Ou gen yon misyon enpòtan kòm kwayan: se pataje Bòn Nouvèl la ak tout moun, ale toupatou sou latè pou fè yo konnen pawòl Bondye a. Men sa Bib la di: “Ale nan tout mond lan, preche Bòn Nouvèl la bay tout kreyati” (Mak 16:15).
Ankouraje w pou w akonpli bèl misyon sa a Bondye ban nou an. Pale de li ak tout moun ki poko konnen l. Kite pawòl li a boule nan kè w, konsa wa konnen kijan pou w pale ak tout moun Bondye mete sou wout ou. Pran kouraj, pa pè, pote bèl mesaj delivrans ak lavi etènèl sa a Bondye deja ba ou a.
Bondye ap ba w fòs, l ap prepare w chak jou atravè pawòl li a. Li renmen nou tèlman, menm lè nou te nan peche, Kris mouri pou nou (Women 5:8).
Benediksyon pou moun ki mete konfyans yo nan Senyè a, wi, pou moun ki mete tout espwa yo nan li.L'ap tankou pyebwa yo plante bò larivyè. L'ap plonje rasin ni fon nan dlo. Li pa pè anyen lè sezon chalè rive paske fèy li ap toujou rete vèt. Te mèt gen yon lane sechrès, sa p'ap fè li anyen, l'ap toujou donnen.
— Mwen se pye rezen tout bon an. Papa m se moun k'ap okipe pye rezen an.Li koupe tout branch nan mwen ki pa donnen. Li netwaye tout branch ki donnen pou yo ka donnen plis toujou.
Se pa nou ki chwazi m, se mwen menm ki chwazi nou, ki mete nou apa pou n ale, pou n ka donnen, pou donn nou ka konsève. Konsa, Papa a va ban nou nenpòt kisa n'a mande nan non mwen.
Men, Lespri Bondye a bay renmen, kè kontan, kè poze, pasyans, bon kè, seryozite, li fè ou gen bon manyè.Li fè ou aji ak dousè, li fè ou konn kontwole kò ou. Lalwa Moyiz la pa kont okenn nan bagay sa yo.
Mwen se pye rezen an, nou se branch yo. Moun ki fè yonn avè m, moun mwen fè yonn ak li, l'ap donnen anpil, paske nou pa kapab fè anyen san mwen.
Yon bon pyebwa bay bon donn. Men, yon move pyebwa bay move donn.Yon bon pyebwa pa ka bay move donn. Nitou yon move pyebwa pa ka bay bon donn.Nenpòt pyebwa ki pa bay bon donn, yo pral koupe sa jete nan dife.Konsa tou, n'a rekonèt fo pwofèt yo sou sa y'ap fè.
Men ki jan pouvwa Papa m lan va parèt aklè: se lè nou donnen anpil, lè nou fè wè se disip mwen nou ye.
Gen lòt ankò ki resevwa pawòl la tankou grenn ki tonbe nan mitan pikan. Yo tande pawòl la, men traka lavi ak anvi gen lajan, tou sa toufe pawòl la, kifè yo pa ka bay anyen menm.
Se menm jan an tou pou nou menm, frè m yo. Nou mouri ansanm ak kò Kris la annegad lalwa. Konsa, nou lib pase nan men yon lòt mèt. Kounyeya, se nan men moun ki te leve sòti vivan nan lanmò a nou ye pou nou ka viv yon jan ki itil pou Bondye.
Si nou mache dapre lòd mwen yo, si nou kenbe tout kòmandman m yo, si nou swiv yo,lè sezon an rive, m'a ban nou lapli. Konsa tè nou va bay rekòt, pyebwa nan jaden nou va donnen.
Moun k'ap chache pou lèzòm viv byen yonn ak lòt, y'ap travay ak kè poze pou yo ka rekòlte yon lavi ki dwat devan Bondye.
Li tankou yon pyebwa yo plante bò kannal dlo: Li donnen lè sezon l rive. Fèy li p'ap janm fennen. Tou sa l fè sòti byen.
Lè y'ap rale zòrèy nou, sa fè nou pi tris pase sa fè nou kontan. Men pita, moun ki soti byen pare, apre tout egzèsis sa yo, yo pral mennen yon lavi dwat ak kè poze.
