Bondye rele nou, pitit li yo, pou nou viv nan sentete. Viv nan sentete, se pou nou pwòp, konsakre, separe pou Bondye. Pou nou ka rete nan pwòpte sa a, fòk nou retire kò nou nan tout sa ki pa fè Bondye plezi. Pawòl li se pi bon gid nou genyen pou nou konnen sa ki pa fè l plezi.
Li pawòl Bondye chak jou, w ap konnen l pi byen. Konsa, w ap ka fè diferans ant byen ak mal, ant sa k ap pwoche w de li ak sa k ap elwaye w de li. Jan Salm 119:9 di a: “Kijan yon jenn gason ka mennen yon vi pwòp? Se lè l’ obeyi pawòl ou”.
Jezikri bay lavi li pou nou pou l pirifye nou, pou l fè nou vin sen. Si w vrèman renmen Papa nou ki nan syèl la, w ap retire kò w nan tout sa k ap elwaye w de li. W ap veye sou tèt ou chak jou, w ap chache pou w sen nan tout sa w ap fè.
Chak jou, fòk w ap chache sentete sa a Bondye rele w pou w viv la, pou w ka wè l. Pawòl li di: “Chache viv ak kè poze ak tout moun. Chache viv yon vi apa pou Bondye, paske si yon moun pa viv konsa, li p’ap janm wè Bondye.” (Ebre 12:14).
Papa nou ki nan syèl la ap tann ou parèt devan l nan sentete. Li vle w retire tout sa k ap sal kò w ak lespri w. Nan seksyon sa a, w ap jwenn anpil vèsè ki pale de sentete, ki montre jan l enpòtan pou Jezikri, Senyè nou an.
Pa fè menm bagay ak sa moun ap fè sou latè. Men, kite Bondye chanje lavi nou nèt lè l'a fin chanje tout lide ki nan tèt nou. Lè sa a, n'a ka konprann sa Bondye vle, n'a konnen sa ki byen, sa ki fè l plezi, sa ki bon nèt ale.
Se pou nou chanje nèt ni nan kè nou ni nan lespri nou.Se pou nou vin yon lòt kalite moun jan Bondye vle l la, pou nou sanble ak li pou nou ka mennen yon lavi ki dwat, yon lavi ki apa pou Bondye, jan verite a mande l la.
Pou fini, frè m yo, mete lide nou sou bagay ki bon, ki merite lwanj: bagay ki vre, ki kòrèk, ki dwat, ki bèl, ki p'ap fè nou wont.
Si yon moun ap viv nan Kris la, li vin yon lòt moun. Bagay lontan yo disparèt, se lòt bagay nèf ki pran plas yo kounyeya.
Pase tout lòt bagay, veye byen lide k'ap travay nan tèt ou, paske se yo k'ap di ou ki jan pou ou viv.
Ou menm, Bondye, w'ap ba yo kè poze! Moun ki toujou kenbe pwomès yo, wi, w'ap ba yo kè poze, paske yo mete konfyans yo nan ou!
Lè ou kite egzijans kò a pran tèt ou, se mouri w'ap mouri. Men, lè ou kite egzijans Lespri a pran tèt ou, se viv w'ap viv ak kè poze.
Sonde m, Bondye! Wè tou sa ki nan kè m! Fouye m! Wè tou sa ki nan lide m!Gade wè si m sou yon move chemen. Mennen m sou chemen ki la pou tout tan an.
Men, Lespri Bondye a bay renmen, kè kontan, kè poze, pasyans, bon kè, seryozite, li fè ou gen bon manyè.Li fè ou aji ak dousè, li fè ou konn kontwole kò ou. Lalwa Moyiz la pa kont okenn nan bagay sa yo.
Se poutèt sa, kenbe tèt nou byen anplas. Mete tout espwa nou nan benediksyon nou pral resevwa lè Jezikri va parèt.
