Biblia Todo Logo
Vèsè Biblik
- Piblisite -


VÈSÈ POUVWA

VÈSÈ POUVWA

Men kijan sa bon pou konnen, menm lè lavi a ban nou kou, nou gen puisans Bondye a nan lavi nou. Antanke pitit Bondye, nou pa janm poukont nou nan okenn sikonstans. Bondye toujou la. Li mache devan w, l ap mennen batay ou yo pou ou, l ap ranpli w ak puisans li pou w ka ranpòte laviktwa nan sitiyasyon w ap travèse a.

Nan 2 Korentyen 12:9-10, Bondye di ou pou w kontante w ak gras li, paske puisans li vin pafè nan feblès ou. Se yon bèl bagay pou w konnen, nan mitan tout sa w ap viv la, pwoblèm ou yo, feblès ou yo, Bondye la, l ap rann puisans li pafè nan lavi w.

Bondye abiye nou ak puisans li (Lik 24:49): "Mwen menm, m'ap voye sou nou sa Papa m' te pwomèt la. Men, rete lavil Jerizalèm jouk pouvwa ki soti anwo nan syèl la va desann sou nou."

Nou gen yon Bondye ki gen tout pouvwa. Pa gen anyen ki enposib pou Bondye. Li ka fè tout bagay. Mete konfyans ou nan li, epi l ap aji nan lavi w.




Revelasyon 12:11

Frè nou yo goumen ak li jouk yo gen batay la, gremesi san ti Mouton an ki te koule ak verite yo t'ap pibliye a: yo pat renmen lavi yo jouk pou yo ta pè lanmò.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 119:46

M'a fè wa yo konnen prensip ou yo, mwen p'ap wont fè sa.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Travay 4:20

Pou nou menm, nou pa kapab pa pale sa nou wè ak sa nou tande.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 43:10

Men pawòl Senyè a di: — Se nou menm menm ki pou sèvi m temwen. Se nou menm mwen te chwazi pou sèvi m, pou nou konnen m, pou nou kapab mete konfyans nou nan mwen, pou nou ka konprann se mwen menm sèl ki Bondye tout bon an. Anvan mwen, pat gen lòt bondye. Apre mwen, p'ap gen lòt bondye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 11:4

Se konfyans ki fè Abèl te bay Bondye yon ofrann ki pi bon pase ofrann Kayen an. Paske Abèl te gen konfyans nan Bondye, Bondye te asepte li pou moun dwat. Se konsa li te asepte kado Abèl te fè li a. Se akoz konfyans sa a ki fè n'ap lonmen non Abèl jouk koulyeya, malgre li mouri a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 1:16

Mwen pa wont levanjil la. Li se yon pisans Bondye ki la pou delivre tout moun ki kwè: jwif yo anpremye, epi moun lòt nasyon yo apre sa.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Travay 22:15

Ou pral sèvi l temwen, ou pral fè tout moun konnen sa ou te wè ak sa ou te tande.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Timote 4:12

Pa kite pèsonn pase ou nan betiz paske ou twò jenn. Men, se pou ou tounen yon egzanp pou moun ki kwè yo, nan jan ou pale, nan jan ou mennen tèt ou, nan jan ou gen renmen, nan jan ou gen konfyans, nan jan w'ap mennen yon lavi ki dakò ak volonte Bondye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 22:22

(23) M'a di frè m yo tout sa ou te fè pou mwen. M'a fè lwanj ou lè yo tout reyini ansanm.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 28:19

Ale fè disip pou mwen nan tout nasyon, batize yo nan non Papa a, Pitit la ak Sentespri a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Jan 5:10

Konsa, moun ki gen konfyans nan Pitit Bondye a, se moun ki pran pawòl Bondye a pou verite epi ki kenbe l nan kè yo. Men, moun ki pa gen konfyans nan Bondye, yo fè Bondye pase pou mantò, paske yo pat kwè pawòl Bondye te di sou Pitit li a se verite.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jan 15:27

