Mwen vle fè w sonje jodi a, Bondye ba w tout sa w bezwen pou w afronte tout sitiyasyon difisil. Anpil fwa, nou konn panse pwoblèm yo rive sou nou, epi nou pa pare pou n fè fas ak yo. Men, ou twonpe w, Bondye toujou prepare nou. Nan pawòl li, li di nou Bondye pa ban nou yon lespri timidite, men yon lespri puisans, lanmou ak metriz. Kidonk, pran kouraj, Bondye avè w, l ap goumen pou ou nan chak batay.
Sèvi ak zouti sa yo Bondye ba ou nan pawòl li ak Sentespri a. Se pou w vanyan, mache dwat epi pran desizyon avèk asirans. “Se pou tout moun ki mete espwa yo nan Seyè a pran kouraj, e se pou kè yo fò.” (Sòm 31:24). Pran kouraj, Bondye pa janm febli.
Bondye se fòs ou, se li ki libere w, se li ki ede w, se boukliye w, se refij ou. Mete konfyans ou nan Papa nou ki nan syèl la, tout bagay ap byen. “Se Bondye ki ban m fòs, se li ki fè chemen m dwat.” (2 Samyèl 22:33)
Benediksyon pou moun ki anba pèsekisyon lè y'ap fè sa Bondye mande, paske peyi Wa ki nan syèl la, se pou yo li ye. — Benediksyon pou nou lè moun va joure nou, lè y'a pèsekite nou, lè y'a fè tout kalite manti sou nou paske se moun pa m nou ye. Fè kè nou kontan. Wi, nou mèt kontan nèt, paske yon gwo rekonpans ap tann nou nan syèl la. Se konsa yo te pèsekite pwofèt ki te vini anvan nou yo.
— Si moun k'ap viv dapre prensip lemonn yo rayi nou, pa bliye yo te rayi m anvan yo te rayi nou. Si nou te moun lemonn, lemonn ta renmen nou, paske nou ta pou li. Men, mwen chwazi nou, mwen wete nou anba pouvwa lemonn. Se poutèt sa lemonn rayi nou: nou pa moun lemonn ankò. Li koupe tout branch nan mwen ki pa donnen. Li netwaye tout branch ki donnen pou yo ka donnen plis toujou. Chonje sa m te di nou: Yon domestik pa janm pi grannèg pase mèt li. Si yo pèsekite m, y'a pèsekite nou tou. Si yo fè sa m te moutre yo, y'a fè sa n'a moutre yo tou.
Frè m yo, nou pa bezwen sezi devan gwo eprèv sa yo k'ap tonbe sou nou tankou yon gwo dife. Nou pa bezwen konprann sa se yon bagay estraòdinè k'ap rive nou la a. Okontrè, fè kè n kontan. Paske, menm jan nou patisipe nan soufrans Kris yo, konsa tou n'a kontan nèt ale lè gwo pouvwa Kris la va parèt. Si yo joure nou paske n'ap swiv Kris la, konsidere sa tankou yon benediksyon. Paske, Lespri ki gen gwo pouvwa a, Lespri Bondye a nan nou.
Kisa, atò, ki va fè nou pèdi renmen Kris la gen pou nou an? Soufrans ka fè nou sa? Osinon, kè sere? Osinon, pèsekisyon? Osinon, grangou, mizè, gwo danje, lanmò? Dapre sa ki ekri nan Liv la: Se poutèt ou, tout moun yo sòti pou touye nou. Yo gade nou tankou mouton y'ap mennen labatwa. Men, sou tout bagay sa yo, nou genyen batay la nèt ale, gremesi moun ki renmen nou an. Paske mwen gen lasirans sa a, anyen pa ka fè nou pèdi lamou Kris gen pou nou an: kit se lavi, kit se lanmò, ni zanj yo, ni lòt otorite ak pouvwa ki nan syèl la, te mèt se tan jodi a, te mèt se tan k'ap vini yo, ni pouvwa ki anwo nan syèl la, ni pouvwa ki nan zantray tè a. Non, pa gen anyen nan tout kreyasyon an ki ka rive fè nou pèdi lamou Bondye fè nou wè li gen pou nou nan Jezikri, Senyè nou an.
Menm lè m'ape pase anba lonbray lanmò, Mwen p'ape pè anyen, Paske, Senyè, ou la avèk mwen. Se baton ou ak pwoteksyon ou ki fè kè m' pa kase.
(20) Lè yon moun ap mache dwat, li gen pou l soufri anpil. Men, Senyè a ap delivre l anba tout soufrans li yo.
Mande Bondye pou l beni moun k'ap pèsekite nou. Mande benediksyon, pa mande madichon pou yo.
Yo t'ap bay disip yo fòs, yo t'ap ankouraje yo pou yo rete fèm nan konfyans yo. Yo t'ap di yo: — Nou gen pou nou soufri anpil anvan pou n antre nan peyi kote Bondye wa a.
Paske nou menm k'ap sèvi Kris la, Bondye ban nou favè sa a, non sèlman pou nou gen konfyans nan li, men pou nou ka soufri avè li tou.
Chonje sa ki te rive nou nan tan lontan. Lè sa a, nou te fenk fin resevwa limyè Bondye a, nou te soufri anpil. Men, nou te kenbe fèm nan batay la. Yon lè, se nou menm yo t'ap joure, yo t'ap maltrete devan tout moun. Yon lòt lè, se nou menm, pou tèt pa nou, ki te al pran pou moun yo t'ap joure yo, pou moun yo t'ap maltrete yo. Nou te soufri ansanm ak tout moun ki te nan prizon. Menm lè yo te sezi tout byen nou yo, nou te kontan asepte pèdi yo, paske nou te konnen nou gen yon richès ki pi bon, k'ap la pou tout tan. Pa pèdi lasirans nou te genyen an. Paske, gen yon gwo rekonpans ladan li. Men, nou bezwen pasyans pou nou ka fè sa Bondye vle, pou nou ka resevwa sa l te pwomèt la.
— Benediksyon pou nou si lèzòm rayi nou, si yo pa vle wè nou, si yo joure nou, si yo meprize nou tankou move moun, poutèt mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a. Fè kè n kontan lè sa va rive. Nou mèt kontan nèt paske yon gwo rekonpans ap tann nou nan syèl la. Se konsa zansèt nou yo te maltrete pwofèt yo.
