Gen moun espesyal Bondye mete sou wout ou, moun ki pote benediksyon ak lajwa. Mwen beni yo nan non Jezi. Bib la plen vèsè pou nou di Bondye mèsi epi pou nou beni moun sa yo. Non sèlman nou dwe beni moun sa yo, men fanmi nou, peyi nou, ak frè ak sè nou nan Kris la tou.
“Se pou Senyè a beni ou, se pou l' pwoteje ou. Se pou Senyè a fè ou santi li kontan avè ou, se pou l' gen pitye pou ou. Se pou Senyè a fè ou wè jan li renmen ou, se pou l' ba ou kè poze.” (Nonb 6:24-26). N'ap beni pastè nou yo tou, paske Bondye sèvi ak yo.
“Paske, ou menm Seyè, ou beni moun ki mache dwat devan ou. Ou pwoteje yo tankou yon gwo boukliye.” (Sòm 5:12). Nou pa dwe sèlman beni moun ki fè nou byen. Bondye mande nou pou nou beni menm moun ki fè nou mal. “Mande Bondye pou l beni moun k'ap pèsekite nou yo. Mande benediksyon pou yo, pa mande madichon.” (Women 12:14)
Mwen te grangou, nou te ban m' manje. Mwen te swaf, nou te ban m' bwè. Mwen te etranje, nou te resevwa mwen byen lakay nou.Mwen te touni, nou te ban m' rad. Mwen te malad, nou te pran swen m'. Mwen te nan prizon, nou te vizite m'.— Lè sa a, moun ki te fè byen yo va reponn li: Mèt, kilè nou te wè ou grangou pou n te ba ou manje? Kilè nou te wè ou swaf dlo pou nou te ba ou bwè?Kilè ou te etranje jouktan nou te resevwa ou lakay nou an? Kilè ou te touni, nou te gentan ba ou rad la?Kilè nou te wè ou malad, osinon nan prizon, pou n te al wè ou?Wa a va reponn yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: chak fwa nou te fè sa pou yonn nan pi piti pami frè m yo, se pou mwen nou te fè li.
si nou manje ak moun ki grangou, si nou plen vant moun ki nan nesesite, limyè va klere pou nou nan mitan fènwa. Lannwit va fè klè pou nou tankou gwo midi.
Pran defans pòv malere yo ak timoun ki san papa yo! Pran defans malere yo ak moun ki san sekou yo!Delivre pòv malere ak endijan yo! Delivre yo anba men mechan yo.
Li reponn yo: — Sa ki gen de rad, se pou yo bay sa k pa genyen an yonn. Sa ki gen manje pou manje, se pou l separe l bay yon lòt.
(2) Ala bon sa bon pou moun ki pran ka pòv yo! Senyè a va delivre l lè l'a nan tray. (3) Senyè a va pwoteje l, li p'ap kite l mouri. L'ap fè l viv ak kè kontan sou latè, li p'ap lage l nan men lènmi l yo pou yo fè sa yo vle avè l.(4) Senyè a va ba l fòs lè maladi fè l pran kabann. Senyè a va ba l gerizon lè li malad kouche.
Bay moun k'ap viv pou Bondye yo konkou lè nou wè yo nan bezwen. Resevwa moun ki vin lakay nou byen.
Lè w'ap peze pòv malere, se Bondye ki fè l la w'ap derespekte. Men, lè ou aji byen ak pòv, se pi bèl sèvis ou ka rann Bondye.
Si yon moun gen dekwa viv, li wè yon frè nan nesesite epi li pa lonje men ba li, kouman yon moun konsa ka pretann li renmen Bondye.Pitit mwen yo, piga nou renmen sèlman nan bouch, nan bèl diskou ak bèl pawòl. Se pou nou renmen tout bon vre. Se pou tout moun wè jan nou renmen lè yo wè sa n'ap fè.
— Fè atansyon lè n'ap fè devwa nou pou Bondye pou nou pa fè l yon jan pou fè moun wè. Lè nou fè l konsa, Papa nou ki nan syèl la p'ap ban nou okenn rekonpans.— Se sa ki fè tou, lè w'ap bay yon moun ki nan nesesite kichòy, ou pa bezwen fè tout moun wè sa, tankou ipokrit yo fè l nan sinagòg ak nan lari. Yo fè sa pou moun ka fè lwanj yo. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Konsa, yo tou jwenn rekonpans yo.Men, lè w'ap ede moun ki nan nesesite, fè sa yon jan pou men ki bay la, lòt men an pa bezwen konn sa.Konsa, byen ou fè a rete sekrè. Bondye ki konnen sa ou fè a, l'a ba ou rekonpans ou.