Nou menm tou, nou va temwaye pou mwen. Paske, nou la avèk mwen depi nan kòmansman.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Pyè 3:15

Sèl bagay, se pou nou toujou rekonèt se Kris la ki sèl Mèt nan lavi nou. Se pou nou toujou pare pou n'reponn chak fwa moun mande nou esplikasyon sou espwa nou gen nan nou an.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 71:15-16

M'ap fè konnen jan ou san patipri. Tout lajounen m'a fè konnen jan ou delivre mwen, paske se bagay moun p'ap janm fin konprann. Senyè, Bondye, m'a rakonte bagay ou fè avèk pouvwa ou. M'a fè chonje jan ou fè lèzòm gras. Se ou menm sèlman ki ka fè bagay konsa.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Travay 1:8

Men, lè Sentespri a va desann sou nou, n'a resevwa yon pouvwa. Lè sa a, n'a sèvi m temwen nan Jerizalèm, nan tout peyi Jide ak nan tout peyi Samari, jouk nan dènye bout latè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 5:16

Konsa tou, se pou limyè nou klere devan tout moun, pou lè yo wè tout byen n'ap fè yo, y'a fè lwanj Papa nou ki nan syèl la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Timote 1:8

Ou pa bezwen wont kanpe pale pou Senyè nou an. Ou pa bezwen wont pou mwen nonplis ki nan prizon pou tèt li. Okontrè, avèk fòs kouray Bondye ap ba ou a, se pou ou asepte soufri avè m pou bòn nouvèl la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 10:32

— Moun ki va kanpe pou mwen devan lèzòm, mwen menm tou, m'a kanpe pou li devan Papa m ki nan syèl la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Mak 16:15

Epi li di yo: — Ale toupatou sou latè, anonse Bòn Nouvèl la bay tout moun.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 66:16

Vin koute non, nou tout ki gen krentif pou Bondye. M'a di nou sa Bondye fè pou mwen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Travay 14:3

Pòl ak Banabas rete nan lavil la lontan ankò, yo t'ap fè konnen favè Bondye a avèk anpil konviksyon, paske yo te gen konfyans nan Senyè a. Senyè a menm te bay disip yo pouvwa fè anpil bèl bagay ak anpil mirak pou l te moutre sa yo t'ap di a te vre.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 6:13

Pa lage okenn pati nan kò nou nan peche, pou peche a pa sèvi avè l pou fè sa ki mal. Okontrè, tankou moun ki delivre anba lanmò epi k'ap viv, ann lage kò nou nan men Bondye. Wi, mete tout pati nan kò nou nan men Bondye pou l ka sèvi ak yo pou fè sa ki byen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 15:58

Konsa, frè m yo, kenbe fèm, pa brannen. Se pou n toujou pi cho nan travay Senyè a, paske nou konnen travay n'ap fè pandan n'ap viv ansanm ak Senyè a p'ap janm pèdi.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Pyè 5:1

Mwen menm ki yon chèf reskonsab, m'ap pale kounyeya ak chèf reskonsab ki nan mitan nou yo. Mwen menm ki te wè jan Kris la te soufri a, mwen pral patisipe tou nan bèl pouvwa Bondye ki gen pou parèt la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Efezyen 6:19

Lapriyè pou mwen tou, pou Bondye ka mete pawòl nan bouch mwen lè m'a gen pou m pale, pou m ka pale avèk lasirans, pou moun ka rive konnen sekrè ki nan bòn nouvèl la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 55:11

Konsa tou pou pawòl ki sòti nan bouch mwen: li p'ap tounen vin jwenn mwen san li pa fè sa m te vle l fè a, san li pa fè tou sa mwen te voye l fè a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jan 8:18

Mwen sèvi temwen pou tèt pa m. Papa a ki voye m lan sèvi m temwen tou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Travay 17:6