Tout moun pral rayi nou poutèt mwen. Men, moun ki va kenbe fèm jouk sa kaba, se yo ki va sove.
(1b) Senyè a se limyè mwen, se li ki delivrans mwen. Ki moun ki ka fè m pè? Se Senyè a k'ap pwoteje mwen. Ki moun ki ka fè m tranble? Papa m ak manman m te mèt lage m, Senyè a va ranmase mwen. Senyè, moutre m jan ou vle m viv la. Fè m mache nan chemen ki pa gen move pa a, paske mwen gen anpil lènmi k'ap veye m. Pa lage m nan men lènmi m yo. Yo sòti pou yo touye m. Se yon bann moun k'ap bay manti. Mwen menm, mwen sèten m'a viv pou m wè jan Bondye sèvi byen ak pèp li a. Mete espwa ou nan Senyè a! Gen konfyans, pa dekouraje! Wi, mete espwa ou nan Senyè a! Lè mechan yo ap mache sou mwen, lè lènmi m yo ap chache touye m, se yo menm k'ap bite, se yo menm k'ap tonbe. Menm si yon lame moun ta sènen mwen toupatou, mwen p'ap pè anyen. Menm si yo ta vle fè mwen lagè, m'ap toujou gen konfyans nan Bondye.
Nou pa bezwen pè. Mwen la avèk nou! Nou pa bezwen kite anyen ban nou kè sote. Se mwen menm ki Bondye nou. M'ap ban nou fòs, m'ap ede nou. M'ap soutni nou ak fòs ponyèt mwen ki pa janm pèdi batay.
Nou pa manke kontan menm lè n'ap soufri. Poukisa? Paske nou konnen lè n'ap soufri sa fè nou gen pasyans. Lè nou gen pasyans konsa, sa ban nou kouray pou nou soufri. Plis nou gen kouray, se plis nou gen espwa. Espwa sa a p'ap janm twonpe nou, paske Bondye te fè nou wè jan l renmen nou lè li ban nou Sentespri li.
Mwen pale konsa pou nou kapab gen kè poze nan mwen. Nou gen pou n soufri anpil sou latè. Men, pran kouray, lemonn deja pèdi devan mwen.
Moun ki rete anba pwoteksyon Bondye ki nan syèl la, Moun ki kache anba zèl Bondye ki gen tout pouvwa a okenn malè p'ap rive ou, okenn mechan p'ap ka pwoche bò kote kay ou. Bondye ap pase zanj li yo lòd pou yo veye sou ou, pou yo pwoteje ou kote ou pase. Y'ap pote ou nan men yo, pou ou pa kase zòtèy pye ou sou okenn wòch. W'ap mache sou lyon ak sou sèpan, w'ap kraze jenn ti lyon yo ak eskòpyon yo anba pye ou. Bondye di: M'ap sove moun ki renmen mwen, m'ap pwoteje moun ki konnen mwen. Lè l rele m, m'ap reponn li. Lè l nan tray, m'ap la avèk li. M'ap delivre l, m'ap fè yo respekte l. M'ap fè l viv lontan, m'a fè l wè jan m'ap delivre l. yo ka di Senyè a: — Se ou ki tout defans mwen. Se ou ki tout pwoteksyon mwen. Ou se Bondye mwen. Se nan ou mwen mete tout konfyans mwen.
Lè n'ap pase sou lanmè, m'ap kanpe la avèk nou. Lè n'ap janbe gwo dlo, dlo a p'ap bwote nou ale. Lè n'ap mache nan mitan dife, dife p'ap boule nou. Flanm dife a p'ap fè nou anyen.
— Gade, mesye! M'ap voye nou tankou mouton nan mitan chen mawon. Se sa ki fè, se pou nou veyatif kou pentad. Se pou nou konfyan kou ti poul ki dèyè manman yo. Pran prekosyon nou ak tout moun. Paske y'a trennen nou devan tribinal, y'a bat nou ak kout fwèt nan sinagòg yo. Y'a fè nou konparèt devan chèf gouvènman ak devan wa poutèt mwen, pou nou kapab sèvi m temwen devan yo ak devan moun lòt nasyon yo.
Men, si nou rive soufri poutèt byen nou fè, konsidere sa tankou yon benediksyon. Nou pa bezwen pè moun, nou pa bezwen toumante tèt nou pou anyen.
Nenpòt sitirasyon ki parèt devan mwen, m'ap degaje m, gremesi Kris la ki ban mwen fòs kouray.
Men, tout zam y'a fè pou sèvi kont ou yo p'ap fè ou anyen. W'a gen repons nan bouch ou pou tout moun ki va akize ou nan tribinal. Se sa m'ap fè pou tout sèvitè m yo. Se mwen k'ap defann kòz yo. Se Senyè a menm ki di sa!
Se Senyè a k'ap sove moun ki mache dwat yo. L'ap sèvi yo defans lè yo nan tray. Si se nan Senyè a ou pran tout plezi ou, l'a ba ou tou sa ou ta renmen. L'ap pote yo sekou, l'ap delivre yo. L'ap wete yo anba men mechan yo, paske se anba zèl li y'al chache pwoteksyon.
Menm jan nou soufri ak Kris la nan tout soufrans li yo, konsa tou, gremesi Kris la, nou resevwa yon gwo ankourajman. Si mwen menm mwen nan lapenn, se pou nou menm, moun Korent yo, nou ka resevwa ankourajman pou nou ka delivre. Si mwen menm mwen resevwa ankourajman, se pou nou menm nou ka ankouraje, pou nou ka resevwa fòs kouray pou sipòte avèk pasyans soufrans mwen menm m'ap sipòte a. Se konsa, mwen gen fèm espwa sa a pou nou, moun Korent, paske mwen konn sa byen, menm jan nou soufri ansanm avè m nan tout lapenn mwen yo, konsa tou n'a resevwa pa nou nan ankourajman Bondye ap ban mwen an.
Ou pa bezwen pè pou sa ou pral soufri ankò. Koute, Satan pral chache sonde nou tout, li pral jete anpil nan nou nan prizon. Nou pral soufri pandan dis jou. Men, kenbe fèm menm si nou gen pou n mouri. M'a ban nou lavi pou rekonpans.
