Gen yon gwo libète ki mache ak padon. Se tankou w retire yon chay ki t ap anpeche w avanse. Padon se yon bèl bagay, epi nenpòt moun ki konnen padone epi ki konnen resevwa padon, konprann sa m ap di a. Bondye se pi gwo egzanp nou nan padon.
Bondye montre nou kijan pou nou padone epi li mande nou pou nou pratike padon chak jou. Mwen ankouraje w pou w padone menm jan Kris la padone w chak jou. Se konsa pou w padone tou.
Li lè pou w lage chay la, pou w vin lib grasa padon. Nan lavi sa a, ap toujou gen moun k ap ofanse w, k ap fè w mal. Men, malgre sa, fòk nou aprann padone, aprann renmen ankò. Chase rankin nan kè w. Sa ap fè w grandi, sa ap fè w avanse. Relasyon w ak Bondye ap vin pi solid tou.
Nou menm ki pitit Bondye, nou rejwi paske nou resevwa padon pou peche nou yo grasa sakrifis Jezi sou kwa a. Men, li enpòtan pou nou konnen, menm jan nou resevwa padon an, se konsa tou kè nou dwe dispoze pou padone lòt moun.
Mak 11:25 di: "Lè n'ap lapriyè, si nou gen yon bagay nan kè nou kont yon moun, padone moun lan, pou Papa nou ki nan syèl la ka padone peche nou yo tou." Depi nou repanti epi nou fidèl nan padone lòt moun, Bondye ap padone nou nèt. N ap ka fè yon nouvo kòmanse vre!
— Nou menm k'ap koute m la a, men sa m'ap di nou: Renmen tout lènmi nou yo. Fè byen pou moun ki rayi nou.Mande benediksyon pou moun k'ap ban nou madichon. Lapriyè pou moun k'ap maltrete nou.
Okontrè, dapre sa ki ekri ankò: Si lènmi ou grangou, ba l manje. Si li swaf dlo, ba l bwè. Lè ou fè sa, se yon chalè dife ou mete nan kò l pou fè l chanje.
— Si nou padonnen moun lè yo fè nou mal, Papa nou ki nan syèl la va padonnen nou tou.Men, si nou pa padonnen moun lè yo fè nou mal, Papa nou p'ap padonnen peche nou yo nonplis.
Okontrè, se pou nou aji byen yonn ak lòt, se pou nou gen bon kè yonn pou lòt, pou nou yonn padonnen lòt, menm jan Bondye te padonnen nou nan Kris la.
Se pou nou yonn sipòte lòt, pou nou yonn padonnen lòt si nou gen kont yonn ak lòt. Wi, se pou yonn padonnen lòt, menm jan Kris la te padonnen nou.
Jezi di: — Papa, padonnen yo. Yo pa konnen sa y'ap fè. Sòlda yo fè tirajosò pou separe rad li.
Lè sa a, Pyè pwoche bò kote Jezi, li di l konsa: — Mèt, konbe fwa pou m padonnen frè m lè li fè m yon bagay mal? Sèt fwa konsa?Jezi reponn li: — Non, Pyè. Mwen pa di ou padonnen l sèt fwa, men padonnen l swasanndis fwa sèt fwa.
Si yon moun fè nou mal, pa chache fè l mal tou. Chache fè sa ki byen nan je tout moun.Fè tou sa nou kapab pou nou viv byen ak tout moun, mezi nou kapab fè li.
Pa rann moun mal pou mal, jouman pou jouman. Okontrè, lè konsa, mande benediksyon pou yo, paske se benediksyon Bondye te pwomèt pou l ban nou lè li te rele nou an.
Si lènmi ou grangou, ba li manje. Si li swaf dlo, ba li dlo pou l bwè.Lè sa a, w'a fè l wont anpil. Senyè a va rekonpanse ou.
Benediksyon pou moun k'ap travay pou lèzòm viv byen yonn ak lòt, paske Bondye va rele yo pitit li.
Sou pwen sa a, Bondye moutre nou jan li renmen nou anpil. Paske nou te nan peche toujou lè Kris la mouri pou nou.