Yo rive devan kay Jazon, yo antre al chache Pòl ak Silas pou mennen yo devan pèp la. Lè yo pa jwenn yo, yo trennen Jazon ansanm ak kèk frè devan chèf yo ki nan lavil la. Yo pran pale byen fò, yo t'ap di: — Mesye sa yo ap mache fè dezòd toupatou. Men, kounyeya yo rive jouk isit la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Tesalonisyen 2:13

Se konsa, mwen pa sispann di Bondye mèsi tou pou jan nou te pare zòrèy nou koute lè m t'ap fè nou konnen pawòl Bondye a. Nou te resevwa l pou sa l ye a: pou pawòl Bondye, pa pou pawòl lèzòm. Se pawòl sa a k'ap travay nan kè nou, nou menm ki gen konfyans nan Bondye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jan 5:39

N'ap plede etidye sa ki ekri nan Liv la, paske nou mete nan tèt nou nou ka jwenn lavi ki pa janm fini an ladan li. Men, se Liv sa a menm ki pale sou mwen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 145:4

Papa va fè lwanj ou devan pitit yo pou tou sa ou te fè. Y'a rakonte tout bèl bagay ou fè yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jan 3:33

Moun ki asepte sa l'ap di a, li rekonèt sa Bondye di a se vre.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Travay 10:42

Li ban nou lòd mache fè konnen bòn nouvèl la bay pèp la, pou n fè konnen se Jezi menm Bondye mete pou jije tout moun san wete yonn, kit yo vivan kit yo mouri deja.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Jan 5:11

Men pawòl verite a: Bondye ban nou lavi ki p'ap janm fini an. Se nan Pitit li a li ban nou li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 24:48

Nou temwen tout bagay sa yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Revelasyon 1:9

Mwen menm Jan, frè nou, ki fè yon sèl ak nou, kit nan soufrans nou, kit nan wayòm Bondye a, kit nan pasyans Jezikri ban nou. Yo mete mwen nan zile Patmòs, yo ban mwen la pou prizon, paske mwen t'ap fè konnen pawòl Bondye a, mwen t'ap preche Jezikri.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Timote 1:12

Se poutèt li tou m'ap sibi tout soufrans sa yo. Men, mwen pa wont paske mwen konnen nan ki moun mwen mete konfyans mwen. Mwen sèten li gen pouvwa pou l konsève sa l te ban mwen an jouk gran jou a va vini.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 119:111

Prensip ou yo se byen m pou tout tan, se yo ki fè kè m kontan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 9:16

Tande byen, se pa yon lwanj pou mwen dèske m'ap anonse bòn nouvèl la. Sa se yon obligasyon yo fè mwen. Malè pou mwen si m pa anonse bòn nouvèl la!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Travay 2:32

— Bondye fè Jezi sa a leve sòti vivan. Nou tout nou temwen bagay sa a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Filipyen 3:7-8

Men, si yon lè mwen te konsidere tout bagay sa yo tankou yon garanti, kounyeya yo pa vo anyen pou mwen, akòz Kris la. Men, se pa sa sèlman. Se tout bagay menm ki pa vo anyen pou mwen, lè m konpare yo ak gwo avantaj mwen genyen lè m konnen Jezikri tankou Senyè mwen. Poutèt li, mwen voye tout bagay jete, mwen gade yo tankou fatra pou m sa gen Kris la,

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Travay 26:16

Men, leve kanpe sou pye ou. Mwen fè ou wè m, se pou ou kapab sèvi mwen. Wi, ou pral sèvi m temwen, ou pral di lòt moun yo jan ou te wè m jòdi a epi w'a fè yo konnen tou sa m'a fè ou wè apre sa.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Pyè 4:16

Men, si yon moun ap soufri paske se kretyen li ye, li pa bezwen wont pou sa. Okontrè, se pou li fè lwanj Bondye dèske li pote non Kris la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Travay 16:31

