Biblia Todo Logo
Vèsè Biblik
- Piblisite -


VÈSÈ POU ANTEMAN - VELÓRIOS

VÈSÈ POU ANTEMAN - VELÓRIOS

Mwen konnen li difisil lè w pèdi yon moun ou renmen. Li nòmal pou w santi w tris, pou kè w sere. Men, pa kite tristès la pran w twòp tan. Sonje nou genyen Konsolatè nou an, Sentespri a, ki pou konsole nou, ban nou fòs ak kouraj pou nou simonte tristès la.

Kòm kwayan, nou konnen lè nou kite tè sa a, n ap al yon pi bon kote ak Senyè nou an, Jezikri. Nou konnen tou anvan nou rive la, gen anpil moun pa nou ki pral ale anvan nou. Sonje yo nan yon pi bon plas. Fè kè w kontan lè w konnen nanm yo sove.

Bondye kreye nou. Pawòl li di si nou vivan, se pou Senyè a nou vivan, si nou mouri, se pou Senyè a nou mouri. Kit nou vivan, kit nou mouri, se pou Senyè a nou ye. Alò, chèche konsolasyon w nan Bondye, repoze sou li. Mete konfyans ou nan li; li avè w, li vle ba w fòs, li vle konsole nanm ou. Kite Bondye aji nan lavi w.

Jezi di: “Mwen menm, mwen se rezireksyon an, mwen se lavi a. Moun ki mete konfyans yo nan mwen, menm si l' mouri, l'ap viv toujou.” (Jan 11:25)




Jan 11:25

Jezi di li: — Se mwen menm ki leve moun mouri yo, se mwen menm ki bay lavi. Moun ki mete konfyans yo nan mwen, yo gen pou yo viv menm si yo rive mouri.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Tesalonisyen 4:15

Dapre sa Senyè a te moutre m lan, men sa m'ap di nou: Nou menm k'ap vivan toujou lè Senyè a va vini an, nou p'ap pran devan moun ki mouri deja yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 5:4

Benediksyon pou moun ki nan lapenn, paske Bondye va ba yo kouray.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Filipyen 1:21-23

Paske viv pou mwen se Kris, mouri se gany. Men si viv sou tè sa a toujou, sa ap pèmèt mwen akonpli kèk bagay itil, nan ka sa a mwen pa konn sa pou m'chwazi. Mwen anbalan: mwen ta renmen kite tè sa a pou mwen avèk Kris. Sa ta preferab.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Tesalonisyen 4:14-17

Menm jan nou kwè Jezi te mouri epi li te leve sòti vivan ankò a, konsa tou, se pou n kwè tout moun ki te gen konfyans nan li lè yo te mouri, Bondye va fè yo tounen ansanm ak Jezi. Dapre sa Senyè a te moutre m lan, men sa m'ap di nou: Nou menm k'ap vivan toujou lè Senyè a va vini an, nou p'ap pran devan moun ki mouri deja yo. Lè sa a, n'a tande yon gwo lòd pase, n'a tande vwa chèf zanj lan ansanm ak kout klewon Bondye a: epi Senyè a menm va desann sot nan syèl la. Moun ki te mete konfyans yo nan Kris la lè yo te mouri, se yo ki va leve sòti vivan an premye. Apre sa, nou menm ki va vivan toujou lè sa a, y'ap vin pran nou, nou menm ansanm ak moun ki sòti vivan nan lanmò yo, y'ap mete nou sou nyaj yo pou n'al kontre Senyè a anwo a. Konsa, nou tout n'ap toujou ansanm ak Senyè a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jan 14:1-4

Jezi di yo: — Pa kite tèt nou toumante. Mete konfyans nou nan Bondye, mete konfyans nou nan mwen tou. Gen lè ou pa kwè mwen nan Papa a? Ou pa kwè Papa a nan mwen tou? Tout pawòl mwen di nou yo, se pa nan mwen yo sòti. Papa a ki fè yonn ak mwen an, se li menm k'ap fè travay li. Se pou nou kwè m lè m di nou: Mwen nan Papa a, Papa a nan mwen tou. Osinon, se pou nou kwè akòz sa m'ap fè a. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Moun ki mete konfyans li nan mwen, li gen pou l fè tou sa m'ap fè a. L'a menm rive fè pi gwo bagay toujou, paske mwen pral jwenn Papa a. Tou sa n'a mande nan non mwen, m'a fè l' pou nou pou Pitit la ka wè pouvwa Papa a. (Nenpòt kisa n'a mande nan non m, m'a fè l pou nou.) — Si nou renmen m, se pou n obeyi kòmandman m yo. Mwen menm, m'ap mande Papa a ban nou yon lòt pwotektè dekwa pou li toujou la avèk nou. Se Lespri verite a. Sila a lemonn pa ka resevwa a, paske yo pa wè li, ni yo pa konnen li. Men nou menm, nou konnen li paske li la avèk nou epi l'ap nan nou. — Mwen p'ap kite nou pou kont nou: M'ap tounen vin jwenn nou ankò. Anvan lontan ankò, lemonn p'ap wè m, men nou menm n'a wè mwen. Paske m'ap viv, nou menm tou n'ap viv. Lakay Papa a gen anpil kote pou moun rete. Mwen pral pare plas pou nou. Si se pat vre, mwen pa ta di nou sa. Lè jou sa a va rive, n'a konnen mwen nan Papa a, nou menm nou nan mwen, epi mwen menm mwen nan nou. — Moun ki asepte kòmandman m yo, ki obeyi yo, se moun sa a ki renmen mwen. Papa m va renmen moun ki renmen mwen. Mwen menm tou, m'a renmen l, epi m'a fè l wè mwen. Jid (se pa Jida Iskaryòt la non) di l konsa: — Senyè, ki jan pou ou fè nou wè ou san pou moun k'ap viv dapre prensip lemonn yo pa wè ou? Jezi reponn li: — Moun ki renmen m, se li menm ki va fè tou sa m di l fè. Papa m va renmen l tou. Papa m va vin jwenn li ansanm avè m, n'a viv nan li. Moun ki pa renmen m, li p'ap fè tou sa m di l fè. Tou sa nou tande m'ap di a, se pa nan mwen yo sòti, men se nan Papa m ki voye m lan yo sòti. — Mwen di nou tou sa antan m la ankò avèk nou. Men pwotektè a, Sentespri Papa mwen ap voye nan non mwen an, se li menm ki va anseye nou tout bagay. Epi l'a fè nou sonje tou sa mwen te di nou yo. — M'ap ban nou kè poze. M'ap fè kè nou poze nan jan pa mwen. Mwen p'ap fè li pou nou jan sa fèt dapre prensip ki nan lemonn. Pa kite anyen toumante tèt nou, nou pa bezwen pè. Nou tande m di nou: Mwen prale, men m'ap tounen vin jwenn nou. Si nou te renmen m, nou ta kontan konnen mwen pral jwenn Papa a, paske Papa a gen plis pouvwa pase mwen. Mwen tou di nou sa kounyeya anvan bagay sa yo rive, pou lè yo rive nou ka kwè. Lè m'a fin pare plas la pou nou, m'a tounen vin chache nou. Konsa, kote m'a ye a, se la n'a ye tou. Mwen p'ap pale anpil ankò avè nou, paske chèf k'ap dominen lemonn lan ap vini. Li pa gen okenn pouvwa sou mwen. Men, se pou lemonn antye konnen mwen renmen Papa m'. Epi m'ap aji dapre lòd Papa m'pase m'. Wi, annou leve, ann soti la a. Nou konnen chemen ki mennen kote m prale a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jòb 19:25-26