Li beni yo, li di: Fè pitit, fè anpil anpil pitit mete sou latè. Donte tè a. Mwen ba ou pouvwa sou pwason nan lanmè, sou zwazo nan syèl ak sou tout bèt vivan k'ap mache sou vant sou latè.
— Yon bon pyebwa pa bay move donn, ni yon move pyebwa pa bay bon donn.Yo rekonèt kalite yon pyebwa sou donn li bay. Joumou pa donnen kalbas. Ni kenèp pa donnen rezen.— Yon nonm ki bon, se bon bagay li rale sòti nan kè li ki bon. Yon nonm ki mechan, se move bagay li rale sòti nan kè li ki move. Paske, sa k nan kè yon nonm, se sa k sòti nan bouch li.
Bondye di: Gade. Mwen ban nou tout kalite plant ki bay grenn ak tout kalite pyebwa ki bay fwi ak grenn pou nou manje.
Se poutèt sa, men sa m'ap di nou: Kite Lespri Bondye dirije lavi nou. Pa obeyi egzijans kò a.Kò a gen egzijans ki pa dakò ak egzijans Lespri Bondye a. Konsa tou, Lespri Bondye a gen egzijans ki pa dakò ak egzijans kò a. Se de bagay ki pa mache ansanm menm. Se sa k fè nou pa kapab fè sa nou vle.Men, si se Lespri Bondye a k'ap dirije lavi nou, nou pa anba lalwa ankò.
Si gen nan mitan nou yon moun ki gen bon konprann, ki gen lespri, se pou l moutre sa ak bon kondit li. Se pou l fè sa ki byen san lògèy, men avèk bon konprann.
Gremesi Jezikri, sèl ofrann san n'ap ofri bay Bondye a, se lwanj n'ap ba li tout tan. Se tout tan pou non l nan bouch nou.
Fè bagay ki pou fè wè nou chanje lavi nou tout bon. Sispann di nan kè nou: Se pitit pitit Abraram nou ye! Paske, mwen pa kache di nou sa: Bondye kapab pran wòch sa yo, li fè yo tounen pitit pou Abraram.Epitou, rach la tou pare pou koupe rasin pyebwa yo. Nenpòt pyebwa ki pa bay bon donn, yo pral koupe sa, jete nan dife.
— Si pyebwa a bon, l'ap bay bon fwi. Si pyebwa a pa bon, l'ap bay move fwi. Yo rekonèt kalite yon pyebwa sou kalite fwi li bay.
Li koupe tout branch nan mwen ki pa donnen. Li netwaye tout branch ki donnen pou yo ka donnen plis toujou.
Se pou moun nou yo aprann fè sa ki byen tou, pou yo bay lè gen ka nesesite. Yo pa fèt pou y'ap viv konsa san yo pa bay anyen.
(13) Moun k'ap mache dwat yo pral pouse tankou palmis, y'ap grandi tankou pye sèd nan peyi Liban.(14) Yo tankou pyebwa yo plante nan kay Senyè a, y'ap pouse bèl branch nan Tanp Bondye nou an.(15) Yo te mèt granmoun, y'ap donnen, y'ap toujou vèt, y'ap toujou gen fòs.
Pou konmanse, moun ki gen bon konprann ki sòti nan Bondye a ap fè volonte Bondye, l'ap viv byen ak tout moun, l'ap respekte tout moun, l'ap tande rezon, l'ap gen kè sansib, l'ap fè anpil anpil byen, li pa nan de fas ni nan ipokrit.
Pou fini, gen moun ki tankou bon tè a. Yo tande pawòl la, yo resevwa l epi yo donnen. Gen ladan yo ki bay trant pou yonn, lòt bay swasant pou yonn, lòt ankò bay san (100) pou yonn.