Apòt yo kite Gran Konsèy la. Yo te kontan dèske Bondye te wè yo merite pou moun te avili yo konsa poutèt non Jezi.
(2) Se Bondye ki tout pwoteksyon nou, se li menm ki tout fòs nou. Li toujou pare pou ban nou sekou lè nou anba tray. (11) Li di: — Rete la! Sispann goumen! Konnen se mwen menm ki Bondye. Se mwen k'ap donminen sou tout nasyon yo. Se mwen k'ap donminen sou tout latè. (12) Senyè ki gen tout pouvwa a la avèk nou. Se bò kote Bondye Jakòb la nou jwenn kote pou n kache! (3) Se poutèt sa, nou te mèt wè tè a ap tranble, nou te mèt wè mòn yo ap chavire tonbe nan mitan lanmè, nou pa bezwen pè anyen.
Ki lwanj ki gen nan sa si nou sipòte lè y'ap maltrete nou pou sa nou fè ki mal? Men, si lè nou fè byen, nou sipòte tou sa y'ap fè nou soufri poutèt byen nou fè a, sa se yon bèl bagay devan Bondye. Se pou sa menm Bondye te rele nou, paske Kris la te soufri pou nou. Li kite yon egzanp pou nou swiv pye pou pye.
(4) Bondye ki anwo nan syèl la, lè mwen pè, se nan ou mwen mete tout konfyans mwen. (5) Mwen gen konfyans nan Bondye. M'ap fè lwanj pawòl li. Mwen pa pè anyen. Kisa lèzòm ka fè m?
Pou mwen, nou pa ka konpare sa n'ap soufri kounyeya ak bèl bagay Bondye pral fè nou wè yo.
pou pèsonn pa febli nan mitan tribilasyon sa yo. Nou menm, moun lavil Tesalonik, se pou n soufri bagay sa yo paske Bondye te wè davans sa ta pral rive nou. Lè m te la nan mitan nou, mwen te pale nou davans nou ta pral gen anpil lafliksyon. Nou wè se sa menm ki rive nou.
Nou pa bezwen pè moun ki kapab touye kò nou, men ki pa kapab touye nanm nou. Se Bondye pou nou pè pito, paske li menm li kapab detwi nanm nou ansanm ak tout kò nou nan lanfè.
Li te pito kite yo maltrete li ansanm ak pèp Bondye a, pase pou l te asepte pran plezi l nan peche pou yon ti tan. Tankou moun Bondye te chwazi pou voye a, li te konsidere li te pi rich lè yo t'ap pase l nan betiz pase si l te gen tout richès ki nan peyi Lejip la. Tou sa, paske je l te fikse sou rekonpans Bondye t'ap pare pou li a.
Mwen sèten Bondye ki te konmanse bon travay sa a nan nou, li gen pou l kontinye l jouk li va fini l nèt, lè jou Jezikri a va rive.
Sèl bagay, se pou nou toujou rekonèt se Kris la ki sèl Mèt nan lavi nou. Se pou nou toujou pare pou n'reponn chak fwa moun mande nou esplikasyon sou espwa nou gen nan nou an.
(16) Lavi m nan men ou. Delivre m anba lènmi m yo, anba moun k'ap pèsekite m yo. (17) Se sèvi m'ap sèvi ou, tanpri, fè m santi ou la avèk mwen. Delivre m, paske ou renmen m.
— M'ap ban nou kè poze. M'ap fè kè nou poze nan jan pa mwen. Mwen p'ap fè li pou nou jan sa fèt dapre prensip ki nan lemonn. Pa kite anyen toumante tèt nou, nou pa bezwen pè.
Senyè a p'ap voye pèp li a jete, li p'ap vire do bay moun ki pou li yo. Lè sa a, moun va jwenn jistis nan tribinal, tout moun ki mache dwat va dakò avèk sa.
Pou fini, chache fòs nou nan lavi n'ap mennen ansanm ak Senyè a ak nan gwo pouvwa li. Pran mete sou nou tout kalite zam Bondye ban nou pou nou ka kenbe tèt anba riz Satan. Paske, se pa ak moun nou gen pou nou goumen. Men, se ak move lespri ki nan syèl la, ak chèf, ak pouvwa, ak otorite k'ap gouvènen nan fènwa ki sou latè a.
Senyè a, Bondye a, ap pote m sekou. Se poutèt sa, jouman yo pa ka fè m anyen. Mwen sere dan m, mwen mare kè m pou m soufri. Mwen sèten, Bondye p'ap fè m wont.
Se sa ki fè mwen pa janm dekouraje. Menm si kò mwen ap bese chak jou, men lespri m' rete toujou jenn. Sa m'ap sibi kounyeya, se yon ti soufrans ki la pou pase. Men, soufrans sa a ap pare pou mwen yon bèl pouvwa k'ap la pou tout tan, pouvwa ki depase ti soufrans sa a anpil. Paske, mwen p'ap konsidere bagay moun wè, men bagay moun pa wè. Sa moun wè, se bagay ki pa la pou lontan, men sa moun pa wè, se bagay ki la pou tout tan.
Paske, Lespri Bondye ban nou an pa fè nou wont moun. Okontrè, Lespri Bondye a ban nou fòs, renmen ak pouvwa pou kontwole tèt nou. Ou pa bezwen wont kanpe pale pou Senyè nou an. Ou pa bezwen wont pou mwen nonplis ki nan prizon pou tèt li. Okontrè, avèk fòs kouray Bondye ap ba ou a, se pou ou asepte soufri avè m pou bòn nouvèl la.
(3) Se ou menm ki twou wòch kote m kache a. Se ou menm ki sèvi m ranpa. Se ou menm ki delivre m. Ou se Bondye mwen, se ou menm ki pwoteje m. Se nan ou mwen mete tout konfyans mwen. Se ou ki tout defans mwen. Se fòs ou k'ap sove m. Se anba zèl ou mwen jwenn kote pou m kache.
Si ou pè sa moun ap di, ou antrave. Men, si ou mete konfyans ou nan Senyè a, ou pa bezwen pè anyen.
Mwen mande Bondye ki bay espwa a pou l fè kè nou kontan nèt, pou l fè kè nou poze ak konfyans nou gen nan li a. Se konsa espwa nou va toujou ap grandi ak pouvwa Sentespri a.
