Zanmi mwen, lavi a se yon monnen de fas. Gen moman lajwa, gen moman tristès. Men Bondye vle nou tankou yon pyebwa ki plante bò larivyè, byen solid, fèy li pa janm tonbe, menm lè van ap soufle fò.
Konnen sa, lè kè sere, lè lapenn anvayi w, lè w santi w p ap janm soti, pa dekouraje. Bondye, nan mizèrikòd li ki pa gen limit, ap toujou la pou ba w kouraj. Pawòl li se yon rekonfò, l ap ede w kanpe ankò. Sèl sa w bezwen fè se ouvri kè w ba li. W ap wè, move moman sa yo ap pase.
Bondye avè w, ou pa poukont ou. L ap geri tout blesi w yo, l ap ranpli w ak lajwa. Mwen swete Lespri Sen an ba w fòs ak kouraj ou bezwen an. M ap priye pou Bondye soulaje kè w epi ba w pouvwa pou w kontinye mache dwat.
Pa bay kò nou traka pou anyen. Men, nan tout sikonstans mande Bondye tou sa nou bezwen nan lapriyè. Toujou chonje di l mèsi tou lè n'ap lapriyè.Konsa, Bondye va ban nou kè poze nan jan pa l, bagay lèzòm pa ka konprann. La kenbe kè nou ak lespri nou fèm nan Jezikri.
Se sa ki fè, pa chaje tèt nou pou denmen, paske denmen va gen zafè pa li. Chak jou gen kont chay pa yo.
Lè m nan tèt chaje, lè mwen pa konn sa pou m fè, se ou menm ki ban m kouray, se ou menm ki fè kè m kontan.
(4) Bondye ki anwo nan syèl la, lè mwen pè, se nan ou mwen mete tout konfyans mwen.(5) Mwen gen konfyans nan Bondye. M'ap fè lwanj pawòl li. Mwen pa pè anyen. Kisa lèzòm ka fè m?
Nou pa bezwen pè. Mwen la avèk nou! Nou pa bezwen kite anyen ban nou kè sote. Se mwen menm ki Bondye nou. M'ap ban nou fòs, m'ap ede nou. M'ap soutni nou ak fòs ponyèt mwen ki pa janm pèdi batay.
(5) Mwen te kriye nan pye Senyè a, li te reponn mwen. Li delivre m anba tout sa ki t'ap fè m pè yo.
— M'ap ban nou kè poze. M'ap fè kè nou poze nan jan pa mwen. Mwen p'ap fè li pou nou jan sa fèt dapre prensip ki nan lemonn. Pa kite anyen toumante tèt nou, nou pa bezwen pè.
Tansèlman, nou konn sa byen: nan tout bagay, Bondye ap travay pou byen tout moun ki renmen l, pou byen tout moun li te fè lide rele.
(23) Renmèt sò ou nan men Senyè a, l'a kenbe ou fèm. Li p'ap janm kite moun ki mache dwat devan li yo rete atè lè yo tonbe.
Ou menm, Bondye, w'ap ba yo kè poze! Moun ki toujou kenbe pwomès yo, wi, w'ap ba yo kè poze, paske yo mete konfyans yo nan ou!
Sonde m, Bondye! Wè tou sa ki nan kè m! Fouye m! Wè tou sa ki nan lide m!Gade wè si m sou yon move chemen. Mennen m sou chemen ki la pou tout tan an.
(6) Paske, lè li ankòlè, se pou yon ti tan. Men, li ban nou favè l pou tout tan n'ap viv. Lannwit nou kriye, Kou l jou, kè nou kontan.
Pa kite renmen lajan pran nanm nou. Se pou nou kontan ak sa nou genyen. Paske Bondye te di: Mwen p'ap janm vire do ba ou, mwen p'ap janm lage ou.Konsa, nou kapab di avèk konfyans: Se Bondye k'ap vin ede mwen. Mwen pa pè anyen. Kisa moun ka fè mwen?
Paske, Lespri Bondye ban nou an pa fè nou wont moun. Okontrè, Lespri Bondye a ban nou fòs, renmen ak pouvwa pou kontwole tèt nou.