Se poutèt sa, nou dwe fè tou sa nou kapab pou nou pa rete ak konfyans nou gen nan Bondye a sèlman. Men, apa konfyans lan se pou nou gen bon kondit. Apa bon kondit la, se pou nou gen konesans.Apa konesans la, se pou nou konn kontwole tèt nou. Apa konn kontwole tèt nou an, se pou nou gen pasyans. Apa pasyans la, se pou nou sèvi Bondye.Apa sèvi Bondye a, se pou nou gen renmen pou frè yo. Apa renmen nou gen pou frè nou an, se pou nou gen renmen pou tout moun.Si nou gen tout bagay sa yo nan nou, si nou devlope yo nan nou, nou p'ap rete bra kwaze. Se p'ap pou gremesi nou konnen ki moun Jezikri, Senyè nou an, ye.
Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Yon grenn mayi ap rete pou kont li toutotan li pa tonbe atè pou l mouri. Men tou, si l mouri, l'ap bay anpil grenn.
Moun ki simen ak dlo nan je ap rekòlte ak kè kontan.Moun ki t'ap kriye lè yo ta prale avèk grenn pou yo simen nan jaden yo, y'ap tounen ak bèl chante nan bouch yo sitèlman yo kontan lè y'ap pote rekòt la lakay yo.
Nan tan lontan, nou te nan fènwa. Men kounyeya, paske n'ap viv ansanm nan Senyè a, nou nan limyè. Se sa ki fè, fòk nou mennen tèt nou tankou moun k'ap viv nan limyè a.Paske, limyè a fè moun fè bagay ki bon, bagay ki dwat ak bagay ki vre.
Frè m yo, mwen vle nou konn sa: plizyè fwa menm, mwen fè lide al vizite nou, pou jan mwen te anvi wè travay mwen bay bon rezilta nan mitan nou menm jan li bay bon rezilta nan mitan lòt nasyon yo. Men, chak fwa mwen jwenn anpechman, jouk kounyeya.
Konsa, n'a viv jan Bondye vle l la, n'a toujou fè sa ki fè l plezi. N'a fè tout kalite bon bagay, n'a grandi nan konesans Bondye.
Grenn ki tonbe nan bon tè a, se moun ki sensè, ki gen bon kè, ki tande pawòl la, yo kenbe l nan kè yo. Yo toujou rete fèm jouk yo donnen.
Konsa, Jezikri va fè nou fè anpil bagay ki dwat epi ki bon, pou sa ka sèvi yon lwanj ak yon bèl bagay pou Bondye.
Nou konnen Kris la se yon moun ki te mache dwat devan Bondye. Se pou nou konnen tou, tout moun ki fè sa ki dwat devan Bondye se pitit Bondye yo ye.
— Se poutèt sa mwen di nou: Y'a wete Peyi kote Bondye Wa a nan men nou, y'a pran l bay moun yon lòt nasyon ki va bay rannman pou Peyi Wa a. [
Konsa, frè m yo, kenbe fèm, pa brannen. Se pou n toujou pi cho nan travay Senyè a, paske nou konnen travay n'ap fè pandan n'ap viv ansanm ak Senyè a p'ap janm pèdi.
Fè wè jan ou gen respè pou Senyè a: ba li nan tou sa ou genyen, ofri l premye donn ou rekòlte nan jaden ou.Lè ou fè sa, galata ou ap toujou chaje danre. Barik diven ou yo ap plen ra bouch.
Pa twonpe tèt nou. Moun pa ka pase Bondye nan betiz. Sa yon moun simen, se sa li va rekòlte.Moun ki simen sa ki fè kò l plezi, li gen pou l rekòlte lanmò. Men, moun ki simen sa ki fè Lespri Bondye a plezi, Lespri a va fè l rekòlte lavi ki p'ap janm fini an.Pa janm bouke fè byen. Paske, si nou pa dekouraje, n'a rekòlte lè lè a va rive.
Nenpòt travay yo ban nou fè, fè l ak tout kè nou tankou si se pa pou lèzòm nou t'ap travay, men pou Senyè a.Chonje byen: Senyè a gen pou ban nou rekonpans nou: l'ap ban nou eritaj li sere pou moun pa l yo. Paske, mèt n'ap sèvi tout bon an se Kris la.
Lè m'a fini avèk zafè sa a, lè m'a renmèt tout lajan yo te ranmase a nan men, lè sa a m'a pati pou Lespay, m'a pase wè nou sou wout.
Avèk travay ou fè ak men ou, w'ap jwenn manje pou ou manje, w'ap kontan, zafè ou ap mache byen.