— Je ou se lanp kò ou. Si je ou nan bon eta, tout kò ou nan limyè.Men, si je ou nan move eta, tout kò ou nan fènwa. Se sa ki fè si limyè ki andan ou la se fènwa li ye, se pa ti fè nwa anndan ou fè nwa.
Men, Senyè a ap bay moun ki mete konfyans yo nan li fòs ankò. Tankou malfini, y'ap pran zèl pou yo leve ale. Y'ap kouri san yo p'ap janm bouke. Y'ap mache, yo p'ap janm febli.
Li chich ata ak tèt pa li, ale wè avè ou. L'ap di ou: Manje non, monchè! Bwè non! Men se pa ak tout kè li l'ap di ou sa.
Lè m nan tèt chaje, lè mwen pa konn sa pou m fè, se ou menm ki ban m kouray, se ou menm ki fè kè m kontan.
Jan sa ekri nan Liv la: Ki moun ki konnen sa k'ap pase nan tèt Mèt la? Ki moun ki pou moutre l sa pou l fè? Men nou menm, nou konnen sa ki nan lide Kris la.
(15) Senyè, se ou ki twou wòch kote m kache a, se ou ki delivrans mwen, mwen mande ou pou pawòl ki sòti nan bouch mwen, ak lide k'ap travay nan tèt mwen fè ou plezi.
Pa kite okenn move pawòl sòti nan bouch nou. Pale bon koze ki ka ede lòt yo grandi nan konfyans Bondye, koze ki ka ede yo lè yo nan move pa. Konsa, se yon byen n'a fè pou moun k'ap tande nou yo.
Mwen mande Bondye ki bay espwa a pou l fè kè nou kontan nèt, pou l fè kè nou poze ak konfyans nou gen nan li a. Se konsa espwa nou va toujou ap grandi ak pouvwa Sentespri a.
Nou menm tou, moun Kolòs, nan tan lontan, nou t'ap viv lwen Bondye. Nou te lènmi avè l akòz tout bagay mal nou t'ap fè yo, ak tout move lide nou te gen nan tèt nou.Men koulyeya, gremesi Kris la ki mouri tankou tout moun lan, Bondye rekonsilye nou ak li pou nou ka parèt devan li tankou moun k'ap viv apa pou li, san tach, san repwòch.
(12) O Bondye, pa kite okenn move lide nan kè m. Mete bon lide nan tèt mwen, pou m sa kenbe fèm.
Nou pa bezwen pè. Mwen la avèk nou! Nou pa bezwen kite anyen ban nou kè sote. Se mwen menm ki Bondye nou. M'ap ban nou fòs, m'ap ede nou. M'ap soutni nou ak fòs ponyèt mwen ki pa janm pèdi batay.
Paske, Lespri Bondye ban nou an pa fè nou wont moun. Okontrè, Lespri Bondye a ban nou fòs, renmen ak pouvwa pou kontwole tèt nou.
— Vini jwenn mwen, nou tout ki bouke, nou tout ki anba chay, m'a soulaje nou.Pran jouk mwen, mete l sou zepòl nou. Pran leson nan men mwen. Paske mwen dou, mwen toujou soumèt mwen tout bon devan Bondye. Konsa, n'a viv ak kè poze.Paske, jouk m'ap ban nou an fasil pou pote, chay m'ap ban nou an pa lou.
Nenpòt sitirasyon ki parèt devan mwen, m'ap degaje m, gremesi Kris la ki ban mwen fòs kouray.
Se sa ki fè, frè mwen yo, jan Bondye fè nou wè li gen kè sansib pou nou an, se pou nou ofri nou tankou yon sakrifis apa bay Bondye, yon sakrifis vivan k'ap fè li plezi. Se sèl jan pou nou sèvi Bondye tout bon vre.
lògèy ki anpeche lèzòm konn Bondye, m'ap kraze sa nèt. M'ap derasinen tout vye lide nan tèt lèzòm pou fè yo vin obeyi Kris.