Mwen mande Bondye ki bay espwa a pou l fè kè nou kontan nèt, pou l fè kè nou poze ak konfyans nou gen nan li a. Se konsa espwa nou va toujou ap grandi ak pouvwa Sentespri a.
(2) Se Bondye ki tout pwoteksyon nou, se li menm ki tout fòs nou. Li toujou pare pou ban nou sekou lè nou anba tray.(3) Se poutèt sa, nou te mèt wè tè a ap tranble, nou te mèt wè mòn yo ap chavire tonbe nan mitan lanmè, nou pa bezwen pè anyen.
— Vini jwenn mwen, nou tout ki bouke, nou tout ki anba chay, m'a soulaje nou.Pran jouk mwen, mete l sou zepòl nou. Pran leson nan men mwen. Paske mwen dou, mwen toujou soumèt mwen tout bon devan Bondye. Konsa, n'a viv ak kè poze.Paske, jouk m'ap ban nou an fasil pou pote, chay m'ap ban nou an pa lou.
Nou menm, moun fanmi Jakòb yo, men sa Senyè a ap di nou kounyeya, li menm ki te kreye nou an. Nou menm moun Izrayèl yo, men sa l'ap di nou, li menm ki te fè nou ak men l: — Nou pa bezwen pè anyen! M'ap toujou pwoteje nou. Se mwen menm ki te ban nou non nou pote a. Se pou mwen nou ye.Lè n'ap pase sou lanmè, m'ap kanpe la avèk nou. Lè n'ap janbe gwo dlo, dlo a p'ap bwote nou ale. Lè n'ap mache nan mitan dife, dife p'ap boule nou. Flanm dife a p'ap fè nou anyen.
Mete tout konfyans ou nan Senyè a. Pa gade sou sa ou konnen.Toujou chonje Senyè a nan tou sa w'ap fè. Li menm, la moutre ou chemen pou ou pran.
Se pou nou viv byen yonn ak lòt, jan Kris la vle l la. Paske, Bondye rele nou pou nou viv byen yonn ak lòt pou nou ka fè yon sèl kò. Toujou chonje sa li fè pou nou.
Kote ki gen renmen, pa gen kè kase. Okontrè, lè nou renmen tout bon, si kè nou te kase, li pa kase ankò. Konsa, yon moun ki pè toujou, li poko fin renmen nèt. Paske si ou pè, se paske ou pè chatiman.
(6) Wi, se sou Bondye ase pou m konte. Se nan li mwen mete tout espwa mwen.(7) Se li menm sèlman k'ap pwoteje m, k'ap delivre m. Se li ki tout defans mwen, li p'ap janm kite anyen rive m.
Men, Senyè a ap bay moun ki mete konfyans yo nan li fòs ankò. Tankou malfini, y'ap pran zèl pou yo leve ale. Y'ap kouri san yo p'ap janm bouke. Y'ap mache, yo p'ap janm febli.
— Se poutèt sa mwen di nou: Pa bat kò nou pou keksyon manje ak keksyon bwè, ni pou keksyon rad. Paske èske lavi pa pi konsekan pase manje? Eske kò a pa gen plis valè pase rad?Gade zwazo k'ap vole nan syèl la: yo pa plante, yo pa fè rekòt, yo pa sere anyen nan galata. Men, Papa nou ki nan syèl la ba yo manje. Eske nou pa vo pi plis pase zwazo yo?Kilès nan nou, afòs li fè tèt li travay, li kapab ajoute yon ti longè anplis sou lavi li?
Tout tantasyon nou jwenn sou chemen nou, se menm kalite tantasyon tout moun jwenn sou chemen yo tou. Men, Bondye li menm toujou kenbe pawòl li: li p'ap kite yo tante nou yon jan ki depase sa nou ka sipòte. Men, lè nou va anba tantasyon an, l'a ban nou fòs pou nou ka sipòte l, pou nou ka sòti anba li.
Chak fwa, li reponn mwen: Se favè m ase ou bezwen. Paske lè ou fèb, se lè sa a moun wè pouvwa mwen nan ou. Se poutèt sa, nan fon kè m, mwen pito pale sou feblès mwen pou pouvwa Kris la ka mete m anba zèl li.