Mwen moutre nou ki jan pou n travay di nan tou sa n'ap fè pou n ka ede pi fèb yo, pou nou toujou chonje pawòl Senyè a ki te di ak pwòp bouch li: Gen plis benediksyon pou moun k'ap bay pase pou moun k'ap resevwa.
Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Nenpòt moun ki va bay yonn nan ti piti sa yo menm yon gode dlo frèt paske se disip mwen li ye, moun sa a p'ap pèdi rekonpans li.
Li prete moun san mande enterè. Li p'ap pran lajan anba pou l bay manti sou moun ki inonsan. Moun ki fè bagay sa yo p'ap janm tonbe!
Chak moun dwe pran kado Bondye ba yo a pou yo rann lòt yo sèvis. Konsa, tankou bon jeran, n'a pran kado Bondye yo, ki divès kalite, n'a fè yo travay.
Yo gentan peye moun k'ap ranmase rekòt la, l'ap anpile grenn yo pou lavi ki p'ap janm fini an. Se konsa, moun k'ap simen an kontan. Moun k'ap ranmase a kontan tou ansanm avèk li.
Men, Lespri Bondye a bay renmen, kè kontan, kè poze, pasyans, bon kè, seryozite, li fè ou gen bon manyè.
Men, kounyeya nou delivre anba peche a, nou se esklav Bondye, se sa k fè n'ap viv apa pou Bondye. Epi bout pou bout n'a resevwa lavi ki p'ap janm fini an.
Nou janm tande yon sòlda ap fè sèvis nan lame, pou se li menm ankò ki peye tèt li? Ou ankò, eske yon moun pa gendwa manje rezen nan pye rezen li te plante a? Osinon, eske yon gadò mouton pa gendwa bwè lèt mouton l'ap okipe yo?
Li di yo: — Rekòt la anpil, men pa gen ase travayè pou ranmase li. Mande mèt jaden an pou l voye travayè nan jaden l lan.
Lè ou bay ak kè kontan, ou p'ap janm manke anyen. Lè ou manje ak moun, ou pa janm rete grangou.
(6) Paske, lè li ankòlè, se pou yon ti tan. Men, li ban nou favè l pou tout tan n'ap viv. Lannwit nou kriye, Kou l jou, kè nou kontan.
(10) Men, mwen tankou yon bèl pye oliv tou vèt nan kay Bondye a. M'ap toujou mete tout konfyans mwen nan li, paske li p'ap janm sispann renmen mwen.
pou m'bay moun Siyon ki nan lafliksyon yo kè kontan nan plas lapenn yo, kontantman nan plas kè sere yo. Yon chante remèsiman nan bouch yo nan plas yon chante lapenn. Yo pral grandi tankou gwo pyebwa nan jaden Senyè a te plante ak men li. Yo pral fè sa ki dwat devan Bondye pou tout moun ka fè lwanj bèl pou vwa li.
Bondye di: Gade. Mwen ban nou tout kalite plant ki bay grenn ak tout kalite pyebwa ki bay fwi ak grenn pou nou manje.Men, tout bèt ki sou tè a, tout zwazo ki nan syèl la, tout bèt ki trennen sou vant, wi tout bèt vivan, m'ap ba yo zèb vèt pou yo manje. Se konsa sa te pase.
Bondye ki bay moun k'ap simen an grenn pou l simen ak pen pou l manje, l'a ban nou tou sa nou bezwen pou simen. L'a fè l pouse pou nou, pou nou ka fè yon bèl rekòt lè nou bay an kantite konsa.Bondye ap toujou fè nou rich ase pou nou ka toujou bay ak tout kè nou. Konsa, anpil moun va di Bondye mèsi pou kado n'a ban mwen pou yo.
Gen yon tan pou ou fèt, gen yon tan pou ou mouri. Gen lè pou plante, gen lè pou rekòlte,
Mande yo pou yo fè anpil byen, pou yo ka rich devan Bondye. Piga yo chich. Se pou yo toujou pare pou separe sa yo genyen an ak lòt.
Sou reny li, ap gen jistis toupatou. Tout moun va viv byen yonn ak lòt tout tan va gen lalin pou bay limyè.
