Vèsè Biblik

- Piblisite -


VÈSÈ SOU DELIVRI

VÈSÈ SOU DELIVRI

Cheri mwen, ou konnen, pou w jwenn delivrans lan, fòk ou rekonèt peche ou yo epi vire do ba yo. Lè w fin fè sa, ou aksepte Jezi nan lavi ou, epi ou chanje jan w ap viv. Ou kite dèyè tout bagay ki pa fè Bondye plezi.

Delivrance Jezi ban nou an, li libere nou anba pouvwa peche a ak lanmò espirityèl la. Bondye vle pou nou mennen yon vi ki sen pou nou ka kenbe kado delivrans sa a. Nou fè sa lè n ap priye, lè n ap li pawòl Bondye a epi lè n ap viv tankou Kris devan tout moun.

Delivrance a se yon kado nou pa merite. Pawòl Bondye a di nou pandan nou te nan peche toujou, Kris mouri pou nou chak. Se sèlman pa mwayen Senyè nou an, Jezikri, nou ka jwenn delivrans lan. Jan yon pasaj nan Bib la, nan Travay Apot yo 4:12 (Travay 4:12) ki di: «Pa gen delivrans nan pyès lòt moun, paske Bondye pa bay non okenn lòt moun sou latè pou l delivre nou.»

Annou apresye kado delivrans sa a ki ban nou lavi etènèl. Ann di Bondye mèsi dèske li pèmèt nou jwenn li, epi ann mande l pou l ede nou pwoteje kado presye sa a.




Jan 3:3

Jezi reponn li: — Anverite sa m'ap di ou la a se vre: Pesonn pa kapab nan wayòm Bondye a si li pa fèt yon lòt fwa.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jan 3:5

Jezi reponn li: — Anverite sa m'ap di ou la a se vre: Pesonn pa ka antre nan wayòm Bondye a si li pa pran nesans selon lèzòm epi selon Sentespri Bondye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 10:9

Si ou deklare ak bouch ou devan tout moun Jezi se Senyè a, si ou kwè tout bon nan kè ou Bondye te fè l leve sòti vivan pami mò yo, w'a sove.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jan 3:5-6

Jezi reponn li: — Anverite sa m'ap di ou la a se vre: Pesonn pa ka antre nan wayòm Bondye a si li pa pran nesans selon lèzòm epi selon Sentespri Bondye.Se ki ne selon lèzòm se lachè lèzòm li ye. Sa ki ne selon Sentespri se nan Sentespri li soti.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Pyè 1:3

Beniswa Letènèl, li menm ki se Papa Jezikri, Senyè nou an. Paske nan kè sansib li, li ban nou lavi ankò, lè li te fè Jezikri leve soti vivan nan lanmò a. Sa fè nou viv ak anpil espwa.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Korent 5:17

Si yon moun ap viv nan Kris la, li vin yon lòt moun. Bagay lontan yo disparèt, se lòt bagay nèf ki pran plas yo kounyeya.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Galat 6:15

Kit ou sikonsi, kit ou pa sikonsi, se pa sa ki konte. Sa ki konte, se pou nou chanje, se pou nou tounen yon lòt moun.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Pyè 1:23

Gremesi pawòl Bondye a ki yon pawòl vivan epi ki la pou tout tan, nou resevwa yon lòt lavi. Fwa sa a, nou pa sòti nan yon jèm ki ka mouri, men nan yon jèm ki pa ka mouri.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Travay 2:38

Pyè reponn yo: — Tounen vin jwenn Bondye, epi yonn apre lòt vin resevwa batèm nan non Jezikri, pou Bondye padonnen tout peche nou yo. Apre sa, n'a resevwa Sentespri, kado Bondye a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 6:23

Peche peye kach, se lanmò li bay. Men kado Bondye bay gratis la, se lavi etènèl nan Jezikri, Senyè nou an.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Galat 3:26

Se paske nou gen konfyans nan Jezikri kifè nou se pitit Bondye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jan 1:12-13

Men, moun ki te resevwa li yo, moun ki te kwè nan li yo, li ba yo pouvwa pou yo vin pitit Bondye.Yo pa te vin pitit Bondye jan sa fèt pami lèzòm. Paske sa pa te soti nan egzijans lachè, ni nan volonte lèzòm. Se nan Bondye menm sa te soti.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jan 3:6

Se ki ne selon lèzòm se lachè lèzòm li ye. Sa ki ne selon Sentespri se nan Sentespri li soti.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Efezyen 2:4-5

Men, Bondye sitèlman gen kè sansib, li sitèlman renmen nou,Li ban nou lavi nan Kris la, nou menm ki t'ap viv nan lanmò akoz peche nou. Se yon favè Bondye fè nou lè li delivre nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Tit 3:5

li te delivre nou. Li pat delivre nou paske nou te fè kèk bagay ki bon, men paske li menm li te gen pitye pou nou. Li delivre nou lè li lave nou, li voye pouvwa Sentespri li nan nou pou chanje nou nèt, pou n te ka viv yon lòt jan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 8:1-2