Lè yon moun pèdi souf, li ba li fòs. Lè yon moun febli, li ba l kouray ankò! Yo vvwa rele byen fò, li di: — Pare chemen Senyè a nan dezè a. Louvri yon wout nan savann nan pou Bondye nou an. Jenn gason konn pèdi souf, yo konn bouke. Lè konsa, yo bite, yo tonbe. Men, Senyè a ap bay moun ki mete konfyans yo nan li fòs ankò. Tankou malfini, y'ap pran zèl pou yo leve ale. Y'ap kouri san yo p'ap janm bouke. Y'ap mache, yo p'ap janm febli.
Okontrè, nan tout bagay, mwen fè tout moun wè se Bondye m'ap sèvi. Se avèk anpil pasyans mwen sipòte tout kalite soufrans, tout kalite lafliksyon ak tout kalite kè sere. Yo bat mwen, yo mete m' nan prizon. Yo moute tèt moun fè bann kont mwen, travay fin kraze m', nan pase nwit san dòmi, nan rete san manje.
Pa kite renmen lajan pran nanm nou. Se pou nou kontan ak sa nou genyen. Paske Bondye te di: Mwen p'ap janm vire do ba ou, mwen p'ap janm lage ou. Konsa, nou kapab di avèk konfyans: Se Bondye k'ap vin ede mwen. Mwen pa pè anyen. Kisa moun ka fè mwen?
Men anvan tou sa, y'ap arete nou, y'ap maltrete nou. Y'ap trennen nou nan sinagòg pou yo jije nou. Y'ap mete nou nan prizon, y'ap fè nou konparèt devan wa ak chèf gouvènman poutèt mwen. Se va yon bèl okazyon pou nou kanpe pale verite a.
Se poutèt sa, soumèt nou devan Bondye ki gen pouvwa, konsa l'a leve nou lè pou l leve nou an. Lage tout tèt chaje nou yo ba li, paske l'ap pran swen nou.
Si yo tonbe, yo p'ap rete atè a. Paske Senyè a ap ba yo men. Depi mwen timoun jouk mwen vin granmoun, mwen pa janm wè Bondye lage yon moun ki mache dwat, ni mwen pa janm wè pitit pitit li yo ap mande charite. Okontrè, moun ki mache dwat la toujou gen kè sansib pou l bay, pou li prete moun tou. Tout pitit pitit li yo tounen yon benediksyon pou lòt moun.
Frè m yo, se pou nou santi nou kontan anpil lè nou wè nou tonbe anba nenpòt kalite eprèv. Paske, kòlè lèzòm pa ka fè volonte Bondye. Se poutèt sa, derasinen tout vye abitid ki pa dakò ak volonte Bondye ansanm ak tout kras mechanste ki nan lavi nou, voye yo jete. Soumèt nou devan Bondye, asepte pawòl li te plante nan kè nou an, paske se pawòl sa a ki ka sove nanm nou. Se pou nou fè tou sa pawòl la mande nou fè. Pa rete ap koute ase. Lè sa a, se pwòp tèt nou n'ap twonpe. Paske, lè yon moun tande pawòl la ase, san li pa fè sa pawòl la mande l fè, li tankou yon moun ki gade figi l nan yon glas. Men, kou l vire do l ale, lamenm li bliye kisa li sanble. Men, moun ki fikse je l sou lalwa ki bon nèt la, lalwa ki bay libète a, si l sòti pou l fè sa lalwa a mande, si li pa yon moun ki kite pawòl la antre nan yon zòrèy sòti nan yon lòt, men ki fè sa lalwa a mande, moun sa a va jwenn benediksyon nan sa l'ap fè a. Si yon moun kwè l'ap sèvi Bondye, pou anmenmtan li pa bride lang li, se tèt li l'ap twonpe. Sèvi Bondye jan sa a pa vo anyen. Men jan pou nou sèvi Bondye Papa a si nou vle sèvi li yon jan ki dakò ak volonte Bondye, yon jan ki bon tout bon devan li: Pote sekou bay òfelen san papa yo. Bay vèv yo lasistans lè yo nan lafliksyon. Pa mele nan move bagay k'ap fèt sou latè pou nou pa pèdi kondisyon nou. Paske, nou konnen byen lè nou tonbe anba eprèv akoz konfyans nou gen nan Bondye, sa fè nou gen pasyans. Men, fòk pasyans sa a fin fè travay li nèt pou nou kapab bon nèt sou tout pwen, byen devlope, san nou pa manke anyen.
Pa bay kò nou traka pou anyen. Men, nan tout sikonstans mande Bondye tou sa nou bezwen nan lapriyè. Toujou chonje di l mèsi tou lè n'ap lapriyè. Konsa, Bondye va ban nou kè poze nan jan pa l, bagay lèzòm pa ka konprann. La kenbe kè nou ak lespri nou fèm nan Jezikri.
Se sa k fè, sa fè m plezi pou m nonmen non nou nan tout legliz Bondye yo, pou jan nou gen pasyans, jan nou kenbe konfyans nou fèm nan Bondye nan mitan tout pèsekisyon ak soufrans k'ap tonbe sou nou. Sa fè moun wè se Bondye ki gen rezon lè l'ap jije. Paske, avèk tou sa n'ap sipòte kounyeya, n'ap fin bon nèt pou nou ka antre nan peyi kote Bondye wa a. Se pou peyi sa a menm n'ap soufri konsa.
Senyè a, se yon gwo ranpa byen solid. Se la moun k'ap mache dwat yo kouri al chache pwoteksyon.
Ou menm, Bondye, w'ap ba yo kè poze! Moun ki toujou kenbe pwomès yo, wi, w'ap ba yo kè poze, paske yo mete konfyans yo nan ou!
Bondye di: M'ap sove moun ki renmen mwen, m'ap pwoteje moun ki konnen mwen. Lè l rele m, m'ap reponn li. Lè l nan tray, m'ap la avèk li. M'ap delivre l, m'ap fè yo respekte l.
Se sa k fè, mwen mande nou pou nou pa dekouraje poutèt soufrans m'ap sibi pou nou yo, paske se yon bèl avantaj sa ye pou nou.
