Bondye kreye w, li pwoteje w, li ba w tout sa w bezwen. Li gen tout pouvwa, li gen mizèrikòd, li padone, li bon. Ou ka konnen Bondye nan pawòl li a. Li enterese nan lavi w, li renmen w epi li gen yon bèl plan pou ou.
Menm anvan bagay yo rive, Bondye konnen yo deja. Renmen Bondye pa gen limit. Jan Izayi 41:13 di: “Paske, mwen menm, Seyè a, Bondye ou la, k ap kenbe men dwat ou, k ap di ou: Pa pè. M ap ede ou.” Se konsa Bondye ye, l ap toujou la avèk nou. Nou sèlman bezwen pwoche bò kote l.
Bondye kreye tout bagay, li soutni tout bagay, epi li sove lemonn nan Jezikri, Pitit Gason l lan.
Se pou pawòl ki nan liv lalwa a toujou nan bouch ou. Se pou w'ap kalkile yo nan tèt ou lajounen kou lannwit, pou ou ka viv dapre sa ki ekri nan liv la. Se konsa w'a mennen bak ou byen. Tout zafè ou va mache byen.
Pa fè okenn dèt. Sèl dèt nou dwe genyen, se pou nou yonn renmen yonn. Moun ki renmen moun parèy li, li fè tou sa lalwa mande.
Ala bon sa bon pou moun ki pa koute konsèy mechan yo, ki pa swiv egzanp moun k'ap fè sa ki mal, ki pa chita ansanm ak moun k'ap pase Bondye nan betiz,men ki pran tout plezi l nan lalwa Senyè a, k'ap repase l nan tèt li lajounen kou lannwit.
(8) Lalwa Senyè a bon sou tout pwen. Li moutre nou jan pou nou viv. Nou mèt gen konfyans nan kòmandman Senyè a. Tout moun ki pa gen konprann, l'ap ba yo konprann.
Si mwen pat pran plezi m nan fè sa ou mande m fè, atòkonsa mwen ta fin mouri nan mizè mwen.
Tout moun ki pat konn lalwa Moyiz la epi ki fè sa ki mal, y'ap peri san lalwa pa reskonsab. Men, tout moun ki konnen lalwa a epi ki fè sa ki mal, y'ap pase anba jijman dapre lalwa a.
Senyè a di Moyiz konsa: — Moute sou mòn lan bò kote m. Rete la. M'a ba ou de wòch plat avèk lalwa ak regleman mwen te ekri sou yo pou fè levasyon pèp la.
Peche te deja nan lemonn bèldriv anvan lalwa Moyiz la. Men paske pa te gen lalwa, Bondye pa te pran sanksyon kont peche.
Mwen pa voye favè Bondye fè m lan jete. Paske, si lalwa ka fè Bondye fè yon moun gras, enben, Kris la mouri pou gremesi.
M'ap mande nou yon sèl kesyon: Lè nou te resevwa Lespri Bondye a, èske se paske nou te fè sa lalwa mande osinon sa lafwa mande?
Bondye pran pale, li di:— Se mwen menm, Senyè a, Bondye nou an, ki te fè nou sòti nan peyi Lejip kote nou te esklav la. Piga nou gen lòt bondye pase mwen menm selman. Piga nou janm fè okenn estati ni okenn pòtre ki sanble bagay ki anwo nan syèl la, osinon bagay ki sou latè ou ankò nan dlo anba tè a.Piga nou adore yo, ni piga nou sèvi yo. Paske mwen menm, Senyè a, Bondye nou an, mwen se yon Bondye ki fè jalouzi. Lè yon moun rayi m, mwen fè pitit li, pitit pitit li ak pitit pitit pitit li yo peye sa.Men, lè yon moun renmen m, lè li fè sa m mande l fè, m'ap moutre l jan mwen renmen l tou ansanm ak tout pitit pitit li yo pandan mil generasyon. Piga nou sèvi mal ak non Senyè a, Bondye nou an, paske Senyè a p'ap manke pa pini moun ki sèvi mal avèk non li. Toujou chonje jou repo a pou nou mete l apa pou mwen.N'a travay sis jou. Lè sa yo n'a fè tou sa nou gen pou fè.Men, setyèm jou a, se jou repo pou nou mete apa pou Senyè a, Bondye nou an. Jou sa a, nou p'ap fè okenn travay, ni nou menm, ni pitit gason nou, ni pitit fi nou, ni moun k'ap travay lakay nou, ni bèt nou yo, ni etranje ki lakay nou.Paske, Senyè a te pran sis jou pou l fè syèl la, latè a ak lanmè a ansanm ak tou sa ki ladan yo. Apre sa, sou setyèm jou a, li pran repo. Se poutèt sa, Senyè a beni jou repo a, li mete l apa pou li. Respekte manman nou ak papa nou pou nou ka viv lontan nan peyi Senyè a, Bondye nou an, ban nou an. Piga nou fè zak asasinay. Piga nou fè adiltè. Piga nou vòlò moun sove ak yo. Piga nou bay manti sou frè parèy nou. Piga nou pote lanvi sou sa ki pa pou nou: ni sou kay frè parèy nou, ni sou madanm li, ni sou moun k'ap sèvi lakay li, ni sou bèf li, ni sou bourik li, ni sou okenn lòt bagay ki pou frè parèy nou.
