Ou se yon bijou presye nan men Bondye, yon moun ki brav, ki travay di, ki kapab, yon vrè gèrye. Bondye renmen ou, li kreye ou ak yon bèl objektif. Chak jou, bay pi bon nan ou menm, devlope yon karaktè ki toujou fè lwanj pou Bondye.
Mwen konnen gen tribilasyon, gen sitiyasyon difisil, men sonje Bondye ap delivre ou. Chak jou, mennen batay ou yo, men ajenou devan Bondye, se li k ap gide ou, k ap ba ou viktwa.
Fokis plis sou bote entèn ou, pa sou bote ekstèn nan. Se bote entèn nan Bondye wè, bote ki dou, ki pa ka gate, ki soti nan yon lespri dou devan Bondye. Se sa ki gen anpil valè devan l.
Toujou pale ak sajès Bondye, enstwi ak lanmou. Se pou ou yon moun saj lè w ap bati kay ou, pa fè tankou moun fou ki kraze kay li ak pwòp men li.
Avanse chak jou, Bondye avè ou, pa janm doute sa. Avèk èd Papa nou ki nan syèl la, ou ka toujou yon egzanp kèlkeswa kote ou ye. Toujou chèche kreyatè ou, medite sou byenfe li yo chak jou.
Cham ka twonpe, bote pase; men fanm ki gen krentif pou Senyè a, se li ki merite lwanj (Pwovèb 31:30).
Ou pa manke bèl, anmourèz mwen! Depi nan pwent zòtèy ou jouk nan pwent cheve ou, ou san defò!
Nou pa bezwen fè nou bèl ak bagay moun ka wè, tankou bèl kwafi, yon kantite bijou lò, ak yon kantite rad gwo pri.Okontrè, se sa ki nan kè nou ki tout bèlte nou, yon bèlte ki p'ap janm pase. Se pou nou gen yon karaktè dou, yon karaktè poze. Se sa ki gen valè devan Bondye.
Bèl fanm pa di bon madanm. Bèl figi pa la pou lontan. Men y'a fè lwanj fanm ki gen krentif pou Senyè a.
Wi, se ou ki fòme tout pati nan kò m, se ou ki ranje yo byen ranje nan vant manman m.M'ap fè lwanj ou, paske ou pa manke fè bèl bagay. Tou sa ou fè se bèl bagay. Mwen konn sa byen.
Mwen ta renmen tou pou medam yo abiye yon jan ki kòrèk, tou senp, san fè endesans. Yo pa bezwen nan fè gwo kwafi, mete gwo bijou lò ak bèl grenn pèl ni rad ki koute chè sou yo.Oneman ki bon pou yon fanm ki di l'ap sèvi Bondye se fè sa ki byen.
Se sa ki fè mwen pa janm dekouraje. Menm si kò mwen ap bese chak jou, men lespri m' rete toujou jenn.
Se Bondye ki fè nou. Li kreye nou nan Jezikri pou nou pratike sa ki byen, bon zèv li te pare davans pou nou fè yo.
Men Granmèt la di l: — Pa gade sou bèl aparans li, ni sou bèl wotè li. Paske mwen mete l sou kote. Mwen pa jije valè yon moun jan lèzòm fè l la. Lèzòm gade sou sa ki parèt devan je yo. Men, mwen menm mwen gade sa ki nan kè moun.
Ala bèl ou bèl, anmourèz mwen! Ala bèl ou bèl! Zye nan tèt ou, ou ta di de bèl chelèn kristal.
Ala bèl ou bèl, anmourèz mwen! Ala bèl ou bèl dèyè vwal ki sou tèt ou! Zye nan tèt ou, ou ta di de bèl chelèn kristal! Cheve ou ap danse tankou yon bann kabrit Bann kabrit k'ap kouri desann mòn Galarad.
M'ap fè lwanj ou, paske ou pa manke fè bèl bagay. Tou sa ou fè se bèl bagay. Mwen konn sa byen.
Li te prèt pou antre nan peyi Lejip lè li di Sarayi, madanm li: — Koute non. Ou se yon bèl fanm.