Vè menwi konsa, Pòl ak Silas t'ap lapriyè, yo t'ap chante fè lwanj pou Bondye. Lòt prizonye yo menm t'ap koute. Epi, yo rete konsa, tè a pran tranble byen fò, li souke prizon an jouk nan fondasyon li. Menm lè a, tout pòt prizon yo louvri, chenn tout prizonye yo kase.
Tansèlman, nou konn sa byen: nan tout bagay, Bondye ap travay pou byen tout moun ki renmen l, pou byen tout moun li te fè lide rele.
Mwen fin mennen batay la byen mennen, mwen rive nan bout kous mwen, mwen kenbe konfyans mwen fèm nan Bondye. Kounyeya, se rekonpans mwen m'ap tann pou lavi dwat mwen te mennen an. Lè gran jou a va rive, Senyè k'ap jije san patipri a ap mete rekonpans mwen an tankou yon kouwòn sou tèt mwen. Men, se pa mwen ase l'ap bay li. Tout moun k'ap tann ak tout kè yo lè la gen pou l parèt la, va resevwa l tou.
Se pou syèl la kontan! Se pou tè a fè fèt! Se pou mòn yo rele tèlman yo kontan! Paske Senyè a pral bay pèp li a kouray, l'ap gen pitye pou pèp li a ki nan lapenn.
Konsa, nou la nan mitan foul moun sa yo ki te moutre jan yo te gen konfyans nan Bondye. Ann voye tout bagay k'ap antrave kous nou jete byen lwen, ansanm ak peche a ki fasil pou vlope nou. Ann kouri avèk pasyans nan chemen Bondye mete devan nou an. Papa nou sou latè a te konn pini nou pou yon ti tan, dapre sa yo te kwè ki te bon. Men, Bondye pini nou pou byen pa nou menm, pou nou ka rive viv menm jan l'ap viv la. Lè y'ap rale zòrèy nou, sa fè nou pi tris pase sa fè nou kontan. Men pita, moun ki soti byen pare, apre tout egzèsis sa yo, yo pral mennen yon lavi dwat ak kè poze. Se poutèt sa, souke kò nou. Pa kite fatig antre sou nou. Mache kote ki plat pou pye k'ap bwete a pa foule pi plis, okontrè pou l ka geri. Chache viv ak kè poze ak tout moun. Mennen yon lavi apa pou Bondye. Si se pa sa, pa gen moun k'ap wè Senyè a. Pa kite pèsonn vire do bay favè Bondye a. Pa kite pèsonn tounen tankou yon plant anmè k'ap pouse rasin k'ap anpwazonnen lòt yo. Pa kite pèsonn tonbe nan move vis, ni pèdi respè yo dwe genyen pou bagay ki fèt pou respekte, tankou Ezayi ki te vann dwa li kòm premye pitit pou yon plat manje. Nou konnen ki jan pita, lè li te vle resevwa benediksyon papa li, yo te mete l sou kote. Malgre tout kriye li te kriye bay papa a, pat gen mwayen chanje sa ki te fin fèt la. Nou pat pwoche bò kote yon bagay nou ka manyen tankou pèp Izrayèl la ki te pwoche bò kote Mòn Sinayi a. Sou mòn sa a te gen yon gwo dife ansanm ak yon fènwa ki pat piti, te gen yon bann bagay tou pou fè moun pè. Yon gwo van tanpèt t'ap soufle sou mòn lan. Yo te tande son klewon k'ap kònen, ansanm ak vwa yon moun k'ap pale. Lè pitit Izrayèl yo tande vwa sa a, yo mande l sispann pale. Ann kenbe je nou kole sou Jezi. Se nan li konfyans nou sòti, se li menm tou k'ap kenbe nou nan konfyans sa a jouk sa kaba. Li kite yo fè l soufri sou kwa a. Li pa pran wont sa a pou anyen, paske li te toujou chonje apre l te fin soufri a, Bondye t'ap fè kè l kontan. Kifè kounyeya li chita sou bò dwat fòtèy Bondye a.
Frè nou yo goumen ak li jouk yo gen batay la, gremesi san ti Mouton an ki te koule ak verite yo t'ap pibliye a: yo pat renmen lavi yo jouk pou yo ta pè lanmò.
— Nou menm ki zanmi m, m'ap di nou sa. Nou pa bezwen pè moun ki touye kò men ki pa kapab fè anyen plis pase sa. Nou menm tou, se pou n' toujou pare. Paske Moun Bondye voye nan lachè a, li va vini sanzatann! Lè sa a Pyè di li: — Mèt, parabòl sa a, se pou nou menm sèlman osinon pou tout moun ou di li? Jezi reponn li: — Ki moun ki ka di li se yon jeran ki fè tout travay li byen, epi ki konn kenbe tèt li anplas? Se moun sa a mèt kay la va mete pou veye sou tout moun nan kay la, pou bay lòt domestik yo manje lè pou yo manje. Se va bèl bagay pou domestik sa a, si mèt la jwenn li ap fè travay li lè l tounen lakay la. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: mèt la va mete l reskonsab tout byen l yo. Men, si domestik sa a te di nan kè l: Mèt mwen ap fè reta. Li poko ap vini. Epi, li tonbe bat lòt sèvitè yo, fi kou gason, li rete ap plede manje, bwè jouk li sou; mèt domestik sa a va rive jou l pa t'ap tann, yon lè li p'ap konnen. L'ap rachonnen l anba kou, l'ap aji avè l menm jan yo aji ak moun ki pa fè travay yo. — Yon domestik ki konnen sa mèt li vle, men ki pa janm pare epi ki pa fè sa mèt la vle, domestik sa a anba kou. Men, yon domestik ki pa konn sa mèt li vle, lèfini k'ap fè bagay ki merite pou yo bat li, y'ap bay domestik sa a de twa kou sèlman. Moun yo bay anpil, y'ap mande l anpil tou. Moun yo mete reskonsab anpil bagay, y'ap egzije plis ankò nan men li. — Mwen vini jete yon dife sou latè. Mwen ta renmen wè dife sa a limen deja! M'ap moutre nou moun pou nou pè a: Se Bondye pou nou pè. Lè Bondye fin touye, li gen pouvwa pou l jete nan lanfè apre sa. Wi, mwen di nou se li menm pou nou pè.
