Maryaj se yon bagay espesyal anpil, yon jou plen ak bèl santiman. Se moman ou vin fè yon sèl ak moun ou renmen an. Avèk lanmou ak espwa, ou selebre gran moman sa a, plen ak lajwa ak remèsiman anvè Bondye ki mete moun sa a bò kote w.
Bondye bay maryaj anpil enpòtans, paske li pa bon pou nou nan adiltè oubyen fònikasyon. Bib la pale anpil sou devwa mari ak madanm, epi kijan lanmou yo youn pou lòt la dwe ye pandan tout vi yo.
Se pou nou tout respekte maryaj ak fidelite, paske Bondye ap jije moun k ap fè adiltè ak tout moun k ap viv nan imoralite seksyèl (Ebre 13:4). Nou dwe sonje lanmou dwe solid pou l ka reziste nan moman difisil. Surtou, se pou nou toujou gen Bondye nan kè nou pou l ede nou epi ban nou viktwa nan chak sitiyasyon. Lanmou pa egoyis, li pa chèche pwòp enterè li, li pa janm gonfle ak ògèy, li pa janm fini.
Soumèt youn ak lòt, poutèt respè pou Kris la. Madanm, soumèt devan mari nou menm jan nou soumèt devan Senyè a (Efezyen 5:21-22).
Se pou nou yonn renmen lòt ak tout kè nou. Rayi sa ki mal, men kenbe fèm nan fè sa ki byen.
Nou menm medam, soumèt devan mari nou paske se konsa pou moun ki kwè nan Senyè a aji. Nou menm mari, renmen madanm nou. Pa fè move jan ak yo.
Maryaj se yon bagay tout moun dwe respekte anpil. Moun ki marye yo dwe rete fidèl yonn ak lòt. Bondye gen pou jije moun k'ap mennen movèz vi yo ansanm ak moun k'ap fè adiltè yo.
Nou menm mari yo, se pou nou renmen madanm nou menm jan Kris la te renmen legliz la, jouk li te asepte mouri pou li.
Men, sitèlman gen dezòd lachè deyò a, se pou chak gason gen madanm pa yo. Konsa tou, se pou chak fanm gen mari pa yo.
Lamou pa gen limit. Pouvwa bay mesaj Bondye ap kaba. Pouvwa pale anlang gen pou bout. Konesans gen pou fini.
Nou menm mari yo, se pou nou renmen madanm nou menm jan Kris la te renmen legliz la, jouk li te asepte mouri pou li.Li te fè sa pou li te ka mete legliz la apa pou Bondye. Li lave legliz la nan dlo ak nan pawòl li.
Si yon nonm fenk marye, li pa fèt pou l'al nan lagè, ni yo pa bezwen mande l fè okenn travay nan sèvis piblik pandan ennan. Konsa, pandan tan sa a, la lib pou l rete lakay li pou l fè kè madanm li kontan.
Mennaj mwen, se pou mwen li ye! Mwen menm, se pou li mwen ye! L'ap fè mouton l yo manje nan mitan pye wòz yo.
Kote dezòm ka kenbe tèt ak yon moun k'ap atake yo, yon sèl p'ap kapab. Paske yon kòd trese ak twa branch pa fasil kase.
Koulyeya, gen twa bagay ki rete: se lafwa, lesperans, lamou. Men se lamou ki gen plis valè nan twa a.
Men, anvan tout bagay, se pou nou gen renmen ki tankou yon kòd k'ap mare nou ansanm yonn ak lòt.
Se pou gason an fè tout devwa yon mari dwe fè anvè madanm li. Konsa tou, se pou fanm lan fè tout devwa yon madanm dwe fè anvè mari li.Madanm lan pa ka fè sa l vle ak kò li. Se pou mari a kò madanm lan ye. Konsa tou, yon mari pa ka fè sa l vle ak kò li. Se pou madanm lan kò mari a ye.
Jan sa ekri nan Liv la: Gason va kite manman li ak papa li pou li atache ak madanm li. Yo de a va fè yon sèl.
Se poutèt sa, gason ap kite manman li ak papa li pou li atache ak madanm li, epi yo de a ap vin fè yon sèl.
Se mari ki alatèt madanm li, menm jan se Kris ki chèf legliz la. Se Kris la menm ki delivre legliz la ki se kò li.