Nan tout peyi a pat gen pi bèl fanm pase twa pitit fi Jòb yo. Papa a te ba yo chak yon pòsyon nan byen l yo ansanm ak frè yo.
pou m'bay moun Siyon ki nan lafliksyon yo kè kontan nan plas lapenn yo, kontantman nan plas kè sere yo. Yon chante remèsiman nan bouch yo nan plas yon chante lapenn. Yo pral grandi tankou gwo pyebwa nan jaden Senyè a te plante ak men li. Yo pral fè sa ki dwat devan Bondye pou tout moun ka fè lwanj bèl pou vwa li.
L'ap di li: - Mwen konnen anpil fanm ki moutre vanyan yo. Men, pou ou menm, nanpwen tankou ou!
Mesye te rele Nabal, madanm li te rele Abigayèl. Se te yon fanm ki te gen anpil lespri, lèfini li te bèl. Men, mari a te gen move jan, li pat konn boule byen ak moun menm. Se te fanmi moun Kalèb yo.
Se te yon jenn fi. Li te bèl anpil, li te tifi. Li desann nan sous la, li plen krich li. Epi li moute sòti deyò.
Yo te pran yon lanne nèt pou pare jenn fi yo. Yo pase sis mwa ap pran masaj ak lwil fèt ak lami, sis mwa ak odè ansanm ak krèm fèt pou madanm marye. Apre sa, yo mennen jenn fi yo yonn apre lòt al jwenn wa Asyeris.
Yo te mèt bèl kou yo bèl, pa kite yo pran tèt ou. Pa kite yo pran tèt ou lè y'ap fè je dou ba ou.
Mennaj mwen pale avè m, li di m: Vini non, anmourèz mwen! Ann al avè m non, bèl nègès mwen!
Kilès sa a k'ap parèt tankou solèy ki fenk leve? Li bèl tankou lalin, li klere tankou solèy. Kote ou pase tout moun pèdi nan ou!
Ou fè zèb pouse pou bèt yo manje. Ou fè plant moun bezwen yo grandi pou latè ka donnen manje,pou latè ka donnen rezen ki bay diven pou fè kè lèzòm kontan, lwil pou fè figi yo fre, pen pou ba yo fòs.
Van nòde, leve non! Van siwa, kouri vin soufle sou jaden mwen an non! Plen lè a ak bon sant!. Vini non, mennaj mwen! Antre nan jaden ki pou ou a! Manje pi bon fwi yo!
Se sa ki fè, frè mwen yo, jan Bondye fè nou wè li gen kè sansib pou nou an, se pou nou ofri nou tankou yon sakrifis apa bay Bondye, yon sakrifis vivan k'ap fè li plezi. Se sèl jan pou nou sèvi Bondye tout bon vre.Pa fè menm bagay ak sa moun ap fè sou latè. Men, kite Bondye chanje lavi nou nèt lè l'a fin chanje tout lide ki nan tèt nou. Lè sa a, n'a ka konprann sa Bondye vle, n'a konnen sa ki byen, sa ki fè l plezi, sa ki bon nèt ale.
Bon konprann yon fanm fè kay li mache byen. Men, yon fanm sòt ap kraze kay li ak pwòp men li.
Mwen mande Senyè a yon bagay, yon bagay mwen anvi anpil anpil: Se pou m ta pase tout lavi m nan kay Senyè a, pou m ka gade bèl bagay li yo byen, pou m ka pran tan m pou m kalkile nan kay ki apa pou li a.
Bèl fanm pase ou, nanpwen! Ki jan ou fè pa konn kote sa a? Ale non. Swiv mouton yo. W'a jwenn manje bò la pou kabrit ou yo, toupre tant gadò yo.
Ala bèl pye ou bèl nan sapat ou yo, negès mwen! Ren ou tankou si li te dekore ak bon lò. Ou ta di travay yon bòs ki gen anpil ladrès ak gou!
Pawòl ou se yon chandèl ki fè m wè kote m'ap mete pye m, se yon limyè k'ap klere chemen mwen.
Men, se bèl bagay pou yon fanm gen cheve long. Bondye ba l cheve long li yo pou sèvi l tankou yon vwal sou tèt li.