Lè yon tè bwè dlo lapli ki tonbe anpil sou li, si li pouse plant ki ka sèvi moun k'ap travay li a, Bondye ap beni li.Men, si li pouse pikan ak pengwen, li pa vo anyen. Bondye riske ba l madichon. Lè sa a, yo ka boule li.
Konsa tou, se pou limyè nou klere devan tout moun, pou lè yo wè tout byen n'ap fè yo, y'a fè lwanj Papa nou ki nan syèl la.
Ala bon sa bon pou moun k'ap mennen yon lavi san repwòch, pou moun k'ap mache dapre lalwa Senyè a!Ala bon sa bon pou moun ki kenbe prensip li yo, pou moun k'ap chache obeyi l ak tout kè yo!
Se sa ki fè, frè mwen yo, jan Bondye fè nou wè li gen kè sansib pou nou an, se pou nou ofri nou tankou yon sakrifis apa bay Bondye, yon sakrifis vivan k'ap fè li plezi. Se sèl jan pou nou sèvi Bondye tout bon vre.Pa fè menm bagay ak sa moun ap fè sou latè. Men, kite Bondye chanje lavi nou nèt lè l'a fin chanje tout lide ki nan tèt nou. Lè sa a, n'a ka konprann sa Bondye vle, n'a konnen sa ki byen, sa ki fè l plezi, sa ki bon nèt ale.
Men jan nou ka depati pitit Bondye yo ak pitit Satan yo: depi yon moun pa fè sa ki dwat devan Bondye, depi li pa renmen frè li, se pa pitit Bondye li ye.
Okontrè, ann pale verite a avèk renmen nan kè nou, konsa n'a ka grandi nan tout sans nan Kris la ki chèf kò a.Gremesi Kris la, tout pati nan kò a byen òganize, yo tout byen mare yonn ak lòt nan jwenti yo. Konsa, lè chak pati fè sa yo gen pou yo fè a, tout kò a ap grandi, l'ap devlope nan renmen.
Kanta nou menm, frè m yo, Bondye te rele nou pou n te ka gen libète nou. Sèlman, pa pran libète a sèvi eskiz pou nou viv dapre egzijans lachè. Okontrè, se pou nou yonn sèvi lòt nan renmen nou yonn gen pou lòt.
Mwen plante, Apòlòs wouze, men se Bondye ki fè plant lan pouse.Konsa, moun ki plante a pa anyen, moun ki wouze a pa anyen tou. Se Bondye ki tout bagay la, se li menm ki fè plant lan pouse.
Depi premye jou yo fè nou konnen bonnouvèl la ki se yon mesaj verite, nou gen espwa jwenn sa Bondye sere pou nou nan syèl la. Se espwa sa a ki fè nou gen konfyans sa a ak tout renmen nan kè nou.Bon nouvèl la gaye nan mitan nou depi premye jou nou te tande pale favè Bondye a, depi lè yo te fè nou konnen sa li ye tout bon an. Bòn nouvèl sa a lakòz nou resevwa anpil benediksyon, menm jan li fè l toupatou sou latè.
Apre sa, Jezi di yo parabòl sa a: — Yon nonm te gen yon pye fig frans plante nan jaden rezen li. Li vin chache fig frans ladan l, men li pa jwenn.Lè sa a, li di jeran jaden an: Sa fè twazan depi m'ap vin chache fig nan pye fig frans sa a, mwen pa ka jwenn anyen. Koupe li non. Poukisa pou l pran tout plas sa a nan tè a pou gremesi?Men, jeran an reponn li: Mèt, kite l fè lanne sa a ankò. Mwen pral fouye yon twou fè wonn nan pye l, m'ap mete fimye ladan li.Konsa, li ka donnen. Si l pa donnen, w'a fè koupe l lòt lanne.
Lè sa a, kisa n te fè? Nou t'ap fè bagay ki fè nou wont jòdi a. Bagay sa yo fè nou jwenn ak lanmò.Men, kounyeya nou delivre anba peche a, nou se esklav Bondye, se sa k fè n'ap viv apa pou Bondye. Epi bout pou bout n'a resevwa lavi ki p'ap janm fini an.