Frè m yo, kisa sa fè pou yon moun k'ap di li gen konfyans nan Bondye, si li pa fè bagay pou moutre li gen konfyans lan vre? Eske konfyans sa a ka delivre li?Sipoze gen yon frè osinon yon sè ki touni, ki pa gen manje pou li manje,si yonn nan nou di yo: Ou mèt ale. Chofe kò ou, manje plen vant ou, san li pa ba yo sa yo bezwen, kisa sa ap fè pou yo?Se konsa tou pou lafwa nan Bondye. Si li pa manifeste nan fè sa ki byen, se yon lafwa ki mouri.
Men, yon moun peyi Samari ki t'ap vwayaje sou menm wout la rive bò kote nonm lan. Kè l fè l mal lè li wè nonm lan.Li pwoche kote l, li vide lwil ak diven sou blese l yo, li panse yo. Apre sa, li mete nonm lan sou bèt li te moute a. Li mennen l nan yon lotèl kote li pran swen li.
Mwen moutre nou ki jan pou n travay di nan tou sa n'ap fè pou n ka ede pi fèb yo, pou nou toujou chonje pawòl Senyè a ki te di ak pwòp bouch li: Gen plis benediksyon pou moun k'ap bay pase pou moun k'ap resevwa.
Si ta gen yon pòv nan mitan moun pèp Izrayèl parèy nou yo k'ap viv nan yonn nan lavil nan peyi Senyè a te ban nou an, pa fèmen kè nou, pa refize lonje men bay frè nou ki nan nesesite.Okontrè, se pou nou lonje men ba li, n'a prete l lajan pou l achte tou sa li bezwen.
Chonje sa byen: Moun ki simen ti kras va rekòlte ti kras. Moun ki simen anpil va rekòlte anpil.Se pou chak moun bay jan yo te deside nan kè yo, san yo pa regrèt anyen, san moun pa bezwen fòse yo, paske Bondye renmen moun ki bay ak kè kontan.
Moun ki bay pòv p'ap janm manke anyen. Men, moun ki fè tankou li pa wè pòv yo chaje ak madichon.
Non! Men kalite jèn ki pou fè kè m kontan an: Sispann fè mechanste. Sispann fè lenjistis. Bay esklav nou yo libète! Mete chay k'ap foule moun yo atè.Separe sa nou genyen ak moun ki grangou. Louvri pòt resevwa malere ki pa gen kote pou yo dòmi. Si nou wè pwochen nou touni, ba li rad pou li mete. Pa refize lonje men sekouri pwochen ou.
Legliz ki nan peyi Masedouàn ak nan peyi Lakayi yo te pran sou yo pou yo te fè yon ofrann pou ede pòv ki nan pèp Bondye a lavil Jerizalèm.Se yo menm menm ki te fè lide sa a. Men, pou di vre, yo te dwe pòv yo sa. Paske, menm jan jwif yo te separe benediksyon ki sòti nan Lespri Bondye a avèk moun ki pat jwif yo, konsa tou, moun ki pa jwif yo gen pou devwa pou rann yo sèvis avèk byen latè yo.
Li rann jistis anfavè moun k'ap sibi lenjistis. Li bay tout moun ki grangou manje pou yo manje.Senyè a fè prizonye yo sòti nan prizon. Senyè a fè avèg yo wè ankò. Li bay tout moun ki nan lafliksyon kouray. Senyè a renmen moun ki mache dwat devan li.Senyè a pwoteje etranje k'ap viv nan peyi a. L'ap pran swen vèv yo ak òfelen san papa yo. Men li detounen plan mechan yo gen nan tèt yo.
Men, lè w'ap fè yon fèt, envite pòv yo, enfim yo, moun k'ap bwete, moun avèg yo.Konsa, se va yon benediksyon, paske yo p'ap kapab rann ou laparèy. Se Bondye ki va renmèt ou sa lè tout moun ki fè byen yo va leve sòti vivan nan lanmò.