Yo reponn li: — Mete konfyans ou nan Senyè Jezi, epi w'a va delivre, ou menm ansanm ak tout fanmi ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Revelasyon 22:20

Moun ki garanti verite tout pawòl sa yo di: — Wi, m'ap vin talè konsa! Amèn. Vini non, Senyè Jezi!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 34:3

(4) Mete tèt nou ansanm avè m pou fè konnen jan Senyè a gen pouvwa. Ann fè lwanj li ansanm!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Efezyen 3:8

Mwen pi pitit pase moun ki pi pitit nan tout pèp Bondye a. Men atousa, se mwen menm Bondye bay privilèj sa a, pou m fè moun lòt nasyon yo konnen bòn nouvèl richès Kris la, richès moun p'ap janm fin konprann.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 52:7

Ala bèl sa bèl lè ou wè l'ap parèt sou mòn yo mesaje k'ap kouri pote bon nouvèl k'ap bay kè poze a! L'ap fè konnen delivrans Bondye a. L'ap di moun Siyon yo: Se Bondye ou la k'ap gouvènen!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Jan 1:2

Lè lavi a te parèt, nou te wè li. Se poutèt sa mwen ka pale nou sou sa: m'ap fè nou konnen lavi ki p'ap janm fini an, lavi ki te la avèk Papa a, lavi ki te parèt aklè devan nou an.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 10:18

Y'a fè nou konparèt devan chèf gouvènman ak devan wa poutèt mwen, pou nou kapab sèvi m temwen devan yo ak devan moun lòt nasyon yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 119:2

Ala bon sa bon pou moun ki kenbe prensip li yo, pou moun k'ap chache obeyi l ak tout kè yo!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jan 17:18

Mwen voye yo nan lemonn lan menm jan ou te voye m nan lemonn lan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 145:12

pou tout moun ka konnen jan ou gen fòs, jan ou gouvènen avèk otorite.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Travay 5:29

Pyè ansanm ak lòt apòt yo reponn li: — Se pou n obeyi Bondye pase pou n obeyi moun.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jan 6:68-69

Simon Pyè reponn li: — Senyè, ki moun pou n'al jwenn? Se ou menm ki gen pawòl k'ap bay lavi ki p'ap janm fini an. Kounyeya nou kwè, nou konnen se ou menm ki moun Bondye chwazi a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Korent 1:24

Mwen p'ap chache fòse nou kwè anyen, paske nou deja kanpe fèm nan lafwa. Men, mwen ta renmen travay ansanm ak nou pou fè kè nou kontan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Travay 8:4

Fidèl ki te gaye nan tout peyi a t'ap mache bay mesaj la toupatou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 11:28

Jezi reponn li: — Moun ki koute pawòl Bondye epi ki mete l an pratik, se yo menm Bondye beni.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 10:17

Konsa, se lè ou tande mesay la ou vin gen konfyans. Mesay la, se pawòl Kris la y'ap anonse.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 12:1

Konsa, nou la nan mitan foul moun sa yo ki te moutre jan yo te gen konfyans nan Bondye. Ann voye tout bagay k'ap antrave kous nou jete byen lwen, ansanm ak peche a ki fasil pou vlope nou. Ann kouri avèk pasyans nan chemen Bondye mete devan nou an.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Tesalonisyen 1:8

Konsa, nou fè anpil moun rive konnen mesay Senyè a. Se pa sèlman nan Masedwàn ak nan Lakayi, men se toupatou moun ap pale jan nou gen konfyans nan Bondye. Se sa ki fè, nou pa bezwen pale sou sa ankò.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 8:39

— Tounen lakay ou. Al rakonte tou sa Bondye fè pou ou. Nonm lan pati, li mache fè konnen tou sa Jezi te fè pou li nan tout lavil la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 8:16

Lespri Bondye a bay lespri pa nou an lasirans se pitit Bondye nou ye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Pyè 2:9

