Biblia Todo Logo
Vèsè Biblik
- Piblisite -


VÈSÈ ENTÈSYON

VÈSÈ ENTÈSYON

Mwen vle pale avèw sou puisans entèseksyon, lè nou fè l ak pouvwa Bondye a. Entèseksyon se mete kò w nan plas yon lòt moun. Pou w ka fè entèseksyon, ou bezwen gen pèseverans, lafwa, epi priye Bondye ak yon kè ki sen, pou mande pou bezwen frè ak sè w yo, pou entèvansyon divin Bondye a ka manifeste.

Ou menm k ap fè entèseksyon, pa neglije lekti Pawòl Bondye a. Ou dwe toujou veye. Pa dwe gen rebèl nan ou. Pa neglije dim ak ofrann ou. Epitou, pa kite lògèy ni awogans anvayi w.

Entèseksyon se yon aksyon ki fèt ak lanmou, ak siplikasyon, ak plenn devan Bondye, pou lavi yon lòt moun. Lè w ap fè entèseksyon, ou ka menm santi doulè ak bezwen moun sa a. Jan Bib la di nan Efezyen 6:18 (Efesyen 6:18): “Priye tout tan ak tout kalite priyè ak siplikasyon nan Lespri a. Epi veye nan sa ak tout pèseverans ak siplikasyon pou tout sen yo.”




Jeremi 29:12

Lè sa a, n'a rele m, n'a vin lapriyè nan pye m, m'a reponn nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Korent 10:3-4

M'ap viv kounyeya nan yon kò tankou tout moun, se vre. Men, mwen p'ap goumen menm jan ak tout moun. Zam m'ap sèvi nan batay m'ap mennen an, se pa menm ak zam moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn yo. Zam mwen se zanm ki gen pouvwa devan Bondye pou kraze tout gwo fò. M'ap kraze tout pawòl esplikasyon ki pa bon,

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Efezyen 6:12

Paske, se pa ak moun nou gen pou nou goumen. Men, se ak move lespri ki nan syèl la, ak chèf, ak pouvwa, ak otorite k'ap gouvènen nan fènwa ki sou latè a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 8:26

Se konsa tou, Lespri Bondye a vin ede nou, atout nou fèb la, paske nou pa konnen kisa pou n mande lè n'ap lapriyè, ni ki jan pou nou lapriyè. Men, se Lespri Bondye a menm k'ap lapriyè Bondye pou nou. L'ap pouse gwo soupi moun pa ka esplike.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 18:20

Paske, chak fwa de ou twa moun mete tèt yo ansanm nan non mwen, m'ap la nan mitan yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jeremi 33:3

Rele m, m'a reponn ou. M'a fè ou konnen yon bann gwo bagay, yon bann mèvèy ou pat janm konnen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Korent 10:4

Zam m'ap sèvi nan batay m'ap mennen an, se pa menm ak zam moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn yo. Zam mwen se zanm ki gen pouvwa devan Bondye pou kraze tout gwo fò. M'ap kraze tout pawòl esplikasyon ki pa bon,

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 13:12-14

Nwit lan vanse fini, jou prèt pou kase. Ann sispann fè bagay yo fè nan fènwa. Ann pran zam nou pou nou ka goumen devan tout moun. Ann mennen bak nou yon jan tankou moun k'ap viv nan limyè. Pa fè eksè ni nan manje, ni nan bwè. Pa lage tèt nou nan debòch, ni nan vis, ni nan lobo ak pesonn, ni nan jalouzi. Se pou nou pran Jezikri pou zam nou. Pa kite egzijans lachè pran pye sou nou pou fè nou fè tou sa li anvi fè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Efezyen 6:10-12

Pou fini, chache fòs nou nan lavi n'ap mennen ansanm ak Senyè a ak nan gwo pouvwa li. Pran mete sou nou tout kalite zam Bondye ban nou pou nou ka kenbe tèt anba riz Satan. Paske, se pa ak moun nou gen pou nou goumen. Men, se ak move lespri ki nan syèl la, ak chèf, ak pouvwa, ak otorite k'ap gouvènen nan fènwa ki sou latè a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Kolosyen 4:2

