Biblia Todo Logo
Vèsè Biblik
- Piblisite -


VÈSÈ POU VIZITÈ

VÈSÈ POU VIZITÈ

Cheri mwen, lè gen moun ki vizite w lakay ou oubyen nan legliz ou, moun ki pote yon pawòl ankourajman pou ou, lè wap di yo orevwa, ou ka ba yo yon vèsè, yon pawòl ki ka ranpli lavi yo epi pwoteje yo kont tout malè sou wout yo. Bib la chaje ak pwomès nou ka pataje ak vizitè nou yo.

Pa egzanp, 3 Jan 1:2 di: "Zanmi mwen, mwen swete ou reyisi nan tout bagay, epi pou ou gen bon sante, menm jan nanm ou gen bon sante." Gen anpil lòt vèsè ou ka jwenn nan Bib la pou w ofri vizitè w yo kòm yon kado Bondye.




Sòm 121:8

L'ap pwoteje ou kit w'ap antre, kit w'ap sòti, depi kounyeya ak pou tout tan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Filipyen 4:19

Bondye ki rich anpil la va ban nou tou sa nou bezwen nan Jezikri.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jenèz 18:1-3

Senyè a parèt devan Abraram bò pye bwadchenn Manmre yo. Abraram te chita nan papòt kay li, lè ki te fè pi cho nan lajounen an. Yonn nan vizitè yo di l: — Mwen gen pou m tounen isit la, lè konsa lanne k'ap vini an. Lè sa a, Sara, madanm ou, ap gentan gen yon pitit gason. Sara menm te kanpe nan papòt la dèyè Abraram, li t'ap koute. Abraram ak Sara te fin vye granmoun. Yo te antre nan laj. Sara te sispann gen lalin li. Sara tonbe ri nan kè l, li t'ap di: — Kounyeya, kalite jan m fin vye a, ou kwè lide m ta sou gason toujou! Epitou, mari mwen, mèt mwen, fin granmoun! Senyè a di Abraram: — Sa ki gen la a atò pou Sara ri konsa a, pou l'ap di nan kè li: O wi, ou kwè m'ap janm rive fè pitit pou jan mwen fin granmoun nan! Bon. Eske gen kichòy ki twòp la a pou Mèt la fè? Sou dat mwen fikse a, m'a tounen pase wè ou ankò. Lè sa a, Sara va gen yon pitit gason. Sara te pè, li t'ap plede, li t'ap di: — Mwen pat ri non! Men Senyè a di l: — Men wi, machè, ou te ri. Mesye yo leve, yo pati, yo mete tèt sou Sodòm. Yo rive kote yo te ka voye je yo gade anba pou wè Sodòm. Abraram menm t'ap mache ak yo. Li t'ap kondi yo mete pi devan sou wout la. Senyè a di nan kè l: — Mwen pa kapab kache Abraram sa m pral fè a. Pitit pitit li yo pral tounen yon gwo nasyon ki va gen pouvwa. Gremesi Abraram, tout nasyon sou latè pral jwenn benediksyon. Mwen te chwazi l pou l te pase pitit li yo ak tout rès fanmi l k'ap vin apre li yo lòd pou yo mache nan chemen Senyè a met devan yo, pou yo fè sa ki kòrèk ak sa ki dwat devan Bondye. Se konsa m'a fè pou li tou sa mwen te pwomèt li a. Abraram leve je l, li rete konsa li wè twa mesye kanpe devan li toupre pyebwa yo. Wè li wè yo, li leve nan papòt la, li kouri al jwenn yo, li bese tèt li jouk atè pou l di yo bonjou. Apre sa, Senyè a di: — Se pa ti kras bagay y'ap di sou moun Sodòm ak moun Gomò, paske peche moun sa yo lou anpil. M'ap desann pou m wè ak je mwen si sa y'ap di sou yo a se vre. Si se pa vre, m'a konnen. Mesye yo pati, yo mete tèt sou Sodòm. Men, Senyè a te rete ak Abraram. Abraram pwoche bò kote Senyè a, li mande l: — Eske se vre ou pral touye inonsan yo ansanm ak koupab yo? Si gen senkant moun inonsan nan lavil la, eske w'ap detwi tout lavil la? Eske ou p'ap fè pa lavil la poutèt senkant inonsan sa yo? Aa! Pou di w'ap fè inonsan peri ak koupab? Se pa posib. Ou pa ka fè sa. Se lenjistis pou inonsan gen menm sò ak koupab. Non, sa pa ka fèt. Bondye k'ap jije tout moun sou tè a pa ka nan fè lenjistis. Senyè a reponn: — Si mwen jwenn senkant inonsan nan lavil Sodòm, m'ap fè pa tout lavil la, poutèt senkant inonsan sa yo. Abraram pale ankò, li di: — Eskize m wi! Senyè, si m penmèt mwen pale ankò. Se moun ase mwen ye, mwen pa gendwa di ou anyen. Men, si se karannsenk moun inonsan sèlman ou jwenn, eske ou pral detwi tout lavil la paske manke senk pou fè senkant lan? Senyè a reponn: — Si mwen jwenn karannsenk inonsan sèlman, mwen p'ap detwi lavil la. Abraram pale ankò, li di: — Ou pa janm konnen, ka gen karant inonsan ase? Senyè a reponn: — Si gen karant inonsan, mwen p'ap detwi lavil la. Li di: — Mèt, tanpri. Pa pase devan lakay mwen san ou pa fè yon ti rete. Se sèvitè ou mwen ye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Egzòd 20:12