Pawòl ou se yon chandèl ki fè m wè kote m'ap mete pye m, se yon limyè k'ap klere chemen mwen.
Se pou kè nou toujou kontan.Pa janm sispann lapriyè.Di Bondye mèsi pou tout bagay. Se sa Bondye mande nou, nou menm ki mete konfyans nou nan Jezikri.
Kounyeya, nou tounen yon lòt kalite moun, n'ap chanje jouk n'a rive sanble ak Bondye ki kreye nou an pou n te ka konnen l nèt.
Chache gen konesans, se premye bagay yon nonm lespri dwe fè. Nenpòt kisa ou ka genyen, bay li pou ou vin gen konprann.
(11) Li di: — Rete la! Sispann goumen! Konnen se mwen menm ki Bondye. Se mwen k'ap donminen sou tout nasyon yo. Se mwen k'ap donminen sou tout latè.
Pito nou chache bay bagay peyi Wa ki nan syèl la premye plas nan lavi nou, chache viv jan Bondye vle l la anvan. Lè sa a, Bondye va ban nou tout lòt bagay sa yo tou.
Tansèlman, nou konn sa byen: nan tout bagay, Bondye ap travay pou byen tout moun ki renmen l, pou byen tout moun li te fè lide rele.
Pawòl Bondye a se pawòl ki gen nanm, li gen pouvwa. Li file pase kouto famasi. Li ka koupe jouk li jwenn kote nanm ak lespri kontre fè yonn, jouk kote vyann ak mwèl rankontre. Li jije tout santiman ak tout lide ki nan kè moun.
Se vre wi, frè m'yo. Mwen pa kwè mwen deja rive kote m' dwe rive a. Men mwen gen yon sèl bagay m'dwe fè: se bliye tout distans m'fin fè deja yo pou fikse lide mwen sou distans ki rete mwen an.Konsa, m'ap kouri dwat devan m sou mak kote m prale a, pou m ka jwenn rekonpans Bondye rele m vin resevwa nan syèl la, gremesi Jezikri.
Tou sa ki ekri [ nan liv la ] se Bondye ki enspire yo. Yo itil pou moutre verite, pou konbat erè, pou korije, pou moutre jan pou viv dwat.Konsa, yon moun k'ap sèvi Bondye, li tou pare, li gen tou sa li bezwen pou l fè tou sa ki byen.
Men sa Senyè a di: Pa chita ap chonje tan lontan. Pa rete ap kalkile sa ki fin pase!Men m'ap fè yon lòt bagay pou nou. Li konmanse rive deja. Nou pa wè li? Mwen pral fè yon wout nan mitan dezè a. Mwen pral fè gwo dlo koule nan savann lan.
Se pou moun ki gen konesans koute sa ki nan pwovèb yo, pou yo ka mete sou sa yo konnen deja. Se pou moun ki gen lespri koute sa ki nan pwovèb yo, pou yo ka konnen ki jan pou yo mennen bak yo pi byen,
Konsa tou, nou menm, konsidere tèt nou tankou moun ki deja mouri annegad peche epi k'ap viv pou Bondye ansanm avèk Jezikri.
(4) Bondye ki anwo nan syèl la, lè mwen pè, se nan ou mwen mete tout konfyans mwen.(5) Mwen gen konfyans nan Bondye. M'ap fè lwanj pawòl li. Mwen pa pè anyen. Kisa lèzòm ka fè m?
Mwen egzaminen jan m'ap viv la. Mwen chanje pou m ka mache dapre prensip ou yo.Mwen prese, mwen pa pran reta pou m obeyi kòmandman ou yo.
Si nou rekonèt peche nou devan Bondye, nou mèt gen konfyans nan li. L'ap fè sa ki dwe fèt la: l'a padonnen tout peche nou, l'a netwaye nou anba sa ki mal.