Si yon moun di: mwen renmen Bondye, pou anmenmtan pou l rayi frè l, moun sa a ap bay manti. Paske, si li pa renmen frè l, yon moun li ka wè, li pa ka renmen Bondye li pa ka wè a.Se sa k fè, men kòmandman Kris la ban nou: Moun ki renmen Bondye, yo fèt pou renmen frè yo tou.
Non, nou menm, se pou nou renmen lènmi nou yo, fè yo byen. Prete san nou pa mete espwa moun ap renmèt nou. Se konsa n'a resevwa yon gwo rekonpans. Se lè sa a n'a pitit Bondye ki anwo nan syèl la. Paske li menm li bon, ni pou engra ni pou mechan.
Men, m'ap ban nou yon kòmandman nouvo: Se pou nou yonn renmen lòt. Wi, se pou nou yonn renmen lòt menm jan mwen renmen nou an.Si nou yonn renmen lòt, lè sa a tout moun va konnen se disip mwen nou ye.
Moun ki gen lamou, li gen pasyans, li gen bon kè. Li pa anvye sò moun. Li pa nan fè grandizè. Li pa nan moute kòlèt sou moun.Lamou pa fè anyen pou fè moun wont. Lamou pa chache avantaj pa li. Li pa fè kòlè, li pa kenbe moun nan kè.Lamou tout bon pa pran plezi nan fè sa ki mal. Tout plezi li, se nan sa ki vre.Lacharite pèmèt sipòte tout bagay. Anyen pa brannen konfyans li. Lacharite pa pèdi espwa, l'ap toujou moutre pasyans li.
Se sa ki fè, paske nou se pitit Bondye renmen anpil, se pou nou chache fè tankou Bondye fè.Se pou nou viv ak renmen nan kè nou, menm jan Kris la te fè l la, li menm ki te renmen nou, ki te bay lavi l pou nou tankou yon ti mouton yo ofri pou touye pou Bondye, ofrann k'ap fè Bondye plezi ak bon sant li.
Mezanmi, pa tire revanj. Men kite kòlè Bondye fè travay li. Paske men sa ki ekri nan Liv la: Se mwen sèl ki gendwa tire revanj, se mwen menm sèl ki va bay moun sa yo merite. Se Bondye menm ki di sa.
Menm jan kote solèy leve a byen lwen ak kote solèy kouche a, se konsa li wete peche nou yo, li voye yo jete byen lwen nou.
Anvan tout bagay, se pou nou yonn renmen lòt anpil. Paske, lè nou renmen, sa fè Bondye padonnen anpil peche.
Lè ou gen renmen nan kè ou, ou padonnen tout peche. Men, lè ou rayi moun, ou toujou ap chache kont.
Piga yo jwenn nan mitan nou moun ki kenbe lòt nan kè yo, moun ki gen san wo, moun ki renmen fè kòlè. Piga yo tande woywoy ak joure nan mitan nou. Nou pa fèt pou gen okenn lòt kalite mechanste k'ap fèt nan mitan nou.Okontrè, se pou nou aji byen yonn ak lòt, se pou nou gen bon kè yonn pou lòt, pou nou yonn padonnen lòt, menm jan Bondye te padonnen nou nan Kris la.
— Nou tande ki jan nan tan lontan yo te di: yon je pou yon je, yon dan pou yon dan.Men mwen menm, men sa m'ap di nou: Pa tire revanj sou moun ki fè nou mal. Si yon moun ba ou yon souflèt sou bò dwat, ba li bò gòch la tou.
Si nou rekonèt peche nou devan Bondye, nou mèt gen konfyans nan li. L'ap fè sa ki dwe fèt la: l'a padonnen tout peche nou, l'a netwaye nou anba sa ki mal.
Se pou nou konfese peche nou yo yonn bay lòt. Se pou yonn lapriyè pou lòt, pou nou kapab geri. Lè yon moun ap viv dwat devan Bondye, lapriyè moun sa a gen anpil pouvwa.
Chache viv ak kè poze ak tout moun. Mennen yon lavi apa pou Bondye. Si se pa sa, pa gen moun k'ap wè Senyè a.Pa kite pèsonn vire do bay favè Bondye a. Pa kite pèsonn tounen tankou yon plant anmè k'ap pouse rasin k'ap anpwazonnen lòt yo.
