Mwen konnen n ap viv nan yon tan difisil, kote jistis ra anpil. Fòk nou konprann, lè pa gen jistis, sa fè anpil mal epi sa sal tout latè a espirityèlman.
Jistis se yon bèl kalite, yon bagay ki sipoze gaye toupatou nan kreyasyon Bondye a, pou pote amoni, lòd ak sekirite sou latè.
Nan Bib la, yo pale anpil de jistis Bondye a. Se youn nan kalite li ki pi bèl, men li difisil pou nou konprann li byen. Pa egzanp, li difisil pou separe jistis Bondye ak sentete li oubyen ak bonte li. Men jan Sòm 11:7 di: “Seyè a jis, li renmen moun ki fè sa ki jis. Moun ki mache dwat yo ap wè l’ fas a fas.”
Kijan nou ka pratike jistis la? Se senp anpil. Fè lòt moun sa Bondye fè pou ou. Pa egzanp, èske Bondye padone w? Ebyen, padone lòt moun tou. Èske Bondye beni w? Ebyen, beni lòt moun tou.
Pa pran pòz ou se mèt tè a, paske vrè mèt la ka fache. Pa pran pòz ou ka kontwole tan w, paske ou pa ka chanje anyen! Respekte kreyatè a, epi l ap beni w.
Kolozyen 3:25 di: “Moun ki fè lòt moun lenjistis, l’ap resevwa sa l’ merite pou lenjistis li fè a. Paske, devan Bondye, tout moun egal.”
Senyè a pa nan patipri, li renmen lè moun fè bagay ki byen. Moun ki mache dwat yo va parèt devan li.
Men, Senyè a ap tann lè pou l fè nou gras. Li tou pare pou l gen pitye pou nou, paske Senyè a, se yon Bondye k'ap toujou fè sa ki byen! Benediksyon pou moun ki mete konfyans yo nan li.
Se Senyè a k'ap pwoteje nou. Tou sa li fè bon nèt. Li pa nan patipri nan anyen l'ap fè. Bondye nou an ap toujou kenbe pawòl li. Li pa nan bay manti. Li fè sa ki dwat, li pa fè okenn lenjistis.
(8) Men Senyè a, se wa li ye pou tout tan. Li mete fòtèy li la pou l fè jistis.(9) Li gouvènen tout bagay avèk jistis. Li jije tout moun san patipri.
Mezanmi, pa tire revanj. Men kite kòlè Bondye fè travay li. Paske men sa ki ekri nan Liv la: Se mwen sèl ki gendwa tire revanj, se mwen menm sèl ki va bay moun sa yo merite. Se Bondye menm ki di sa.
Senyè a di: — Mwen menm, Senyè a, mwen renmen sa ki dwat, mwen pa vle wè lè moun ap vòlò, lè moun ap fè lenjistis. M'a kenbe pawòl mwen, m'a bay pèp mwen an rekonpans yo, m'a pase ak yo yon kontra k'ap la pou tout tan.
Senyè a renmen sa ki dwat, li renmen sa ki san patipri. Toupatou sou latè nou wè jan li gen bon kè.
Lè sa a, Bondye va bay chak moun sa yo merite dapre sa yo fè.Moun ki pa janm sispann fè byen, k'ap chache lwanj ak respè, k'ap chache mwayen pou yo pa janm mouri, moun sa yo va resevwa lavi ki p'ap janm fini an.Men, moun k'ap kenbe tèt ak Bondye, k'ap refize asepte verite a pou fè sa ki pa bon, moun sa yo, yo fè Bondye fache. Kòlè l va tonbe sou yo.
Y'a reponn li: Non monchè. Senyè a te moutre ou sa ki byen. Tou sa li mande ou, se pou ou fè sa ki dwat, se pou ou gen kè sansib nan tout sa w'ap fè, se pou ou mache san lògèy devan li.
Paske, Senyè a renmen moun ki mache dwat. Li pa lage moun ki kenbe fèm nan sèvis li. L'ap toujou pwoteje yo. Men, ras mechan yo gen pou disparèt.
Paske, Bondye pa mechan pou l ta bliye travay nou fè, ni renmen nou moutre nou gen pou li, lè nou t'ap rann moun k'ap viv pou li yo anpil sèvis, sèvis n'ap rann yo jouk kounyeya toujou.