Kounyeya, nanpwen okenn kondannasyon pou moun ki fè yon sèl kò ak Jezikri.Lalwa Sentespri a ap fè nou viv ansanm ak Jezikri. Li delivre nou anba lalwa peche ak anba lanmò.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 10:9-10

Si ou deklare ak bouch ou devan tout moun Jezi se Senyè a, si ou kwè tout bon nan kè ou Bondye te fè l leve sòti vivan pami mò yo, w'a sove.Paske, lè yon moun gen konfyans tout bon nan kè l, se lè sa a Bondye fè l gras. Lè yon moun deklare ak bouch li devan tout moun li gen konfyans nan Bondye, se lè sa a Bondye delivre li,

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Kolosyen 3:1-3

Nou menm ki deja resisite ak Kris, se pou nou chache bagay ki nan syèl la kote Kris chita adwat Bondye.Pa kite bagay ki sou latè pran tèt nou, mete lide nou sou bagay ki anwo nan syèl la.Konnen sa byen: nou mouri deja, lavi nou kache ansanm ak Kris la nan Bondye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Efezyen 2:1

Nou menm, moun Efèz, nou t'ap viv nan lanmò akoz fot nou, akoz peche nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jan 3:7

Pa sezi si mwen di ou: se pou nou fèt yon dezyèm fwa.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Kolosyen 2:13

Nan tan lontan, nou te mouri paske nou t'ap viv nan peche nou yo, paske nou pat sikonsi nan kò nou dapre lalwa Moyiz. Men kounyeya, gremesi Kris la, Bondye ban nou lavi ankò, li padonnen tout peche nou yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 10:22

Ann pwoche bò kote Bondye ak tout kè nou, ak yon konfyans byen chita, san nou pa gen anyen nan kè nou ki pou boulvèse konsyans nou, kò nou menm byen netwaye nan yon dlo byen pwòp.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jan 3:16

Bondye sitèlman renmen lèzòm, li bay sèl pitit li a pou yo. Konsa, moun ki mete konfyans yo nan li, yo p'ap peri. Okontrè, y'a gen lavi ki p'ap janm fini an.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Jan 5:1

Tout moun ki rekonèt Jezi se Kris la, se pitit Bondye yo ye. Si ou renmen yon papa, se pou ou renmen pitit li tou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jak 1:18

Gremesi pawòl verite a, li ban nou lavi jan l te vle l la, pou nou kapab gen premye plas nan tou sa li kreye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 51:10

(12) O Bondye, pa kite okenn move lide nan kè m. Mete bon lide nan tèt mwen, pou m sa kenbe fèm.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 2:14

Yon moun ak pwòp lespri pa li, li pa kapab asepte verite ki soti nan Lespri Bondye. Pou li se foli k'ap pale. Li pa kapab konprann yo paske se sèl Lespri ki ka ede pran pèz yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Galat 2:20

Se sa ki fè, viv m'ap viv koulyeya, se pa mwen k'ap viv, men se Kris k'ap viv nan mwen: Lavi sa a m'ap viv la, m'ap viv li nan konfyans mwen gen nan Pitit Bondye a ki sitèlman renmen mwen, li bay lavi li pou mwen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jan 1:12

Men, moun ki te resevwa li yo, moun ki te kwè nan li yo, li ba yo pouvwa pou yo vin pitit Bondye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 12:2

Pa fè menm bagay ak sa moun ap fè sou latè. Men, kite Bondye chanje lavi nou nèt lè l'a fin chanje tout lide ki nan tèt nou. Lè sa a, n'a ka konprann sa Bondye vle, n'a konnen sa ki byen, sa ki fè l plezi, sa ki bon nèt ale.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jan 6:44

Pesonn pa ka vin jwenn mwen si Papa ki voye mwen an pa atire li. Mwen menm, m'ap resisite li nan dènye jou a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jan 6:63

Se lespri a ki fè viv, kò a pa vo anyen. Pawòl mwen di nou yo, se pawòl ki soti nan Lespri, se pawòlki pote lavi.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 6:4

Se sa k fè, avèk batèm nou an nou te antere ansanm avè l, nou te mouri ansanm avè l tou. Men, menm jan Papa a te fè l leve sòti nan lanmò avèk gwo fòs pouvwa li, konsa tou nou menm nou ka mennen yon lòt lavi.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 8:9

Pou nou menm, nou p'ap viv dapre egzijans kò nou ankò, men dapre egzijans Lespri Bondye a, paske Lespri Bondye a nan nou. Si yon moun pa gen Lespri Kris la nan li, li pa pou Kris la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jan 5:24