Pou mwen menm, mwen konnen sa fen. Moun k'ap vin defann mwen an, li vivan. Se li menm k'ap kanpe andènye sou latè pou pale pou mwen. Apre mwen fin mouri, l'ap leve mwen kanpe ankò. Ak pwòp je mwen, m'ap wè Bondye mwen an.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Tesalonisyen 4:16

Lè sa a, n'a tande yon gwo lòd pase, n'a tande vwa chèf zanj lan ansanm ak kout klewon Bondye a: epi Senyè a menm va desann sot nan syèl la. Moun ki te mete konfyans yo nan Kris la lè yo te mouri, se yo ki va leve sòti vivan an premye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 15:51-53

M'ap devwale nou yon sekrè: Se pa nou tout k'ap gentan mouri. Men, nou tout nou gen pou n chanje fòm nan yon ti kadè, anvan nou bat je nou, lè dènye kout klewon an va kònen. Paske, lè klewon an va kònen, moun ki te mouri deja yo va leve sòti vivan pou yo pa janm mouri ankò. Apre sa, nou tout nou va chanje fòm. Paske, moun ki gen kò ki fèt pou pouri a, yo gen pou yo resevwa yon lòt kò ki p'ap ka pouri. Moun ki gen kò k'ap mouri a, yo gen pou yo resevwa yon lòt kò ki p'ap janm mouri.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 15:54-57

Lè moun ki gen kò ki fèt pou pouri a va resevwa kò ki p'ap ka pouri ankò a, lè moun ki gen kò k'ap mouri a va resevwa kò ki pa ka mouri a, lè sa a, pawòl ki ekri nan Liv la va rive vre: Pa gen lanmò ankò, nou genyen batay la nèt. Lanmò! Kote batay ou genyen an? Lanmò! Kote pouvwa ou te gen pou fè nou lapenn lan? Se peche ki bay lanmò pouvwa pou fè nou lapenn. Se lalwa a ki bay peche a tout fòs li. Men, ann di Bondye mèsi, li menm ki fè nou genyen batay la sou lanmò gremesi Jezikri, Senyè nou an!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Revelasyon 21:3-4

Mwen tande yon vwa ki t'ap sòti bò fòtèy la, li t'ap di byen fò: — Kounyeya, kay Bondye a se nan mitan moun l'ap ye. L'ap rete nan mitan yo, lèzòm ap yon pèp pou li. Se Bondye menm k'ap viv avèk yo, li va Bondye pou yo. Li gen pou l cheche tout dlo nan je yo. P'ap gen lanmò ankò, yo p'ap nan lapenn ankò, yo p'ap janm plenyen ankò, yo p'ap janm soufri ankò. Tout vye bagay sa yo pral disparèt.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jan 5:24

— Anverite moun ki koute pawòl mwen, ki mete konfyans yo nan moun ki voye mwen an, l'ap gen lavi etènèl. Yo yo p'ap kondannen li. Li deja soti nan lanmò, li antre nan lavi.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jan 5:28-29

Nou pa bezwen sezi. Lè a pral rive: tout mò ki nan tonm yo pral tande vwa li, yo pral leve sòti vivan nan tonm yo. Moun ki fè sa ki byen pral leve pou resevwa lavi ki p'ap janm fini an. Men, tout moun ki fè sa ki mal pral leve pou resevwa kondannasyon yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 23:1-4

(1b) Senyè a se gadò mwen, mwen p'ap janm manke anyen. Kote zèb yo pi bèl, se la li fè m pran repo. Kote dlo a koule poze, se la li mennen m bwè. Li fè m reprann fòs. Li fè m mache nan chemen dwat, pou sa sèvi yon lwanj pou non li. Menm lè m'ape pase anba lonbray lanmò, Mwen p'ape pè anyen, Paske, Senyè, ou la avèk mwen. Se baton ou ak pwoteksyon ou ki fè kè m' pa kase.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 14:7-9

Se konsa, pa gen yon sèl moun nan nou k'ap viv pou tèt pa li. Pa gen yonn nan nou tou k'ap mouri pou tèt pa li. Paske si n'ap viv, n'ap viv pou Senyè a, si n'ap mouri, n'ap mouri pou Senyè a tou. Konsa, kit nou vivan, kit nou mouri, se pou Senyè a nou ye. Paske, Kris la te mouri, apre sa li leve sòti vivan ankò pou l te kapab Mèt tout moun, ni moun vivan yo ni moun mouri yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jeremi 31:13

Jennfi yo va danse tèlman y'a kontan. Jennjan ansanm ak granmoun gason yo va kontan tou. M'ap wete lapenn nan kè yo, m'ap fè yo kontan. M'ap fè yo pran kouray. Nan mitan chagren yo, m'ap fè yo kontan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Tesalonisyen 4:14