(15) W'ap gouvènen tout bagay avèk jistis san patipri. Nan tout sa w'ap fè ou pa janm bliye jan ou renmen nou. W'ap toujou kenbe pwomès ou te fè nou yo.
Paske, Bondye gen pou fè sa ki byen: Bondye va gen rezon lè la fè moun k'ap fè nou soufri yo soufri tou.
Lè yo rann jistis san patipri, moun ki mache dwat yo gen kè kontan. Men, mechan yo gen kè kase.
Manyè aprann fè sa ki byen! Chache fè sa ki dwat devan mwen! Pran defans moun y'ap kraze yo! Defann kòz ti òfelen san papa yo ak fanm ki pèdi mari yo.
Men si yon moun vle fè grandizè, l'a fè grandizè dèske li konnen m, dèske li konprann mwen. Paske mwen gen bon kè, Mwen fè sa ki dwat ak sa ki kòrèk sou latè. Se bagay sa yo ki fè m plezi. Se mwen Senyè a ki di sa.
Men, Senyè a pral moutre jan li gen pouvwa lè la fè sa li gen pou l fè a. Li pral fè wè jan li se Bondye tout bon ki apa a lè la jije pèp li a.
Pa janm kite anyen anpeche nou rann jistis jan nou dwe fè l la. Konsa, n'a kapab viv, n'a kapab pran peyi Senyè a, Bondye nou an, ap ban nou an pou nou.
Pran defans pòv malere yo ak timoun ki san papa yo! Pran defans malere yo ak moun ki san sekou yo!Delivre pòv malere ak endijan yo! Delivre yo anba men mechan yo.
Paske, se Senyè a menm k'ap chèf nou, se li menm k'ap gouvènen nou, se li ki wa nou, se li k'ap delivre nou.
Si ou pran pòz ou pat konn sa, chonje Bondye. Li menm k'ap jije sa ki nan kè moun, l'ap wè sa. Li menm k'ap veye tou sa w'ap fè, l'ap konn sa. L'ap fè tout moun peye pou sa yo fè.
Senyè a di ankò: — Yon jou ap vini. Lè sa a, m'a chwazi yon moun ki dwat nan fanmi David la pou wa. L'a gouvènen yo ak bon konprann. L'a fè sa ki dwat, l'a mete jistis nan tout peyi a.
Lannwit, se ou menm m'ap chonje. Lide mwen ap travay sou ou. Paske lè w'ap jije sa k'ap pase sou latè moun ki sou latè resi konnen sa ki rele jistis.
Men kounyeya, li moutre nou ki jan l'ap fè moun gras, paske li fè nou wè se li menm ki gen rezon, anmenmtan l'ap fè tout moun ki kwè nan Jezi yo gras.
(7) Jistis ou kanpe fèm tankou gwo mòn ou yo. Jijman ou yo se bagay moun pa ka fin konprann. Senyè, se ou menm ki pran swen moun ansanm ak tout bèt yo.
L'ap kenbe pwomès li pou tout tan jouk sou mil jenerasyon, de pitit an pitit. L'ap toujou padonnen sa nou fè ki mal, sa nou te dwe fè nou pa fè, ak peche nou yo. Men, li pa nan kase fèy kouvri sa. Lè yon moun fè yon peche, l'ap pini pitit li yo, pitit pitit li yo ak pitit pitit pitit li yo pou sa li fè a, jouk sou twazyèm ak katriyèm jenerasyon.
Mwen di nan kè mwen: Bondye ap jije ni bon ni mechan. Paske chak bagay gen jou pa yo. Gen yon tan pou tou sa w'ap fè.
Paske, l'ap vini pou l jije tout moun ki sou latè! L'ap jije tout moun san patipri. L'ap jije tout pèp yo dapre sa yo merite.
Bon, kisa sa vle di? Bondye genlè ap fè lenjistis? Men non.Chonje sa Bondye te di Moyiz: M'a gen pitye pou moun mwen vle gen pitye, M'a louvri kè m pou moun mwen vle.