Fè atansyon pou nou pa kite pèsonn vire lòlòj nou ak bèl filozofi, ak vye diskisyon initil. Bagay sa yo soti nan koutim lèzòm genyen, nan jan yo konprann sa k'ap pase. Se pa bagay ki soti nan Kris.
Moun sòt toujou konprann sa y'ap fè a byen. Men, moun ki gen bon konprann koute konsèy yo ba yo.
Moun ki moun Jezikri, yo fè kò a mouri ansanm ak tout egzijans li yo, ak tout lanvi li yo.Se Lespri Bondye a ki ban nou lavi, se pou n kite li dirije lavi nou nan tout bagay.
Se pou Bondye ki bay pasyans ak ankourajman an fè nou viv byen yonn ak lòt, pou nou ka swiv egzanp nou jwenn nan Jezikri.Konsa, n'a mete kè nou ak bouch nou ansanm pou fè lwanj Bondye, papa Jezikri, Senyè nou an.
Tout tantasyon nou jwenn sou chemen nou, se menm kalite tantasyon tout moun jwenn sou chemen yo tou. Men, Bondye li menm toujou kenbe pawòl li: li p'ap kite yo tante nou yon jan ki depase sa nou ka sipòte. Men, lè nou va anba tantasyon an, l'a ban nou fòs pou nou ka sipòte l, pou nou ka sòti anba li.
Lide pa m pa menm ak lide pa nou. Chemen pa nou pa menm ak chemen pa m. Se Senyè a menm ki di sa.Menm jan syèl la byen lwen anwo latè, se konsa lide pa m byen lwen anwo lide pa nou, chemen pa m byen lwen chemen pa nou.
Mwen sèten Bondye ki te konmanse bon travay sa a nan nou, li gen pou l kontinye l jouk li va fini l nèt, lè jou Jezikri a va rive.
Se pou nou yonn veye sou lòt pou yonn ka ede lòt gen renmen nan kè yo, pou yonn ka ankouraje lòt nan sa ki byen.Pa pran egzanp sou moun ki pran abitid pa vin nan reyinyon nou yo. Okontrè, se pou yonn ankouraje lòt fè sa, kounyeya pi plis pase anvan, paske nou wè jou Senyè a ap pwoche.
Mete tout konfyans ou nan Senyè a. Pa gade sou sa ou konnen.Toujou chonje Senyè a nan tou sa w'ap fè. Li menm, la moutre ou chemen pou ou pran.
Bon konprann pwoteje ou menm jan lajan ka fè l. Men, avantaj yon moun genyen lè li gen konesans avèk bon konprann, sa l konnen an ap fè l viv.
Se pou n te ka lib tout bon kifè Kris la te delivre nou. Se poutèt sa, ann rete fèm nan libète sa a. Veye kò nou pou n pa tounen esklav ankò.
pou m'bay moun Siyon ki nan lafliksyon yo kè kontan nan plas lapenn yo, kontantman nan plas kè sere yo. Yon chante remèsiman nan bouch yo nan plas yon chante lapenn. Yo pral grandi tankou gwo pyebwa nan jaden Senyè a te plante ak men li. Yo pral fè sa ki dwat devan Bondye pou tout moun ka fè lwanj bèl pou vwa li.
Senyè, fè m konnen jan ou vle m viv la! Moutre m nan ki chemen ou vle pou m mache a!Moutre m sa pou m fè pou m viv yon jan ki konfòm ak verite ou la, paske se ou menm ki delivrans mwen. Se sou ou mwen konte tout jounen.
Se pou nou toujou kontan nan lavi n'ap mennen ansanm nan Senyè a. M'ap repete l ankò: Fè kè nou kontan anpil.
W'a fè m konnen chemen ki bay lavi a. Paske ou la avè m, mwen pa manke kontan. Bò kote ou, Senyè, se yon plezi ki p'ap janm fini.