Menm jan nou kwè Jezi te mouri epi li te leve sòti vivan ankò a, konsa tou, se pou n kwè tout moun ki te gen konfyans nan li lè yo te mouri, Bondye va fè yo tounen ansanm ak Jezi.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 25:8

Senyè a pral fè pa janm gen lanmò ankò. Li pral siye dlo nan je tout moun. Li pral wete lawont sa a ki te sou pèp li a toupatou sou latè. Se Senyè a menm ki di sa!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Tesalonisyen 4:17

Apre sa, nou menm ki va vivan toujou lè sa a, y'ap vin pran nou, nou menm ansanm ak moun ki sòti vivan nan lanmò yo, y'ap mete nou sou nyaj yo pou n'al kontre Senyè a anwo a. Konsa, nou tout n'ap toujou ansanm ak Senyè a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 119:50

Nan mizè mwen, tout konsolasyon m, se pwomès ou fè m lan. Se sa ki fè m viv.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Eklezyas 3:1-2

Gen yon lè pou chak bagay. Gen yon tan fikse pou chak bagay k'ap fèt sou latè. Mwen rive konnen ki kalite travay Bondye bay moun pou yo fè. Li fikse yon lè pou chak bagay byen fèt. Li mete nan kè moun lanvi pou yo konnen sa ki gen pou rive denmen. Men, li pa janm kite yo fin konprann nèt travay l'ap fè a. Mwen wè pi bon bagay moun ka fè nan lavi, se fè kè ou kontan epi fè tèt ou plezi. Tout moun fèt pou yo manje, pou yo bwè, pou yo jwi sa travay yo rapòte yo. Sa se kado Bondye ba yo. Mwen konnen tou sa Bondye fè, yo la pou toutan. Ou pa ka mete anyen sou li, ni ou pa ka wete anyen ladan. Bondye fè sa konsa pou lèzòm ka gen krentif pou li. Sa ki rive jodi a te rive deja! Sa ki gen pou rive te rive deja tou! Bondye fè sa ki te rive deja, yo vin rive ankò! Apre sa, mwen wè sou latè se mechanste ou jwenn kote pou ou ta jwenn jistis. Malveyans chita nan tribinal yo. Mwen di nan kè mwen: Bondye ap jije ni bon ni mechan. Paske chak bagay gen jou pa yo. Gen yon tan pou tou sa w'ap fè. Mwen di nan kè mwen ankò: Bondye ap gade kote moun ye. L'ap fè yo wè yo pa pi bon pase zannimo. Lè ou gade byen, sò moun ak sò zannimo, se menm bagay. Ni yonn, ni lòt gen pou mouri. Se menm souf la ki nan toulede. Moun pa gen okenn avantaj sou zannimo, paske lavi pa vo anyen ni pou yonn ni pou lòt. Gen yon tan pou ou fèt, gen yon tan pou ou mouri. Gen lè pou plante, gen lè pou rekòlte,

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 116:15

Sa fè Senyè a lapenn anpil lè li wè yonn nan moun k'ap sèvi l yo mouri!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 48:14

(15) se Bondye sa a ki Bondye nou pou tout tan tout tan. Se li menm k'ap kondi nou jouk sa kaba.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jan 14:1-3

Jezi di yo: — Pa kite tèt nou toumante. Mete konfyans nou nan Bondye, mete konfyans nou nan mwen tou. Gen lè ou pa kwè mwen nan Papa a? Ou pa kwè Papa a nan mwen tou? Tout pawòl mwen di nou yo, se pa nan mwen yo sòti. Papa a ki fè yonn ak mwen an, se li menm k'ap fè travay li. Se pou nou kwè m lè m di nou: Mwen nan Papa a, Papa a nan mwen tou. Osinon, se pou nou kwè akòz sa m'ap fè a. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Moun ki mete konfyans li nan mwen, li gen pou l fè tou sa m'ap fè a. L'a menm rive fè pi gwo bagay toujou, paske mwen pral jwenn Papa a. Tou sa n'a mande nan non mwen, m'a fè l' pou nou pou Pitit la ka wè pouvwa Papa a. (Nenpòt kisa n'a mande nan non m, m'a fè l pou nou.) — Si nou renmen m, se pou n obeyi kòmandman m yo. Mwen menm, m'ap mande Papa a ban nou yon lòt pwotektè dekwa pou li toujou la avèk nou. Se Lespri verite a. Sila a lemonn pa ka resevwa a, paske yo pa wè li, ni yo pa konnen li. Men nou menm, nou konnen li paske li la avèk nou epi l'ap nan nou. — Mwen p'ap kite nou pou kont nou: M'ap tounen vin jwenn nou ankò. Anvan lontan ankò, lemonn p'ap wè m, men nou menm n'a wè mwen. Paske m'ap viv, nou menm tou n'ap viv. Lakay Papa a gen anpil kote pou moun rete. Mwen pral pare plas pou nou. Si se pat vre, mwen pa ta di nou sa. Lè jou sa a va rive, n'a konnen mwen nan Papa a, nou menm nou nan mwen, epi mwen menm mwen nan nou. — Moun ki asepte kòmandman m yo, ki obeyi yo, se moun sa a ki renmen mwen. Papa m va renmen moun ki renmen mwen. Mwen menm tou, m'a renmen l, epi m'a fè l wè mwen. Jid (se pa Jida Iskaryòt la non) di l konsa: — Senyè, ki jan pou ou fè nou wè ou san pou moun k'ap viv dapre prensip lemonn yo pa wè ou? Jezi reponn li: — Moun ki renmen m, se li menm ki va fè tou sa m di l fè. Papa m va renmen l tou. Papa m va vin jwenn li ansanm avè m, n'a viv nan li. Moun ki pa renmen m, li p'ap fè tou sa m di l fè. Tou sa nou tande m'ap di a, se pa nan mwen yo sòti, men se nan Papa m ki voye m lan yo sòti. — Mwen di nou tou sa antan m la ankò avèk nou. Men pwotektè a, Sentespri Papa mwen ap voye nan non mwen an, se li menm ki va anseye nou tout bagay. Epi l'a fè nou sonje tou sa mwen te di nou yo. — M'ap ban nou kè poze. M'ap fè kè nou poze nan jan pa mwen. Mwen p'ap fè li pou nou jan sa fèt dapre prensip ki nan lemonn. Pa kite anyen toumante tèt nou, nou pa bezwen pè. Nou tande m di nou: Mwen prale, men m'ap tounen vin jwenn nou. Si nou te renmen m, nou ta kontan konnen mwen pral jwenn Papa a, paske Papa a gen plis pouvwa pase mwen. Mwen tou di nou sa kounyeya anvan bagay sa yo rive, pou lè yo rive nou ka kwè. Lè m'a fin pare plas la pou nou, m'a tounen vin chache nou. Konsa, kote m'a ye a, se la n'a ye tou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jòb 19:25-25