Men nou menm, nou se yon ras Bondye chwazi, prèt k'ap sèvi wa a, nasyon k'ap viv apa pou Bondye, pèp li peye pou li a. Li fè tou sa, pou nou te ka fè tout moun konnen bèl bagay Bondye te fè yo, Bondye ki rele nou soti nan fènwa a pou nou antre nan bèl limyè li a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Jan 4:14

Nou menm, n'ap di sa nou te wè. Papa a voye Pitit li a pou delivre tout moun.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Travay 13:47

Men lòd Bondye te ban nou: Mwen mete ou pou sèvi yon limyè pou lòt nasyon yo, pou ou kapab ale toupatou sou latè, moutre ki jan tout moun ka jwenn delivrans.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 96:3

Fè nasyon yo konnen pouvwa li. Fè tout pèp yo konnen bèl bagay li fè yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Filipyen 1:27

Sèl bagay ki konsekan se pou nou viv yon jan ki konfòm ak bòn nouvèl Kris la. Konsa, mwen ta mèt rive vin wè nou, mwen ta mèt pa kapab, se pou m tande jan n'ap kenbe fèm, jan n'ap viv ansanm yonn ak lòt. Se pou m tande jan n'ap mennen batay la ansanm pou defann konfyans bòn nouvèl la fè nou gen nan Bondye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Korent 5:20

Se sa k fè mwen pale nan non Kris la menm ki te voye m, tankou si se Bondye menm k'ap pale nan bouch mwen pou di nou: tanpri, nan non Kris la, tounen vin byen ak Bondye ankò.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jan 4:39

Anpil moun Samari ki te rete nan Sika te kwè nan Jezi poutèt sa madanm lan te di yo: Li di m tou sa m fè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jan 1:7

Li te vin sèvi temwen pou pale sou limyè a. Li te vini pou tout moun ki te tande mesay li a te ka kwè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Korent 3:3

Wi, se bagay ki klè, nou menm moun Korent, nou se yon lèt Kris la menm te ekri ban m' pote. Li pa te ekri li ak lank sou wòch, men li ekri li ak Lespri Bondye vivan an nan lavi nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Jan 1:3

Sa nou menm nou te wè a, sa nou te tande a, m'ap fè nou konnen l tou pou nou ka viv ansanm yonn ak lòt nan lavi nou tout n'ap mennen ansanm ak Papa a ansanm ak Pitit li a, Jezikri.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jan 14:26

Men pwotektè a, Sentespri Papa mwen ap voye nan non mwen an, se li menm ki va anseye nou tout bagay. Epi l'a fè nou sonje tou sa mwen te di nou yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 1:6

Bon Nouvèl ki pale sou Kris la fin pran rasin nèt nan mitan nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Travay 5:32

Nou se temwen tout bagay sa yo, nou menm ansanm ak Sentespri Bondye bay tout moun ki obeyi l yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 40:10

(11) Mwen pat manke pa di jan ou fè nou gras, jan ou bay moun sekou. Nan mitan tout pèp Bondye a, lè yo reyini, mwen pat manke pa di jan ou renmen nou, jan ou toujou kenbe pawòl ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 2:1-2