— Anverite moun ki koute pawòl mwen, ki mete konfyans yo nan moun ki voye mwen an, l'ap gen lavi etènèl. Yo yo p'ap kondannen li. Li deja soti nan lanmò, li antre nan lavi.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jan 1:13

Yo pa te vin pitit Bondye jan sa fèt pami lèzòm. Paske sa pa te soti nan egzijans lachè, ni nan volonte lèzòm. Se nan Bondye menm sa te soti.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Efezyen 4:24

Se pou nou vin yon lòt kalite moun jan Bondye vle l la, pou nou sanble ak li pou nou ka mennen yon lavi ki dwat, yon lavi ki apa pou Bondye, jan verite a mande l la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Kolosyen 2:11

Nou menm ki nan Kris la, nou te sikonsi tou, men se pa men lèzòm ki te sikonsi nou. Sikonsizyon pa nou an delivre nou anba kò peche a: se sa sikonsizyon Kris la ye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Jan 3:9

Si yon moun se pitit Bondye vre, li p'ap kontinye ap viv nan peche paske pouvwa lavi ki soti nan Bondye a ap travay nan li. Si se Bondye ki papa li, li p'ap santi li alèz pou l'ap viv nan peche.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 15:22

Menm jan tout moun gen pou mouri paske yo fè yonn ak Adan, konsa tou, tout moun ki fè yonn ak Kris la ap gen lavi ankò.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 12:22-24

Okontrè, nou pwoche bò kote Mòn Siyon an, bò kote lavil Bondye vivan an, ki vle di: Jerizalèm ki nan syèl la ansanm ak tout kantite zanj li yo.Nou pwoche kote tout premye pitit Bondye yo sanble ak kè kontan, yo menm ki gen non yo ekri nan Liv ki nan syèl la. Nou pwoche bò kote Bondye ki gen pou jije tout moun lan, kote lespri moun ki fin bon nèt yo ye a.Nou pwoche bò kote Jezikri, moun ki ranje nouvo kontra a, bò kote san ki koule a, yon san ki pale nou pi byen pase san Abèl la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Pyè 1:4

Se konsa, Bondye ban nou pwomès li yo ki gwo anpil, ki gen anpil valè, pou nou kapab patisipe nan sa Bondye ye a, pou nou kapab chape anba koripsyon ki nan lemonn, akòz move lanvi ki nan kè moun.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 18:3

Li di: — Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Si nou pa chanje, si nou pa tounen tankou yon timoun piti, nou p'ap janm ka mete pye nou nan Peyi Wa ki nan syèl la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jan 7:38

Moun ki mete konfyans yo nan mwen, y'ap wè gwo kouran dlo k'ap bay lavi koule sòti nan kè yo, jan sa ekri nan Liv la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Galat 4:6

Pou fè nou wè nou se pitit li tout bon, Bondye te voye Lespri Pitit li a k'ap rele: Papa, nan kè nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 119:11

Mwen sere pawòl ou nan kè mwen pou mwen pa peche kont ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Kolosyen 2:13-14

Nan tan lontan, nou te mouri paske nou t'ap viv nan peche nou yo, paske nou pat sikonsi nan kò nou dapre lalwa Moyiz. Men kounyeya, gremesi Kris la, Bondye ban nou lavi ankò, li padonnen tout peche nou yo.Li chire papye kote tou sa nou te dwe l yo ekri a. Papye sa a te kondannen nou devan lalwa. Kris la detwi l nèt lè li kloure l sou kwa a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Jan 2:29

Nou konnen Kris la se yon moun ki te mache dwat devan Bondye. Se pou nou konnen tou, tout moun ki fè sa ki dwat devan Bondye se pitit Bondye yo ye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 5:1-2

Kounyeya, paske nou gen konfyans nan Bondye, Bondye fè nou gras, n'ap viv san kè sote ak Bondye, gremesi Jezikri, Senyè nou an.Paske nou gen konfyans nan li, Jezi fè nou antre nan favè Bondye. Epi n'ap kenbe fèm kote nou kanpe a. Nou pa manke kontan paske nou gen espwa resevwa pa nou nan pouvwa Bondye a ansanm avèk li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Filipyen 3:20

Men nou menm, nou se sitwayen syèl la. N'ap tann Sovè nou, Jezikri Senyè nou k'ap sot nan syèl la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Korent 1:22

li menm ki mete letanp li nan kè nou, Sentespri a, kou yon garanti sou tout sa li sere pou nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 1:16-17

Mwen pa wont levanjil la. Li se yon pisans Bondye ki la pou delivre tout moun ki kwè: jwif yo anpremye, epi moun lòt nasyon yo apre sa.Bon nouvèl sa a fè nou wè ki jan Bondye fè moun gras. Travay sa a, li konmanse ak konfyans moun gen nan Bondye, li fini nan menm konfyans la tou, jan sa te ekri a: Moun Bondye fè gras paske li gen konfyans nan Bondye, se li menm ki va gen lavi.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Galat 3:26-27