Pou mwen menm, mwen konnen sa fen. Moun k'ap vin defann mwen an, li vivan. Se li menm k'ap kanpe andènye sou latè pou pale pou mwen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Tesalonisyen 4:13-14

Frè m yo, sou kèsyon moun ki mouri deja yo, mwen ta renmen nou konn verite a, pou nou pa gen lapenn tankou lòt moun yo ki pa gen espwa nan Senyè a. Menm jan nou kwè Jezi te mouri epi li te leve sòti vivan ankò a, konsa tou, se pou n kwè tout moun ki te gen konfyans nan li lè yo te mouri, Bondye va fè yo tounen ansanm ak Jezi.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 14:8

si n'ap mouri, n'ap mouri pou Senyè a tou. Konsa, kit nou vivan, kit nou mouri, se pou Senyè a nou ye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Revelasyon 14:13

Apre sa mwen tande yon vwa nan syèl la ki di mwen: — Men, ekri sa: Benediksyon pou tout moun ki depi kounyeya mouri nan sèvis Senyè a. Lespri Bondye a reponn, li di: Wi, benediksyon pou yo. Yo pral poze kò yo apre yo fin travay di. Travay yo fè a pral mache ak yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Revelasyon 2:10

Ou pa bezwen pè pou sa ou pral soufri ankò. Koute, Satan pral chache sonde nou tout, li pral jete anpil nan nou nan prizon. Nou pral soufri pandan dis jou. Men, kenbe fèm menm si nou gen pou n mouri. M'a ban nou lavi pou rekonpans.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 15:20-23

Men, se pa konsa bagay la ye. Okontrè, Kris resisite soti nan lanmò. Konsa li bay garanti tout moun ki mouri gen pou yo resisite tou. Paske menm jan se yon sèl moun ki fè lanmò antre sou latè, menm jan an tou se yon sèl moun ki fè moun ki mouri yo kapab leve vivan ankò. Menm jan tout moun gen pou mouri paske yo fè yonn ak Adan, konsa tou, tout moun ki fè yonn ak Kris la ap gen lavi ankò. Men, chak moun va leve sòti nan lanmò nan tan pa yo: Kris la an premye anvan tout moun, apre sa, moun ki pou Kris la, se va tou pa yo pou yo leve sòti vivan lè Kris la va tounen ankò.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jan 16:22

Konsa tou, kounyeya nou nan lapenn. Men, mwen gen pou m wè nou ankò. Lè sa a, kè nou pral kontan, pèsonn p'ap ka wete kontantman sa a nan kè nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jòb 1:21

Epi Jòb di: — San anyen, mwen soti nan vant manman mwen. M'ap tounen anba tè san anyen. Bondye bay, Bondye pran. Lwanj pou Bondye!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jan 10:27-29

Mouton m yo koute vwa m, mwen konnen yo epi yo swiv mwen. Mwen ba yo lavi ki p'ap janm fini an. Yo p'ap janm peri, pèsonn p'ap janm ka rache yo nan men mwen. Sa Papa m ban mwen an pi gran pase tout. Pèsonn pa ka rache anyen ki nan men Papa a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Revelasyon 21:1-5