Kisa sa vle di menm? Paske nou pa anba lalwa Moyiz la ankò men anba favè Bondye a, eske nou ta mèt fè peche pou sa? Men non.
Sa m'ap mande nou jòdi a, se pou nou renmen Senyè a, Bondye nou an, se pou nou viv jan li vle l la, se pou nou fè tou sa li mande nou fè nan kòmandman li yo, nan lòd li yo ak nan regleman li yo. Konsa, n'a gen lavi, n'a gen anpil pitit. Senyè a, Bondye nou an, va beni nou nan peyi nou pral pran pou rele nou pa nou an.
Paske tou sa lalwa mande nou, nou jwenn yo nan kòmandman sa a: Se pou ou renmen frè parèy ou, menm jan ou renmen tèt pa ou.
Se pou nou renmen Senyè a, Bondye nou an, avèk tout kè nou, avèk tout nanm nou, avèk tout fòs kouray nou. Pa janm bliye kòmandman m'ap ban nou jòdi a.N'a moutre pitit nou yo. N'a repete yo nan zòrèy yo, kit nou lakay, kit nou nan travay.
Men, Lespri Bondye a bay renmen, kè kontan, kè poze, pasyans, bon kè, seryozite, li fè ou gen bon manyè.Li fè ou aji ak dousè, li fè ou konn kontwole kò ou. Lalwa Moyiz la pa kont okenn nan bagay sa yo.
Se pa paske yon moun fè sa lalwa a mande kifè li inonsan devan Bondye. Poukisa? Paske lalwa annik fè nou konnen sa nou fè a pa bon.
Moyiz ale, li rapòte bay pèp la tou sa Senyè a te di l yo ansanm ak tout lòd li te bay yo. Tout pèp la reponn ansanm: — N'a fè tou sa Senyè a di nou fè.
Yo t'ap li nan liv lalwa Bondye a, yo t'ap tradwi l pou yo, yo t'ap esplike l ba yo, pou yo te ka konprann sa yo t'ap li pou yo a.
Lalwa antre nan koze a pou fè moun peche plis toujou. Men, kote moun fè plis peche a, se la favè Bondye a vide pi rèd sou yo.Se sa k fè, menm jan peche a te bay lanmò lè l te donminen sou nou, konsa tou lè se favè Bondye a ki donminen sou nou, li fè moun gras, li ba yo lavi ki pa janm fini an, gremesi Jezikri, Senyè nou an.
Ala bon sa bon pou moun k'ap mennen yon lavi san repwòch, pou moun k'ap mache dapre lalwa Senyè a!Ala bon sa bon pou moun ki kenbe prensip li yo, pou moun k'ap chache obeyi l ak tout kè yo!
Si nou koute Senyè a, Bondye nou an, si nou fè tou sa mwen ban nou lòd fè jòdi a, Senyè a va fè nou tounen nasyon ki pi gran pase tout lòt nasyon ki sou latè.
Nou menm pèp mwen, koute sa m'ap di nou: Nou menm, nasyon yo, louvri zòrèy nou byen louvri! Paske m'ap anseye prensip ki dwat, y'a sèvi gid pou nasyon yo.
Pawòl ou se yon chandèl ki fè m wè kote m'ap mete pye m, se yon limyè k'ap klere chemen mwen.