Respekte manman nou ak papa nou pou nou ka viv lontan nan peyi Senyè a, Bondye nou an, ban nou an.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
3 Jan 1:2

Gayis monchè, mwen swete tout bagay ap mache byen pou ou. Mwen swete ou an sante nan kò ou tankou ou an sante nan lespri ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 5:12

(13) Paske ou menm Senyè, ou beni moun ki obeyi ou. Ou kouvri yo avèk favè ou, w'ap kanpe bò kote yo pou pran defans yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Levitik 19:34

Se pou nou aji ak yo menm jan nou gen pou nou aji ak moun natif natal peyi a. Se pou nou renmen yo tankou nou renmen pwòp tèt pa nou. Pa bliye nou menm tou yon lè nou te rete nan peyi Lejip ki pat peyi pa nou! Se mwen menm ki Senyè a, Bondye nou an!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Detewonòm 10:19

Se pou nou renmen moun lòt nasyon sa yo tou paske yon lè se sa nou te ye nan peyi Lejip la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Samyèl 20:12-15

Lèfini, Jonatan di David konsa: — Mwen pran Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la, pou temwen. Denmen lè konsa, mwen pral mande papa m sa ki genyen. M'ap fè menm bagay la tou apre denmen. Si mwen wè li pa gen okenn move santiman nan kè li pou ou, m'ap voye komisyon ba ou. Men, si li fè lide pou li touye ou, mwen mande Bondye pou l ban mwen pi gwo pinisyon ki genyen, si mwen pa voye komisyon ba ou pou ou chape kò ou. Mwen mande pou Senyè a toujou la avè ou, menm jan li te konn kanpe la avèk papa m. Bon, kounyeya menm, si lè sa a mwen pako mouri, tanpri kenbe pwomès ou te fè m devan Bondye a. Pa lage m. Toujou aji byen ak moun lakay mwen. Menm lè Senyè a va fin disparèt tout lènmi ou yo sou latè,

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Samyèl 25:6

Men sa n'a di l: David, frè-ou, voye bonjou pou ou ak pou tout moun lakay ou. Li swete tout bagay ap mache byen lakay ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Samyèl 9:7

David di l konsa: — Ou pa bezwen pè. Mwen pral aji byen avè ou poutèt Jonatan, papa ou. M'ap renmèt ou tout tè ki te pou Sayil, granpapa ou. Lèfini, chak jou w'a vin manje sou tab avè m.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 15:13

Mwen mande Bondye ki bay espwa a pou l fè kè nou kontan nèt, pou l fè kè nou poze ak konfyans nou gen nan li a. Se konsa espwa nou va toujou ap grandi ak pouvwa Sentespri a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 13:20-21

Men sa m'ap mande Bondye pou nou, li menm ki te fè Jezi, Gran Gadò mouton yo, leve sòti vivan pami mò yo. Jezi se Senyè nou an ki te mouri pou l te ka siyen kontra ki la pou tout tan an ak san li. M'ap mande Bondye ki bay kè poze a pou l fè nou favè sa a, pou nou fè tou sa ki byen, pou n kapab fè volonte li. M'ap mande l tou pou l fè travay ki fè l plezi nan nou, gremesi Jezikri. Tout lwanj lan pou Jezikri pou tout tan tout tan. Amèn.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Samyèl 19:38

Wa a reponn li: — Bon. M'ap pran l avè m. M'a fè pou li tou sa ou menm w'a wè ki bon pou li. Nenpòt kisa w'a mande m, m'a fè l pou ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Wa 19:5-7

Li lage kò l anba pye bayawonn lan. Dòmi pran l. Antan l nan dòmi an, yon zanj vin souke l, li di l konsa: — Leve ou manje! Eli voye je l gade bò kote l, li wè yon ti pen plat tankou sa yo kwit sou chabon dife ak yon krich dlo bò tèt li. Li manje, li bwè. Lèfini, li kouche, li dòmi ankò. Zanj Senyè a tounen yon dezyèm fwa, li souke Eli, li leve l, li di l: — Leve ou manje, paske vwayaj la pral long anpil pou ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 41:1-3

(2) Ala bon sa bon pou moun ki pran ka pòv yo! Senyè a va delivre l lè l'a nan tray. (11) Men ou menm, Senyè, gen pitye pou mwen. Mete m sou de pye m ankò, pou m ka ba yo sa yo merite. (12) M'a konnen ou kontan avè m vre si m wè lènmi m yo pa banboche sou do m. (13) Wi, w'ap soutni m, paske mwen pa fè anyen ki mal. W'ap fè m kanpe la devan ou pou tout tan. (14) Ann fè lwanj Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la. Ann fè lwanj li pou tout tan. Amèn! Se vre! (3) Senyè a va pwoteje l, li p'ap kite l mouri. L'ap fè l viv ak kè kontan sou latè, li p'ap lage l nan men lènmi l yo pou yo fè sa yo vle avè l. (4) Senyè a va ba l fòs lè maladi fè l pran kabann. Senyè a va ba l gerizon lè li malad kouche.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Nonb 6:24-26

Se pou Senyè a beni nou, se pou l pran swen nou. Se pou Senyè a fè nou santi li la avèk nou, se pou l gen pitye pou nou. Se pou Senyè a fè nou wè jan li renmen nou, se pou l ban nou kè poze.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 68:6

(7) Moun ki san fanmi yo, li ba yo fanmi. Li fè prizonye yo sòti nan prizon, li fè kè yo kontan. Men, pou moun k'ap kenbe tèt avè l yo, y'ap rete nan prizon.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 82:3-4