Apre sa, mwen wè yon lòt syèl ak yon lòt latè. Premye syèl la ak premye latè a te disparèt. Pat gen okenn lanmè ankò. Nan vizyon an, mwen wè zanj lan mennen m sou tèt yon mòn byen wo. Li moutre m lavil Bondye a, Jerizalèm ki desann sòti bò kote Bondye ye nan syèl la. Li te klere byen bèl ak limyè prezans Bondye a. Lavil la te klere tankou yon pyè bijou ki koute chè anpil, tankou yon pyè jasp klè kou kristal. Li te gen yon gwo miray byen wo avèk douz pòtay. Te gen yon zanj nan chak pòtay pou veye yo. Sou pòtay yo, yo te ekri non douz branch fanmi pèp Izrayèl la. Te gen twa pòtay sou chak kote: twa pòtay sou bò lès, twa pòtay sou bò nò, twa pòtay sou bò sid, twa pòtay sou bò lwès. Miray la te kanpe sou douz gwo wòch. Yo te ekri non douz apòt ti Mouton an sou wòch yo. Zanj ki t'ap pale avè m lan te gen yon baton pou mezire nan men li, yon baton wozo fèt an lò, pou l te pran mezi lavil la, mezi pòtay yo ak mezi miray la. Lavil la te tankou yon bwat kare, longè l te menm ak lajè li. Zanj lan mezire lavil la ak baton wozo l la. Lavil la gen demildesan (2.200) kilomèt longè. Lajè l ak wotè l te menm ak longè li. Zanj lan mezire miray la: miray la te gen swasanndouz (72) mèt sou wotè, dapre mezi òdinè li t'ap sèvi a. Miray la te bati an jasp. Lavil la menm te an bon lò, li te klere kou kristal. Gwo wòch fondasyon miray lavil la te byen òne ak tout kalite pyè bijou gwo pri. Premye wòch la te an jasp, dezyèm lan an safi, twazyèm lan an agat, katriyèm lan an emwòd, Apre sa, mwen wè lavil Bondye a, lòt Jerizalèm nèf lan, ki t'ap desann sòti bò kote Bondye ye nan syèl la. Li te byen abiye, li te pare tankou yon lamarye ki pral kontre fyanse li. senkyèm lan an oniks, sizyèm lan an sadouàn, setyèm lan an krizolit, uityèm lan an beril, nevyèm lan an topaz, dizyèm lan an krizopraz, onzyèm lan an tikwaz, douzyèm lan an ametis. Douz pòtay yo te douz bèl grenn pèl. Chak pòtay yo te fèt ak yon sèl grenn pèl. Tout lari nan lavil la te fèt an bon lò, klè kou kristal. Mwen pat wè tanp nan lavil la, paske Mèt la, Bondye ki gen tout pouvwa a, te tanp li ansanm ak ti Mouton an. Lavil la pat bezwen ni solèy, ni lalin pou klere l paske limyè prezans Bondye a te klere l nèt, ti Mouton an te tankou yon lanp pou li. Gremesi limyè l la, tout nasyon ki sou latè va wè pou yo mache. Tout wa latè yo va pote richès yo ba li. Pòtay yo va rete louvri tout lajounen. Men, paske la p'ap janm fè nwit, pòtay yo p'ap janm fèmen. Tout richès nasyon yo ansanm ak tout bèl bagay yo genyen va anpile nan lavil la. Men, anyen ki pa bon pou sèvis Bondye p'ap antre nan lavil la. Ni yo p'ap kite moun k'ap fè bagay ki bay degoutans, moun k'ap bay manti, mete pye yo nan lavil la. Moun ki va antre nan lavil la, se sèlman moun ki gen non yo ekri nan liv ki nan men ti Mouton an, liv ki gen non moun ki gen lavi a. Mwen tande yon vwa ki t'ap sòti bò fòtèy la, li t'ap di byen fò: — Kounyeya, kay Bondye a se nan mitan moun l'ap ye. L'ap rete nan mitan yo, lèzòm ap yon pèp pou li. Se Bondye menm k'ap viv avèk yo, li va Bondye pou yo. Li gen pou l cheche tout dlo nan je yo. P'ap gen lanmò ankò, yo p'ap nan lapenn ankò, yo p'ap janm plenyen ankò, yo p'ap janm soufri ankò. Tout vye bagay sa yo pral disparèt. Lè sa a, moun ki te chita sou fòtèy la di: — Kounyeya, mwen fè tout bagay vin nèf. Apre sa li di mwen: — Ou mèt ekri sa, paske pawòl mwen se pawòl ki vre, pawòl tout moun dwe kwè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Filipyen 1:21

Paske viv pou mwen se Kris, mouri se gany.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Eklezyas 7:1

Pito yo nonmen non ou anbyen pase pou yo pale sou kalite bon odè ou mete sou ou. Jou ou mouri a pi bon pase jou ou fèt la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Korent 1:3-4

Ann fè lwanj Bondye ki papa Jezikri, Senyè nou an, Papa ki gen kè sansib la, Bondye ki toujou la pou ban nou ankourajman an. Li ankouraje nou nan tout lapenn nou, konsa nou menm tou nou ka ankouraje moun ki nan tout kalite lapenn lè n'a ba yo menm ankourajman nou te resevwa nan men li an.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Filipyen 1:23

Mwen anbalan: mwen ta renmen kite tè sa a pou mwen avèk Kris. Sa ta preferab.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 34:18

(19) Senyè a kanpe toupre moun ki dekouraje yo, li delivre tout moun ki te pèdi espwa.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 41:10

Nou pa bezwen pè. Mwen la avèk nou! Nou pa bezwen kite anyen ban nou kè sote. Se mwen menm ki Bondye nou. M'ap ban nou fòs, m'ap ede nou. M'ap soutni nou ak fòs ponyèt mwen ki pa janm pèdi batay.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 46:1-2

(2) Se Bondye ki tout pwoteksyon nou, se li menm ki tout fòs nou. Li toujou pare pou ban nou sekou lè nou anba tray. (11) Li di: — Rete la! Sispann goumen! Konnen se mwen menm ki Bondye. Se mwen k'ap donminen sou tout nasyon yo. Se mwen k'ap donminen sou tout latè. (12) Senyè ki gen tout pouvwa a la avèk nou. Se bò kote Bondye Jakòb la nou jwenn kote pou n kache! (3) Se poutèt sa, nou te mèt wè tè a ap tranble, nou te mèt wè mòn yo ap chavire tonbe nan mitan lanmè, nou pa bezwen pè anyen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Revelasyon 21:4

Li gen pou l cheche tout dlo nan je yo. P'ap gen lanmò ankò, yo p'ap nan lapenn ankò, yo p'ap janm plenyen ankò, yo p'ap janm soufri ankò. Tout vye bagay sa yo pral disparèt.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 13:5

Pa kite renmen lajan pran nanm nou. Se pou nou kontan ak sa nou genyen. Paske Bondye te di: Mwen p'ap janm vire do ba ou, mwen p'ap janm lage ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Filipyen 4:7

Konsa, Bondye va ban nou kè poze nan jan pa l, bagay lèzòm pa ka konprann. La kenbe kè nou ak lespri nou fèm nan Jezikri.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 147:3

L'ap bay moun ki nan gwo lapenn yo kouray. L'ap geri moun ki blese yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 26:3-4

Ou menm, Bondye, w'ap ba yo kè poze! Moun ki toujou kenbe pwomès yo, wi, w'ap ba yo kè poze, paske yo mete konfyans yo nan ou! Mete konfyans nou nan Bondye pou tout tan paske Senyè a ap toujou la pou pwoteje nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 8:38-39

Paske mwen gen lasirans sa a, anyen pa ka fè nou pèdi lamou Kris gen pou nou an: kit se lavi, kit se lanmò, ni zanj yo, ni lòt otorite ak pouvwa ki nan syèl la, te mèt se tan jodi a, te mèt se tan k'ap vini yo, ni pouvwa ki anwo nan syèl la, ni pouvwa ki nan zantray tè a. Non, pa gen anyen nan tout kreyasyon an ki ka rive fè nou pèdi lamou Bondye fè nou wè li gen pou nou nan Jezikri, Senyè nou an.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Timote 4:7-8

