Bib la montre nou plizyè gwo bagay ki rive jis anvan solèy leve. Lespri Sen an fè nou sonje yo pou n ka konprann puisans batay espirityèl ki fèt pandan n ap veye. Bondye vle atire atansyon nou, li vle montre nou ke lapriyè nan mitan lannwit, lè douvanjou a rive, pa menm jan ak lòt moman nan jounen an. Pawòl Bondye a di nou fòk nou peye atansyon ak sa lespri nou ap montre nou.
Efezyen 6:18 di: "Priye tout tan ak tout kalite priyè ak siplikasyon nan Lespri a. Pou sa, rete vijilan ak tout pèseverans, epi priye pou tout pèp Bondye a." Yo rele veye aksyon rete reveye pandan tout lannwit lan (oswa yon pati nan lannwit lan). Yo te rele l konsa tou, aksyon fè santinèl oswa gad pandan lannwit lan. Nan sans li ki pi laj, mo veye a raple nou ke nou dwe vijilan e reveye nan mitan lannwit espirityèl mond lan ap viv la.
Lè n nan lapenn, nou dwe veye tou pou n chèche konsolasyon Bondye: "Leve non, kriye nan mitan lannwit, lè veye yo kòmanse. Vide kè ou tankou dlo devan Senyè a. Leve men ou nan syèl la." (Lamantasyon 2:19).
Pa kite dòmi pran nou, tande. Lapriyè pou nou pa tonbe anba tantasyon. Lespri nou byen dispoze, men kò nou fèb.
Kenbe tèt nou anplas, rete sou prigad nou. Paske dyab la, lènmi nou an, ap veye nou tankou yon lyon ki move, k'ap chache moun pou l devore.
Pa kite dòmi pran nou, lapriyè tout tan. Konsa n'a gen fòs pou n chape anba tou sa ki gen pou rive, pou n ka kanpe dwat devan Moun Bondye voye nan lachè a.
Se sa k fè, piga nou dòmi tankou lòt yo. Pa kite dòmi pran nou. Kenbe tèt nou anplas.
N'ap tann Senyè a, tankou faksyonè k'ap tann solèy leve, wi, tankou faksyonè k'ap tann solèy leve!
Se sa menm pou nou fè, paske nou konnen ki jan tan an ye deyò a. Li lè pou nou leve sòti nan dòmi, lè a sonnen, paske kounyeya, lè pou n fin delivre a pi pre nou pase lè nou te fenk mete konfyans lan.
L'ap bon nèt pou domestik sa yo lè mèt la p'ap jwenn yo ap dòmi! Sa m'ap di nou la a, se vre wi. Mèt la va twouse ponyèt li, l'ap fè domestik yo chita sou tab, la vin sèvi yo.
Faksyonè ou yo ap rele. Y'ap rele ansanm tèlman yo kontan. Y'ap wè, se ak pwòp je yo y'a wè Senyè a k'ap tounen sou mòn Siyon an!
Pa dòmi, tande! Lapriyè fò pou nou pa tonbe anba tantasyon. Lespri nou byen dispoze, men se kò nou ki fèb.
Pase tout lòt bagay, veye byen lide k'ap travay nan tèt ou, paske se yo k'ap di ou ki jan pou ou viv.
Obeyi chèf nou yo, soumèt devan yo. Se tout tan y'ap veye sou nanm nou paske yo gen pou yo rann Bondye kont pou travay yo. Si nou obeyi yo, y'a fè travay yo ak kè kontan. Men, si nou pa obeyi yo, y'a fè l ak kè sere. Lè sa a, p'ap gen okenn avantaj pou nou.
Men nou menm, nou se sitwayen syèl la. N'ap tann Sovè nou, Jezikri Senyè nou k'ap sot nan syèl la.
(2) Delivre m anba lènmi m yo, Bondye mwen! Pwoteje m pou moun k'ap leve dèyè m yo pa jwenn mwen!
Li di: — Tout chèf ki la pou avèti pèp mwen an, je yo pete. Yo pa konprann anyen. Yo tankou chen ki pa janm jape. Lespri yo byen lwen. Yo kouche tout lajounen, y'ap kabicha.
Apre sa, Jezi di yo: — Se poutèt sa, pa kite dòmi pran nou, paske, nou pa konnen ni ki jou, ni ki lè sa va rive.
Rete dousman devan Senyè a, pran san ou. Tann li fè sa l gen pou l fè a. Pa fè kòlè lè ou wè moun gen zafè yo ap mache byen. Lè ou wè moun reyalize tout move lide yo gen nan tèt yo.