Pa janm sispann lapriyè. Pa kite dòmi pran nou. Toujou chonje lapriyè pou di Bondye mèsi.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 18:19

— Men sa m'ap di nou ankò: Si de nan nou mete yo dakò sou latè pou mande nenpòt ki bagay lè y'ap lapriyè, Papa m ki nan syèl la va ba yo li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Egzòd 32:31-32

Moyiz tounen bò kote Senyè a. Li di l: — Ou wè gwosè peche pèp la fè. Yo fè yon estati an lò pou sèvi yo bondye. Men, tanpri, padonnen peche yo. Si se pa sa, tanpri efase non m nan liv ou a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Filipyen 4:6

Pa bay kò nou traka pou anyen. Men, nan tout sikonstans mande Bondye tou sa nou bezwen nan lapriyè. Toujou chonje di l mèsi tou lè n'ap lapriyè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Korent 10:3-5

M'ap viv kounyeya nan yon kò tankou tout moun, se vre. Men, mwen p'ap goumen menm jan ak tout moun. Zam m'ap sèvi nan batay m'ap mennen an, se pa menm ak zam moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn yo. Zam mwen se zanm ki gen pouvwa devan Bondye pou kraze tout gwo fò. M'ap kraze tout pawòl esplikasyon ki pa bon, lògèy ki anpeche lèzòm konn Bondye, m'ap kraze sa nèt. M'ap derasinen tout vye lide nan tèt lèzòm pou fè yo vin obeyi Kris.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 21:22

Si nou gen konfyans nan Bondye, n'a resevwa tou sa n'a mande l lè n'ap lapriyè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Pyè 5:8-9

Kenbe tèt nou anplas, rete sou prigad nou. Paske dyab la, lènmi nou an, ap veye nou tankou yon lyon ki move, k'ap chache moun pou l devore. Kanpe fèm nan konfyans nou, kenbe tèt avè l, paske nou konnen lòt frè nou yo ki nan lemonn ap soufri menm soufrans ak nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 145:18

Senyè a kanpe toupre moun k'ap rele l, toupre tout moun k'ap rele l ak tout kè yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Timote 2:1

Pou konmanse, m'ap mande pou nou lapriyè Bondye pou tout moun. Fè l tout kalite demann pou yo, mande l padon pou yo, di l mèsi pou yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jan 5:15

Nonm lan al di jwif yo se Jezi ki te geri li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jak 4:7

Se poutèt sa, desann nou devan Bondye. Men, pran pozisyon kont Satan, la kouri kite nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 4:16

Se poutèt sa, ann pwoche avèk konfyans devan fòtèy kote Bondye ki renmen nou an chita. Se la n'a jwenn padon pou peche nou yo, se la n'a jwenn pou gremesi sekou n'a bezwen lè nou nan nesesite.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 8:37

Men, sou tout bagay sa yo, nou genyen batay la nèt ale, gremesi moun ki renmen nou an.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Jan 4:4

Men, nou menm, pitit mwen yo, nou se moun Bondye, nou kraze fo pwofèt yo, paske lespri ki nan nou an gen plis pouvwa pase lespri ki nan moun ki pou lemonn yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 22:32

Men, mwen lapriyè pou ou, Simon, pou konfyans ou nan Bondye pa febli. Ou menm, lè w'a tounen vin jwenn mwen, bay frè ou yo fòs.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Efezyen 6:13-17