Si ou vle moun renmen ou, padonnen lè yo fè ou mal. Si w'ap mache repete bagay moun fè ki mal, w'ap mete zanmi dozado.
Veye kò nou byen. — Si frè ou tonbe nan peche, rale zòrèy li. Si l chanje konpòtman li, padonnen li.Si nan yon sèl jounen an li peche sèt fwa kont ou, si toulesèt fwa yo, li tounen vin jwenn ou pou l di ou: Mwen p'ap fè sa ankò, se pou ou padonnen li.
Se pou yonn asepte lòt jan l ye a, menm jan Kris la te asepte nou an pou sa te tounen yon lwanj pou Bondye.
Lè nou kanpe pou n lapriyè, si nou gen yon moun nan kè nou, padonnen l, pou Papa nou ki nan syèl la ka padonnen peche nou yo tou. [
Nou tout nou fè pati pèp Bondye a: se li menm ki te renmen nou, ki te chwazi nou pou n ka viv pou li. Se poutèt sa, se pou nou gen kè sansib anpil, pou n aji byen yonn ak lòt, san lògèy, avèk anpil dousè, anpil pasyans.Se pou nou yonn sipòte lòt, pou nou yonn padonnen lòt si nou gen kont yonn ak lòt. Wi, se pou yonn padonnen lòt, menm jan Kris la te padonnen nou.
Yon moun ki gen bon konprann pa fè kòlè fasil. Tout kalite li, se pa okipe moun ki fè mal.
Se pou nou yonn renmen lòt tankou frè ak frè k'ap viv ansanm ak Kris la. Nan tou sa n'ap fè, se pou nou gen respè yonn pou lòt, pa konsidere tèt nou anvan.
— Pa jije moun pou Bondye pa jije nou,paske Bondye va jije nou menm jan nou jije lòt yo. Mezi nou sèvi pou mezire lòt yo, se li menm menm Bondye va sèvi pou mezire nou tou.
Senyè, ala bon ou bon! Ou padonnen peche nou yo. Ou p'ap janm sispann renmen moun k'ap rele non ou.
Pa kite pèsonn rann mal pou mal. Okontrè, toujou chache fè sa ki byen yonn pou lòt ak sa ki byen pou tout moun.
Men sa ki fè nou konnen sa renmen ye: Jezikri bay lavi li pou nou. Se poutèt sa nou menm tou, se pou nou bay lavi nou pou frè nou yo.
Moun ki gen renmen nan kè yo pa fè moun mal: se sa k fè lè nou renmen, nou fè tou sa lalwa a mande nou fè.
Lè yon moun ap viv yon jan ki fè Senyè a plezi, Senyè a ap fè ata lènmi l yo aji byen avè l.
Yon bon repons dous ap kalme yon moun ki ankòlè. Men, si ou reponn li rèd, w'ap fè l pi eksite.
Lè yo t'ap joure l, li pat reponn. Lè yo t'ap maltrete l, li pat mennase pèsonn. Men, li renmèt kòz li nan men Bondye k'ap jije tout bagay san patipri.
Paske, se pa ak moun nou gen pou nou goumen. Men, se ak move lespri ki nan syèl la, ak chèf, ak pouvwa, ak otorite k'ap gouvènen nan fènwa ki sou latè a.
(15) Sispann fè sa ki mal. Fè sa ki byen! Chache jan pou nou viv byen ak moun. Fè tout sa nou kapab pou nou viv byen ak tout moun.
Tou sa sòti nan Bondye ki fè nou vin zanmi avè l ankò, gremesi Kris la. Se li menm tou ki fè m konfyans, ki ban m travay sa a pou mennen lèzòm vini byen avè l ankò.Paske nan Kris la, Bondye t'ap fè tou sa li te kapab pou fè moun vin byen avè l ankò. Li pat gade sou peche lèzòm te fè. Se li menm ki mete mwen la pou fè lèzòm konnen ki jan l'ap fè yo byen avè l ankò.
Men, Bondye sitèlman gen kè sansib, li sitèlman renmen nou,Li ban nou lavi nan Kris la, nou menm ki t'ap viv nan lanmò akoz peche nou. Se yon favè Bondye fè nou lè li delivre nou.