Men, ou menm, kenbe tèt ou anplas nan tout sikonstans. Sipòte tout kalite soufrans. Fè travay moun k'ap anonse bòn nouvèl la. Fè devwa ou ak tout kè ou, tankou yon sèvitè Bondye.
Wi, pitit mwen yo, ann toujou fè yonn ak Kris la. Konsa, lè Kris la va parèt, n'a gen konfyans. Wi, jou l'a vini an, nou p'ap wont devan l, yo p'ap kapab voye nou jete byen lwen li.
Wi, l'ap bon nèt pou domestik sa yo, si l jwenn yo p'ap dòmi, kit li tounen vè menwit osinon menm pita toujou.
Pandan n'ap tann lan, fè kè n kontan. Se pou nou gen anpil pasyans nan mitan soufrans nou yo. Pa janm sispann lapriyè.
Frè m yo, atansyon pou okenn nan nou pa rive gen move santiman nan kè l ki pou fè l pèdi konfyans nan Bondye, pou lè sa a, li pa vire do bay Bondye vivan an. Okontrè, chak jou, se pou nou yonn ankouraje lòt toutotan n'ap viv nan epòk Liv la rele jòdi a. Piga nou yonn kite peche detounen nou, pou lè sa a nou pa rive nan kenbe tèt ak Bondye.
Ala bon sa bon pou moun ki koute m, pou moun ki chita nan papòt mwen chak jou, pou moun k'ap tann bò poto galeri kay mwen!
Senyè, ala bon ou bon! Ou padonnen peche nou yo. Ou p'ap janm sispann renmen moun k'ap rele non ou.
Mennen batay pou lafwa a byen. Kenbe lavi ki p'ap janm fini an fèm. Paske, se Bondye menm ki te rele ou pou ou te konnen lavi sa a, lè ou te byen pale devan yon bann temwen, pou fè konnen jan ou gen lafwa.
Ou menm, Bondye, w'ap ba yo kè poze! Moun ki toujou kenbe pwomès yo, wi, w'ap ba yo kè poze, paske yo mete konfyans yo nan ou!
Konsa tou, se pou limyè nou klere devan tout moun, pou lè yo wè tout byen n'ap fè yo, y'a fè lwanj Papa nou ki nan syèl la.
Se poutèt sa, men sa m'ap di nou: Kite Lespri Bondye dirije lavi nou. Pa obeyi egzijans kò a.
Paske, tout bagay ki parèt aklè tounen limyè. Se poutèt sa yo di: Leve non, ou menm k'ap dòmi an, leve sòti nan mitan mò yo. Kris la va klere ou.
Mwen mande Bondye ki bay espwa a pou l fè kè nou kontan nèt, pou l fè kè nou poze ak konfyans nou gen nan li a. Se konsa espwa nou va toujou ap grandi ak pouvwa Sentespri a.
Konsa, frè m yo, kenbe fèm, pa brannen. Se pou n toujou pi cho nan travay Senyè a, paske nou konnen travay n'ap fè pandan n'ap viv ansanm ak Senyè a p'ap janm pèdi.
Nan tou sa n'ap fè, pa plenyen, pa diskite, pou yo pa jwenn anyen pou yo repwoche nou, pou nou ka fè sa ki byen tankou veritab pitit Bondye, antan n'ap viv nan mitan bann malonèt ak pèvèti ki sou latè yo. Se pou nou sèvi limyè pou lemonn, lè n'ap ba yo mesay ki bay lavi a. Konsa, n'a fè kè m kontan lè jou Kris la va rive. Paske, m'a konnen mwen pat fatige kò m pou gremesi, mwen pat travay mal.
M'ap mennen yon lavi san repwòch anndan lakay mwen. Mwen p'ap mete okenn move lide nan tèt mwen. Mwen rayi sa moun ki vire do bay Bondye yo ap fè. Bagay konsa pa ka pran tèt mwen.
Leve non, mòn Siyon an! Leve non! Mete kouraj ou sou ou! Mete pi bèl rad ou, ou menm Jerizalèm, lavil Bondye a! Paske moun lòt nasyon yo, ki pa gen mak kontra Bondye a sou yo, ki pa nan kondisyon, yo p'ap janm mete pye lakay ou ankò.
