Bondye di nan pawòl li a: "Kote de ou twa moun reyini nan non mwen, mwen la nan mitan yo" (Matye 18:20). Lapriyè enpòtan anpil nan lavi chak kwayan, menm jan motè enpòtan pou yon machin, oubyen dlo enpòtan pou kò a. Pafwa, li ka difisil pou ou priye pou kont ou, men li bèl lè ou antoure ak moun k ap ankouraje w nan lapriyè, k ap reveye lanmou pou Bondye nan kè w.
Nan lavi a, ou ap jwenn diferan kalite moun: gen moun k ap rale w lwen Bondye, k ap mennen w nan move chemen, epi gen lòt k ap pwoche w pi pre prezans li, k ap anrichi lavi w. Chèche antoure w ak moun ou ka priye lib avèk yo, moun ou ka ouvri kè w ba yo, moun ou ka imilye w devan Bondye ansanm avèk yo pandan w ap kriye pou volonte l fèt.
Lapriyè yon moun ki jis gen anpil pouvwa, imajine sa k ka rive lè plizyè moun ki jis reyini pou priye ansanm! Se sèten, prezans Senyè a ap manifeste, l ap montre glwa li nan kote non l ap leve a. Lè w santi w dekouraje, tris, san espwa, ale nan kay Bondye a, priye ak gwoup frè ak sè w yo nan lafwa, paske Bondye ap fè gwo bagay.
Lapriyè an kominote nouri lespri a, li ankouraje inite, li ranfòse relasyon nan kò Kris la. Detanzantan, pa izole tèt ou; pwoche bò kote moun ou santi ki lwen yo, envite yo priye avè w. Jezi ap kontan avè w, l ap souri avè w poutèt sa w fè a.
Lapriyè ou pataje ak fanmi w, zanmi w, ak frè ak sè w yo pèmèt Bondye nou an prezan epi manifeste pouvwa li nan lavi yo; li tande rèl yo. Bondye kontan lè yo chèche l an kominote, lè yo mete tèt ansanm pou adore l. Jounen jodi a, chèche fanmi w oswa zanmi w pou nou fè lwanj pou Kreyatè nou an.
Yo tout te ansanm. Yo te toujou reyini pou yo lapriyè. Medam yo te la tou ansanm ak Mari, manman Jezi, ak frè li yo tou.
Lè sa a, n'a rele m, n'a vin lapriyè nan pye m, m'a reponn nou. N'a chache m, n'a jwenn mwen paske n'a chache m ak tout kè nou.
Pyè te anba gwo siveyans nan prizon an. Men, manm legliz yo t'ap lapriyè Bondye pou li san rete.
Yo pase tout tan yo ap koute sa apòt yo t'ap moutre yo, yo t'ap viv ansanm tankou frè yonn ak lòt, yo reyini pou separe pen an bay tout moun, epi yo t'ap lapriyè.
Se pou nou konfese peche nou yo yonn bay lòt. Se pou yonn lapriyè pou lòt, pou nou kapab geri. Lè yon moun ap viv dwat devan Bondye, lapriyè moun sa a gen anpil pouvwa.
lè sa a si pèp ki pote non m lan lapriyè nan pye m, si yo soumèt devan mwen, si yo pran chache m ankò, si yo vire do bay vye peche yo t'ap fè yo, m'ap tande yo nan syèl kote m ye a, m'ap padonnen peche yo, m'ap fè peyi a kanpe ankò.
Pa janm sispann lapriyè. Pa kite dòmi pran nou. Toujou chonje lapriyè pou di Bondye mèsi.
— Men sa m'ap di nou ankò: Si de nan nou mete yo dakò sou latè pou mande nenpòt ki bagay lè y'ap lapriyè, Papa m ki nan syèl la va ba yo li. Jezi rele yon timoun, li mete l nan mitan yo. Paske, chak fwa de ou twa moun mete tèt yo ansanm nan non mwen, m'ap la nan mitan yo.
Pa kite dòmi pran nou, tande. Lapriyè pou nou pa tonbe anba tantasyon. Lespri nou byen dispoze, men kò nou fèb.