— Se konsa Papa m ki anwo nan syèl la va aji ak nou, si nou pa padonnen frè nou yo ak tout kè nou.
Yon moun k'ap sèvi Bondye pa fèt pou nan kont. Se pou l viv byen ak tout moun, se pou l konn ki jan yo fè enstriksyon moun, se pou l gen pasyans.Se pou l korije moun ki pa dakò avè l avèk dousè. Ou pa janm konnen: Bondye ka ba yo yon chans pou yo chanje jan y'ap viv la, pou yo vin konn verite a.
— Pa jije moun, konsa Bondye p'ap jije nou. Pa kondannen moun, konsa Bondye p'ap kondannen nou. Padonnen yo, konsa Bondye va padonnen nou tou.
Nou te lènmi ak Bondye lè Pitit Bondye a mouri pou l te fè nou byen ak Bondye ankò. Kounyeya nou se zanmi Bondye, nou pa bezwen mande si lavi Pitit Bondye a p'ap delivre nou.
Men, moun yo t'ap kouvri l ak kèsyon. Jezi leve atè a, li di yo: — Se pou moun ki konnen li pa janm peche a ba l premye kout wòch la.
Se pou l sispann fè sa ki mal, se pou l fè sa ki byen. Se pou l chache viv byen ak moun. Se pou l fè sa li kapab pou li viv byen ak tout moun.
Lè yon moun san konprann ankòlè, tout moun wè sa lamenm. Men, yon moun veyatif, lè ou fè l malonèt, li fè tankou li pa konprann.
Pa janm vante tèt nou. Aji avèk dousè ak pasyans ak tout moun. Se pou nou yonn sipòte lòt avèk renmen nan kè nou.
Pa fè anyen nan lide pou fè tèt nou pase pou pi bon, ni pou fè lwanj tèt nou. Men, soumèt nou devan Bondye. Mete nan tèt nou lòt yo pi bon pase nou.
N'ap fatige kò nou travay pou n ka manje. Lè yo joure nou, nou mande benediksyon pou moun k'ap joure nou. Lè yo pèsekite nou, nou mare kè nou.
Senyè a gen pitye pou nou. Li gen bon kè. Li pa fasil fè kòlè. Li p'ap janm sispann renmen nou!
Men dezyèm kòmandman an ki gen menm enpòtans ak premye a: se pou ou renmen frè parèy ou tankou ou renmen pwòp tèt pa ou.
Men ou menm, poukisa pou w'ap jije frè ou konsa? Ou menm, poukisa pou w'ap meprize frè ou konsa? Nou tout gen pou konparèt devan tribinal Bondye a.
Frè m' yo, si nou bare yon moun ap fè sa ki pa sa, nou menm ki nan limyè Bondye, se pou nou mete li nan bon chemen. Men, fè sa ak dousè. Epi veye kò nou pou nou pa tonbe nan tantsyon tou.
Ale non. Chache konprann sans pawòl sa yo ki nan Liv la: Mwen vle pou nou gen kè sansib. Mwen pa bezwen bèt n'ap touye fè sakrifis pou mwen yo. Paske mwen pa vin rele moun ki konprann yo bon devan Bondye, men moun ki konnen se pechè yo ye.
Lè ou gen bon kè, se yon byen ou fè pou tèt ou. Men, moun ki san pitye yo, se tèt yo y'ap fè tò.
Okontrè, ann pale verite a avèk renmen nan kè nou, konsa n'a ka grandi nan tout sans nan Kris la ki chèf kò a.
Men kounyeya, pa fè kòlè, pa fè move san ni okenn mechanste. Se pou nou voye tout bagay sa yo jete. Pa kite okenn jouman ni okenn gwomo sòti nan bouch nou.
— Yon nonm ki bon, se bon bagay li rale sòti nan kè li ki bon. Yon nonm ki mechan, se move bagay li rale sòti nan kè li ki move. Paske, sa k nan kè yon nonm, se sa k sòti nan bouch li.
Moun ki di yo nan limyè epi pou anmenmtan yo rayi frè yo, moun konsa nan fènwa toujou.Se moun ki renmen frè yo ki nan limyè a. Konsa, pa gen anyen nan yo ki ka fè yon lòt tonbe nan peche.Men, moun ki rayi frè yo, yo nan fènwa toujou. Y'ap mache nan fènwa, yo pa konnen kote yo prale, paske fènwa a rann yo avèg.