(1b) Mwen leve je m, mwen gade mòn yo, mwen di: — Ki bò m'a jwenn sekou?Sekou mwen sòti nan men Senyè a. Se li menm ki fè syèl la ak latè a.
Pou fini, frè m yo, mete lide nou sou bagay ki bon, ki merite lwanj: bagay ki vre, ki kòrèk, ki dwat, ki bèl, ki p'ap fè nou wont.
Eske se pa yon ti monnen yon pè zwazo koute? Malgre sa, pa gen yon sèl ki tonbe atè san se pa Bondye ki pèmèt sa rive.Pou nou menm menm, ata grenn cheve nan tèt nou, yo tout konte.Se sa k fè, nou pa bezwen pè menm: nou vo pi plis pase anpil ti zwazo.
N'a kite lavil Babilòn ak kè kontan. Y'a mennen nou tounen lakay nou ak kè poze. Gwo mòn yo ak ti mòn yo va pran chante pou nou sitèlman y'a kontan. Tout pyebwa nan plenn yo va bat bravo pou nou!
(2) Mwen te mete tout espwa m nan Senyè a. Li te panche zòrèy li bò kote m, li te tande m lè m t'ap rele.(3) Li rale m sòti nan twou kote m t'ap peri a, nan gwo m'a labou a. Li mete m sou gwo wòch la, li fè m kanpe dwat ankò.(4) Li mete yon chante tou nèf nan bouch mwen, yon chante pou m fè lwanj Bondye nou an. Anpil moun, lè yo wè sa, yo pral pè, y'a mete konfyans yo nan Senyè a.
Pandan n'ap tann lan, fè kè n kontan. Se pou nou gen anpil pasyans nan mitan soufrans nou yo. Pa janm sispann lapriyè.
Se poutèt sa, ann pwoche avèk konfyans devan fòtèy kote Bondye ki renmen nou an chita. Se la n'a jwenn padon pou peche nou yo, se la n'a jwenn pou gremesi sekou n'a bezwen lè nou nan nesesite.
Menm lè m'ape pase anba lonbray lanmò, Mwen p'ape pè anyen, Paske, Senyè, ou la avèk mwen. Se baton ou ak pwoteksyon ou ki fè kè m' pa kase.
Se Bondye ki delivre m! Mwen gen konfyans nan li. Kè m pa kase ankò! Se Senyè a ki tout fòs mwen. Se pou li m'ap chante. Se li menm ki delivre m!
Se pou kè nou toujou kontan.Pa janm sispann lapriyè.Di Bondye mèsi pou tout bagay. Se sa Bondye mande nou, nou menm ki mete konfyans nou nan Jezikri.
Kò m te mèt ap deperi, lespri m te mèt ap gaga, se ou menm menm, Bondye, ki tout fòs mwen, se ou menm ki tout mwen.
Lè ou gen kè ou poze, ou kenbe kò ou an sante. Men, anvye sò lòt moun se tankou yon maladi k'ap manje ou nan zo.
Paske mwen gen lasirans sa a, anyen pa ka fè nou pèdi lamou Kris gen pou nou an: kit se lavi, kit se lanmò, ni zanj yo, ni lòt otorite ak pouvwa ki nan syèl la, te mèt se tan jodi a, te mèt se tan k'ap vini yo,ni pouvwa ki anwo nan syèl la, ni pouvwa ki nan zantray tè a. Non, pa gen anyen nan tout kreyasyon an ki ka rive fè nou pèdi lamou Bondye fè nou wè li gen pou nou nan Jezikri, Senyè nou an.
(1b) Senyè, m'ap fè lapriyè m moute devan ou. Bondye mwen, se nan ou mwen mete tout konfyans mwen.Piga ou fè m wont, pa kite lènmi yo pase m nan betiz.