Nan kondisyon sa a, kisa n'a di? Eske lalwa se peche? Non, wete sa nan tèt ou. Men, se lalwa a ki fè m konnen sa peche ye. Se konsa mwen pa ta janm konnen kisa ki rele gen lanvi, si lalwa pat di m: Piga ou janm pote lanvi sou sa k pa pou nou.
Konsa, lalwa te reskonsab nou pou tann Kris vini dekwa lè nou mete lafwa nan Kris pou Bondye ka grasye nou.Deske tan lafwa a vini koulyeya, nou pa soukont lalwa ankò.
— Pa mete nan tèt nou mwen vin aboli lalwa Moyiz la ak sa pwofèt yo te moutre nou. Mwen pa vin pou aboli yo, mwen vin moutre sa yo vle di tout bon.Sa m'ap di nou la a se vre wi: Toutotan syèl la ak tè a va la, pa gen ti yon pwèlyèm nan lalwa a k'ap disparèt, jouk tout bagay ki gen pou rive yo rive.
(8) Lalwa Senyè a bon sou tout pwen. Li moutre nou jan pou nou viv. Nou mèt gen konfyans nan kòmandman Senyè a. Tout moun ki pa gen konprann, l'ap ba yo konprann.(9) Regleman Senyè a se bagay ki dwat. Moun ki swiv yo ap gen kè kontan. Kòmandman li yo klè. Yo louvri je moun.(10) Se pou nou gen krentif pou Senyè a yon jan ki san repwòch. Epi se tout tan pou nou gen krentif sa a. Jijman Senyè a se verite, yo pa janm nan patipri.(11) Moun ap kouri dèyè yo pi rèd pase dèyè lò, menm pase lò ki pi bon an. Yo pi dous pase siwo myèl, menm pase siwo k'ap degoute nan gato myèl.(12) Mwen menm k'ap sèvi ou la, yo ban m anpil konesans. Gen gwo rekonpans pou moun k'ap obeyi yo.
Kounyeya, nou menm pèp Izrayèl, men sa Senyè a, Bondye nou an, mande nou: Se pou nou gen krentif pou Senyè a, Bondye nou an. Se pou nou swiv chemen li mete devan nou an. Se pou nou renmen l. Se pou nou sèvi l ak tout kè nou ak tout nanm nou.Se pou nou mache dapre tout kòmandman ak tout lòd li yo. Se pou byen nou mwen ban nou yo jòdi a.
Si nou fè sa Bondye mande nou fè, lè sa a nou mèt sèten nou konnen li.Lè yon moun di: Mwen menm, mwen konn Bondye, epi pou anmenmtan an li pa fè sa Bondye mande l fè a, moun sa a se yon mantò. Verite a pa nan li.
Peche pa dwe donminen sou nou, paske nou pa anba pouvwa lalwa Moyiz la ankò, se anba favè Bondye a nou ye.
Bondye di ankò: Men kontra mwen pral fè ak pèp Izrayèl la, apre jou sa yo fin pase. M'a mete lwa m yo nan lespri yo, m'a make lwa m yo nan kè yo. M'a tounen Bondye tout bon pou yo, y'a tounen yon pèp ki apa pou mwen.
Men, lalwa a se yon bagay ki sòti nan Bondye. Kòmandman an tou, se Bondye ki bay li, se konsa li dwat epi li bon.
Jezi reponn li: — Se pou ou renmen Mèt la, Bondye ou, ak tout kè ou, ak tout nanm ou, ak tout lide ou.Se kòmandman sa a ki pi gwo, ki pi konsekan.Men dezyèm kòmandman an ki gen menm enpòtans ak premye a: se pou ou renmen frè parèy ou tankou ou renmen pwòp tèt pa ou.De kòmandman sa yo, se yo ki fondasyon tou sa ki nan lalwa Moyiz la ak tou sa pwofèt yo te moutre.
Pa fè okenn dèt. Sèl dèt nou dwe genyen, se pou nou yonn renmen yonn. Moun ki renmen moun parèy li, li fè tou sa lalwa mande.Se konsa, ou wè kòmandman sa yo: “Piga ou janm fè adiltè. Piga ou fè zak sasinay touye moun. Piga ou janm vòlò. Piga ou pote lanvi sou sa ki pa pou ou”. Kòmandman sa yo ansanm ak tout lòt yo, gen yon sèl pawòl ki ranmase yo tout: “Se pou ou renmen frè parèy ou tankou ou renmen pwòp tèt pa ou”.Moun ki gen renmen nan kè yo pa fè moun mal: se sa k fè lè nou renmen, nou fè tou sa lalwa a mande nou fè.