Lè yon moun pa fè lenjistis, lè li gen bon kè, l'ap viv lontan. Tout zafè l ap mache byen, y'ap respekte l.
Senyè a pa pran twòp reta pou kenbe pwomès li yo, jan kèk moun kwè a. Okontrè, se pasyans l'ap pran ak nou, paske li pa ta renmen pèsonn peri, li ta vle pou tout moun tounen vin jwenn li.
Se sa k fè, ann toujou chache bagay ki kapab ede nou viv ak kè poze, bagay ki pou penmèt nou yonn soutni lòt nan konfyans nou nan Bondye.
Frè mwen renmen anpil yo, men yon bagay pou nou toujou sonje: chak moun dwe toujou atantif pou koute. Men, pa kouri pale, ni prese fè kòlè.Paske, kòlè lèzòm pa ka fè volonte Bondye.
Gremesi Kris ki mouri pou nou an, nou delivre, nou resevwa padon pou peche nou yo. Bondye fè nou wè jan li renmen nou anpil.
Se pou sa menm Bondye te rele nou, paske Kris la te soufri pou nou. Li kite yon egzanp pou nou swiv pye pou pye.Li pat janm fè okenn peche. Okenn manti pat janm sòti nan bouch li.Lè yo t'ap joure l, li pat reponn. Lè yo t'ap maltrete l, li pat mennase pèsonn. Men, li renmèt kòz li nan men Bondye k'ap jije tout bagay san patipri.
Monchè, nenpòt sa ou ye, ou menm k'ap jije lòt moun yo, ou pa gen eskiz. Ou menm k'ap fè menm bagay ak lòt yo, se pwòp tèt pa ou w'ap kondannen lè w'ap jije yo.
— Gade, mesye! M'ap voye nou tankou mouton nan mitan chen mawon. Se sa ki fè, se pou nou veyatif kou pentad. Se pou nou konfyan kou ti poul ki dèyè manman yo.
Mwen mande Senyè a pou nou gen plis renmen yonn pou lòt ak pou tout moun, menm jan mwen renmen nou.Konsa, nou menm moun Tesalonik, Kris la va fòtifye kè nou pou nou ka san repwòch devan Bondye, Papa nou, tankou moun k'ap viv apa pou li jouk lè Jezikri, Senyè nou an, va vini ansanm ak tout moun pa l yo.
Pou konmanse, m'ap mande pou nou lapriyè Bondye pou tout moun. Fè l tout kalite demann pou yo, mande l padon pou yo, di l mèsi pou yo.Se pou nou lapriyè pou chèf yo ak tout lòt moun ki gen otorite nan men yo, pou nou ka viv trankil ak kè poze nan sèvis Bondye a, ak yon konpòtman ki respektab sou tout pwen.
Paske: Si yon moun vle jwi lavi a, si l anvi pase kèk bon kadè sou latè, se pou l kenbe lang li pou l pa pale moun mal. Se pou l veye bouch li pou l pa bay manti.Se pou l sispann fè sa ki mal, se pou l fè sa ki byen. Se pou l chache viv byen ak moun. Se pou l fè sa li kapab pou li viv byen ak tout moun.
Enben, lè nou menm nou padonnen yon moun pou mal li fè a, mwen menm tou mwen padonnen li. Lè mwen menm mwen padonnen li, — pou di vre, mwen pa gen anyen pou m padonnen non, — men, lè m fè sa, mwen fè l pou nou devan Kris la,pou nou pa bay satan okenn jwen pou li twonpe nou. Paske nou konnen byen sa li gen lide fè.
Konsa tou, m'ap di nou, va gen plis kontantman nan syèl la pou yon sèl moun ki t'ap fè sa ki mal epi ki tounen vin jwenn Bondye, pase pou katrevenndiznèf moun k'ap mache dwat, ki pa bezwen tounen vin jwenn Bondye.
Wa a va reponn yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: chak fwa nou te fè sa pou yonn nan pi piti pami frè m yo, se pou mwen nou te fè li.