Se paske nou gen konfyans nan Jezikri kifè nou se pitit Bondye.Nou tout, nou te resevwa batèm pou n te ka viv ansanm ak Kris la, nou mete sou nou kalite ki nan Kris yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jan 10:10

Lè vòlè a vini, se vòlò li vin vòlò, se touye li vin touye, se detwi li vin detwi, se sa ase li vin fè. Mwen menm, mwen vin pou moun ka gen lavi, epi pou yo genyen l an kantite.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 119:25

Mwen kouche atè nan pousyè a! Ban m lavi ankò, jan ou te pwomèt la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Tit 2:11-14

Bondye fè konnen favè l pou tout moun ka delivre.Favè Bondye a mande nou pou nou kite move lavi nou t'ap mennen an ansanm ak tout move lanvi ki nan lemonn, pou nou ka mennen yon lòt lavi ki kontwole, ki dwat, ki devwe pou Bondye pandan nou sou latè a.Se konsa li moutre nou pou nou viv pandan n'ap tann benediksyon li te pwomèt nou yo, lè bèl pouvwa Jezikri, Bondye nou ak Delivrans nou, va parèt.Li te asepte mouri pou nou pou li te ka delivre nou anba mechanste, pou li te fè nou tounen yon pèp ki nan kondisyon pou sèvi li, ki rele li pa li, epi ki toujou pare pou fè sa ki byen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 6:6

Konnen sa byen: Vye moun nou te ye anvan an, li krisifye avèk Kris sou lakwa. Sa fèt dekwa pou vye kò peche a kapab detwi. Konsa, nou pa esklav peche ankò.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 8:10

Bondye di ankò: Men kontra mwen pral fè ak pèp Izrayèl la, apre jou sa yo fin pase. M'a mete lwa m yo nan lespri yo, m'a make lwa m yo nan kè yo. M'a tounen Bondye tout bon pou yo, y'a tounen yon pèp ki apa pou mwen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Kolosyen 1:13

Li rache nou anba pouvwa fènwa a, li fè nou antre nan peyi kote Pitit li renmen anpil la wa.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 6:11

Anpil nan nou, se sa menm nou te ye. Men, kounyeya Bondye mete nou nan kondisyon pou nou sèvi l. Gremesi Jezikri, Senyè a, li mete nou apa pou li, li fè nou gras pa pouvwa Lespri Bondye nou an.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Pyè 2:9

Men nou menm, nou se yon ras Bondye chwazi, prèt k'ap sèvi wa a, nasyon k'ap viv apa pou Bondye, pèp li peye pou li a. Li fè tou sa, pou nou te ka fè tout moun konnen bèl bagay Bondye te fè yo, Bondye ki rele nou soti nan fènwa a pou nou antre nan bèl limyè li a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jan 11:25-26

Jezi di li: — Se mwen menm ki leve moun mouri yo, se mwen menm ki bay lavi. Moun ki mete konfyans yo nan mwen, yo gen pou yo viv menm si yo rive mouri.Moun k'ap viv, epi ki mete konfyans yo nan mwen, yo p'ap janm mouri. Eske ou kwè sa?

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 40:2

(3) Li rale m sòti nan twou kote m t'ap peri a, nan gwo m'a labou a. Li mete m sou gwo wòch la, li fè m kanpe dwat ankò.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezekyèl 36:26

M'ap mete lòt santiman nan kè nou. M'ap mete lòt lide nan tèt nou. M'ap wete tèt di nou an, m'ap fè nou tande lè m pale nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jan 4:14

Men, moun ki va bwè nan dlo m'ap ba li a, li p'ap janm swaf dlo ankò. Paske, dlo m'ap ba li a ap tounen yon sous dlo nan li k'ap ba li lavi ki p'ap janm fini an.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 12:1

Se sa ki fè, frè mwen yo, jan Bondye fè nou wè li gen kè sansib pou nou an, se pou nou ofri nou tankou yon sakrifis apa bay Bondye, yon sakrifis vivan k'ap fè li plezi. Se sèl jan pou nou sèvi Bondye tout bon vre.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Timote 1:9

Se Bondye ki delivre nou, se li menm ki rele nou pou n ka viv pou li. Li pat fè sa pou nou poutèt byen nou te fè. Non, sa sòti nan plan travay li menm. Se yon favè li fè nou nan Jezikri, depi lontan anvan li te kreye tout bagay.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Efezyen 2:8-9

Se paske li renmen nou kifè li delivre nou, nou menm ki mete konfyans nou nan li. Sa pa sòti nan nou menm menm, se yon kado Bondye ban nou.Non, nou pa fè anyen pou sa. Konsa, pèsonn pa ka vante tèt yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jan 20:31

Tou sa ki ekri nan Liv sa a, mwen ekri yo pou nou ka kwè Jezi se Kris la, Pitit Bondye, pou lè nou kwè a nou ka gen lavi nan li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Jan 4:15