Li fikse yon lè pou chak bagay byen fèt. Li mete nan kè moun lanvi pou yo konnen sa ki gen pou rive denmen. Men, li pa janm kite yo fin konprann nèt travay l'ap fè a.
Konsa tou, se pou limyè nou klere devan tout moun, pou lè yo wè tout byen n'ap fè yo, y'a fè lwanj Papa nou ki nan syèl la.
(14) Pitit fi wa a nan palè a. Ala bèl li bèl! Twal rad ki sou li a fèt ak fil lò.(15) Yo mennen l bò kote wa a, avèk bèl rad bwode li sou li. Tout fidonè li yo ap mache dèyè l: yo prezante yo ba ou tou.
Menm jan an tou, nou menm medam, soumèt nou devan mari nou. Konsa si gen mari ki pa kwè nan Bondye, kondit nou kont pou fè yo kwè, san nou pa bezwen louvri bouch nou,paske y'a wè jan nou viv byen, jan nou respekte yo.
Yon bon madanm, se yon lwanj pou mari li. Men yon madanm ki fè mari li wont, se tankou yon maladi k'ap manje ou nan zo.
Sò mwen, bèl negès mwen, ou annik gade m yon fwa, ou fè m pèdi lòlòj mwen. M annik wè yonn nan bèl ti chenn nan kou ou yo, m pèdi tèt mwen.
Ti toutrèl mwen, ou kache nan fant wòch yo, Anba gwo wòch byen wo yo. Moutre m' ti figi ou non! Fè m' tande vwa ou. Ala bèl ou bèl! Ala dous vwa ou dous!
Grave mwen sou kè ou! Make mwen nan plamen ou! Lanmou fò tankou lanmò. Tankou simityè pa pran priyè, jalouzi pa nan jwèt. Lè maladi lanmou kenbe ou, Li pa lage ou yon may Lanmou limen dife nan tout kò ou. Dife sa a gen sous li soti nan Bondye.
Kite m di Senyè a mèsi! Senyè, Bondye mwen, ala gwo pouvwa ou gwo! Devan ou se respè, se chapo ba!Ou vlope kò ou nan yon gwo limyè. Ou louvri syèl la tankou yon tant pou ou rete.
Anmourèz mwen, Ou bèl tankou lavil Tisa. Lè mwen wè ou, sa fè mwen plezi, Se tankou lè mwen wè lavil Jerizalèm. Kote ou pase se tankou bèl parad sòlda, Moun, sou de ran, ap kanpe gade!
Konsa, Kris la se tankou yon kò ki gen anpil manm. Kò a toujou yon sèl kò, ou mèt wè li gen anpil manm.
(1b) Senyè, mwen pa gen lògèy nan kè mwen. Mwen pa gade moun avèk awogans. Mwen pa enterese nan bagay ki twò fò pou mwen, nan bagay ki twò difisil pou m konprann.Mwen rete tou dousman, byen trankil tankou yon timoun sevre ki rete byen dousman sou janm manman l. Wi, tankou yon timoun sevre, se konsa mwen rete dousman.
(6) Ou fè yo yon ti kras pi piti pase ou, Bondye. Tankou yon kouwòn sou tèt yo, ou ba yo pouvwa ak respè.
Pou fini, frè m yo, mete lide nou sou bagay ki bon, ki merite lwanj: bagay ki vre, ki kòrèk, ki dwat, ki bèl, ki p'ap fè nou wont.
Jakòb te renmen Rachèl. Li reponn Laban: — M'ap sèvi avè ou sèt lanne pou Rachèl, dezyèm pitit fi ou la.
— Poukisa pou n'ap bat kò nou pou rad pou nou mete sou nou? Gade ki jan flè raje yo pouse nan savann. Yo pa travay, yo pa fè rad.Malgre sa, m'ap di nou sa, wa Salomon ki wa Salomon, ak tout richès li yo, pat gen bèl rad tankou yonn nan flè sa yo.
Ou menm mwen renmen anpil la, w'ap boulvèse mesye yo, menm jan yon jiman ap boulvèse poulen chwal cha lagè farawon yo.