Se poutèt sa, depi kounyeya, pran tout zam Bondye bay yo. Konsa, lè move jou a va rive, n'a ka kenbe tèt ak lènmi an. Lè batay la va fini nèt, n'a kanpe la byen fèm nan pozisyon nou toujou. Pare kò nou: mare verite a tankou yon sentiwon nan ren nou. Pwoteje nou ak jistis Bondye a tankou plak pwotèj sòlda yo mete sou lestonmak yo pou pwoteje yo. Pou soulye nan pye nou, mete aktivite pou anonse bòn nouvèl k'ap fè moun viv ak kè poze a. Toujou pran konfyans nou gen nan Bondye a tankou yon defans ki va penmèt nou pare tout flèch Satan an ap voye tou limen sou nou. Resevwa pouvwa Bondye k'ap delivre nou an tankou yon kas an fè nan tèt nou. Asepte pawòl Bondye a tankou yon nepe Sentespri a ban nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 4:12

Pawòl Bondye a se pawòl ki gen nanm, li gen pouvwa. Li file pase kouto famasi. Li ka koupe jouk li jwenn kote nanm ak lespri kontre fè yonn, jouk kote vyann ak mwèl rankontre. Li jije tout santiman ak tout lide ki nan kè moun.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Korent 1:11

depi nou menm moun Korent nou ban m ankourajman, nou lapriyè pou mwen. Se konsa Bondye va tande tout lapriyè sa yo n'ap fè pou mwen, l'a ban mwen benediksyon l, anpil moun va di l mèsi pou mwen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Revelasyon 12:11

Frè nou yo goumen ak li jouk yo gen batay la, gremesi san ti Mouton an ki te koule ak verite yo t'ap pibliye a: yo pat renmen lavi yo jouk pou yo ta pè lanmò.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Efezyen 6:18

Pandan n'ap fè tou sa, pa janm bliye lapriyè. Mande Bondye konkou li. Lapriyè nan tout sikonstans avèk pouvwa Sentespri a. Se poutèt sa, pa kite dòmi pran nou, kenbe fèm nan sa n'ap fè a. Lapriyè pou tout pèp Bondye a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Galat 5:17

Kò a gen egzijans ki pa dakò ak egzijans Lespri Bondye a. Konsa tou, Lespri Bondye a gen egzijans ki pa dakò ak egzijans kò a. Se de bagay ki pa mache ansanm menm. Se sa k fè nou pa kapab fè sa nou vle.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 5:44

Men mwen menm, men sa mwen di nou: Renmen lènmi nou. Lapriyè pou moun k'ap pèsekite nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Nonb 11:1-2

Pèp la te konmanse ap plenyen nan zòrèy Senyè a jan zafè yo pat bon. Lè Senyè a tande sa, li fè yon sèl kòlè, li voye dife sou pèp la. Dife a pran nan mitan yo, li boule yon bò nan kan an nèt. Moyiz te tande jan pèp la t'ap plenyen, chak moun ak fanmi yo devan papòt tant yo. Senyè a te fache anpil sou moun yo. Sa te fè Moyiz lapenn. Lè sa a, Moyiz di Senyè a konsa: — Poukisa ou aji mal avè m konsa? Kisa m fè ki pa fè ou plezi? Poukisa ou mete tout pèp sa a sou kont mwen? Eske se mwen ki papa yo? Eske se mwen ki manman yo? Poukisa w'ap mande m pou mwen pote yo sou lestonmak mwen tankou nouris k'ap bay timoun tete, jouk yo rive nan peyi ou te pwomèt zansèt yo ou t'ap ba yo a? Kote pou m jwenn vyann pou m bay tout moun sa yo? Y'ap plede plenyen nan zòrèy mwen, y'ap mande m pou m ba yo vyann pou yo manje. Mwen pa kapab reskonsab tout pèp sa a pou kont mwen. Chay la twò lou pou mwen. Si se konsa w'ap aji avè m, tanpri, fè m favè sa a: pito ou tou touye m fin ak sa, pou m pa wè m'ap pase tout malè sa a. Senyè a di Moyiz konsa: — Sanble swasanndis nan chèf fanmi pèp Izrayèl la, moun ou konnen ki gen otorite sou pèp la, ki konn bout yo. Mennen yo nan Tant Randevou a. Fè yo rete kanpe la avèk ou. M'ap desann epi m'a pale avè ou. M'a pran ti gout nan lespri mwen te ba ou a, m'a ba yo. Konsa, y'a ede ou pote reskonsabilite pèp la, ou p'ap pote chay la pou kont ou ankò. W'a di pèp la menm: Pran nwit la pou nou pare kò nou pou nou ka fè sèvis pou mwen denmen maten. Epi n'a jwenn vyann pou nou manje. Senyè a te tande jan nou t'ap plenyen nan zòrèy li, jan nou t'ap di nou ta renmen jwenn vyann pou nou manje. Nou te pi bon lè nou te nan peyi Lejip. Kounyeya, Senyè a pral ban nou vyann. Se pou nou manje l ban mwen. Se pa sèlman yon jou, ni de jou, ni senk jou, ni dis jou, ni ven jou n'a jwenn vyann sa a pou nou manje. Pèp la rele Moyiz vin delivre yo. Moyiz lapriyè Senyè a pou yo epi dife a sispann.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Timote 6:12