— Konsa, moun ki tande pawòl mwen fenk sot di a, epi ki fè sa mwen mande li fè a, l'ap tankou yon moun lespri ki bati kay li sou wòch. Lapli tonbe, dlo desann, gwo van soufle sou kay la ak tout fòs. Kay la pa tonbe, paske yo te moute fondasyon kay la sou wòch.
Lè mwen wè sa, mwen kalkile. Mwen gade, sa ban m yon leson. Dòmi, kabicha, kouche sou do, kwaze men ou dèyè tèt ou... Se bon! W'ap rete konsa, w'ap wè ou pòv. Mizè ap tonbe sou ou tankou yon ansasen san ou pa atann.
Se pou nou yonn veye sou lòt pou yonn ka ede lòt gen renmen nan kè yo, pou yonn ka ankouraje lòt nan sa ki byen. Pa pran egzanp sou moun ki pran abitid pa vin nan reyinyon nou yo. Okontrè, se pou yonn ankouraje lòt fè sa, kounyeya pi plis pase anvan, paske nou wè jou Senyè a ap pwoche.
Jezi rakonte yo parabòl sa a pou l te moutre yo nesesite pou yo toujou lapriyè san yo pa janm dekouraje:
Pawòl ou se yon chandèl ki fè m wè kote m'ap mete pye m, se yon limyè k'ap klere chemen mwen.
Mezanmi, nou pa bezwen kwè tout moun k'ap di yo gen Lespri Bondye a. Men, se pou n sonde yo pou nou wè si lespri yo genyen an sòti nan Bondye vre. Paske, gen yon bann fo pwofèt ki gaye toupatou sou latè a.
Moun ki gen konprann, lè li wè malè ap vin sou li, li wete kò l. Moun sòt pote lestonmak li bay, epi se li ki peye sa.
(2) Se sou Bondye sèlman mwen konte, se li menm ki pou delivre mwen. (11) Pa mete konfyans nou nan fè britalite. Pa mete nan tèt nou nou ka genyen anyen nan vòlò. Lè nou wè n'ap fè lajan, pa kite l pran nanm nou. (12) An de fwa, men sa m tande Bondye di: — Se nan men m pouvwa rete. (13) Wi, Senyè, ou gen bon kè, paske w'ap bay chak moun sa yo merite dapre sa yo fè. (3) Se li menm ase k'ap pwoteje m, k'ap delivre m. Se li ki tout defans mwen. Li p'ap janm kite anyen rive m.
— Se konsa, nan peyi wa ki nan syèl la, se va tankou istwa dis fidonè ki pran lanp yo soti al kontre lemarye. Antan tèt chaje yo al achte gaz, lemarye vin rive. Senk fidonè ki te pare yo antre ansanm ak li nan kay nòs la epi yo fèmen pòt dèyè yo. — Pita, lòt fidonè yo vin rive. Yo pran rele: Mèt! Mèt! Louvri pou nou non! Men mesye marye a reponn yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: m pa konnen nou. Apre sa, Jezi di yo: — Se poutèt sa, pa kite dòmi pran nou, paske, nou pa konnen ni ki jou, ni ki lè sa va rive. — Vwala, se va tankou yon nonm ki ta pral pati pou yon vwayaj. Li rele domestik li yo, li mete yo reskonsab byen li yo. Li bay yonn senkmil (5.000) goud, li bay yon lòt demil (2.000) goud, li bay yon twazyèm mil (1.000) goud. Konsa, li bay yo chak dapre sa l konnen yo ka fè. Lèfini, li pati. Lamenm, domestik ki te resevwa senkmil (5.000) goud la al fè lajan an travay. Li rapòte l senkmil (5.000) goud benefis. Konsa tou, domestik ki te resevwa demil (2.000) goud la fè demil (2.000) goud benefis. Sa ki te resevwa mil (1.000) goud la menm ale, li fouye yon twou nan tè, li sere lajan mèt la. — Lontan apre sa, mèt domestik yo tounen, li pran fè regleman ak yo. Senk nan yo te tèt chaje, senk lòt yo te gen bon konprann. Domestik ki te resevwa senkmil goud la pwoche, li pote senkmil goud benefis la ba li, li di: Mèt, ou te ban mwen senkmil goud. Men senkmil goud benefis mwen fè. Mèt la di l: Sa se bèl bagay. Ou se yon bon domestik ki travay byen. Paske ou fè ti travay sa a byen, m'ap mete ou reskonsab pi gwo zafè toujou. Vin fè fèt avèk mèt ou. — Domestik ki te resevwa demil goud la pwoche apre sa, li di: Mèt, ou te ban mwen demil goud, men demil goud benefis mwen fè. Mèt la di l: Sa se bèl bagay. Ou se yon bon domestik ki travay byen. Paske ou te fè ti travay sa a byen, m'ap mete ou reskonsab pi gwo zafè ankò. Vin fè fèt avèk mèt ou. — Apre sa, domestik ki te resevwa sèlman mil goud la pwoche, li di: Mèt, mwen konnen ou se yon nonm ki di. Ou rekòlte kote ou pat simen, ou ranmase kote ou pat plante. Mwen te pè, se sa k fè mwen te al sere mil goud ou a anba tè. Men, pran lajan ou. — Mèt la reponn li: Gade jan ou se yon move domestik, ou parese konsa! Ou te konnen mwen rekòlte kote mwen pat simen, mwen ranmase kote mwen pat plante. Enben, se pou ou te mete lajan m labank. Lè m ta tounen, mwen ta wete manman lajan an ak yon enterè sou li. Wete mil goud la nan men l, pran l bay sa ki gen dimil (10.000) goud la. Paske, moun ki gen deja, y'a ba li ankò. Konsa, l'a gen plis toujou. Men moun ki pa genyen anyen an, y'a wete menm ti sa li ta genyen an. Tèt chaje yo te pran lanp yo ase. Yo pa te pote gaz derezèv.