Kou ou kanpe tankou bèl fò won David la, kote yo kenbe depo zam yo. Se la vanyan sòlda yo vin pandye mil plak fè pwotèj.
Sou pwen sa a, Bondye moutre nou jan li renmen nou anpil. Paske nou te nan peche toujou lè Kris la mouri pou nou.
Solèy poko leve, li gentan sou pye l, l'ap pare manje pou moun nan kay la. L'ap di sèvant yo sa pou yo fè.
Kou ou tankou yon fò won fèt ak wòch mab. Je ou tankou basen dlo nan lavil Esbon, bò pòtay gwo lavil la. Nen ou kanpe kou gwo fò peyi Liban k'ap veye sou lavil Damas.
Se pa ti kontan kè m kontan pou sa Senyè a fè. M'ap fè fèt pou Bondye mwen an. Paske mwen tankou yon nèg k'ap marye ki fin abiye pou nòs la, tankou yon lamarye k'ap ranje bijou l yo sou li. Li kouvri m ak pouvwa li pou l sove m. Li vlope m nan bra li pou l delivre m.
Lè sa a, li vin gen de okipasyon. Konsa tou, yon fanm ki san mari, osinon yon jenn fi ki pa marye, se zafè Senyè a sèlman y'ap okipe paske yo vle mete tout kò yo, tout nanm yo apa pou li. Men sa ki marye yo ap okipe zafè lemonn tou, paske y'ap chache fè mari yo plezi.
L'ap kouvri ou anba zèl li. Anyen p'ap rive ou kote ou kache a. L'ap toujou kenbe pawòl li: Se sa ki pwoteksyon ou, se sa ki defans ou.
Nou menm medam lavil Jerizalèm yo, Tanpri, tanpri souple! Pa deranje anmourèz mwen lè l'ap dòmi. Pa reveye li anvan lè.
Chache gen konesans, se premye bagay yon nonm lespri dwe fè. Nenpòt kisa ou ka genyen, bay li pou ou vin gen konprann.
Sa fè Potifa te lage tout zafè li nèt nan men Jozèf, esepte vant li. Jozèf te yon bèl gason byen kanpe.
Yo rete konsa, yo wè Jezi parèt devan yo, li di yo: — Bonjou, medam. Yo pwoche bò kote l, yo kenbe pye l, yo adore li.
(8) Ou renmen tou sa ki byen, ou rayi tou sa ki mal. Se poutèt sa, Bondye ki Bondye ou la chwazi ou. Li fè kè ou kontan nèt ale: Li fè pou ou bagay li pa fè pou lòt zanmi ou yo.
Pa fè menm bagay ak sa moun ap fè sou latè. Men, kite Bondye chanje lavi nou nèt lè l'a fin chanje tout lide ki nan tèt nou. Lè sa a, n'a ka konprann sa Bondye vle, n'a konnen sa ki byen, sa ki fè l plezi, sa ki bon nèt ale.
Bouch mennaj mwen bay gou siwomyèl. Li bèl gason nan tout kò li. Se konsa mennaj mwen ye, Se konsa zanmi mwen an ye, medam Jerizalèm yo!
Fig frans konmanse mi. Nou ka pran sant flè pye rezen yo. Vini non, anmourèz mwen! Ann al avè m non, bèl nègès mwen!
Lè lè a rive, Jakòb di Laban: — Bon. Li lè atò pou ou ban m pitit fi ou la pou m ka marye avè l.
Tete ou yo doubout tankou de ti gazèl, tankou de ti gazèl menm fòs, menm pòte k'ap manje nan jaden flè.
Men nou menm, nou se sitwayen syèl la. N'ap tann Sovè nou, Jezikri Senyè nou k'ap sot nan syèl la.
Pito ou pase pou malere men ou gen manje pou ou manje, pase pou ou pran pòz grannèg ou epi w'ap mouri grangou.
Sispann gade m, paske lè ou gade m, ou fè m pa konn sa m'ap fè. Cheve ou ap danse bò figi ou tankou kabrit k'ap kouri desann sou mòn Galarad yo.