Moun ki rekonèt Jezi pou Pitit Bondye a, Bondye fè yonn ak yo, yo fè yonn ak Bondye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 5:14-16

— Se limyè nou ye pou moun sou latè. Moun pa kapab kache yon lavil ki bati sou yon mòn.Ni yo pa limen lanp pou mete li anba tab. Men yo mete li sou etajè pou li klere tout moun nan kay la.Konsa tou, se pou limyè nou klere devan tout moun, pou lè yo wè tout byen n'ap fè yo, y'a fè lwanj Papa nou ki nan syèl la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Galat 5:22-23

Men, Lespri Bondye a bay renmen, kè kontan, kè poze, pasyans, bon kè, seryozite, li fè ou gen bon manyè.Li fè ou aji ak dousè, li fè ou konn kontwole kò ou. Lalwa Moyiz la pa kont okenn nan bagay sa yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 147:3

L'ap bay moun ki nan gwo lapenn yo kouray. L'ap geri moun ki blese yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Efezyen 1:5

Bondye te deside depi davans pou li adopte nou pou pitit li nan Jezikri, paske sa fè li plezi.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 10:13

Se sa ki ekri nan Liv la: Nenpòt moun ki rele non Mèt la gen pou jwenn delivrans.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 73:26

Kò m te mèt ap deperi, lespri m te mèt ap gaga, se ou menm menm, Bondye, ki tout fòs mwen, se ou menm ki tout mwen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jan 8:36

Si Pitit Bondye a ban nou libète, n'a lib tout bon.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Jan 1:9

Si nou rekonèt peche nou devan Bondye, nou mèt gen konfyans nan li. L'ap fè sa ki dwe fèt la: l'a padonnen tout peche nou, l'a netwaye nou anba sa ki mal.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Kolosyen 3:10

Kounyeya, nou tounen yon lòt kalite moun, n'ap chanje jouk n'a rive sanble ak Bondye ki kreye nou an pou n te ka konnen l nèt.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Pyè 2:24

Kris la te pote peche nou yo nan kò li sou bwa a, pou nou te kapab mouri annegad peche, pou nou te ka viv dwat devan Bondye. Li te kite yo maltrete l pou l te ka geri nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 5:10

Nou te lènmi ak Bondye lè Pitit Bondye a mouri pou l te fè nou byen ak Bondye ankò. Kounyeya nou se zanmi Bondye, nou pa bezwen mande si lavi Pitit Bondye a p'ap delivre nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Galat 4:7

Konsa, ou pa esklav ankò, ou se yon pitit. Si ou se yon pitit Bondye, Bondye va ba ou tout byen li sere pou pitit li yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 51:12

(14) Sove m. Fè kè m kontan ankò. Ban m bon lide ki pou fè m toujou obeyisan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 43:18-19

Men sa Senyè a di: Pa chita ap chonje tan lontan. Pa rete ap kalkile sa ki fin pase!Men m'ap fè yon lòt bagay pou nou. Li konmanse rive deja. Nou pa wè li? Mwen pral fè yon wout nan mitan dezè a. Mwen pral fè gwo dlo koule nan savann lan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jan 6:40

Men sa Papa m vle: Tout moun ki wè Pitit la, ki kwè nan li, se pou yo gen lavi ki p'ap janm fini an. Mwen gen pou m fè yo leve sòti vivan nan lanmò nan dènye jou a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 19:28

Jezi reponn yo: — Se vre wi, sa m'ap di nou la a: Lè Moun Bondye voye nan lachè a va chita sou fòtèy li ak tout bèl pouvwa li, lè tout bagay va chanje nèt, nou menm k'ap swiv mwen, n'a chita sou douz fòtèy tou, pou nou ka jije douz branch ras Izrayèl la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 8:14

Paske, tout moun Lespri Bondye a ap dirije, se pitit Bondye yo ye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Tit 3:7

Avèk favè sa a Bondye fè nou an, li fè nou gras. Kounyeya nou ka resevwa sa n'ap tann lan: lavi ki p'ap janm fini an.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jan 15:16

Se pa nou ki chwazi m, se mwen menm ki chwazi nou, ki mete nou apa pou n ale, pou n ka donnen, pou donn nou ka konsève. Konsa, Papa a va ban nou nenpòt kisa n'a mande nan non mwen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 36:9

(10) Paske, se ou menm ki sous lavi a. Se limyè ou ki fè nou wè klè!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 8:17

Si se pitit Bondye nou ye, nou gen pòsyon pa nou nan eritaj Bondye te pwomèt moun pa l yo, n'a resevwa pa nou ansanm ak Kris la nan tou sa Bondye te sere pou li. Paske, si nou soufri ansanm ak li, n'a resevwa lwanj nan men Bondye ansanm ak li tou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Jan 3:1