Senyè a di konsa: — Louvri gagann ou rele, rele mezi ou kapab! Fè vwa ou klewonnen ale lwen! Fè pèp mwen an konn krim li fè! Fè pitit pitit Jakòb yo konnen movezak yo fè!
Se sa ki fè mwen pa janm dekouraje. Menm si kò mwen ap bese chak jou, men lespri m' rete toujou jenn.
Se yon bagay nou tout dwe konnen: Si mèt kay la te konnen kilè nan lannwit lan vòlò a t'ap vini, li ta veye, li pa ta kite l kase kay la.
Jezi te mouri pou n te ka viv ansanm ak li. Konsa, kit nou mouri deja, kit nou vivan toujou lè l'a vini an, nou tout n'ap toujou ansanm ak li.
Ala bon sa bon pou moun k'ap mennen yon lavi san repwòch, pou moun k'ap mache dapre lalwa Senyè a! Mwen chache obeyi ou ak tout kè mwen. Pa kite m dezobeyi kòmandman ou yo. Mwen gen plis konprann pase granmoun cheve blan, paske mwen toujou swiv lòd ou yo. Mwen veye pou m pa mete pye m nan move chemen, pou m ka fè tou sa ou di m fè. Mwen pa janm vire do bay sa ou deside, paske se ou menm ki moutre mwen tout bagay. Ala dous pawòl ou yo dous anba lang mwen! Yo pi dous pase siwo myèl nan bouch mwen. Lòd ou yo fè m konprann tout bagay, konsa mwen rayi tout bagay ki ka fè m bay manti. Pawòl ou se yon chandèl ki fè m wè kote m'ap mete pye m, se yon limyè k'ap klere chemen mwen. Mwen sèmante epi m'ap kenbe sèman mwen: M'ap fè tou sa pawòl ou deside pou m'fè. Senyè, m'ap soufri anpil anpil. Ban m lavi ankò jan ou te pwomèt la. Senyè, koute lè m'ap lapriyè pou m di ou mèsi. Fè m konnen tou sa ou deside. Se tout tan lavi m an danje. Men, mwen p'ap janm bliye lalwa ou. Mwen sere pawòl ou nan kè mwen pou mwen pa peche kont ou. Yon bann mechan tann pèlen pou mwen. Men, mwen pat dezobeyi lòd ou yo. Prensip ou yo se byen m pou tout tan, se yo ki fè kè m kontan. Mwen pran desizyon pou m fè tou sa ou vle m fè, tout tan jouk mwen mouri. Mwen rayi moun ki pa konn sa yo vle. Mwen renmen lalwa ou. Se ou ki defans mwen, se ou ki tout pwoteksyon mwen. Mwen mete tout espwa m nan pawòl ou. Wete kò nou sou mwen, bann mechan, pou m ka obeyi kòmandman Bondye mwen an. Soutni mwen, jan ou te pwomèt la, pou m ka viv. Pa kite m pran wont pou m pa jwenn sa m'ap tann lan. Kenbe m pou m ka delivre. M'ap toujou veye pou m pa janm bliye sa ou vle m fè. Ou meprize tout moun ki dezobeyi lalwa ou yo, paske tout plan y'ap fè yo p'ap sèvi yo anyen. Ou konsidere mechan ki sou latè tankou fatra. Se poutèt sa mwen renmen prensip ou yo. Mèsi, Bondye. Moutre m tou sa ou vle m fè. M'ap tranble nan tout kò m sitèlman mwen pè ou. Wi, mwen pè jijman ou yo. Mwen fè sa ki dwat ak sa ki bon. Tanpri, pa lage m nan men lènmi m yo. Kanpe pou defann sèvitè ou la. Pa kite bann awogan yo mete pye sou kou mwen. Je m yo fè m mal tèlman m'ap tann ou vin sove m, jan ou te pwomèt fè m jistis la. Jan ou gen bon kè sa a, aji byen ak sèvitè ou la. Moutre m sa ou vle m fè a. Se sèvitè ou mwen ye, louvri lespri m, pou m ka konnen prensip ou yo. Senyè, li lè pou ou fè sa