Konsa, nou la nan mitan foul moun sa yo ki te moutre jan yo te gen konfyans nan Bondye. Ann voye tout bagay k'ap antrave kous nou jete byen lwen, ansanm ak peche a ki fasil pou vlope nou. Ann kouri avèk pasyans nan chemen Bondye mete devan nou an.Ann kenbe je nou kole sou Jezi. Se nan li konfyans nou sòti, se li menm tou k'ap kenbe nou nan konfyans sa a jouk sa kaba. Li kite yo fè l soufri sou kwa a. Li pa pran wont sa a pou anyen, paske li te toujou chonje apre l te fin soufri a, Bondye t'ap fè kè l kontan. Kifè kounyeya li chita sou bò dwat fòtèy Bondye a.
Moun k'ap viv dapre sa lachè egzije, se yon sèl bagay ki nan lide yo: Se fè lachè plezi. Men moun k'ap viv dapre Lespri Bondye, sèl okipasyon yo: Se fè Lespri Bondye plezi.Lè ou kite egzijans kò a pran tèt ou, se mouri w'ap mouri. Men, lè ou kite egzijans Lespri a pran tèt ou, se viv w'ap viv ak kè poze.
Konsa tou, se pou limyè nou klere devan tout moun, pou lè yo wè tout byen n'ap fè yo, y'a fè lwanj Papa nou ki nan syèl la.
Pou fini, chache fòs nou nan lavi n'ap mennen ansanm ak Senyè a ak nan gwo pouvwa li.Pran mete sou nou tout kalite zam Bondye ban nou pou nou ka kenbe tèt anba riz Satan.
M'ap fè lwanj ou, paske ou pa manke fè bèl bagay. Tou sa ou fè se bèl bagay. Mwen konn sa byen.
Men renmen Bondye pou moun ki gen krentif pou li yo, se bagay ki la pou tout tan. L'ap gen pitye pou pitit pitit yo,pou moun ki kenbe pawòl yo ak li, pou moun ki chonje kòmandman li yo pou obeyi yo.
Moun ki rete anba pwoteksyon Bondye ki nan syèl la, Moun ki kache anba zèl Bondye ki gen tout pouvwa a
Lè n'ap pase sou lanmè, m'ap kanpe la avèk nou. Lè n'ap janbe gwo dlo, dlo a p'ap bwote nou ale. Lè n'ap mache nan mitan dife, dife p'ap boule nou. Flanm dife a p'ap fè nou anyen.
Nan tou sa n'ap fè, pa plenyen, pa diskite,pou yo pa jwenn anyen pou yo repwoche nou, pou nou ka fè sa ki byen tankou veritab pitit Bondye, antan n'ap viv nan mitan bann malonèt ak pèvèti ki sou latè yo. Se pou nou sèvi limyè pou lemonn,
Nou pa manke kontan menm lè n'ap soufri.Poukisa? Paske nou konnen lè n'ap soufri sa fè nou gen pasyans. Lè nou gen pasyans konsa, sa ban nou kouray pou nou soufri. Plis nou gen kouray, se plis nou gen espwa.Espwa sa a p'ap janm twonpe nou, paske Bondye te fè nou wè jan l renmen nou lè li ban nou Sentespri li.
Moutre yo pou yo obsève tou sa mwen te ban nou lòd fè. Chonje sa byen: mwen la avèk nou toulejou, jouk sa kaba.
Senyè a kanpe toupre moun k'ap rele l, toupre tout moun k'ap rele l ak tout kè yo.L'ap bay tout moun ki gen krentif pou li sa yo ta renmen. Li tande lè y'ap rele l, l'ap delivre yo.
Chemen moun k'ap mache dwat yo tankou solèy k'ap leve. Chak lè, l'ap vin pi klere jouk li fin jou nèt.
(31) Bondye oo! Tou sa ou fè bon nèt ale. Ou toujou kenbe pawòl ou. Ou pwoteje tout moun ki chache pwoteksyon anba zèl ou.
si pa gen pèsonn pou fè konnen mesay la? Ki jan pou yo fè fè konnen mesay la, si pa gen moun yo voye pou sa? Dapre sa ki te ekri a: Ala bèl bagay lè ou wè moun k'ap pote yon Bòn Nouvèl ap vini!