Lè mechan yo ap lapriyè, Senyè a pa sou bò yo. Men, li pare zòrèy li pou l koute sa moun ki mache dwat yo ap di l.
Pandan n'ap fè tou sa, pa janm bliye lapriyè. Mande Bondye konkou li. Lapriyè nan tout sikonstans avèk pouvwa Sentespri a. Se poutèt sa, pa kite dòmi pran nou, kenbe fèm nan sa n'ap fè a. Lapriyè pou tout pèp Bondye a.
— Lè w'ap lapriyè, pa plede repete yon bann pawòl pou gremesi. Se konsa moun lòt nasyon yo fè. Yo mete nan tèt yo Bondye va tande yo si yo pale anpil.
Si nou fè yonn ak mwen, si nou kenbe pawòl mwen yo nan kè nou, nou mèt mande sa nou vle, y'a ban nou li.
Si nou menm ki mechan jan nou mechan an, nou konn bay pitit nou yo bon bagay, nou pa bezwen mande si Papa nou ki nan syèl la p'ap ban nou bon bagay lè nou mande li.
Se poutèt sa, ann pwoche avèk konfyans devan fòtèy kote Bondye ki renmen nou an chita. Se la n'a jwenn padon pou peche nou yo, se la n'a jwenn pou gremesi sekou n'a bezwen lè nou nan nesesite.
Lè disip yo tande sa, yo tout mete tèt ansanm pou lapriyè Bondye konsa: — O Mèt, se ou menm ki fè syèl la, tè a, lanmè a ak tout sa ki ladan yo.
Pa bay kò nou traka pou anyen. Men, nan tout sikonstans mande Bondye tou sa nou bezwen nan lapriyè. Toujou chonje di l mèsi tou lè n'ap lapriyè.
Tou sa n'a mande nan non mwen, m'a fè l' pou nou pou Pitit la ka wè pouvwa Papa a. (Nenpòt kisa n'a mande nan non m, m'a fè l pou nou.)
Se poutèt sa kè nou pa sote devan Bondye. Nou konnen l'ap koute nou si nou mande l kichòy ki dakò ak volonte li.
Lè disip yo tande sa, yo tout mete tèt ansanm pou lapriyè Bondye konsa: — O Mèt, se ou menm ki fè syèl la, tè a, lanmè a ak tout sa ki ladan yo. Pa pouvwa Sentespri, se ou menm ki te pale nan bouch sèvitè ou, David, zansèt nou, lè l te di: Poukisa moun lòt nasyon yo t'ap toumante kò yo konsa? Poukisa pèp yo t'ap fè plan ki p'ap sèvi yo anyen konsa? Wa latè yo pran pozisyon, chèf yo mete tèt yo ansanm sou do Bondye ak sou do Moun li chwazi a! Se sa menm ki rive nan lavil sa a lè Ewòd ak Pons Pilat mete tèt yo ansanm ak moun lòt nasyon yo ak tout moun pèp Izrayèl la sou do Jezi, sèvitè ki t'ap viv pou ou a, moun ou te chwazi a. Yo fè tou sa ou menm, nan tout pouvwa ou ak pwòp volonte ou, ou te deside davans ki pou te fèt la. Kounyeya, Bondye, gade ki jan y'ap fè nou menas. Bay sèvitè ou yo fòs pou yo ka fè konnen mesay ou a avèk konviksyon. Yo arete yo, yo mete yo nan prizon pou jouk nan denmen paske solèy te fin kouche. Lonje men ou pou yo ka fè gerizon, mirak ak lòt bèl bagay nan non Jezi, sèvitè ki te viv pou ou a. Lè yo fin lapriyè, kote yo te ye a pran tranble. Yo tout te anba pouvwa Sentespri, epi yo pran anonse pawòl Bondye a avèk konviksyon.
Menm lè nou mande, nou pa resevwa anyen, paske nou mande mal. Nou mande bagay ki pou satisfè pwòp dezi pa nou sèlman.
Se poutèt sa kè nou pa sote devan Bondye. Nou konnen l'ap koute nou si nou mande l kichòy ki dakò ak volonte li. Konsa, non sèlman nou konnen l'ap koute nou lè nou fè l yon demann, men nou konnen tou l'ap ban nou sa nou mande l la.