Li te grandi devan Bondye tankou yon ti plant ki tou fèb, tankou yon ti kreyòl ki pouse nan tè sèk. Li pat bèl gason, li pat gen anyen nan li ki pou ta fè nou vire gade l. Li pat sanble anyen ki ta ka fè nou kontan ret gade l.
Menm jan an tou, nou menm mari, nan tout bagay, se pou nou viv byen ak madanm nou paske yo pi delika pase nou. Yo resevwa nan Bondye menm lavi ak nou tankou yon favè Bondye.
(12) Paske, se Senyè a ki tout defans mwen, se li menm k'ap pwoteje nou. L'ap ban nou favè li, l'ap fè yo respekte nou. Lè yon moun ap mennen yon vi ki san repwòch, Bondye p'ap janm refize l okenn bon bagay.
Se pou wa a tankou lapli k'ap tonbe nan jaden, tankou gwo lapli k'ap wouze tè a.Sou reny li, ap gen jistis toupatou. Tout moun va viv byen yonn ak lòt tout tan va gen lalin pou bay limyè.
Mari l mete tout konfyans li nan li. Tout bagay ap mache byen lakay li.Madanm lan p'ap janm aji mal ak mari l, l'ap pase tout lavi l ap fè l byen.
Ann al avè m non! Ann desann mòn Liban an, fyanse mwen! Ann desann mòn Liban an! N'ap rete sou tèt mòn Amana, sou mòn Seyi ak sou mòn Emon kote lyon ak leyopa rete, n'ap gade plenn lan anba.
Se pou yonn asepte lòt jan l ye a, menm jan Kris la te asepte nou an pou sa te tounen yon lwanj pou Bondye.
Lonbrit ou tankou yon bòl won ki pa janm manke diven melanje ak fèy santi bon. Anba vant ou menm tankou yon bèl jaden ble ak bèl ti flè sou tout arebò li.
Izarak mennen Rebeka lakay li, kay ki te pou Sara, manman l lan. Li pran l pou madanm li. Izarak te renmen Rebeka. Se konsa li te jwenn konsolasyon, apre li te fin pèdi manman l lan.
Ala dous karès ou dous, mennaj mwen, bèl nègès mwen! Karès ou pi dous pase siwomyèl. Ou santi pi bon lontan pase pi bon fèy santi bon.
Se konsa Bondye abiye pye zèb yo ki la nan jaden an jòdi a, men denmen yo jete sa nan dife pou chofe fou. Nou pa bezwen mande si li p'ap abiye nou tou. Ala manke nou manke konfyans nan Bondye!
Bondye di: M'ap sove moun ki renmen mwen, m'ap pwoteje moun ki konnen mwen.Lè l rele m, m'ap reponn li. Lè l nan tray, m'ap la avèk li. M'ap delivre l, m'ap fè yo respekte l.
Se konsa, rive Abram rive nan peyi Lejip, mesye yo gentan wè jan Sarayi te yon bèl fanm.Kèk gwochabrak gouvènman wè sa tou, y'al fè lwanj li bay Farawon an jan fanm lan bèl. Epi yo pran Sarayi mennen nan palè a.
pou latè ka donnen rezen ki bay diven pou fè kè lèzòm kontan, lwil pou fè figi yo fre, pen pou ba yo fòs.
Gouvènman Bondye ki wa a, se pa yon afè manje ak bwè, men se yon kèsyon fè sa ki byen, viv ak kè poze ak kè kontan. Bagay sa yo, se Sentespri ki bay yo.
Se ou menm sèl mwen gen nan syèl la. Mwen pa gen lòt. Se ou ki tout plezi m sou latè.Kò m te mèt ap deperi, lespri m te mèt ap gaga, se ou menm menm, Bondye, ki tout fòs mwen, se ou menm ki tout mwen.
Depi anvan m te fèt, tout lavi m te devan je ou. Tou sa mwen ta pral fè te deja ekri nan liv ou, anvan menm mwen te fè yo.
Mennaj mwen tankou yon kabrit, tankou yon jenn ti kabrit. Men li la dèyè miray kay la. L'ap gade nan fennèt la, l'ap veye nan jalouzi a pou wè sa m'ap fè.
Se pou nou toujou kontan nan lavi n'ap mennen ansanm nan Senyè a. M'ap repete l ankò: Fè kè nou kontan anpil.