Se sa ki fè, viv m'ap viv koulyeya, se pa mwen k'ap viv, men se Kris k'ap viv nan mwen: Lavi sa a m'ap viv la, m'ap viv li nan konfyans mwen gen nan Pitit Bondye a ki sitèlman renmen mwen, li bay lavi li pou mwen.
Se sa k fè, avèk batèm nou an nou te antere ansanm avè l, nou te mouri ansanm avè l tou. Men, menm jan Papa a te fè l leve sòti nan lanmò avèk gwo fòs pouvwa li, konsa tou nou menm nou ka mennen yon lòt lavi.
Lespri Bondye, Senyè a, desann sou mwen. Paske Senyè a chwazi m, li voye m pou m anonse bòn nouvèl la bay moun ki nan lapenn yo, pou m geri tout moun k'ap soufri yo, pou m fè tout moun yo te depòte yo konnen yo delivre, pou m fè tout prizonye yo konnen pòt prizon louvri pou yo.
Kounyeya, paske nou gen konfyans nan Bondye, Bondye fè nou gras, n'ap viv san kè sote ak Bondye, gremesi Jezikri, Senyè nou an.Paske nou gen konfyans nan li, Jezi fè nou antre nan favè Bondye. Epi n'ap kenbe fèm kote nou kanpe a. Nou pa manke kontan paske nou gen espwa resevwa pa nou nan pouvwa Bondye a ansanm avèk li.
Se pou ou toujou viv byen ak tout moun. Se pou ou toujou gen yon sèl pawòl. Mete pawòl mwen yo nan kou ou tankou yon kolye, kenbe yo nan kè ou pou ou pa janm bliye yo.
(4) Lè m'ap gade syèl la byen ou fè ak pwòp men ou Lalin ak zetwal ou mete ladan li,(5) m'ap mande: — Kisa lèzòm ye pou ou chonje yo konsa? Kisa yo ye menm pou ou pran ka yo konsa?
Se sa ki fè mwen pa janm dekouraje. Menm si kò mwen ap bese chak jou, men lespri m' rete toujou jenn.
Mwen mete tout espwa m nan Senyè a, mwen mete espwa m nan sa li di.N'ap tann Senyè a, tankou faksyonè k'ap tann solèy leve, wi, tankou faksyonè k'ap tann solèy leve!
Se sa ki fè, pa chaje tèt nou pou denmen, paske denmen va gen zafè pa li. Chak jou gen kont chay pa yo.
Bon nouvèl sa a fè nou wè ki jan Bondye fè moun gras. Travay sa a, li konmanse ak konfyans moun gen nan Bondye, li fini nan menm konfyans la tou, jan sa te ekri a: Moun Bondye fè gras paske li gen konfyans nan Bondye, se li menm ki va gen lavi.
Se poutèt sa, ann pwoche avèk konfyans devan fòtèy kote Bondye ki renmen nou an chita. Se la n'a jwenn padon pou peche nou yo, se la n'a jwenn pou gremesi sekou n'a bezwen lè nou nan nesesite.
Ou te mèt wè mòn yo ap souke, ti mòn yo ap tranble, mwen p'ap janm sispann renmen ou. M'ap toujou kenbe kontra mwen te pase pou m te toujou byen avè ou la. Se Senyè ki renmen ou lan ki di ou sa.
Men nou menm, nou se sitwayen syèl la. N'ap tann Sovè nou, Jezikri Senyè nou k'ap sot nan syèl la.
Yon moun te mèt fè tout kalite lide nan tèt li. Men, sa Senyè a vle a, se sa ki pou rive.
(4) Men ou menm, Senyè, w'ap toujou pran defans mwen. W'ap fè m genyen batay la. Ou p'ap kite m wont devan lènmi m yo.