w'ap fè a, paske moun yo pa vle obeyi lalwa ou. Se poutèt sa, mwen renmen kòmandman ou yo pi plis pase lò, menm pase lò ki pi bon an. Se konsa, pou mwen menm tout lòd ou yo bon. Mwen rayi tout bagay ki ka fè m bay manti. Prensip ou yo se mèvèy. M'ap swiv yo ak tout kè m. M'ap repete ak bouch mwen tout jijman ki sòti nan bouch ou. Esplikasyon nou jwenn nan pawòl ou klere lespri nou. Yo louvri lespri moun ki san konprann yo pou yo konprann. Mwen rete ak bouch mwen louvri, m'ap tann, tèlman manvi konnen kòmandman ou yo. Vire gade m non, gen pitye pou mwen, tankou ou toujou fè l pou moun ki renmen ou yo! Soutni m avèk pawòl ou pou m pa bite. Pa kite mechanste gen pye sou mwen. Delivre mwen anba tout presyon lèzòm ap bay pou mwen ka mache dapre lòd ou bay. Se sèvi m'ap sèvi ou. Tanpri, fè m santi ou la avè m. Moutre m sa ou vle m fè. Dlo ap kouri nan je m tankou larivyè, paske moun pa vle obeyi lalwa ou. Senyè, ou pa nan patipri. Ou jije tout moun menm jan. Prensip ou bay yo, se bagay ki dwat, se bagay ki vre. Tèlman mwen renmen lalwa ou, mwen santi se tankou yon dife k'ap boule tout anndan mwen, lè m wè jan moun ki pa vle wè m yo bliye pawòl ou yo. Mwen pran plezi m pou m mache dapre prensip ou yo, tankou si m te gen tout richès sou latè. Pawòl ou se pawòl sèten nèt. Sèvitè ou gentan renmen li. Mwen pa anyen, y'ap meprize m. Men, mwen pa bliye lòd ou bay yo. Jistis ou la pou tout tan, lalwa ou se verite. Mwen nan tray, kè m ap kase. Men, mwen pran tout plezi m nan fè sa ou mande m fè. Prensip ou yo se bagay ki dwat pou tout tan. Ban m bon konprann pou m ka viv. M'ap rele nan pye ou ak tout kè mwen. Reponn mwen, Senyè, pou m ka toujou fè sa ou vle m fè. M'ap rele ou, sove m non, pou m ka mache dapre prensip ou yo! Solèy poko leve, m'ap rele mande sekou. Tout espwa mwen se nan pawòl ou li ye. Lannwit poko rive, mwen moute kabann mwen pou m kalkile pawòl ou yo. Senyè, koute sa m'ap di ou, paske ou gen bon kè. Ban m lavi ankò, jan ou te pwomèt la. M'ap kalkile sa ou ban nou lòd fè. M'ap egzaminen chemen ou mete devan nou. Moun ki sòti pou touye m yo pwoche bò kote m. Se moun sa yo ki vire do bay lalwa a depi lontan. Men, ou toupre m, Senyè. Tout kòmandman ou yo se bagay ki vre. Gen lontan depi mwen konnen prensip ou yo. Yo la pou tout tan. Gade nan ki mizè mwen ye. Delivre m non, paske mwen pa janm bliye lalwa ou! Defann kòz mwen, delivre m. Ban m lavi ankò, jan ou te pwomèt la. Mechan yo p'ap janm sove, paske yo p'ap chache konnen sa ou vle yo fè. Senyè, ou pa manke gen kè sansib! Ban m lavi ankò, jan ou te deside l la. Mwen gen anpil moun ki pa vle wè m. Mwen pa janm mete prensip ou yo sou kote. Lè m'ap gade bann trèt sa yo, sa ban m degoutans, paske se pa moun k'ap obeyi pawòl ou. Gade jan m renmen lòd ou yo, Senyè! Ban m lavi ankò, paske ou renmen m. Mwen pran tout plezi m nan fè sa ou mande. Mwen p'ap bliye pawòl ou yo. Tou sa ki nan pawòl ou