Pran defans pòv malere yo ak timoun ki san papa yo! Pran defans malere yo ak moun ki san sekou yo! Delivre pòv malere ak endijan yo! Delivre yo anba men mechan yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 18:24

Gen zanmi se pran yo vin pran. Men, gen zanmi tou yo plis pase frè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 25:17

Konsa tou, pa al rann vizit twò dri lakay zanmi ou, pou li pa bouke avè ou, pou l pa rayi ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 58:7

Separe sa nou genyen ak moun ki grangou. Louvri pòt resevwa malere ki pa gen kote pou yo dòmi. Si nou wè pwochen nou touni, ba li rad pou li mete. Pa refize lonje men sekouri pwochen ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jeremi 22:16

Li te defann kòz pòv malere yo. Tout bagay te mache byen pou li. Se sa ki rele konnen Senyè a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezekyèl 34:16

M'ap chache sa ki pèdi yo. Sa ki gaye kite bann yo, m'ap fè yo tounen pran plas yo. M'ap panse sa ki blese yo. Sa ki malad yo, m'ap geri yo. Men sa ki gra yo, sa ki byen gwo yo, m'ap touye yo. M'ap swen mouton mwen yo jan mwen dwe swen yo a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 5:42

Bay lè moun mande ou. Pa refize prete moun ki mande ou prete.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 10:42

Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Nenpòt moun ki va bay yonn nan ti piti sa yo menm yon gode dlo frèt paske se disip mwen li ye, moun sa a p'ap pèdi rekonpans li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 18:20

Paske, chak fwa de ou twa moun mete tèt yo ansanm nan non mwen, m'ap la nan mitan yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 25:35-40

Mwen te grangou, nou te ban m' manje. Mwen te swaf, nou te ban m' bwè. Mwen te etranje, nou te resevwa mwen byen lakay nou. Mwen te touni, nou te ban m' rad. Mwen te malad, nou te pran swen m'. Mwen te nan prizon, nou te vizite m'. — Lè sa a, moun ki te fè byen yo va reponn li: Mèt, kilè nou te wè ou grangou pou n te ba ou manje? Kilè nou te wè ou swaf dlo pou nou te ba ou bwè? Kilè ou te etranje jouktan nou te resevwa ou lakay nou an? Kilè ou te touni, nou te gentan ba ou rad la? Kilè nou te wè ou malad, osinon nan prizon, pou n te al wè ou? Men sa ki te gen bon konprann yo te pote yon boutèy plen gaz ansanm ak lanp yo. Wa a va reponn yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: chak fwa nou te fè sa pou yonn nan pi piti pami frè m yo, se pou mwen nou te fè li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Mak 12:31

Men dezyèm kòmandman an: Se pou ou renmen frè parèy ou tankou ou renmen pwòp tèt pa ou. Pa gen lòt kòmandman ki pi konsekan pase sa yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 6:31

Tou sa nou va vle lòt moun fè pou nou, fè l pou yo tou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 10:33-35

Men, yon moun peyi Samari ki t'ap vwayaje sou menm wout la rive bò kote nonm lan. Kè l fè l mal lè li wè nonm lan. Li pwoche kote l, li vide lwil ak diven sou blese l yo, li panse yo. Apre sa, li mete nonm lan sou bèt li te moute a. Li mennen l nan yon lotèl kote li pran swen li. Nan denmen, li rale kòb nan pòch li, li bay mèt lotèl la, epi li di li: Okipe nonm sa a pou mwen. Lè m tounen isit la ankò m'a renmèt ou tout depans ou va fè anplis pou li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 14:12-14

Jezi pale ak moun ki te envite l la. Li di li: — Lè w'ap fè yon fèt, piti ou gwo, pa envite ni zanmi ou, ni frè ou, ni fanmi ou, ni vwazen ou yo ki rich. Paske, yon lè y'a envite ou tou. Konsa, se tankou si yo ta renmèt ou sa ou te fè a. Men, lè w'ap fè yon fèt, envite pòv yo, enfim yo, moun k'ap bwete, moun avèg yo. Konsa, se va yon benediksyon, paske yo p'ap kapab rann ou laparèy. Se Bondye ki va renmèt ou sa lè tout moun ki fè byen yo va leve sòti vivan nan lanmò.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 19:10

Moun Bondye voye nan lachè a vin chache sa ki te pèdi pou l delivre yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jan 13:14-15

Si mwen menm ki Senyè, mwen menm ki Mèt, mwen lave pye nou, konsa tou, nou menm, se pou nou yonn lave pye lòt. Mwen ban nou yon egzanp pou nou ka fè menm bagay mwen te fè pou nou an.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Travay 9:36-39

Nan lavil Jope te gen yon fanm yo te rele Tabita. (Nan lang grèk yo te rele l Dòkas, ki vle di: Ti Gazèl.) Se te yon patizan Jezi li te ye. Li t'ap pase tout tan li ap fè byen epi li t'ap ede pòv yo anpil. Lè sa a, li tonbe malad epi li mouri. Yo benyen kò a epi yo espoze li anlè nan chanmòt la. Lavil Jope pat twò lwen ak lavil Lida. Lè disip ki te Jope yo vin konnen Pyè te Lida, yo voye de moun bò kote l avèk mesay sa a: — Tanpri, pa mize vin lakay nou. Pyè pati lamenm avèk yo. Lè l rive, yo mennen l nan chanm ki te anwo kay la. Tout vèv yo pwoche, yo t'ap kriye. Yo t'ap moutre l chemiz ak rad Dòkas te konn fè lè l te la avèk yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Travay 10:1-2