Frè m yo, lè mwen te al lakay nou, se pat avèk gwo diskou ni bèl pawòl mwen te fè nou konnen plan travay Bondye ki te kache a. Bondye voye Sentespri li ki devwale sekrè travay sa a ban nou. Lespri Bondye sonde tout bagay, menm sa ki nan fon sekrè Bondye. Pran nenpòt moun: Kilès ki ka konnen sa ki nan kè li? Se lespri ki nan li a sèlman ki ka konn sa. Konsa tou, sèl Lespri Bondye a konnen tout bagay ki nan Bondye. Se pa lespri k'ap travay nan moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn lan nou te resevwa. Lespri nou resevwa a, se Lespri Bondye te voye ban nou an pou n te ka konnen tout favè Bondye te fè nou. Si n'ap pale sou tout favè Bondye fè nou, se pa avèk pawòl nou jwenn nan bon konprann lèzòm, men se pito avèk pawòl Lespri Bondye ap moutre nou. Se konsa, nou fè moun ki gen Lespri Bondye nan kè yo konprann verite ki sòti nan Lespri a. Yon moun ak pwòp lespri pa li, li pa kapab asepte verite ki soti nan Lespri Bondye. Pou li se foli k'ap pale. Li pa kapab konprann yo paske se sèl Lespri ki ka ede pran pèz yo. Okontrè, moun ki gen Lespri Bondye, li kapab balanse tout bagay, men pesonn pa ka fin fin konprann li li menm. Jan sa ekri nan Liv la: Ki moun ki konnen sa k'ap pase nan tèt Mèt la? Ki moun ki pou moutre l sa pou l fè? Men nou menm, nou konnen sa ki nan lide Kris la. Mwen te mete nan tèt mwen pou m te bliye tout bagay sa yo. Yon sèl bagay mwen te konnen tout tan mwen te la ansanm ak nou an, se Jezikri, epi sèlman Jezikri yo te kloure sou kwa a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jan 3:11

Anverite sa m'ap di ou la a se vre: Mwen menm, mwen pale sa m' konnen, mwen di sa m' wè. Men nou menm, nou pa vle asepte sa m'ap di a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 12:4

Jou sa a, n'a chante: Ann di Bondye mèsi! Annou fè lwanj non li! Annou fè tout nasyon yo konnen sa li fè!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 118:17

Non, mwen p'ap mouri. M'a viv! M'a rakonte sa Senyè a fè pou mwen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Korent 1:12

Men rezon ki fè m kontan ak tèt mwen anpil konsa: Konsyans mwen pa repwoche m anyen pou jan m te mennen tèt mwen byen nan mitan tout moun, ak kè ouvè, san ipokrizi, sitou nan mitan nou menm, moun Korent, jan Bondye vle l la. Paske, sa se travay favè Bondye a, se pat bon konprann lèzòm ki t'ap dirije mwen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 9:26

Si yon moun wont di se moun mwen li ye, si li wont pale pawòl mwen, enben, mwen menm tou, Moun Bondye voye nan lachè a, lè m'a tounen nan tout pouvwa m ak tout bèl pouvwa Papa m, nan mitan lame zanj li yo, m'a wont pran li pou moun pa m tou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jan 1:15

Se li menm Jan Batis t'ap pale a, lè l te di byen fò: — Men moun mwen t'ap pale nou an, lè m te di nou: L'ap vin apre mwen. Men, li gen plis pouvwa pase m, paske li te la anvan mwen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Tesalonisyen 2:4

Okontrè, mwen te toujou pale jan Bondye vle l la. Se Bondye ki konnen sa ki nan kè mwen. Li fè m konfyans, li ban mwen bòn nouvèl li a pou m anonse. Se sa k fè, se pa lèzòm m'ap chache fè plezi, men Bondye ki konnen sa ki nan kè mwen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Filipyen 2:15

pou yo pa jwenn anyen pou yo repwoche nou, pou nou ka fè sa ki byen tankou veritab pitit Bondye, antan n'ap viv nan mitan bann malonèt ak pèvèti ki sou latè yo. Se pou nou sèvi limyè pou lemonn,

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 13:15

Gremesi Jezikri, sèl ofrann san n'ap ofri bay Bondye a, se lwanj n'ap ba li tout tan. Se tout tan pou non l nan bouch nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Efezyen 5:8

Nan tan lontan, nou te nan fènwa. Men kounyeya, paske n'ap viv ansanm nan Senyè a, nou nan limyè. Se sa ki fè, fòk nou mennen tèt nou tankou moun k'ap viv nan limyè a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Pyè 3:16