L'ap defann kòz timoun ki san papa yo ak kòz fanm ki pèdi mari yo. Li renmen moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan pèp li a, li ba yo manje pou yo manje ak rad pou yo mete sou yo.
Moun ki mache dwat konnen pou li respekte dwa pòv malere. Men mechan pa konn bagay konsa.
Nou menm pèp mwen, koute sa m'ap di nou: Nou menm, nasyon yo, louvri zòrèy nou byen louvri! Paske m'ap anseye prensip ki dwat, y'a sèvi gid pou nasyon yo.Mwen p'ap mize vin sove nou. Talè konsa m'ap delivre nou. Se mwen menm ki pral gouvènen nasyon yo. Moun ki sou zile yo ap tann mwen vini, y'ap tann mwen vin delivre yo.
Se pou nou gen krentif pou Senyè a. Veye zo nou nan tou sa n'ap fè, paske Senyè a, Bondye nou an, pa tolere lenjistis ak patipri. Li pa nan pran kado nan men moun pou fè pa yo.
L'a fè jistis ou parèt aklè tankou yon limyè, l'a fè rezon ou parèt aklè tankou gwo solèy midi.
Li rele syèl la ak latè a pou sèvi l temwen. Li pral jije pèp li a.Li di: — Sanble tout moun k'ap sèvi m yo nan pye m. Sanble tout moun ki te fè kontra avèk mwen lè yo te ofri bèt touye ban mwen.
Nou menm, nou konnen moun ki te di: Se mwen menm sèl ki gendwa tire revanj, se mwen menm sèl ki va bay moun sa yo merite. Se li menm tou ki te di: Bondye gen pou l jije pèp li a.
Si nou rekonèt peche nou devan Bondye, nou mèt gen konfyans nan li. L'ap fè sa ki dwe fèt la: l'a padonnen tout peche nou, l'a netwaye nou anba sa ki mal.
Senyè, wa koute moun ki soumèt devan ou lè y'ap lapriyè. W'a ba yo kouray.W'a tande rèl moun y'ap peze yo, rèl timoun ki san papa yo. W'a fè yo jistis. Konsa, lèzòm ki fèt ak pousyè tè p'ap kapab fè moun pè ankò.
Lè yo t'ap joure l, li pat reponn. Lè yo t'ap maltrete l, li pat mennase pèsonn. Men, li renmèt kòz li nan men Bondye k'ap jije tout bagay san patipri.
Li p'ap pèdi espwa, li p'ap pèdi kouray, jouk l'a fin mete jistis toupatou sou latè, jouk moun ki nan zile yo va rete ap tann lòd l'ap bay yo.
(6) Bondye rete nan kay ki apa pou li a, li sèvi papa pou timoun ki san papa yo, li pwoteje vèv yo.
Ki moun ki va akize moun Bondye chwazi yo? Pèsonn. Paske se Bondye menm ki fè yo gras!Ki moun ki kab kondannen yo? Pèsonn. Paske Jezikri te mouri. Sa k pi rèd ankò, li leve sòti vivan nan lanmò, epi li chita sou bò dwat Bondye, kote l'ap plede pou nou.
Se Senyè a k'ap tire revanj sou yo, se li k'ap fè yo peye sa yo fè a, lè lè a va rive pou yo tonbe. Jou pou yo detwi yo a pa lwen. Sa ki pare pou yo a fin rive.
Senyè a ap fè sa ki gen pou fèt. L'a sove lavil Jerizalèm. Senyè a ap rann jistis, l'a delivre moun Siyon ki va tounen vin jwenn li yo.
Bon! Eske Bondye pa ta regle zafè pitit li yo, moun li menm li chwazi yo, lè y'ap rele nan pye l lajounen kou lannwit? Eske l'ap pran anpil tan pou l ede yo?M'ap di nou sa: L'ap regle zafè yo vit vit. Men lè Moun Bondye voye nan lachè a retounen, poudi l'ap jwenn moun sou latè ki gen konfyans nan Bondye toujou?
Tankou dlo k'ap kouri larivyè, se pou nou rann tout moun jistis nan peyi a. Tankou yon kouran dlo k'ap kouri san rete, se pou nou toujou fè sa ki dwat.