Nan lavil Sezare te gen yon nonm ki te rele Kònèy. Li te kaptenn yon batayon sòlda moun peyi Itali nan lame women an. Grangou bare l, li te anvi manje. Pandan yo t'ap pare manje pou li, li fè yon vizyon: Li wè syèl la louvri epi yon bagay t'ap desann sòti ladan li. Bagay la te tankou yon gwo dra mare nan kat bout li ki t'ap file desann sou latè. Te gen tout kalite bèt kat pat, tout kalite bèt ki trennen sou vant ak tout kalite zwazo ladan li. Li tande yon vwa ki di l konsa: — Leve non, Pyè. Touye, lè ou fini, manje. Men, Pyè di: — Non, Mèt. Mwen pa janm manje move manje ni manje ki pa bon pou moun k'ap sèvi Bondye. Menm vwa a pale ankò, li di li: — Bagay Bondye di ki bon pou moun k'ap sèvi l, ou menm, pa di l pa bon. An twa fwa sa repete. Apre sa, lamenm bagay la moute tounen nan syèl la. Pyè menm pat konn ki sans pou l te bay vizyon li te fè a. Men, tout tan sa a, moun Kònèy te voye yo t'ap mande ki bò kay Simon an te ye. Yo te rive devan pòt la. Yo rele moun, epi yo mande: — Eske se isit Simon yo rele Pyè a fè ladesant li? Pyè t'ap kalkile toujou sou sans pou l te bay vizyon an, lè Sentespri di li: — Koute. Gen twa moun anba a k'ap mande pou ou. Kònèy te yon nonm ki t'ap sèvi Bondye jwif yo. Li menm ak tout fanmi l, yo te gen krentif pou Bondye. Li te fè anpil pou pòv yo pami pèp jwif la. Epi se tout tan li t'ap lapriyè Bondye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Travay 16:15

Li resevwa batèm, li menm ansanm ak tout fanmi li. Apre sa, li envite nou vin lakay li. Li di nou: — Se pou n vini, se pou n fè ladesant lakay mwen, si nou kwè mwen mete konfyans mwen tout bon nan Senyè a. Se konsa li fòse nou rete lakay li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 12:13

Bay moun k'ap viv pou Bondye yo konkou lè nou wè yo nan bezwen. Resevwa moun ki vin lakay nou byen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 15:1-2

Nou menm ki fò nan konfyans nou nan Bondye, se pou nou ede sa ki fèb yo pote feblès yo. Nou pa dwe ap chache sa ki fè nou plezi sèlman. Liv la di ankò: Nou menm moun lòt nasyon yo, fè kè nou kontan ansanm avèk pèp Bondye chwazi a. Li di ankò: Fè lwanj Mèt la, nou menm moun lòt nasyon yo! Wi, se pou tout pèp yo fè lwanj li! Ezayi di tou: Li gen pou l vini, pitit pitit Izayi a. Li va parèt pou gouvènen lòt nasyon yo. Nasyon yo va mete espwa yo nan li. Mwen mande Bondye ki bay espwa a pou l fè kè nou kontan nèt, pou l fè kè nou poze ak konfyans nou gen nan li a. Se konsa espwa nou va toujou ap grandi ak pouvwa Sentespri a. Frè m yo, mwen gen fèm konviksyon nou gen kont bon santiman nan kè nou, nou gen kont konesans sou nou pou yonn ka bay lòt konsèy. Men, mwen pèmèt mwen ekri nou sou anpil pwen pou rafrechi memwa nou. Mwen pèmèt mwen fè sa poutèt favè Bondye fè mwen an, pou m te sèvi Jezikri pandan m'ap travay nan mitan moun lòt nasyon yo. Lè m'ap fè konnen Bòn Nouvèl Bondye a, se yon sèvis apa pou Bondye m'ap rann, pou moun lòt nasyon yo ka tounen yon ofrann ki fè Bondye plezi, yon ofrann yo mete apa pou Bondye ak pouvwa Sentespri a. Se pou sa, mwen gendwa kontan nèt pou travay m'ap fè ansanm ak Jezikri pou Bondye. Wi, m'ap penmèt mwen fè nou konnen sèlman sa Kris la te fè m fè ak sa li te fè m di, avèk fòs mirak ak bèl bagay ak pouvwa Lespri Bondye a. Tou sa, pou mennen moun lòt nasyon yo vin nan pye Bondye pou obeyi li. Se konsa, depi lavil Jerizalèm jouk nan peyi Iliri, mwen pa manke mache bay Bòn Nouvèl ki pale sou Kris la toupatou. Okontrè, se pou nou chak chache fè frè parèy nou plezi pou byen l, konsa n'a fè l grandi nan konfyans li nan Bondye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 12:25-26

Konsa, pa gen divizyon nan kò a. Men tout manm yo, yonn pran swen lòt menm jan an. Si yon manm nan kò a ap soufri, tout lòt yo ap soufri avè l tou. Si yon manm resevwa lwanj, tout lòt yo kontan avèk li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Korent 9:12-13

Se pou nou konn sa byen: sèvis n'ap rann lè nou bay lajan sa a, se pa sèlman pou bay moun pèp Bondye sa yo bezwen. Men, akòz sèvis sa a, anpil moun pral lapriyè Bondye pou di l mèsi. Sèvis sa a ap fè yo wè ki kalite moun nou ye. Yo pral fè lwanj Bondye, paske sekou sa a pral fè yo wè jan nou soumèt, jan nou kwè nan bòn nouvèl ki pale sou Kris la. Y'a fè lwanj Bondye tou pou jan nou separe byen nou yo ak yo ansanm ak tout lòt yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Galat 6:2

