, nou pa fè anyen pou sa. Konsa, pèsonn pa ka vante tèt yo.
lè sa a si pèp ki pote non m lan lapriyè nan pye m, si yo soumèt devan mwen, si yo pran chache m ankò, si yo vire do bay vye peche yo t'ap fè yo, m'ap tande yo nan syèl kote m ye a, m'ap padonnen peche yo, m'ap fè peyi a kanpe ankò.
Mwen pa ta renmen wè pèsonn mouri. Se mwen menm, Senyè sèl Mèt la, ki di sa. Tounen vin jwenn mwen epi n'a viv.
M'a ban nou ankò tou sa nou te pèdi pandan tout tan bann gwo krikèt yo, ti krikèt yo, ti chini yo ak gwo chini yo te devore rekòt nou yo. Se mwen menm ki te voye lame sa a sou nou.
Mwen sèten Bondye ki te konmanse bon travay sa a nan nou, li gen pou l kontinye l jouk li va fini l nèt, lè jou Jezikri a va rive.
Mwen te wè tou sa yo t'ap fè, men m'ap geri yo. Mwen pral pran men yo pou m mennen yo sou bon chemen an. M'a remoute kouray sa ki nan lapenn yo.
Pitit mwen yo, m'ap ekri nou lèt sa a pou nou pa fè peche. Men, si yon moun rive fè peche, nou gen yon avoka k'ap plede pou nou bò kote Papa a: Se Jezikri, moun ki te mache dwat devan Bondye a.
Li p'ap fin kase pye wozo ki panche a. Li p'ap tenyen lanp ki prèt pou mouri a. L'ap fè sa konsa, jouk tan li va fè jistis Bondye a kanpe nèt.
M'ap ba yo konprann pou yo sa konnen se mwen menm ki Senyè a. Lè sa a, y'a yon pèp pou mwen, mwen menm m'a Bondye yo, paske y'ap tounen vin jwenn mwen ak tout kè yo.
Pa chonje peche ak fòt mwen te fè lè m te jenn. Senyè, jan ou renmen m sa a, jan ou gen bon kè, tanpri, pa bliye m!
Konsa tou, Kris la ofri tèt li pou li mouri yon sèl fwa pou wete peche anpil moun. Li gen pou l tounen yon dezyèm fwa. Men, lè sa a, se p'ap pou wete peche nou, se va pou delivre tout moun k'ap tann li yo.
Pèseptè kontribisyon an menm te rete dèyè, li pat menm gen kouray leve je l nan syèl. Li t'ap bat lestonmak li, li t'ap di: Bondye, gen pitye pou mwen ki fè anpil peche. Lè sa a, Jezi di yo: — M'ap di nou sa, se pa farizyen an non, men se pèseptè kontribisyon an ki tounen lakay li ak padon Bondye. Paske, yon moun ki vle leve tèt li, y'a desann li, yon moun ki desann tèt li, y'a leve li.
Tansèlman, nou konn sa byen: nan tout bagay, Bondye ap travay pou byen tout moun ki renmen l, pou byen tout moun li te fè lide rele.
Tout pwofèt yo te di sa sou li: Nenpòt moun ki met konfyans yo nan Jezi va resevwa padon pou tout peche yo gremesi non sa a.
Anpil nan nou, se sa menm nou te ye. Men, kounyeya Bondye mete nou nan kondisyon pou nou sèvi l. Gremesi Jezikri, Senyè a, li mete nou apa pou li, li fè nou gras pa pouvwa Lespri Bondye nou an.
Men kounyeya, mwen menm Senyè ki gen tout pouvwa a, men sa m voye di nou: Tounen vin jwenn mwen, m'a tounen vin jwenn nou tou. Se vre wi sa m'ap di nou la a.
Beniswa Letènèl, li menm ki se Papa Jezikri, Senyè nou an. Paske nan kè sansib li, li ban nou lavi ankò, lè li te fè Jezikri leve soti vivan nan lanmò a. Sa fè nou viv ak anpil espwa.