se verite. Tout jijman ou yo se jijman ki san patipri. Yo la pou tout tan. Yon bann chèf ap pèsekite m san rezon, men se pou pawòl ou yo mwen gen krentif. Pawòl ou fè kè m kontan. Se tankou si m te jwenn yon gwo richès. Mwen rayi bay manti, mwen pa vle wè sa. Mwen renmen lalwa ou la anpil. Sèt fwa chak jou m'ap di ou mèsi pou jijman ou yo ki san patipri. Moun ki renmen lalwa ou la ap viv ak kè poze. Pa gen anyen ki pou fè yo bite. M'ap tann ou vin delivre m, Senyè. M'ap fè tou sa ou kòmande m fè. M'ap mache dapre prensip ou yo, se pa ti renmen mwen renmen yo. M'ap swiv lòd ou yo, m'ap fè tou sa ou vle m fè, paske ou konnen tout vire tounen m. Se pou rèl mwen rive jouk nan zòrèy ou, Senyè. Jan ou te pwomèt la, ban m bon konprann. Aji byen avè m, mwen menm k'ap sèvi ou la, pou m ka viv, pou m ka fè tou sa ou di m fè. Se pou lapriyè m rive nan zòrèy ou. Jan ou te pwomèt la, delivre m. Se pou m louvri bouch mwen pou m fè lwanj ou, paske se ou ki moutre m sa ou vle m fè. Se pou m chante pou m fè konnen pawòl ou yo, paske tout kòmandman ou yo dwat. Se pou ou vin ede m ak fòs ponyèt ou, paske mwen pran desizyon pou m swiv lòd ou yo! Ou wè jan m'ap tann ou vin sove m! Mwen jwenn tout plezi m nan lalwa ou. Ban m lavi pou m fè lwanj ou, pou ou ka vin ede m, jan ou te deside l la. Mwen tankou yon mouton ki pèdi bann li. Tanpri, vin chache m, paske mwen pa janm bliye kòmandman ou yo. Louvri je m pou m ka wè bèl bagay ki nan lalwa ou la. Se pase m'ap pase sou tè a. Tanpri, pa anpeche m konnen kòmandman ou yo. Ala bon sa bon pou moun ki kenbe prensip li yo, pou moun k'ap chache obeyi l ak tout kè yo!
Gade dwat devan ou. Kenbe je ou fikse sou chemen ki dwat devan ou lan. Chache konnen byen sa w'ap fè. Konsa, tou sa w'ap fè ap mache byen pou ou. Pa vire ni adwat ni agòch. Pa lage kò ou nan fè sa ki mal.
Nou konnen Pitit Bondye a te vini, li louvri lespri nou pou nou ka konnen Bondye tout bon an. N'ap viv ansanm ak Bondye tout bon an, gremesi Pitit li, Jezikri. Se li menm ki Bondye tout bon an, se li menm ki lavi ki p'ap janm fini an.
Li di yo: — Mwen gen lapenn anpil. Mwen santi se mouri m'ap mouri. Rete la avèk mwen, pa kite dòmi pran nou.
Nou konnen pèsonn pa ka fè Bondye plezi si li pa gen konfyans nan Bondye. Moun ki vle pwoche bò kote Bondye, se pou yo kwè gen yon Bondye, yon Bondye k'ap rekonpanse tout moun k'ap chache li.
— Pran prekosyon nou, pa kite banbòch, bweson ak traka lavi sa a chaje tèt nou pou jou a pa rive sou nou lè n pa ta kwè. Paske, jou sa a ap tonbe tankou yon privye sou tout moun ki rete sou latè. Pa kite dòmi pran nou, lapriyè tout tan. Konsa n'a gen fòs pou n chape anba tou sa ki gen pou rive, pou n ka kanpe dwat devan Moun Bondye voye nan lachè a.
(6) Wi, se sou Bondye ase pou m konte. Se nan li mwen mete tout espwa mwen. (7) Se li menm sèlman k'ap pwoteje m, k'ap delivre m. Se li ki tout defans mwen, li p'ap janm kite anyen rive m.