Men, moun ki fikse je l sou lalwa ki bon nèt la, lalwa ki bay libète a, si l sòti pou l fè sa lalwa a mande, si li pa yon moun ki kite pawòl la antre nan yon zòrèy sòti nan yon lòt, men ki fè sa lalwa a mande, moun sa a va jwenn benediksyon nan sa l'ap fè a.
Moun ki mete nan lide yo lalwa a ka sove yo, yo anba madichon. Men sa ki ekri nan Liv la: Madichon pou tout moun ki pa fè tou sa ki ekri nan Liv lalwa a tout tan.
Ala bon sa bon pou moun ki pa koute konsèy mechan yo, ki pa swiv egzanp moun k'ap fè sa ki mal, ki pa chita ansanm ak moun k'ap pase Bondye nan betiz,men ki pran tout plezi l nan lalwa Senyè a, k'ap repase l nan tèt li lajounen kou lannwit.Li tankou yon pyebwa yo plante bò kannal dlo: Li donnen lè sezon l rive. Fèy li p'ap janm fennen. Tou sa l fè sòti byen.
Pa konprann pou nou fè sa ki mal paske nou wè se sa tout moun ap fè. Lè n'ap sèvi temwen nan yon pwosè, piga nou pran pati pou bò ki gen plis moun lan lè nou konnen se yo ki antò.
Piga nou tire revanj sou pèsonn. Piga nou kenbe moun menm ras ak nou nan kè, men se pou nou renmen yo tankou nou renmen pwòp tèt pa nou. Se mwen menm ki Senyè a!
Moun ki pa respekte lalwa bay mechan pye sou moun. Men moun ki fè sa lalwa mande, se moun ki pran pozisyon kont mechan.
Lè pa gen moun ki pou fè pèp la konnen sa pou l fè, pèp la an debandad nèt. Men, ala bon sa bon pou moun k'ap fè sa lalwa mande!
Lalwa Moyiz la pat menm yon bon pòtre bagay ki la tout bon yo. Se yon senp lonbray benediksyon ki gen pou vini yo li ye. Moun ki pwoche bò kote Bondye avèk menm kalite ofrann bèt y'ap plede ofri chak lanne san rete a, moun sa yo, lalwa pa ka fè yo vin bon nèt.
— Kòmandman Moyiz ak liv pwofèt yo te gen fòs lalwa jouk tan Jan Batis te rive. Men, depi lè sa a, se anonse y'ap anonse bòn nouvèl peyi kote Bondye Wa a, se nan goumen pou moun antre ladan li.
Bagay lalwa Moyiz pa te kapab fè, paske egzijans lachè t'ap fè te rann li san fòs, se Bondye menm ki akonpli yo. Bondye kondannen peche lèzòm nan lachè sa a lè li voye pwòp pitit pa li nan yon kò ki menm ak kò peche a pou li ka fini nèt ak peche.Bondye fè sa pou moun pa viv dapre sa lachè egzije yo, men dapre egzijans Lespri Bondye pou nou satisfè sa lalwa mande.
Se pou nou swiv tout lòd ak tout kòmandman mwen ban nou jòdi a. Konsa, ni nou menm, ni tout pitit nou yo apre nou, n'a viv lontan ak kè kontan nan peyi Senyè a, Bondye nou an, ap ban nou pou rele nou pa nou pou tout tan.
Pa janm wete pawòl verite a nan bouch mwen, paske mwen mete tout espwa mwen nan jijman ou yo.
Se sa ki fè, moun ki va dezobeyi yonn nan pi piti nan kòmandman sa yo, epi ki va moutre lòt moun pou yo fè menm jan an tou, moun sa a va pase pou pi piti nan Peyi Wa ki nan syèl la. Konsa tou, moun ki obeyi kòmandman sa yo, k'ap moutre lòt moun jan pou yo fè l tou, moun sa a va pase pou pi gran nan Peyi Wa ki nan syèl la.
Konsa tou, lè m nan mitan moun ki pa konnen lalwa Moyiz la, mwen viv tankou yo san m pa okipe lalwa a, pou m ka mennen yo vin jwenn Kris la. Sa pa vle di pou sa mwen pa obeyi lalwa Bondye a. Paske mwen menm, mwen anba lalwa Kris la.