Se pou jaden kouvri tout peyi a, jouk sou tèt mòn yo. Se pou yo donnen tankou jaden peyi Liban. Se pou lavil yo plen moun tankou zèb k'ap pouse nan jaden.
Men, lè Sentespri a va desann sou nou, n'a resevwa yon pouvwa. Lè sa a, n'a sèvi m temwen nan Jerizalèm, nan tout peyi Jide ak nan tout peyi Samari, jouk nan dènye bout latè.
Bay moun k'ap viv pou Bondye yo konkou lè nou wè yo nan bezwen. Resevwa moun ki vin lakay nou byen.
Chonje sa byen: Moun ki simen ti kras va rekòlte ti kras. Moun ki simen anpil va rekòlte anpil.Se pou chak moun bay jan yo te deside nan kè yo, san yo pa regrèt anyen, san moun pa bezwen fòse yo, paske Bondye renmen moun ki bay ak kè kontan.Bondye menm gen pouvwa pou l ban nou tout kalite benediksyon an kantite. Li fè sa, pa sèlman pou nou ka toujou genyen tou sa nou bezwen, men pou nou ka gen rès ki rete pou n fè tout kalite bon zèv.
Bay, Bondye va ban nou. L'a lage yon bon mezi, byen souke, byen foule, ak tout tiyon l, nan pòch rad nou. Mezi nou sèvi pou mezire lòt yo, se li menm Bondye va pran pou mezire nou tou.
Frè m' yo, si nou bare yon moun ap fè sa ki pa sa, nou menm ki nan limyè Bondye, se pou nou mete li nan bon chemen. Men, fè sa ak dousè. Epi veye kò nou pou nou pa tonbe nan tantsyon tou.
— Vwala, se va tankou yon nonm ki ta pral pati pou yon vwayaj. Li rele domestik li yo, li mete yo reskonsab byen li yo.Li bay yonn senkmil (5.000) goud, li bay yon lòt demil (2.000) goud, li bay yon twazyèm mil (1.000) goud. Konsa, li bay yo chak dapre sa l konnen yo ka fè. Lèfini, li pati.Lamenm, domestik ki te resevwa senkmil (5.000) goud la al fè lajan an travay. Li rapòte l senkmil (5.000) goud benefis.Konsa tou, domestik ki te resevwa demil (2.000) goud la fè demil (2.000) goud benefis.Sa ki te resevwa mil (1.000) goud la menm ale, li fouye yon twou nan tè, li sere lajan mèt la.— Lontan apre sa, mèt domestik yo tounen, li pran fè regleman ak yo.Domestik ki te resevwa senkmil goud la pwoche, li pote senkmil goud benefis la ba li, li di: Mèt, ou te ban mwen senkmil goud. Men senkmil goud benefis mwen fè.Mèt la di l: Sa se bèl bagay. Ou se yon bon domestik ki travay byen. Paske ou fè ti travay sa a byen, m'ap mete ou reskonsab pi gwo zafè toujou. Vin fè fèt avèk mèt ou. — Domestik ki te resevwa demil goud la pwoche apre sa, li di: Mèt, ou te ban mwen demil goud, men demil goud benefis mwen fè.Mèt la di l: Sa se bèl bagay. Ou se yon bon domestik ki travay byen. Paske ou te fè ti travay sa a byen, m'ap mete ou reskonsab pi gwo zafè ankò. Vin fè fèt avèk mèt ou. — Apre sa, domestik ki te resevwa sèlman mil goud la pwoche, li di: Mèt, mwen konnen ou se yon nonm ki di. Ou rekòlte kote ou pat simen, ou ranmase kote ou pat plante.Mwen te pè, se sa k fè mwen te al sere mil goud ou a anba tè. Men, pran lajan ou.— Mèt la reponn li: Gade jan ou se yon move domestik, ou parese konsa! Ou te konnen mwen rekòlte kote mwen pat simen, mwen ranmase kote mwen pat plante.Enben, se pou ou te mete lajan m labank. Lè m ta tounen, mwen ta wete manman lajan an ak yon enterè sou li.Wete mil goud la nan men l, pran l bay sa ki gen dimil (10.000) goud la.Paske, moun ki gen deja, y'a ba li ankò. Konsa, l'a gen plis toujou. Men moun ki pa genyen anyen an, y'a wete menm ti sa li ta genyen an.Kanta domestik ki pa vo anyen an, jete l deyò nan fènwa a. Se lè sa a va gen rèl, se lè sa a va gen manje dan.