Pa janm vante tèt nou. Aji avèk dousè ak pasyans ak tout moun. Se pou nou yonn sipòte lòt avèk renmen nan kè nou.
Okontrè, ann pale verite a avèk renmen nan kè nou, konsa n'a ka grandi nan tout sans nan Kris la ki chèf kò a.
Se konsa, nou menm ki asepte Kris la pou Senyè nou an, se pou nou viv yon jan ki dakò ak li.Se pou nou anrasinen nan li, se pou nou bati tout lavi nou sou li. Kenbe pi fèm toujou nan konfyans nou gen nan li, jan yo te moutre nou sa, san nou pa janm sispann di Bondye mèsi. Fè atansyon pou nou pa kite pèsonn vire lòlòj nou ak bèl filozofi, ak vye diskisyon initil. Bagay sa yo soti nan koutim lèzòm genyen, nan jan yo konprann sa k'ap pase. Se pa bagay ki soti nan Kris.Tou sa Bondye ye pran kò nan Kris la.Nou menm tou, Bondye la nan tout lavi nou, paske n'ap viv nan Kris la ki chèf tout lespri ki gen otorite ak pouvwa.
Sa pa fasil pou moun jwenn yon bon madanm. Lè li jwenn li, li gen plis valè pase yon boul lò.
Senyè a, Bondye a, di ankò: — Sa pa bon pou nonm lan rete pou kont li. M'ap fè yon lòt moun sanble avè l pou ede l.
Kanta pou moun marye yo, men lòd m'ap ba yo - Sa pa soti nan mwen non, men nan Senyè a menm: Madanm pa dwe separe ak mari.Si li separe avè li, se pou li rete san li pa remarye. Tan pou sa fèt, pito li rekonsilye ak mari li. Konsa tou, yon mari pa dwe kite madanm li.
Men kisa renmen an ye: Se pa nou menm ki te renmen Bondye, se li menm pito ki te renmen nou, ki te voye Pitit li a pou nou te ka resevwa padon pou peche nou yo, gremesi Pitit la.
Se pou ou toujou viv byen ak tout moun. Se pou ou toujou gen yon sèl pawòl. Mete pawòl mwen yo nan kou ou tankou yon kolye, kenbe yo nan kè ou pou ou pa janm bliye yo.Si ou fè sa, Bondye va kontan ak ou, lèzòm va nonmen non ou anbyen.
Anvan tout bagay, se pou nou yonn renmen lòt anpil. Paske, lè nou renmen, sa fè Bondye padonnen anpil peche.
Jwi lavi avèk fanm ou renmen an, pandan tout jou w'ap viv lavi ki pa vo anyen an, lavi Bondye ba ou pou viv sou latè a. Jwi tout jou sa yo ki yonn pa vo lòt, paske se sèlman sa ki pou ou nan lavi a, apre tout traka ou bay tèt ou pou fè travay ou sou latè.
Moun ki gen lamou, li gen pasyans, li gen bon kè. Li pa anvye sò moun. Li pa nan fè grandizè. Li pa nan moute kòlèt sou moun.Lamou pa fè anyen pou fè moun wont. Lamou pa chache avantaj pa li. Li pa fè kòlè, li pa kenbe moun nan kè.Lamou tout bon pa pran plezi nan fè sa ki mal. Tout plezi li, se nan sa ki vre.Lacharite pèmèt sipòte tout bagay. Anyen pa brannen konfyans li. Lacharite pa pèdi espwa, l'ap toujou moutre pasyans li.
Menm si m'ta pale tout lang, ata lang zanj yo, si m'pa gen lacharite, bè pawòl mwen yo se tankou van nan vaksin, tankou klòch k'ap fè bri.
Lè ou gen renmen nan kè ou, ou padonnen tout peche. Men, lè ou rayi moun, ou toujou ap chache kont.
— Nou tande ki jan nan tan lontan yo te di: Piga ou janm fè adiltè.Mwen menm, men sa m'ap di nou: Si yon nonm gade yon fi avèk lanvi, li deja fè adiltè avè l nan kè l.