Si nou prete yonn nan frè parèy nou yo lajan, yonn nan pòv ki nan mitan nou yo, piga nou fè tankou moun k'ap bay ponya pou nou egzije l peye enterè.Si yon nonm plannen levit li lakay ou pou ou prete l yon ti kòb, se pou ou renmèt li rad li anvan solèy kouche.Paske, se sèl rad li gen pou l mete sou li pou fredi pa bat li. Kisa pou l mete sou li pou l kouvri aswè? Si li rele mande m sekou, m'a reponn li paske mwen gen bon kè.
Bondye beni moun ki gen bon kè, paske lè moun ki gen bon kè wè yon pòv, yo separe sa yo genyen an avè l.
Mande moun ki gen anpil byen sou latè a pou yo pa kite lògèy vire tèt yo. Piga yo mete espwa yo nan richès sa yo ki pa sèten. Se pou yo mete espwa yo nan Bondye ki ban nou tout bagay an kantite pou nou ka gen jwisans yo.Mande yo pou yo fè anpil byen, pou yo ka rich devan Bondye. Piga yo chich. Se pou yo toujou pare pou separe sa yo genyen an ak lòt.Konsa, y'a anpile yon bon trezò byen solid pou pita, y'a resevwa lavi tout bon an.
Men jan pou nou sèvi Bondye Papa a si nou vle sèvi li yon jan ki dakò ak volonte Bondye, yon jan ki bon tout bon devan li: Pote sekou bay òfelen san papa yo. Bay vèv yo lasistans lè yo nan lafliksyon. Pa mele nan move bagay k'ap fèt sou latè pou nou pa pèdi kondisyon nou.
Ala bon sa bon pou moun ki gen bon kè, pou moun ki konn prete moun, pou moun ki mennen trafik li san fè vis!
Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Nenpòt moun ki va bay yonn nan ti piti sa yo menm yon gode dlo frèt paske se disip mwen li ye, moun sa a p'ap pèdi rekonpans li.
Separe sa nou genyen ak moun ki grangou. Louvri pòt resevwa malere ki pa gen kote pou yo dòmi. Si nou wè pwochen nou touni, ba li rad pou li mete. Pa refize lonje men sekouri pwochen ou.
Vann tou sa nou genyen, separe lajan an bay pòv. Chache yon bous ki p'ap chire. Sere lajan nou nan syèl kote li p'ap janm fini. Paske la, vòlò p'ap ka jwenn li, poudbwa p'ap kapab manje li.Kote richès ou ye, se la kè ou ye tou.
Lè n'ap ranmase rekòt ble nan jaden nou epi nou bliye ranmase kèk grap ki tonbe atè, pa tounen al pran yo. N'a kite yo pou moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou, pou timoun san papa ak fanm ki pèdi mari yo. N'a fè sa pou Senyè a, Bondye nou an, ka beni nou nan tou sa n'ap fè. Lè n'ap keyi oliv, nou pa bezwen pase yon dezyèm fwa pou keyi sa ki te rete yo. N'a kite yo pou moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou yo, pou ti òfelen san papa yo ak pou vèv yo.Lè nou fin koupe grap rezen nan jaden nou yo, pa tounen yon dezyèm fwa anba chak pye rezen pou repase branch yo. Sa ki va rete a, n'a kite yo pou moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou yo, pou timoun ki san papa ak pou fanm ki pèdi mari yo.
Se pou nou yonn renmen lòt tankou frè ak frè k'ap viv ansanm ak Kris la. Nan tou sa n'ap fè, se pou nou gen respè yonn pou lòt, pa konsidere tèt nou anvan.
(1b) Se pou Senyè a tè a ye ansanm ak tou sa ki sou li. Se pou Senyè a lemonn antye ansanm ak tou sa k'ap viv ladan l.
Sa pa vle di se pou nou mete tèt nou nan lamizè lè n'ap soulaje lòt moun. Men, se pou tout moun menm jan.Si kounyeya nou gen anpil, se pou n ede sa ki nan nesesite yo. Si yon jou pita nou vin nan nesesite, epi yo menm yo gen anpil, lè sa a y'a kapab ede nou tou. Konsa tout moun va menm jan,dapre sa ki te ekri nan Liv la: Moun ki te ranmase plis yo pat gen twòp. Moun ki te ranmase pi piti yo pat manke anyen.