Yon lè, Jezi t'ap lapriyè yon kote. Lè l fin lapriyè, yonn nan disip li yo di li: — Mèt, moutre nou lapriyè tankou Jan te moutre patizan li yo.
(4) Mete tèt nou ansanm avè m pou fè konnen jan Senyè a gen pouvwa. Ann fè lwanj li ansanm!
Pandan n'ap tann lan, fè kè n kontan. Se pou nou gen anpil pasyans nan mitan soufrans nou yo. Pa janm sispann lapriyè.
Menm jan an tou, nou menm mari, nan tout bagay, se pou nou viv byen ak madanm nou paske yo pi delika pase nou. Yo resevwa nan Bondye menm lavi ak nou tankou yon favè Bondye.
Yon lè, Jezi t'ap lapriyè yon kote. Lè l fin lapriyè, yonn nan disip li yo di li: — Mèt, moutre nou lapriyè tankou Jan te moutre patizan li yo. Paske, nenpòt moun ki mande, l'a resevwa. Moun ki chache, l'a jwenn. Y'a louvri pou moun k'ap frape. Eske yonn nan nou ki papa pitit ta bay pitit li yon koulèv si pitit la mande l yon pwason? Osinon, eske la ba li yon eskòpyon si li mande l yon ze? Si nou menm ki mechan jan nou mechan an, nou konn bay pitit nou bon bagay, se pa Papa nou ki nan syèl la ki pou ta refize ban nou Sentespri l, lè nou mande l li. Jezi t'ap chase yon move lespri ki te rann yon nonm bèbè. Lè move lespri a sòti, bèbè a pale. Foul moun yo menm te rete men nan bouch. Men kèk moun menm t'ap di: — Se Bèlzeboul, chèf denmon yo, ki ba li pouvwa chase movèzespri. Gen lòt ki te vle pran l nan pèlen: yo mande l pou l fè yon mirak ki pou moutre se Bondye ki ba l pouvwa sa a. Jezi menm te konnen sa k te nan lide yo. Li di yo konsa: — Yon peyi ki gen divizyon ladan l, kote moun ap goumen yonn ak lòt, peyi sa a la pou disparèt. Menm kay yo gen pou tonbe yonn sou lòt. Konsa tou, si Satan ap konbat pwòp tèt li, pouvwa Satan an pa la pou lontan. Nou di se Bèlzeboul ki ban m pouvwa chase move lespri yo. Si mwen menm mwen chase move lespri ak pouvwa Bèlzeboul, patizan nou yo, ak ki pouvwa yo chase move lespri yo? Se poutèt sa se yo menm k'ap ban nou tò. Jezi di yo: — Lè n'ap lapriyè, men sa pou n di: Papa, nou mande pou non ou toujou respekte. Vin tabli gouvènman ou lan.
Jezi tounen bò kote twa disip yo, li jwenn yo ap dòmi. Li di Pyè konsa: — Kouman? Nou pat kapab rete je klè yon ti kadè avèk mwen! Pa kite dòmi pran nou, tande. Lapriyè pou nou pa tonbe anba tantasyon. Lespri nou byen dispoze, men kò nou fèb.
Lapriyè Bondye pou pa gen dezòd lavil Jerizalèm ankò. Se pou tout moun ki renmen ou yo viv ak kè poze. Se pou pa gen lagè sou ranpa lavil la. Se pou nan palè wa a tout moun viv ak kè poze. Poutèt fanmi m yo ak zanmi m yo, m'ap di: Benediksyon Bondye sou lavil la! Poutèt kay Senyè a, Bondye nou an, ki nan lavil la, m'ap mande Bondye pou fè kè ou kontan.
Mwen di Bondye mwen an mèsi pou nou chak fwa lide m frape sou nou. Batay n'ap mennen an, se menm batay la m'ap mennen tou. Se menm batay nou te wè m'ap mennen nan tan lontan an. Se li menm m'ap mennen jouk kounyeya, jan nou konnen an. Chak fwa m'ap lapriyè tou pou nou, mwen fè l ak kè kontan, poutèt jan nou te ede m gaye bòn nouvèl la, depi premye jou a jouk kounyeya.
