Sòm 30 - 1998 HaïtienneSÒM 30 (29) Mèsi Bondye (1) Kantik pou fèt Benediksyon Tanp lan. Se yon sòm David. 1 (2) M'ap fè lwanj ou, Senyè, paske ou mete m sou de pye m ankò, paske ou pa bay lènmi m yo chans pou yo pase m nan rizib. 2 (3) Senyè, Bondye mwen, mwen rele nan pye ou, epi ou geri mwen. 3 (4) Ou rale m sòti nan bouch twou a. Ou ban m lavi ankò, ou pa kite m mouri. 4 (5) Nou tout ki renmen Senyè a, fè lwanj li! Chonje sa l te fè. Li pa tankou tout moun. Di l mèsi. 5 (6) Paske, lè li ankòlè, se pou yon ti tan. Men, li ban nou favè l pou tout tan n'ap viv. Lannwit nou kriye, Kou l jou, kè nou kontan. 6 (7) Mwen te santi kè m poze, se sa k fè mwen t'ap di: — Anyen p'ap janm rive m. 7 (8) Senyè, ou fè m favè, ou mete m chita sou yon mòn byen wo. Men, kou ou vire do ban mwen, kè m kase. 8 (9) Mwen te kriye nan pye ou, Senyè. Mwen te mande ou sekou. 9 (10) Si ou kite yo touye m, sa sa ap fè pou ou? Si ou kite m ale anba tè, sa sa ap rapòte ou? Eske moun mouri ka fè lwanj ou? Eske yo ka mache di jan ou toujou kenbe pawòl ou? 10 (11) Koute m non, Senyè! Gen pitye pou mwen! Senyè, pote m sekou! 11 (12) Ou siye dlo nan je m, ou fè kè m kontan anpil. Ou wete rad dèy ki te sou mwen an, ou ban m yon bèl rad mete sou mwen pou m fè fèt. 12 (13) Mwen p'ap rete ak bouch mwen fèmen, m'ap chante lwanj ou. Senyè, se ou menm ki Bondye mwen! Se tout tan tout tan m'ap di ou mèsi. |
Haitian Creole DC Bible © Societé Biblique Haïtienne, 1998.
Haitian Bible Society