Se pou nou yonn ede lòt pote chay yo. Se konsa n'a obeyi lalwa Kris la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Galat 6:10

Se sa k fè, toutotan nou jwenn okazyon, ann fè byen pou tout moun, sitou pou frè ak sè nou yo ki gen menm konfyans ak nou nan Bondye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Efezyen 4:32

Okontrè, se pou nou aji byen yonn ak lòt, se pou nou gen bon kè yonn pou lòt, pou nou yonn padonnen lòt, menm jan Bondye te padonnen nou nan Kris la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Filipyen 2:3-4

Pa fè anyen nan lide pou fè tèt nou pase pou pi bon, ni pou fè lwanj tèt nou. Men, soumèt nou devan Bondye. Mete nan tèt nou lòt yo pi bon pase nou. paske li te prèt pou mouri nan travay Kris la, li riske lavi li pou li te ka ban mwen konkou nou pa te la pou ban mwen. Piga pèsonn chache enterè pa l ase. Se pou l chache sa ki bon pou lòt yo tou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Kolosyen 3:12-14

Nou tout nou fè pati pèp Bondye a: se li menm ki te renmen nou, ki te chwazi nou pou n ka viv pou li. Se poutèt sa, se pou nou gen kè sansib anpil, pou n aji byen yonn ak lòt, san lògèy, avèk anpil dousè, anpil pasyans. Se pou nou yonn sipòte lòt, pou nou yonn padonnen lòt si nou gen kont yonn ak lòt. Wi, se pou yonn padonnen lòt, menm jan Kris la te padonnen nou. Men, anvan tout bagay, se pou nou gen renmen ki tankou yon kòd k'ap mare nou ansanm yonn ak lòt.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Tesalonisyen 5:14

M'ap mande nou tou, frè m yo, pou nou rele dèyè moun k'ap fè parese yo. Ankouraje sa ki yon ti jan frèt yo, ede sa ki fèb yo. Se pou nou pran pasyans ak tout moun.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Timote 5:10

Se pou tout moun konnen tou sa li te fè ki byen: tankou si li elve pitit li yo byen, si l konn resevwa moun byen lakay li, si l konn lave pye moun pèp Bondye a, si l ede malere yo, si l fè tout lòt kalite byen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Tit 3:14

Se pou moun nou yo aprann fè sa ki byen tou, pou yo bay lè gen ka nesesite. Yo pa fèt pou y'ap viv konsa san yo pa bay anyen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 10:24-25

Se pou nou yonn veye sou lòt pou yonn ka ede lòt gen renmen nan kè yo, pou yonn ka ankouraje lòt nan sa ki byen. Pa pran egzanp sou moun ki pran abitid pa vin nan reyinyon nou yo. Okontrè, se pou yonn ankouraje lòt fè sa, kounyeya pi plis pase anvan, paske nou wè jou Senyè a ap pwoche.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 13:1-2

Se pou nou toujou yonn renmen lòt tankou frè k'ap viv ansanm nan Kris la. Nou gen yon lotèl ki pa nou. Prèt k'ap sèvi nan tanp jwif yo pa gendwa manje nan vyann ofrann bèt nou fè sou lotèl sa a. Lè y'ap fè ofrann bèt pou touye pou peche yo, se san an ase granprèt jwif la pote pou ofri nan kote ki apa pou Bondye a. Men, yo boule kò bèt yo lòt bò pòtay lakou kote moun yo rete a. Se poutèt sa, Jezi te mouri lòt bò pòtay lavil la, pou l te ka mete pèp la nan kondisyon pou yo fè sèvis Bondye ak pwòp san pa li ki te koule. Nou menm tou, ann sòti al jwenn li lòt bò pòtay lakou a pou n soufri menm wont la ansanm ak li. Paske nou pa gen sou latè yon lavil ki la pou tout tan. N'ap chache lavil ki gen pou vini an. Gremesi Jezikri, sèl ofrann san n'ap ofri bay Bondye a, se lwanj n'ap ba li tout tan. Se tout tan pou non l nan bouch nou. Pa bliye, se pou nou fè sa ki byen, se pou nou yonn ede lòt. Se ofrann konsa ki fè Bondye plezi. Obeyi chèf nou yo, soumèt devan yo. Se tout tan y'ap veye sou nanm nou paske yo gen pou yo rann Bondye kont pou travay yo. Si nou obeyi yo, y'a fè travay yo ak kè kontan. Men, si nou pa obeyi yo, y'a fè l ak kè sere. Lè sa a, p'ap gen okenn avantaj pou nou. Pa sispann lapriyè pou mwen. Mwen sèten mwen gen konsyans mwen anpè. Paske mwen vle fè sa ki byen nan tout sikonstans. M'ap mande nou pou nou lapriyè toutespre pou Bondye ban m okazyon tounen vin jwenn nou anvan lontan. Chonje se devwa nou pou nou byen resevwa moun ki vin lakay nou. Se konsa, gen moun ki resevwa zanj Bondye lakay yo san yo pa konn sa.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jak 1:27

Men jan pou nou sèvi Bondye Papa a si nou vle sèvi li yon jan ki dakò ak volonte Bondye, yon jan ki bon tout bon devan li: Pote sekou bay òfelen san papa yo. Bay vèv yo lasistans lè yo nan lafliksyon. Pa mele nan move bagay k'ap fèt sou latè pou nou pa pèdi kondisyon nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Jan 3:17-18