Se pou tout moun konnen tou sa li te fè ki byen: tankou si li elve pitit li yo byen, si l konn resevwa moun byen lakay li, si l konn lave pye moun pèp Bondye a, si l ede malere yo, si l fè tout lòt kalite byen.
Mwen pral chante yon chante pou nou, yon chante sou zanmi m ak jaden rezen l lan. Zanmi m lan te gen yon jaden rezen, sou tèt yon ti mòn ki te gen yon bon venn tè.
Se pou nou fè yonn ak mwen, menm jan mwen fè yonn ak nou an. Yon branch pa ka donnen poukont li si li pa fè yonn ak kò pye a. Konsa tou, nou p'ap kapab donnen si nou pa fè yonn ak mwen.
Chemen moun k'ap mache dwat yo tankou solèy k'ap leve. Chak lè, l'ap vin pi klere jouk li fin jou nèt.
Toutotan latè la Sezon plante ak sezon rekòt Sezon chalè ak sezon fredi Lajounen ak lannwit Bagay sa yo ap toujou la Toutotan latè pa kaba.
Pitit se kado Bondye bay, se yon rekonpans pou manman ak papa.Menm jan yon sòlda santi li gen kouray lè l gen zam li nan men l, se menm jan an tou pou yon moun ki fè pitit gason depi lè l te jenn.Ala bon sa bon pou moun ki gen anpil zam konsa! Li p'ap janm wont lè li kanpe nan pòtay lavil la pou l diskite ak moun k'ap chache l kont.
Se sa k fè, kit n'ap manje, kit n'ap bwè, nenpòt kisa n'ap fè, fè l pou sa sèvi yon lwanj pou Bondye.
Pawòl ou se yon chandèl ki fè m wè kote m'ap mete pye m, se yon limyè k'ap klere chemen mwen.
si pa gen pèsonn pou fè konnen mesay la? Ki jan pou yo fè fè konnen mesay la, si pa gen moun yo voye pou sa? Dapre sa ki te ekri a: Ala bèl bagay lè ou wè moun k'ap pote yon Bòn Nouvèl ap vini!
Ale fè disip pou mwen nan tout nasyon, batize yo nan non Papa a, Pitit la ak Sentespri a.Moutre yo pou yo obsève tou sa mwen te ban nou lòd fè. Chonje sa byen: mwen la avèk nou toulejou, jouk sa kaba.
Mwen lib, mwen pa esklav pesonn. Men mwen fè tèt mwen esklav tout moun pou m'ka mennen mezi moun m'kapab vin jwenn Kris.Lè m'ap travay nan mitan moun ki jwif, mwen viv tankou yon jwif pou m ka mennen yo vin jwenn Kris la. Mwen pa anba lalwa Moyiz la. Men, mwen viv tankou si m te anba l lè m'ap travay nan mitan moun ki anba lalwa a, pou m ka mennen yo vin jwenn Kris la.Konsa tou, lè m nan mitan moun ki pa konnen lalwa Moyiz la, mwen viv tankou yo san m pa okipe lalwa a, pou m ka mennen yo vin jwenn Kris la. Sa pa vle di pou sa mwen pa obeyi lalwa Bondye a. Paske mwen menm, mwen anba lalwa Kris la.Avèk moun ki fèb nan konfyans yo, m'ap viv tankou si mwen menm tou mwen te fèb, pou m sa mennen yo vini. Konsa konsa, mwen fè m tout jan ak tout moun pou m ka sove kèk nan yo pa tout mwayen posib.Mwen fè tou sa poutèt bòn nouvèl la, pou m ka resevwa pa m nan benediksyon l yo.
Se Bondye ki fè nou. Li kreye nou nan Jezikri pou nou pratike sa ki byen, bon zèv li te pare davans pou nou fè yo.
Konsa, m'ap kouri dwat devan m sou mak kote m prale a, pou m ka jwenn rekonpans Bondye rele m vin resevwa nan syèl la, gremesi Jezikri.