Moun k'ap chache asire lavi l va pèdi li. Men, moun ki va pèdi lavi l poutèt mwen va jwenn li ankò.
(1b) Mwen leve je m, mwen gade mòn yo, mwen di: — Ki bò m'a jwenn sekou? Sekou mwen sòti nan men Senyè a. Se li menm ki fè syèl la ak latè a.
Pale ak moun ki dekouraje yo. Di yo konsa: Pran kouray! Pa pè! Men Bondye nou an ap vini! Li pral tire revanj sou lènmi nou yo, li pral fè yo peye sa yo fè. Se li menm menm ki pral fè sa pou l ka delivre nou.
Se poutèt sa, ann pwoche avèk konfyans devan fòtèy kote Bondye ki renmen nou an chita. Se la n'a jwenn padon pou peche nou yo, se la n'a jwenn pou gremesi sekou n'a bezwen lè nou nan nesesite.
Ann fè lwanj Bondye ki papa Jezikri, Senyè nou an, Papa ki gen kè sansib la, Bondye ki toujou la pou ban nou ankourajman an. Li ankouraje nou nan tout lapenn nou, konsa nou menm tou nou ka ankouraje moun ki nan tout kalite lapenn lè n'a ba yo menm ankourajman nou te resevwa nan men li an.
Jezi pale ankò ak foul moun yo, li di: — Se mwen menm ki limyè k'ap klere tout moun ki sou latè. Moun ki swiv mwen va gen limyè ki bay lavi a. Yo p'ap janm mache nan fènwa.
Senyè a pou mwen, mwen pa pè anyen. Kisa moun ka fè m? Se Senyè a k'ap ede mwen. Se konsa m'ap kanpe gade moun ki rayi m yo.
Se poutèt sa, depi kounyeya, pran tout zam Bondye bay yo. Konsa, lè move jou a va rive, n'a ka kenbe tèt ak lènmi an. Lè batay la va fini nèt, n'a kanpe la byen fèm nan pozisyon nou toujou. Pare kò nou: mare verite a tankou yon sentiwon nan ren nou. Pwoteje nou ak jistis Bondye a tankou plak pwotèj sòlda yo mete sou lestonmak yo pou pwoteje yo. Pou soulye nan pye nou, mete aktivite pou anonse bòn nouvèl k'ap fè moun viv ak kè poze a. Toujou pran konfyans nou gen nan Bondye a tankou yon defans ki va penmèt nou pare tout flèch Satan an ap voye tou limen sou nou. Resevwa pouvwa Bondye k'ap delivre nou an tankou yon kas an fè nan tèt nou. Asepte pawòl Bondye a tankou yon nepe Sentespri a ban nou.
Pandan yo t'ap voye wòch sou Etyèn, Etyèn menm t'ap lapriyè, li t'ap di: — Senyè Jezi, resevwa lespri mwen. Men sa Bondye te di l: Pitit pitit ou yo gen pou y'al viv nan yon peyi etranje, kote y'ap fè yo tounen esklav, kote y'ap maltrete yo pandan katsanzan (400 an). Apre sa, li tonbe ajenou, li rele byen fò: — Senyè, pa mete peche sa a sou kont yo. Lè l fin di sa, li mouri.
Se sa k fè tou mwen kontan anpil lè m santi m fèb, lè y'ap joure m, lè m nan lafliksyon, lè m anba pèsekisyon, lè m nan difikilte, lè m'ap sibi tou sa akòz Kris la. Paske lè m fèb, se lè sa a mwen gen fòs.
(2) Se sou Bondye sèlman mwen konte, se li menm ki pou delivre mwen. (11) Pa mete konfyans nou nan fè britalite. Pa mete nan tèt nou nou ka genyen anyen nan vòlò. Lè nou wè n'ap fè lajan, pa kite l pran nanm nou. (12) An de fwa, men sa m tande Bondye di: — Se nan men m pouvwa rete. (13) Wi, Senyè, ou gen bon kè, paske w'ap bay chak moun sa yo merite dapre sa yo fè. (3) Se li menm ase k'ap pwoteje m, k'ap delivre m. Se li ki tout defans mwen. Li p'ap janm kite anyen rive m.
Men Senyè ki gen tout pouvwa a! L'ap vini avèk tout fòs kouray li. Li pral pran pouvwa a nan men l. L'ap mennen moun li te delivre yo avè l. Y'ap mache devan l! Se rekonpans li. Se rezilta travay li.
Mwen se pye rezen an, nou se branch yo. Moun ki fè yonn avè m, moun mwen fè yonn ak li, l'ap donnen anpil, paske nou pa kapab fè anyen san mwen.
Se poutèt sa, desann nou devan Bondye. Men, pran pozisyon kont Satan, la kouri kite nou. Pwoche bò kote Bondye, Bondye va pwoche bò kote nou tou. Nou menm k'ap fè peche, lave men nou. Netwaye kè nou, nou menm k'ap woule de bò.
Men, nou menm, pitit mwen yo, nou se moun Bondye, nou kraze fo pwofèt yo, paske lespri ki nan nou an gen plis pouvwa pase lespri ki nan moun ki pou lemonn yo.
— Se pou moun ki gen zòrèy pou yo tande tande sa Lespri Bondye a ap di legliz yo! — Tout moun ki va goumen jouk yo genyen batay la, m'ap ba yo dwa pou yo manje nan pyebwa ki bay lavi a, pyebwa ki nan mitan jaden Bondye a.
Menm lè mwen nan gwo tèt chaje, ou pa kite m mouri. Ou leve men ou pou rete lènmi m yo ki ankòlè. Ou sove m avèk fòs ponyèt ou.
(23) Renmèt sò ou nan men Senyè a, l'a kenbe ou fèm. Li p'ap janm kite moun ki mache dwat devan li yo rete atè lè yo tonbe.
Men, Bondye ap toujou kenbe pawòl li. L'ap ban nou fòs, l'a pwoteje nou anba Satan.
Se pou nou vanyan. Se pou nou mete gason sou nou! Nou pa bezwen pè. Pa tranble lè yo parèt devan nou. Senyè a, Bondye nou an, kanpe la avèk nou. Li p'ap janm lage nou, li p'ap janm kite nou pou kont nou.
si n'ap mouri, n'ap mouri pou Senyè a tou. Konsa, kit nou vivan, kit nou mouri, se pou Senyè a nou ye.