Leve je nou gade syèl la! Voye je gade latè! Syèl la pral disparèt tankou lafimen. Latè pral fini tankou yon vye rad. Moun ki rete sou latè pral mouri tankou mouch. Men, delivrans m'ap ba yo a ap la pou tout tan. Mwen p'ap janm bezwen delivre yo ankò apre sa.
Mwen menm Senyè a, m'ap mande nou pou nou fè sa ki dwat, pou nou rann jistis san patipri. Se pou nou wete moun y'ap peze yo anba men moun k'ap peze yo a. Pa malmennen moun lòt nasyon ki lakay nou yo, timoun ki san papa yo ak vèv yo. Pa pwofite sou yo. Pa touye moun inonsan isit la.
Moun ki mete konfyans yo nan Senyè a va pran peyi a pou yo. Men, y'ap disparèt mechan yo.Talè konsa, p'ap gen mechan ankò. W'a chache yo, ou p'ap jwenn yo.Men, moun ki soumèt devan Bondye, yo pral resevwa peyi a pou byen yo, y'a viv ak kè poze nèt ale.
Pa gen anyen ki envizib pou Bondye. Tout bagay parèt aklè devan li. Nou tout gen pou rann li kont.
Bondye pale, li di konsa: Men sèvitè m lan, se mwen menm ki chwazi li. Men moun mwen renmen anpil la. Li fè kè m kontan anpil. M'a mete Lespri m sou li, l'a fè tout nasyon yo konnen jijman mwen.Li p'ap diskite ak pèsonn, li p'ap rele sou pèsonn. Yo p'ap janm tande l fè diskou nan lari.Li p'ap fin kase pye wozo ki panche a. Li p'ap tenyen lanp ki prèt pou mouri a. L'ap fè sa konsa, jouk tan li va fè jistis Bondye a kanpe nèt.Lè sa a, tout nasyon yo va mete espwa yo nan li.
ou menm, Senyè ki nan syèl la, w'a tande, w'a fè sa ki gen pou fèt la, w'a jije sèvitè ou yo. W'a pini moun ki koupab la, w'a fè chatiman li merite a tonbe sou tèt li. W'a fè rekonèt lè yon moun inonsan pou yo ka rann li jistis.
Nou pa ka pwoche bò kote Bondye ki gen tout pouvwa a. Li sèl gwo chèf, li sèl jij, li pa nan patipri. Li p'ap kondannen yon moun ki inonsan.
Men, si lè nou fè sa ki mal, sa fè moun wè pi klè se Bondye ki gen rezon, kisa n'a di lè sa a? Eske poutèt sa lè Bondye pini nou li gen tò? (Eskize m wi, m'ap pale tankou moun.)Men non! Si lè sa a Bondye pa gen rezon, ki jan Bondye va fè pou jije moun?
Yon jou, va gen yon wa k'ap gouvènen peyi a san patipri. Chèf yo va dirije peyi a jan sa dwe fèt.
Madichon pou chèf k'ap ekri dekrè k'ap pote nwizans, pou chèf k'ap kouri pibliye vye lwa k'ap kraze pèp la epi lage li nan mizè!Se konsa, yo enpoze pòv malere yo defann dwa yo. Yo fè jijman ki pou ta nan avantaj pèp la tounen nan avantaj pa yo. Y'ap piye fanm ki pèdi mari yo, y'ap vòlò byen timoun ki san papa yo!
Se de kalite moun Senyè a pa ka sipòte: moun k'ap kondannen inonsan ak moun k'ap pran pou mechan yo.
Lespri Bondye, Senyè a, desann sou mwen. Paske Senyè a chwazi m, li voye m pou m anonse bòn nouvèl la bay moun ki nan lapenn yo, pou m geri tout moun k'ap soufri yo, pou m fè tout moun yo te depòte yo konnen yo delivre, pou m fè tout prizonye yo konnen pòt prizon louvri pou yo.Li voye m anonse lè a rive pou Senyè a vin delivre pèp li a, jou a rive pou Bondye nou an vin tire revanj pou nou. Li voye m ankouraje tout moun ki nan lafliksyon,
Mwen menm Senyè a, mwen konnen tout lide ki nan tèt yo, mwen sonde santiman ki nan kè yo. M'ap bay chak moun sa yo merite dapre jan yo mennen bak yo.