Jezi rakonte yo parabòl sa a pou l te moutre yo nesesite pou yo toujou lapriyè san yo pa janm dekouraje:
Men sa mwen mande nou, frè mwen yo: Nan non Jezikri, Senyè nou an, nan non lamou Lespri ban nou an, tanpri, pa lage m' nan batay la poukont mwen. Lapriyè Bondye pou mwen.
Se pou kè nou toujou kontan. Pa janm sispann lapriyè. Di Bondye mèsi pou tout bagay. Se sa Bondye mande nou, nou menm ki mete konfyans nou nan Jezikri.
Pa bay kò nou traka pou anyen. Men, nan tout sikonstans mande Bondye tou sa nou bezwen nan lapriyè. Toujou chonje di l mèsi tou lè n'ap lapriyè. Konsa, Bondye va ban nou kè poze nan jan pa l, bagay lèzòm pa ka konprann. La kenbe kè nou ak lespri nou fèm nan Jezikri.
Paske, Bondye veye sou moun k'ap mache dwat devan li. Li tande yo lè y'ap lapriyè nan pye l. Men, l'ap vire do bay moun k'ap fè sa ki mal.
Frè m' yo, mwen soupriye nou angras, nan non Jezikri, Senyè nou an. Tanpri, mete nou dakò sou tout pwen. Pa kite divizyon mete pye nan mitan nou. Okontrè se pou nou fè yon sèl. Se pou nou tout gen menm konpreyansyon ak menm panse.
Se pou nou yonn veye sou lòt pou yonn ka ede lòt gen renmen nan kè yo, pou yonn ka ankouraje lòt nan sa ki byen. Pa pran egzanp sou moun ki pran abitid pa vin nan reyinyon nou yo. Okontrè, se pou yonn ankouraje lòt fè sa, kounyeya pi plis pase anvan, paske nou wè jou Senyè a ap pwoche.
depi nou menm moun Korent nou ban m ankourajman, nou lapriyè pou mwen. Se konsa Bondye va tande tout lapriyè sa yo n'ap fè pou mwen, l'a ban mwen benediksyon l, anpil moun va di l mèsi pou mwen.
Yon jou, yo t'ap fè sèvis pou Bondye, yo t'ap fè jèn, lè Sentespri di yo: — Mete Banabas ak Sòl apa pou mwen, pou yo fè travay mwen chwazi pou yo fè a. pou katsansenkant (450) lanne. — Apre sa, li mete jij pou kòmande yo jouk pou rive nan tan pwofèt Samyèl. Lè sa a, yo mande pou yon wa. Bondye ba yo Sayil, pitit gason Kis la, moun branch fanmi Benjamen, pou wa pandan karantan. Lè li wete Sayil, li ba yo David pou wa. Men sa Bondye te di sou David: Mwen jwenn David, pitit gason Izayi a. Se yon nonm ki fè m plezi. Li va fè tou sa m vle l fè. — Se Jezi, yonn nan pitit pitit David yo, Bondye mete pou delivre pèp Izrayèl la, jan l te pwomèt la. Men, anvan Jezi te vini, Jan t'ap mache bay mesay sa a, li t'ap rele tout pèp Izrayèl la pou yo te tounen vin jwenn Bondye, pou yo te resevwa batèm. Lè Jan te prèt pou fini ak misyon l lan, li di pèp la: Ki moun nou kwè mwen ye? Moun n'ap tann lan, se pa mwen. Men, koute, moun sa a ap vini apre mwen. Mwen menm, mwen pa bon ase pou m ta demare kòd sapat ki nan pye li. — Frè m yo, nou menm moun ras Abraram lan ak nou menm moun lòt nasyon isit la ki gen krentif pou Bondye, Bondye voye di nou li vin delivre nou. Paske, moun Jerizalèm ansanm ak chèf yo pa te konnen ki moun Jezi ye. Yo pa te konprann sans pawòl pwofèt yo, pawòl ki li nan zòrèy yo chak saba. Men se yo menm ankò ki fè tout pawòl sa yo akonpli vre lè yo te kondannen Jezi. Atout yo pat jwenn anyen nan sa Jezi te fè ki pou ta fè l merite lanmò, yo te mande Pilat fè touye li. Lè yo fin fè tout bagay ki te ekri sou li nan liv yo rive vre, yo desann li sou kwa a, yo mete l nan yon kavo. Lè sa a, yo fè jèn, yo lapriyè, yo mete men sou tèt Banabas ak Sòl, epi yo kite yo ale.