Mwen fin mennen batay la byen mennen, mwen rive nan bout kous mwen, mwen kenbe konfyans mwen fèm nan Bondye. Kounyeya, se rekonpans mwen m'ap tann pou lavi dwat mwen te mennen an. Lè gran jou a va rive, Senyè k'ap jije san patipri a ap mete rekonpans mwen an tankou yon kouwòn sou tèt mwen. Men, se pa mwen ase l'ap bay li. Tout moun k'ap tann ak tout kè yo lè la gen pou l parèt la, va resevwa l tou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 46:1

(2) Se Bondye ki tout pwoteksyon nou, se li menm ki tout fòs nou. Li toujou pare pou ban nou sekou lè nou anba tray.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 121:1-2

(1b) Mwen leve je m, mwen gade mòn yo, mwen di: — Ki bò m'a jwenn sekou? Sekou mwen sòti nan men Senyè a. Se li menm ki fè syèl la ak latè a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 139:1-2

(1b) Senyè, ou sonde m, ou konnen ki moun mwen ye. la ankò, w'ap toujou la pou mennen m, w'ap la pou pwoteje m. Si mwen di: — Bon! M pral kache nan fènwa a. M pral rete kote tout limyè mouri. Fènwa pa fè nwa pou ou. Lannwit klere kou lajounen pou ou. Kit li fènwa, kit li lajounen, se menm bagay pou ou. Wi, se ou ki fòme tout pati nan kò m, se ou ki ranje yo byen ranje nan vant manman m. M'ap fè lwanj ou, paske ou pa manke fè bèl bagay. Tou sa ou fè se bèl bagay. Mwen konn sa byen. Ou te konnen tout zo nan kò m, depi lè m t'ap fòme kote moun pat ka wè a, depi lè ou t'ap travay mwen ak ladrès nan fon tè a. Depi anvan m te fèt, tout lavi m te devan je ou. Tou sa mwen ta pral fè te deja ekri nan liv ou, anvan menm mwen te fè yo. Bondye, sa ki nan tèt ou twò difisil pou m konprann, lèfini yo anpil! Si m ta vle konte yo, yo ta pi plis pase grenn sab ki bò lanmè. Si m ta janm rive fin konte yo, mwen p'ap pi konnen ou pase sa. Bondye, si ou ta vle touye mechan yo! Si ou ta vle fè ansasen yo manyè kite m an repo! Ou konnen lè m chita, ou konnen lè m kanpe. Ou rete byen lwen, ou konnen tou sa k'ap pase nan tèt mwen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Eklezyas 3:1-4

Gen yon lè pou chak bagay. Gen yon tan fikse pou chak bagay k'ap fèt sou latè. Mwen rive konnen ki kalite travay Bondye bay moun pou yo fè. Li fikse yon lè pou chak bagay byen fèt. Li mete nan kè moun lanvi pou yo konnen sa ki gen pou rive denmen. Men, li pa janm kite yo fin konprann nèt travay l'ap fè a. Mwen wè pi bon bagay moun ka fè nan lavi, se fè kè ou kontan epi fè tèt ou plezi. Tout moun fèt pou yo manje, pou yo bwè, pou yo jwi sa travay yo rapòte yo. Sa se kado Bondye ba yo. Mwen konnen tou sa Bondye fè, yo la pou toutan. Ou pa ka mete anyen sou li, ni ou pa ka wete anyen ladan. Bondye fè sa konsa pou lèzòm ka gen krentif pou li. Sa ki rive jodi a te rive deja! Sa ki gen pou rive te rive deja tou! Bondye fè sa ki te rive deja, yo vin rive ankò! Apre sa, mwen wè sou latè se mechanste ou jwenn kote pou ou ta jwenn jistis. Malveyans chita nan tribinal yo. Mwen di nan kè mwen: Bondye ap jije ni bon ni mechan. Paske chak bagay gen jou pa yo. Gen yon tan pou tou sa w'ap fè. Mwen di nan kè mwen ankò: Bondye ap gade kote moun ye. L'ap fè yo wè yo pa pi bon pase zannimo. Lè ou gade byen, sò moun ak sò zannimo, se menm bagay. Ni yonn, ni lòt gen pou mouri. Se menm souf la ki nan toulede. Moun pa gen okenn avantaj sou zannimo, paske lavi pa vo anyen ni pou yonn ni pou lòt. Gen yon tan pou ou fèt, gen yon tan pou ou mouri. Gen lè pou plante, gen lè pou rekòlte, Toulede pral menm kote Toulede soti nan pousyè tè. Toulede ap tounen nan pousyè tè. Ki moun ki konnen si nanm moun moute anwo nan syèl epi nanm zannimo desann anba tè vre? Konsa, mwen wè pa gen pi bon bagay yon moun ka fè sou latè pase jwi sa travay li rapòte l. Se sèlman sa li ka fè. Epitou, ki moun k'ap fè l tounen pou l ka konnen sa k'ap rive apre li fin mouri? lè pou ou touye, lè pou ou geri, lè pou ou kraze, lè pou ou bati. Gen lè pou kriye, gen lè pou ri, gen lè pou nan lapenn, gen lè pou nan fèt,

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 13:5-6

Pa kite renmen lajan pran nanm nou. Se pou nou kontan ak sa nou genyen. Paske Bondye te di: Mwen p'ap janm vire do ba ou, mwen p'ap janm lage ou. Konsa, nou kapab di avèk konfyans: Se Bondye k'ap vin ede mwen. Mwen pa pè anyen. Kisa moun ka fè mwen?