Men, nou konnen se pa paske yon moun fè tou sa lalwa jwif yo mande kifè li inonsan devan Bondye, men se lè li mete konfyans li nan Jezikri Bondye va fè l gras. Se poutèt sa, nou menm tou, nou te mete konfyans nou nan Jezikri. Konsa, se pa paske nou te fè sa lalwa jwif yo mande kifè Bondye fè nou gras, men se paske nou te mete konfyans nou nan li. Bondye p'ap fè pèsonn gras paske li fè sa lalwa mande.
Moun ki mache dwat devan Bondye, se pa moun k'ap tande lalwa a nan zòrèy yo sèlman, men se moun ki fè sa lalwa a mande.
Men moun ki obsève tout lalwa a, men ki dezobeyi menm yon sèl nan kòmandman yo, se tankou si li te dezobeyi tout nèt.
Tout moun ki fè peche, se dezobeyi yo dezobeyi lalwa Bondye, paske peche se dezobeyisans lalwa.
Lè wa a va pran pouvwa a, l'a mande pou yo kopye tout lalwa Bondye a nan yon liv pou sèvis pa li, dapre original ki nan men prèt fanmi Levi yo.Se pou li toujou gen liv la avèk li, se pou li li l chak jou jouk li mouri, pou l ka aprann gen krentif pou Senyè a, Bondye li a, pou l ka swiv tout prensip ki nan lalwa a, pou l ka fè tou sa yo mande l fè ladan l.Konsa, li p'ap ka mete nan tèt li li plis pase rès pèp la, li p'ap janm dezobeyi okenn lòd nan sa Senyè a te bay la. Se konsa, ni li ni pitit li yo y'a rete chèf lontan nan mitan pèp Izrayèl la.
Li reponn yo: — Nou menm k'ap pale a, poukisa n'ap plede dezobeyi kòmandman Bondye yo pou nou swiv koutim pa nou yo?
Moun ki kwè Bondye ap fè yo gras paske yo fè sa lalwa a mande, yo vire do bay Kris la. Yo pèdi favè Bondye a.
Apre sa, Senyè a, Bondye nou an, te pase nou lòd pou nou kenbe tout prensip sa yo. Konsa, n'a gen krentif pou li, n'a viv ak kè kontan, epi l'a konsève lavi nou jan li fè sa pou nou jouk kounyeya.
Bon, jan nou pale la a, eske konfyans nan Bondye fè lalwa pèdi valè li? Non, se lekontrè. Se lè sa a atò nou mete lalwa a nan vrè plas li.
Li chire papye kote tou sa nou te dwe l yo ekri a. Papye sa a te kondannen nou devan lalwa. Kris la detwi l nèt lè li kloure l sou kwa a.
Lè ou pa respekte pawòl ki nan lalwa Bondye a, se dèt ou fè. Men, moun ki fè sa lalwa mande yo fè a ap jwenn rekonpans yo.
Senyè a se yon Bondye ki sòti pou sove pèp Izrayèl la. Li ta vle pou tout pèp la respekte lòd li yo, pou yo tout fè lwanj li.
— Tou sa nou vle lòt moun fè pou nou, nou menm tou, fè li pou yo tou. Se sa lalwa Moyiz la ak liv pwofèt yo mande nou fè.
Yo konn jijman Bondye a byen pwòp: yo konnen moun ki fè bagay sa yo merite lanmò. Atousa, y'ap plede fè yo toujou. Sa ki pi rèd, yo dakò ak moun k'ap fè yo tou.
Si nou koute Senyè a, Bondye nou an, si nou fè tou sa mwen ban nou lòd fè jòdi a, Senyè a va fè nou tounen nasyon ki pi gran pase tout lòt nasyon ki sou latè.Wi, si nou koute Senyè a, Bondye nou an, men benediksyon l'ap vide sou nou:
Tou sa ki nan pawòl ou se verite. Tout jijman ou yo se jijman ki san patipri. Yo la pou tout tan.
Poukisa yo te bay lalwa a menm? Yo te ajoute lalwa a pou l te ka fè nou konnen bagay ki kont volonte Bondye. Lalwa a te fèt pou l te la toutotan pitit pitit Abraram lan pat ankò vini, paske se pou li Bondye te fè pwomès la. Se zanj Bondye yo ki te bay lalwa, epi se yon nonm ki te sèvi entèmedyè.