Sou pwen sa a, Bondye moutre nou jan li renmen nou anpil. Paske nou te nan peche toujou lè Kris la mouri pou nou.
Frè m' yo, si nou bare yon moun ap fè sa ki pa sa, nou menm ki nan limyè Bondye, se pou nou mete li nan bon chemen. Men, fè sa ak dousè. Epi veye kò nou pou nou pa tonbe nan tantsyon tou.
Se mwen menm Bondye ki anwo nan syèl la, Bondye ki la pou tout tan an, Bondye ki apa nèt la. Men sa mwen di: mwen rete yon kote ki anwo nèt, yon kote ki apa pou mwen nèt. Men mwen kanpe la avèk moun ki soumèt yo devan mwen, avèk moun ki regrèt tou sa yo fè ki mal, pou m'ka remoute kouraj yo, pou m'ka ba yo konfyans ankò.
David di Natan konsa: — Wi, mwen rekonèt mwen peche kont Senyè a! Lè sa a Natan di l konsa: — Bondye sèl Mèt la p'ap pini ou pou sa ou fè a, ou p'ap mouri.
Enben, ou menm w'a di yo: Jan nou konnen mwen vivan vre a, se mwen menm Senyè a k'ap pale! Men sa mwen di: Mwen pa pran okenn plezi nan wè mechan yo mouri. Mwen ta pito wè yo sispann fè sa ki mal pou yo ka viv. Nou menm moun pèp Izrayèl yo, sispann fè sa nou pa dwe fè. Tounen vin jwenn mwen. Poukisa se lanmò n'ap chache konsa?
Lè yo fin manje, Jezi di Simon Pyè konsa: — Simon, pitit Jan, èske ou renmen mwen plis pase moun sa yo? Simon Pyè reponn: — Wi, Senyè, ou konnen mwen renmen ou. Jezi di li: — Pran swen ti mouton mwen yo. Li mande li yon dezyèm fwa: — Simon, pitit Jan, èske ou renmen mwen? Li reponn li: — Wi, Senyè, ou konnen mwen renmen ou. Jezi di li: — Fè ou gadò mouton mwen yo. Apre sa, li mande li yon twazyèm fwa: — Simon, pitit Jan, èske ou renmen mwen? Sa te fè Simon mal anpil lè li wè Jezi mande l' yon twzyèm fwa: Eske ou renmen mwen? Li reponn li: — Senyè, ou konn tout bagay. Ou konnen mwen renmen ou. Jezi di li: — Pran swen mouton mwen yo.
Enben, mwen pa vin rele moun ki konprann yo bon devan Bondye, men moun ki konnen se pechè yo ye dekwa pou yo ka tounen vin jwenn Bondye.
Men, Bondye fèmen je l sou tout tan sa yo moun pase nan linyorans. Kounyeya li rele yo tout, kote yo ye, pou yo tounen vin jwenn li.
Men, Senyè a ap tann lè pou l fè nou gras. Li tou pare pou l gen pitye pou nou, paske Senyè a, se yon Bondye k'ap toujou fè sa ki byen! Benediksyon pou moun ki mete konfyans yo nan li.
Senyè a gen pitye pou nou. Li gen bon kè. Li pa fasil fè kòlè. Li p'ap janm sispann renmen nou! Senyè a bon pou tout moun san patipri. Li gen pitye pou tou sa li fè.
Paske, se Bondye menm k'ap travay ni nan volonte nou ni nan fòs nou pou fè nou fè jan lide li di li.
Anba tout tray sa yo, yo rele nan pye Senyè a. Li wete yo nan lafliksyon sa a. Li fè yo sòti kote ki fè nwa a. Li kase chenn ki te mare yo.
Li padonnen tout peche m yo, li geri tout maladi m yo. Li wete m nan bouch twou a. Li beni m, li fè m wè jan li renmen m, jan li gen pitye pou mwen.