Si yon moun gen dekwa viv, li wè yon frè nan nesesite epi li pa lonje men ba li, kouman yon moun konsa ka pretann li renmen Bondye. Pitit mwen yo, piga nou renmen sèlman nan bouch, nan bèl diskou ak bèl pawòl. Se pou nou renmen tout bon vre. Se pou tout moun wè jan nou renmen lè yo wè sa n'ap fè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 119:63

Mwen se zanmi tout moun ki gen krentif pou ou, zanmi tout moun k'ap swiv lòd ou yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 138:8

W'a fin fè sa ou te konmanse fè pou mwen an. Senyè, ou p'ap janm sispann renmen nou. Pa vire do ou kite travay ou konmanse fè a!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 3:27-28

Pa refize fè byen pou moun ki nan nesesite, chak fwa ou santi ou ka fè sa. Si ou gen dekwa pou bay, pa di pwochen ou: Ale non! Tounen denmen, ou va jwenn kichòy!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 11:25

Lè ou bay ak kè kontan, ou p'ap janm manke anyen. Lè ou manje ak moun, ou pa janm rete grangou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 17:17

Yon bon zanmi p'ap janm trayi. Jou malè l'ap tankou yon frè pou ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Eklezyas 3:1

Gen yon lè pou chak bagay. Gen yon tan fikse pou chak bagay k'ap fèt sou latè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Eklezyas 4:10

Si yonn tonbe, lòt la va ba l men pou l leve. Men, malè pou moun k'ap viv pou kont li! Si l tonbe, p'ap gen moun pou ba l men.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 61:1

Lespri Bondye, Senyè a, desann sou mwen. Paske Senyè a chwazi m, li voye m pou m anonse bòn nouvèl la bay moun ki nan lapenn yo, pou m geri tout moun k'ap soufri yo, pou m fè tout moun yo te depòte yo konnen yo delivre, pou m fè tout prizonye yo konnen pòt prizon louvri pou yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 9:36

Lè Jezi wè tout bann moun sa yo, kè l fè l mal pou yo paske li wè yo te bouke, yo te dekouraje, tankou yon bann mouton san gadò.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 11:28-30

— Vini jwenn mwen, nou tout ki bouke, nou tout ki anba chay, m'a soulaje nou. Pran jouk mwen, mete l sou zepòl nou. Pran leson nan men mwen. Paske mwen dou, mwen toujou soumèt mwen tout bon devan Bondye. Konsa, n'a viv ak kè poze. — Eske se ou ki moun nou konnen ki gen pou vini an, osinon eske nou dwe tann yon lòt? Paske, jouk m'ap ban nou an fasil pou pote, chay m'ap ban nou an pa lou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 12:20

Li p'ap fin kase pye wozo ki panche a. Li p'ap tenyen lanp ki prèt pou mouri a. L'ap fè sa konsa, jouk tan li va fè jistis Bondye a kanpe nèt.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 18:15-17

— Si frè ou fè ou yon bagay ki mal, ale jwenn li, rele l apa. Fè l wè sa li fè a mal. Si li koute ou, se mete w'a mete frè ou ankò sou bon chemen. Men, si li pa vle koute ou, pran yonn osinon de lòt moun avè ou. Konsa, tout bagay va regle sou depozisyon de osinon twa temwen. Si l refize koute yo tou, lè sa a w'a di legliz la sa. Si l refize koute legliz la, ou mèt gade l tankou yon etranje pou ou, tankou yon pèseptè kontribisyon.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 4:18

Lespri Bondye a sou mwen. Li chwazi m pou m anonse bòn nouvèl la bay pòv yo. Li voye m pou m fè tout prizonye yo konnen yo lage, pou m fè tout avèg yo konnen yo kapab wè ankò, pou m delivre moun y'ap maltrete yo,

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 7:13

Lè Jezi wè vèv la, kè l fè l mal pou li, li di li: — Pa kriye, tande!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jan 15:12-13

Men kòmandman m'ap ban nou: Se pou nou yonn renmen lòt menm jan mwen renmen nou. Pa gen pi bon jan pou ou moutre jan ou renmen zanmi ou pase lè ou bay lavi ou pou yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Travay 2:44-45

Tout moun ki te kwè yo t'ap viv ansanm yonn ak lòt. Yo te mete tou sa yo te genyen ansanm. Yo vann tè yo ak tout byen yo, yo separe lajan an pami yo tout, dapre nesesite chak moun.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Travay 4:32-35

Tout moun ki te kwè yo te fè yon sèl kò, yo te gen menm santiman yonn pou lòt, yo te gen yon sèl lide yonn anvè lòt. Pèsonn pat di byen li yo te pou tèt pa l ase, men tou sa yonn te genyen te pou tout moun. Se avèk anpil pouvwa apot yo t'ap bay prèv kijan Bondye te resisite Jezi nan lanmò. Bondye menm te vide benediksyon li ankantite sou yo tout. Pèsonn nan mitan yo pat nan nesesite. Sa ki te gen jaden, sa ki te gen kay, yo vann sa, yo pote lajan an renmèt apòt yo. Apre sa, yo te separe lajan an bay chak moun dapre nesesite yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 16:1-2

