Sòm 100 - 1998 HaïtienneSÒM 100 (99) Mèsi Bondye (1a) Se yon sòm pou di Bondye mèsi. 1 (1b) Nou tout ki rete sou latè, chante pou Bondye sitèlman nou kontan. 2 Fè sèvis pou Senyè a ak kè kontan! Vini non! Fè fèt devan li! 3 Pa janm bliye: Senyè a, se Bondye li ye. Se li menm ki fè nou, se pou li nou ye. Se pèp li nou ye, mouton ki nan savann li. 4 Antre nan Tanp li, di l mèsi! Antre kote ki apa pou li a, chante pou li! Wi, fè lwanj li, di l mèsi! 5 Senyè a gen bon kè, li p'ap janm sispann renmen nou. De pitit an pitit, l'ap toujou kenbe pawòl li. |
Haitian Creole DC Bible © Societé Biblique Haïtienne, 1998.
Haitian Bible Society