Se mwen menm ki fè tout bagay sa yo ak men mwen. Se pou mwen yo tout ye! Se Senyè a menm ki di sa. Moun ki fè m plezi se moun ki pa gen lògèy nan kè yo, se moun ki regrèt sa yo fè ki mal, se moun ki gen krentif pou mwen lè m pale.
Li reponn: — Pèsonn non, Mèt. Jezi di li: — Mwen menm tou, mwen pa kondannen ou. Ou mèt ale. Men, pa janm fè peche ankò.]
Tout tantasyon nou jwenn sou chemen nou, se menm kalite tantasyon tout moun jwenn sou chemen yo tou. Men, Bondye li menm toujou kenbe pawòl li: li p'ap kite yo tante nou yon jan ki depase sa nou ka sipòte. Men, lè nou va anba tantasyon an, l'a ban nou fòs pou nou ka sipòte l, pou nou ka sòti anba li.
(3) Li rale m sòti nan twou kote m t'ap peri a, nan gwo m'a labou a. Li mete m sou gwo wòch la, li fè m kanpe dwat ankò.
Samyèl di pèp la konsa: — Nou pa bezwen pè! Malgre nou fè bagay mal sa a, pa vire do bay Senyè a. Sèvi l ak tout kè nou.
Bondye pale yon dezyèm fwa ankò ak Jonas, Bondye wè sa yo t'ap fè a. Li wè yo soti pou chanje lavi yo vre. Se konsa li chanje lide. Li pa pini yo ankò jan li te di li ta pral pini yo a.
Moun k'ap kache peche p'ap janm wè zafè yo mache. Men, Bondye va gen pitye pou moun ki rekonèt peche yo, pou moun ki chanje lavi yo.
— Vini jwenn mwen, nou tout ki bouke, nou tout ki anba chay, m'a soulaje nou. Pran jouk mwen, mete l sou zepòl nou. Pran leson nan men mwen. Paske mwen dou, mwen toujou soumèt mwen tout bon devan Bondye. Konsa, n'a viv ak kè poze. — Eske se ou ki moun nou konnen ki gen pou vini an, osinon eske nou dwe tann yon lòt? Paske, jouk m'ap ban nou an fasil pou pote, chay m'ap ban nou an pa lou.
Se vre wi, frè m'yo. Mwen pa kwè mwen deja rive kote m' dwe rive a. Men mwen gen yon sèl bagay m'dwe fè: se bliye tout distans m'fin fè deja yo pou fikse lide mwen sou distans ki rete mwen an. Konsa, m'ap kouri dwat devan m sou mak kote m prale a, pou m ka jwenn rekonpans Bondye rele m vin resevwa nan syèl la, gremesi Jezikri.
(12) O Bondye, pa kite okenn move lide nan kè m. Mete bon lide nan tèt mwen, pou m sa kenbe fèm.
Gremesi Kris ki mouri pou nou an, nou delivre, nou resevwa padon pou peche nou yo. Bondye fè nou wè jan li renmen nou anpil.
Se sa k fè, avèk batèm nou an nou te antere ansanm avè l, nou te mouri ansanm avè l tou. Men, menm jan Papa a te fè l leve sòti nan lanmò avèk gwo fòs pouvwa li, konsa tou nou menm nou ka mennen yon lòt lavi.
li te delivre nou. Li pat delivre nou paske nou te fè kèk bagay ki bon, men paske li menm li te gen pitye pou nou. Li delivre nou lè li lave nou, li voye pouvwa Sentespri li nan nou pou chanje nou nèt, pou n te ka viv yon lòt jan.
(6) Paske, lè li ankòlè, se pou yon ti tan. Men, li ban nou favè l pou tout tan n'ap viv. Lannwit nou kriye, Kou l jou, kè nou kontan.
Pa fè menm bagay ak sa moun ap fè sou latè. Men, kite Bondye chanje lavi nou nèt lè l'a fin chanje tout lide ki nan tèt nou. Lè sa a, n'a ka konprann sa Bondye vle, n'a konnen sa ki byen, sa ki fè l plezi, sa ki bon nèt ale.