(4) Chak maten ou tande vwa m. Kou solèy leve, mwen mete lapriyè m devan ou. M'ap tann ou reponn mwen.
Se poutèt sa, kenbe tèt nou byen anplas. Mete tout espwa nou nan benediksyon nou pral resevwa lè Jezikri va parèt.
(20) Ann fè lwanj Senyè a chak jou! Li pote chay nou pou nou: Se li ki Bondye nou, se li ki delivre nou.
yo ka di Senyè a: — Se ou ki tout defans mwen. Se ou ki tout pwoteksyon mwen. Ou se Bondye mwen. Se nan ou mwen mete tout konfyans mwen.
M'ap ban nou yon dènye ti konsèy, frè m yo: Veye kò nou ak moun k'ap simen divizyon, k'ap pale kont sa yo te moutre nou an pou fè moun ki kwè yo pèdi tèt yo. Moun konsa, se pa Kris la, Senyè nou an, y'ap sèvi. Se vant yo y'ap sèvi. Y'ap bay bèl pawòl, y'ap fè bèl diskou pou achte figi moun. Se konsa yo pran tèt ti inonsan yo.
— Pran prekosyon nou ak fo pwofèt yo. Yo pran pòz ti mouton yo lè y'ap vin sou nou, men nan fon kè yo, se bèt devoran yo ye. N'a rekonèt yo sou sa y'ap fè. Yo pa keyi rezen sou pye pikan. Ni yo pa keyi fig frans sou pye rakèt.
Konsa, nou la nan mitan foul moun sa yo ki te moutre jan yo te gen konfyans nan Bondye. Ann voye tout bagay k'ap antrave kous nou jete byen lwen, ansanm ak peche a ki fasil pou vlope nou. Ann kouri avèk pasyans nan chemen Bondye mete devan nou an. Papa nou sou latè a te konn pini nou pou yon ti tan, dapre sa yo te kwè ki te bon. Men, Bondye pini nou pou byen pa nou menm, pou nou ka rive viv menm jan l'ap viv la. Lè y'ap rale zòrèy nou, sa fè nou pi tris pase sa fè nou kontan. Men pita, moun ki soti byen pare, apre tout egzèsis sa yo, yo pral mennen yon lavi dwat ak kè poze. Se poutèt sa, souke kò nou. Pa kite fatig antre sou nou. Mache kote ki plat pou pye k'ap bwete a pa foule pi plis, okontrè pou l ka geri. Chache viv ak kè poze ak tout moun. Mennen yon lavi apa pou Bondye. Si se pa sa, pa gen moun k'ap wè Senyè a. Pa kite pèsonn vire do bay favè Bondye a. Pa kite pèsonn tounen tankou yon plant anmè k'ap pouse rasin k'ap anpwazonnen lòt yo. Pa kite pèsonn tonbe nan move vis, ni pèdi respè yo dwe genyen pou bagay ki fèt pou respekte, tankou Ezayi ki te vann dwa li kòm premye pitit pou yon plat manje. Nou konnen ki jan pita, lè li te vle resevwa benediksyon papa li, yo te mete l sou kote. Malgre tout kriye li te kriye bay papa a, pat gen mwayen chanje sa ki te fin fèt la. Nou pat pwoche bò kote yon bagay nou ka manyen tankou pèp Izrayèl la ki te pwoche bò kote Mòn Sinayi a. Sou mòn sa a te gen yon gwo dife ansanm ak yon fènwa ki pat piti, te gen yon bann bagay tou pou fè moun pè. Yon gwo van tanpèt t'ap soufle sou mòn lan. Yo te tande son klewon k'ap kònen, ansanm ak vwa yon moun k'ap pale. Lè pitit Izrayèl yo tande vwa sa a, yo mande l sispann pale. Ann kenbe je nou kole sou Jezi. Se nan li konfyans nou sòti, se li menm tou k'ap kenbe nou nan konfyans sa a jouk sa kaba. Li kite yo fè l soufri sou kwa a. Li pa pran wont sa a pou anyen, paske li te toujou chonje apre l te fin soufri a, Bondye t'ap fè kè l kontan. Kifè kounyeya li chita sou bò dwat fòtèy Bondye a.
Apre sa, li te rete vèv. Lè sa a, li te gen katrevenkatran, li pat janm kite tanp lan. Li t'ap sèvi Bondye lajounen kou lannwit: tout tan li t'ap fè jèn, li t'ap lapriyè.