Gade kijan Papa a renmen nou non! Li sitèlman renmen nou, li rele nou pitit li. Epi se sa nou ye vre. Se poutèt sa, lemonn pa rekonèt nou, paske li pa rekonèt Bondye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Korent 5:5

Se Bondye menm ki pare chanjman sa a pou nou. Li ban nou Sentespri li kòm avangou sou tout byen li sere pou nou yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Kolosyen 1:10

Konsa, n'a viv jan Bondye vle l la, n'a toujou fè sa ki fè l plezi. N'a fè tout kalite bon bagay, n'a grandi nan konesans Bondye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 9:14

nou pa bezwen mande kisa san Kris la p'ap fè. Avèk pouvwa Sentespri ki la tout tan an, li menm li ofri tèt li bay Bondye tankou yon ofrann bèt ki bon nèt, san okenn defo. Se konsa, san l ap lave konsyans nou, l'ap delivre nou anba esklavaj lalwa k'ap touye nou an pou nou ka sèvi Bondye vivan an.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 27:4

Mwen mande Senyè a yon bagay, yon bagay mwen anvi anpil anpil: Se pou m ta pase tout lavi m nan kay Senyè a, pou m ka gade bèl bagay li yo byen, pou m ka pran tan m pou m kalkile nan kay ki apa pou li a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 4:25

Se Jezikri sa a ki te mouri pou peche nou epi ki te resisite pou fè Bondye fè nou gras.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 28:19-20

Ale fè disip pou mwen nan tout nasyon, batize yo nan non Papa a, Pitit la ak Sentespri a.Moutre yo pou yo obsève tou sa mwen te ban nou lòd fè. Chonje sa byen: mwen la avèk nou toulejou, jouk sa kaba.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 8:18

Pou mwen, nou pa ka konpare sa n'ap soufri kounyeya ak bèl bagay Bondye pral fè nou wè yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Galat 5:24

Moun ki moun Jezikri, yo fè kò a mouri ansanm ak tout egzijans li yo, ak tout lanvi li yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Kolosyen 3:3

Konnen sa byen: nou mouri deja, lavi nou kache ansanm ak Kris la nan Bondye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jan 3:36

Moun ki mete konfyans yo nan Pitit la, yo gen lavi ki p'ap janm fini an. Moun ki dezobeyi Pitit la, yo p'ap gen lavi sa a. Se kòlè Bondye k'ap tonbe sou yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Jan 5:4

Paske, depi se pitit Bondye ou ye, ou kapab genyen batay la sou lemonn. Men ki jan nou fè genyen batay la sou lemonn, se paske nou gen konfyans nan Bondye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 11:28-30

— Vini jwenn mwen, nou tout ki bouke, nou tout ki anba chay, m'a soulaje nou.Pran jouk mwen, mete l sou zepòl nou. Pran leson nan men mwen. Paske mwen dou, mwen toujou soumèt mwen tout bon devan Bondye. Konsa, n'a viv ak kè poze.Paske, jouk m'ap ban nou an fasil pou pote, chay m'ap ban nou an pa lou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 119:116

Soutni mwen, jan ou te pwomèt la, pou m ka viv. Pa kite m pran wont pou m pa jwenn sa m'ap tann lan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Kolosyen 3:1

Nou menm ki deja resisite ak Kris, se pou nou chache bagay ki nan syèl la kote Kris chita adwat Bondye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 8:2

Lalwa Sentespri a ap fè nou viv ansanm ak Jezikri. Li delivre nou anba lalwa peche ak anba lanmò.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Filipyen 1:6

Mwen sèten Bondye ki te konmanse bon travay sa a nan nou, li gen pou l kontinye l jouk li va fini l nèt, lè jou Jezikri a va rive.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 6:11

Konsa tou, nou menm, konsidere tèt nou tankou moun ki deja mouri annegad peche epi k'ap viv pou Bondye ansanm avèk Jezikri.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 10:19-22

Konsa, frè m yo, gremesi san Kris la ki koule lè li mouri pou nou an, nou gen antre lib kote yo mete apa pou Bondye a.Kris la louvri yon chemen nèf pou nou, yon chemen k'ap ban nou lavi, yon chemen ki pase nan mitan vwal la, sa vle di: nan kò l menm.Nou gen yon granprèt ki reskonsab tout kay Bondye a.Ann pwoche bò kote Bondye ak tout kè nou, ak yon konfyans byen chita, san nou pa gen anyen nan kè nou ki pou boulvèse konsyans nou, kò nou menm byen netwaye nan yon dlo byen pwòp.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 16:11

W'a fè m konnen chemen ki bay lavi a. Paske ou la avè m, mwen pa manke kontan. Bò kote ou, Senyè, se yon plezi ki p'ap janm fini.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Jan 1:7

Men, si n'ap viv nan limyè menm jan li menm Bondye li nan limyè, lè sa a se tout bon n'ap viv ansanm yonn ak lòt. Jezi, Pitit Bondye a, va netwaye nou ak san li anba tout peche nou yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jan 17:3