Nou menm ki fò nan konfyans nou nan Bondye, se pou nou ede sa ki fèb yo pote feblès yo. Nou pa dwe ap chache sa ki fè nou plezi sèlman.Okontrè, se pou nou chak chache fè frè parèy nou plezi pou byen l, konsa n'a fè l grandi nan konfyans li nan Bondye.
Pou fini, frè m yo, mete lide nou sou bagay ki bon, ki merite lwanj: bagay ki vre, ki kòrèk, ki dwat, ki bèl, ki p'ap fè nou wont.
Se pou nou yonn renmen lòt ak tout kè nou. Rayi sa ki mal, men kenbe fèm nan fè sa ki byen.
Nonm lan reponn: — Se pou ou renmen Mèt la, Senyè Bondye ou, ak tout kè ou, ak tout nanm ou, ak tout fòs ou, ak tout entelijans ou. Se pou ou renmen pwochen ou tankou ou renmen pwòp tèt pa ou.
Si mwen menm ki Senyè, mwen menm ki Mèt, mwen lave pye nou, konsa tou, nou menm, se pou nou yonn lave pye lòt.Mwen ban nou yon egzanp pou nou ka fè menm bagay mwen te fè pou nou an.
Konsa tou, se pou limyè nou klere devan tout moun, pou lè yo wè tout byen n'ap fè yo, y'a fè lwanj Papa nou ki nan syèl la.
Menm jan an tou, nou menm jennjan yo, se pou nou soumèt devan chèf reskonsab yo. Nan tout rapò nou yonn ak lòt, se pou nou soumèt devan Bondye. Paske Bondye pran pozisyon kont moun ki gen lògèy. Men, moun ki soumèt devan l, li ba yo favè li.Se poutèt sa, soumèt nou devan Bondye ki gen pouvwa, konsa l'a leve nou lè pou l leve nou an.
Se pou nou toujou yonn renmen lòt tankou frè k'ap viv ansanm nan Kris la.Chonje se devwa nou pou nou byen resevwa moun ki vin lakay nou. Se konsa, gen moun ki resevwa zanj Bondye lakay yo san yo pa konn sa.
Paske tou sa lalwa mande nou, nou jwenn yo nan kòmandman sa a: Se pou ou renmen frè parèy ou, menm jan ou renmen tèt pa ou.
Mezanmi, se pou nou yonn renmen lòt paske renmen sòti nan Bondye. Moun ki gen renmen nan kè yo, se pitit Bondye yo ye. Yo konnen ki moun Bondye ye.
Kounyeya, frè m yo, mwen kite nou. Chache pou nou vin bon nèt sou tout pwen. Se pou nou yonn ankouraje lòt, mete nou dakò yonn ak lòt, viv ak kè poze. Bondye ki bay renmen ak kè poze a, va toujou avè nou.
Kisa, atò, ki va fè nou pèdi renmen Kris la gen pou nou an? Soufrans ka fè nou sa? Osinon, kè sere? Osinon, pèsekisyon? Osinon, grangou, mizè, gwo danje, lanmò?Dapre sa ki ekri nan Liv la: Se poutèt ou, tout moun yo sòti pou touye nou. Yo gade nou tankou mouton y'ap mennen labatwa.Men, sou tout bagay sa yo, nou genyen batay la nèt ale, gremesi moun ki renmen nou an.
Pitit mwen yo, m'ap ekri nou lèt sa a pou nou pa fè peche. Men, si yon moun rive fè peche, nou gen yon avoka k'ap plede pou nou bò kote Papa a: Se Jezikri, moun ki te mache dwat devan Bondye a.
Se konnen nou pa konnen kò nou se tanp Sentespri k'ap viv nan lavi nou! Sentespri Bondye ban nou an! Nou pa mèt tèt nou ankò.Bondye achte nou kach, li peye chè pou sa. Se poutèt sa, sèvi ak kò nou yon jan pou fè lwanj Bondye.
Se vre wi, frè m'yo. Mwen pa kwè mwen deja rive kote m' dwe rive a. Men mwen gen yon sèl bagay m'dwe fè: se bliye tout distans m'fin fè deja yo pou fikse lide mwen sou distans ki rete mwen an.Konsa, m'ap kouri dwat devan m sou mak kote m prale a, pou m ka jwenn rekonpans Bondye rele m vin resevwa nan syèl la, gremesi Jezikri.