Mwen rekòmande nou Febe, yon sè k'ap sèvi nan legliz Sankre a. Di Apelès ki moutre jan li gen konfyans nan Kris la bonjou. Di moun lakay Aristobil yo bonjou. Di Ewòdyon, fanmi m lan, bonjou. Di moun lakay Nasis yo ki kwè nan Senyè a bonjou. Di Trifèn ak Trifòz, de sè k'ap bay kò yo anpil traka pou Senyè a, bonjou. Di Pèsid, bon zanmi m ki te pran anpil fatig pou Senyè a, bonjou. Di Rifis, nonm Bondye chwazi pou sèvis li a, bonjou ansanm ak manman l ki yon manman pou mwen tou. Di Asenkrit, Flegon, Emès, Patwobas, Emas ak tout frè yo ki ansanm ak yo a bonjou. Di Filològ ak Jili, Nere ak sè li a ansanm avèk Olimpas ak tout manm legliz ki la avèk yo, bonjou. Yonn bo lòt pou mwen tankou frè. Tout legliz Kris yo voye bonjou pou nou. M'ap ban nou yon dènye ti konsèy, frè m yo: Veye kò nou ak moun k'ap simen divizyon, k'ap pale kont sa yo te moutre nou an pou fè moun ki kwè yo pèdi tèt yo. Moun konsa, se pa Kris la, Senyè nou an, y'ap sèvi. Se vant yo y'ap sèvi. Y'ap bay bèl pawòl, y'ap fè bèl diskou pou achte figi moun. Se konsa yo pran tèt ti inonsan yo. Pou nou menm, moun lavil Wòm, tout moun konnen jan nou soumèt nou devan Senyè a. Mwen byen kontan pou nou. Men, mwen ta renmen pou nou toujou chache fè sa ki byen, pou nou pa lage kò nou nan fè sa ki mal. Resevwa li nan non Senyè a, jan moun k'ap viv apa pou Bondye yo dwe fè l yonn pou lòt. Ede l nan tou sa li ka bezwen, paske li menm li deja ede anpil moun lèfini li te ede m anpil tou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Korent 8:4

se yo menm menm ki mande, se yo menm menm ki plede ak nou pou nou ba yo privilèj patisipe nan sekou n'ap voye pou manm pèp Bondye nan peyi Jide a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Korent 9:7

Se pou chak moun bay jan yo te deside nan kè yo, san yo pa regrèt anyen, san moun pa bezwen fòse yo, paske Bondye renmen moun ki bay ak kè kontan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Filipyen 1:3-5

Mwen di Bondye mwen an mèsi pou nou chak fwa lide m frape sou nou. Batay n'ap mennen an, se menm batay la m'ap mennen tou. Se menm batay nou te wè m'ap mennen nan tan lontan an. Se li menm m'ap mennen jouk kounyeya, jan nou konnen an. Chak fwa m'ap lapriyè tou pou nou, mwen fè l ak kè kontan, poutèt jan nou te ede m gaye bòn nouvèl la, depi premye jou a jouk kounyeya.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Filipyen 4:15-16

Nou menm, moun lavil Filip, nou byen konnen sa m pral di nou la a. Lè mwen kite peyi Masedouàn, lè yo te fenk konmanse ap pibliye bòn nouvèl la, se nou menm sèl legliz ki te ede mwen. Se nou menm sèl ki te separe sa nou genyen avè m pou sa m te fè pou nou. Lè m te lavil Tesalonik, an de fwa nou voye sa m te bezwen ban mwen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Tesalonisyen 1:2-3

Se tout tan n'ap di Bondye mèsi pou nou tout. Nou pa janm bliye nou lè n'ap lapriyè. Devan Bondye Papa nou, mwen toujou chonje jan n'ap viv byen paske nou gen konfyans nan Bondye, jan n'ap travay di paske nou gen renmen nan kè nou, jan nou rete fèm nan espwa nou gen nan Jezikri, Senyè nou an.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Tesalonisyen 1:3

Se yon devwa pou nou pa janm sispann di Bondye mèsi pou nou, frè mwen yo. Wi, se devwa nou pou nou fè li vre. Paske konfyans nou nan Bondye ap grandi anpil. Renmen nou gen yonn pou lòt la ap grandi plis toujou tou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 3:13

Okontrè, chak jou, se pou nou yonn ankouraje lòt toutotan n'ap viv nan epòk Liv la rele jòdi a. Piga nou yonn kite peche detounen nou, pou lè sa a nou pa rive nan kenbe tèt ak Bondye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 6:10

Paske, Bondye pa mechan pou l ta bliye travay nou fè, ni renmen nou moutre nou gen pou li, lè nou t'ap rann moun k'ap viv pou li yo anpil sèvis, sèvis n'ap rann yo jouk kounyeya toujou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Pyè 5:14

Bò pa nou, yonn di lòt bonjou pou mwen, yonn bo lòt tankou frè ak frè. Mwen mande pou nou tout k'ap viv ansanm nan Kris la, pou nou gen kè poze.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 107:2

Wi, moun Senyè a delivre, se sa pou yo di! Li te delivre yo anba men lènmi yo,

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 133:1

(1b) Ala bèl bagay, ala bon sa bon lè frè ak frè ap viv ansanm!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 14:21

Se yon peche ou fè lè ou meprize frè parèy ou. Men, ala bon sa bon pou moun ki gen pitye pou pòv malere!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 14:31

Lè w'ap peze pòv malere, se Bondye ki fè l la w'ap derespekte. Men, lè ou aji byen ak pòv, se pi bèl sèvis ou ka rann Bondye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 19:17

Lè ou bay pòv lacharite, se Bondye ou prete. Se li menm ki va renmèt ou sa.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 58:10

si nou manje ak moun ki grangou, si nou plen vant moun ki nan nesesite, limyè va klere pou nou nan mitan fènwa. Lannwit va fè klè pou nou tankou gwo midi.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 61:3

pou m'bay moun Siyon ki nan lafliksyon yo kè kontan nan plas lapenn yo, kontantman nan plas kè sere yo. Yon chante remèsiman nan bouch yo nan plas yon chante lapenn. Yo pral grandi tankou gwo pyebwa nan jaden Senyè a te plante ak men li. Yo pral fè sa ki dwat devan Bondye pou tout moun ka fè lwanj bèl pou vwa li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 25:40