Lavi etènèl, se konnen ou, ou menm sèl Bondye tout bon an, se konnen Jezikri, moun ou voye a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 30:5

(6) Paske, lè li ankòlè, se pou yon ti tan. Men, li ban nou favè l pou tout tan n'ap viv. Lannwit nou kriye, Kou l jou, kè nou kontan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 61:1

Lespri Bondye, Senyè a, desann sou mwen. Paske Senyè a chwazi m, li voye m pou m anonse bòn nouvèl la bay moun ki nan lapenn yo, pou m geri tout moun k'ap soufri yo, pou m fè tout moun yo te depòte yo konnen yo delivre, pou m fè tout prizonye yo konnen pòt prizon louvri pou yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Timote 2:21

Si yon moun kenbe tèt li pwòp pou li pa fè sa ki mal, y'a fè li fè yon travay espesyal. Paske lè sa a, l'ap mete tèt li apa nèt pou Mèt li. L'a itil Mèt la, li pare pou li fè nenpòt bagay ki byen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Galat 4:19

Pitit mwen yo, m'ap soufri anpil pou nou toujou, tankou yon manman k'ap soufri doulè tranche, m'ap soufri pou nou jouk tan Kris la va fin fòme nèt nan nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 12:1

Konsa, nou la nan mitan foul moun sa yo ki te moutre jan yo te gen konfyans nan Bondye. Ann voye tout bagay k'ap antrave kous nou jete byen lwen, ansanm ak peche a ki fasil pou vlope nou. Ann kouri avèk pasyans nan chemen Bondye mete devan nou an.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 12:13

Se sa k fè, nou menm, kit nou jwif, kit nou pa jwif, kit nou esklav, kit nou pa esklav, nou tout nou te resevwa batèm pou n te ka fè yon sèl kò ansanm, pa pouvwa yon sèl Lespri a. Nou tout nou te bwè nan yon sèl Lespri a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 51:10-11

(12) O Bondye, pa kite okenn move lide nan kè m. Mete bon lide nan tèt mwen, pou m sa kenbe fèm.(13) Pa voye m jete. Pa wete lespri ou te ban mwen an.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 4:7

Chache gen konesans, se premye bagay yon nonm lespri dwe fè. Nenpòt kisa ou ka genyen, bay li pou ou vin gen konprann.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 28:18-20

Jezi pwoche bò kote yo, li di yo konsa: — Mwen resevwa tout pouvwa nan syèl la ak sou tè a.Ale fè disip pou mwen nan tout nasyon, batize yo nan non Papa a, Pitit la ak Sentespri a.Moutre yo pou yo obsève tou sa mwen te ban nou lòd fè. Chonje sa byen: mwen la avèk nou toulejou, jouk sa kaba.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 119:50

Nan mizè mwen, tout konsolasyon m, se pwomès ou fè m lan. Se sa ki fè m viv.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jan 14:6

Jezi reponn li: — Se mwen menm ki chemen an. Se mwen menm ki verite a, se mwen menm ki lavi a. Pèsonn pa ka al jwenn Papa a si li pa pase nan mwen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 4:16

Se poutèt sa, ann pwoche avèk konfyans devan fòtèy kote Bondye ki renmen nou an chita. Se la n'a jwenn padon pou peche nou yo, se la n'a jwenn pou gremesi sekou n'a bezwen lè nou nan nesesite.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 5:1

Kounyeya, paske nou gen konfyans nan Bondye, Bondye fè nou gras, n'ap viv san kè sote ak Bondye, gremesi Jezikri, Senyè nou an.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 5:6

Benediksyon pou moun ki anvi viv jan Bondye vle l la, paske Bondye va ba yo sa yo vle a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 119:130

Esplikasyon nou jwenn nan pawòl ou klere lespri nou. Yo louvri lespri moun ki san konprann yo pou yo konprann.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 43:1-2

Nou menm, moun fanmi Jakòb yo, men sa Senyè a ap di nou kounyeya, li menm ki te kreye nou an. Nou menm moun Izrayèl yo, men sa l'ap di nou, li menm ki te fè nou ak men l: — Nou pa bezwen pè anyen! M'ap toujou pwoteje nou. Se mwen menm ki te ban nou non nou pote a. Se pou mwen nou ye.Lè n'ap pase sou lanmè, m'ap kanpe la avèk nou. Lè n'ap janbe gwo dlo, dlo a p'ap bwote nou ale. Lè n'ap mache nan mitan dife, dife p'ap boule nou. Flanm dife a p'ap fè nou anyen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Galat 5:1

Se pou n te ka lib tout bon kifè Kris la te delivre nou. Se poutèt sa, ann rete fèm nan libète sa a. Veye kò nou pou n pa tounen esklav ankò.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 119:137

Senyè, ou pa nan patipri. Ou jije tout moun menm jan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 8:35