Tansèlman, nou konn sa byen: nan tout bagay, Bondye ap travay pou byen tout moun ki renmen l, pou byen tout moun li te fè lide rele.
Se sa ki fè, viv m'ap viv koulyeya, se pa mwen k'ap viv, men se Kris k'ap viv nan mwen: Lavi sa a m'ap viv la, m'ap viv li nan konfyans mwen gen nan Pitit Bondye a ki sitèlman renmen mwen, li bay lavi li pou mwen.
Paske, lè Bondye ap jije, l'ap san pitye pou moun ki te san pitye. Men, moun ki gen pitye pou lòt va sòti tèt dwat lè jou jijman an.
Li di: — Papa, si ou vle, tanpri, wete gode soufrans sa a devan je mwen. Men, se pa volonte m ki pou fèt, se volonte pa ou. [
Konsa, nou la nan mitan foul moun sa yo ki te moutre jan yo te gen konfyans nan Bondye. Ann voye tout bagay k'ap antrave kous nou jete byen lwen, ansanm ak peche a ki fasil pou vlope nou. Ann kouri avèk pasyans nan chemen Bondye mete devan nou an.Ann kenbe je nou kole sou Jezi. Se nan li konfyans nou sòti, se li menm tou k'ap kenbe nou nan konfyans sa a jouk sa kaba. Li kite yo fè l soufri sou kwa a. Li pa pran wont sa a pou anyen, paske li te toujou chonje apre l te fin soufri a, Bondye t'ap fè kè l kontan. Kifè kounyeya li chita sou bò dwat fòtèy Bondye a.
Nan kondisyon sa a, kisa n'a di? Eske nou mèt kontinye ap viv toujou nan peche pou favè Bondye a ka vin pi plis toujou?Non, sa pa ka fèt. Poukisa? Se paske annegad peche, nou mouri. Kijan pou nou ta fè kontinye ap viv nan peche toujou?
Mwen sèten Bondye ki te konmanse bon travay sa a nan nou, li gen pou l kontinye l jouk li va fini l nèt, lè jou Jezikri a va rive.
M'ap mande Bondye pou li ban nou, dapre richès pouvwa li a, fòs ak kouray nan kè nou, pa mwayen pouvwa Sentespri a, pou nou ka grandi nan karaktè nou,pou Kris la rete nan kè nou ak konfyans nou gen nan li a. M'ap mande Bondye pou nou pouse rasin, pou nou chita byen fèm nan renmen,
Apre sa, Jezi di nonm lan: — Dapre ou, nan twa mesye sa yo, kilès ki moutre li se pwochen nonm ki te tonbe anba men ansasen yo?Dirèktè lalwa a reponn: — Nonm ki te gen pitye pou li a. Jezi di li: — Ale, fè menm bagay la tou.
Kris la pat janm fè okenn peche, men Bondye fè l pran sò nou sou li, yo trete l tankou yon moun ki fè peche. Konsa, lè nou fè yon sèl kò ak Kris la, Bondye fè nou gras.
— Se sèl nou ye pou moun sou latè. Si sèl la pèdi gou l, ak kisa pou yo ba li gou ankò? Li pa vo anyen ankò. Se jete pou yo voye sa jete deyò, pou moun pile sa anba pye yo. — Se limyè nou ye pou moun sou latè. Moun pa kapab kache yon lavil ki bati sou yon mòn.
Mwen fin mennen batay la byen mennen, mwen rive nan bout kous mwen, mwen kenbe konfyans mwen fèm nan Bondye.Kounyeya, se rekonpans mwen m'ap tann pou lavi dwat mwen te mennen an. Lè gran jou a va rive, Senyè k'ap jije san patipri a ap mete rekonpans mwen an tankou yon kouwòn sou tèt mwen. Men, se pa mwen ase l'ap bay li. Tout moun k'ap tann ak tout kè yo lè la gen pou l parèt la, va resevwa l tou.