Mennen batay pou lafwa a byen. Kenbe lavi ki p'ap janm fini an fèm. Paske, se Bondye menm ki te rele ou pou ou te konnen lavi sa a, lè ou te byen pale devan yon bann temwen, pou fè konnen jan ou gen lafwa.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 18:18

— Se vre wi, sa m'ap di nou la a: Tou sa n'a defann moun fè sou latè, yo p'ap kapab fè l nan syèl la nonplis. Tou sa n'a pèmèt moun fè sou latè, y'a kapab fè l nan syèl la tou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Filipyen 1:28

Pa kite okenn lènmi kraponnen nou. Se pou tout bagay sa yo sèvi tankou yon prèv pou fè lènmi yo wè se pèdi y'ap pèdi tèt yo. Men, pou nou menm, yo fè wè se delivre n'ap delivre. Sa se travay Bondye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Filemon 1:22

An menm tan, pare yon chanm pou mwen, paske, pou lapriyè mwen konnen nou fè pou mwen, m kwè Bondye va tande nou, l'a fè m favè vin jwenn nou ankò.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 10:19

Koute: Mwen ban nou pouvwa pou nou mache sou sèpan ak eskòpyon, pou nou kraze tout pouvwa Satan anba pye nou, pou anyen pa kapab fè nou mal.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jòb 42:10

Apre Jòb te fin lapriyè pou twa zanmi l yo, Senyè a mete l kanpe ankò. Tout zafè l vin mache byen ankò. Lèfini, Senyè a ba li de fwa lavalè tou sa li te genyen anvan an.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Efezyen 6:13-18

Se poutèt sa, depi kounyeya, pran tout zam Bondye bay yo. Konsa, lè move jou a va rive, n'a ka kenbe tèt ak lènmi an. Lè batay la va fini nèt, n'a kanpe la byen fèm nan pozisyon nou toujou. Pare kò nou: mare verite a tankou yon sentiwon nan ren nou. Pwoteje nou ak jistis Bondye a tankou plak pwotèj sòlda yo mete sou lestonmak yo pou pwoteje yo. Pou soulye nan pye nou, mete aktivite pou anonse bòn nouvèl k'ap fè moun viv ak kè poze a. Toujou pran konfyans nou gen nan Bondye a tankou yon defans ki va penmèt nou pare tout flèch Satan an ap voye tou limen sou nou. Resevwa pouvwa Bondye k'ap delivre nou an tankou yon kas an fè nan tèt nou. Asepte pawòl Bondye a tankou yon nepe Sentespri a ban nou. Pandan n'ap fè tou sa, pa janm bliye lapriyè. Mande Bondye konkou li. Lapriyè nan tout sikonstans avèk pouvwa Sentespri a. Se poutèt sa, pa kite dòmi pran nou, kenbe fèm nan sa n'ap fè a. Lapriyè pou tout pèp Bondye a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Kolosyen 2:15

Avèk lanmò Kris sou lakwa, Bondye devide tout pouvwa ak tout otorite lespri yo te genyen nan lemonn. Li fè yo tounen rizib devan je tout moun. Li fè yo mare yo trennen yo mache devan kòtèj laviktwa Kris la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Travay 7:60