Lè yon moun pèdi souf, li ba li fòs. Lè yon moun febli, li ba l kouray ankò! Yo vvwa rele byen fò, li di: — Pare chemen Senyè a nan dezè a. Louvri yon wout nan savann nan pou Bondye nou an. Jenn gason konn pèdi souf, yo konn bouke. Lè konsa, yo bite, yo tonbe. Men, Senyè a ap bay moun ki mete konfyans yo nan li fòs ankò. Tankou malfini, y'ap pran zèl pou yo leve ale. Y'ap kouri san yo p'ap janm bouke. Y'ap mache, yo p'ap janm febli.
Gade kijan Papa a renmen nou non! Li sitèlman renmen nou, li rele nou pitit li. Epi se sa nou ye vre. Se poutèt sa, lemonn pa rekonèt nou, paske li pa rekonèt Bondye.
Moutre m sa pou m fè pou m viv yon jan ki konfòm ak verite ou la, paske se ou menm ki delivrans mwen. Se sou ou mwen konte tout jounen.
Pa twonpe tèt nou. Moun pa ka pase Bondye nan betiz. Sa yon moun simen, se sa li va rekòlte.
Pa fè Sentespri Bondye a lapenn, paske Lespri a se mak letanp Bondye sou nou, li ban nou garanti Bondye ap fin delivre nou lè jou a va rive.
— Gade, mesye! M'ap voye nou tankou mouton nan mitan chen mawon. Se sa ki fè, se pou nou veyatif kou pentad. Se pou nou konfyan kou ti poul ki dèyè manman yo.
Konsa, se lè ou tande mesay la ou vin gen konfyans. Mesay la, se pawòl Kris la y'ap anonse.
Pou fini, frè m yo, mete lide nou sou bagay ki bon, ki merite lwanj: bagay ki vre, ki kòrèk, ki dwat, ki bèl, ki p'ap fè nou wont.
Se poutèt sa, pa prese jije pèsonn anvan lè a rive. Se pou nou tann Senyè a vini. Se li menm k'ap mete deyò tou sa ki te kache, tou sa ki t'ap fèt nan fènwa. L'ap devwale tout kalkil lèzòm t'ap fè nan kè yo. Lè sa a, chak moun va resevwa lwanj yo merite nan men Bondye.
Yo tout te ansanm. Yo te toujou reyini pou yo lapriyè. Medam yo te la tou ansanm ak Mari, manman Jezi, ak frè li yo tou.
— Men sa m'ap di nou ankò: Si de nan nou mete yo dakò sou latè pou mande nenpòt ki bagay lè y'ap lapriyè, Papa m ki nan syèl la va ba yo li.
Si yon moun nan nou malad, se pou l rele chèf reskonsab yo nan legliz la. Y'a lapriyè pou li, y'a pase lwil sou li nan non Senyè a. Lè lapriyè a fèt ak konfyans, li va delivre malad la. Senyè a va fè l leve gaya. Si li te fè kèk peche, Bondye va padonnen li.
Pandan n'ap fè tou sa, pa janm bliye lapriyè. Mande Bondye konkou li. Lapriyè nan tout sikonstans avèk pouvwa Sentespri a. Se poutèt sa, pa kite dòmi pran nou, kenbe fèm nan sa n'ap fè a. Lapriyè pou tout pèp Bondye a.
Pa janm sispann lapriyè. Pa kite dòmi pran nou. Toujou chonje lapriyè pou di Bondye mèsi.
Se pou nou konfese peche nou yo yonn bay lòt. Se pou yonn lapriyè pou lòt, pou nou kapab geri. Lè yon moun ap viv dwat devan Bondye, lapriyè moun sa a gen anpil pouvwa.
Pou konmanse, m'ap mande pou nou lapriyè Bondye pou tout moun. Fè l tout kalite demann pou yo, mande l padon pou yo, di l mèsi pou yo.
Anmenmtan, lapriyè pou mwen tou, pou Bondye ban m okazyon pou m fè konnen pawòl li a, pou m fè lèzòm konnen sekrè Kris la. Se poutèt sekrè sa a menm mwen nan prizon kounyeya.
Mwen pa janm sispann di Bondye, Papa Jezikri, Senyè nou an, mèsi lè m'ap lapriyè pou nou.
Yo pase tout tan yo ap koute sa apòt yo t'ap moutre yo, yo t'ap viv ansanm tankou frè yonn ak lòt, yo reyini pou separe pen an bay tout moun, epi yo t'ap lapriyè.