Men, fè sa avèk dousè ak tout respè. Kenbe konsyans nou pwòp. Konsa, moun k'ap pale nou mal poutèt bon kondit nou gen nan Kris la, se yo menm ki va wont pou pawòl yo te di lè yo t'ap joure nou an.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 107:2

Wi, moun Senyè a delivre, se sa pou yo di! Li te delivre yo anba men lènmi yo,

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Efezyen 4:1

Se sa ki fè, mwen menm ki nan prizon poutèt Senyè a, m'ap mande nou pou nou viv yon jan ki konfòm ak jan Bondye te rele nou pou n viv la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 12:8

— M'ap di nou sa: Moun ki va kanpe pou mwen devan lèzòm, mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, m'a fè menm bagay la pou li devan zanj Bondye yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Travay 20:24

Mwen pa pran lavi m pou anyen, li pa gen okenn valè pou mwen. Men, mwen vle ale jouk nan bout nan sèvis mwen, mwen vle fini nèt ak travay Senyè Jezi ban mwen an, pou m anonse bòn nouvèl favè Bondye fè nou an.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 14:7-8

Se konsa, pa gen yon sèl moun nan nou k'ap viv pou tèt pa li. Pa gen yonn nan nou tou k'ap mouri pou tèt pa li. Paske si n'ap viv, n'ap viv pou Senyè a, si n'ap mouri, n'ap mouri pou Senyè a tou. Konsa, kit nou vivan, kit nou mouri, se pou Senyè a nou ye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 119:88

Paske ou renmen m, ban m lavi ankò pou m ka swiv prensip ki sòti nan bouch ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 24:14

Fòk yo gentan mache bay bòn nouvèl Peyi kote Bondye Wa a toupatou sou latè, pou tout moun ka tande mesay la. Se lè sa a atò lafen an va rive.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Timote 4:2

Fè konnen pawòl Bondye a, mache bay li san pran souf, nan tout sikonstans, tan an te mèt bon li te mèt pa bon. Bay tout kalite prèv, rale zòrèy, bay konsèy, moutre moun yo verite a avèk pasyans nèt ale.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 8:38-39

Paske mwen gen lasirans sa a, anyen pa ka fè nou pèdi lamou Kris gen pou nou an: kit se lavi, kit se lanmò, ni zanj yo, ni lòt otorite ak pouvwa ki nan syèl la, te mèt se tan jodi a, te mèt se tan k'ap vini yo, ni pouvwa ki anwo nan syèl la, ni pouvwa ki nan zantray tè a. Non, pa gen anyen nan tout kreyasyon an ki ka rive fè nou pèdi lamou Bondye fè nou wè li gen pou nou nan Jezikri, Senyè nou an.

Chapit   |  Vèsyon Kopi

Lapriyè bay Bondye

Mèsi, Bondye, paske ou se gerisè mwen, ou se moun ki pran swen mwen, ou se pwotektè mwen. Se ou menm ki goumen batay mwen yo, se ou k ap mennen mwen de glwa an glwa. Nan non Jezi, mwen vini devan ou, m ap di ou mèsi paske lapriyè se zam ki pi puisan pou rezoud tout pwoblèm, se kle ki louvri tout pòt. Senyè, ou rele nou pou nou sèl tè a, limyè lemonn, pou nou manifeste glwa ou ak puisans ou kote nou pase. Ou di nan pawòl ou: "Mwen chwazi ou pou fè moun wè puisans mwen, pou yo ka konnen non mwen toupatou sou latè." Senyè Jezi, ede m pou m konstan, pou m priye tout tan avèk tout kalite lapriyè nan Lespri a. Moutre m kijan pou m veye, pou m leve kanpe kòm entèsede, pou m fè kloti pou fanmi mwen, pou peyi mwen, pou frè ak sè mwen nan lafwa. Nan non Jezi, Amèn!
Swiv nou:

Piblisite


Piblisite