Ann pran ka yon moun k'ap mache dwat devan Bondye, ki fè sa li dwe fè, ki pa nan patipri.Li pa moute nan mòn pou l al bay zidòl manje, ni li pa fè sèvis pou vye zidòl moun pèp Izrayèl yo ap sèvi. Li pa al dèyè madanm lòt moun pèp Izrayèl parèy li, li pa kouche ak fanm ki gen lalin li.Li pa pwofite sou pèsonn, li pa bay pèsonn koutba, li renmèt garanti moun te ba li pou lajan li prete yo. Li bay moun ki grangou yo manje, li bay moun ki toutouni yo rad pou mete sou yo.Li pa bay ponya, li pa pran enterè sou lajan li prete. Li refize mete men l nan sa ki mal. Lè de moun gen kont, li mete verite a kote li ye.Yon moun konsa mache sou lòd mwen bay, li fè tou sa mwen mande pou moun fè. Li pa janm chache twonpe m. Se yon moun ki dwat. Se sèten l'ap viv. Se mwen menm, Senyè sèl Mèt la, ki di sa.
Lè yon jij di yon moun ki fè sa ki mal: Se ou ki gen rezon, jij sa a, tout moun gen pou madichonnen l. Y'ap rayi l toupatou sou latè.Men, jij ki pini moun ki antò a va gen kè kontan. Bondye va beni l. Tout zafè l va mache byen.
Paske, Bondye veye sou moun k'ap mache dwat devan li. Li tande yo lè y'ap lapriyè nan pye l. Men, l'ap vire do bay moun k'ap fè sa ki mal.
Gouvènman peyi Jida a pral kanpe byen kanpe. Yon chèf pral sòti nan ras fanmi wa David la. Li pral moute chita sou fòtèy la pou l dirije pèp la avèk bon kè, san patipri. L'ap sòti pou l fè sa ki dwat devan Bondye. L'ap prese fè tout moun jistis.
Senyè a di konsa: — Nou mèt vini atò! Vini non! Ann regle koze a! Menm si peche nou ta wouj kou san, m'ap lave, m'ap fè nou vin blan kou koton. Si li ta wouj nètale, n'ap vin blan kou lablanchè.Si nou dakò pou nou fè sa mwen di nou fè, n'a manje bèl rekòt peyi a va bay.
Li rann jistis anfavè moun k'ap sibi lenjistis. Li bay tout moun ki grangou manje pou yo manje.Senyè a fè prizonye yo sòti nan prizon. Senyè a fè avèg yo wè ankò. Li bay tout moun ki nan lafliksyon kouray. Senyè a renmen moun ki mache dwat devan li.Senyè a pwoteje etranje k'ap viv nan peyi a. L'ap pran swen vèv yo ak òfelen san papa yo. Men li detounen plan mechan yo gen nan tèt yo.
— Mwen te pale ak pèp mwen an, mwen te di yo se pou yo rann jistis san patipri. Se pou yo aji ak bon kè yonn ak lòt, se pou yo gen pitye yonn pou lòt.Pa peze vèv yo, ni timoun san papa yo, ni moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou, ni moun ki nan nesesite. Pa rete ap kalkile nan tèt nou jan pou nou fè lòt moun mal.
Senyè a di: — Men sèvitè m'ap soutni an! Men moun mwen chwazi a, moun ki fè m plezi anpil la! Mwen mete lespri m sou li. Li pral fè tout nasyon yo konnen sa ki rele jistis.
— Malè pou nou, nou menm dirèktè lalwa ak farizyen, bann ipokrit! Nou bay Bondye ladim nan rekòt pye mant, pye ani etwale ak pye pèsi, men, nou neglije bagay ki pi konsekan nan lalwa a: n'ap fè lenjistis, nou pa gen kè sansib, nou pa kenbe pawòl nou. Men sa pou n te fè san nou pa neglije lòt bagay yo.
Plan travay ou, se gwo zafè. Yo pa ka konte bèl bagay ou fè yo. Je ou louvri sou tou sa moun ap fè, pou bay chak moun sa yo merite dapre sa yo fè, dapre jan yo mennen bak yo.