Men, si se avèk Lespri Bondye m'ap chase move lespri yo, sa vle di pouvwa Gouvènman Bondye ki wa a gentan rive sou nou.
Moun lòt nasyon yo ki pa gen lalwa Moyiz la, yo fè sa lalwa a mande san yo pa konnen. Yo menm ki pa gen lalwa Moyiz la, yo tounen yon lwa pou pwòp tèt pa yo menm si yo pat konn lalwa a.Konsa, yo moutre ki jan sa lalwa Moyiz mande a ekri nan kè yo. Konsyans yo moutre sa tou paske yon lè konsyans yo repwoche yo sa yo fè, yon lòt lè konsyans yo dakò ak sa yo fè.
Jan sa ekri nan Liv la, lalwa gran Wa a di: Se pou ou renmen frè parèy ou tankou ou renmen pwòp tèt pa ou. Si nou fè sa, nou fè byen.
Men renmen Bondye pou moun ki gen krentif pou li yo, se bagay ki la pou tout tan. L'ap gen pitye pou pitit pitit yo,pou moun ki kenbe pawòl yo ak li, pou moun ki chonje kòmandman li yo pou obeyi yo.
W'a reponn yo: Koute pawòl Senyè a, koute sa li te moutre nou an! Si nou koute moun k'ap di nou fè lòt bagay, n'ap toujou rete nan fènwa.
Chache viv ak kè poze ak tout moun. Mennen yon lavi apa pou Bondye. Si se pa sa, pa gen moun k'ap wè Senyè a.
Prensip sa yo la pou tout moun. Kit se etranje, kit se moun natif-natal k'ap viv nan peyi nou an.
Apre sa, Moyiz ekri tout lalwa a, epi li renmèt li bay prèt yo, moun fanmi Levi yo ki te reskonsab Bwat Kontra Senyè a, ansanm ak tout chèf fanmi pèp Izrayèl la.Moyiz ba yo lòd sa a: — Chak setan, lè lanne pou yo renmèt dèt yo va rive, pandan y'ap fete fèt Joupa yo.Lè tout pèp Izrayèl la va vin adore Senyè a, Bondye nou an, nan kote li te chwazi pou sa a, n'a li tout liv lalwa a byen fò devan yo tout, pou yo ka tande l nan zòrèy yo.N'a sanble tout moun, fanm kou gason, timoun kou granmoun, ansanm ak moun lòt nasyon k'ap viv nan lavil nou yo, pou yo ka tande l, pou yo ka aprann gen krentif pou Senyè a, Bondye nou an, pou yo kenbe lalwa a, epi pou yo fè tou sa ki ladan l.Se konsa, pitit yo ki pat janm konn lalwa a va tande l. Y'a aprann gen krentif pou Senyè a, Bondye nou an, chak jou pandan tout tan n'ap viv nan peyi nou pral pran pou nou an, lè n'a janbe lòt bò larivyè Jouden an.
Paske, avèk Kris la, lalwa a jwenn bout li. Konsa, Bondye fè tout moun ki kwè nan Kris la gras.
Men sa Senyè a di pèp li a: — Se pou nou fè sa ki dwat. Pa fè lenjistis. Paske mwen pa lwen vin delivre nou, mwen pa lwen fè nou konnen jan m'ap pran defans nou.
Pitit mwen, pa janm bliye sa mwen moutre ou yo. Kenbe tou sa mwen di ou fè yo nan kè ou.Se yo k'ap fè ou viv lontan. Se yo k'ap fè ou viv ak kè poze.
Nou konnen nou renmen pitit Bondye yo lè nou renmen Bondye, lè nou fè tou sa li mande nou fè.Nou renmen Bondye, lè nou fè tou sa li mande nou fè. Sa Bondye mande nou fè yo pa twò difisil pase sa.
Gouvènman Bondye ki wa a, se pa yon afè manje ak bwè, men se yon kèsyon fè sa ki byen, viv ak kè poze ak kè kontan. Bagay sa yo, se Sentespri ki bay yo.
(9) Regleman Senyè a se bagay ki dwat. Moun ki swiv yo ap gen kè kontan. Kòmandman li yo klè. Yo louvri je moun.
