Sòm 27 - 1998 HaïtienneSÒM 27 (26) Lapriyè pou fè lwanj Bondye (1a) Se yon sòm David. 1 (1b) Senyè a se limyè mwen, se li ki delivrans mwen. Ki moun ki ka fè m pè? Se Senyè a k'ap pwoteje mwen. Ki moun ki ka fè m tranble? 2 Lè mechan yo ap mache sou mwen, lè lènmi m yo ap chache touye m, se yo menm k'ap bite, se yo menm k'ap tonbe. 3 Menm si yon lame moun ta sènen mwen toupatou, mwen p'ap pè anyen. Menm si yo ta vle fè mwen lagè, m'ap toujou gen konfyans nan Bondye. 4 Mwen mande Senyè a yon bagay, yon bagay mwen anvi anpil anpil: Se pou m ta pase tout lavi m nan kay Senyè a, pou m ka gade bèl bagay li yo byen, pou m ka pran tan m pou m kalkile nan kay ki apa pou li a. 5 Jou malè tonbe sou mwen, l'a pwoteje m lakay li. L'a kache m byen fon nan Tanp li a. L'a leve m mete yon kote pou anyen pa rive m. 6 Se konsa m'ap genyen batay la sou tout lènmi k'ap sènen m yo. M'a bat tanbou, m'a ofri bèt pou touye bay Bondye nan Tanp li a. M'a chante, m'a fè lwanj Senyè a. 7 Senyè, tande m non lè m'ap rele ou! Gen pitye pou mwen, reponn mwen non! 8 Ou pale nan kè m, ou di mwen vin jwenn ou. Men m'ap chache fas ou, Senyè! 9 Pa vire do ban mwen. Pa fache, pa repouse moun k'ap sèvi ou la. Se ou ki tout sekou mwen. Pa kite m pou kont mwen, pa lage m. 10 Papa m ak manman m te mèt lage m, Senyè a va ranmase mwen. 11 Senyè, moutre m jan ou vle m viv la. Fè m mache nan chemen ki pa gen move pa a, paske mwen gen anpil lènmi k'ap veye m. 12 Pa lage m nan men lènmi m yo. Yo sòti pou yo touye m. Se yon bann moun k'ap bay manti. 13 Mwen menm, mwen sèten m'a viv pou m wè jan Bondye sèvi byen ak pèp li a. 14 Mete espwa ou nan Senyè a! Gen konfyans, pa dekouraje! Wi, mete espwa ou nan Senyè a! |
Haitian Creole DC Bible © Societé Biblique Haïtienne, 1998.
Haitian Bible Society