(16) Senyè a ap veye moun ki mache dwat devan l yo. L'ap koute yo lè y'ap rele nan pye l.(17) Men, Senyè a vire do bay moun k'ap fè sa ki mal, pou pèsonn sou latè pa janm chonje yo.
Senyè a pa pran twòp reta pou kenbe pwomès li yo, jan kèk moun kwè a. Okontrè, se pasyans l'ap pran ak nou, paske li pa ta renmen pèsonn peri, li ta vle pou tout moun tounen vin jwenn li.
(15) W'ap gouvènen tout bagay avèk jistis san patipri. Nan tout sa w'ap fè ou pa janm bliye jan ou renmen nou. W'ap toujou kenbe pwomès ou te fè nou yo.(16) Ala bon sa bon lè yon pèp gen kè kontan, lè l'ap viv yon jan ki fè ou plezi!
Konsa, l'a gouvènen pèp ou a san patipri, l'a gouvènen malere ou yo jan sa dwe fèt.Nan tout mòn peyi a, moun va viv byen yonn ak lòt. P'ap gen lenjistis nan okenn ti mòn peyi a.Wa a va defann kòz malere ki nan peyi a. L'a wete pitit pòv malere yo nan mizè yo ye a. L'a kraze moun k'ap peze pèp la.
Yon nonm serye p'ap janm mete nan tèt li pou l fè ou lenjistis. Men, mechan yo ap toujou chache twonpe ou.
Jistis, se va mèt k'ap sèvi pou mezire fondasyon an. Seryozite, se va nivo k'ap sèvi pou mete l nivo. Men, gwo van lagrèl la pral kraze kachèt mantò yo. Dlo inondasyon an pral bwote kachkach nou yo pote ale.
Menm jan grenn anba tè jèmen leve, menm jan rasin boujonnen pouse, konsa tou Senyè a ap fè lajistis parèt pou pèp li a. Toupatou, tout nasyon va fè lwanj li.
Paske, nou tout, nou gen pou nou parèt aklè devan tribinal Kris la. Lè sa a, chak moun va resevwa dapre sa li te fè antan li te nan kò sa a.
Rayi sa ki mal, renmen sa ki byen. Pa kite yo fè lenjistis nan tribinal. Nou pa janm konnen, Senyè a ka gen pitye pou ti rès ki rete nan pitit pitit Jozèf yo.
Lè gen jistis nan yon peyi, sa leve peyi a. Men, peche lenjistis se yon wont pou yon nasyon.
Gouvènman li p'ap gen finisman. Nan peyi l'ap gouvènen an se va kè poze san rete. L'ap chita sou fòtèy wa David la. L'ap gouvènen peyi wa David la. L'ap fè gouvènman an byen chita, l'ap ba li bon pye paske l'ap fè sa ki dwat. Li p'ap nan patipri, depi kounyeya jouk sa kaba. Se Senyè ki gen tout pouvwa a ki sòti pou fè tou sa rive vre!
Senyè a bon, li pa nan patipri, li moutre moun k'ap fè sa ki mal yo jan pou yo viv.Li pran men moun ki soumèt devan l yo, li fè yo mache nan bon chemen an, li moutre yo jan li vle pou yo viv la.
Men Senyè a la nan lavil la. Li pa nan patipri. Li p'ap fè lenjistis. Chak maten, li bay santans li. Depi bajou kase, li la l'ap rann jistis. Men, moun k'ap fè sa ki mal yo pa gen nen nan figi yo.
lè Senyè a parèt. Paske, l'ap vini. L'ap vini pou l jije tout moun ki sou latè. L'ap jije tout moun san patipri. L'ap jije tout pèp yo jan sa dwe fèt.
paske Bondye va jije nou menm jan nou jije lòt yo. Mezi nou sèvi pou mezire lòt yo, se li menm menm Bondye va sèvi pou mezire nou tou.
Pa twonpe tèt nou. Moun pa ka pase Bondye nan betiz. Sa yon moun simen, se sa li va rekòlte.
Nou konnen Kris la se yon moun ki te mache dwat devan Bondye. Se pou nou konnen tou, tout moun ki fè sa ki dwat devan Bondye se pitit Bondye yo ye.