Apre sa, li tonbe ajenou, li rele byen fò: — Senyè, pa mete peche sa a sou kont yo. Lè l fin di sa, li mouri.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 10:16

— Gade, mesye! M'ap voye nou tankou mouton nan mitan chen mawon. Se sa ki fè, se pou nou veyatif kou pentad. Se pou nou konfyan kou ti poul ki dèyè manman yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Timote 1:7

Paske, Lespri Bondye ban nou an pa fè nou wont moun. Okontrè, Lespri Bondye a ban nou fòs, renmen ak pouvwa pou kontwole tèt nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 144:1

(1b) Lwanj pou Bondye! Se li ki pwoteksyon mwen, se li ki moutre m jan pou m goumen, se li ki pare m pou m al nan batay.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Timote 2:3-4

Tankou yon bon sòlda Jezikri, asepte tout soufrans ki vin pou ou. Lè yon sòlda desèvis, li pa pral chaje tèt li ak pwoblèm lavi si li vle fè chèf li plezi.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Filipyen 4:13

Nenpòt sitirasyon ki parèt devan mwen, m'ap degaje m, gremesi Kris la ki ban mwen fòs kouray.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 12:1-2

Konsa, nou la nan mitan foul moun sa yo ki te moutre jan yo te gen konfyans nan Bondye. Ann voye tout bagay k'ap antrave kous nou jete byen lwen, ansanm ak peche a ki fasil pou vlope nou. Ann kouri avèk pasyans nan chemen Bondye mete devan nou an. Papa nou sou latè a te konn pini nou pou yon ti tan, dapre sa yo te kwè ki te bon. Men, Bondye pini nou pou byen pa nou menm, pou nou ka rive viv menm jan l'ap viv la. Lè y'ap rale zòrèy nou, sa fè nou pi tris pase sa fè nou kontan. Men pita, moun ki soti byen pare, apre tout egzèsis sa yo, yo pral mennen yon lavi dwat ak kè poze. Se poutèt sa, souke kò nou. Pa kite fatig antre sou nou. Mache kote ki plat pou pye k'ap bwete a pa foule pi plis, okontrè pou l ka geri. Chache viv ak kè poze ak tout moun. Mennen yon lavi apa pou Bondye. Si se pa sa, pa gen moun k'ap wè Senyè a. Pa kite pèsonn vire do bay favè Bondye a. Pa kite pèsonn tounen tankou yon plant anmè k'ap pouse rasin k'ap anpwazonnen lòt yo. Pa kite pèsonn tonbe nan move vis, ni pèdi respè yo dwe genyen pou bagay ki fèt pou respekte, tankou Ezayi ki te vann dwa li kòm premye pitit pou yon plat manje. Nou konnen ki jan pita, lè li te vle resevwa benediksyon papa li, yo te mete l sou kote. Malgre tout kriye li te kriye bay papa a, pat gen mwayen chanje sa ki te fin fèt la. Nou pat pwoche bò kote yon bagay nou ka manyen tankou pèp Izrayèl la ki te pwoche bò kote Mòn Sinayi a. Sou mòn sa a te gen yon gwo dife ansanm ak yon fènwa ki pat piti, te gen yon bann bagay tou pou fè moun pè. Yon gwo van tanpèt t'ap soufle sou mòn lan. Yo te tande son klewon k'ap kònen, ansanm ak vwa yon moun k'ap pale. Lè pitit Izrayèl yo tande vwa sa a, yo mande l sispann pale. Ann kenbe je nou kole sou Jezi. Se nan li konfyans nou sòti, se li menm tou k'ap kenbe nou nan konfyans sa a jouk sa kaba. Li kite yo fè l soufri sou kwa a. Li pa pran wont sa a pou anyen, paske li te toujou chonje apre l te fin soufri a, Bondye t'ap fè kè l kontan. Kifè kounyeya li chita sou bò dwat fòtèy Bondye a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 54:17