Konsa, n'a viv jan Bondye vle l la, n'a toujou fè sa ki fè l plezi. N'a fè tout kalite bon bagay, n'a grandi nan konesans Bondye.
Men, Lespri Bondye a bay renmen, kè kontan, kè poze, pasyans, bon kè, seryozite, li fè ou gen bon manyè.
Se tout tan Senyè a va moutre nou chemen pou nou pran, l'a rafrechi nanm nou nan tan chechrès. L'a ban nou fòs ak kouray. N'a tankou yon jaden ki byen wouze, tankou yon sous dlo ki pa janm chèch.
Rete dousman devan Senyè a, pran san ou. Tann li fè sa l gen pou l fè a. Pa fè kòlè lè ou wè moun gen zafè yo ap mache byen. Lè ou wè moun reyalize tout move lide yo gen nan tèt yo.
Se pou nou yonn renmen lòt tankou frè ak frè k'ap viv ansanm ak Kris la. Nan tou sa n'ap fè, se pou nou gen respè yonn pou lòt, pa konsidere tèt nou anvan.
Yon bann chèf ap pèsekite m san rezon, men se pou pawòl ou yo mwen gen krentif.Pawòl ou fè kè m kontan. Se tankou si m te jwenn yon gwo richès.
Sa moun k'ap mache dwat yo ap tann lan va rive vre. Men, mechan yo p'ap janm jwenn sa y'ap tann lan.
Se konnen nou pa konnen? Kouman? Se di yo pa janm di nou sa? Senyè a se Bondye ki la pou tout tan an! Se li menm ki kreye tout latè. Li pa janm bouke, li pa konn pèdi souf. Pèsonn pa ka konprann lide li gen nan tèt li.Lè yon moun pèdi souf, li ba li fòs. Lè yon moun febli, li ba l kouray ankò!Jenn gason konn pèdi souf, yo konn bouke. Lè konsa, yo bite, yo tonbe.Men, Senyè a ap bay moun ki mete konfyans yo nan li fòs ankò. Tankou malfini, y'ap pran zèl pou yo leve ale. Y'ap kouri san yo p'ap janm bouke. Y'ap mache, yo p'ap janm febli.
Paske mwen gen lasirans sa a, anyen pa ka fè nou pèdi lamou Kris gen pou nou an: kit se lavi, kit se lanmò, ni zanj yo, ni lòt otorite ak pouvwa ki nan syèl la, te mèt se tan jodi a, te mèt se tan k'ap vini yo,ni pouvwa ki anwo nan syèl la, ni pouvwa ki nan zantray tè a. Non, pa gen anyen nan tout kreyasyon an ki ka rive fè nou pèdi lamou Bondye fè nou wè li gen pou nou nan Jezikri, Senyè nou an.
Men nou menm, nou se yon ras Bondye chwazi, prèt k'ap sèvi wa a, nasyon k'ap viv apa pou Bondye, pèp li peye pou li a. Li fè tou sa, pou nou te ka fè tout moun konnen bèl bagay Bondye te fè yo, Bondye ki rele nou soti nan fènwa a pou nou antre nan bèl limyè li a.
Pa twonpe tèt nou. Moun pa ka pase Bondye nan betiz. Sa yon moun simen, se sa li va rekòlte.
Lè ou gen renmen nan kè ou, ou padonnen tout peche. Men, lè ou rayi moun, ou toujou ap chache kont.
yo ka di Senyè a: — Se ou ki tout defans mwen. Se ou ki tout pwoteksyon mwen. Ou se Bondye mwen. Se nan ou mwen mete tout konfyans mwen.
(12) Paske, se Senyè a ki tout defans mwen, se li menm k'ap pwoteje nou. L'ap ban nou favè li, l'ap fè yo respekte nou. Lè yon moun ap mennen yon vi ki san repwòch, Bondye p'ap janm refize l okenn bon bagay.