Tout lwanj lan se pou Bondye. Paske, ak pouvwa k'ap travay nan nou an, li kapab fè pi plis pase tou sa nou ka mande, pi plis pase tou sa nou ka mete nan lide nou.
pou m'bay moun Siyon ki nan lafliksyon yo kè kontan nan plas lapenn yo, kontantman nan plas kè sere yo. Yon chante remèsiman nan bouch yo nan plas yon chante lapenn. Yo pral grandi tankou gwo pyebwa nan jaden Senyè a te plante ak men li. Yo pral fè sa ki dwat devan Bondye pou tout moun ka fè lwanj bèl pou vwa li.
Mwen sèten Bondye ki te konmanse bon travay sa a nan nou, li gen pou l kontinye l jouk li va fini l nèt, lè jou Jezikri a va rive.
Men, moun ki koute sa m di yo jwenn lasirans, y'a viv ak kè poze, yo p'ap bezwen pè anyen.
(11) M'ap fè lwanj pawòl Bondye. Wi, m'ap fè lwanj pawòl Senyè a.(12) Mwen gen konfyans nan Bondye, mwen pa pè anyen. Kisa lèzòm ka fè mwen?
Ann fè lwanj Bondye ki papa Jezikri, Senyè nou an, Papa ki gen kè sansib la, Bondye ki toujou la pou ban nou ankourajman an.Li ankouraje nou nan tout lapenn nou, konsa nou menm tou nou ka ankouraje moun ki nan tout kalite lapenn lè n'a ba yo menm ankourajman nou te resevwa nan men li an.
(12) Ou siye dlo nan je m, ou fè kè m kontan anpil. Ou wete rad dèy ki te sou mwen an, ou ban m yon bèl rad mete sou mwen pou m fè fèt.(13) Mwen p'ap rete ak bouch mwen fèmen, m'ap chante lwanj ou. Senyè, se ou menm ki Bondye mwen! Se tout tan tout tan m'ap di ou mèsi.
Se konsa tou, Lespri Bondye a vin ede nou, atout nou fèb la, paske nou pa konnen kisa pou n mande lè n'ap lapriyè, ni ki jan pou nou lapriyè. Men, se Lespri Bondye a menm k'ap lapriyè Bondye pou nou. L'ap pouse gwo soupi moun pa ka esplike.
Lè ou nan lafliksyon, chak jou se pwoblèm. Men, lè kè ou kontan, lavi se yon fèt pou ou.
Se ou ki defans mwen, se ou ki tout pwoteksyon mwen. Mwen mete tout espwa m nan pawòl ou.
Kounyeya, paske nou gen konfyans nan Bondye, Bondye fè nou gras, n'ap viv san kè sote ak Bondye, gremesi Jezikri, Senyè nou an.
(12) Wi, poukisa mwen kagou konsa? Poukisa m'ap plenn konsa nan kè mwen? M'ap mete espwa m nan Bondye, paske mwen gen pou m fè lwanj li ankò. Se li k'ap delivre m, se li ki Bondye mwen.
Sa pa vo lapenn pou nou leve granmaten, pou nou kouche ta, pou nou travay di pou n ka manje, paske, lè Bondye renmen yon moun, li ba li tout bagay pandan l'ap dòmi.
Pa mete nan tèt ou ou gen plis konprann pase sa. Gen krentif pou Senyè a, refize fè sa ki mal.
Men, si nou rive soufri poutèt byen nou fè, konsidere sa tankou yon benediksyon. Nou pa bezwen pè moun, nou pa bezwen toumante tèt nou pou anyen.
Se mwen menm, Senyè a, ki Bondye nou! M'ap pran men nou, m'ap di nou: Nou pa bezwen pè. M'ap ede nou!
Se poutèt sa kè nou pa sote devan Bondye. Nou konnen l'ap koute nou si nou mande l kichòy ki dakò ak volonte li.Konsa, non sèlman nou konnen l'ap koute nou lè nou fè l yon demann, men nou konnen tou l'ap ban nou sa nou mande l la.
Nou p'ap bezwen nan goumen menm. N'ap annik pran pozisyon nou. Apre sa, tann. N'ap wè Senyè a ap ban nou gany. Wi, nou menm moun peyi Jida ak moun lavil Jerizalèm, nou pa bezwen pè, nou pa bezwen gen kè kase. Denmen, mache pran yo, paske Senyè a ap kanpe la avèk nou.