— Tou sa nou vle lòt moun fè pou nou, nou menm tou, fè li pou yo tou. Se sa lalwa Moyiz la ak liv pwofèt yo mande nou fè.
Yon sèl bagay yo te mande nou: se pou n te toujou chonje pòv ki nan legliz yo. Nou pat janm manke fè sa.
Pa bliye, se pou nou fè sa ki byen, se pou nou yonn ede lòt. Se ofrann konsa ki fè Bondye plezi.
Senyè, wa koute moun ki soumèt devan ou lè y'ap lapriyè. W'a ba yo kouray.W'a tande rèl moun y'ap peze yo, rèl timoun ki san papa yo. W'a fè yo jistis. Konsa, lèzòm ki fèt ak pousyè tè p'ap kapab fè moun pè ankò.
Bay, Bondye va ban nou. L'a lage yon bon mezi, byen souke, byen foule, ak tout tiyon l, nan pòch rad nou. Mezi nou sèvi pou mezire lòt yo, se li menm Bondye va pran pou mezire nou tou.
Pandan sizan n'a travay tè a, epi n'a ranmase sa li bay.Men, sou setyèm lanne a, n'a kite tè a poze. Menm si li bay kichòy, nou p'ap ranmase anyen sou li. N'a kite rekòt la pou pòv malere yo. Rès la va rete pou bèt nan bwa manje. N'a fè menm bagay la tou pou jaden rezen ak jaden oliv nou yo.
Senyè a pwoteje etranje k'ap viv nan peyi a. L'ap pran swen vèv yo ak òfelen san papa yo. Men li detounen plan mechan yo gen nan tèt yo.
Bondye menm gen pouvwa pou l ban nou tout kalite benediksyon an kantite. Li fè sa, pa sèlman pou nou ka toujou genyen tou sa nou bezwen, men pou nou ka gen rès ki rete pou n fè tout kalite bon zèv.
Konsa tou, se pou limyè nou klere devan tout moun, pou lè yo wè tout byen n'ap fè yo, y'a fè lwanj Papa nou ki nan syèl la.
Moun ki gen renmen nan kè yo pa fè moun mal: se sa k fè lè nou renmen, nou fè tou sa lalwa a mande nou fè.
(34) Senyè a koute lè pòv yo ap lapriyè nan pye l. Li pa bliye moun pa l yo lè yo nan prizon.
Moun ki vin rich nan prete moun lajan, nan bay kout ponya, se anpile y'ap anpile lajan pou moun ki konn pran ka malere.
Chak moun dwe pran kado Bondye ba yo a pou yo rann lòt yo sèvis. Konsa, tankou bon jeran, n'a pran kado Bondye yo, ki divès kalite, n'a fè yo travay.
Li bay pòv malere a men pou fè l leve sòti nan pousyè a. Li wete l nan mizè.Li fè l chita menm kote ak chèf yo, wi, sou menm tab ak chèf pèp li a.
Chak twazan, n'a bay ladim, yon dizyèm nan tout bagay nou rekòlte. N'a ranmase sa n'ap bay la, n'a mache nan tout vil yo, n'a bay prèt yo, moun lòt nasyon yo, òfelen san papa yo ak vèv yo, pou yo tout ka jwenn kont manje yo.Lèfini, n'a parèt devan lotèl Senyè a, Bondye nou an, n'a di l: — Mwen pa kite lakay mwen anyen nan sa mwen fèt pou mete apa pou ou. Mwen mache bay prèt yo, moun lòt nasyon yo, timoun san papa ak vèv yo, dapre lòd ou te ban mwen. Mwen fè tou sa ou te mande m fè sou kèsyon sa a. Mwen pa bliye angen nan tou sa ou di m.
Lè sa a, si nou lapriyè nan pye m, m'a reponn nou. Si nou rele m, m'a di men mwen! Si nou rache tout mechanste nan kè nou voye jete, si nou sispann kraponnen moun, si nou sispann pale moun mal,
Wa a va reponn yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: chak fwa nou te fè sa pou yonn nan pi piti pami frè m yo, se pou mwen nou te fè li.
Pito ou mennen ti vi ak pòv malere yo pase pou ou nan separe ak awogan yo nan sa yo vòlò.