Grave mwen sou kè ou! Make mwen nan plamen ou! Lanmou fò tankou lanmò. Tankou simityè pa pran priyè, jalouzi pa nan jwèt. Lè maladi lanmou kenbe ou, Li pa lage ou yon may Lanmou limen dife nan tout kò ou. Dife sa a gen sous li soti nan Bondye.Pa gen dlo ki ka touye l. Pa gen larivyè ki ka tenyen l. Yon moun te mèt ofri tout richès lakay li pou l ta achte renmen, pèsonn pa ta okipe l.
Bondye kreye moun: li fè l pòtre ak li. Li kreye yo gason ak fi.Li beni yo, li di: Fè pitit, fè anpil anpil pitit mete sou latè. Donte tè a. Mwen ba ou pouvwa sou pwason nan lanmè, sou zwazo nan syèl ak sou tout bèt vivan k'ap mache sou vant sou latè.
Sa pa fasil pou moun jwenn yon bon madanm. Lè li jwenn li, li gen plis valè pase yon boul lò.Mari l mete tout konfyans li nan li. Tout bagay ap mache byen lakay li.Madanm lan p'ap janm aji mal ak mari l, l'ap pase tout lavi l ap fè l byen.
Pa janm vante tèt nou. Aji avèk dousè ak pasyans ak tout moun. Se pou nou yonn sipòte lòt avèk renmen nan kè nou.Sentespri a mete nou ansanm. Se pou nou fè tou sa nou kapab pou nou ka toujou fè yon sèl kò, pou nou viv ak kè poze ansanm yonn ak lòt.
Se pou nou yonn renmen lòt tankou frè ak frè k'ap viv ansanm ak Kris la. Nan tou sa n'ap fè, se pou nou gen respè yonn pou lòt, pa konsidere tèt nou anvan.
Kanta nou menm, frè m yo, Bondye te rele nou pou n te ka gen libète nou. Sèlman, pa pran libète a sèvi eskiz pou nou viv dapre egzijans lachè. Okontrè, se pou nou yonn sèvi lòt nan renmen nou yonn gen pou lòt.
Se poutèt sa, mwen ta pito wè jenn vèv yo marye pou yo ka gen pitit, pou yo sa okipe kay yo. Konsa, yo p'ap bay lènmi nou yo chans pale nou mal.
(1b) Si se pa Senyè a ki bati kay la, travay moun k'ap bati yo pa vo anyen. Si se pa Senyè a k'ap pwoteje lavil la, travay moun k'ap veye yo pa vo anyen.
— Yo te konn di nou tou: Si yon nonm vle kite ak madanm li, fòk li ekri l yon papye divòs.Men mwen menm, men sa m'ap di nou: Yon nonm ki kite ak madanm li, si se pa pou lenkondit, nonm sa a lakòz madanm lan fè adiltè. Konsa tou, yon nonm ki marye ak yon madanm mari l kite l, li fè adiltè tou.
Moun ki gen renmen nan kè yo pa fè moun mal: se sa k fè lè nou renmen, nou fè tou sa lalwa a mande nou fè.
Si yon moun pa pran swen fanmi l, sitou moun k'ap viv lakay li, li nye konfyans li nan Bondye, li pi mal pase yon moun ki pa janm kwè nan Bondye.
(11) Lè sa a nan peyi a, moun yo yonn va renmen lòt, pèsonn p'ap bay lòt manti ankò. Moun va viv byen yonn ak lòt, pèsonn p'ap fè lòt lenjistis ankò!
Men, Lespri Bondye a bay renmen, kè kontan, kè poze, pasyans, bon kè, seryozite, li fè ou gen bon manyè.Li fè ou aji ak dousè, li fè ou konn kontwole kò ou. Lalwa Moyiz la pa kont okenn nan bagay sa yo.
Anpil moun ap mache di jan yo se moun serye. Men, ou pa fasil jwenn yon moun ou ka fè konfyans.
Kay ak lajan, se byen manman ak papa ka mouri kite pou ou. Men, yon fanm ki gen konprann, se Senyè a ase ki ka fè ou jwenn sa.
Sò mwen, bèl negès mwen, ou annik gade m yon fwa, ou fè m pèdi lòlòj mwen. M annik wè yonn nan bèl ti chenn nan kou ou yo, m pèdi tèt mwen.
(15) Senyè, se ou ki twou wòch kote m kache a, se ou ki delivrans mwen, mwen mande ou pou pawòl ki sòti nan bouch mwen, ak lide k'ap travay nan tèt mwen fè ou plezi.