Pyè reponn yo: — Tounen vin jwenn Bondye, epi yonn apre lòt vin resevwa batèm nan non Jezikri, pou Bondye padonnen tout peche nou yo. Apre sa, n'a resevwa Sentespri, kado Bondye a.
Men, apre n'a fin soufri yon ti tan, Bondye li menm va rann nou bon nèt, l'a kenbe nou fèm, l'a ban nou fòs, l'ap fè nou kanpe san brannen. Paske Bondye bay tout kalite favè. Se li menm ki te rele nou, gremesi Kris la, pou n te patisipe nan pouvwa li ki p'ap janm fini.
Pèsonn p'ap bezwen moutre lòt moun nan peyi a kouman pou yo chache konnen Senyè a, paske yo tout ap konnen m, depi sa ki pi piti a jouk sa ki pi gran an. Se mwen menm Senyè a ki di sa. M'a padonnen sa yo fè ki mal, mwen p'ap chonje peche yo ankò. Se mwen menm Senyè a ki di sa.
Okontrè, se pou nou aji byen yonn ak lòt, se pou nou gen bon kè yonn pou lòt, pou nou yonn padonnen lòt, menm jan Bondye te padonnen nou nan Kris la.
Senyè, ala bon ou bon! Ou padonnen peche nou yo. Ou p'ap janm sispann renmen moun k'ap rele non ou.
Se pou mechan yo kite move chemen y'ap swiv la. Se pou malveyan yo wete move lide k'ap travay nan tèt yo. Se pou yo tounen vin jwenn Senyè a ki va gen pitye pou yo. Se pou yo tounen vin jwenn Bondye nou an, paske l'ap padonnen tou sa yo fè.
— Si nou padonnen moun lè yo fè nou mal, Papa nou ki nan syèl la va padonnen nou tou. Men, si nou pa padonnen moun lè yo fè nou mal, Papa nou p'ap padonnen peche nou yo nonplis.
Men, Senyè a ap bay moun ki mete konfyans yo nan li fòs ankò. Tankou malfini, y'ap pran zèl pou yo leve ale. Y'ap kouri san yo p'ap janm bouke. Y'ap mache, yo p'ap janm febli.
Kote yo te konn fè nou wont, se sou tèt y'a pote nou. Kote yo te konn pase nou nan rizib, y'a fè gwo fèt pou nou. N'a rete nan peyi nou, richès nou va double. N'a toujou gen kè kontan san rete.
Se poutèt sa, ann pwoche avèk konfyans devan fòtèy kote Bondye ki renmen nou an chita. Se la n'a jwenn padon pou peche nou yo, se la n'a jwenn pou gremesi sekou n'a bezwen lè nou nan nesesite.
Se poutèt sa, mwen di ou: li fè tout bagay sa yo pou moutre jan li renmen anpil, paske yo padonnen li anpil peche. Men, yon moun yo padonnen yon ti kras, se yon ti kras l'ap moutre jan l renmen tou.
M'ap mete lòt santiman nan kè nou. M'ap mete lòt lide nan tèt nou. M'ap wete tèt di nou an, m'ap fè nou tande lè m pale nou.
Lè lapriyè a fèt ak konfyans, li va delivre malad la. Senyè a va fè l leve gaya. Si li te fè kèk peche, Bondye va padonnen li.
Tout moun Papa a ban mwen, gen pou vin jwenn mwen. Mwen p'ap janm mete moun ki vin jwenn mwen yo deyò.
Lè sa a, mwen rekonèt peche m yo devan ou, mwen pat kache ou sa m te fè ki mal. Mwen di: M'ap rakonte Senyè a tout bagay. Apre sa, ou te padonnen tout peche m yo.
Mwen te fè peche nou yo disparèt devan je m tankou yon nyaj nan syèl la. Tounen vin jwenn mwen non, paske se mwen menm ki te delivre nou.