Nou menm ki fò nan konfyans nou nan Bondye, se pou nou ede sa ki fèb yo pote feblès yo. Nou pa dwe ap chache sa ki fè nou plezi sèlman.
Men sa ki fè nou konnen sa renmen ye: Jezikri bay lavi li pou nou. Se poutèt sa nou menm tou, se pou nou bay lavi nou pou frè nou yo.Si yon moun gen dekwa viv, li wè yon frè nan nesesite epi li pa lonje men ba li, kouman yon moun konsa ka pretann li renmen Bondye.Pitit mwen yo, piga nou renmen sèlman nan bouch, nan bèl diskou ak bèl pawòl. Se pou nou renmen tout bon vre. Se pou tout moun wè jan nou renmen lè yo wè sa n'ap fè.
Tout moun ki te kwè yo t'ap viv ansanm yonn ak lòt. Yo te mete tou sa yo te genyen ansanm.Yo vann tè yo ak tout byen yo, yo separe lajan an pami yo tout, dapre nesesite chak moun.
Lè ou bay ak kè kontan, ou p'ap janm manke anyen. Lè ou manje ak moun, ou pa janm rete grangou.
Lè malere yo ak pòv yo ap chache dlo pou yo bwè epi yo pa ka jwenn, lè gòj yo va chèch nèt sitèlman y'a swaf dlo, mwen menm, Senyè a, m'a ba yo sa yo lapriyè mande m lan. Mwen menm, Bondye pèp Izrayèl la, mwen p'ap lage yo.
(6) Y'ap peze malere yo. Pòv yo ap soufri, y'ap plenyen. Men, Senyè a di: M'ap vini kounyeya. M'ap ba yo sekou y'ap tann lan.
Yon bann awogan ap fè manti sou mwen. Men mwen menm, m'ap swiv lòd ou yo ak tout kè m.Moun sa yo gen lespri yo bouche, men mwen menm, mwen pran tout plezi m nan lalwa ou la.
Geri moun ki malad. Fè moun mouri yo leve. Geri moun ki malad ak lalèp. Chase move lespri yo. Se gratis nou resevwa, se gratis tou pou nou bay.
Sipoze gen yon frè osinon yon sè ki touni, ki pa gen manje pou li manje,si yonn nan nou di yo: Ou mèt ale. Chofe kò ou, manje plen vant ou, san li pa ba yo sa yo bezwen, kisa sa ap fè pou yo?
Moun ki resevwa don pou l bay ankourajman, se pou li bay ankourajman. Moun k'ap bay nan sa li genyen an, se pou l fè sa san gad dèyè. Moun k'ap dirije a, se pou l fè sa byen. Moun k'ap moutre jan li gen kè sansib la, se pou li fè sa ak kè kontan.
Lè Jezi tande sa, li di l: — Ou manke yon bagay toujou: vann tou sa ou genyen, separe lajan an bay pòv. Apre sa, w'a gen yon richès nan syèl la. Epi vin swiv mwen.
Pa pran ti sa pòv la genyen an paske se pòv li ye. Pa pwofite sou ti malere yo nan tribinal.Se Senyè a ki va plede kòz yo pou yo. L'a touye moun ki vòlò malere sa yo.
Li gade zanj lan, li te pè, li di l konsa: — Sa k genyen, Mèt? Zanj lan reponn li: — Bondye asepte lapriyè ou yo ansanm ak tout byen ou te fè pou pòv yo. Epi li chonje ou.
Depi mwen timoun jouk mwen vin granmoun, mwen pa janm wè Bondye lage yon moun ki mache dwat, ni mwen pa janm wè pitit pitit li yo ap mande charite.
Bondye ap toujou fè nou rich ase pou nou ka toujou bay ak tout kè nou. Konsa, anpil moun va di Bondye mèsi pou kado n'a ban mwen pou yo.
Se tout tan Senyè a va moutre nou chemen pou nou pran, l'a rafrechi nanm nou nan tan chechrès. L'a ban nou fòs ak kouray. N'a tankou yon jaden ki byen wouze, tankou yon sous dlo ki pa janm chèch.
Si ou fèmen zòrèy ou pou ou pa tande pòv k'ap mande ou lacharite, konsa tou pèsonn p'ap tande ou lè w'a mande sekou.