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 15:55-57

Lanmò! Kote batay ou genyen an? Lanmò! Kote pouvwa ou te gen pou fè nou lapenn lan? Se peche ki bay lanmò pouvwa pou fè nou lapenn. Se lalwa a ki bay peche a tout fòs li. Men, ann di Bondye mèsi, li menm ki fè nou genyen batay la sou lanmò gremesi Jezikri, Senyè nou an!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 139:16

Depi anvan m te fèt, tout lavi m te devan je ou. Tou sa mwen ta pral fè te deja ekri nan liv ou, anvan menm mwen te fè yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lamantasyon 3:22-23

Sous bonte Senyè a p'ap janm teri. Mizerikòd li poko janm bout. Li renouvle yo chak maten Ala kenbe ou konn kenbe pawòl ou, Senyè!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 26:19

Se pou mò ou yo reviv! Se pou kadav yo resisite! Reveye nou non epi fè kè nou kontan, nou menm ki tounen pousyè deja! Menm jan lawouze rafrechi latè, se konsa Senyè a pral fè mò li yo reviv ankò.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 27:1

(1b) Senyè a se limyè mwen, se li ki delivrans mwen. Ki moun ki ka fè m pè? Se Senyè a k'ap pwoteje mwen. Ki moun ki ka fè m tranble?

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jan 11:25-26

Jezi di li: — Se mwen menm ki leve moun mouri yo, se mwen menm ki bay lavi. Moun ki mete konfyans yo nan mwen, yo gen pou yo viv menm si yo rive mouri. Moun k'ap viv, epi ki mete konfyans yo nan mwen, yo p'ap janm mouri. Eske ou kwè sa?

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 15:13

Mwen mande Bondye ki bay espwa a pou l fè kè nou kontan nèt, pou l fè kè nou poze ak konfyans nou gen nan li a. Se konsa espwa nou va toujou ap grandi ak pouvwa Sentespri a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 40:31

Men, Senyè a ap bay moun ki mete konfyans yo nan li fòs ankò. Tankou malfini, y'ap pran zèl pou yo leve ale. Y'ap kouri san yo p'ap janm bouke. Y'ap mache, yo p'ap janm febli.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 73:26

Kò m te mèt ap deperi, lespri m te mèt ap gaga, se ou menm menm, Bondye, ki tout fòs mwen, se ou menm ki tout mwen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 27:1-3

(1b) Senyè a se limyè mwen, se li ki delivrans mwen. Ki moun ki ka fè m pè? Se Senyè a k'ap pwoteje mwen. Ki moun ki ka fè m tranble? Papa m ak manman m te mèt lage m, Senyè a va ranmase mwen. Senyè, moutre m jan ou vle m viv la. Fè m mache nan chemen ki pa gen move pa a, paske mwen gen anpil lènmi k'ap veye m. Pa lage m nan men lènmi m yo. Yo sòti pou yo touye m. Se yon bann moun k'ap bay manti. Mwen menm, mwen sèten m'a viv pou m wè jan Bondye sèvi byen ak pèp li a. Mete espwa ou nan Senyè a! Gen konfyans, pa dekouraje! Wi, mete espwa ou nan Senyè a! Lè mechan yo ap mache sou mwen, lè lènmi m yo ap chache touye m, se yo menm k'ap bite, se yo menm k'ap tonbe. Menm si yon lame moun ta sènen mwen toupatou, mwen p'ap pè anyen. Menm si yo ta vle fè mwen lagè, m'ap toujou gen konfyans nan Bondye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Kolosyen 3:1-2

Nou menm ki deja resisite ak Kris, se pou nou chache bagay ki nan syèl la kote Kris chita adwat Bondye. Kounyeya, nou tounen yon lòt kalite moun, n'ap chanje jouk n'a rive sanble ak Bondye ki kreye nou an pou n te ka konnen l nèt. Se sa k fè, pa gen moun ki jwif ak moun ki pa jwif ankò, pa gen moun ki sikonsi ak moun ki pa sikonsi ankò, pa gen moun ki etranje, ni moun ki bèt, pa gen moun ki esklav ak moun ki pa esklav. Se Kris la ki tout, se li ki nan nou tout. Nou tout nou fè pati pèp Bondye a: se li menm ki te renmen nou, ki te chwazi nou pou n ka viv pou li. Se poutèt sa, se pou nou gen kè sansib anpil, pou n aji byen yonn ak lòt, san lògèy, avèk anpil dousè, anpil pasyans. Se pou nou yonn sipòte lòt, pou nou yonn padonnen lòt si nou gen kont yonn ak lòt. Wi, se pou yonn padonnen lòt, menm jan Kris la te padonnen nou. Men, anvan tout bagay, se pou nou gen renmen ki tankou yon kòd k'ap mare nou ansanm yonn ak lòt. Se pou nou viv byen yonn ak lòt, jan Kris la vle l la. Paske, Bondye rele nou pou nou viv byen yonn ak lòt pou nou ka fè yon sèl kò. Toujou chonje sa li fè pou nou. Se pou pawòl Kris la ak tout richès li yo rete fèm nan lavi nou. Se pou nou yonn aprann nan men lòt, se pou yonn konseye lòt ak anpil konprann. Se pou nou chante sòm, kantik ak tout lòt chante legliz pou di Bondye mèsi ak tout kè nou. Tou sa n'ap fè, tou sa n'ap di, fè l nan non Senyè Jezi a, san nou pa janm bliye di Bondye mèsi nan li. Nou menm medam, soumèt devan mari nou paske se konsa pou moun ki kwè nan Senyè a aji. Nou menm mari, renmen madanm nou. Pa fè move jan ak yo. Pa kite bagay ki sou latè pran tèt nou, mete lide nou sou bagay ki anwo nan syèl la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 84:5-7

(6) Ala bon sa bon pou moun ki mete konfyans yo nan ou, pou moun ki fè lide ale sou Mòn Siyon an! (7) Lè y'ap pase nan mitan Fon Sèk la, yo fè l tounen yon kote ki plen sous dlo. Anvan yon ti lapli tonbe, tout jaden bèl. (8) Plis y'ap mache, se plis y'ap gen fòs. Yo gen pou yo parèt devan Bondye sou mòn Siyon an.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Filipyen 4:6-7

Pa bay kò nou traka pou anyen. Men, nan tout sikonstans mande Bondye tou sa nou bezwen nan lapriyè. Toujou chonje di l mèsi tou lè n'ap lapriyè. Konsa, Bondye va ban nou kè poze nan jan pa l, bagay lèzòm pa ka konprann. La kenbe kè nou ak lespri nou fèm nan Jezikri.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 11:28-30