Se poutèt sa kè nou pa sote devan Bondye. Nou konnen l'ap koute nou si nou mande l kichòy ki dakò ak volonte li.Konsa, non sèlman nou konnen l'ap koute nou lè nou fè l yon demann, men nou konnen tou l'ap ban nou sa nou mande l la.
(1b) Senyè a se gadò mwen, mwen p'ap janm manke anyen.Kote zèb yo pi bèl, se la li fè m pran repo. Kote dlo a koule poze, se la li mennen m bwè.Li fè m reprann fòs. Li fè m mache nan chemen dwat, pou sa sèvi yon lwanj pou non li.
Koulyeya, lè n'ap obeyi verite a, nou nan kondisyon pou nou fè sèvis Bondye, pou nou yon lamou sensè pou frè yo. Se sa ki fè, se pou nou yonn renmen lòt ak tout kè nou, ak tout fòs nou.
Sentespri a mete nou ansanm. Se pou nou fè tou sa nou kapab pou nou ka toujou fè yon sèl kò, pou nou viv ak kè poze ansanm yonn ak lòt.
Pito nou chache bay bagay peyi Wa ki nan syèl la premye plas nan lavi nou, chache viv jan Bondye vle l la anvan. Lè sa a, Bondye va ban nou tout lòt bagay sa yo tou.
Paske, se Bondye menm k'ap travay ni nan volonte nou ni nan fòs nou pou fè nou fè jan lide li di li.
Sèl bagay, se pou nou toujou rekonèt se Kris la ki sèl Mèt nan lavi nou. Se pou nou toujou pare pou n'reponn chak fwa moun mande nou esplikasyon sou espwa nou gen nan nou an.
Se konsa, yo pote ba li yon nonm paralize kouche sou yon kabann. Jezi wè jan moun yo te gen konfyans nan li, li di nonm paralize a: — Pran kouray, pitit mwen, peche ou yo padonnen.
Konsa, n'a viv jan Bondye vle l la, n'a toujou fè sa ki fè l plezi. N'a fè tout kalite bon bagay, n'a grandi nan konesans Bondye.
Benediksyon pou moun ki konnen se pòv yo ye devan Bondye, paske peyi Wa ki nan syèl la, se pou yo li ye.
Konsa, se lè ou tande mesay la ou vin gen konfyans. Mesay la, se pawòl Kris la y'ap anonse.
Nou konnen depi yon moun pitit Bondye, li p'ap kontinye ap viv nan peche toujou. Paske, Pitit Bondye a ap veye sou li, Satan pa ka fè l anyen.
Nan tan lontan, nou te nan fènwa. Men kounyeya, paske n'ap viv ansanm nan Senyè a, nou nan limyè. Se sa ki fè, fòk nou mennen tèt nou tankou moun k'ap viv nan limyè a.Paske, limyè a fè moun fè bagay ki bon, bagay ki dwat ak bagay ki vre.
Nou pa manke kontan menm lè n'ap soufri.Poukisa? Paske nou konnen lè n'ap soufri sa fè nou gen pasyans. Lè nou gen pasyans konsa, sa ban nou kouray pou nou soufri. Plis nou gen kouray, se plis nou gen espwa.
Si yon moun pami nou manke bon konprann, se pou l mande Bondye, Bondye va ba li li. Paske, Bondye bay tout moun san mezire, pou gremesi.
— M'ap ban nou kè poze. M'ap fè kè nou poze nan jan pa mwen. Mwen p'ap fè li pou nou jan sa fèt dapre prensip ki nan lemonn. Pa kite anyen toumante tèt nou, nou pa bezwen pè.
Ou menm, Bondye, w'ap ba yo kè poze! Moun ki toujou kenbe pwomès yo, wi, w'ap ba yo kè poze, paske yo mete konfyans yo nan ou!
Mete tout konfyans ou nan Senyè a. Pa gade sou sa ou konnen.Toujou chonje Senyè a nan tou sa w'ap fè. Li menm, la moutre ou chemen pou ou pran.
Frè m' yo, mwen soupriye nou angras, nan non Jezikri, Senyè nou an. Tanpri, mete nou dakò sou tout pwen. Pa kite divizyon mete pye nan mitan nou. Okontrè se pou nou fè yon sèl. Se pou nou tout gen menm konpreyansyon ak menm panse.