Se sa ki fè, frè mwen yo, jan Bondye fè nou wè li gen kè sansib pou nou an, se pou nou ofri nou tankou yon sakrifis apa bay Bondye, yon sakrifis vivan k'ap fè li plezi. Se sèl jan pou nou sèvi Bondye tout bon vre.Pa fè menm bagay ak sa moun ap fè sou latè. Men, kite Bondye chanje lavi nou nèt lè l'a fin chanje tout lide ki nan tèt nou. Lè sa a, n'a ka konprann sa Bondye vle, n'a konnen sa ki byen, sa ki fè l plezi, sa ki bon nèt ale.
Non. Se pou nou prete l epi lè n'ap prete l, se pou ou fè l ak tout kè ou. Konsa, poutèt sa, Senyè a, Bondye nou an, va beni nou nan tout travay nou, nan tou sa n'ap fè.
(18) Pou mwen menm, se yon pòv malere san sekou mwen ye. Men ou menm ki mèt mwen, pa bliye m. Se ou ki tout sekou mwen, se ou ki tout delivrans mwen. Bondye mwen, pa mize!
Jezi di li: — Si ou vle bon nèt san manke anyen, ale vann tou sa ou genyen, separe lajan an bay pòv. Lè sa a, w'a gen yon richès nan syèl la. Apre sa, vin swiv mwen.
Moun ki mache dwat konnen pou li respekte dwa pòv malere. Men mechan pa konn bagay konsa.
Si yon moun pa pran swen fanmi l, sitou moun k'ap viv lakay li, li nye konfyans li nan Bondye, li pi mal pase yon moun ki pa janm kwè nan Bondye.
(33) Lè malere yo va wè sa, y'a kontan. Se va yon gwo ankourajman pou moun k'ap sèvi Bondye yo.(34) Senyè a koute lè pòv yo ap lapriyè nan pye l. Li pa bliye moun pa l yo lè yo nan prizon.
Piga nou maltrete moun lòt nasyon ki vin rete nan peyi nou. Piga nou peze yo nonplis, paske nou menm, chonje nou te etranje tou nan peyi Lejip.Piga nou maltrete ni vèv yo, ni timoun san papa yo.Si nou malmennen yo, m'ap reponn yo lè y'a rele mande m sekou.M'a fache, m'a fè nou mouri nan lagè. Konsa, madanm nou yo ap vin vèv tou, pitit nou yo ap rete san papa tou.
Li bay moun ki te swaf dlo kont dlo pou yo bwè. Li bay moun ki t'ap mouri grangou anpil bon bagay pou yo manje.
Pèp la ap di mwen: — Sa plede fè jèn ap fè pou nou, si ou pa wè sa? Sa repanti ap rapòte nou, si ou pa menm renmake sa? Senyè a reponn: — M'ap di nou laverite. Jou n'ap fè jèn lan, se jou sa a tou n'ap chache fè sa ki nan enterè nou. Se lè sa a n'ap plede peze moun k'ap travay pou nou.
Men dezyèm kòmandman an ki gen menm enpòtans ak premye a: se pou ou renmen frè parèy ou tankou ou renmen pwòp tèt pa ou.
Pito ou manje mayi moulen blanch ak moun ki renmen ou pase pou manje bon jan vyann ak moun ki rayi ou.
(12) Paske, se Senyè a ki tout defans mwen, se li menm k'ap pwoteje nou. L'ap ban nou favè li, l'ap fè yo respekte nou. Lè yon moun ap mennen yon vi ki san repwòch, Bondye p'ap janm refize l okenn bon bagay.
Se sa k fè, toutotan nou jwenn okazyon, ann fè byen pou tout moun, sitou pou frè ak sè nou yo ki gen menm konfyans ak nou nan Bondye.
Li bay moun ki nan nesesite san gad dèyè. L'ap toujou fè sa ki dwat devan Bondye. L'ap gen pouvwa, y'ap respekte l.
Tout lajounen l'ap kalkile sou sa l ta renmen genyen. Men, moun ki mache dwat yo gen pou bay, y'ap bay san gad dèyè.
Piga nou pote lanvi sou sa ki pa pou nou: ni sou kay frè parèy nou, ni sou madanm li, ni sou moun k'ap sèvi lakay li, ni sou bèf li, ni sou bourik li, ni sou okenn lòt bagay ki pou frè parèy nou.