Se pou nou chanje jan n'ap viv la. Sispann fè sa n'ap fè a! Rann tout moun jistis san patipri.Pa pwofite sou moun lòt nasyon yo, sou timoun ki san papa yo, sou fanm ki pèdi mari yo. Sispann fè san moun inonsan koule nan peyi a. Pa kouri dèyè lòt bondye yo. Se va pou malè nou.Lè sa a, m'a kite nou viv isit la, nan peyi mwen te bay zansèt nou yo pou tout tan tout tan.
Ala pouvwa Senyè a genyen! Li donminen sou tout bagay! L'ap fè tout moun mache dwat nan lavil Jerizalèm. Pèsonn p'ap fè lenjistis sou mòn Siyon an.
Senyè a pa ka sipòte jan mechan yo ap viv la. Men, li renmen moun k'ap fè sa ki dwat devan li.
L'a fè moun ki chita nan tribinal yo gen bon konprann pou yo pa fè lenjistis. L'ap bay sòlda yo fòs pou yo ka kilbite lènmi yo lòt bò pòtay lavil la.
(9) Senyè, mwen gen anpil lènmi k'ap veye m. Pran men m pou m ka fè sa ki dwat devan ou. Fè m wè chemen ou mete devan m lan, fè m wè l aklè.
M'ap chache sa ki pèdi yo. Sa ki gaye kite bann yo, m'ap fè yo tounen pran plas yo. M'ap panse sa ki blese yo. Sa ki malad yo, m'ap geri yo. Men sa ki gra yo, sa ki byen gwo yo, m'ap touye yo. M'ap swen mouton mwen yo jan mwen dwe swen yo a.
Men sa Senyè a di pèp li a: — Se pou nou fè sa ki dwat. Pa fè lenjistis. Paske mwen pa lwen vin delivre nou, mwen pa lwen fè nou konnen jan m'ap pran defans nou.
L'ap rann jijman pou pòv yo san patipri. L'ap defann dwa pòv malere nan peyi a san paspouki. L'ap denonse sa moun ap fè nan peyi a, l'ap pini yo. L'ap soufle ak bouch li sou mechan yo, l'ap disparèt yo.
L'a delivre pòv yo lè yo rele nan pye li. L'a delivre tout malere ki san sekou.L'a gen pitye pou pòv malere yo. L'a sove lavi tout moun ki nan bezwen.L'a delivre yo anba men moun k'ap peze yo, anba men moun k'ap fè yo mechanste. Lavi moun sa yo gen anpil valè pou li!
(9) Ou rete nan syèl la, ou fè konnen jan w'ap jije. Tout moun ki sou latè rete dousman tèlman yo pè,(10) lè Bondye leve pou bay santans li, pou l delivre tout malere y'ap peze sou tè a.
Se poutèt sa, n'ap wè kòlè Bondye sòti nan syèl la, li tonbe sou tout mechanste ak tout lenjistis moun fè. Sitèlman kè yo pa bon, y'ap chache anpeche verite a fè travay li.
(1b) Bondye kanpe nan mitan konsèy ki nan syèl la, li kanpe nan mitan bondye yo, l'ap jije.Li di: — Kilè n'a sispann fè mechanste lè n'ap jije? Kilè n'a sispann achte figi mechan yo?Pran defans pòv malere yo ak timoun ki san papa yo! Pran defans malere yo ak moun ki san sekou yo!Delivre pòv malere ak endijan yo! Delivre yo anba men mechan yo.
Lè y'ap rale zòrèy nou, sa fè nou pi tris pase sa fè nou kontan. Men pita, moun ki soti byen pare, apre tout egzèsis sa yo, yo pral mennen yon lavi dwat ak kè poze.
(17) Senyè a fè yo konnen ki moun li ye, li jije yo san patipri. Sa mechan yo fè a tounen kont yo.
paske Senyè a, Bondye nou an, se li menm ki Bondye anwo tout bondye, se li menm ki chèf sou tout chèf. Li gen pouvwa, li gen fòs, li fè moun respekte l. Li pa nan paspouki, li pa kite yo achte figi l avèk kado y'ap ofri ba li.L'ap defann kòz timoun ki san papa yo ak kòz fanm ki pèdi mari yo. Li renmen moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan pèp li a, li ba yo manje pou yo manje ak rad pou yo mete sou yo.