Men ou menm, lè w'ap lapriyè, antre nan chanm ou. Fèmen pòt ou. Lapriyè Papa ou ki la pou kont li avè ou. Konsa, Papa ou menm ki wè sa ou fè an sekrè a, se li ki va ba ou rekonpans ou.
Nan chak legliz, yo chwazi kèk chèf fanmi. Yo fè jèn, yo lapriyè. Apre sa, yo renmèt yo nan men Bondye, Senyè ki te gen tout konfyans yo a.
Se pou pawòl Kris la ak tout richès li yo rete fèm nan lavi nou. Se pou nou yonn aprann nan men lòt, se pou yonn konseye lòt ak anpil konprann. Se pou nou chante sòm, kantik ak tout lòt chante legliz pou di Bondye mèsi ak tout kè nou.
Senyè, ala bon ou bon! Ou padonnen peche nou yo. Ou p'ap janm sispann renmen moun k'ap rele non ou.
Pou konmanse, m'ap mande pou nou lapriyè Bondye pou tout moun. Fè l tout kalite demann pou yo, mande l padon pou yo, di l mèsi pou yo. Oneman ki bon pou yon fanm ki di l'ap sèvi Bondye se fè sa ki byen. Se pou medam yo, nan tout trankilite, enstwi tèt yo, avèk soumisyon. Mwen pmwen pa bay fanm dwa anseye, ni pran otorite sou gason. Se pou yo reterete yo dousman. Paske, se Adan Bondye te kreye anvan. Se apre li te fè Ev. Se pa te Adan Satan te twonpe. Se fanm lan li te twonpe fè li dezobeyi lòd Bondye. Men fanm lan va sove lè li vin manman, si li kenbe fèm nan konfyans li, nan renmen, si li rete tou senp epi apa pou Bondye. Se pou nou lapriyè pou chèf yo ak tout lòt moun ki gen otorite nan men yo, pou nou ka viv trankil ak kè poze nan sèvis Bondye a, ak yon konpòtman ki respektab sou tout pwen.
Se poutèt sa, mwen p'ap janm sispann lapriyè pou nou. M'ap mande Bondye pou l ede nou pou nou viv yon jan ki dakò ak lavi li mande nou pou nou viv la. M'ap mande l pou li ban nou pouvwa li, pou nou ka fè tout byen nou vle fè, pou nou fin reyalize nèt travay n'ap fè ak konfyans nan Bondye.
Lè l rele m, m'ap reponn li. Lè l nan tray, m'ap la avèk li. M'ap delivre l, m'ap fè yo respekte l.
Se konsa tou, Lespri Bondye a vin ede nou, atout nou fèb la, paske nou pa konnen kisa pou n mande lè n'ap lapriyè, ni ki jan pou nou lapriyè. Men, se Lespri Bondye a menm k'ap lapriyè Bondye pou nou. L'ap pouse gwo soupi moun pa ka esplike. Bondye menm ki konnen sa ki nan kè tout moun, li konnen kisa Lespri li a vle mande, paske sa Bondye vle a se sa Lespri li a ap mande pou tout moun k'ap viv pou Bondye.
Pwoche bò kote Bondye, Bondye va pwoche bò kote nou tou. Nou menm k'ap fè peche, lave men nou. Netwaye kè nou, nou menm k'ap woule de bò.
Antre nan Tanp li, di l mèsi! Antre kote ki apa pou li a, chante pou li! Wi, fè lwanj li, di l mèsi!
Pou fè nou wè nou se pitit li tout bon, Bondye te voye Lespri Pitit li a k'ap rele: Papa, nan kè nou.