Wa a va reponn yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: chak fwa nou te fè sa pou yonn nan pi piti pami frè m yo, se pou mwen nou te fè li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 10:36-37

Apre sa, Jezi di nonm lan: — Dapre ou, nan twa mesye sa yo, kilès ki moutre li se pwochen nonm ki te tonbe anba men ansasen yo? Dirèktè lalwa a reponn: — Nonm ki te gen pitye pou li a. Jezi di li: — Ale, fè menm bagay la tou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jan 13:34-35

Men, m'ap ban nou yon kòmandman nouvo: Se pou nou yonn renmen lòt. Wi, se pou nou yonn renmen lòt menm jan mwen renmen nou an. Si nou yonn renmen lòt, lè sa a tout moun va konnen se disip mwen nou ye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Travay 9:36

Nan lavil Jope te gen yon fanm yo te rele Tabita. (Nan lang grèk yo te rele l Dòkas, ki vle di: Ti Gazèl.) Se te yon patizan Jezi li te ye. Li t'ap pase tout tan li ap fè byen epi li t'ap ede pòv yo anpil.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Galat 5:13

Kanta nou menm, frè m yo, Bondye te rele nou pou n te ka gen libète nou. Sèlman, pa pran libète a sèvi eskiz pou nou viv dapre egzijans lachè. Okontrè, se pou nou yonn sèvi lòt nan renmen nou yonn gen pou lòt.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Kolosyen 4:5

Pran prekosyon pou nou aji byen avè moun ki pa kretyen yo. Pa kite okenn chans pase.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Timote 6:18

Mande yo pou yo fè anpil byen, pou yo ka rich devan Bondye. Piga yo chich. Se pou yo toujou pare pou separe sa yo genyen an ak lòt.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Tit 2:14

Li te asepte mouri pou nou pou li te ka delivre nou anba mechanste, pou li te fè nou tounen yon pèp ki nan kondisyon pou sèvi li, ki rele li pa li, epi ki toujou pare pou fè sa ki byen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 13:16

Pa bliye, se pou nou fè sa ki byen, se pou nou yonn ede lòt. Se ofrann konsa ki fè Bondye plezi.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jak 2:15-16

Sipoze gen yon frè osinon yon sè ki touni, ki pa gen manje pou li manje, si yonn nan nou di yo: Ou mèt ale. Chofe kò ou, manje plen vant ou, san li pa ba yo sa yo bezwen, kisa sa ap fè pou yo?

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Pyè 4:10

Chak moun dwe pran kado Bondye ba yo a pou yo rann lòt yo sèvis. Konsa, tankou bon jeran, n'a pran kado Bondye yo, ki divès kalite, n'a fè yo travay.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 146:9

Senyè a pwoteje etranje k'ap viv nan peyi a. L'ap pran swen vèv yo ak òfelen san papa yo. Men li detounen plan mechan yo gen nan tèt yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 27:10

Pa janm bliye zanmi ou, ni zanmi papa ou. Lè zafè ou pa bon, pa al lakay frè ou. Yon bon vwazen pi bon pase yon frè ki lwen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 25:35

Mwen te grangou, nou te ban m' manje. Mwen te swaf, nou te ban m' bwè. Mwen te etranje, nou te resevwa mwen byen lakay nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 14:13

Men, lè w'ap fè yon fèt, envite pòv yo, enfim yo, moun k'ap bwete, moun avèg yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Jan 1:7

Men, si n'ap viv nan limyè menm jan li menm Bondye li nan limyè, lè sa a se tout bon n'ap viv ansanm yonn ak lòt. Jezi, Pitit Bondye a, va netwaye nou ak san li anba tout peche nou yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi

Lapriyè bay Bondye

Seyè, non ou sen e li fè moun respekte w, pa gen anyen ki ka konpare ak sentete w. Papa Sen, ou se yon Bondye bèl bagay, plen mizèrikòd. Mèsi pou moun ki vizite kay mwen yo, mèsi pou kè ou voye lakay mwen pou beni m oswa pou fanmi mwen beni yo. Mwen di ou mèsi tou pou chak nouvo zanmi ki pare kè yo pou vin nan legliz ou. Mwen mande w pou ranfòse kè yo, pou yo tonbe damou pi plis chak jou ak prezans ou, pou yo ka lib nèt anba tout chenn pou yo fè eksperyans yon nouvo nesans, yon rankont pèsonèl avèk ou. Manyen yo, Bondye mwen, ak Sentespri w la, ogmante lafwa yo, pou yo ka pèsevere, rete fèm nan chemen w, pou yo ka donnen fwi repantans. Dirije pa yo, pou depi kounye a yo ka wè glwa w ak puisans ou kèlkeswa kote y ale. Pawòl ou di: "Se konsa, Bondye mwen an ap ban nou tou sa nou bezwen, dapre richès glwa li nan Jezikri." Beni lavi yo ak lavi fanmi yo, ba yo tou sa yo bezwen, mwen deklare vizit sa a pa sèlman yon vizit, men se kòmansman sa ou pral fè nan lavi chak moun. Delivre yo anba malè, anba tout riz ak pyèj lènmi an, pwoteje yo. Nan non Jezi. Amèn!
Swiv nou:

Piblisite


Piblisite