Mete tout konfyans ou nan Senyè a. Pa gade sou sa ou konnen. Toujou chonje Senyè a nan tou sa w'ap fè. Li menm, la moutre ou chemen pou ou pran.
Senyè a ap pwoteje m, l'ap pran defans mwen. Mwen mete tout konfyans mwen nan li. Li ede m, kè m kontan. M'ap chante pou m fè lwanj li.
Paske, depi se pitit Bondye ou ye, ou kapab genyen batay la sou lemonn. Men ki jan nou fè genyen batay la sou lemonn, se paske nou gen konfyans nan Bondye. Ki moun ki ka genyen batay la sou lemonn? Se sèlman moun ki kwè Jezi se pitit Bondye a.
Se Bondye ki delivre m! Mwen gen konfyans nan li. Kè m pa kase ankò! Se Senyè a ki tout fòs mwen. Se pou li m'ap chante. Se li menm ki delivre m!
(1b) Lwanj pou Bondye! Se li ki pwoteksyon mwen, se li ki moutre m jan pou m goumen, se li ki pare m pou m al nan batay. Se ou menm ki fè wa yo genyen nan lagè. Se ou ki delivre David, sèvitè ou la. Delivre m anba bann mechan sa yo ki sòti pou touye m, delivre m anba men moun lòt nasyon yo. Bonjou yo pa laverite. Menm lè y'ap sèmante, se manti y'ap fè. Se pou pitit gason nou yo tankou jenn plant k'ap pouse. Se pou pitit fi nou yo tankou bèl poto byen travay ki nan tout kwen Tanp lan. Se pou galata nou yo plen manje tout kalite, se pou mouton ki nan savann nou yo fè anpil anpil pitit. Se pou bèf nou yo toujou bay rapò, san yo pa fè avòtman, ni pèt. Se pou lènmi pa anvayi peyi a. Pa kite yo depòte nou. Se pou pa gen okenn rèl nan lari nou yo. Ala bon sa bon lè sa mache konsa pou pèp la! Ala bon sa bon pou yon pèp ki gen Senyè a pou Bondye li! Se sou li mwen konte se li ki tout defans mwen. Se li ki sèvi m ranpa, se li ki tout delivrans mwen, Se li ki pwoteksyon mwen, se anba zèl li mwen kache. Se li ki fè pèp li soumèt devan mwen.
Tout moun Papa a ban mwen, gen pou vin jwenn mwen. Mwen p'ap janm mete moun ki vin jwenn mwen yo deyò.
Nou pa manke kontan menm lè n'ap soufri. Poukisa? Paske nou konnen lè n'ap soufri sa fè nou gen pasyans. Lè nou gen pasyans konsa, sa ban nou kouray pou nou soufri. Plis nou gen kouray, se plis nou gen espwa.
Nou menm ki konnen sa ki dwat, koute sa m'ap di nou. Nou menm k'ap mache selon kòmandman mwen yo, nou pa bezwen pè lè moun ap trennen nou nan labou. Nou pa bezwen tranble lè moun ap joure nou. Moun sa yo pral disparèt tankou rad sizo ap devore. Yo pral fini tankou twal kanni. Men delivrans m'ap ban nou an ap la pou tout tan. Pitit pitit nou yo p'ap janm nan ka pou mwen delivre yo ankò.
Kounyeya, frè m yo, mwen kite nou. Chache pou nou vin bon nèt sou tout pwen. Se pou nou yonn ankouraje lòt, mete nou dakò yonn ak lòt, viv ak kè poze. Bondye ki bay renmen ak kè poze a, va toujou avè nou.
(8) Zanj Senyè a kanpe bò kote tout moun ki gen krentif pou li, pou pwoteje yo. Li delivre yo lè yo nan danje.
Se mwen menm, Senyè a, ki Bondye nou! M'ap pran men nou, m'ap di nou: Nou pa bezwen pè. M'ap ede nou! Nou menm fanmi Jakòb yo, moun Izrayèl yo, nou te mèt piti tankou yon vètè, fèb tankou yon chini, nou pa bezwen pè. Se mwen menm k'ap ede nou, mwen menm, Bondye pèp Izrayèl la, ki yon Bondye apa. Se mwen menm k'ap delivre nou. Se Senyè a menm ki di sa!
(12) Paske, se Senyè a ki tout defans mwen, se li menm k'ap pwoteje nou. L'ap ban nou favè li, l'ap fè yo respekte nou. Lè yon moun ap mennen yon vi ki san repwòch, Bondye p'ap janm refize l okenn bon bagay.
Konsa, frè m yo, kenbe fèm, pa brannen. Se pou n toujou pi cho nan travay Senyè a, paske nou konnen travay n'ap fè pandan n'ap viv ansanm ak Senyè a p'ap janm pèdi.
Mwen mande l pou nou ka konnen tou ki jan pouvwa li k'ap travay nan nou menm ki kwè nan li a, se yon gwo pouvwa ki san limit. Se menm gwo pouvwa sa a Bondye te fè moun wè, Mwen mande Bondye Papa nou ansanm ak Jezikri, Senyè nou, pou yo ban nou benediksyon ak kè poze. lè li resisite Kris la nan mitan mò yo, li fè li chita adwat li nan syèl la.
Konsa, m'ap kouri dwat devan m sou mak kote m prale a, pou m ka jwenn rekonpans Bondye rele m vin resevwa nan syèl la, gremesi Jezikri.
Kounyeya, Bondye, gade ki jan y'ap fè nou menas. Bay sèvitè ou yo fòs pou yo ka fè konnen mesay ou a avèk konviksyon. Yo arete yo, yo mete yo nan prizon pou jouk nan denmen paske solèy te fin kouche. Lonje men ou pou yo ka fè gerizon, mirak ak lòt bèl bagay nan non Jezi, sèvitè ki te viv pou ou a. Lè yo fin lapriyè, kote yo te ye a pran tranble. Yo tout te anba pouvwa Sentespri, epi yo pran anonse pawòl Bondye a avèk konviksyon.
Nou konnen pèsonn pa ka fè Bondye plezi si li pa gen konfyans nan Bondye. Moun ki vle pwoche bò kote Bondye, se pou yo kwè gen yon Bondye, yon Bondye k'ap rekonpanse tout moun k'ap chache li.