Se pou nou toujou kontan nan lavi n'ap mennen ansanm nan Senyè a. M'ap repete l ankò: Fè kè nou kontan anpil.
(7) Nan mizè mwen te ye a, mwen rele nan pye Senyè a. Mwen mande Bondye m lan sekou. Kote l chita lakay li a, li tande vwa mwen, rèl mwen rive jouk nan zòrèy li.
Peche pa dwe donminen sou nou, paske nou pa anba pouvwa lalwa Moyiz la ankò, se anba favè Bondye a nou ye.
Men, Lespri Bondye a bay renmen, kè kontan, kè poze, pasyans, bon kè, seryozite, li fè ou gen bon manyè.Li fè ou aji ak dousè, li fè ou konn kontwole kò ou. Lalwa Moyiz la pa kont okenn nan bagay sa yo.
Lè mwen di: Men m'ap tonbe wi! Se ou menm, Senyè, ki soutni m paske ou gen bon kè.Lè m nan tèt chaje, lè mwen pa konn sa pou m fè, se ou menm ki ban m kouray, se ou menm ki fè kè m kontan.
Si m vole ale bò kote solèy leve, osinon si m al rete bò lòt bò lanmè,la ankò, w'ap toujou la pou mennen m, w'ap la pou pwoteje m.
Pito nou chache bay bagay peyi Wa ki nan syèl la premye plas nan lavi nou, chache viv jan Bondye vle l la anvan. Lè sa a, Bondye va ban nou tout lòt bagay sa yo tou.
Lè l rele m, m'ap reponn li. Lè l nan tray, m'ap la avèk li. M'ap delivre l, m'ap fè yo respekte l.
(4) Men ou menm, Senyè, w'ap toujou pran defans mwen. W'ap fè m genyen batay la. Ou p'ap kite m wont devan lènmi m yo.
Senyè a ap pwoteje ou pou anyen pa rive ou, li p'ap kite anyen rive ou.L'ap pwoteje ou kit w'ap antre, kit w'ap sòti, depi kounyeya ak pou tout tan.
Konsa, Bondye va ban nou kè poze nan jan pa l, bagay lèzòm pa ka konprann. La kenbe kè nou ak lespri nou fèm nan Jezikri.
Lè ou pral kouche, ou p'ap pè anyen. Lè w'a fin lonje kò ou, w'a dòmi nèt ale.Ou p'ap bezwen pè: malè p'ap rete konsa pou l tonbe sou tèt ou. Ni tou, sa ki rive mechan yo p'ap rive ou.Paske se Senyè a ki tout espwa ou. Li p'ap kite ou pran nan pèlen.
Mwen renmen Senyè a, paske li tande mwen, li koute lapriyè mwen.Li te panche zòrèy li bò kote m chak fwa mwen rele l.
Ou menm, Bondye, w'ap ba yo kè poze! Moun ki toujou kenbe pwomès yo, wi, w'ap ba yo kè poze, paske yo mete konfyans yo nan ou!Mete konfyans nou nan Bondye pou tout tan paske Senyè a ap toujou la pou pwoteje nou.
(2) Se sou Bondye sèlman mwen konte, se li menm ki pou delivre mwen. (3) Se li menm ase k'ap pwoteje m, k'ap delivre m. Se li ki tout defans mwen. Li p'ap janm kite anyen rive m.
Senyè, se nan ou mwen mete tout konfyans mwen! Pa janm kite m wont!Ou se yon jij ki pa nan patipri. Tanpri, sove m non, delivre mwen. Panche zòrèy ou bò kote m. Pote m sekou!Se ou menm ki twou wòch kote pou m kache. Se ou menm ki pou sèvi m ranpa ki pou sove mwen. Se ou menm k'ap pwoteje mwen. Se ou menm k'ap pran defans mwen.
Sèl bagay ki konsekan se pou nou viv yon jan ki konfòm ak bòn nouvèl Kris la. Konsa, mwen ta mèt rive vin wè nou, mwen ta mèt pa kapab, se pou m tande jan n'ap kenbe fèm, jan n'ap viv ansanm yonn ak lòt. Se pou m tande jan n'ap mennen batay la ansanm pou defann konfyans bòn nouvèl la fè nou gen nan Bondye.