Pito nou chache bay bagay peyi Wa ki nan syèl la premye plas nan lavi nou, chache viv jan Bondye vle l la anvan. Lè sa a, Bondye va ban nou tout lòt bagay sa yo tou.
Se pou nou toujou yonn renmen lòt tankou frè k'ap viv ansanm nan Kris la.Chonje se devwa nou pou nou byen resevwa moun ki vin lakay nou. Se konsa, gen moun ki resevwa zanj Bondye lakay yo san yo pa konn sa.
Paske ou te sèvi pwoteksyon pou moun ki fèb, yon pwoteksyon pou malere lè yo te nan tray. Se bò kote ou yo pare lapli. Se anba lonbray ou yo pare solèy. Lè mechan yo move, yo tankou gwo lapli loray k'ap tonbe nan tan fredi.
Di Bondye mèsi paske li gen bon kè. Non, li p'ap janm sispann renmen nou!Di Bondye ki gen pouvwa pase tout lòt bondye yo mèsi. Non, li p'ap janm sispann renmen nou!Di chèf ki pi gwo chèf pase tout chèf yo mèsi. Non, li p'ap janm sispann renmen nou!
Pran defans pòv malere yo ak timoun ki san papa yo! Pran defans malere yo ak moun ki san sekou yo!
Lespri Bondye, Senyè a, desann sou mwen. Paske Senyè a chwazi m, li voye m pou m anonse bòn nouvèl la bay moun ki nan lapenn yo, pou m geri tout moun k'ap soufri yo, pou m fè tout moun yo te depòte yo konnen yo delivre, pou m fè tout prizonye yo konnen pòt prizon louvri pou yo.Li voye m anonse lè a rive pou Senyè a vin delivre pèp li a, jou a rive pou Bondye nou an vin tire revanj pou nou. Li voye m ankouraje tout moun ki nan lafliksyon,pou m'bay moun Siyon ki nan lafliksyon yo kè kontan nan plas lapenn yo, kontantman nan plas kè sere yo. Yon chante remèsiman nan bouch yo nan plas yon chante lapenn. Yo pral grandi tankou gwo pyebwa nan jaden Senyè a te plante ak men li. Yo pral fè sa ki dwat devan Bondye pou tout moun ka fè lwanj bèl pou vwa li.
(3) Senyè a va pwoteje l, li p'ap kite l mouri. L'ap fè l viv ak kè kontan sou latè, li p'ap lage l nan men lènmi l yo pou yo fè sa yo vle avè l.
L'a delivre pòv yo lè yo rele nan pye li. L'a delivre tout malere ki san sekou.L'a gen pitye pou pòv malere yo. L'a sove lavi tout moun ki nan bezwen.L'a delivre yo anba men moun k'ap peze yo, anba men moun k'ap fè yo mechanste. Lavi moun sa yo gen anpil valè pou li!
L'ap defann kòz timoun ki san papa yo ak kòz fanm ki pèdi mari yo. Li renmen moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan pèp li a, li ba yo manje pou yo manje ak rad pou yo mete sou yo.
Dirèktè lalwa a reponn: — Nonm ki te gen pitye pou li a. Jezi di li: — Ale, fè menm bagay la tou.
Li di: — Tout chèf ki la pou avèti pèp mwen an, je yo pete. Yo pa konprann anyen. Yo tankou chen ki pa janm jape. Lespri yo byen lwen. Yo kouche tout lajounen, y'ap kabicha.Yo tankou chen aloufa, anyen pa janm kont yo. Se yon bann chèf san konprann. Yo tout fè sa yo pito. Se avantaj yo ase y'ap defann.
(6) Bondye rete nan kay ki apa pou li a, li sèvi papa pou timoun ki san papa yo, li pwoteje vèv yo.
Senyè, ala bon ou bon! Ou padonnen peche nou yo. Ou p'ap janm sispann renmen moun k'ap rele non ou.
Tout moun ki te kwè yo te fè yon sèl kò, yo te gen menm santiman yonn pou lòt, yo te gen yon sèl lide yonn anvè lòt. Pèsonn pat di byen li yo te pou tèt pa l ase, men tou sa yonn te genyen te pou tout moun.Se avèk anpil pouvwa apot yo t'ap bay prèv kijan Bondye te resisite Jezi nan lanmò. Bondye menm te vide benediksyon li ankantite sou yo tout.Pèsonn nan mitan yo pat nan nesesite. Sa ki te gen jaden, sa ki te gen kay, yo vann sa, yo pote lajan anrenmèt apòt yo. Apre sa, yo te separe lajan an bay chak moun dapre nesesite yo.