Men, tout zam y'a fè pou sèvi kont ou yo p'ap fè ou anyen. W'a gen repons nan bouch ou pou tout moun ki va akize ou nan tribinal. Se sa m'ap fè pou tout sèvitè m yo. Se mwen k'ap defann kòz yo. Se Senyè a menm ki di sa!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 18:39

(40) Ou ban m kont fòs pou batay la. Ou fè lènmi m yo mande m padon.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 13:12

Nwit lan vanse fini, jou prèt pou kase. Ann sispann fè bagay yo fè nan fènwa. Ann pran zam nou pou nou ka goumen devan tout moun.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Efezyen 2:1-3

Nou menm, moun Efèz, nou t'ap viv nan lanmò akoz fot nou, akoz peche nou. Se Bondye ki fè nou. Li kreye nou nan Jezikri pou nou pratike sa ki byen, bon zèv li te pare davans pou nou fè yo. Nou menm ki pat fèt nan ras jwif la, jwif yo te rele nou moun ki pa sikonsi, menm jan yo te rele tèt yo moun ki sikonsi. Yo t'ap gade sou mak lèzòm fè sou kò yo ak men yo. Wi, nou menm moun lòt nasyon yo, chonje sa nou te ye nan tan lontan. Lè sa a, nou t'ap viv byen lwen Kris la, nou te tankou etranje, nou pat fè pati pèp Bondye te chwazi pou li a. Nou pat nan kontra Bondye te fè ak pèp li a dapre sa l te pwomèt la. Nou t'ap viv sou latè san okenn espwa, san Bondye. Men kounyeya, nan Jezikri, nou menm ki yon lè t'ap viv lwen Bondye, nou vin toupre l, gremesi san Kris la ki koule lè li mouri pou nou an. Paske, se li menm k'ap fè nou byen yonn ak lòt, li fè moun lòt nasyon yo fè yon sèl pèp ansanm ak jwif yo. Avèk pwòp kò li, li kraze miray ki te separe yo epi ki te fè yo yonn lènmi lòt. Li aboli lalwa Moyiz la ansanm ak kòmandman l yo ak tout regleman l yo. Li pran de pèp sa yo, li fè yo tounen yon sèl pèp tou nouvo k'ap viv ansanm nan li. Se konsa li fè nou byen yonn ak lòt. Avèk lanmò Kris la sou kwa a, li wete sa ki t'ap fè de pèp sa yo yonn rayi lòt, li fè yo tou de vin byen ak Bondye, li mete yo ansanm yonn ak lòt nan yon sèl kò. Wi, Kris la te vini, li anonse bòn nouvèl k'ap mete lapè a ni pou moun lòt nasyon yo ki te lwen Bondye, ni pou jwif yo ki te toupre Bondye. Paske, gremesi Kris la, nou tout, kit nou jwif kit nou pa jwif, nou ka pwoche bò kote Papa a, nan pouvwa yon sèl ak menm Sentepri a. Se sa k fè, nou menm moun lòt nasyon yo, nou pa etranje ankò, ni moun ki depasaj. Men, se sitwayen nou ye ansanm ak tout moun nan pèp Bondye a, nou fè pati fanmi Bondye a. Se nan bagay sa yo nou t'ap viv nan tan lontan. Nou t'ap swiv move kouran ki nan lemonn, nou t'ap fè volonte chèf otorite yo ki nan lè a, move lespri k'ap travay kounyeya nan moun k'ap dezobeyi Bondye yo. Nou menm moun lòt nasyon yo, nou se kay Bondye ap bati sou fondasyon apòt yo ak pwofèt yo te poze a, men se Jezikri menm ki gwo wòch ki kenbe kay la kanpe a. Se li menm ki kenbe tout kò kay la kanpe byen fèm, ki fè l grandi pou l tounen yon sèl kay yo mete apa pou Bondye. Konsa, nou menm tou avèk lavi n'ap mennen nan Kris la, nou antre nan batisman sa a pou nou fè ansanm ak lòt yo yon sèl kay kote Bondye ap viv ak pouvwa Sentespri li. Lè sa a, nou menm jwif yo, nou te menm jan ak yo. Nou t'ap mennen lavi nou dapre egzijans lachè, nou t'ap fè kapris kò nou ak tout vye lide ki te vin nan tèt nou. Konsa, nou menm jwif, jan nou te ye a, nou te kondannen pou n te tonbe anba kòlè Bondye tankou lòt yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Efezyen 2:2