Lè yon moun jwenn mwen, se lavi li jwenn. Li antre nan favè Bondye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Efezyen 2:5

Li ban nou lavi nan Kris la, nou menm ki t'ap viv nan lanmò akoz peche nou. Se yon favè Bondye fè nou lè li delivre nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 40:31

Men, Senyè a ap bay moun ki mete konfyans yo nan li fòs ankò. Tankou malfini, y'ap pran zèl pou yo leve ale. Y'ap kouri san yo p'ap janm bouke. Y'ap mache, yo p'ap janm febli.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 84:11

(12) Paske, se Senyè a ki tout defans mwen, se li menm k'ap pwoteje nou. L'ap ban nou favè li, l'ap fè yo respekte nou. Lè yon moun ap mennen yon vi ki san repwòch, Bondye p'ap janm refize l okenn bon bagay.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 12:12

Pandan n'ap tann lan, fè kè n kontan. Se pou nou gen anpil pasyans nan mitan soufrans nou yo. Pa janm sispann lapriyè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 18:10

Senyè a, se yon gwo ranpa byen solid. Se la moun k'ap mache dwat yo kouri al chache pwoteksyon.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 112:1-2

Lwanj pou Senyè a! Ala bon sa bon pou moun ki gen krentif pou Senyè a, ki pran tout plezi l nan fè sa li mande!Pitit li yo va grannèg nan peyi a. Bondye ap toujou voye benediksyon sou pitit moun ki mache dwat devan li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 14:17

Gouvènman Bondye ki wa a, se pa yon afè manje ak bwè, men se yon kèsyon fè sa ki byen, viv ak kè poze ak kè kontan. Bagay sa yo, se Sentespri ki bay yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 7:25

Se poutèt sa, depi kounyeya, epi pou tout tan, li ka delivre tout moun, l'ap fè yo pwoche bò kote Bondye paske li menm li toujou vivan, l'ap lapriyè Bondye pou yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Pyè 5:10

Men, apre n'a fin soufri yon ti tan, Bondye li menm va rann nou bon nèt, l'a kenbe nou fèm, l'a ban nou fòs, l'ap fè nou kanpe san brannen. Paske Bondye bay tout kalite favè. Se li menm ki te rele nou, gremesi Kris la, pou n te patisipe nan pouvwa li ki p'ap janm fini.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 119:114

Se ou ki defans mwen, se ou ki tout pwoteksyon mwen. Mwen mete tout espwa m nan pawòl ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Galat 3:27

Nou tout, nou te resevwa batèm pou n te ka viv ansanm ak Kris la, nou mete sou nou kalite ki nan Kris yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 121:1-2

(1b) Mwen leve je m, mwen gade mòn yo, mwen di: — Ki bò m'a jwenn sekou?Sekou mwen sòti nan men Senyè a. Se li menm ki fè syèl la ak latè a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Kolosyen 1:12-14

Ak kè kontan, se pou nou di Papa a mèsi, li menm ki ban nou privilèj resevwa pòsyon pa nou nan eritaj Bondye sere pou tout moun pa l yo nan peyi limyè a.Li rache nou anba pouvwa fènwa a, li fè nou antre nan peyi kote Pitit li renmen anpil la wa.Se gremesi Pitit sa a nou delivre, nou resevwa padon pou peche nou yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 13:5

Pa kite renmen lajan pran nanm nou. Se pou nou kontan ak sa nou genyen. Paske Bondye te di: Mwen p'ap janm vire do ba ou, mwen p'ap janm lage ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi

Lapriyè bay Bondye

Papa BonDye, fidèl, ou menm sèl ki merite glwa ak lonè! Senyè Jezi, mèsi pou sakrifis ou fè sou kwa a pou pran plas mwen, pou peye dèt mwen pa t ap janm ka peye. Mèsi pou nouvo chemen delivrans sa a ou louvri pou tout limanite. Mèsi Jezi, paske ou se pi gwo egzanp lanmou ak rekonsilyasyon ant Bondye ak lèzòm. Pawòl ou di: "Kounye a, poutèt lafwa nou, nou anpè ak Bondye, gremesi Jezikri, Senyè nou an." Mwen renmen ou Jezi, ou jistifye m, ou sove m, ou padone m. Mèsi dèske ou fin peye dèt mwen pa t ap janm ka peye a. Mèsi Jezi, ou rachte m, ou delivre m, kounye a mwen lib de tout kondanasyon. Bon Jezi mwen, mèsi pou jan ou renmen m, jounen jodi a mwen ka di nan nenpòt sitiyasyon, ou se solisyon an. Sakrifis ou sou kwa a pa t pou granmesi, gras a li mwen jwenn lavi mwen t ap chèche a, mwen jwenn padon, gerizon, e ou rekonsilye m ak Papa a. Nan non Jezi. Amèn!
Swiv nou:

Piblisite


Piblisite