— Vini jwenn mwen, nou tout ki bouke, nou tout ki anba chay, m'a soulaje nou. Pran jouk mwen, mete l sou zepòl nou. Pran leson nan men mwen. Paske mwen dou, mwen toujou soumèt mwen tout bon devan Bondye. Konsa, n'a viv ak kè poze. — Eske se ou ki moun nou konnen ki gen pou vini an, osinon eske nou dwe tann yon lòt? Paske, jouk m'ap ban nou an fasil pou pote, chay m'ap ban nou an pa lou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 30:5

(6) Paske, lè li ankòlè, se pou yon ti tan. Men, li ban nou favè l pou tout tan n'ap viv. Lannwit nou kriye, Kou l jou, kè nou kontan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Pyè 5:7

Lage tout tèt chaje nou yo ba li, paske l'ap pran swen nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Revelasyon 7:17

Paske, ti Mouton ki nan mitan fòtèy la va tankou yon gadò pou yo. L'a mennen yo bò sous dlo ki bay lavi a. Se Bondye menm ki va siye dlo nan je yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Korent 5:1-5

Wi, lè kò nou rete ladan sou latè a demoli, Bondye sere yon lòt bitasyon pou nou nan syèl la, yon kay byen solid k'ap dire tout tan. Se li menm menm k'ap bati kay sa a pou nou. Paske, nou tout, nou gen pou nou parèt aklè devan tribinal Kris la. Lè sa a, chak moun va resevwa dapre sa li te fè antan li te nan kò sa a. Mwen konnen sa ki rele gen krentif pou Bondye, se poutèt sa m'ap chache mennen lèzòm vin kwè nan sa m'ap di. Bondye pou tèt pa l gentan konnen m nèt. Mwen ta swete nou menm nan fon kè nou, nou konnen m tou. Pa mete nan lide nou mwen vin pale nou byen sou tèt mwen ankò. Men, mwen ta renmen ban nou okazyon pou nou kontan m anpil, pou nou ka jwenn repons pou nou bay moun ki pa gen bon kalite nan kè yo tout bon, men k'ap fè grandizè pou bagay ki gen bèl aparans. Si jan yo di l la mwen fou, se pou Bondye mwen fou. Men, si mwen gen tout bon sans mwen, se pou nou menm, moun Korent, mwen konsa. Paske, se kalite renmen Kris la gen pou nou an k'ap dirije m: mwen gen konviksyon sa a, si yon sèl moun te mouri pou tout lòt yo, sa vle di tout lòt yo mouri ansanm avè li. Li mouri pou tout moun. Konsa, moun k'ap viv yo p'ap viv pou tèt pa yo ankò, men y'ap viv pou moun ki te mouri epi ki te leve sòti vivan nan lanmò pou yo a. Se poutèt sa, depi kounyeya, mwen pa konsidere pèsonn sou laparans, tankou lèzòm fè l la. Si yon lè mwen te konsidere Kris la sou laparans tankou lèzòm fè l la, kounyeya mwen pa konnen l nan jan sa a ankò. Si yon moun ap viv nan Kris la, li vin yon lòt moun. Bagay lontan yo disparèt, se lòt bagay nèf ki pran plas yo kounyeya. Tou sa sòti nan Bondye ki fè nou vin zanmi avè l ankò, gremesi Kris la. Se li menm tou ki fè m konfyans, ki ban m travay sa a pou mennen lèzòm vini byen avè l ankò. Paske nan Kris la, Bondye t'ap fè tou sa li te kapab pou fè moun vin byen avè l ankò. Li pat gade sou peche lèzòm te fè. Se li menm ki mete mwen la pou fè lèzòm konnen ki jan l'ap fè yo byen avè l ankò. Koulyeya m'ap soupire sitèlman paske mwen anvi antre abite nan kò m' gen nan syèl la. Se sa k fè mwen pale nan non Kris la menm ki te voye m, tankou si se Bondye menm k'ap pale nan bouch mwen pou di nou: tanpri, nan non Kris la, tounen vin byen ak Bondye ankò. Kris la pat janm fè okenn peche, men Bondye fè l pran sò nou sou li, yo trete l tankou yon moun ki fè peche. Konsa, lè nou fè yon sèl kò ak Kris la, Bondye fè nou gras. Konsa, lè m'a antre ladan l, yo p'ap jwenn mwen toutouni. Wi, toutotan m'ap viv nan kò mwen gen sou latè a, m'ap plenn tankou moun ki anba yon chay. Sa pa vle di mwen ta renmen wete kò sa a sou mwen. Men, mwen ta renmen pito mete kò mwen gen nan syèl la sou mwen. Se konsa, tou sa ki gen pou mouri nan nou pral disparèt nan lavi. Se Bondye menm ki pare chanjman sa a pou nou. Li ban nou Sentespri li kòm avangou sou tout byen li sere pou nou yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi

Lapriyè bay Bondye

Bondye etènèl mwen, gran e puisan, ou menm sèl ki diy pou resevwa tout glwa ak tout onè! Jounen jodi a, mwen vin jwenn ou, nan non Senyè Jezikri, Pitit ou a, paske mwen kwè nan pawòl ou ki di: “Byenere moun k'ap kriye yo, paske y'a jwenn konsolasyon.” Lanmò moun ki apa pou ou yo gen anpil valè pou ou. N ap di ou mèsi pou tan ou te kite frè/sè nou an viv sou tè a, pou chans li te genyen pou l sèvi nan wayòm ou an. Mwen mande w pou w fòtifye fanmi l, zanmi l yo. Se pou Lespri Sen ou a ba yo lapè ak konsolasyon nan moman difisil sa a. Mèsi pou viktwa ou ba li, paske li fin konbat bon konba lafwa a. Pawòl ou di: “Pou mwen, viv se Kris la, mouri se genyen. Mwen pa konn sa pou m' chwazi: mwen ta renmen mouri pou m' al jwenn Kris la, sa ta pi bon pou mwen.” Epi nou menm ki rete avèk ou, nou pa mouri, men n ap viv, e byento n ap resisite avèk ou. Nan non Jezi, Amèn.
Swiv nou:

Piblisite


Piblisite