Separe sa nou genyen ak moun ki grangou. Louvri pòt resevwa malere ki pa gen kote pou yo dòmi. Si nou wè pwochen nou touni, ba li rad pou li mete. Pa refize lonje men sekouri pwochen ou.Lè sa a, tankou solèy k'ap leve, m'ap klere nou, m'a fè nou wè jan mwen renmen nou. Lapoula m'a geri nou, m'a toujou mache ak nou pou m delivre nou. Pouvwa Bondye a va mache dèyè nou pou poteje nou.
Moun ki bay san gad dèyè, sa pa anpeche yo vin pi rich. Men, moun ki penng, se pòv y'ap vin pi pòv.
— Fè atansyon lè n'ap fè devwa nou pou Bondye pou nou pa fè l yon jan pou fè moun wè. Lè nou fè l konsa, Papa nou ki nan syèl la p'ap ban nou okenn rekonpans.
Nou menm pèp Izrayèl, mete tout espwa nou nan Senyè a, paske li renmen nou anpil. Li toujou pare pou delivre.
Se li menm ki fè syèl la, tè a ak lanmè a, ansanm ak tou sa ki ladan yo. L'ap toujou kenbe pawòl li.
Senyè a gen kè sansib, li pa gen patipri. Bondye nou an gen bon kè.Senyè a pwoteje moun ki san sekou. Lè mwen te nan malè, se li ki te sove mwen.
Si yon moun gen dekwa viv, li wè yon frè nan nesesite epi li pa lonje men ba li, kouman yon moun konsa ka pretann li renmen Bondye.
Men, kounyeya, mwen pral Jerizalèm pou m ka rann moun k'ap viv apa pou Bondye yo yon sèvis.Legliz ki nan peyi Masedouàn ak nan peyi Lakayi yo te pran sou yo pou yo te fè yon ofrann pou ede pòv ki nan pèp Bondye a lavil Jerizalèm.Se yo menm menm ki te fè lide sa a. Men, pou di vre, yo te dwe pòv yo sa. Paske, menm jan jwif yo te separe benediksyon ki sòti nan Lespri Bondye a avèk moun ki pat jwif yo, konsa tou, moun ki pa jwif yo gen pou devwa pou rann yo sèvis avèk byen latè yo.
Lè yon wa pran kòz malere pou defann dwa yo san patipri, wa sa a gen pou li gouvènen lontan.
Wa a va defann kòz malere ki nan peyi a. L'a wete pitit pòv malere yo nan mizè yo ye a. L'a kraze moun k'ap peze pèp la.
Se sa k fè, ann toujou chache bagay ki kapab ede nou viv ak kè poze, bagay ki pou penmèt nou yonn soutni lòt nan konfyans nou nan Bondye.
(1b) Ala bèl bagay, ala bon sa bon lè frè ak frè ap viv ansanm!Se tankou yon lwil santi bon yo vide sou tèt Arawon, k'ap koule sou bab li desann nan kou rad li.
Frè m' yo, si nou bare yon moun ap fè sa ki pa sa, nou menm ki nan limyè Bondye, se pou nou mete li nan bon chemen. Men, fè sa ak dousè. Epi veye kò nou pou nou pa tonbe nan tantsyon tou.
Mwen renmen Senyè a, paske li tande mwen, li koute lapriyè mwen.Li te panche zòrèy li bò kote m chak fwa mwen rele l.
(1b) Kite m di Senyè a mèsi! Kite m di Senyè ki pa tankou tout moun lan mèsi ak tout nanm mwen!Wi, kite m di Senyè a mèsi. Mwen pa dwe janm bliye tout byen li fè pou mwen.Li padonnen tout peche m yo, li geri tout maladi m yo.Li wete m nan bouch twou a. Li beni m, li fè m wè jan li renmen m, jan li gen pitye pou mwen.Li kouvri m ak benediksyon pandan tout lavi m, li fè m rete jenn ak tout fòs mwen, tankou malfini.