Nou pa manke kontan menm lè n'ap soufri.Poukisa? Paske nou konnen lè n'ap soufri sa fè nou gen pasyans. Lè nou gen pasyans konsa, sa ban nou kouray pou nou soufri. Plis nou gen kouray, se plis nou gen espwa.Espwa sa a p'ap janm twonpe nou, paske Bondye te fè nou wè jan l renmen nou lè li ban nou Sentespri li.
Po bouch ou, ou ta di yon bèl ti riban wouj vyolèt. Se bèl plezi pou tande w'ap pale! De bò figi ou, ou ta di de katye grenad anba vwal chapo ou!
Pitit mwen, koute papa ou non lè l'ap ba ou bon levasyon! Pa janm bliye sa manman ou te moutre ou!Menm jan bèl foula ak bèl kolye bay bèl aparans, se konsa tou konsèy manman ou ak konsèy papa ou ap fè anpil pou ou.
Pandan plizyè nwit, m kouche sou kabann mwen, m chache moun mwen renmen anpil la. M chache l, mwen pa jwenn li.
Men, Lespri Bondye a bay renmen, kè kontan, kè poze, pasyans, bon kè, seryozite, li fè ou gen bon manyè.
Moun ki gen lamou, li gen pasyans, li gen bon kè. Li pa anvye sò moun. Li pa nan fè grandizè. Li pa nan moute kòlèt sou moun.Lamou pa fè anyen pou fè moun wont. Lamou pa chache avantaj pa li. Li pa fè kòlè, li pa kenbe moun nan kè.
(2) Ala bèl kay ou a bèl, Senyè ki gen tout pouvwa! (3) Jan mwen anvi wè kay Senyè a sa! M'ap deperi sitèlman manvi al lakay Senyè a. M'ap chante, m'ap fè fèt pou Bondye vivan an.
Mennaj mwen, bèl negès mwen, Ou tankou yon jaden kache, Yon sous dlo yo fèmen dèyè miray, Yon fontèn anba kle.
Pa janm pale yon domestik mal devan mèt li. L'a madichonnen ou, l'a fè ou peye bouch ou.
Men dezyèm kòmandman an ki gen menm enpòtans ak premye a: se pou ou renmen frè parèy ou tankou ou renmen pwòp tèt pa ou.
Ou kenbe tèt ou drèt sou kò ou, tankou mòn Kamèl. Cheve ou yo ap flote tankou bèl twal swa wouj grena. Nenpòt wa ta ka pèdi nan bouklèt cheve ou yo!
Pase tout lòt bagay, veye byen lide k'ap travay nan tèt ou, paske se yo k'ap di ou ki jan pou ou viv.
Nan mitan fènwa a, yon limyè klere pou moun ki mache dwat yo, pou moun ki gen kè sansib, moun ki gen bon kè ak moun ki pa nan patipri.
Konsa, si se nan Kris la nou jwenn fòs kouray nou tout bon vre, si se renmen li renmen nou an ki ban nou ankourajman tout bon vre, si Sentespri l rete nan kè nou tout bon vre, si tout bon vre nou yonn renmen lòt, si nou sansib yonn pou lòt,enben, men sa m'ap mande nou: Fè kè m kontan nèt. Se pou nou viv byen yonn ak lòt, se pou nou yonn renmen lòt menm jan an, pou nou tout gen yon sèl lide nan tèt nou ak yon sèl santiman nan kè nou.
(22) Lwanj pou Senyè a! Ala bèl bagay li fè pou l moutre jan l renmen mwen, lè m te anba tray, lè yo te sènen m toupatou a!
Se pou nou yonn renmen lòt tankou frè ak frè k'ap viv ansanm ak Kris la. Nan tou sa n'ap fè, se pou nou gen respè yonn pou lòt, pa konsidere tèt nou anvan.
Moun ki moun Jezikri, yo fè kò a mouri ansanm ak tout egzijans li yo, ak tout lanvi li yo.
Mesye mwen al nan jaden li, Kote pyebwa santi bon ap pouse. L'ale mete mouton nan manje. L'al ranmase bèl ti flè.