Kanta nou menm, frè m yo, Bondye te rele nou pou n te ka gen libète nou. Sèlman, pa pran libète a sèvi eskiz pou nou viv dapre egzijans lachè. Okontrè, se pou nou yonn sèvi lòt nan renmen nou yonn gen pou lòt.
Ou te mèt wè mòn yo ap souke, ti mòn yo ap tranble, mwen p'ap janm sispann renmen ou. M'ap toujou kenbe kontra mwen te pase pou m te toujou byen avè ou la. Se Senyè ki renmen ou lan ki di ou sa.
Se pou pawòl Kris la ak tout richès li yo rete fèm nan lavi nou. Se pou nou yonn aprann nan men lòt, se pou yonn konseye lòt ak anpil konprann. Se pou nou chante sòm, kantik ak tout lòt chante legliz pou di Bondye mèsi ak tout kè nou.Tou sa n'ap fè, tou sa n'ap di, fè l nan non Senyè Jezi a, san nou pa janm bliye di Bondye mèsi nan li.
Se pou tout moun soumèt anba otorite ki sou tèt yo. Paske nanpwen otorite ki pa soti nan Bondye. Epi tout otorite ki la, se Bondye ki mete yo.Se poutèt sa, moun k'ap kenbe tèt ak otorite, se refize yo refize obeyi prensip Bondye tabli. Moun ki refize obeyi, y'ap rale jijman sou tèt yo.
Gen kèk moun nan nou ki di: Mwen gendwa fè tout bagay. Wi, ou gendwa fè tout bagay. Men, tout bagay pa bon pou fè. Mwen ka di mwen gendwa fè tout bagay. Men, mwen p'ap kite anyen fè m tounen esklav li, li te mèt sa l te ye.
Pawòl Bondye a se pawòl ki gen nanm, li gen pouvwa. Li file pase kouto famasi. Li ka koupe jouk li jwenn kote nanm ak lespri kontre fè yonn, jouk kote vyann ak mwèl rankontre. Li jije tout santiman ak tout lide ki nan kè moun.
Pito nou chache bay bagay peyi Wa ki nan syèl la premye plas nan lavi nou, chache viv jan Bondye vle l la anvan. Lè sa a, Bondye va ban nou tout lòt bagay sa yo tou.
Mwen pran plezi m pou m mache dapre prensip ou yo, tankou si m te gen tout richès sou latè.
Apre tout pawòl sa yo, se yon sèl bagay pou m di nan sa: Gen krentif pou Bondye. Fè tou sa li mande ou fè yo. Se pou sa ase Bondye te kreye moun.Paske Bondye ap jije tou sa n'ap fè, kit yo bon, kit yo pa bon, ata bagay nou fè ankachèt yo.
Manyè di m, nou menm ki vle rete anba lalwa a: genlè nou pa konprann sa lalwa a di?Li di nou konsa: Abraram te gen de pitit gason, yonn avèk fanm ki te esklav la, yon lòt avèk fanm ki pat esklav la.Pitit fanm ki te esklav la te fèt dapre egzijans lachè, men pitit fanm ki pat esklav la te fèt dapre pwomès Bondye.Nou ka pran istwa sa a pou yon parabòl: de fanm sa yo se de kontra. Aga se kontra ki te fèt sou Mòn Sinayi a. Tout pitit li yo se esklav yo ye.
Premye kontra a te gen regleman pa li sou jan yo dwe fè sèvis Bondye nan Tanp sou latè a.Premye bagay yo fè, yo moute yon gwo tant: se te kote yo te mete apa pou sèvis Bondye a. Se la yo te mete gwo lanp sèt branch lan, tab la ansanm ak pen yo ofri bay Bondye yo.
moun sa a pa bezwen fè anyen pou papa l osinon pou manman l. Se konsa, avèk koutim nou yo, nou fè pawòl Bondye a pase pou anyen menm.
Men nou menm, nou se yon ras Bondye chwazi, prèt k'ap sèvi wa a, nasyon k'ap viv apa pou Bondye, pèp li peye pou li a. Li fè tou sa, pou nou te ka fè tout moun konnen bèl bagay Bondye te fè yo, Bondye ki rele nou soti nan fènwa a pou nou antre nan bèl limyè li a.
Tout moun peche, Bondye ki gen pouvwa a bay yo tout do.Men Bondye ki renmen yo, li fè yo gras. Li fè sa pou yo gratis, gremesi Jezikri ki vin delivre yo.