Yon moun te mèt fè tout kalite lide nan tèt li. Men, sa Senyè a vle a, se sa ki pou rive.
(11) Li di: — Rete la! Sispann goumen! Konnen se mwen menm ki Bondye. Se mwen k'ap donminen sou tout nasyon yo. Se mwen k'ap donminen sou tout latè.
(6) Mwen pale ak tèt mwen, mwen di: — Poukisa m kagou konsa? Poukisa m'ap plede plenn konsa nan kè m? M'ap met espwa m nan Bondye, paske mwen gen pou m fè lwanj li ankò. Se li k'ap delivre m, se li ki Bondye mwen.
Se pou n te ka lib tout bon kifè Kris la te delivre nou. Se poutèt sa, ann rete fèm nan libète sa a. Veye kò nou pou n pa tounen esklav ankò.
(3) Se ou menm ki twou wòch kote m kache a. Se ou menm ki sèvi m ranpa. Se ou menm ki delivre m. Ou se Bondye mwen, se ou menm ki pwoteje m. Se nan ou mwen mete tout konfyans mwen. Se ou ki tout defans mwen. Se fòs ou k'ap sove m. Se anba zèl ou mwen jwenn kote pou m kache.
(20) Ann fè lwanj Senyè a chak jou! Li pote chay nou pou nou: Se li ki Bondye nou, se li ki delivre nou.
Se pou Bondye ki bay pasyans ak ankourajman an fè nou viv byen yonn ak lòt, pou nou ka swiv egzanp nou jwenn nan Jezikri.
Senyè a, se yon gwo ranpa byen solid. Se la moun k'ap mache dwat yo kouri al chache pwoteksyon.
Pa bay kò nou traka pou anyen. Men, nan tout sikonstans mande Bondye tou sa nou bezwen nan lapriyè. Toujou chonje di l mèsi tou lè n'ap lapriyè.
(12) O Bondye, pa kite okenn move lide nan kè m. Mete bon lide nan tèt mwen, pou m sa kenbe fèm.
Men, jan sa te ekri nan Liv la: Bagay pèsonn pat janm wè, ni pat janm tande, bagay okenn moun pat janm mete nan tèt yo, se sa Bondye te pare pou moun ki renmen li.
Pa fè menm bagay ak sa moun ap fè sou latè. Men, kite Bondye chanje lavi nou nèt lè l'a fin chanje tout lide ki nan tèt nou. Lè sa a, n'a ka konprann sa Bondye vle, n'a konnen sa ki byen, sa ki fè l plezi, sa ki bon nèt ale.
Moun ki simen ak dlo nan je ap rekòlte ak kè kontan.Moun ki t'ap kriye lè yo ta prale avèk grenn pou yo simen nan jaden yo, y'ap tounen ak bèl chante nan bouch yo sitèlman yo kontan lè y'ap pote rekòt la lakay yo.
— Pa anpile richès nou isit sou latè, kote vè ak lawouj ap manje yo, kote vòlè kapab vòlè yo pote ale.Okontrè, anpile richès nou nan syèl la. Paske la pa gen vè ni lawouj ki pou manje yo, ni vòlè ki pou pran yo pote ale.Paske, kote richès ou ye, se la kè ou ye tou.
Men, apre n'a fin soufri yon ti tan, Bondye li menm va rann nou bon nèt, l'a kenbe nou fèm, l'a ban nou fòs, l'ap fè nou kanpe san brannen. Paske Bondye bay tout kalite favè. Se li menm ki te rele nou, gremesi Kris la, pou n te patisipe nan pouvwa li ki p'ap janm fini.
(31) Bondye oo! Tou sa ou fè bon nèt ale. Ou toujou kenbe pawòl ou. Ou pwoteje tout moun ki chache pwoteksyon anba zèl ou.
(2) Mwen te mete tout espwa m nan Senyè a. Li te panche zòrèy li bò kote m, li te tande m lè m t'ap rele.