Se nan bagay sa yo nou t'ap viv nan tan lontan. Nou t'ap swiv move kouran ki nan lemonn, nou t'ap fè volonte chèf otorite yo ki nan lè a, move lespri k'ap travay kounyeya nan moun k'ap dezobeyi Bondye yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Revelasyon 19:11-16

Apre sa, mwen wè syèl la louvri, epi o! yon chwal blan parèt. Yo te rele moun ki sou li a: Nonm serye ki pa nan bay manti. L'ap jije, l'ap mennen batay la jan sa dwe fèt. Je l yo klere tankou flanm dife. Li te gen yon bann kouwòn sou tèt li. Li te gen yon non ekri. Se li menm sèl ki te konnen non sa a, pèsonn dòt pat konnen li. Li te gen yon rad benyen nan san. Yo rele l pawòl Bondye. Lame ki nan syèl la t'ap swiv li. Yo tout te moute sou chwal blan, yo te abiye ak bèl rad twal fen, byen klere, byen pwòp. Yon nepe byen file t'ap sòti nan bouch kavalye a. Se ak nepe sa a li t'ap frape nasyon yo. Li t'ap mennen yo ak yon baton fè. Li t'ap kraze rezen yo nan moulen diven gwo kòlè Bondye ki gen tout pouvwa a. Sou rad li ak sou janm li, yo te ekri non sa a: Wadèwa, Chèf tout chèf.

Chapit   |  Vèsyon Kopi

Lapriyè bay Bondye

Bondye Papa ki bon epi etènèl, Seyè ki anwo nan syèl la! M'ap fè lwanj ou paske ou jis, ou sen, ou diy pou resevwa tout glwa ak adorasyon. Mwen vin devan ou, nan non Jezikri, Senyè nou an, pou m' mande w fè m' tounen yon moun k'ap priye pou lòt. Reveye anvi nan mwen pou m' kriye nan pye w, pou m' sipliye w pou prezans ou, pou lavi pa m' ak pou moun ki bò kote m' yo. Bati nan kè m' yon lotèl pou nanm mwen ka adore w san rete. M'ap mande w pou w vide sou yo, yon grangou ak yon swaf pou prezans ou, pou w prepare kè yo pou yo kriye nan pye w, pou yo priye pou legliz la, pou fanmi yo ak pou nasyon yo. Pawòl ou di: "Toujou priye ak tout kalite priyè ak siplikasyon. Kite Lespri Bondye a gide nou nan priyè nou yo. Pou sa, se pou n' toujou rete ap veye, san dekouraje, n'ap priye pou tout pèp Bondye a." Lespri Sen, moutre m' kijan pou m' pare pou m' aksepte defi pou m' kanpe nan twou a, pou m' bouche tout fant kote lènmi an ka pase. Senyè, menm jan an tou, m'ap mande w pou w retabli epi pou w leve moun k'ap priye avèk pasyon ak angajman, pou yo leve ansanm tankou yon sèl moun, nan menm Lespri a, pou yo kriye nan pye w, pou yo priye, pou yo mete ajenou poutèt lanmou ak soufrans lòt yo, pou yo gen kè sansib pou doulè ak chay lòt moun ap pote. Senyè, pote gerizon sou kò yo, retire tout maladi ak lanmò, vin medikaman pou kò yo, vin soulajman pou zo yo. Senyè Jezi, nan mitan maladi a, fè yo konnen pawòl ou epi pote anpil lapè nan lavi yo. Nan non Jezi. Amèn.
Swiv nou:

Piblisite


Piblisite