Sa se yon pawòl sèten, li merite pou nou fè li tout konfyans: Jezikri te vini sou latè pou sove lèzòm, pou mwen menm anpremye ki pi gwo pechè a.
Lalwa antre nan koze a pou fè moun peche plis toujou. Men, kote moun fè plis peche a, se la favè Bondye a vide pi rèd sou yo.
Chak fwa, li reponn mwen: Se favè m ase ou bezwen. Paske lè ou fèb, se lè sa a moun wè pouvwa mwen nan ou. Se poutèt sa, nan fon kè m, mwen pito pale sou feblès mwen pou pouvwa Kris la ka mete m anba zèl li.
Li rache nou anba pouvwa fènwa a, li fè nou antre nan peyi kote Pitit li renmen anpil la wa. Se gremesi Pitit sa a nou delivre, nou resevwa padon pou peche nou yo.
Lè sa a, Pyè pwoche bò kote Jezi, li di l konsa: — Mèt, konbe fwa pou m padonnen frè m lè li fè m yon bagay mal? Sèt fwa konsa? Jezi reponn li: — Non, Pyè. Mwen pa di ou padonnen l sèt fwa, men padonnen l swasanndis fwa sèt fwa.
(3) Gen pitye pou mwen, Bondye. Jan ou gen bon kè sa a! Tanpri, efase tou sa mwen fè ki mal, paske ou gen kè sansib. (12) O Bondye, pa kite okenn move lide nan kè m. Mete bon lide nan tèt mwen, pou m sa kenbe fèm. (13) Pa voye m jete. Pa wete lespri ou te ban mwen an. (14) Sove m. Fè kè m kontan ankò. Ban m bon lide ki pou fè m toujou obeyisan. (15) Lè sa a, m'a moutre moun k'ap fè peche yo tout kòmandman ou yo, pou yo sa tounen vin jwenn ou. (16) Pa kite yo tire revanj sou mwen, Bondye, se ou k'ap sove lavi m. N'a fè konnen jan ou gen bon kè. (17) Senyè mwen, mete pawòl nan bouch mwen pou m ka fè lwanj ou. (18) Si se bèt ou ta vle yo touye pou ofri ou, mwen ta ofri bèt ba ou. Men, ou pa pran plezi nan vyann bèt y'ap boule ofri ba ou yo. (19) Ofrann ki fè Bondye plezi, se lè yon moun soumèt tèt li devan li. Bondye, ou p'ap janm meprize moun ki soumèt tèt li devan ou, moun ki rekonèt tò li. (20) O Bondye, fe anpil byen pou mòn Siyon, paske ou gen bon kè. Rebati miray lavil Jerizalèm yo. (21) Se lè sa a w'a pran plezi nan ofrann bèt ou mande pou yo touye pou ou yo, nan vyann bèt ak lòt ofrann y'ap boule nèt pou ou yo. Se lè sa a y'a ofri jenn towo bèf sou lotèl ou a. (4) Lave m, foubi m pou wete fòt mwen fè a. Netwaye m pou efase peche m lan.
Tout moun peche, Bondye ki gen pouvwa a bay yo tout do. Men Bondye ki renmen yo, li fè yo gras. Li fè sa pou yo gratis, gremesi Jezikri ki vin delivre yo.
Bondye sitèlman renmen lèzòm, li bay sèl pitit li a pou yo. Konsa, moun ki mete konfyans yo nan li, yo p'ap peri. Okontrè, y'a gen lavi ki p'ap janm fini an.
Se mwen menm ki konnen sa m'gen nan tèt nou pou nou. Se mwen menm Senyè a k'ap pale. Se pwojè byen mwen gen pou nou, se pa pwojè malè. Sa mwen vle pou nou, se yon denmen ki chaje espwa.
Paske, moun k'ap mache dwat yo te mèt tonbe sèt fwa. Pa pè, y'ap toujou leve ankò. Men, nan mechanste yo, mechan yo ap tonbe, yo p'ap ka leve ankò.