Men nou menm, nou se yon ras Bondye chwazi, prèt k'ap sèvi wa a, nasyon k'ap viv apa pou Bondye, pèp li peye pou li a. Li fè tou sa, pou nou te ka fè tout moun konnen bèl bagay Bondye te fè yo, Bondye ki rele nou soti nan fènwa a pou nou antre nan bèl limyè li a.
M'ap fè avèg yo mache sou yon wout yo pat janm konnen anvan. M'ap pran men yo, m'ap mennen yo sou chemen yo pat janm konn fè anvan. M'ap fè kote ki fè nwa yo vin fè klè, kote ki gen anpil bit ak twou yo vin plat. Se tout bagay sa yo mwen pral fè rive. Wi, m'ap fè yo rive vre.
Pito nou chache bay bagay peyi Wa ki nan syèl la premye plas nan lavi nou, chache viv jan Bondye vle l la anvan. Lè sa a, Bondye va ban nou tout lòt bagay sa yo tou.
Se pa solèy la ki pral klere nou lajounen. Ni nou p'ap bezwen klète lalin lan pou klere nou lannwit. Se mwen menm, Senyè a, ki pral sèvi nou limyè pou tout tan. Se Bondye nou an ki pral leve tèt nou. Lòt nasyon yo nan fènwa, yon nyaj kouvri lòt pèp yo. Men limyè Senyè a pral leve sou nou! Pouvwa li pral parèt sou nou! Solèy nou an p'ap janm kouche ankò. Lalin nou an p'ap janm disparèt. Se Senyè a menm ki pral sèvi nou limyè pou tout tan. Jou lafliksyon nou yo fini.
(1b) Moun ki mete konfyans yo nan Senyè a, yo tankou mòn Siyon an. Tankou l, yo p'ap janm brannen, y'ap la pou tout tan.
Bondye ki te di: Mwen vle pou limyè a klere nan mitan fènwa a, se li menm tou ki fè limyè li a klere nan kè nou pou li fè nou konnen pouvwa li ki yon limyè ki klere byen bèl nan figi Kris la.
Konsa tou, kounyeya nou nan lapenn. Men, mwen gen pou m wè nou ankò. Lè sa a, kè nou pral kontan, pèsonn p'ap ka wete kontantman sa a nan kè nou.
Men, si yon moun ap soufri paske se kretyen li ye, li pa bezwen wont pou sa. Okontrè, se pou li fè lwanj Bondye dèske li pote non Kris la.
Senyè a, Bondye nou an, la nan mitan nou! Se yon vanyan gason. Se li menm k'ap delivre nou. Li kontan wè sa n'ap fè. L'ap mete ou kanpe ankò paske li renmen ou. W'ap fè kè l kontan. L ap chante
Senyè a reponn: — Eske yon manman ka bliye pitit l'ap bay tete? Eske li ka pa sansib pou pitit ki soti nan zantray li? Menm si yon manman ta rive bliye pitit li, mwen menm, mwen p'ap janm bliye nou! Non nou tanpe nan plamen mwen. Nou pa janm soti nan lespri mwen.
Nwit lan vanse fini, jou prèt pou kase. Ann sispann fè bagay yo fè nan fènwa. Ann pran zam nou pou nou ka goumen devan tout moun. Ann mennen bak nou yon jan tankou moun k'ap viv nan limyè. Pa fè eksè ni nan manje, ni nan bwè. Pa lage tèt nou nan debòch, ni nan vis, ni nan lobo ak pesonn, ni nan jalouzi. Se pou nou pran Jezikri pou zam nou. Pa kite egzijans lachè pran pye sou nou pou fè nou fè tou sa li anvi fè.
Se sa ki fè, frè m yo, se pou nou kenbe fèm. Pa bliye tou sa nou te aprann nan bouch mwen ak nan lèt mwen an. M'ap lapriyè Jezikri, Senyè nou an, ansanm ak Bondye, Papa nou ki renmen nou, ki fè nou favè, ki ban nou yon kouray ki p'ap janm febli ansanm ak yon bèl espwa. M'ap mande yo pou yo fòtifye kè nou, pou yo ban nou fòs kouray pou nou fè tou sa ki byen, pou nou di tou sa ki byen.
Pa kite nou nan pozisyon pou n tonbe nan tantasyon, men, delivre nou anba Satan. [Paske, se pou ou tout otorite, tout pouvwa ak tout lwanj, depi tout tan ak pou tout tan. Amèn.]
Wi, pitit mwen yo, ann toujou fè yonn ak Kris la. Konsa, lè Kris la va parèt, n'a gen konfyans. Wi, jou l'a vini an, nou p'ap wont devan l, yo p'ap kapab voye nou jete byen lwen li.
Pa fè menm bagay ak sa moun ap fè sou latè. Men, kite Bondye chanje lavi nou nèt lè l'a fin chanje tout lide ki nan tèt nou. Lè sa a, n'a ka konprann sa Bondye vle, n'a konnen sa ki byen, sa ki fè l plezi, sa ki bon nèt ale.
Chache viv ak kè poze ak tout moun. Mennen yon lavi apa pou Bondye. Si se pa sa, pa gen moun k'ap wè Senyè a.
(17) Men, mwen rele Senyè a, Bondye mwen; l'a delivre mwen. (18) Maten, midi, aswè, m'ap plenyen, m'ap plenn. L'a tande vwa mwen.
Benediksyon pou moun k'ap travay pou lèzòm viv byen yonn ak lòt, paske Bondye va rele yo pitit li.
(4) Se ou ki tout pwoteksyon mwen, tout defans mwen. Tanpri, dirije m, kondi m poutèt non ou pote a. (5) Pa kite m tonbe nan pèlen yo tann pou mwen an. Se ou menm k'ap pwoteje m. (6) Mwen renmèt lespri mwen nan men ou. W'a delivre m, Senyè, paske ou se yon Bondye ki kenbe pawòl li.
Men, Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la, ki yon Bondye apa, di pèp la: Tounen vin jwenn mwen, bay kè ou repo, se la delivrans ou ye. Kenbe tèt ou anplas, fè mwen konfyans, se la fòs ou ye. Men nou pa te vle.