Nou pa bezwen pè. Mwen la avèk nou! Nou pa bezwen kite anyen ban nou kè sote. Se mwen menm ki Bondye nou. M'ap ban nou fòs, m'ap ede nou. M'ap soutni nou ak fòs ponyèt mwen ki pa janm pèdi batay.
Men, moun k'ap vin delivre yo a fò tou! Se Senyè ki gen tout pouvwa a. Se konsa li rele. L'ap pran defans yo, l'ap fè tout lòt nasyon yo viv ak kè poze, men l'ap bay moun lavil Babilòn yo kè sote.
Men kounyeya, Bondye fè nou wè ki jan li fè moun gras. Lalwa pa gen anyen pou wè nan sa. Se sa liv lalwa a ansanm ak liv pwofèt yo di nou tou.Se lè moun mete konfyans yo nan Jezikri Bondye fè yo gras. Li fè l pou tout moun ki kwè nan Kris la, paske yo tout se menm.Tout moun peche, Bondye ki gen pouvwa a bay yo tout do.Men Bondye ki renmen yo, li fè yo gras. Li fè sa pou yo gratis, gremesi Jezikri ki vin delivre yo.Se li menm, Jezikri, Bondye te destine pou sakrifye. Li bay san li pou tout moun ki mete konfyans yo nan li ka jwenn padon peche yo. Bondye te vle moutre nou kijan li fè nou gras. Nan tan lontan, Bondye te pran pasyans. Li pa te pini peche moun fè.Men kounyeya, li moutre nou ki jan l'ap fè moun gras, paske li fè nou wè se li menm ki gen rezon, anmenmtan l'ap fè tout moun ki kwè nan Jezi yo gras.
Senyè a wete tout moun ki t'ap fini avèk nou yo. Li bale tout lènmi nou yo ale. Senyè a, wa pèp Izrayèl la, la nan mitan nou. Pa gen malè ki pou rive nou ankò!
Paske, pawòl Senyè a se verite. Li fè tout bagay jan l te di l la.Senyè a renmen sa ki dwat, li renmen sa ki san patipri. Toupatou sou latè nou wè jan li gen bon kè.
Se pou tout moun soumèt anba otorite ki sou tèt yo. Paske nanpwen otorite ki pa soti nan Bondye. Epi tout otorite ki la, se Bondye ki mete yo.Se poutèt sa, moun k'ap kenbe tèt ak otorite, se refize yo refize obeyi prensip Bondye tabli. Moun ki refize obeyi, y'ap rale jijman sou tèt yo.
Tou sa ki nan pawòl ou se verite. Tout jijman ou yo se jijman ki san patipri. Yo la pou tout tan.
Se Senyè a ki bay konesans. Pawòl ki sòti nan bouch li bay lespri ak konprann.Lè yon moun mache dwat, Senyè a ba li bon konsèy. Lè yon moun serye, li pwoteje l.Li pwoteje moun ki pa fè lenjistis. Li pran defans moun ki kenbe fèm nan sèvis li.
Se poutèt sa, pa prese jije pèsonn anvan lè a rive. Se pou nou tann Senyè a vini. Se li menm k'ap mete deyò tou sa ki te kache, tou sa ki t'ap fèt nan fènwa. L'ap devwale tout kalkil lèzòm t'ap fè nan kè yo. Lè sa a, chak moun va resevwa lwanj yo merite nan men Bondye.
Yo t'ap chante chante Moyiz, sèvitè Bondye a, ansanm ak chante ti Mouton an. Bondye, Mèt ki gen tout pouvwa, tou sa ou fè, se bèl bagay! Ou menm ki wa tout nasyon, plan travay ou yo dwat, se verite yo ye.Ki moun ki pa ta gen krentif pou ou, Mèt? Ki moun ki pou ta refize fè lwanj ou? Se ou menm sèl ki sen. Tout nasyon yo gen pou vini pou yo bese tèt yo devan ou, pou yo adore ou. Paske, yo wè aklè sa ou fè se bagay ki dwat.